00:00:01
Tèks pou jounen an ap
pale de akeyi moun.00:00:05
00:00:05
Akeyi moun gen ladan l00:00:07
00:00:07
montre n donan ak
tout kè nou.00:00:10
00:00:10
Gen yon bèl panse
nan kòmantè00:00:13
00:00:13
tèks pou jounen an.00:00:14
00:00:14
Li di:00:00:15
00:00:15
“Akeyi moun se youn nan00:00:16
00:00:16
“pi bon remèd yon moun
ka genyen 00:00:18
00:00:18
lè l santi l poukò l.”00:00:20
00:00:21
Èske w konn santi w poukò w?00:00:23
00:00:23
Vrèman poukò w?00:00:25
00:00:25
Yon moun ki poukò l
ka santi l tris.00:00:27
00:00:27
Jan nou konn sa, yon moun
ka santi l poukò l00:00:30
00:00:30
byenke l nan mitan yon
pakèt moun.00:00:31
00:00:32
Yon ekriven te di:00:00:33
00:00:33
“Lè w chwazi ret poukò w, sa bon.00:00:35
00:00:36
Men, lè w lage poukò w, sa tris.”00:00:38
00:00:38
Yon lòt ekriven te di:00:00:39
00:00:39
“Lè w poukò w, se tankou
ou anba lapli,00:00:42
00:00:42
e lè w gade syèl la, ou wè
gen plis nyaj toujou.”00:00:45
00:00:46
Gen yon sè ki di lè l
santi l poukò l,00:00:48
00:00:48
se kòmsi l ap glise desann
nan yon twou ki fon,00:00:51
00:00:51
tank l ap desann, bagay yo
vin pi nwa.00:00:54
00:00:55
Ki sa k ka ede n pou n pa santi n
poukò n ankò anvan nou fè fon?00:00:59
00:00:59
Ki sa k ka ede n soti nan
twou fon sa a00:01:02
00:01:02
pou n retire nyaj yo, pou n
ka wè klè ankò?00:01:05
00:01:05
Jan tèks pou jounen an
montre sa,00:01:07
00:01:07
lè nou akeyi moun, lè nou
donan, nou renmen bay, 00:01:10
00:01:11
se youn nan pi bon remèd
yon moun ka genyen00:01:13
00:01:13
lè l santi l poukò l.00:01:14
00:01:14
Sa k fè sa?00:01:15
00:01:16
Ann egzamine twa prensip
nan Bib la00:01:18
00:01:18
k ap ede n wè rezon
ki fè sa.00:01:20
00:01:20
M ap envite nou chèche
Travay chapit 20,00:01:23
00:01:24
nou pral li vèsè 35.00:01:26
00:01:27
Nan Travay 20:35, annou li
premye pwomès la.00:01:31
00:01:32
“Mwen te montre nou nan
tout bagay00:01:34
00:01:34
“se pou nou travay di
menm jan an00:01:36
00:01:36
“pou nou ede moun ki fèb yo,00:01:38
00:01:38
“e nou dwe sonje pawòl
Seyè Jezi yo,00:01:41
00:01:41
“li menm ki te di:00:01:42
00:01:42
‘Yon moun pi kontan lè l bay
pase lè l resevwa.’”00:01:46
00:01:47
Premye leson an:00:01:48
00:01:48
Lè nou montre nou donan,
sa fè kè n kontan.00:01:52
00:01:52
N ap remake apot Pòl t ap
site pawòl Jezi yo.00:01:55
00:01:55
N ap wè Jezi pa di se lè kè
yon moun kontan, li bay,00:02:00
00:02:00
oubyen nou bay paske
kè nou kontan.00:02:02
00:02:03
Jezi di kè nou kontan
paske n bay.00:02:06
00:02:06
Sa enpòtan.00:02:07
00:02:07
Sa vle di menmlè se fòse
nou fòse bay00:02:10
00:02:10
e nou pa anvi fè sa, 00:02:11
00:02:12
kè nou ap kontan si n fè sa.00:02:14
00:02:15
Gen moun k ap fè rechèch ki vin
wè sa Jezi te di a se laverite.00:02:19
00:02:19
Yo menm di lè yon moun donan,
sèvo l fè andòfin,00:02:23
00:02:23
sa ki fè li vin santi l satisfè
ak lavi l e kè l poze.00:02:26
00:02:27
Premye pwen an:00:02:28
00:02:28
Lè n bay, kè nou kontan.00:02:30
00:02:31
Pou n ka wè dezyèm pwomès la,
annou li Ebre 13:16.00:02:36
00:02:38
Ebre 13:16 di:00:02:41
00:02:42
“Anplis de sa, pa bliye
