00:00:00
Men sou ki tèm m ta renmen
pale avèk nou:00:00:03
00:00:03
Pa janm kite Satan
fè nou pè.00:00:07
00:00:07
Pou yon moun fè
yon moun pè,00:00:09
00:00:09
li konn eseye fè l
fè yon bagay00:00:11
00:00:12
oswa pa fè l,00:00:13
00:00:13
lè l ba l presyon, li fòse l
fè l, oswa l menase l.00:00:17
00:00:17
E Satan renmen fè moun pè.00:00:20
00:00:21
Se konsa Satan eseye
fè moun fè sa l vle.00:00:23
00:00:23
Men, Jewova ankouraje n
fè sa l mande avèk lanmou.00:00:27
00:00:27
Mo lè yo tradui l lè yo mete
“pè” pou li a00:00:29
00:00:29
parèt de fwa nan nòt pou
Bib etid la an fransè.00:00:32
00:00:33
Ekspresyon “kite moun
fè nou pè” a00:00:36
00:00:36
parèt yon fwa nan Bib la
nan Detewonòm 1:17,00:00:40
00:00:40
kote Moyiz te di jij ki
ansanm avè l yo:00:00:44
00:00:44
“Nou pa dwe kite moun
fè nou pè.00:00:47
00:00:47
Nou pa dwe gen patipri
lè n ap jije.”00:00:49
00:00:50
Se vre, nou pa jwenn mo sa yo
plizyè kote nan Bib la,00:00:54
00:00:54
men, nou jwenn ide a anpil kote.00:00:57
00:00:58
Pa egzanp, nou sonje Golyat
ki te mezire 2,9 mèt wotè,00:01:03
00:01:03
ki t ap eseye fè David pè.00:01:06
00:01:06
Men sa l te di David nan
1 Samyèl 17:44.00:01:11
00:01:11
Li te di:00:01:12
00:01:12
“Ou mèt vini, m ap fè zwazo
nan syèl la00:01:15
00:01:15
ak bèt ki nan savann yo
manje kadav ou”.00:01:19
00:01:19
‘Ou met vini tigason, m ap
fè zwazo nan syèl la00:01:23
00:01:23
ak chen sovaj manje
kadav ou.’00:01:25
00:01:25
Li te vle fè David pè.00:01:28
00:01:28
Èske n sonje Rabchake nan epòk
Ezekyas, Sannbalat, ak Tobya00:01:33
00:01:33
ki t ap pale ebre byen fò00:01:35
00:01:35
pou l fè Neyemi ak Juif yo pè
lè Juif yo t ap konstwi miray la? 00:01:42
00:01:43
Nou jwenn yon lòt egzanp00:01:45
00:01:45
nan komantè Toudegad la
fè sou tèks pou jounen an.00:01:47
00:01:48
Nebikadneza te eseye fè
twa Ebre yo pè00:01:51
00:01:51
pou yo te ka adore yon zidòl.00:01:53
00:01:53
Ki jan l te fè sa?00:01:54
00:01:55
Dànyèl 3:1 di wa Nebikadneza
te fè yon gwo estati,00:02:00
00:02:00
prèske 28 mèt wotè
ak 3 mèt lajè.00:02:04
00:02:04
Estati a poukont li te ka
fè moun pè.00:02:07
00:02:07
Epi, selon vèsè 2 a, li rasanble
yon gwo foul moun:00:02:12
00:02:12
“Satrap yo, delege yo,
gouvènè yo, konseye yo”00:02:15
00:02:15
ak anpil lòt moun.00:02:17
00:02:17
Sa te ka fè moun pè.00:02:18
00:02:19
Epi nan vèsè 4-6, li te
di byen fò:00:02:23
00:02:23
“Men lòd mwen ban nou: [...].00:02:25
00:02:25
Lè n tande son kòn nan,
flit la, hap la, [...]00:02:28
00:02:28
nou dwe lage kò n fas atè
pou n adore estati a.00:02:31
00:02:31
Nenpòt moun ki pa
lage kò l fas atè,00:02:33
00:02:34
nan menm moman an,00:02:35
00:02:35
y ap lage l nan founèz dife
ki byen limen an.”00:02:39
00:02:39
Sa te ka fè moun pè.00:02:40
00:02:40
Men, twa Ebre yo pa t kite
pyès moun fè yo pè.00:02:45
00:02:46
Jan n konn sa jodi a tou,00:02:48
00:02:48
Satan kontinye eseye
fè moun pè.00:02:51
00:02:51
‘Ou wè si w refize pran san,00:02:53
00:02:54
w ap pèdi lavi w.’00:02:56
00:02:56
‘Si w pa aksepte travay sa a,00:02:58
00:02:58
anpalan de yon travay ki pa
pèmèt ou sèvi Jewova,00:03:01
00:03:01
fanmi w ap mouri grangou.’00:03:03
00:03:04
‘Poukisa w pa vle fimen
sigarèt la?00:03:06
00:03:06
Se pè w pè?
