JW subtitle extractor

Izak Marais: Se pou pawòl nou toujou bèl (Kol. 4:6)

Video Other languages Share text Share link Show times

Tèks pou jounen an,
Kolosyen 4:6,
montre nou ki jan
nou dwe toujou pale.
Li di: “Se pou pawòl
nou toujou bèl,
se pou l sizonnen ak sèl.”
Annou egzamine twa kesyon.
Premye kesyon an:
Sa sa vle di pawòl ki toujou bèl?
Dezyèm nan:
Poukisa li enpòtan anpil
pou nou di pawòl ki toujou bèl?
Twazyèm nan:
Ki jan nou ka aprann
di pawòl ki toujou bèl?
Donk, sa sa vle di
pou pawòl toujou bèl?
La a mo “bèl” la
gen yon sans espesyal.
Apot Pòl itilize mo grèk
ki koresponn avè l la
plis pase 100 fwa nan lèt li yo.
Donk, ki sa mo sa a genyen
ki fè li espesyal konsa?
Mo sa a yo tradui l tou
“favè moun pa merite a”,
e nan kèk ka, yo tradui li
“yon bèl kado”.
Si n ta tradui l konsa
nan tèks sa a, li t ap bay:
‘Se pou pawòl nou
toujou yon bèl kado.’
Nou ka konpare ide sa a
ak pawòl Pòl di
nan Efezyen chapit 4 la.
Men sa l di nan Efezyen 4:29,
dezyèm pati vèsè a:
“Sèl pawòl ki dwe sot
nan bouch nou
se pawòl ki bon pou fòtifye
moun lè sa nesesè,
[...] pou pawòl sa a pote sa ki bon
pou moun ki tande l yo.”
Men kounye a gade ki sa l di
nan premye pati vèsè a:
“Pa kite okenn pawòl pouri
sot nan bouch nou.”
Ekspresyon sa a enteresan.
Petèt sa deja rive
ou gen manje ki vin gate,
e ki pa bon pou moun manje ankò.
Li ka parèt bon toujou.
Men, lè w leve kouvèti veso a
vye sant pouri, gate a
ba w yon sèl kalòt
Ou kouri vire tèt ou, ou rekouvri l
e w chèche jete l pi vit posib.
Kounye a, imajine w
nan yon konvèsasyon
avèk yon bon zanmi w.
Ou atann pou l di bon bagay,
bagay ki pou ankouraje w,
men ou tande l ap kritike moun,
di move pawòl, pawòl ki negatif
konsènan lòt moun
oubyen yon dispozisyon
nan kongregasyon an.
Ala sa fè w mal!
Sant konvèsasyon sa a
pa bon menm,
men w pa ka kouri vire tèt ou
menm jan ak bòl manje ki gate a,
paske w pa ta vle l
pale w mal tou.
Ki sa w dwe fè?
Kouvri konvèsasyon sa a toudousman
epi voye l byen lwen.
M sèten nou tout deja koute oswa di
bagay negatif sou yon moun.
Nou rive nan dezyèm kesyon an.
Poukisa li enpòtan anpil
pou nou di pawòl ki toujou bèl?
Ann gade pawòl nou jwenn
nan lèt Jak la.
Annou li sa nou jwenn nan Jak 3:6:
“Lang nan se yon dife tou.
Pami tout pati ki nan kò nou,
[...] se ak sa ki mal sèlman li fèt,
paske li sal tout kò a,
li mete dife nan lavi yon moun,
e se Jeyèn nan
ki mete dife nan li.”
Kiyès ki ka ale
nan ‘Jeyèn nan’?
Se moun ki mal sèvi ak lang li.
Jezi te di menm bagay la.
Gade ki sa li te di nan liv Matye a
— Matye chapit 12.
Gade ki sa Jezi di nan vèsè 36 la.
Li di:
“Men sa m ap di nou:
Tout pawòl ki pa itil moun di,
y ap gen pou yo rann kont pou li
nan Jou Jijman an.”
Nou ka ap di tèt nou:
‘Èske se pa sou baz
moun nou ye pa anndan an
Jewova ap jije nou?’
Egzakteman!
Gade ki sa l di nan vèsè 34 la,
dezyèm pati vèsè 34 la:
‘Paske, pawòl ki sot
nan bouch yon moun
montre sa ki anndan kè l.’
Donk, li ka parèt
se nan tèt nou mo yo soti,
men anfèt se nan kè nou yo soti.
Jewova ap jije yon moun
sou baz moun li ye pa anndan an
