00:00:08
Paran m yo te gentan
Temwen Jewova00:00:11
00:00:11
depi anvan m te fèt.00:00:12
00:00:12
Mwen te etidye Labib avèk yo,00:00:14
00:00:14
mwen t al nan reyinyon
avèk yo,00:00:16
00:00:16
e m t al preche avèk yo.00:00:18
00:00:19
Piske m te grandi nan laverite,00:00:21
00:00:21
m te konnen sa k t ap
pi bon pou mwen00:00:23
00:00:23
se suiv prensip ki
nan Bib la.00:00:25
00:00:25
Paran m yo te toujou
rete okipe nan00:00:27
00:00:27
sèvis y ap bay Jewova.00:00:29
00:00:29
Lè m t ap grandi, m pa t
vle fè yo wont.00:00:33
00:00:34
Li pa vrèman difisil
pou yon moun suiv00:00:37
00:00:37
prensip ki nan Bib la.00:00:38
00:00:39
Franchman, si nou fè
sa Bib la mande,00:00:41
00:00:42
sa ap bon pou nou.00:00:43
00:00:45
Men pafwa, m te konn ap
mande tèt mwen:00:00:47
00:00:47
“Ki jan lavi m t ap ye si m
pa t ap sèvi Jewova?”00:00:51
00:00:51
Mwen te kontan pase tan
ak lòt elèv yo nan lekòl la.00:00:54
00:00:54
An jeneral, m pa t gen
pwoblèm nan lekòl mwen.00:00:58
00:00:58
Mwen te antann mwen
ak lòt elèv yo,00:01:00
00:01:00
e pwofesè m yo te
renmen m.00:01:02
00:01:02
Mwen te vrèman renmen
anbyans lekòl la.00:01:04
00:01:05
Paran m yo te toujou di m,
pou m pa twò kole00:01:08
00:01:08
ak lòt elèv nan lekòl yo.00:01:09
00:01:10
Men mwen menm,00:01:11
00:01:11
m te wè zanmi m yo
se bon moun,00:01:13
00:01:13
yo gen bon konduit.00:01:14
00:01:14
M pa wè poukisa yo t ap
bay tèt yo pwoblèm konsa.00:01:18
00:01:18
Lè m t al nan lekòl segondè,00:01:20
00:01:20
anpil nan elèv yo te
konn al legliz.00:01:23
00:01:23
E gen anpil nan pwofesè m yo
ki te moun legliz.00:01:26
00:01:26
Yon jou, gen yon bagay
ki te pase,00:01:28
00:01:28
e tout lekòl la te vin konnen
mwen se Temwen Jewova.00:01:31
00:01:32
Mwen te konnen gen moun00:01:34
00:01:34
ki pa byen wè
Temwen Jewova yo.00:01:36
00:01:36
Men m te sezi wè
jan tout bagay00:01:38
00:01:38
te chanje byen vit. 00:01:39
00:01:40
M te kòmanse ap pase
plis tan ak zanmi lekòl yo.00:01:43
00:01:43
Tank m t ap pase
tan avèk yo,00:01:45
00:01:45
se tank m te vin wè00:01:47
00:01:47
jan lavi pa m ak lavi
pa yo diferan.00:01:49
00:01:49
Yo te toujou ap pale00:01:51
00:01:51
sou kote yo te ale pandan
wikenn nan00:01:53
00:01:53
ak bagay yo te achte.00:01:55
00:01:55
Tandiske, tout sa m te fè
se te al preche,00:01:57
00:01:57
epi al nan reyinyon.00:01:59
00:01:59
M santi m te manke
yon bagay.00:02:01
00:02:01
M te santi m poukò m,00:02:03
00:02:03
e pèsonn pa t vle zanmi m.00:02:05
00:02:05
Nan tèt mwen,00:02:06
00:02:06
mwen te konnen prensip
ki nan Bib la bon e yo itil.00:02:09
00:02:09
Men, lè m te nan sitiyasyon
difisil sa a,00:02:12
00:02:12
m te vin gen dout.00:02:14
00:02:16
M pa t santi m koul menm
jan ak lòt elèv yo.00:02:19
00:02:19
Lè yo te kòmanse di m
sa yo vle fè ak lavi yo,00:02:23
00:02:23
m te santi m wont di yo
sa m vle fè ak lavi m.00:02:26
00:02:26
Se sa k fè, m te kòmanse
ap mande tèt mwen:00:02:30
00:02:30
“Ki sa m ta dwe fè
nan ka sa a?”00:02:32
00:02:32
Lefètke m te pale ak
paran m sou sa,00:02:34
00:02:34