Ou se yon kapon?’00:03:07
00:03:08
‘Poukisa w pa vle renmen
ak tifi sa a nan klas ou a00:03:10
00:03:10
ki byen renmen w?00:03:12
00:03:12
Èske se gason w renmen?’00:03:14
00:03:14
Satan ka fè moun di nou
pawòl sa yo pou fè nou pè.00:03:18
00:03:18
1 Pyè 5:8 di:00:03:19
00:03:19
“Dyab la ap sikile tankou
yon lyon k ap gwonde.”00:03:23
00:03:23
Byen souvan, fason
Satan gwonde00:03:26
00:03:26
se lè l fè lòt moun
fè nou pè.00:03:28
00:03:28
Selon liv Pèspikas la,00:03:30
00:03:30
lè yon lyon gwonde,
li fè bèt yo panike,00:03:33
00:03:33
e yo kouri kite patiraj
ki pwoteje yo a. 00:03:38
00:03:38
Se menm bagay la
Satan fè tou.00:03:40
00:03:41
Kite m poze n yon kesyon:00:03:42
00:03:43
Ki leson nou ka aprann00:03:45
00:03:46
nan men twa Ebre yo00:03:48
00:03:48
k ap ede n pou n pa janm
kite Satan fè nou pè?00:03:52
00:03:52
Men kèk ladan yo.00:03:54
00:03:54
Premyèman.00:03:55
00:03:55
Pa janm kite gwo bri
Dyab la ap fè yo00:03:58
00:03:58
fè n sispann fè Jewova
konfyans ak tout kè n.00:04:01
00:04:01
Ann al nan Danyèl chapit 300:04:03
00:04:04
pou n wè jan twa Ebre yo
te fè Jewova konfyans00:04:08
00:04:08
malgre Satan t ap chèche
fè yo pè.00:04:11
00:04:12
Dànyèl 3:16 di: 00:04:14
00:04:14
“Chadrak, Mechak ak Abèdnego
te reponn wa a:00:04:18
00:04:18
‘O Nebikadneza, nou pa bezwen
reponn ou sou bagay sa a.00:04:23
00:04:24
O monwa, si sa dwe fèt konsa,00:04:27
00:04:27
Bondye nou an n ap sèvi a00:04:28
00:04:29
kapab delivre nou ni nan
founèz dife ki byen limen an,00:04:32
00:04:32
ni anba men w.00:04:34
00:04:34
Men, menmsi l pa ta fè sa,
n ap fè w konnen, o monwa,00:04:39
00:04:39
nou pap sèvi dye w yo,00:04:41
00:04:41
e nou pap adore estati
annò ou fè met kanpe a.’”00:04:45
00:04:45
Yo te fè Jewova konfyans.00:04:48
00:04:48
Men yon lòt leson:00:04:50
00:04:50
Lespri sen ap ede n rete
kalm san n pa panike,00:04:55
00:04:55
e pou n byen reponn moun
k ap pèsekite n yo.00:04:58
00:04:58
Lè n wè jan twa Ebre yo
te reponn,00:05:01
00:05:01
nou wè yo pa t panike.00:05:03
00:05:03
Yo te byen reponn moun
ki t ap pèsekite yo.00:05:06
00:05:06
Sa klè, lespri sen Jewova
te vrèman ede yo.00:05:09
00:05:09
E se menm bagay la Jewova
pwomèt l ap fè pou nou.00:05:12
00:05:12
Lik 12:11,12 di:00:05:14
00:05:15
“Lè yo mennen nou devan
gwo foul moun ki rasanble,00:05:18
00:05:18
devan fonksyonè nan
gouvènman yo00:05:20
00:05:20
ak devan moun ki gen
otorite yo,00:05:21
00:05:21
pa bay tèt nou pwoblèm […]
sou sa nou pral di,00:05:24
00:05:24
Paske, nan moman sa a menm,00:05:26
00:05:26
lespri sen ap fè nou konnen
sa pou nou di.”00:05:29
00:05:29
