00:00:15
Fraz sa a sèlman ta dwe fè
yon moun ki renmen Jewova00:00:19
00:00:19
byen reflechi anvan l ouvri
televizyon l oswa òdinatè l.00:00:25
00:00:25
Anrapò ak metòd sa a Satan itilize
pou l gaye fason l panse,00:00:30
00:00:30
men sa Toudegad la te di ankò:00:00:32
00:00:33
“Li konprann istwa yo rakonte yo
pa sèlman yon amizman,00:00:38
00:00:38
men yo ka gen efè
sou fason nou reflechi,00:00:41
00:00:41
sou santiman nou
ak aksyon nou.”00:00:43
00:00:44
Donk, lè n ap chwazi yon detant,00:00:47
00:00:48
nou dwe sonje
fason Satan panse00:00:51
00:00:52
gen yon move efè sou moun
depi plizyè milye ane.00:00:56
00:00:57
Si nou gade Ezayi 55:7,
n ap wè ki rezilta sa bay.00:01:07
00:01:08
“Se pou moun ki mechan an
kite wout li ladan l lan,00:01:12
00:01:12
se pou [l] [...] retire
lide li gen nan tèt li yo.”00:01:15
00:01:15
Donk, moun ki kite Satan
enfliyanse l la,00:01:19
00:01:19
fason l panse vin pa bon, e rive
yon lè l ap tonbe nan fè sa ki mal.00:01:28
00:01:28
Vèsè 8 ak 9 la, ede n wè
fason moun enpafè panse00:01:34
00:01:36
diferan ak fason Jewova panse.00:01:39
00:01:39
Gad sa yo di.00:01:40
00:01:41
Vèsè 8: “‘Men sa Jewova di:00:01:44
00:01:44
“Fason m panse pa fason nou panse,
e wout mwen yo pa wout pa nou.00:01:49
00:01:49
Menm jan syèl la pi wo pase tè a,00:01:51
00:01:51
se konsa tou wout mwen yo
pi wo pase wout pa nou00:01:54
00:01:54
e fason m panse depase
fason nou panse.’”00:01:57
00:01:59
Byenke vèsè sa yo ap pale de
yon moun ki mechan,00:02:01
00:02:01
yon moun k ap fè sa ki mal,00:02:03
00:02:03
n ap dakò yon lè
moun sa a pa t mechan,00:02:06
00:02:06
se te sèlman yon moun
ki enpafè.00:02:09
00:02:10
Donk gen yon bagay ki pouse l
vin yon moun ki mechan.00:02:14
00:02:15
Ebyen, li te kite Satan enfliyanse l.00:02:18
00:02:18
Se sa k te rive.00:02:19
00:02:20
Jodi a, nou tout se moun
ki enpafè.00:02:22
00:02:23
Ki jan n ka toujou
gen panse Jewova00:02:27
00:02:27
pou n pa tonbe nan kategori
moun ki mechan,00:02:31
00:02:31
moun k ap fè sa ki mal?00:02:33
00:02:33
Enben, li klè Jewova sèvi ak
istwa pou ede n00:02:38
00:02:38
vin panse menm jan ak li.00:02:41
00:02:41
Bib la chaje ak egzanp yon seri moun,
bon egzanp kou move egzanp.00:02:47
00:02:48
Bib la gen yon pakèt egzanp
ak istwa ki touche kè nou00:02:53
00:02:53
ki ka ede n konprann prensip
Jewova yo e li gen yon pakèt lwa00:02:57
00:02:58
ki ka ede n lè n ap pran desizyon00:03:01
00:03:01
pou n ka fè bagay yo
jan Jewova vle.00:03:06
00:03:06
Ann pran yon egzanp.00:03:08
00:03:08
Bib la mete anpil aksan
sou jan Jewova renmen padone.00:03:13
00:03:13
Ann fè yon ti pale sou sa.00:03:15
00:03:15
Ann al nan Egzòd pou kòmanse,00:03:17
00:03:17
Egzòd chapit 34 e n ap li vèsè 7.00:03:21
00:03:22
Nou pral wè jan Jewova
anseye nou nan kesyon padone.00:03:27
00:03:27
Vèsè a di:00:03:28
00:03:28
“[Li] demontre yon lanmou ki fidèl
pou plizyè milye jenerasyon,00:03:32
00:03:32
[li] padone erè [...] moun fè [...]
