00:00:01
Nan revelasyon Jezi
te bay apot Jan an,00:00:04
00:00:04
Jezi te anonse plizyè
syèk alavans00:00:07
00:00:07
lè Jewova pral elimite moun
ki opoze ak Wayòm li an.00:00:11
00:00:12
Nan Revelasyon 11:18
li rele moun sa yo,00:00:16
00:00:16
"moun k ap detwi tè a".00:00:19
00:00:19
Men sa vèsè a di.00:00:21
00:00:21
Revelasyon 11:18, li di:00:00:25
00:00:26
“Men, nasyon yo te vin an kòlè,
e ou vin an kòlè tou.00:00:31
00:00:31
Tan ki fikse a rive
pou w jije mò yo,00:00:34
00:00:34
pou w rekonpanse
esklav ou yo,00:00:37
00:00:37
anpalan de pwofèt yo,00:00:39
00:00:39
pou w rekonpanse moun ki sen yo00:00:41
00:00:41
ansanm ak lòt moun ki gen
lakrentif pou non w yo,00:00:44
00:00:44
piti kou gran, e pou w detwi
moun k ap detwi tè a.”00:00:47
00:00:48
La a, vèsè a ban nou asirans00:00:51
00:00:51
Jewova pral fè moun yo
sispann detwi tè a.00:00:55
00:00:55
Men, èske vèsè a ap pale sèlman
de moun k ap sal tè a,00:01:01
00:01:01
oubyen k ap gaspiye richès tè a?00:01:03
00:01:03
Oubyen, èske l ap pale de
lòt bagay ankò?00:01:06
00:01:06
Pou n reponn kesyon sa yo,00:01:08
00:01:09
nou pral wè kat pwenn
nan diskou sa a.00:01:12
00:01:12
Lè Pawòl Bondye a ap
pale de tè, ki sa l ye?00:01:16
00:01:16
Ki sa ekspresyon “detwi tè a”
vle di nan Revelasyon 11:18?00:01:21
00:01:21
Ki lè Jewova pral fè yo
sispann “detwi tè a”?00:01:24
00:01:25
Ki “tè” ki pral la pou toutan an?00:01:28
00:01:29
Pou kòmanse, ki sa
ekspresyon “tè a” vle di?00:01:33
00:01:34
Pou n reponn kesyon sa a,00:01:35
00:01:35
nou pral pale de planèt la00:01:37
00:01:37
ak moun ki sou li yo.00:01:39
00:01:39
Poukisa nou pral pale de moun yo?00:01:40
00:01:41
Paske, menm jan ak lòt ekspresyon00:01:42
00:01:42
ki nan Pawòl Bondye a,00:01:44
00:01:44
ekspresyon “tè a” vle di plizyè bagay.00:01:47
00:01:47
Ann pran egzanp syèl la.00:01:49
00:01:50
“Syèl” la kapab vle di,00:01:51
00:01:51
sa ki wo, e l ka vle di
plizyè lòt bagay ankò.00:01:55
00:01:55
Pa egzanp, Jenèz 27:28 ap pale de
benediksyon Jakòb te bay Izarak.00:02:03
00:02:03
Li te di Izarak:00:02:04
00:02:05
“Mwen swete pou vrè Dye a fè
lawouze sot nan syèl la pou ou.”00:02:09
00:02:10
“Lawouze sot nan syèl la.”00:02:11
00:02:11
La a, ekspresyon “syèl la” vle di
syèl n ap gade a, pa vre?00:02:16
00:02:16
Kounye a, ann gade
Dànyèl 4:26.00:02:20
00:02:21
Nan vèse sa a, nou wè
Dànyèl entèprete00:02:24
00:02:24
rèv Nebikadneza te fè sou
gwo pyebwa a.00:02:26
00:02:26
E li te di wa a:00:02:28
00:02:28
“W ap rejwenn wayòm ou an ankò00:02:31
00:02:31
lè w fin rekonèt se Bondye
k ap dirije.” 00:02:36
00:02:36
Ann ebre, yo itilize ekspresyon
“syèl la ap dirije”,00:02:40
00:02:41
sa ki reprezante dwa Jewova
genyen pou l dirije a.00:02:44
00:02:44
Menm jan an tou, nan Bib la,00:02:47
00:02:47
mo “tè a” kapab gen
plizyè siyifikasyon.00:02:50
00:02:50
Toudabò, ann wè sa l
vle di sou planèt.00:02:54
00:02:54
Kontrèman ak lòt planèt yo
yo bay pote non fo dye,00:02:59
00:02:59
Jenèz chapit 1 di nou Jewova
rele planèt nou an “tè”.00:03:04
00:03:04
Nou konnen talè konsa,00:03:06
00:03:06
pil vye non yo bay lòt planèt yo00:03:08
00:03:08
pap egziste ankò,
y ap chanje yo.00:03:11
00:03:11
Kanta pou tè a, Jewova
fè nou konnen byen klè00:03:15
00:03:15
sa k pral pase l.00:03:16
00:03:16
Tè a ap la pou toutan.00:03:19
00:03:20
Eklezyas 1:4 di:00:03:22
00:03:23
“Yon jenerasyon ale,
yon jenerasyon vini,00:03:27
00:03:27
men, tè a [sa vle di,
planèt nou an]00:03:31
00:03:31
ap ret la pou toutan.”00:03:33
00:03:34
Sòm 104:5 di:00:03:36
00:03:36
“Tè a pap janm deplase00:03:37
00:03:37
kite kote l ye a pou
tout tan gen tan.”00:03:40
00:03:41
Sa vle di, tè a pap janm detwi.00:03:44
00:03:44
Objektif Bondye pou tè a
ap reyalize.00:03:47
00:03:47
Ki objektif Bondye pou tè a?00:03:49
00:03:50
Objektif Bondye se pou tè a
vin chaje ak moun ki fidèl00:03:56
00:03:56
ki san peche k ap viv ak
kè kontan pou toutan.00:04:01
00:04:02