Men yon lòt leson:00:05:30
00:05:30
Jewova ka sèvi ak zanj li yo
ki gen anpil pouvwa00:05:34
00:05:34
pou l delivre nou anba men
moun k ap fè nou pè yo.00:05:38
00:05:38
N ap sonje se yon mirak
Jewova te fè00:05:41
00:05:41
pou l delivre twa Ebre yo.00:05:42
00:05:42
Lè wa a te gade nan founèz la,00:05:44
00:05:45
olye l te wè twa moun ki pral
kankannen nan dife a,00:05:49
00:05:49
li te wè kat k ap mache
byen alèz.00:05:53
00:05:53
Natirèlman, katriyèm nan
se te yon zanj.00:05:56
00:05:56
Dànyèl 3:27 di lè yo te soti
nan founèz la,00:06:00
00:06:00
yo “pa t menm gen sant
dife sou yo”.00:06:02
00:06:03
Menm yon plim sou kò yo
pa t boule.00:06:05
00:06:05
Siman w konn antre nan kay
kote moun ap fimen.00:06:08
00:06:08
Li fasil pou sant sigarèt la
ret sou ou.00:06:11
00:06:11
Anpalan de plim sou kò nou,
li vrèman fasil pou yo boule.00:06:15
00:06:15
M sonje yon lè mwen t ap
limen yon fou ak gaz,00:06:18
00:06:18
m annik pase alimèt la,00:06:20
00:06:20
m pa wè ki lè fou a limen.00:06:22
00:06:24
Dife a gentan boule mwatye
plim ki te sou bra m.00:06:27
00:06:27
Men plim sou kò twa Ebre yo
pa t boule,00:06:29
00:06:30
e yo pa t gen sant dife.00:06:31
00:06:31
Jodi a, nou pa atann pou
Jewova fè yon mirak00:06:35
00:06:35
pou l voye zanj li delivre nou.00:06:38
00:06:38
Men, Jewova kapab sèvi ak
zanj yo pou ede nou00:06:43
00:06:43
jwenn yon travay pou n pran
swen fanmi nou,00:06:46
00:06:46
jwenn yon doktè ki respekte00:06:48
00:06:48
desizyon nou pran pou n
pa pran san.00:06:51
00:06:51
Se jis kèk egzanp.00:06:52
00:06:52
Li ka sèvi ak zanj yo pou l
ban nou fòs pou n ret fidèl00:06:57
00:06:57
lè nou jwenn gwo pwoblèm.00:06:59
00:06:59
Men yon lòtleson
nou ka aprann: 00:07:02
00:07:02
Lè nou kwè toutbon nan
rezireksyon an,00:07:04
00:07:04
sa ka ban nou fòs
pou nou andire00:07:07
00:07:07
menmsi yo menase
pou yo touye nou.00:07:09
00:07:10
Siman, twa Ebre yo te konn
pawòl Jòb te di nan Jòb 14:13,00:07:15
00:07:15
kote Jòb te di pou Jewova
sere l nan tonm nan,00:07:18
00:07:18
pou l fikse yon lè pou l
sonje l, pou l resisite l.00:07:23
00:07:23
Siman, yo te konn rezirèksyon00:07:25
00:07:25
ki te fèt pa mwayen Eli
ak Elize yo.00:07:28
00:07:28
Yo pa t konnen si Jewova
t ap delivre yo.00:07:30
00:07:31
Men, yo te konnen li t ap
resisite yo si yo te ret fidèl.00:07:35
00:07:35
Se menm bagay la
pou nou tou.00:07:37
00:07:37
Piske n konnen Jewova ap
resisite nou si nou mouri fidèl,00:07:41
00:07:41
Satan pa ka fè nou pè ankò,00:07:43
00:07:43
menmsi l ta sèvi ak
menans lanmò.00:07:46
00:07:46
Esperans rezirèksyon an
fè n pa pè lanmò ankò,00:07:49
00:07:49