ak peche.”00:03:36
00:03:36
Nou wè, Jewova renmen padone.00:03:38
00:03:40
Kounye a ann al nan Ezayi 1:18,00:03:44
00:03:45
gade yon bèl imaj Jewova itilize,
Ezayi 1:18.00:03:53
00:03:55
Li di: “‘Jewova di: “Kounye a,
vini, annou ranje bagay yo.00:04:01
00:04:01
Menmsi peche nou yo tankou
twal wouj, y ap vin blan kou nèj,00:04:07
00:04:07
menmsi yo tankou
yon twal wouj fonse,00:04:10
00:04:10
y ap vin blan kou lenn mouton.’”00:04:13
00:04:13
La a ankò, nou wè Jewova
renmen padone.00:04:18
00:04:18
Kounye a, pou touche kè nou
e ede n byen konprann,00:04:21
00:04:22
Jewova itilize yon istwa.00:04:24
00:04:24
Anfèt, se Jezi ki rakonte
istwa sa a.00:04:27
00:04:27
Nou jwenn li nan Lik chapit 15
(se istwa tigason gaspiyè a),00:04:32
00:04:33
Lik 15:11.00:04:35
00:04:35
Nou pap li istwa a, n ap jis
pran kèk fraz pou raple nou li.00:04:39
00:04:39
Si n gad vèsè 11 lan, “gen yon
mesye ki te gen de pitit gason.’00:04:43
00:04:44
Vèsè 12 la, “pi jèn nan
pran pòsyon byen pa l la”.00:04:48
00:04:49
Vèsè 13, “li ale nan yon peyi
byen lwen,00:04:52
00:04:52
epi [...] li gaspiye tout byen l”.00:04:54
00:04:55
Epi, vèsè 15 ak 16,
li vin nan nesesite.00:04:58
00:04:58
Vèsè 17, ‘li retounen
nan bonsans li’00:05:01
00:05:02
e l retounen al jwenn papa l.00:05:04
00:05:04
E vèsè 20 an montre
“papa a wè l, kè l fè l mal pou li,00:05:10
00:05:10
li kouri, li ba l yon akolad
e li bo l avèk tandrès”.00:05:15
00:05:16
Ki leson konsa Jewova vle nou
aprann nan istwa sa a?00:05:22
00:05:22
Enben, pi gwo leson an, Jewova
swaf pou l padone moun.00:05:27
00:05:27
Li renmen padone.00:05:29
00:05:30
E menm jan ak papa
nan egzanp lan,00:05:32
00:05:33
nou rekonèt moun ki fè peche yo
ka gaspiye sa yo te ba yo.00:05:38
00:05:39
Nou pa janm pèdi espwa
y ap retounen00:05:42
00:05:44
e n ap akeyi yo ak de bra louvri
lè yo tounen vin jwenn Jewova.00:05:48
00:05:49
Moun ki fè peche yo
ka retabli nèt00:05:51
00:05:51
e yo ka rejwenn plas yo
nan fanmi Jewova a.00:05:55
00:05:55
Nou aprann tou, moun
ki fè peche yo ka tonbe ba00:05:59
00:06:00
anvan yo tounen nan bonsans yo.00:06:02
00:06:02
Èske w pa dakò sa yo
se bèl leson00:06:05
00:06:05
ki ede n konprann
fason Jewova panse00:06:09
00:06:09
e ki ede n adapte fason n
panse ak fason l panse?00:06:13
00:06:13
Kounye a, ann reflechi
sou aspè sa a, 00:06:16
00:06:17
Tradiksyon monn nouvo a itilize
plis pase 500 mo pou rakonte istwa a,00:06:22
00:06:23
men li itilize mwens pase 10 mo00:06:26
00:06:26
pou l dekri sa ki mal
tigason gaspiyè a te fè a.00:06:29
00:06:29
Si w gade nan vèsè 13 la,
li jis di “l al banboche”.00:06:34
00:06:35
Epi vèsè 30 lan
bay kèk detay anplis,00:06:38
00:06:38
li ‘fin gaspiye byen l yo
nan pwostitye’.00:06:42
00:06:43
Donk, nou ka wè se yon istwa
ki pale sou kèk bagay mal ki fèt,00:06:48