Sa fè n panse ak moun yo,00:04:04
00:04:04
moun Bondye fè tè a
pou yo a.00:04:06
00:04:06
Ou pa ka pale de youn
san pa pale de lòt la.00:04:09
00:04:10
Pa egzanp, gen anpil vèsè
lè yo di tè,00:04:13
00:04:13
se de moun y ap pale.00:04:15
00:04:16
Annou pran kèk egzanp.00:04:17
00:04:17
Jenèz 11:1 di:00:04:19
00:04:20
“Lè sa a, tout tè a te
pale yon sèl lang.”00:04:23
00:04:24
Nan Jenèz 24:3, anpalan de
Jewova, Abraram te di:00:04:29
00:04:29
“Bondye […] ki gen pouvwa
sou tè a.”00:04:32
00:04:32
Sa vle di moun yo.00:04:33
00:04:33
Ezayi 49:13 di:00:04:36
00:04:36
“Ou menm syèl, se pou w rele
tèlman w kontan!00:04:39
00:04:39
Ou menm tè, se pou w kontan!”00:04:43
00:04:43
E Revelasyon 19:2 pale de
fo relijyon kòm gwo pwostitiye a00:04:46
00:04:46
ki t ap kowonp latè ak imoralite
sekyèl li t ap fè a.00:04:50
00:04:51
Sa klè, vèsè sa yo ap pale
de moun ki ka pale,00:04:55
00:04:55
ki ka adore, ki ka gen kè kontan.00:04:58
00:04:58
Moun ki ka vin sal akoz
imoralite seksyèl.00:05:02
00:05:03
Jiksa prezan, nou sot pale
de tè a, antanke planèt.00:05:07
00:05:07
Nou wè objektif Bondye
gen pou tè a.00:05:10
00:05:10
E nou sot wè mo tè a
kapab vle di,00:05:14
00:05:14
moun k ap viv sou tè a.00:05:16
00:05:16
Kounye a, ann repon
kesyon sa a:00:05:19
00:05:19
Ki sa ekspresyon detwi tè a
vle di nan Revelasyon 11:18?00:05:23
00:05:24
Planèt la, moun yo,
oubyen toule de?00:05:27
00:05:28
Premyèman, planèt la.00:05:30
00:05:30
Jewova rayi wè jan tè a
fin depafini jodi a.00:05:34
00:05:34
Nou met gen asirans
li rayi jan yo sal tè a.00:05:37
00:05:37
Konsekans move aksyon lèzòm
gen sou klima a.00:05:40
00:05:40
lè nou gaspiye richès tè a,00:05:42
00:05:42
ak anpil dega lagè fè sou tè a.00:05:45
00:05:46
Jewova renmen travay li fè.00:05:48
00:05:49
Lè l te vin fin fè tè a,
li te di:00:05:51
00:05:51
“Li te bon.”00:05:52
00:05:52
Nou kapab li istwa tè a nan
Jenèz chapit 1 ak chapit 2.00:05:56
00:05:56
Imajine jan Jewova te kontan!00:05:58
00:05:58
Bèl planèt sa a, li te
fè l kòm yon kado.00:06:02
00:06:03
Jan nou wè sa nan
Sòm 115:16:00:06:06
00:06:06
“[Jewova] bay lèzòm tè a.”00:06:09
00:06:10
Ann fè yon ti pale de moun yo.00:06:12
00:06:13
Èske sa bay Jewova degoutans
lè l wè jan moun yo kòwonpi,00:06:17
00:06:17
menm jan sa ba l degoutans
lè yo sal tè a?00:06:20
00:06:20
Wi.00:06:21
00:06:22
Nou ka wè sa nan pawòl
nou li nan Jenèz 6:11, 12.00:06:27
00:06:28
Vèsè sa yo montre
Bondye te wè00:06:31
00:06:31
moun nan epòk Noye yo
fin kòwonpi.00:06:34
00:06:34
Pandan n ap li vèsè sa yo,00:06:36
00:06:36
tanpri, gad ki sa yo di sou tè a
ak moun ki sou li yo.00:06:41
00:06:42
Nan Jenèz chapit 6, n ap kòmanse
vèsè 11 lan.00:06:45
00:06:45
Li di:00:06:46
00:06:47
“Vrè Dye a te wè moun
sou tè a te fin kòwonpi00:06:51
00:06:51
e tè a te chaje ak vyolans.00:06:53
00:06:54
Lè Bondye te gade tè a, li te
wè moun yo fin kòwonpi.00:06:57
00:06:57
Tout moun sou tè a t ap aji
yon fason ki pa bon menm.”00:07:02
00:07:03
Nou wè sa vèsè yo di?00:07:05
00:07:05
Vèsè yo pap sèlman ap
pale de planèt la,00:07:08
00:07:08
vèsè a di:00:07:10
00:07:10
‘Tout moun sou tè a fin kòwonpi
e y ap detwi tè a.’00:07:15
00:07:16
Menm jan an tou jodi a,00:07:18
00:07:18
menm jan lèzòm ap kraze tè a,00:07:20
00:07:21
monn nan ki anba pouvwa Satan,00:07:23
00:07:23
fin kòwonpi moun ki ladan l yo.00:07:26
00:07:27
Y ap kraze tè a toule de
fason sa yo.00:07:30
00:07:30
Men kèk egzanp.00:07:31
00:07:32
Tikras pa tikras, fo relijyon
ak pifò moun00:07:37
00:07:37
ankouraje moun viv yon
fason ki depaman00:07:40
00:07:40
ak fason Jewova vle
pou moun viv.00:07:42
00:07:42
Sa parèt nan pakèt gè
nasyon ap fè youn ak lòt.00:07:46
00:07:46
Sa parèt nan jan moun yo rasis, 00:07:49
00:07:49
e yo pa dispoze antann yo.00:07:50
00:07:50
Nou wè jan y ap ankouraje
moun fè avòtman. 00:07:54
00:07:54
Yo ankouraje moun ki gen
menm sèks00:07:56
00:07:56
pou yo marye youn ak lòt.00:07:57