fè byen,00:02:44
00:02:44
“e pa bliye pataje sa nou
genyen ak lòt moun, 00:02:47
00:02:47
paske se nan sakrifis sa yo
Bondye pran plezi.”00:02:51
00:02:51
Dezyèm leson an:00:02:52
00:02:52
Lè nou bay, sa fè n vin gen yon
relasyon espesyal ak Jewova.00:02:57
00:02:57
Sa fè Bondye plezi lè nou
pran plezi akeyi moun00:03:00
00:03:00
e nou renmen bay.00:03:01
00:03:02
E ki sa sa pouse Bondye fè?00:03:04
00:03:04
Petèt, sa fè n panse ak00:03:05
00:03:05
pawòl apot Pòl te di nan
Filipyen 4:19 yo:00:03:08
00:03:08
Nan pasaj sa a, apot la
ap felisite00:03:11
00:03:11
kongregasyon Filip la00:03:12
00:03:12
paske yo te donan avè l,
yo te ede l anpil.00:03:15
00:03:15
Nan lèt li te voye pou yo a,00:03:17
00:03:17
apot Pòl te di yo Jewova ap
‘ba yo tout sa yo bezwen’.00:03:22
00:03:22
Lè nou bay, sa fè n vin gen00:03:24
00:03:24
yon relasyon espesyal
ak Jewova,00:03:26
00:03:26
nou vin gen valè nan je l,00:03:27
00:03:27
e li pwomèt l ap ban nou tout
sa n bezwen pou n viv,00:03:31
00:03:31
e l ap fè nou santi jan l
renmen nou.00:03:33
00:03:33
Lè w tande sa, ou ka di tèt ou:00:03:35
00:03:35
‘Se vre, lè mwen ap akeyi moun00:03:38
00:03:38
‘e m fè efò pou m donan,
kè m kontan.00:03:41
00:03:41
Men, annapre, m santi m
poukò m ankò.00:03:42
00:03:43
Èske sa vle di prensip ki nan
vèsè sa a pa itil mwen?’00:03:46
00:03:46
Fè yon ti reflechi sou sa Jezi
te di nan Matye 6:25, 33.00:03:52
00:03:52
Jezi te di pou n pa bay
tèt nou pwoblèm00:03:55
00:03:55
pou sa n ap manje ak
sa n ap bwè, 00:03:57
00:03:57
paske Jewova ap ban nou
sa nou bezwen,00:04:00
00:04:00
lè nou bezwen lan.00:04:01
00:04:01
E nou kwè pawòl sa yo.00:04:02
00:04:02
Bon, èske sa vle di si n grangou,00:04:06
00:04:06
paske n ap pase yon moman
ki difisil anpil,00:04:08
00:04:08
e Jewova ban nou manje,00:04:10
00:04:10
nou pap janm grangou ankò?00:04:11
00:04:12
Non! Nan pita oubyen demen,
n ap grangou ankò.00:04:15
00:04:15
Ki leson sa aprann nou?00:04:17
00:04:17
Jewova ap asire l nou jwenn
sa n bezwen,00:04:20
00:04:20
lè n bezwen l lan,00:04:21
00:04:21
e l ap fè n santi li renmen nou.00:04:23
00:04:23
Jewova pa di nou pap janm
santi n poukò n,00:04:25
00:04:26
nou pap janm santi n dekouraje.00:04:28
00:04:28
Men, li ban nou garanti00:04:30
00:04:30
si nou bay lòt moun e nou
akeyi lòt moun,00:04:32
00:04:33
l ap asire l nou jwenn00:04:35
00:04:35
sa nou bezwen pou nou ka
viv ak kè kontan.00:04:38
00:04:38
Se dezyèm pwomès la.00:04:40
00:04:40
Lè nou bay, sa fè nou gen yon
relasyon espesyal ak Jewova,00:04:43
00:04:44
e Jewova ap ban nou
sa nou bezwen.00:04:46
00:04:46
Annou wè twazyèm nan
nan Lik 6:38.00:04:50
00:04:51
Lik 6:38.00:04:54
00:04:54
Prensip sa a oswa
pwomès sa a montre00:04:57
00:04:57
Jewova ban nou garanti00:04:59
00:04:59
n ap toujou jwenn plis
pase sa nou bay.00:05:01
00:05:01
Lik 6:38 di:00:05:03
00:05:03
“Pran abitid bay, e moun
ap ban nou.00:05:06
00:05:06
“Y ap byen plen mezi a vide
nan rad nou,00:05:10
00:05:10
“y ap foule l, y ap sekwe l,
e l ap ranvèse.00:05:13
00:05:13
Paske, se ak mezi nou mezire a
y ap mezire pou nou tou.”00:05:17
00:05:17
