00:00:07
Lè m te nan klas segondè,00:00:09
00:00:09
chak jou, timoun yo te
konn ap pale de sèks.00:00:11
00:00:11
Yo te konn pale sou
menaj yo genyen,00:00:14
00:00:14
ki sa yo te fè nan
wikenn nan.00:00:16
00:00:16
Epi, yo te konn pale sou
lòt bagay yo anvi fè.00:00:20
00:00:20
Nòmalman, yo te konnen
mwen se Temwen Jewova,00:00:22
00:00:22
e m pa fè sèks san m
pa marye.00:00:24
00:00:24
Men, aktout sa,00:00:25
00:00:25
yo te kontinye fè presyon
sou mwen.00:00:27
00:00:27
Timesye yo te vin
tèlman pre m,00:00:29
00:00:29
m te santi m pa alèz.00:00:31
00:00:31
E pafwa, yo te menm konn
eseye touche m.00:00:34
00:00:34
Yon jou, yon ti dam
nan klas la00:00:36
00:00:36
te vle m touche l yon
fason ki pa korèk.00:00:38
00:00:38
Natirèlman, m te refize fè sa.00:00:40
00:00:40
Li te kòmanse ap ban m
vye non,00:00:42
00:00:42
li te di m kapon,00:00:43
00:00:44
e l te menm di genlè
se gason m renmen.00:00:47
00:00:47
Pou yo menm, se kòmsi
se te yon jwèt.00:00:50
00:00:50
Yo t ap eseye fòse m fè
yon seri bagay ki pa bon.00:00:53
00:00:53
Byenke, yo te wè00:00:54
00:00:54
m pa t pran nan presyon
yo t ap bay yo,00:00:56
00:00:56
yo te kontan fè presyon
sou mwen.00:00:58
00:00:59
Rive yon lè, sa te vin
vrèman difisil pou mwen.00:01:02
00:01:02
Te gen de elèv nan klas la
ki t ap eseye pouse m.00:01:05
00:01:05
Yo chak la te kanpe
bò kote m,00:01:06
00:01:06
yo te kenbe bra m,00:01:07
00:01:07
e yo t ap fè m eseye
manyen ti dam nan.00:01:09
00:01:09
E nan moman sa a,
mwen te kouri.00:01:12
00:01:12
Antanke Temwen Jewova,00:01:14
00:01:14
mwen te deja diferan ak
lòt elèv nan lekòl yo.00:01:17
00:01:18
Mete sou sa, m te
timid anpil.00:01:21
00:01:21
E pafwa, m te anvi sanble
ak lòt elèv yo00:01:24
00:01:25
pou m pa parèt
twò diferan.00:01:27
00:01:28
Men, m konnen sa pa t ap
fè Jewova plezi00:01:31
00:01:31
pou m suiv foul la,00:01:32
00:01:32
pou m fè menm jan
ak lòt elèv yo.00:01:34
00:01:34
Mwen te fè yon priyè
tou kout nan kè m,00:01:37
00:01:37
mwen te di Jewova:00:01:38
00:01:38
"Tanpri ede m."00:01:39
00:01:39
Menm kote a, mwen te
vin panse ak Jozèf.00:01:41
00:01:42
Jozèf te kouri pou
madanm Potifa a.00:01:44
00:01:45
Li te rive fè sa paske li
te pran detèminasyon00:01:47
00:01:47
pou l fè Jewova plezi.00:01:49
00:01:49
Mwen te konnen se
sa m te dwe fè,00:01:51
00:01:51
e se sa m te fè.00:01:52
00:01:52
Mwen te kouri kite klas la.00:01:54
00:01:55
Etid pèsonèl te ede m
anpil anpil.00:01:58
00:01:58
Sa te ede m pi byen
konnen Jewova.00:02:01
00:02:01
Tank m te pi byen
konnen Jewova,00:02:03
00:02:03
se tank m pa t vle fè
anyen ki fè l lapenn.00:02:07
00:02:07
Piske m te vin konnen
Jewova pi byen00:02:10
00:02:10
e m te vin fè l plis konfyans,00:02:12
00:02:12
sa te ede m goumen ak
anvi m te genyen00:02:15
00:02:15
pou m suiv foul la.00:02:17
00:02:17
Sa pa t fasil pou m te
di ti dam nan non.00:02:19
00:02:20
Men, m te konnen se
sa m te dwe fè.00:02:22
00:02:22
Depi anvan sa te rive,00:02:24
00:02:24
granmè m te byen
prepare m.00:02:26
00:02:26
Li te konn ban m yon seri atik Toudegad sou sijè sa yo.00:02:29
00:02:29
