JW subtitle extractor

Art ak Zanna Capers: Nou te rekonstwi maryaj nou ak èd Bondye

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou te fini lekòl nan mwen jen,
nou te marye nan mwa jiyè,
e n te vin gen yon pitit
nan mwa novanm.
Nou te gen kèk kontan lè sa a.
Yon lè, te gen de Temwen
ki te frape pòt mwen.
E yo te montre m Sòm 83:18
ki fè konnen non Bondye
se Jewova.
Yo te ofri m yon etid Labib
men etid la te dire sèlman
de a twa semèn.
Nou te vin gen yon machin,
nou te kòmanse al nan fèt,
fimen,
pran dwòg, bwè jis nou sou,
e tout bagay sa yo te soti
pou fini ak maryaj nou.
Nou te panse si n deplase
kite kote n te grandi a,
kite moun nou te konnen yo
sa t ap ka ede.
Men, sa pa t ranje anyen,
sa te vin pi rèd toujou.
Se bezbòl ki te plis
enpòtan nan lavi m,
menm plis pase madanm mwen.
M te gen gwo pwoblèm
pou m aksepte otorite.
Gendelè m te konn santi m
pi entèlijan pase l,
donk, m te wè m ka pran
pi bon desizyon pase l.
Rive yon lè, Zanna te kite m
pou l al jwenn yon lòt moun.
E sa a... sa te fè mal anpil.
Zanna te gen gwo pwoblèm
akoz li te konn ap
pran dwòg toutan,
se sa k fè tribinal la te di se
nan men m pou timoun yo rete.
Se nan moman sa a m te
deside fò m chanje lavi m.
E se nan moman sa a
Jewova te vin nan lespri m.
M sonje
m te mete m ajenou epi m di Jewova:
“Jewova, jis montre m sa pou m fè.”
M te chèche kontak
Temwen Jewova yo
e m te telefone yo.
Yo te ban m yon liv, liv Comment s’ assurer
une vie de famille heureuse?
M te montre l liv sa a.
E m te di l: “ Si nou te aplike
bagay sa yo nan maryaj nou
depi okòmansman,
maryaj nou pa t ap janm kraze.”
Nan lespri m m t ap di:
“Rete!
Ou kwè se vre?”
Men, m te ka wè li te vrèman sensè.
Li te sispann pran dwòg epitou
fason l pale ak fason l aji
te chanje tou.
Nan yon ti tan toupiti, se pi bon
bagay yo t ap vin pi bon.
Epi, m te kòmanse etidye Labib
ansanm ak Zanna,
e se lè sa a bagay yo te
kòmanse amelyore toutbon.
Youn nan vèsè ki te ede m rebati
maryaj nou se 1 Korentyen 11:3.
Se Art ki chèf fanmi an,
se pa mwen ki chèf fanmi an.
Lè m te konnen tout moun nèt,
eksepte Jewova,
gen yon chèf m te konsidere
sa kòm yon pwoteksyon.
Kounye a, m pa gen pou m pran
tout desizyon poukont mwen ankò.
Galat 5:22, 23 se vèsè sa yo
ki te ede m demontre lanmou,
pou m vin yon pi bon mari
epi vin yon pi bon papa.
E m toujou trete l ak respè
e ak diyite, ou konnen,
m tande opinyon l
ak lòt bagay menm jan an.
Mwen te remarye avèk Arthur
nan dat 2 avril 1979.
M ta renmen di moun k ap fè fas
ak pwoblèm nan maryaj yo pou yo
aplike prensip Biblik yo, aplike yo.
Nou te aprann sa yon fanmi vle di
grasa Jewova,
e se sa a ki ede n jere pwoblèm
n ap rankontre chak jou nan lavi a.
Dezyèm maryaj nou an te tèlman swa,
men Jewova te ladan l avèk nou.