Jewova toujou asire l nou
jwenn plis pase sa nou bay.00:05:20
00:05:20
E nou kwè pwomès sa a.00:05:22
00:05:23
Sa konn rive nou tout,
gendelè nan lavi nou,00:05:25
00:05:25
nou santi n ap bay, n ap bay,
nan fanmi nou,00:05:28
00:05:28
nan kongregasyon an,00:05:30
00:05:30
oubyen nan yon lòt okazyon
nan lavi nou.00:05:32
00:05:32
E petèt, nou santi nou pa
jwenn anyen.00:05:34
00:05:35
Sa sa vle di?00:05:36
00:05:36
Èske vèsè sa a pa laverite?00:05:38
00:05:38
Non. Jezi te konnen sa t ap rive.00:05:40
00:05:40
Gad sa l te di nan vèsè a.00:05:42
00:05:42
“Pran abitid bay, e moun
ap ban nou.” 00:05:46
00:05:46
Li di “moun”, li pa oblije
moun nou te bay yo.00:05:49
00:05:50
Li di “ak mezi nou mezire a,
y ap [sa vle di moun ap]00:05:54
00:05:54
mezire pou nou tou”.00:05:56
00:05:56
Èske n wè leson an?00:05:57
00:05:58
Jewova pwomèt si nou
pran abitid bay, 00:06:02
00:06:02
nou pran abitid ankouraje
frè ak sè n yo,00:06:04
00:06:05
nou pran abitid akeyi
frè n ak sè n yo,00:06:07
00:06:07
Jewova ban nou garanti,
yon fason oswa yon lòt,00:06:10
00:06:10
n ap jwenn benediksyon, fòs
ak ankourajman nou bezwen.00:06:14
00:06:14
Bon, èske sa mache vre?00:06:16
00:06:16
Wi, sa mache.00:06:17
00:06:17
M ap rakonte nou eksperyans
yon sè n ap rele Lidya.00:06:21
00:06:21
Lidya te yon sè selibatè ki
te pyonye pèmanan.00:06:25
00:06:25
Aktout li te gen pwoblèm
menm jan ak tout moun,00:06:27
00:06:27
yo te konnen l kòm yon
moun ki donan00:06:30
00:06:30
e ki renmen akeyi moun.00:06:32
00:06:32
Li te toujou ap fè ti fèt lakay li.00:06:34
00:06:34
Li te konn envite tout yon
gwoup predikasyon00:06:37
00:06:37
vin manje lakay li nan maten
anvan y al preche. 00:06:40
00:06:40
Epitou, li te konn fè ti soti
ak frè ak sè ki aje yo.00:06:44
00:06:44
Annapre, doktè te di Lidya
fè kansè.00:06:47
00:06:47
Sa te vrèman kraze l.00:06:49
00:06:49
E annapre, li te menm rive
fè operasyon.00:06:52
00:06:52
Lidya te vin tèlman deprime,
li te vin tèlman tris,00:06:56
00:06:56
ansyen yo, frè ak sè
nan kongregasyon an,00:06:58
00:06:58
menm zanmi l t ap mande:00:06:59
00:07:00
‘Ou kwè l ap janm retounen
jan l te ye anvan an ankò?’00:07:03
00:07:03
Annapre, pandan yon
vizit pastoral,00:07:06
00:07:06
de ansyen t al vizite l e yo
te li avè l Lik 6:38,00:07:11
00:07:11
vèsè nou sot egzamine la a.00:07:13
00:07:13
Yo te raple l jan l te akeyan,
jan l te donan00:07:16
00:07:16
e jan sa te konn fè kè l kontan.00:07:18
00:07:18
Li te di yo sa yo di a se vre.00:07:21
00:07:21
Men, li pa anvi rete bò kote
moun, li pa ka fè sa ankò.00:07:25
00:07:26
Avèk jantiyès, de frè yo te
ankouraje l priye sou sa,00:07:29
00:07:29
e pou l fòse tèt li pase
tan ak moun.00:07:32
00:07:32
Yo te di l eseye sa pandan
kèk mwa pou l wè sa sa bay.00:07:36
00:07:36
E tout moun te sezi wè
li te fè sa.00:07:38
00:07:38
Se kòmsi nyaj yo te soti
nan syèl la00:07:41
00:07:41
e Lidya te retounen jan l te ye a.00:07:44
00:07:44
Sa pase depi plizyè ane.00:07:46
00:07:46
Se vre Lidya konn santi l dekouraje
menm jan ak tout moun,00:07:49
00:07:49
men, l ap sèvi Jewova
ak kè kontan00:07:51