konsa, n ap kapab rete fidèl.00:07:51
00:07:52
Men yon lòt leson ankò:00:07:54
00:07:54
Si n ret fidèl menm lè
moun fè nou pè,00:07:57
00:07:57
sa ap bay moun k ap
gade nou yo00:07:59
00:07:59
yon bèl temwayaj.00:08:00
00:08:01
Nou sonje sa wa a te di00:08:02
00:08:02
lè twa ebre yo te soti vivan
nan founèz la?00:08:05
00:08:05
Li te di:00:08:07
00:08:07
“Louwanj pou Bondye Chadrak,
Mechak ak Abèdnego a [...].00:08:11
00:08:12
Paske pa gen okenn lòt dye
ki kapab delivre moun00:08:16
00:08:16
tankou Bondye sa a.”00:08:17
00:08:18
Fè yon ti reflechi.00:08:19
00:08:19
Si Nebikadneza ak lòt Babilónyen
ki t ap gade yo00:08:23
00:08:23
ta resisite pami “moun enjis”
Travay 24:15 pale de yo a,00:08:29
00:08:29
sa yo te wè a ap fè yo
pi anvi sèvi Jewova00:08:33
00:08:33
nan monn nouvo Bondye
pwomèt la.00:08:35
00:08:35
E fè yon ti reflechi ak mesye
ki te mouri00:08:38
00:08:38
pandan yo t ap lage yo
nan founèz dife a.00:08:41
00:08:41
Si yo resisite,00:08:43
00:08:43
y ap aprann sa k te pase
apre yo fin mouri a.00:08:46
00:08:46
Siman, enfòmasyon sa a
ap ede yo00:08:50
00:08:50
vin pwòch ak Jewova
nan monn nouvo a.00:08:53
00:08:53
Se menm bagay la tou jodi a.00:08:55
00:08:55
Lè n pa kite moun fè nou pè,00:08:57
00:08:58
sa ka bay yon gwo temwayaj.00:09:00
00:09:00
Gen anpil moun ki vin
sèvi Jewova00:09:03
00:09:03
grasa bon temwayaj sa yo.00:09:05
00:09:05
Nou sot wè senk leson nou ka
aprann nan men twa ebre yo00:09:10
00:09:10
k ap ede n pou n pa kite
lòt moun fè nou pè.00:09:13
00:09:13
Premyèman:00:09:14
00:09:14
Pa janm kite gwo bri
Dyab la ap fè yo00:09:17
00:09:17
fè n sispann fè Jewova konfyans.00:09:19
00:09:19
Dezyèmman:00:09:20
00:09:20
Lespri sen ap fè n ret kalm
san n pa panike00:09:23
00:09:23
e bay bon repons.00:09:24
00:09:24
Twazyèmman:00:09:26
00:09:26
Jewova ka sèvi ak
zanj li yo00:09:27
00:09:27
plizyè fason pou l
delivre nou00:09:30
00:09:30
anba men moun k ap
fè nou pè yo.00:09:33
00:09:33
Katriyèmman:00:09:34
00:09:34
Esperans rezirèksyon an
ap ban nou fòs ak kouraj00:09:38
00:09:38
pou nou pa pè menmlè
nou devan lanmò.00:09:42
00:09:42
Senkyèmman:00:09:43
00:09:43
Si n ret fidèl menmlè
moun fè nou pè,00:09:46
00:09:46
n ap bay moun k ap
gade n yo00:09:49
00:09:49
yon gwo temwayaj.00:09:50
00:09:50
Se pou nou tout
pran detèminasyon,00:09:54
00:09:54
menm jan ak twa ebre yo,00:09:55
00:09:55
pou n pa janm kite Satan
fè nou pè.00:10:00
M. Stephen Lett: Pa janm kite Satan fè w pè (Det. 1:17)
-
M. Stephen Lett: Pa janm kite Satan fè w pè (Det. 1:17)
Men sou ki tèm m ta renmen
pale avèk nou:
Pa janm kite Satan
fè nou pè.