e sou enpak pawòl li
genyen sou lòt moun.
Nòmalman, Jewova
ban nou bèl egzanp
paske pawòl li toujou bèl.
Gade egzanp nou jwenn nan liv
Zakari a — Zakari chapit 1.
Nan Zakari 1:12, gen yon zanj
Jewova k ap pale ak Jewova.
Zanj lan enkyete anpil anpil
paske li wè fo adorasyon an
vle pote laviktwa
e moun yo mete vrè
adorasyon an sou kote.
Men sa l di nan vèsè 12 la:
“O Jewova, Chèf lame yo,
konbyen tan w ap kite pase
san w pa fè Jerizalèm
ak vil Jida yo mizèrikòd,
yon seri vil ou te fache kont yo
pandan 70 an?”
Kounye a, gade vèsè 13 la:
“Jewova reponn zanj ki t ap pale
avè m nan ak bèl ti pawòl,
pawòl ki bay konsolasyon.”
Nan istwa a, nou pa wè
ki sa Jewova di
men n konnen Jewova toujou
janti e pawòl li toujou bèl.
Nou rive nan twazyèm kesyon an:
Ki jan nou ka aprann
di pawòl ki toujou bèl?
Gen 2 prensip
nou ta renmen montre nou
paske se yon sijè konplike.
Premye prensip nou ta renmen
montre nou an
nou jwenn li nan Efezyen 5
— Efezyen 5:1.
Men sa nou li :
“Kidonk, se pou nou imite
Bondye, antanke pitit li renmen.”
Nou konnen timoun
imite paran yo.
Yo vrèman kontan fè yon bagay
pou paran yo.
Yo imite yo.
Imajine yon ti pitit fi
ki bay manman l yon kado.
Bon, se pa pi bon kado
oswa pi gwo kado ki egziste
men pou manman an
sa estrawòdinè.
Poukisa?
Paske pitit li a imite l.
Siman li konn wè l
k ap bay lòt moun kado,
donk li imite l.
Sa fè manman an kontan,
li santi l byen.
Se menm bagay la pou Jewova.
Lè nou imite l, nou fè kè l kontan.
E se yon fason pou nou
montre apresyasyon nou.
Pi bon fason nou montre
apresyasyon nou
se lè nou rekonesan,
lè n di mèsi.
Donk, di Jewova mèsi pou tout
sa li fè pou nou chak jou.
Bon, pwobableman nou pa
menm konnen mwatye
nan sa Jewova fè pou nou.
Men si nou remèsye l toutan,
pou chak jou, nou fè sa
tounen yon abitid pou nou
sa ap fè nou gen anpil
apresyasyon pou Jewova
e n ap vin renmen l.
E plis nou renmen Jewova,
se plis n ap anvi imite l.
E nou pa dwe panse
nou pa diy, pou n ap di:
“O, non, m pa ka imite Jewova.”
Non!
Sèl kondisyon nou bezwen ranpli a
se genyen rekonesans
nan kè nou pou li.
N ap jwenn dezyèm prensip
nou ta renmen montre nou an
nan tèks pou jounen an
ki di pawòl nou yo dwe
toujou “sizonnen ak sèl”.
Nan tan biblik yo,
pa t gen kesyon frijidè.
Donk, pou yo te ka konsève manje,
yo te konn itilize sèl.
Yo te konn sizonnen l ak sèl
pou yo te ka asire yo
manje a pap gade.
Pawòl nou, bèl pawòl nou yo,
dwe montre nou respekte
diyite lòt moun,
yo dwe konsève lanmou
ak relasyon zanmitay
k ap la pou toutan.
Bèl pawòl sa yo n ap di a
se rezilta apresyasyon
nou gen nan kè nou.
Donk, chèche bon bagay
lakay lòt moun
e di bon bagay k ap ede yo
kontinye fè sa ki bon.
E vrèmanvre nou toujou di moun
nou renmen bèl ti pawòl, pa vre?
Donk, pou fini,
kèlkeswa sa n ap travèse
oswa jan nou santi n,
se pou pawòl nou toujou bèl.
Se toujou bon bagay
lè nou fè sa ki bon e nou janti.
Pa sispann fè sa.
Se pou n fikse nou objektif
pou n suiv sa ki di
nan Sòm 19:14 la:
“Se pou pawòl ki sot
nan bouch mwen
ak refleksyon m ap fè nan kè m
fè w plezi, o Jewova,
Mas Wòch mwen, Sovè mwen.”