00:07:51
e l ap travay di nan sèvis
Jewova a.00:07:53
00:07:53
Ki sa sa aprann nou?00:07:54
00:07:55
Ebyen, lè nou akeyi moun,
nou donan, nou renmen bay,00:07:59
00:07:59
se youn nan pi bon remèd00:08:00
00:08:00
pou lè yon moun santi l
poukò l, li santi l deprime.00:08:03
00:08:03
Si nou bay, Jewova pwomèt nou
moun ap ban nou tou.00:08:07
00:08:07
Gen yon bèl istwa ki raple nou00:08:10
00:08:10
nou pap janm ka plis donan
pase Jewova.00:08:13
00:08:13
N ap jwenn istwa sa a
nan 2 Kwonik 25.00:08:17
00:08:18
Tanpri, annou chèche l.00:08:20
00:08:21
Se 2 Kwonik 25.00:08:22
00:08:22
Apati vèsè 5 lan, l ap pale de
wa Amatsya,00:08:25
00:08:26
yon wa Jida ki te gen 25 an,00:08:28
00:08:28
lè sa a, li t ap fè lagè
ak moun Edòm yo.00:08:31
00:08:31
Vèsè 5 lan di li rasanble
tout mesye Jida yo00:08:35
00:08:35
e l te jwenn 300 000 sòlda
ki byen antrene00:08:39
00:08:39
pou yo sèvi nan lame a.00:08:40
00:08:40
Li te vin santi sa pa ase.00:08:42
00:08:42
E vèsè 6 la di li te pran00:08:44
00:08:44
100 000 sòlda ann Izrayèl
vin goumen tou.00:08:47
00:08:47
e l te peye 100 talan ajan. 00:08:49
00:08:49
Vèsè 7 la di sèvitè vrè Dye a
te vin di wa Amatsya00:08:53
00:08:53
pou l voye 100 000 sòlda
Izrayèl yo lakay yo00:08:56
00:08:56
paske Jewova pa t avèk Izrayèl.00:08:58
00:08:58
Ale ak 300 000 sòlda pa w yo,
Jewova avèk ou.00:09:01
00:09:02
N ap wè nan kòmansman
vèsè 9 la,00:09:04
00:09:04
nan 2 Kwonik 25:9, wa a di:00:09:07
00:09:07
‘E lajan m gentan bay sòlda yo?’00:09:09
00:09:10
Bon, se pa yon ti lajan piti
wa a te bay la a.00:09:13
00:09:13
Nan Apendis B14 ki nan
Bib nou an,00:09:16
00:09:16
100 talan ajan t ap egal ak
1.5 milyon dola ameriken00:09:21
00:09:21
si n t ap achte ajan jodi a.00:09:23
00:09:23
Wa a te peye sòlda sa yo
yon pakèt lajan, 00:09:26
00:09:26
e pwofèt la te di pou l
voye yo ale.00:09:28
00:09:29
Men, se pawòl ki vin apre yo00:09:31
00:09:31
ki ban nou plis asirans
nan istwa sa a.00:09:33
00:09:33
Gade sa l di nan fen
vèsè 9 la, li di:00:09:37
00:09:37
“Sèvitè vrè Dye a di l:00:09:39
00:09:40
“Jewova ka ba w plis
pase sa lontan.” 00:09:44
00:09:45
Ou pa bezwen enkyete w.00:09:46
00:09:46
Jewova gen mwayen pou l
ba w plis pase sa.00:09:50
00:09:50
Ou pa ka pi donan pase Jewova.00:09:52
00:09:53
Nan ti pale nou sot fè la a,00:09:54
00:09:55
n ap wè Jewova pwomèt nou
si nou akeyi moun,00:09:58
00:09:58
nou donan e nou renmen bay,00:09:59
00:10:00
n ap gen kè kontan,00:10:01
00:10:02
li ban nou garanti l ap ban nou
tout sa nou bezwen00:10:05
00:10:05
e l ap menm fè nou santi
li renmen nou,00:10:07
00:10:07
e l ap pouse lòt moun ban nou
pi plis lontan pase sa nou bay.00:10:12
00:10:12
Se pou w pran detèminasyon
pou w pran abitid bay.00:10:16
00:10:16
Chak fwa nou pran abitid bay
e nou pran abitid akeyi moun,00:10:20
00:10:20
se kòmsi n ap retire nyaj yo
pou n ka wè pi klè,00:10:24
00:10:24
e n ap toujou jwenn pi plis
pase sa nou bay.00:10:28
Robert Luccioni: “Pa bliye montre nou akeyan” (Eb. 13:2)
-
Robert Luccioni: “Pa bliye montre nou akeyan” (Eb. 13:2)
Tèks pou jounen an ap
pale de akeyi moun.