00:07:58
Monn Satan an fè konprann
sèks yon moun pa enpòtan.00:08:02
00:08:02
Yo di:00:08:03
00:08:03
“Ou pa bezwen gason
oswa fi.00:08:05
00:08:05
Ou kapab chwazi vin
kèlkeswa sa w vle.” 00:08:08
00:08:08
Ki sa li ye?00:08:09
00:08:10
Ki sa Jewova di sou sa? 00:08:12
00:08:13
Nan Detewonòm 22:5,00:08:15
00:08:15
Jewova di nasyon Izrayèl la:00:08:18
00:08:18
“Yon fi pa dwe mete rad gason00:08:23
00:08:23
e yon gason pa dwe mete rad fi,00:08:26
00:08:26
paske moun ki fè sa,00:08:27
00:08:27
se moun ki bay Jewova,
Bondye nou an, degoutans.”00:08:31
00:08:32
Si se konsa Kreyatè a santi l lè
moun mete rad moun lòt sèks,00:08:37
00:08:37
sa ba l plis degoutans toujou00:08:40
00:08:40
lè l wè jan monn nan ap eseye
fè moun yo chanje sèks yo.00:08:44
00:08:45
Sa pa gen lontan,00:08:47
00:08:47
Òganizasyon mondyal lasante te
chanje fason yo wè sèks moun.00:08:51
00:08:51
Yo te vin fè konnen:00:08:53
00:08:54
“Gen yon pakèt lòt sèks
ki egziste,00:08:56
00:08:56
se pa sèlman gason ak fi.”00:08:58
00:08:59
Mete sou sa, yo di:00:09:01
00:09:01
“Sèks pa gen limit, ou ka
gen sèks ou vle.00:09:04
00:09:05
Yon moun pa oblije
gason oswa fi.”00:09:08
00:09:09
Franchman, nou tande!00:09:11
00:09:12
Se eseye y ap eseye
kraze travay Jewova!00:09:15
00:09:16
Menm gouvènman yo
nan monn nan ap fè00:09:18
00:09:18
ap fè yon seri règ pou legalize
bagay sa yo,00:09:21
00:09:22
e yo kont nenpòt moun
ki pa dakò00:09:25
00:09:25
ak move fason yo wè bagay yo.00:09:27
00:09:28
Men sa nou li nan Pwovèb 19:3:00:09:31
00:09:32
“Lè yon moun aji an moun sòt,
sa lakòz wout li kwochi,00:09:35
00:09:36
epi, li vin an kòlè nan kè l
sou Jewova.”00:09:39
00:09:41
Anpalan de maryaj, Jewova
pa t vle pou maryaj kraze.00:09:45
00:09:45
Li te vle se yon gason ak
yon fi ki marye.00:09:49
00:09:49
Nan Matye 19:4, 5,00:09:52
00:09:53
Jezi te met aksan sou sa
pandan l te sou tè a.00:09:57
00:09:57
Li te site Jenèz 2:24.00:10:00
00:10:00
Li di:00:10:00
00:10:01
“Èske nou pa li Sila a ki te kreye
lòm depi nan kòmansman an00:10:06
00:10:06
te fè ni gason ni fi, e li te di:00:10:09
00:10:09
‘Se pou rezon sa a, yon gason
ap kite papa l ak manman l, 00:10:13
00:10:13
li pral atache ak madanm li,00:10:15
00:10:15
e yo de a ap vin yon sèl chè’?”00:10:17
00:10:19
Li “te fè ni gason ni fi [...],00:10:22
00:10:23
e yo de a ap vin yon sèl chè”.00:10:26
00:10:26
Objektif Jewova gen pou
lèzòm byen klè.00:10:29
00:10:30
Men kounye a, monn
Satan fè konnen00:10:32
00:10:32
de gason oswa de fi
kapab marye.00:10:35
00:10:35
Franchman, ou tande!00:10:38
00:10:39
Nou mèt gen asirans, sa fè
pati plan Satan genyen00:10:42
00:10:43
pou l fè lèzòm fin kòwonpi nèt,00:10:46
00:10:46
pou l fè yo tèlman bay
Jewova degoutans00:10:49
00:10:49
pou Jewova vire do bay lèzòm,00:10:52
00:10:52
e pou l abandone objektif
li genyen pou tè a.00:10:55
00:10:55
Sa pap janm rive!00:10:57
00:10:58
Objektif Bondye genyen pou
lèzòm e pou tè a ap reyalize.00:11:03
00:11:04
Menm jan vye non fo dye00:11:07
00:11:07
moun yo bay planèt yo pap
egziste ankò,00:11:09
00:11:10
se konsa tou, pil sèks
yo envante yo00:11:13
00:11:13
ak imoralite seksyèl
pap egziste ankò.00:11:17
00:11:17
Akoz non l ki sen, e pou byen
moun ki renmen l yo,00:11:21
00:11:21
Jewova pral “detwi moun
k ap detwi tè a”.00:11:26
00:11:27
Li fasil pou n pale jan
Jewova ap wè bagay yo00:11:30
00:11:30
ak frè ak sè n yo.00:11:31
00:11:32
Men, ki sa n ap fè pou n
ede lòt moun?00:11:34
00:11:35
Ki sa n ap fè pou n fè lòt moun
respèkte fason Jewova wè tè a,00:11:39
00:11:39
fason Jewova wè moun ak
objektif li genyen00:11:42
00:11:42
pou tè a ak moun yo?00:11:44
00:11:45
Nou gen yon konsyans ki klè
paske nou pa t janm ezite00:11:49
00:11:49
pale laverite ak moun yo
sou bagay sa yo.00:11:52
00:11:52
Pa egzanp, men kèk atik
sou sit jw.org la00:11:58
00:11:58
moun ki sensè yo kapab li:00:12:00
00:12:01
“Ki sa Bib la di sou jete pitit?” 00:12:04