00:06:48
men ki pa mete
twòp aksan sou yo,00:06:50
00:06:50
li pa fè lwanj pou yo,
pou sa ta parèt atiran.00:06:53
00:06:53
Olye de sa, istwa a ede n
vin pi pwòch Jewova00:06:57
00:06:57
e li ede n konprann
jan l renmen padone.00:07:00
00:07:01
Se pou rezon sa a
istwa sa a nan Bib la.00:07:04
00:07:05
Nou ka jis imajine jan Satan ta ka vle
rakonte istwa tigason gaspiyè a.00:07:12
00:07:13
Petèt li t ap montre papa a
se yon moun ki strik e ki di.00:07:18
00:07:19
Li ta ka montre bagay yo te rèd anpil
pou tigason an lè l te kay papa l00:07:24
00:07:24
e papa l te anpeche l
vin endepandan.00:07:27
00:07:28
Petèt li ta ka ajoute kèk vye
pawòl sal nan istwa a.00:07:33
00:07:35
Konbyen tan w panse
li t ap pase nan dekri00:07:38
00:07:38
pati imoral ki gen nan istwa a?00:07:41
00:07:42
Lè tigason an tounen,
li ta ka montre li pa repanti.00:07:46
00:07:46
Oswa li t ap montre papa a
vin toleran,00:07:50
00:07:50
li vin dakò ak jan pitit li a
chwazi viv.00:07:53
00:07:54
Petèt li t ap di tigason an retounen
nan kay la ak youn nan pwostitye yo.00:07:59
00:08:00
Nou wè, lè n byen reflechi,00:08:02
00:08:02
li klè istwa Satan yo chaje ak
manti ak bagay sal.00:08:08
00:08:08
Nan istwa l yo,
sa k ap kontinye repete00:08:12
00:08:13
se rebelyon, vyolans
ak imoralite.00:08:18
00:08:18
Nou wè, se menm istwa yo
l ap plede rankonte,00:08:22
00:08:22
li jis chanje pèsonaj yo.00:08:25
00:08:26
Men, lè nou li istwa
pa Jewova yo,00:08:31
00:08:31
nou aprann yon bagay a chak fwa.00:08:34
00:08:34
Lè n byen egzamine istwa sa yo
e n medite sou yo,00:08:39
00:08:39
nou aprann anpil, pa vre?00:08:41
00:08:41
Se kòmsi kèlkeswa kantite fwa
nou li istwa sa yo,00:08:45
00:08:46
nou aprann yon bagay sou Jewova
nou ka aplike nan lavi nou.00:08:50
00:08:51
Donk lè n ap pran desizyon
nan kesyon detant,00:08:54
00:08:56
nou dwe mande tèt nou:
Kiyès k ap anseye m?00:09:01
00:09:01
Èske detant sa a ap reban m fòs,
èske l ap pwofitab pou mwen?00:09:07
00:09:08
Oswa èske l ka minen lafwa m
nan Jewova Dye?00:09:12
00:09:13
Si w gen dout, èske sa pa t ap
pi saj pou w evite detant sa a?00:09:18
00:09:19
Toutpandan nou nan sistèm sa a,00:09:21
00:09:21
nou bezwen byen veye
lè n ap chwazi detant nou yo.00:09:24
00:09:25
Ann kite Jewova anseye nou
pou n ka panse, reflechi,00:09:30
00:09:30
rezone sou bagay yo
menm jan ak li,00:09:33
00:09:33
pandan n ap tann moman kote
se sèlman bon detant00:09:38
00:09:38
ki pa reprezante yon danje
pou nou k ap egziste.00:09:41
Gary Breaux: Rakonte istwa: Yon zouti ansèyman ki bay bon rezilta (1 Jan 5:19)
-
Gary Breaux: Rakonte istwa: Yon zouti ansèyman ki bay bon rezilta (1 Jan 5:19)
Fraz sa a sèlman ta dwe fè
yon moun ki renmen Jewova
byen reflechi anvan l ouvri
televizyon l oswa òdinatè l.
