JW subtitle extractor

Geoffrey W. Jackson: Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?

Video Other languages Share text Share link Show times

Donk, ki leson nou aprann
jiska prezan?
M sèten nou wè leson an.
Nou te wè Papa nou ki nan syèl la
ki renmen nou, Jewova
ansanm ak Pitit li a Jezi Kris,
se jij ki gen mizèrikòd sou tout tè a.
Wi, nou mèt gen konfyans
tout jijman y ap fè yo ap jis.
Nou konnen Jewova ak Jezi
ka li nan kè moun.
E nou konnen depi byen lontan
y ap viv selon lwa jis Jewova
li menm fikse.
Bon e jijman ki pral fèt
pandan gwo tribilasyon an?
Èske gen yon ajisteman nou dwe fè
nan sa n te konprann anvan?
Men anvan nou kòmanse pale sou sa,
ann mete n klè sou kèk pwen.
Nan ane ki te pase yo,
nou te fè kèk chanjman
nan fason nou te konprann
evènman ki gen pou rive
pandan gwo tribilasyon an.
E si nou gen lontan
depi nou nan laverite,
pafwa li ka difisil pou n sonje
èske se sa nou te kwè lontan,
oswa se sa nou kwè kounye a?
Donk pou ede nou wè
nou te deja konprann
kèk evènman ki gen pou rive
pandan gwo tribilasyon an,
annou gade videyo ki vin apre a.
Ki evènman ki pral
kòmanse gwo tribilasyon an?
Se destriksyon Gran Babilòn nan.
Se lè pisans politik yo pral vire
kont tout fo relijyon nan monn nan
pou montre yo rayi
pwostitye senbolik la.
Se sa k ap mennen nan destriksyon
tout òganizasyon fo relijyon yo.
Ki sa k ap dènye evènman
nan gwo tribilasyon an?
Se batay Amagedon an.
Se sa k ap dènye pati
nan gwo tribilasyon an.
Jezi ansanm ak 144 000
moun yo ki resisite,
ak plizyè milyon zanj
pral batay ak tout moun
ki opoze ak Jewova,
ak Wayòm li an
e ak pèp li a ki sou tè a.
Se sa nou rele lagè ki gen pou fèt
nan Gran jou Bondye a
li menm ki Toupisan an.
E kounye a
piske nou konnen ki jan gwo
tribilasyon an ap kòmanse
e ki jan l ap fini,
ann poze kèk lòt kesyon.
Ki kantite tan k ap pase ant lè l
kòmanse a ak lè l ap fini an?
Repons lan: nou pa konnen.
Men nou konnen gen anpil
evènman ki dwe fèt
pandan peryòd sa a.
Men, li rezonab pou n ta di evènman
sa yo ap fèt nan yon peryòd ki tou kout.
Men pou ti pale nou an,
ann konsantre sou
kèk evènman ki pral fèt
nan finisman gwo tribilasyon an.
Ki lè atak Gòg ki soti nan peyi
Magòg la ap fèt?
Li pap fèt nan kòmansman
gwo tribilasyon an.
Men l ap fèt nan finisman
gwo tribilasyon an.
Atak sa nasyon ki pral met ansanm yo
pral fè kont pèp Bondye a,
ap mennen tou dwat
nan lagè Amagedon.
Donk atak Gòg la ap fèt
jis yon ti tan anvan Amagedon.
Ki lè rès kretyen Bondye chwazi
pou al nan syèl yo pral rasanble
epi monte nan syèl?
Liv Ezekyèl la fè konnen
lè Gòg ki soti nan peyi Magòg
kòmanse atak li a,
ap gen kèk kretyen Bondye chwazi
pou al nan syèl k ap sou tè a toujou.
Sepandan, Revelasyon 17:14 di nou
lè Jezi pral atake nasyon yo,
l ap vini ak tout ‘moun yo rele
e yo chwazi yo’,
sa vle di tout 144 000 kretyen Bondye
chwazi pou al nan syèl yo ki resisite.
Donk, rasanbleman moun
li chwazi yo
ta dwe fèt apre atak Gòg ki sòti
nan peyi Magòg la kòmanse
e anvan lagè Amagedon an.
Sa vle di kretyen Bondye chwazi
pou al nan syèl yo
pral rasanble epi monte nan syèl
nan finisman gwo tribilasyon an.
Se pa nan kòmansman an.
Ki lè dènye jijman mouton
ak kabrit yo ap fèt?
Yon lòt fwa ankò,
se vre nou pap kategorik pou n di
men nan ki lòd evènman yo pral pase,
men ta sanble jijman final la
ap fèt nan fen gwo tribilasyon an.
Se pap nan kòmansman an.
Se lè sa a Pitit lòm nan
ap vini nan glwa li,
e tout zanj yo ansanm avè l.
Byennantandi, gen anpil lòt
evènman yo te predi
ki dwe rive nan moman sa a.