00:12:05
“Ki sa Bib la di sou maryaj
ant moun menm sèks?”00:12:09
00:12:10
“Èske Bib la ankouraje n rayi
moun ki omoseksyèl?” 00:12:15
00:12:16
Nou kontan gen bonjan
zouti sa yo00:12:19
00:12:19
pou n ede lòt moun.00:12:20
00:12:21
Sa k pi enpòtan pou Jewova,00:12:23
00:12:23
tè a, oubyen moun
ki sou li yo?00:12:26
00:12:27
Toule de gen valè pou Jewova,00:12:29
00:12:29
se sa k fè tè a ak moun
ki sou li ap toujou egziste.00:12:32
00:12:33
Men, moun sou tè a gen pi plis
enpòtans pou Jewova.00:12:38
00:12:38
Jewova te bay Pitit Gason l lan
kòm ranson pou moun yo,00:12:41
00:12:41
se pa pou tè a.00:12:43
00:12:44
Jan 3:16 di:00:12:45
00:12:45
“Paske, Bondye tèlman
renmen monn nan,00:12:47
00:12:47
li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li,
dekwa pou nenpòt moun00:12:51
00:12:51
ki demontre l gen lafwa nan li
pa detwi,00:12:55
00:12:55
men pou l gen lavi ki pap
janm fini an.”00:12:59
00:13:01
Pwovèb 8 pale de Jezi00:13:03
00:13:03
kòm “moun ki konn travay
byen” pou Bondye a.00:13:06
00:13:06
Vèsè 31 an di:00:13:07
00:13:07
“Lè m te gade tè l la li te
fè pou moun rete a,00:13:10
00:13:10
sa te fè m kontan, epi,
se pitit lèzòm yo00:13:14
00:13:14
mwen te pi renmen.” 00:13:16
00:13:16
Piske n konn sa, ki sa n
dwe kontinye fè?00:13:20
00:13:20
Avèk jantiyès e avèk respè,00:13:23
00:13:23
nou bezwen ede lòt moun
aprann konnen Jewova00:13:26
00:13:26
pandan gen tan toujou.00:13:27
00:13:28
Nou pa dwe janm “wont
anonse bon nouvèl la”.00:13:31
00:13:31
Nou pap anonse bon nouvèl
sou Paradi sèlman.00:13:34
00:13:34
N ap anonse bon nouvèl
ki fè konnen00:13:37
00:13:37
Jewova pral fè tè a vin bèl ankò.00:13:40
00:13:40
Paran ki gen timoun piti yo
kapab pran kouraj00:13:44
00:13:44
toutpandan y ap fè efò
pou yo pwoteje pitit yo00:13:48
00:13:48
kont efò Satan ap fè pou l kòwonp00:13:51
00:13:51
lespri ak kè timoun yo ak panse
ki imoral ak fo rezonman.00:13:56
00:13:56
Erèzman lafin an pa lwen rive.00:13:59
00:14:00
Tanpri, annou li pawòl ki
nan Revelasyon 14:6, 7.00:14:06
00:14:06
Pandan n ap li vèsè sa yo,
gad ki sa zanj lan te di00:14:11
00:14:11
nan bon nouvèl li t ap anonse a.00:14:14
00:14:14
Revelasyon 14:6, 7.00:14:18
00:14:18
N ap kòmanse nan dezyèm
fraz vèsè 6 la:00:14:22
00:14:23
“Li gen yon bon nouvèl k ap
dire pou toutan00:14:26
00:14:26
pou l anonse moun ki abite
sou tè a, moun tout nasyon,00:14:29
00:14:29
tout tribi, tout lang ak tout pèp.00:14:32
00:14:32
Li t ap di byen fò:00:14:34
00:14:34
‘Krenn Bondye epi ba li glwa,
paske lè pou l fè jijman an rive.00:14:40
00:14:40
Kidonk, adore Sila a
ki fè syèl la,00:14:43
00:14:44
tè a, lanmè a ak sous dlo yo.’”00:14:48
00:14:50
Ki sa nou wè zanj lan di00:14:53
00:14:53
nan bon nouvèl li genyen
pou l anonse a?00:14:57
00:14:58
Li di:00:14:59
00:14:59
“Krenn Bondye epi ba li glwa,
paske lè pou l fè jijman an rive.” 00:15:05
00:15:05
Pou moun ki renmen
sa ki dwat yo,00:15:07
00:15:08
nouvèl sa a se yon bon nouvèl.00:15:11
00:15:12
Nou vrèman kontan fè
lòt moun konnen00:15:15
00:15:15
bon nouvèl zanj lan
t ap preche a.00:15:17
00:15:18
Pawòl Bondye a ban nou
asirans nan Travay 17:31 00:15:24
00:15:24
Jewova “fikse yon jou
kote li pral sèvi00:15:27
00:15:27
ak yon moun li chwazi
[anpalan de Pitit Gason l lan]00:15:30
00:15:30
pou l jije tout tè a avèk jistis”.00:15:34
00:15:34
Sa pral pote soulajman ak lapè00:15:38
00:15:38
pou moun ki vle fè Jewova
plezi yo!00:15:40
00:15:42
Nan diskou sa a,00:15:43
00:15:43
nou te wè lè Bib la ap
pale de tè a,00:15:46
00:15:46
l ap pale de planèt la ak
moun k ap viv sou li yo.00:15:51
00:15:52
E nou te wè y ap detwi
tè a plizyè fason.00:15:55
00:15:56
Yo kraze anviwonman an,00:15:57
00:15:58
yo gaspiye richès tè a,00:16:00
00:16:01
e lè y ap pale de detwi tè a,
sa ale pi lwen pase sa.00:16:05
00:16:05
Satan ak monn li an ap
eseye kòwonp00:16:09
00:16:09
moun Jewova kreye yo
tout fason yo kapab.00:16:14