Anrapò ak metòd sa a Satan itilize
pou l gaye fason l panse,
men sa <i>Toudegad</i> la te di ankò:
“Li konprann istwa yo rakonte yo
pa sèlman yon amizman,
men yo ka gen efè
sou fason nou reflechi,
sou santiman nou
ak aksyon nou.”
Donk, lè n ap chwazi yon detant,
nou dwe sonje
fason Satan panse
gen yon move efè sou moun
depi plizyè milye ane.
Si nou gade Ezayi 55:7,
n ap wè ki rezilta sa bay.
“Se pou moun ki mechan an
kite wout li ladan l lan,
se pou [l] [...] retire
lide li gen nan tèt li yo.”
Donk, moun ki kite Satan
enfliyanse l la,
fason l panse vin pa bon, e rive
yon lè l ap tonbe nan fè sa ki mal.
Vèsè 8 ak 9 la, ede n wè
fason moun enpafè panse
diferan ak fason Jewova panse.
Gad sa yo di.
Vèsè 8: “‘Men sa Jewova di:
“Fason m panse pa fason nou panse,
e wout mwen yo pa wout pa nou.
Menm jan syèl la pi wo pase tè a,
se konsa tou wout mwen yo
pi wo pase wout pa nou
e fason m panse depase
fason nou panse.’”
Byenke vèsè sa yo ap pale de
yon moun ki mechan,
yon moun k ap fè sa ki mal,
n ap dakò yon lè
moun sa a pa t mechan,
se te sèlman yon moun
ki enpafè.
Donk gen yon bagay ki pouse l
vin yon moun ki mechan.
Ebyen, li te kite Satan enfliyanse l.
Se sa k te rive.
Jodi a, nou tout se moun
ki enpafè.
Ki jan n ka toujou
gen panse Jewova
pou n pa tonbe nan kategori
moun ki mechan,
moun k ap fè sa ki mal?
Enben, li klè Jewova sèvi ak
istwa pou ede n
vin panse menm jan ak li.
Bib la chaje ak egzanp yon seri moun,
bon egzanp kou move egzanp.
Bib la gen yon pakèt egzanp
ak istwa ki touche kè nou
ki ka ede n konprann prensip
Jewova yo e li gen yon pakèt lwa
ki ka ede n lè n ap pran desizyon
pou n ka fè bagay yo
jan Jewova vle.
Ann pran yon egzanp.
Bib la mete anpil aksan
sou jan Jewova renmen padone.
Ann fè yon ti pale sou sa.
Ann al nan Egzòd pou kòmanse,
Egzòd chapit 34 e n ap li vèsè 7.
Nou pral wè jan Jewova
anseye nou nan kesyon padone.
Vèsè a di:
“[Li] demontre yon lanmou ki fidèl
pou plizyè milye jenerasyon,
[li] padone erè [...] moun fè [...]
ak peche.”
Nou wè, Jewova renmen padone.
Kounye a ann al nan Ezayi 1:18,
gade yon bèl imaj Jewova itilize,
Ezayi 1:18.
Li di: “‘Jewova di: “Kounye a,
vini, annou ranje bagay yo.
Menmsi peche nou yo tankou
twal wouj, y ap vin blan kou nèj,
menmsi yo tankou
yon twal wouj fonse,
y ap vin blan kou lenn mouton.’”
La a ankò, nou wè Jewova
renmen padone.
Kounye a, pou touche kè nou
e ede n byen konprann,
Jewova itilize yon istwa.
Anfèt, se Jezi ki rakonte
istwa sa a.
Nou jwenn li nan Lik chapit 15
(se istwa tigason gaspiyè a),
Lik 15:11.
Nou pap li istwa a, n ap jis
pran kèk fraz pou raple nou li.
Si n gad vèsè 11 lan, “gen yon
mesye ki te gen de pitit gason.’
Vèsè 12 la, “pi jèn nan
pran pòsyon byen pa l la”.
Vèsè 13, “li ale nan yon peyi
byen lwen,
epi [...] li gaspiye tout byen l”.
Epi, vèsè 15 ak 16,
li vin nan nesesite.