Akeyi moun gen ladan l
montre n donan ak
tout kè nou.
Gen yon bèl panse
nan kòmantè
tèks pou jounen an.
Li di:
“Akeyi moun se youn nan
“pi bon remèd yon moun
ka genyen
lè l santi l poukò l.”
Èske w konn santi w poukò w?
Vrèman poukò w?
Yon moun ki poukò l
ka santi l tris.
Jan nou konn sa, yon moun
ka santi l poukò l
byenke l nan mitan yon
pakèt moun.
Yon ekriven te di:
“Lè w chwazi ret poukò w, sa bon.
Men, lè w lage poukò w, sa tris.”
Yon lòt ekriven te di:
“Lè w poukò w, se tankou
ou anba lapli,
e lè w gade syèl la, ou wè
gen plis nyaj toujou.”
Gen yon sè ki di lè l
santi l poukò l,
se kòmsi l ap glise desann
nan yon twou ki fon,
tank l ap desann, bagay yo
vin pi nwa.
Ki sa k ka ede n pou n pa santi n
poukò n ankò anvan nou fè fon?
Ki sa k ka ede n soti nan
twou fon sa a
pou n retire nyaj yo, pou n
ka wè klè ankò?
Jan tèks pou jounen an
montre sa,
lè nou akeyi moun, lè nou
donan, nou renmen bay,
se youn nan pi bon remèd
yon moun ka genyen
lè l santi l poukò l.
Sa k fè sa?
Ann egzamine twa prensip
nan Bib la
k ap ede n wè rezon
ki fè sa.
M ap envite nou chèche
Travay chapit 20,
nou pral li vèsè 35.
Nan Travay 20:35, annou li
premye pwomès la.
“Mwen te montre nou nan
tout bagay
“se pou nou travay di
menm jan an
“pou nou ede moun ki fèb yo,
“e nou dwe sonje pawòl
Seyè Jezi yo,
“li menm ki te di:
‘Yon moun pi kontan lè l bay
pase lè l resevwa.’”
Premye leson an:
Lè nou montre nou donan,
sa fè kè n kontan.
N ap remake apot Pòl t ap
site pawòl Jezi yo.
N ap wè Jezi pa di se lè kè
yon moun kontan, li bay,
oubyen nou bay paske
kè nou kontan.
Jezi di kè nou kontan
paske n bay.
Sa enpòtan.
Sa vle di menmlè se fòse
nou fòse bay
e nou pa anvi fè sa,
kè nou ap kontan si n fè sa.
Gen moun k ap fè rechèch ki vin
wè sa Jezi te di a se laverite.
Yo menm di lè yon moun donan,
sèvo l fè andòfin,
sa ki fè li vin santi l satisfè
ak lavi l e kè l poze.
Premye pwen an:
Lè n bay, kè nou kontan.
Pou n ka wè dezyèm pwomès la,
annou li Ebre 13:16.
Ebre 13:16 di:
“Anplis de sa, pa bliye
fè byen,
“e pa bliye pataje sa nou
genyen ak lòt moun,
paske se nan sakrifis sa yo
Bondye pran plezi.”
Dezyèm leson an:
Lè nou bay, sa fè n vin gen yon
relasyon espesyal ak Jewova.
Sa fè Bondye plezi lè nou
pran plezi akeyi moun
e nou renmen bay.