00:16:14
Men, y ap echwe!00:16:15
00:16:16
Piske Jewova te bay
Pitit Gason l lan00:16:19
00:16:19
pou l sove moun ki fidèl yo,
e pou l reyalize objektif li.00:16:23
00:16:23
Kesyon n ap poze tèt nou se:00:16:25
00:16:25
Ki lè sa ap fèt?00:16:26
00:16:27
Ki lè Jewova pral detwi moun
k ap detwi tè a?00:16:32
00:16:32
Repons lan se talè,
talè konsa.00:16:36
00:16:36
Jewova pap kite yo kontinye
detwi tè a ankò.00:16:41
00:16:41
Nou pa dwe gen dout sou sa.00:16:43
00:16:43
Jewova deja pran desizyon l.00:16:46
00:16:46
Li pran pasyans avèk nou,00:16:47
00:16:48
[…] li pa ta renmen
pèsonn moun detwi.”00:16:50
00:16:50
Men l deja pran desizyon l.00:16:52
00:16:52
“Jou Jewova a ap vini”.00:16:55
00:16:56
2 Pyè 3:13 ban nou asirans,
“selon pwomès Bondye fè,00:17:01
00:17:01
n ap tann yon syèl tounèf
ak yon tè tounèf”.00:17:05
00:17:05
“Tè tounèf” Bondye pwomèt la00:17:08
00:17:08
se moun ki pral adore sèl vrè
Dye a e k ap sèvi l pou toutan.00:17:14
00:17:14
Moun ki kontinye detwi tè a
pap pami moun sa yo.00:17:18
00:17:19
Nan Matye 19:28, Jezi pale
de chanjman sa a00:17:25
00:17:26
kòm yon epòk kote “tout bagay
vin tounèf ankò.”00:17:29
00:17:29
Nòt nan Bib etid fransè a
pou vèsè sa a di00:17:33
00:17:33
ekspresyon sa a vle di:00:17:34
00:17:34
“Régénération”, oswa
“renouvellement”.00:17:36
00:17:37
E li di:00:17:38
00:17:38
“Tout bagay vin tounèf ankò00:17:40
00:17:40
lè rèy Kris la ak moun k ap
dirije avèk li yo00:17:43
00:17:43
fè tè a vin jan li te ye
okòmansman an00:17:46
00:17:46
lè premye moun Bondye te
kreye yo t ap viv sou tè a00:17:49
00:17:49
anvan yo te peche kont Bondye.”00:17:51
00:17:52
Sa bèl lè nou reflechi
ak bagay sa yo.00:17:56
00:17:56
Tout dega rebelyon Adan ak Èv
te lakoz yo ap disparèt.00:18:00
00:18:00
Objektif Jewova gen pou
tè a ap reyalize.00:18:04
00:18:05
Ebyen, ki tè y ap detwi jodi a?00:18:09
00:18:09
Jan nou te wè sa,00:18:11
00:18:11
se planèt tè a ak moun monn
Satan an ap kòwonp yo.00:18:17
00:18:17
Men, ki tè k ap la pou toutan an?00:18:21
00:18:21
Toudabò, se planèt tè a.00:18:24
00:18:24
Jan nou te li sa nan Bib la,00:18:26
00:18:26
vèsè yo byen klè.00:18:27
00:18:27
Tè a ap la pou toutan.00:18:28
00:18:28
Apre sa, sa k pi enpòtan an00:18:30
00:18:30
se moun yo, “tè tounèf” la,00:18:33
00:18:33
moun Jezi te mouri pou li yo,00:18:35
00:18:35
ki te aksepte bon
nouvèl Wayòm nan.00:18:38
00:18:38
Epòk kote tout bagay pral vin
tounèf ankò a prèske rive.00:18:42
00:18:42
Jezi pap pase menm yon jou
nan rèy mil an00:18:45
00:18:45
san l pap travay pou
tout bagay vin tounèf.00:18:48
00:18:48
Pa menm yon jou!00:18:49
00:18:49
Detèminasyon l se onore Jewova,00:18:52
00:18:52
epi reyalize objektif Jewova
genyen pou tè a.00:18:55
00:18:57
Lavni pa konplike.00:18:59
00:18:59
Li pa difisil pou nou konprann
objektif Jewova genyen.00:19:02
00:19:03
Lè tout bagay vin tounèf ankò,
se pa ti bèl tè a ap vin bèl!00:19:08
00:19:08
Tè a pral chaje ak moun
ki renmen Jewova,00:19:11
00:19:12
moun ki san peche k ap
sèvi Jewova ansanm.00:19:15
00:19:15
Se tè sa a k ap rete la
pou toutan an.00:19:20
Kenneth Cook, Jr.: Tè k ap la pou toutan an
-
Kenneth Cook, Jr.: Tè k ap la pou toutan an
Nan revelasyon Jezi
te bay apot Jan an,
Jezi te anonse plizyè
syèk alavans
lè Jewova pral elimite moun
ki opoze ak Wayòm li an.
Nan Revelasyon 11:18
li rele moun sa yo,
"moun k ap detwi tè a".
Men sa vèsè a di.
Revelasyon 11:18, li di:
“Men, nasyon yo te vin an kòlè,
e ou vin an kòlè tou.
Tan ki fikse a rive
pou w jije mò yo,
pou w rekonpanse
esklav ou yo,
anpalan de pwofèt yo,
pou w rekonpanse moun ki sen yo
ansanm ak lòt moun ki gen
lakrentif pou non w yo,
piti kou gran, e pou w detwi
moun k ap detwi tè a.”
La a, vèsè a ban nou asirans
Jewova pral fè moun yo
sispann detwi tè a.
Men, èske vèsè a ap pale sèlman
de moun k ap sal tè a,
oubyen k ap gaspiye richès tè a?
Oubyen, èske l ap pale de
lòt bagay ankò?