Men, pou kounye a,
n ap jis konsantre nou
sou evènman nou sot wè yo.
Sou tout sa ki dwe rive
yon ti tan anvan Amagedon.
Ki sa nou aprann ladan yo?
Premyèman, jijman Jezi pral fè
sou mouton yo ansanm ak kabrit yo
ansanm ak detwi li pral detwi
moun mechan yo
ap fèt nan fen gwo tribilasyon an.
Dezyèmman,
ap gen kèk kretyen Bondye chwazi
pou al nan syèl sou tè a toujou
rive jis nan kòmansman atak Gòg
ki soti nan peyi Magòg pral fè a
egzakteman nan fen gwo tribilasyon an.
Twazyèmman, youn nan bagay
yo pral pran an konsiderasyon
nan jijman mouton ak kabrit yo,
se fason yo te boule ak frè Kris yo
menm pandan gwo tribilasyon an.
Donk, sa se yon revizyon
sou sa nou te deja konnen.
Donk, si w ap kouri pran nòt, ekri:
‘O sa se yon nouvo pwen?’
Fè atansyon ak sa w ap di lòt moun.
Men, bagay nou sot wè yo,
tout bagay nou te wè ki pral rive
nan finisman gwo tribilasyon an,
ki efè yo genyen sou fason
nou konprann
jijman Jewova pral fè
pa mwayen Jezi Kris la?
Ebyen, nou konnen tank n ap pwoche
pi pre gwo tribilasyon an,
se tank n ap vin pi byen konprann
bagay ki gen pou rive yo.
Wi, fason nou konprann
evènman yo
ap vin pi klè toujou
nan bon moman an.
Epitou, fason sa fèt la nonsèlman
sa ap ede nou andire gwo tribilasyon an,
men tou, l ap ede nou
gen kè kontan nan moman sa a.
Donk, sa nou pral fè kounye a,
se analize kat kesyon
vrèman enteresan.
E m byen kontan wè
nou gen yon ti tan pou sa toujou.
Premye kesyon an se:
Yonfwa gwo tribilasyon an kòmanse,
e jan n te wè sa nan videyo a,
avèk destriksyon
Gran Babilòn nan,
donk yonfwa l kòmanse,
èske ap gen posiblite toujou
pou moun ki pa kwayan yo ta vin
jwenn nou nan sèvis Jewova a?
Èske ap gen opòtinite konsa?
Ki sa nou te konn di
nan tan lontan?
Nou te di
‘Non, pap gen opòtinite
pou moun vin sèvi Jewova
avèk nou nan epòk sa a.’
Men, poukisa nou te di sa?
Enben, anfèt, nou te konsidere
istwa delij la
tankou lonbraj bagay
ki gen pou vini yo
e nou te panse lefètke pòt lach la
te fèmen anvan delij la kòmanse,
sa te montre, pòt ki t ap bay moun
opòtinite sa a t apral fèmen
yon fwa gwo tribilasyon an
kòmanse.
Men, n ap dakò ak sa,
se vre Jezi te konpare
epòk Noye t ap viv la
ak epòk prezans li
kote l t apral gen pou l diririje
antanke wa a,
men remake Jezi pa t di anyen
ki te montre
se te lonbray yon reyalite
ki te gen pou vini.
E vrèmanvre, li pa t mansyone
anyen ki gen rapò ak
pòt opòtinite sa a ki t apral fèmen.
Bon, ann fè yon ti pale
sou kesyon sa a ankò.
Yon fwa gwo tribilasyon an kòmanse.
Èske ap gen yon pòt ki toujou
ouvè pou moun yo?
Bon, pou n reponn kesyon sa a
annou gade tablo a.
Sonje jijman mouton ak kabrit yo,
dènye jijman an, ap fèt ki lè?
Se pa nan kòmansman
gwo tribilasyon an.
Men, se nan finisman
gwo tribilasyon an.
Donk, ann fè yon ti reflechi
sou kèk moun nou konnen.
Petèt kèk fanmi nou
ki pa kwayan,
moun ki eskominye,
kèk lòt moun ki te tande mesaj la,
e petèt nou te etidye avèk yo.
Èske sa ka rive yonfwa yo wè
destriksyon Gran Babilòn nan,
yo deside finalman sa Temwen
Jewova yo t ap di a
se te laverite!
Èske yo ta ka pran pozisyon
pou laverite?
Bon, si sa rive yo chanje kè yo
e yo vin sèvi Jewova avèk nou,
èske sa ap kontrarye nou?
Bon, nou pa dwe kategorik sou sa.
Men tou, nou pa dwe
menm jan ak Jonas
pou n ap di: ‘O non, non, non
pòt la fèmen.
Hm! hm!, hm, hm! Non,non!
Mh... hm!’
Nou wè.
Nou bezwen sonje gen yon seri
lòt sitiyasyon nan Bib la
ki ka ede n konprann ki jan Jewova
se yon Jij ki gen mizèrikòd
nan fason l te boule
ak moun nan tan lontan yo.