Pou yon moun fè
yon moun pè,
li konn eseye fè l
fè yon bagay
oswa pa fè l,
lè l ba l presyon, li fòse l
fè l, oswa l menase l.
E Satan renmen fè moun pè.
Se konsa Satan eseye
fè moun fè sa l vle.
Men, Jewova ankouraje n
fè sa l mande avèk lanmou.
Mo lè yo tradui l lè yo mete
“pè” pou li a
parèt de fwa nan nòt pou
Bib etid la an fransè.
Ekspresyon “kite moun
fè nou pè” a
parèt yon fwa nan Bib la
nan Detewonòm 1:17,
kote Moyiz te di jij ki
ansanm avè l yo:
“Nou pa dwe kite moun
fè nou pè.
Nou pa dwe gen patipri
lè n ap jije.”
Se vre, nou pa jwenn mo sa yo
plizyè kote nan Bib la,
men, nou jwenn ide a anpil kote.
Pa egzanp, nou sonje Golyat
ki te mezire 2,9 mèt wotè,
ki t ap eseye fè David pè.
Men sa l te di David nan
1 Samyèl 17:44.
Li te di:
“Ou mèt vini, m ap fè zwazo
nan syèl la
ak bèt ki nan savann yo
manje kadav ou”.
‘Ou met vini tigason, m ap
fè zwazo nan syèl la
ak chen sovaj manje
kadav ou.’
Li te vle fè David pè.
Èske n sonje Rabchake nan epòk
Ezekyas, Sannbalat, ak Tobya
ki t ap pale ebre byen fò
pou l fè Neyemi ak Juif yo pè
lè Juif yo t ap konstwi miray la?
Nou jwenn yon lòt egzanp
nan komantè<i> Toudegad </i>la
fè sou tèks pou jounen an.
Nebikadneza te eseye fè
twa Ebre yo pè
pou yo te ka adore yon zidòl.
Ki jan l te fè sa?
Dànyèl 3:1 di wa Nebikadneza
te fè yon gwo estati,
prèske 28 mèt wotè
ak 3 mèt lajè.
Estati a poukont li te ka
fè moun pè.
Epi, selon vèsè 2 a, li rasanble
yon gwo foul moun:
“Satrap yo, delege yo,
gouvènè yo, konseye yo”
ak anpil lòt moun.
Sa te ka fè moun pè.
Epi nan vèsè 4-6, li te
di byen fò:
“Men lòd mwen ban nou: [...].
Lè n tande son kòn nan,
flit la, hap la, [...]
nou dwe lage kò n fas atè
pou n adore estati a.
Nenpòt moun ki pa
lage kò l fas atè,
nan menm moman an,
y ap lage l nan founèz dife
ki byen limen an.”
Sa te ka fè moun pè.
Men, twa Ebre yo pa t kite
pyès moun fè yo pè.
Jan n konn sa jodi a tou,
Satan kontinye eseye
fè moun pè.