Pou n reponn kesyon sa yo,
nou pral wè kat pwenn
nan diskou sa a.
Lè Pawòl Bondye a ap
pale de tè, ki sa l ye?
Ki sa ekspresyon “detwi tè a”
vle di nan Revelasyon 11:18?
Ki lè Jewova pral fè yo
sispann “detwi tè a”?
Ki “tè” ki pral la pou toutan an?
Pou kòmanse, ki sa
ekspresyon “tè a” vle di?
Pou n reponn kesyon sa a,
nou pral pale de planèt la
ak moun ki sou li yo.
Poukisa nou pral pale de moun yo?
Paske, menm jan ak lòt ekspresyon
ki nan Pawòl Bondye a,
ekspresyon “tè a” vle di plizyè bagay.
Ann pran egzanp syèl la.
“Syèl” la kapab vle di,
sa ki wo, e l ka vle di
plizyè lòt bagay ankò.
Pa egzanp, Jenèz 27:28 ap pale de
benediksyon Jakòb te bay Izarak.
Li te di Izarak:
“Mwen swete pou vrè Dye a fè
lawouze sot nan syèl la pou ou.”
“Lawouze sot nan syèl la.”
La a, ekspresyon “syèl la” vle di
syèl n ap gade a, pa vre?
Kounye a, ann gade
Dànyèl 4:26.
Nan vèse sa a, nou wè
Dànyèl entèprete
rèv Nebikadneza te fè sou
gwo pyebwa a.
E li te di wa a:
“W ap rejwenn wayòm ou an ankò
lè w fin rekonèt se Bondye
k ap dirije.”
Ann ebre, yo itilize ekspresyon
“syèl la ap dirije”,
sa ki reprezante dwa Jewova
genyen pou l dirije a.
Menm jan an tou, nan Bib la,
mo “tè a” kapab gen
plizyè siyifikasyon.
Toudabò, ann wè sa l
vle di sou planèt.
Kontrèman ak lòt planèt yo
yo bay pote non fo dye,
Jenèz chapit 1 di nou Jewova
rele planèt nou an “tè”.
Nou konnen talè konsa,
pil vye non yo bay lòt planèt yo
pap egziste ankò,
y ap chanje yo.
Kanta pou tè a, Jewova
fè nou konnen byen klè
sa k pral pase l.
Tè a ap la pou toutan.
Eklezyas 1:4 di:
“Yon jenerasyon ale,
yon jenerasyon vini,
men, tè a [sa vle di,
planèt nou an]
ap ret la pou toutan.”
Sòm 104:5 di:
“Tè a pap janm deplase
kite kote l ye a pou
tout tan gen tan.”
Sa vle di, tè a pap janm detwi.
Objektif Bondye pou tè a
ap reyalize.
Ki objektif Bondye pou tè a?
Objektif Bondye se pou tè a
vin chaje ak moun ki fidèl
ki san peche k ap viv ak
kè kontan pou toutan.
Sa fè n panse ak moun yo,
moun Bondye fè tè a
pou yo a.
Ou pa ka pale de youn
san pa pale de lòt la.
Pa egzanp, gen anpil vèsè
lè yo di tè,
se de moun y ap pale.
Annou pran kèk egzanp.
Jenèz 11:1 di:
“Lè sa a, tout tè a te
pale yon sèl lang.”
Nan Jenèz 24:3, anpalan de
Jewova, Abraram te di:
“Bondye […] ki gen pouvwa
sou tè a.”
Sa vle di moun yo.
Ezayi 49:13 di:
“Ou menm syèl, se pou w rele
tèlman w kontan!
Ou menm tè, se pou w kontan!”
E Revelasyon 19:2 pale de
fo relijyon kòm gwo pwostitiye a
ki t ap kowonp latè ak imoralite
sekyèl li t ap fè a.
Sa klè, vèsè sa yo ap pale
de moun ki ka pale,
ki ka adore, ki ka gen kè kontan.
Moun ki ka vin sal akoz
imoralite seksyèl.
Jiksa prezan, nou sot pale
de tè a, antanke planèt.
Nou wè objektif Bondye
gen pou tè a.
E nou sot wè mo tè a
kapab vle di,
moun k ap viv sou tè a.
Kounye a, ann repon
kesyon sa a:
Ki sa ekspresyon detwi tè a
vle di nan Revelasyon 11:18?
Planèt la, moun yo,
oubyen toule de?
Premyèman, planèt la.
Jewova rayi wè jan tè a
fin depafini jodi a.
Nou met gen asirans
li rayi jan yo sal tè a.
Konsekans move aksyon lèzòm
gen sou klima a.
lè nou gaspiye richès tè a,
ak anpil dega lagè fè sou tè a.
Jewova renmen travay li fè.
Lè l te vin fin fè tè a,
li te di:
“Li te bon.”
Nou kapab li istwa tè a nan
Jenèz chapit 1 ak chapit 2.
Imajine jan Jewova te kontan!
Bèl planèt sa a, li te
fè l kòm yon kado.
Jan nou wè sa nan
Sòm 115:16:
“[Jewova] bay lèzòm tè a.”
Ann fè yon ti pale de moun yo.
Èske sa bay Jewova degoutans
lè l wè jan moun yo kòwonpi,
menm jan sa ba l degoutans
lè yo sal tè a?
Wi.
Nou ka wè sa nan pawòl
nou li nan Jenèz 6:11, 12.
Vèsè sa yo montre
Bondye te wè
moun nan epòk Noye yo
fin kòwonpi.
Pandan n ap li vèsè sa yo,
tanpri, gad ki sa yo di sou tè a
ak moun ki sou li yo.
Nan Jenèz chapit 6, n ap kòmanse
vèsè 11 lan.
Li di:
“Vrè Dye a te wè moun
sou tè a te fin kòwonpi
e tè a te chaje ak vyolans.
Lè Bondye te gade tè a, li te
wè moun yo fin kòwonpi.