sa te vrèman ede m.00:02:36
00:02:36
Yon jou, nou te deside
pale sou sijè sa a00:02:39
00:02:39
nan adorasyon an fanmi an.00:02:41
00:02:41
Nou te li Matye 5:11:00:02:44
00:02:53
Ki jan w ap fè gen
kè kontan00:02:54
00:02:55
lè y ap pèsekite w?00:02:56
00:02:56
Mwen te di tèt mwen:00:02:58
00:02:58
“Men kè m pa kontan
kounye a.”00:02:59
00:03:00
Manman m te li Mak 8:38 avè m.00:03:03
00:03:03
Pati nan vèsè a ki di: 00:03:06
00:03:09
... te vrèman touche m.00:03:11
00:03:11
M te vin wè, nan fon kè m,00:03:13
00:03:13
mwen te wont dèske m
se Temwen Jewova.00:03:15
00:03:16
Pandan m te nan tout
pwoblèm sa yo,00:03:18
00:03:18
gen yon frè ki te fè yon
diskou biblik00:03:20
00:03:20
nan kongregasyon m nan,
ki te li Matye 19:29.00:03:23
00:03:23
Vèsè a montre nenpòt moun
ki kite sa k enpòtan pou li00:03:27
00:03:27
pou l fè Jewova plezi,00:03:29
00:03:29
“ap jwenn 100 fwa plis
pase sa”.00:03:31
00:03:32
Mwen te deside mete sa ki
enpòtan pou mwen apa,00:03:36
00:03:36
pou m wè ki rezilta
sa ap bay,00:03:38
00:03:38
e ki benediksyon m ap jwenn.00:03:40
00:03:40
Nan epòk la, grasa
paran m yo,00:03:42
00:03:42
m te pase plis tan ak
frè ak sè00:03:45
00:03:45
ki nan sèvis aplentan ki
nan divès fòm sèvis.00:03:49
00:03:49
Konsa, mwen te aprann
nan eksperyans yo.00:03:52
00:03:52
Sa te ede m konn ki sa
pou m fè ak lavi m.00:03:55
00:03:56
Youn nan benediksyon mwen
jwenn grasa desizyon sa a,00:04:00
00:04:00
mwen te vin gen yon pakèt
zanmi pami frè ak sè yo.00:04:03
00:04:03
Mwen te vin wè gen
anpil moun ki gen00:04:06
00:04:06
menm panse ak menm
objektif avè m.00:04:09
00:04:09
Se yo ki vrè zanmi m.00:04:11
00:04:12
Pwochen fwa elèv yo
te vin ap pale00:04:14
00:04:14
sou sa yo vle fè
ak lavi yo,00:04:16
00:04:16
m pa t pè di sa m
vle fè.00:04:18
00:04:18
M vle di paran m yo mèsi00:04:20
00:04:20
paske yo te ede m gen
kouraj pou m fè sa.00:04:22
00:04:22
Mwen wè Jewova se yon
Bondye ki kenbe pwomès li.00:04:27
00:04:27
Lè m byen reflechi,00:04:28
00:04:28
mwen wè Jewova ap
kenbe pwomès li fè m 00:04:31
00:04:31
pou l ban m 100 fwa plis
bagay m kite dèyè yo,00:04:34
00:04:34
si m chwazi viv ann amoni
ak prensip li yo.00:04:37
00:04:38
Mwen vrèman kontan
kounye a,00:04:40
00:04:41
e m gen konfyans si m
suiv prensip biblik yo,00:04:44
00:04:44
lè m ap pran desizyon,00:04:46
00:04:46
m ap toujou jwenn
pi bon rezilta.00:04:48
Lavi m antanke jèn — Ki jan Bib la kapab ede m?
-
Lavi m antanke jèn — Ki jan Bib la kapab ede m?
Paran m yo te gentan
Temwen Jewova
depi anvan m te fèt.
Mwen te etidye Labib avèk yo,
mwen t al nan reyinyon
avèk yo,
e m t al preche avèk yo.
Piske m te grandi nan laverite,
m te konnen sa k t ap
pi bon pou mwen
se suiv prensip ki
nan Bib la.
Paran m yo te toujou
rete okipe nan
sèvis y ap bay Jewova.
Lè m t ap grandi, m pa t
vle fè yo wont.
Li pa vrèman difisil
pou yon moun suiv
prensip ki nan Bib la.
Franchman, si nou fè
sa Bib la mande,
sa ap bon pou nou.
Men pafwa, m te konn ap
mande tèt mwen:
“Ki jan lavi m t ap ye si m
pa t ap sèvi Jewova?”