‘Ou wè si w refize pran san,
w ap pèdi lavi w.’
‘Si w pa aksepte travay sa a,
anpalan de yon travay ki pa
pèmèt ou sèvi Jewova,
fanmi w ap mouri grangou.’
‘Poukisa w pa vle fimen
sigarèt la?
Se pè w pè?
Ou se yon kapon?’
‘Poukisa w pa vle renmen
ak tifi sa a nan klas ou a
ki byen renmen w?
Èske se gason w renmen?’
Satan ka fè moun di nou
pawòl sa yo pou fè nou pè.
1 Pyè 5:8 di:
“Dyab la ap sikile tankou
yon lyon k ap gwonde.”
Byen souvan, fason
Satan gwonde
se lè l fè lòt moun
fè nou pè.
Selon liv <i>Pèspikas</i> la,
lè yon lyon gwonde,
li fè bèt yo panike,
e yo kouri kite patiraj
ki pwoteje yo a.
Se menm bagay la
Satan fè tou.
Kite m poze n yon kesyon:
Ki leson nou ka aprann
nan men twa Ebre yo
k ap ede n pou n pa janm
kite Satan fè nou pè?
Men kèk ladan yo.
Premyèman.
Pa janm kite gwo bri
Dyab la ap fè yo
fè n sispann fè Jewova
konfyans ak tout kè n.
Ann al nan Danyèl chapit 3
pou n wè jan twa Ebre yo
te fè Jewova konfyans
malgre Satan t ap chèche
fè yo pè.
Dànyèl 3:16 di:
“Chadrak, Mechak ak Abèdnego
te reponn wa a:
‘O Nebikadneza, nou pa bezwen
reponn ou sou bagay sa a.
O monwa, si sa dwe fèt konsa,
Bondye nou an n ap sèvi a
kapab delivre nou ni nan
founèz dife ki byen limen an,
ni anba men w.
Men, menmsi l pa ta fè sa,
n ap fè w konnen, o monwa,
nou pap sèvi dye w yo,
e nou pap adore estati
annò ou fè met kanpe a.’”
Yo te fè Jewova konfyans.
Men yon lòt leson:
Lespri sen ap ede n rete
kalm san n pa panike,
e pou n byen reponn moun
k ap pèsekite n yo.
Lè n wè jan twa Ebre yo
te reponn,
nou wè yo pa t panike.
Yo te byen reponn moun
ki t ap pèsekite yo.
Sa klè, lespri sen Jewova
te vrèman ede yo.
E se menm bagay la Jewova
pwomèt l ap fè pou nou.
Lik 12:11,12 di:
“Lè yo mennen nou devan
gwo foul moun ki rasanble,
devan fonksyonè nan
gouvènman yo
ak devan moun ki gen
otorite yo,
pa bay tèt nou pwoblèm […]
sou sa nou pral di,
Paske, nan moman sa a menm,
lespri sen ap fè nou konnen
sa pou nou di.”
Men yon lòt leson:
Jewova ka sèvi ak zanj li yo
ki gen anpil pouvwa
pou l delivre nou anba men
moun k ap fè nou pè yo.
N ap sonje se yon mirak
Jewova te fè
pou l delivre twa Ebre yo.
Lè wa a te gade nan founèz la,
olye l te wè twa moun ki pral
kankannen nan dife a,
li te wè kat k ap mache
byen alèz.
Natirèlman, katriyèm nan
se te yon zanj.
Dànyèl 3:27 di lè yo te soti
nan founèz la,
yo “pa t menm gen sant
dife sou yo”.
Menm yon plim sou kò yo
pa t boule.
Siman w konn antre nan kay
kote moun ap fimen.
Li fasil pou sant sigarèt la
ret sou ou.
Anpalan de plim sou kò nou,
li vrèman fasil pou yo boule.
M sonje yon lè mwen t ap
limen yon fou ak gaz,
m annik pase alimèt la,
m pa wè ki lè fou a limen.
Dife a gentan boule mwatye
plim ki te sou bra m.