Tout moun sou tè a t ap aji
yon fason ki pa bon menm.”
Nou wè sa vèsè yo di?
Vèsè yo pap sèlman ap
pale de planèt la,
vèsè a di:
‘Tout moun sou tè a fin kòwonpi
e y ap detwi tè a.’
Menm jan an tou jodi a,
menm jan lèzòm ap kraze tè a,
monn nan ki anba pouvwa Satan,
fin kòwonpi moun ki ladan l yo.
Y ap kraze tè a toule de
fason sa yo.
Men kèk egzanp.
Tikras pa tikras, fo relijyon
ak pifò moun
ankouraje moun viv yon
fason ki depaman
ak fason Jewova vle
pou moun viv.
Sa parèt nan pakèt gè
nasyon ap fè youn ak lòt.
Sa parèt nan jan moun yo rasis,
e yo pa dispoze antann yo.
Nou wè jan y ap ankouraje
moun fè avòtman.
Yo ankouraje moun ki gen
menm sèks
pou yo marye youn ak lòt.
Monn Satan an fè konprann
sèks yon moun pa enpòtan.
Yo di:
“Ou pa bezwen gason
oswa fi.
Ou kapab chwazi vin
kèlkeswa sa w vle.”
Ki sa li ye?
Ki sa Jewova di sou sa?
Nan Detewonòm 22:5,
Jewova di nasyon Izrayèl la:
“Yon fi pa dwe mete rad gason
e yon gason pa dwe mete rad fi,
paske moun ki fè sa,
se moun ki bay Jewova,
Bondye nou an, degoutans.”
Si se konsa Kreyatè a santi l lè
moun mete rad moun lòt sèks,
sa ba l plis degoutans toujou
lè l wè jan monn nan ap eseye
fè moun yo chanje sèks yo.
Sa pa gen lontan,
Òganizasyon mondyal lasante te
chanje fason yo wè sèks moun.
Yo te vin fè konnen:
“Gen yon pakèt lòt sèks
ki egziste,
se pa sèlman gason ak fi.”
Mete sou sa, yo di:
“Sèks pa gen limit, ou ka
gen sèks ou vle.
Yon moun pa oblije
gason oswa fi.”
Franchman, nou tande!
Se eseye y ap eseye
kraze travay Jewova!
Menm gouvènman yo
nan monn nan ap fè
ap fè yon seri règ pou legalize
bagay sa yo,
e yo kont nenpòt moun
ki pa dakò
ak move fason yo wè bagay yo.
Men sa nou li nan Pwovèb 19:3:
“Lè yon moun aji an moun sòt,
sa lakòz wout li kwochi,
epi, li vin an kòlè nan kè l
sou Jewova.”
Anpalan de maryaj, Jewova
pa t vle pou maryaj kraze.
Li te vle se yon gason ak
yon fi ki marye.
Nan Matye 19:4, 5,
Jezi te met aksan sou sa
pandan l te sou tè a.
Li te site Jenèz 2:24.
Li di:
“Èske nou pa li Sila a ki te kreye
lòm depi nan kòmansman an
te fè ni gason ni fi, e li te di:
‘Se pou rezon sa a, yon gason
ap kite papa l ak manman l,
li pral atache ak madanm li,
e yo de a ap vin yon sèl chè’?”
Li “te fè ni gason ni fi [...],
e yo de a ap vin yon sèl chè”.
Objektif Jewova gen pou
lèzòm byen klè.
Men kounye a, monn
Satan fè konnen
de gason oswa de fi
kapab marye.
Franchman, ou tande!
Nou mèt gen asirans, sa fè
pati plan Satan genyen
pou l fè lèzòm fin kòwonpi nèt,
pou l fè yo tèlman bay
Jewova degoutans
pou Jewova vire do bay lèzòm,
e pou l abandone objektif
li genyen pou tè a.
Sa pap janm rive!
Objektif Bondye genyen pou
lèzòm e pou tè a ap reyalize.
Menm jan vye non fo dye
moun yo bay planèt yo pap
egziste ankò,
se konsa tou, pil sèks
yo envante yo
ak imoralite seksyèl
pap egziste ankò.
Akoz non l ki sen, e pou byen
moun ki renmen l yo,
Jewova pral “detwi moun
k ap detwi tè a”.
Li fasil pou n pale jan
Jewova ap wè bagay yo
ak frè ak sè n yo.
Men, ki sa n ap fè pou n
ede lòt moun?
Ki sa n ap fè pou n fè lòt moun
respèkte fason Jewova wè tè a,
fason Jewova wè moun ak
objektif li genyen
pou tè a ak moun yo?
Nou gen yon konsyans ki klè
paske nou pa t janm ezite
pale laverite ak moun yo
sou bagay sa yo.
Pa egzanp, men kèk atik
sou sit jw.org la
moun ki sensè yo kapab li:
“Ki sa Bib la di sou jete pitit?”
“Ki sa Bib la di sou maryaj
ant moun menm sèks?”
“Èske Bib la ankouraje n rayi
moun ki omoseksyèl?”
Nou kontan gen bonjan
zouti sa yo
pou n ede lòt moun.
Sa k pi enpòtan pou Jewova,
tè a, oubyen moun
ki sou li yo?
Toule de gen valè pou Jewova,
se sa k fè tè a ak moun
ki sou li ap toujou egziste.
Men, moun sou tè a gen pi plis
enpòtans pou Jewova.
Jewova te bay Pitit Gason l lan
kòm ranson pou moun yo,
se pa pou tè a.
Jan 3:16 di:
“Paske, Bondye tèlman
renmen monn nan,
li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li,
dekwa pou nenpòt moun
ki demontre l gen lafwa nan li
pa detwi,
men pou l gen lavi ki pap
janm fini an.”
Pwovèb 8 pale de Jezi
kòm “moun ki konn travay
byen” pou Bondye a.
