JW subtitle extractor

Maria Kaloyanoff: ‘Obeyi Bondye antanke chèf’

Video Other languages Share text Share link Show times

Manman m fèt nan peyi
Bilgari nan ane 1922,
e nan kòmansman ane 1950,
fanmi m te kite peyi Almay
pou n al viv Ozetazini.
Nou t al viv nan vil Nouyòk,
e se la manman m
te aprann laverite.
Se te premye fwa
mwen te ouvri yon Bib.
M te ouvri l nan Revelasyon 21,
sa k te plis touche m
se kote l di pap gen maladi,
doulè e lanmò pap la ankò.
Nenpòt moun ki vin nan laverite
vle pataje sa ak fanmi l.
M te gen gwo anvi pou m
aprann yo laverite,
pou m montre yo
fason y ap ka libere anba
enjistis,
maladi ak lanmò.
Li te wè jan sa vrèman
nesesè pou piblikasyon nou yo
parèt nan lang Bilga a.
Donk, li te mande frè yo
nan Bwouklin,
e l te menm ofri tèt li pou l tradui
kèk piblikasyon nan lang Bilga.
Frè yo te apwouve sa,
donk li te kòmanse tradui kèk feyè.
Bilgari te dèyè rido fè a, se te
yon peyi kominis nan moman an.
Donk, yo te entèdi tout piblikasyon
ki pale sou Bondye
e menm Bib la, donk ou
pa t jis ka pase yo lapòs.
Tank piblikasyon
yo t ap vin disponib
li te vin nesesè
pou moun yo jwenn li.
Fanmi m se te youn pami plizyè fanmi
ki te pote tèt yo volontè pou fè sa.
Nou te vwayaje al
Bilgari nan tren.
Nou te konn gen anpil malèt,
piske chak fwa n al Bilgari
nou te konn rete
pou 2 mwa edmi,
paske se te konn nan
moman vakans ete.
Nou te konn mete piblikasyon
plizyè kote nan malèt la.
Vwayaje ak piblikasyon nan yon peyi
kote yo entèdi sa te chaje
ak pwoblèm ak danje.
Yo te konnen nou gen
piblikasyon men se te feyè yo.
Gen yon lè, manman m te
rann li kont yo t apral fouye nou,
donk, byen rapid, nou te pran
piblikasyon nou te kache nan malèt yo
e n te mete tout nan yon ti malèt.
E sa nou pa t ka sere nan
ti malèt yo, tankou feyè yo,
nou te mete yo sou ponyèt nou
e nou te kouvri yo ak yon vès.
Tout sa m te vle se te
sere piblikasyon yo
yon fason pou yo pa jwenn yo,
paske si yo te jwenn yo,
nou t ap tonbe nan gwo pwoblèm.
Pandan sekirite yo
t ap fouye malèt yo,
yo te gaye tout bagay
e yo pa t ranje yo,
donk, byen rapid
manman m te mande yo:
Èske m ka al ranje malèt
nou deja fin verifye yo?
E yo te di: Oke.
M te pran feyè ki te
sou ponyèt mwen yo
e m te mete yo nan malèt yo
deja verifye yo.
Youn nan sekirite yo te wè
ti malèt mwen an, li te di:
Sa twò piti, li pa ka pran anyen
e li te remèt nou li.
Mesye ki t ap fouye malèt nou yo
te santi l kontrarye
paske l te konnen gen
yon bagay, men li te jis pa t ka jwenn li.
Plizyè ane annapre, pandan
manman m t ap vwayaje poukont li,
ofisye sou fwontyè Bilgari
yo te jwenn piblikasyon yo.
Yo te arete manman m,
yo te mete l nan prizon.
Yo te fè 2 semèn oswa plis ap
poze l kesyon chak jou.
Avèk letan, gouvènman peyi
Bilgari a te chanje lide
e yo te deside piske manman m
se yon sitwayen k ap viv andeyò peyi a
yo t ap jis mete l deyò
nan peyi Bilgari.
Jis jounen jodi a, manman m
kontinye ak abitid espirityèl li yo.
Li toujou asiste reyinyon yo,
prepare reyinyon yo, li Bib la,
e li toujou zele nan
pataje laverite ak lòt moun.
M ka di, laverite ede m nan
chak minit nan lavi m,
e m ta renmen sèvi ak ti rès fòs
ki rete m nan
pou m fè lòt moun konn
volonte Jewova.