Men plim sou kò twa Ebre yo
pa t boule,
e yo pa t gen sant dife.
Jodi a, nou pa atann pou
Jewova fè yon mirak
pou l voye zanj li delivre nou.
Men, Jewova kapab sèvi ak
zanj yo pou ede nou
jwenn yon travay pou n pran
swen fanmi nou,
jwenn yon doktè ki respekte
desizyon nou pran pou n
pa pran san.
Se jis kèk egzanp.
Li ka sèvi ak zanj yo pou l
ban nou fòs pou n ret fidèl
lè nou jwenn gwo pwoblèm.
Men yon lòt<b> </b>leson
nou ka aprann:
Lè nou kwè toutbon nan
rezireksyon an,
sa ka ban nou fòs
pou nou andire
menmsi yo menase
pou yo touye nou.
Siman, twa Ebre yo te konn
pawòl Jòb te di nan Jòb 14:13,
kote Jòb te di pou Jewova
sere l nan tonm nan,
pou l fikse yon lè pou l
sonje l, pou l resisite l.
Siman, yo te konn rezirèksyon
ki te fèt pa mwayen Eli
ak Elize yo.
Yo pa t konnen si Jewova
t ap delivre yo.
Men, yo te konnen li t ap
resisite yo si yo te ret fidèl.
Se menm bagay la
pou nou tou.
Piske n konnen Jewova ap
resisite nou si nou mouri fidèl,
Satan pa ka fè nou pè ankò,
menmsi l ta sèvi ak
menans lanmò.
Esperans rezirèksyon an
fè n pa pè lanmò ankò,
konsa, n ap kapab rete fidèl.
Men yon lòt leson ankò:
Si n ret fidèl menm lè
moun fè nou pè,
sa ap bay moun k ap
gade nou yo
yon bèl temwayaj.
Nou sonje sa wa a te di
lè twa ebre yo te soti vivan
nan founèz la?
Li te di:
“Louwanj pou Bondye Chadrak,
Mechak ak Abèdnego a [...].
Paske pa gen okenn lòt dye
ki kapab delivre moun
tankou Bondye sa a.”
Fè yon ti reflechi.
Si Nebikadneza ak lòt Babilónyen
ki t ap gade yo
ta resisite pami “moun enjis”
Travay 24:15 pale de yo a,
sa yo te wè a ap fè yo
pi anvi sèvi Jewova
nan monn nouvo Bondye
pwomèt la.
E fè yon ti reflechi ak mesye
ki te mouri
pandan yo t ap lage yo
nan founèz dife a.
Si yo resisite,
y ap aprann sa k te pase
apre yo fin mouri a.
Siman, enfòmasyon sa a
ap ede yo
vin pwòch ak Jewova
nan monn nouvo a.
Se menm bagay la tou jodi a.
Lè n pa kite moun fè nou pè,
sa ka bay yon gwo temwayaj.
Gen anpil moun ki vin
sèvi Jewova
grasa bon temwayaj sa yo.
Nou sot wè senk leson nou ka
aprann nan men twa ebre yo
k ap ede n pou n pa kite
lòt moun fè nou pè.
Premyèman:
Pa janm kite gwo bri
Dyab la ap fè yo
fè n sispann fè Jewova konfyans.
Dezyèmman:
Lespri sen ap fè n ret kalm
san n pa panike
e bay bon repons.
Twazyèmman:
Jewova ka sèvi ak
zanj li yo
plizyè fason pou l
delivre nou
anba men moun k ap
fè nou pè yo.
Katriyèmman:
Esperans rezirèksyon an
ap ban nou fòs ak kouraj
pou nou pa pè menmlè
nou devan lanmò.
Senkyèmman:
Si n ret fidèl menmlè
moun fè nou pè,
n ap bay moun k ap
gade n yo
yon gwo temwayaj.
Se pou nou tout
pran detèminasyon,
menm jan ak twa ebre yo,
pou n pa janm kite Satan
fè nou pè.
-