Vèsè 31 an di:
“Lè m te gade tè l la li te
fè pou moun rete a,
sa te fè m kontan, epi,
se pitit lèzòm yo
mwen te pi renmen.”
Piske n konn sa, ki sa n
dwe kontinye fè?
Avèk jantiyès e avèk respè,
nou bezwen ede lòt moun
aprann konnen Jewova
pandan gen tan toujou.
Nou pa dwe janm “wont
anonse bon nouvèl la”.
Nou pap anonse bon nouvèl
sou Paradi sèlman.
N ap anonse bon nouvèl
ki fè konnen
Jewova pral fè tè a vin bèl ankò.
Paran ki gen timoun piti yo
kapab pran kouraj
toutpandan y ap fè efò
pou yo pwoteje pitit yo
kont efò Satan ap fè pou l kòwonp
lespri ak kè timoun yo ak panse
ki imoral ak fo rezonman.
Erèzman lafin an pa lwen rive.
Tanpri, annou li pawòl ki
nan Revelasyon 14:6, 7.
Pandan n ap li vèsè sa yo,
gad ki sa zanj lan te di
nan bon nouvèl li t ap anonse a.
Revelasyon 14:6, 7.
N ap kòmanse nan dezyèm
fraz vèsè 6 la:
“Li gen yon bon nouvèl k ap
dire pou toutan
pou l anonse moun ki abite
sou tè a, moun tout nasyon,
tout tribi, tout lang ak tout pèp.
Li t ap di byen fò:
‘Krenn Bondye epi ba li glwa,
paske lè pou l fè jijman an rive.
Kidonk, adore Sila a
ki fè syèl la,
tè a, lanmè a ak sous dlo yo.’”
Ki sa nou wè zanj lan di
nan bon nouvèl li genyen
pou l anonse a?
Li di:
“Krenn Bondye epi ba li glwa,
paske lè pou l fè jijman an rive.”
Pou moun ki renmen
sa ki dwat yo,
nouvèl sa a se yon bon nouvèl.
Nou vrèman kontan fè
lòt moun konnen
bon nouvèl zanj lan
t ap preche a.
Pawòl Bondye a ban nou
asirans nan Travay 17:31
Jewova “fikse yon jou
kote li pral sèvi
ak yon moun li chwazi
[anpalan de Pitit Gason l lan]
pou l jije tout tè a avèk jistis”.
Sa pral pote soulajman ak lapè
pou moun ki vle fè Jewova
plezi yo!
Nan diskou sa a,
nou te wè lè Bib la ap
pale de tè a,
l ap pale de planèt la ak
moun k ap viv sou li yo.
E nou te wè y ap detwi
tè a plizyè fason.
Yo kraze anviwonman an,
yo gaspiye richès tè a,
e lè y ap pale de detwi tè a,
sa ale pi lwen pase sa.
Satan ak monn li an ap
eseye kòwonp
moun Jewova kreye yo
tout fason yo kapab.
Men, y ap echwe!
Piske Jewova te bay
Pitit Gason l lan
pou l sove moun ki fidèl yo,
e pou l reyalize objektif li.
Kesyon n ap poze tèt nou se:
Ki lè sa ap fèt?
Ki lè Jewova pral detwi moun
k ap detwi tè a?
Repons lan se talè,
talè konsa.
Jewova pap kite yo kontinye
detwi tè a ankò.
Nou pa dwe gen dout sou sa.
Jewova deja pran desizyon l.
Li pran pasyans avèk nou,
[…] li pa ta renmen
pèsonn moun detwi.”
Men l deja pran desizyon l.
“Jou Jewova a ap vini”.
2 Pyè 3:13 ban nou asirans,
“selon pwomès Bondye fè,
n ap tann yon syèl tounèf
ak yon tè tounèf”.
“Tè tounèf” Bondye pwomèt la
se moun ki pral adore sèl vrè
Dye a e k ap sèvi l pou toutan.
Moun ki kontinye detwi tè a
pap pami moun sa yo.
Nan Matye 19:28, Jezi pale
de chanjman sa a
kòm yon epòk kote “tout bagay
vin tounèf ankò.”
Nòt nan Bib etid fransè a
pou vèsè sa a di
ekspresyon sa a vle di:
“Régénération”, oswa
“renouvellement”.
E li di:
“Tout bagay vin tounèf ankò
lè rèy Kris la ak moun k ap
dirije avèk li yo
fè tè a vin jan li te ye
okòmansman an
lè premye moun Bondye te
kreye yo t ap viv sou tè a
anvan yo te peche kont Bondye.”
Sa bèl lè nou reflechi
ak bagay sa yo.
Tout dega rebelyon Adan ak Èv
te lakoz yo ap disparèt.
Objektif Jewova gen pou
tè a ap reyalize.
Ebyen, ki tè y ap detwi jodi a?
Jan nou te wè sa,
se planèt tè a ak moun monn
Satan an ap kòwonp yo.
Men, ki tè k ap la pou toutan an?
Toudabò, se planèt tè a.
Jan nou te li sa nan Bib la,
vèsè yo byen klè.
Tè a ap la pou toutan.
Apre sa, sa k pi enpòtan an
se moun yo, “tè tounèf” la,
moun Jezi te mouri pou li yo,
ki te aksepte bon
nouvèl Wayòm nan.
Epòk kote tout bagay pral vin
tounèf ankò a prèske rive.
Jezi pap pase menm yon jou
nan rèy mil an
san l pap travay pou
tout bagay vin tounèf.
Pa menm yon jou!
Detèminasyon l se onore Jewova,
epi reyalize objektif Jewova
genyen pou tè a.
Lavni pa konplike.
Li pa difisil pou nou konprann
objektif Jewova genyen.
Lè tout bagay vin tounèf ankò,
se pa ti bèl tè a ap vin bèl!
Tè a pral chaje ak moun
ki renmen Jewova,
moun ki san peche k ap
sèvi Jewova ansanm.
Se tè sa a k ap rete la
pou toutan an.
-