Mwen te kontan pase tan
ak lòt elèv yo nan lekòl la.
An jeneral, m pa t gen
pwoblèm nan lekòl mwen.
Mwen te antann mwen
ak lòt elèv yo,
e pwofesè m yo te
renmen m.
Mwen te vrèman renmen
anbyans lekòl la.
Paran m yo te toujou di m,
pou m pa twò kole
ak lòt elèv nan lekòl yo.
Men mwen menm,
m te wè zanmi m yo
se bon moun,
yo gen bon konduit.
M pa wè poukisa yo t ap
bay tèt yo pwoblèm konsa.
Lè m t al nan lekòl segondè,
anpil nan elèv yo te
konn al legliz.
E gen anpil nan pwofesè m yo
ki te moun legliz.
Yon jou, gen yon bagay
ki te pase,
e tout lekòl la te vin konnen
mwen se Temwen Jewova.
Mwen te konnen gen moun
ki pa byen wè
Temwen Jewova yo.
Men m te sezi wè
jan tout bagay
te chanje byen vit.
M te kòmanse ap pase
plis tan ak zanmi lekòl yo.
Tank m t ap pase
tan avèk yo,
se tank m te vin wè
jan lavi pa m ak lavi
pa yo diferan.
Yo te toujou ap pale
sou kote yo te ale pandan
wikenn nan
ak bagay yo te achte.
Tandiske, tout sa m te fè
se te al preche,
epi al nan reyinyon.
M santi m te manke
yon bagay.
M te santi m poukò m,
e pèsonn pa t vle zanmi m.
Nan tèt mwen,
mwen te konnen prensip
ki nan Bib la bon e yo itil.
Men, lè m te nan sitiyasyon
difisil sa a,
m te vin gen dout.
M pa t santi m koul menm
jan ak lòt elèv yo.
Lè yo te kòmanse di m
sa yo vle fè ak lavi yo,
m te santi m wont di yo
sa m vle fè ak lavi m.
Se sa k fè, m te kòmanse
ap mande tèt mwen:
“Ki sa m ta dwe fè
nan ka sa a?”
Lefètke m te pale ak
paran m sou sa,
sa te vrèman ede m.
Yon jou, nou te deside
pale sou sijè sa a
nan adorasyon an fanmi an.
Nou te li Matye 5:11:
Ki jan w ap fè gen
kè kontan
lè y ap pèsekite w?
Mwen te di tèt mwen:
“Men kè m pa kontan
kounye a.”
Manman m te li Mak 8:38 avè m.
Pati nan vèsè a ki di:
... te vrèman touche m.
M te vin wè, nan fon kè m,
mwen te wont dèske m
se Temwen Jewova.
Pandan m te nan tout
pwoblèm sa yo,
gen yon frè ki te fè yon
diskou biblik
nan kongregasyon m nan,
ki te li Matye 19:29.
Vèsè a montre nenpòt moun
ki kite sa k enpòtan pou li
pou l fè Jewova plezi,
“ap jwenn 100 fwa plis
pase sa”.
Mwen te deside mete sa ki
enpòtan pou mwen apa,
pou m wè ki rezilta
sa ap bay,
e ki benediksyon m ap jwenn.
Nan epòk la, grasa
paran m yo,
m te pase plis tan ak
frè ak sè
ki nan sèvis aplentan ki
nan divès fòm sèvis.
Konsa, mwen te aprann
nan eksperyans yo.
Sa te ede m konn ki sa
pou m fè ak lavi m.
Youn nan benediksyon mwen
jwenn grasa desizyon sa a,
mwen te vin gen yon pakèt
zanmi pami frè ak sè yo.
Mwen te vin wè gen
anpil moun ki gen
menm panse ak menm
objektif avè m.
Se yo ki vrè zanmi m.
Pwochen fwa elèv yo
te vin ap pale
sou sa yo vle fè
ak lavi yo,
m pa t pè di sa m
vle fè.
M vle di paran m yo mèsi
paske yo te ede m gen
kouraj pou m fè sa.
Mwen wè Jewova se yon
Bondye ki kenbe pwomès li.
Lè m byen reflechi,
mwen wè Jewova ap
kenbe pwomès li fè m
pou l ban m 100 fwa plis
bagay m kite dèyè yo,
si m chwazi viv ann amoni
ak prensip li yo.
Mwen vrèman kontan
kounye a,
e m gen konfyans si m
suiv prensip biblik yo,
lè m ap pran desizyon,
m ap toujou jwenn
pi bon rezilta.
-