Vèsè 17, ‘li retounen
nan bonsans li’
e l retounen al jwenn papa l.
E vèsè 20 an montre
“papa a wè l, kè l fè l mal pou li,
li kouri, li ba l yon akolad
e li bo l avèk tandrès”.
Ki leson konsa Jewova vle nou
aprann nan istwa sa a?
Enben, pi gwo leson an, Jewova
swaf pou l padone moun.
Li renmen padone.
E menm jan ak papa
nan egzanp lan,
nou rekonèt moun ki fè peche yo
ka gaspiye sa yo te ba yo.
Nou pa janm pèdi espwa
y ap retounen
e n ap akeyi yo ak de bra louvri
lè yo tounen vin jwenn Jewova.
Moun ki fè peche yo
ka retabli nèt
e yo ka rejwenn plas yo
nan fanmi Jewova a.
Nou aprann tou, moun
ki fè peche yo ka tonbe ba
anvan yo tounen nan bonsans yo.
Èske w pa dakò sa yo
se bèl leson
ki ede n konprann
fason Jewova panse
e ki ede n adapte fason n
panse ak fason l panse?
Kounye a, ann reflechi
sou aspè sa a,
<i>Tradiksyon monn nouvo a</i> itilize
plis pase 500 mo pou rakonte istwa a,
men li itilize mwens pase 10 mo
pou l dekri sa ki mal
tigason gaspiyè a te fè a.
Si w gade nan vèsè 13 la,
li jis di “l al banboche”.
Epi vèsè 30 lan
bay kèk detay anplis,
li ‘fin gaspiye byen l yo
nan pwostitye’.
Donk, nou ka wè se yon istwa
ki pale sou kèk bagay mal ki fèt,
men ki pa mete
twòp aksan sou yo,
li pa fè lwanj pou yo,
pou sa ta parèt atiran.
Olye de sa, istwa a ede n
vin pi pwòch Jewova
e li ede n konprann
jan l renmen padone.
Se pou rezon sa a
istwa sa a nan Bib la.
Nou ka jis imajine jan Satan ta ka vle
rakonte istwa tigason gaspiyè a.
Petèt li t ap montre papa a
se yon moun ki strik e ki di.
Li ta ka montre bagay yo te rèd anpil
pou tigason an lè l te kay papa l
e papa l te anpeche l
vin endepandan.
Petèt li ta ka ajoute kèk vye
pawòl sal nan istwa a.
Konbyen tan w panse
li t ap pase nan dekri
pati imoral ki gen nan istwa a?
Lè tigason an tounen,
li ta ka montre li pa repanti.
Oswa li t ap montre papa a
vin toleran,
li vin dakò ak jan pitit li a
chwazi viv.
Petèt li t ap di tigason an retounen
nan kay la ak youn nan pwostitye yo.
Nou wè, lè n byen reflechi,
li klè istwa Satan yo chaje ak
manti ak bagay sal.
Nan istwa l yo,
sa k ap kontinye repete
se rebelyon, vyolans
ak imoralite.
Nou wè, se menm istwa yo
l ap plede rankonte,
li jis chanje pèsonaj yo.
Men, lè nou li istwa
pa Jewova yo,
nou aprann yon bagay a chak fwa.
Lè n byen egzamine istwa sa yo
e n medite sou yo,
nou aprann anpil, pa vre?
Se kòmsi kèlkeswa kantite fwa
nou li istwa sa yo,
nou aprann yon bagay sou Jewova
nou ka aplike nan lavi nou.
Donk lè n ap pran desizyon
nan kesyon detant,
nou dwe mande tèt nou:
Kiyès k ap anseye m?
Èske detant sa a ap reban m fòs,
èske l ap pwofitab pou mwen?
Oswa èske l ka minen lafwa m
nan Jewova Dye?
Si w gen dout, èske sa pa t ap
pi saj pou w evite detant sa a?
Toutpandan nou nan sistèm sa a,
nou bezwen byen veye
lè n ap chwazi detant nou yo.
Ann kite Jewova anseye nou
pou n ka panse, reflechi,
rezone sou bagay yo
menm jan ak li,
pandan n ap tann moman kote
se sèlman bon detant
ki pa reprezante yon danje
pou nou k ap egziste.
-