Atik sa yo te montre m
ki sa pou m fè00:02:31
00:02:31
lè m jwenn tantasyon.00:02:32
00:02:32
Franchman, konvèsasyon
sa yo ak granmè m00:02:34
00:02:34
pa t toujou enteresan.00:02:35
00:02:35
Men, m kapab di yo te
vrèman ede m00:02:38
00:02:38
gen yon lafwa ki djanm00:02:39
00:02:39
pou m ka reziste devan
tantasyon.00:02:41
00:02:41
Paran m yo toujou
ankouraje m00:02:43
00:02:43
chèche gen sajès
Bondye bay la.00:02:45
00:02:45
Yo te ankouraje m
reflechi sou00:02:48
00:02:48
konsekans konduit mwen ap
genyen sou lavi m pi devan,00:02:52
00:02:52
sou relasyon m ak Jewova,00:02:54
00:02:54
sou relasyon m ak
zanmi m, ak fanmi m.00:02:56
00:02:57
Se yon bagay mwen te00:02:58
00:02:58
toujou ap reflechi sou li
nan epòk la.00:03:00
00:03:01
Mwen te vin wè enpòtans
pou m fè Jewova konfyans,00:03:04
00:03:04
paske depi w fè
Jewova konfyans,00:03:06
00:03:06
tout bagay ap mache
byen pou ou.00:03:08
00:03:08
Liv ki te plis ede m nan
se volim 2 liv00:03:11
00:03:11
Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze.00:03:14
00:03:14
Se chapit 5 lan:00:03:15
00:03:15
"Poukisa pou m rete vyèj?"00:03:17
00:03:17
M kapab di liv sa a te vrèman
sove lavi m.00:03:20
00:03:20
Lè m wè jan toupatou
sou tè a,00:03:23
00:03:23
gen jèn ki jwenn tantasyon
menm jan avè m,00:03:26
00:03:26
sa vrèman konsole m00:03:28
00:03:28
e sa fè m santi mwen
pa poukò m.00:03:30
00:03:31
M ap di Jewova ak
òganizasyon l lan mèsi00:03:35
00:03:35
pou lanmou yo demontre
pou nou menm jèn yo00:03:38
00:03:38
paske sa fè nou pa
santi nou poukò nou,00:03:41
00:03:41
e sa ede nou rete fidèl00:03:43
00:03:43
nan sitiyasyon difisil sa yo.00:03:46
00:03:46
Volim 2 liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze,00:03:50
00:03:50
chapit 14 la,00:03:51
00:03:51
"Ki jan m ka pwoteje
tèt mwen nan lekòl la?"00:03:54
00:03:54
te vrèman ede m pou m
rete fidèl nan lekòl la00:03:57
00:03:58
pou m te kapab fè
Jewova plezi.00:04:00
00:04:01
M ap di Jewova mèsi00:04:02
00:04:02
dèske li te fè m sonje
vèsè tankou,00:04:04
00:04:04
1 Korentyen 6:18 ki di pou n00:04:07
00:04:07
"kouri pou imoralite seksyèl".00:04:09
00:04:09
E m byen kontan di
mwen te rive fè sa.00:04:12
00:04:12
Men, sa k fè m plis kontan,00:04:14
00:04:14
se paske m konnen sa fè
kè Jewova kontan,00:04:16
00:04:16
e pa gen anyen k fè m
plis kontan pase sa.00:04:19
Lavi m antanke jèn — Ki sa pou m fè si y ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks san m pa marye?
-
Lavi m antanke jèn — Ki sa pou m fè si y ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks san m pa marye?
Lè m te nan klas segondè,
chak jou, timoun yo te
konn ap pale de sèks.
Yo te konn pale sou
menaj yo genyen,
ki sa yo te fè nan
wikenn nan.
Epi, yo te konn pale sou
lòt bagay yo anvi fè.
Nòmalman, yo te konnen
mwen se Temwen Jewova,
e m pa fè sèks san m
pa marye.
Men, aktout sa,
yo te kontinye fè presyon
sou mwen.
Timesye yo te vin
tèlman pre m,
m te santi m pa alèz.
E pafwa, yo te menm konn
eseye touche m.
Yon jou, yon ti dam
nan klas la
te vle m touche l yon
fason ki pa korèk.
Natirèlman, m te refize fè sa.