E ki sa sa pouse Bondye fè?
Petèt, sa fè n panse ak
pawòl apot Pòl te di nan
Filipyen 4:19 yo:
Nan pasaj sa a, apot la
ap felisite
kongregasyon Filip la
paske yo te donan avè l,
yo te ede l anpil.
Nan lèt li te voye pou yo a,
apot Pòl te di yo Jewova ap
‘ba yo tout sa yo bezwen’.
Lè nou bay, sa fè n vin gen
yon relasyon espesyal
ak Jewova,
nou vin gen valè nan je l,
e li pwomèt l ap ban nou tout
sa n bezwen pou n viv,
e l ap fè nou santi jan l
renmen nou.
Lè w tande sa, ou ka di tèt ou:
‘Se vre, lè mwen ap akeyi moun
‘e m fè efò pou m donan,
kè m kontan.
Men, annapre, m santi m
poukò m ankò.
Èske sa vle di prensip ki nan
vèsè sa a pa itil mwen?’
Fè yon ti reflechi sou sa Jezi
te di nan Matye 6:25, 33.
Jezi te di pou n pa bay
tèt nou pwoblèm
pou sa n ap manje ak
sa n ap bwè,
paske Jewova ap ban nou
sa nou bezwen,
lè nou bezwen lan.
E nou kwè pawòl sa yo.
Bon, èske sa vle di si n grangou,
paske n ap pase yon moman
ki difisil anpil,
e Jewova ban nou manje,
nou pap janm grangou ankò?
Non! Nan pita oubyen demen,
n ap grangou ankò.
Ki leson sa aprann nou?
Jewova ap asire l nou jwenn
sa n bezwen,
lè n bezwen l lan,
e l ap fè n santi li renmen nou.
Jewova pa di nou pap janm
santi n poukò n,
nou pap janm santi n dekouraje.
Men, li ban nou garanti
si nou bay lòt moun e nou
akeyi lòt moun,
l ap asire l nou jwenn
sa nou bezwen pou nou ka
viv ak kè kontan.
Se dezyèm pwomès la.
Lè nou bay, sa fè nou gen yon
relasyon espesyal ak Jewova,
e Jewova ap ban nou
sa nou bezwen.
Annou wè twazyèm nan
nan Lik 6:38.
Lik 6:38.
Prensip sa a oswa
pwomès sa a montre
Jewova ban nou garanti
n ap toujou jwenn plis
pase sa nou bay.
Lik 6:38 di:
“Pran abitid bay, e moun
ap ban nou.
“Y ap byen plen mezi a vide
nan rad nou,
“y ap foule l, y ap sekwe l,
e l ap ranvèse.
Paske, se ak mezi nou mezire a
y ap mezire pou nou tou.”
Jewova toujou asire l nou
jwenn plis pase sa nou bay.
E nou kwè pwomès sa a.
Sa konn rive nou tout,
gendelè nan lavi nou,
nou santi n ap bay, n ap bay,
nan fanmi nou,
nan kongregasyon an,
oubyen nan yon lòt okazyon
nan lavi nou.
E petèt, nou santi nou pa
jwenn anyen.
Sa sa vle di?
Èske vèsè sa a pa laverite?
Non. Jezi te konnen sa t ap rive.
Gad sa l te di nan vèsè a.
“Pran abitid bay, e moun
ap ban nou.”
Li di “moun”, li pa oblije
moun nou te bay yo.
Li di “ak mezi nou mezire a,
y ap [sa vle di moun ap]
mezire pou nou tou”.
Èske n wè leson an?
Jewova pwomèt si nou
pran abitid bay,
nou pran abitid ankouraje
frè ak sè n yo,
nou pran abitid akeyi
frè n ak sè n yo,
Jewova ban nou garanti,
yon fason oswa yon lòt,
n ap jwenn benediksyon, fòs
ak ankourajman nou bezwen.
Bon, èske sa mache vre?
Wi, sa mache.
M ap rakonte nou eksperyans
yon sè n ap rele Lidya.
Lidya te yon sè selibatè ki
te pyonye pèmanan.
Aktout li te gen pwoblèm
menm jan ak tout moun,
yo te konnen l kòm yon
moun ki donan
e ki renmen akeyi moun.
Li te toujou ap fè ti fèt lakay li.
Li te konn envite tout yon
gwoup predikasyon
vin manje lakay li nan maten
anvan y al preche.