Li te kòmanse ap ban m
vye non,
li te di m kapon,
e l te menm di genlè
se gason m renmen.
Pou yo menm, se kòmsi
se te yon jwèt.
Yo t ap eseye fòse m fè
yon seri bagay ki pa bon.
Byenke, yo te wè
m pa t pran nan presyon
yo t ap bay yo,
yo te kontan fè presyon
sou mwen.
Rive yon lè, sa te vin
vrèman difisil pou mwen.
Te gen de elèv nan klas la
ki t ap eseye pouse m.
Yo chak la te kanpe
bò kote m,
yo te kenbe bra m,
e yo t ap fè m eseye
manyen ti dam nan.
E nan moman sa a,
mwen te kouri.
Antanke Temwen Jewova,
mwen te deja diferan ak
lòt elèv nan lekòl yo.
Mete sou sa, m te
timid anpil.
E pafwa, m te anvi sanble
ak lòt elèv yo
pou m pa parèt
twò diferan.
Men, m konnen sa pa t ap
fè Jewova plezi
pou m suiv foul la,
pou m fè menm jan
ak lòt elèv yo.
Mwen te fè yon priyè
tou kout nan kè m,
mwen te di Jewova:
"Tanpri ede m."
Menm kote a, mwen te
vin panse ak Jozèf.
Jozèf te kouri pou
madanm Potifa a.
Li te rive fè sa paske li
te pran detèminasyon
pou l fè Jewova plezi.
Mwen te konnen se
sa m te dwe fè,
e se sa m te fè.
Mwen te kouri kite klas la.
Etid pèsonèl te ede m
anpil anpil.
Sa te ede m pi byen
konnen Jewova.
Tank m te pi byen
konnen Jewova,
se tank m pa t vle fè
anyen ki fè l lapenn.
Piske m te vin konnen
Jewova pi byen
e m te vin fè l plis konfyans,
sa te ede m goumen ak
anvi m te genyen
pou m suiv foul la.
Sa pa t fasil pou m te
di ti dam nan non.
Men, m te konnen se
sa m te dwe fè.
Depi anvan sa te rive,
granmè m te byen
prepare m.
Li te konn ban m yon seri atik
<i>Toudegad</i> sou sijè sa yo.
Atik sa yo te montre m
ki sa pou m fè
lè m jwenn tantasyon.
Franchman, konvèsasyon
sa yo ak granmè m
pa t toujou enteresan.
Men, m kapab di yo te
vrèman ede m
gen yon lafwa ki djanm
pou m ka reziste devan
tantasyon.
Paran m yo toujou
ankouraje m
chèche gen sajès
Bondye bay la.
Yo te ankouraje m
reflechi sou
konsekans konduit mwen ap
genyen sou lavi m pi devan,
sou relasyon m ak Jewova,
sou relasyon m ak
zanmi m, ak fanmi m.
Se yon bagay mwen te
toujou ap reflechi sou li
nan epòk la.
Mwen te vin wè enpòtans
pou m fè Jewova konfyans,
paske depi w fè
Jewova konfyans,
tout bagay ap mache
byen pou ou.
Liv ki te plis ede m nan
se volim 2 liv
<i>Bonjan repons pou kesyon</i>
<i>jèn yo konn poze</i>.
Se chapit 5 lan:
"Poukisa pou m rete vyèj?"
M kapab di liv sa a te vrèman
sove lavi m.
Lè m wè jan toupatou
sou tè a,
gen jèn ki jwenn tantasyon
menm jan avè m,
sa vrèman konsole m
e sa fè m santi mwen
pa poukò m.
M ap di Jewova ak
òganizasyon l lan mèsi
pou lanmou yo demontre
pou nou menm jèn yo
paske sa fè nou pa
santi nou poukò nou,
e sa ede nou rete fidèl
nan sitiyasyon difisil sa yo.
Volim 2 <i>liv Bonjan repons pou</i>
<i>kesyon jèn yo konn poze</i>,
chapit 14 la,
"Ki jan m ka pwoteje
tèt mwen nan lekòl la?"
te vrèman ede m pou m
rete fidèl nan lekòl la
pou m te kapab fè
Jewova plezi.
M ap di Jewova mèsi
dèske li te fè m sonje
vèsè tankou,
1 Korentyen 6:18 ki di pou n
"kouri pou imoralite seksyèl".
E m byen kontan di
mwen te rive fè sa.
Men, sa k fè m plis kontan,
se paske m konnen sa fè
kè Jewova kontan,
e pa gen anyen k fè m
plis kontan pase sa.
-