Epitou, li te konn fè ti soti
ak frè ak sè ki aje yo.
Annapre, doktè te di Lidya
fè kansè.
Sa te vrèman kraze l.
E annapre, li te menm rive
fè operasyon.
Lidya te vin tèlman deprime,
li te vin tèlman tris,
ansyen yo, frè ak sè
nan kongregasyon an,
menm zanmi l t ap mande:
‘Ou kwè l ap janm retounen
jan l te ye anvan an ankò?’
Annapre, pandan yon
vizit pastoral,
de ansyen t al vizite l e yo
te li avè l Lik 6:38,
vèsè nou sot egzamine la a.
Yo te raple l jan l te akeyan,
jan l te donan
e jan sa te konn fè kè l kontan.
Li te di yo sa yo di a se vre.
Men, li pa anvi rete bò kote
moun, li pa ka fè sa ankò.
Avèk jantiyès, de frè yo te
ankouraje l priye sou sa,
e pou l fòse tèt li pase
tan ak moun.
Yo te di l eseye sa pandan
kèk mwa pou l wè sa sa bay.
E tout moun te sezi wè
li te fè sa.
Se kòmsi nyaj yo te soti
nan syèl la
e Lidya te retounen jan l te ye a.
Sa pase depi plizyè ane.
Se vre Lidya konn santi l dekouraje
menm jan ak tout moun,
men, l ap sèvi Jewova
ak kè kontan
e l ap travay di nan sèvis
Jewova a.
Ki sa sa aprann nou?
Ebyen, lè nou akeyi moun,
nou donan, nou renmen bay,
se youn nan pi bon remèd
pou lè yon moun santi l
poukò l, li santi l deprime.
Si nou bay, Jewova pwomèt nou
moun ap ban nou tou.
Gen yon bèl istwa ki raple nou
nou pap janm ka plis donan
pase Jewova.
N ap jwenn istwa sa a
nan 2 Kwonik 25.
Tanpri, annou chèche l.
Se 2 Kwonik 25.
Apati vèsè 5 lan, l ap pale de
wa Amatsya,
yon wa Jida ki te gen 25 an,
lè sa a, li t ap fè lagè
ak moun Edòm yo.
Vèsè 5 lan di li rasanble
tout mesye Jida yo
e l te jwenn 300 000 sòlda
ki byen antrene
pou yo sèvi nan lame a.
Li te vin santi sa pa ase.
E vèsè 6 la di li te pran
100 000 sòlda ann Izrayèl
vin goumen tou.
e l te peye 100 talan ajan.
Vèsè 7 la di sèvitè vrè Dye a
te vin di wa Amatsya
pou l voye 100 000 sòlda
Izrayèl yo lakay yo
paske Jewova pa t avèk Izrayèl.
Ale ak 300 000 sòlda pa w yo,
Jewova avèk ou.
N ap wè nan kòmansman
vèsè 9 la,
nan 2 Kwonik 25:9, wa a di:
‘E lajan m gentan bay sòlda yo?’
Bon, se pa yon ti lajan piti
wa a te bay la a.
Nan Apendis B14 ki nan
Bib nou an,
100 talan ajan t ap egal ak
1.5 milyon dola ameriken
si n t ap achte ajan jodi a.
Wa a te peye sòlda sa yo
yon pakèt lajan,
e pwofèt la te di pou l
voye yo ale.
Men, se pawòl ki vin apre yo
ki ban nou plis asirans
nan istwa sa a.
Gade sa l di nan fen
vèsè 9 la, li di:
“Sèvitè vrè Dye a di l:
“Jewova ka ba w plis
pase sa lontan.”
Ou pa bezwen enkyete w.
Jewova gen mwayen pou l
ba w plis pase sa.
Ou pa ka pi donan pase Jewova.
Nan ti pale nou sot fè la a,
n ap wè Jewova pwomèt nou
si nou akeyi moun,
nou donan e nou renmen bay,
n ap gen kè kontan,
li ban nou garanti l ap ban nou
tout sa nou bezwen
e l ap menm fè nou santi
li renmen nou,
e l ap pouse lòt moun ban nou
pi plis lontan pase sa nou bay.
Se pou w pran detèminasyon
pou w pran abitid bay.
Chak fwa nou pran abitid bay
e nou pran abitid akeyi moun,
se kòmsi n ap retire nyaj yo
pou n ka wè pi klè,
e n ap toujou jwenn pi plis
pase sa nou bay.
-