Pa egzanp, panse ak istwa
kote Izrayelit yo te kite Ejip la.
Tanpri, si nou ka ale avè m
nan Egzòd chapit 12.
Egzòd chapit 12.
Epi, n ap li premye pati
vèsè 38 la.
La a, y ap pale de moman
Izrayelit yo ap kite Ejip.
Liv Egzòd la, chapit 12 vèsè 38 di:
“Te gen yon pakèt lòt moun
avèk yo tou.”
Èske n remake gen yon nòt
anba paj la? E ki sa l di?
“Anpalan de moun ki pa t Izrayelit.
Te gen Ejipsyen pami yo tou.”
Bon, ki sa k te pase?
Ebyen, nan moman kote dis plè yo
t ap tonbe sou Ejipsyen yo,
sa te klè kèk nan Ejipsyen sa yo
te kòmanse wè
diferans ki genyen ant Jewova
ak fo dye yo t ap adore yo.
Donk, lè moman an te rive
pou yo pran desizyon,
e Izrayelit yo t ap kite Ejip.
Gen kèk nan Ejipsyen sa yo
ki t al jwenn Izrayelit yo.
Èske sa pa yon bagay enteresan
pou n reflechi sou li?
Men, nou ka ap di:
Nou ka ap di tèt nou:
‘Wi, m konprann poukisa nou te
di sa a, sa n te di anvan an.
Men, èske se vre
tout moun sa yo
nou t ap etidye Labib avèk yo
oswa kèk nan yo,
kèk nan yo ka gen yon chans
pou yo vin jwenn nou apre yo fin
detwi Gran Babilòn nan?
“Sa pa jis!
Ou vin repanti twò ta!”
Nou wè! Èske n pa dwe imite
Jij tout tè a ki gen mizèrikòd?
Vrèmanvre, nou pa ta dwe sezi
si yon bagay konsa ta rive, pa vre?
Epi, fè yon ti reflechi sou sa:
Lè n t ap gad tablo a nou te wè,
nou te wè yon lis evènman ki t ap
gen pou fèt anvan dènye jijman an.
Donk, nenpòt moun ki ta pran
pozisyon pou Jewova
nan kòmansman gwo tribilasyon an,
l apral gen pou l fè fas ak atak Gòg
ki soti nan peyi Magòg la.
E se pral yon moman
k ap vrèman difisil.
Donk, kounye a ki sa nou ta dwe
note anrapò avèk sa?
Ebyen menm jan sa te fèt
nan premye syèk la
nan ane 66 epòk nou an.
Lè moman an te rive
pou yo pran desizyon
anpil moun te deside ale kite
Jerizalèm nan moman sa a.
Bon, yo te pran desizyon yo a
sou baz sa yo te deja konnen
ak sa yo te tande.
Donk, menm jan an tou,
travay predikasyon n ap fè jodi a
trèzenpòtan nan sans sa a.
Ann gade ansanm sa apot Pòl te di
nou jwenn nan liv Women an.
Women 10, vèsè 13 ak 14.
E la pandan n ap li l,
panse ak kontèks n ap pale
sou li pou moman an.
Lè yo pral detwi gran Babilòn nan.
Donk, konsènan peryòd anvan sa a,
men sa vèsè 13 la di:
“Paske tout moun ki met konfyans yo
nan non Jewova ap sove.
Men, ki jan y ap fè
gen konfyans nan li
si yo pa mete lafwa yo nan li?
Ki jan y ap fè mete lafwa yo nan li
si yo pa tande pale de li?
Ki jan y ap fè tande pale de li
si pa gen yon moun k ap preche?”
Èske nou wè sa k fè travay
predikasyon an ijan
e l enpòtan konsa jodi a?
Wi, anpil moun pwofite opòtinite
pou yo sèvi Jewova depi jodi a.
Men, èske sa ta ka rive yonfwa
gwo tribilasyon an kòmanse,
anpil nan moun ki te tande mesaj
Temwen Jewova yo ap preche a
vin wè yo nan pozisyon kounye a
pou yo pran bon desizyon an,
pou yo fè bon chwa a?
Men, la a ankò nou pap
kategorik sou sa.
Men, nou vrèman espere
sa ka rive fèt konsa vre.
Bon, pandan n ap pale sou sa,
ann fè yon ti pale sou sa w
konnen m konnen an.
Hm, mh, sa m vle di?
Enben w konnen,
gen kèk nan nou lontan,
bon nou pap site non moun,
men, kèk nan nou te konn di:
“Bon w konnen?
M t ap byen kontan si
fanmi m sa a ki pa Temwen,
m t ap swete l mouri
anvan gwo tribilasyon an.”
Anh, anhh!
Nou konnen sa n konn di a.
Anhan!
Nou te konn di, paske si l mouri
anvan gwo tribilasyon an,
l ap gen yon chans pou l resisite.
Men, si l mouri pandan
gwo tribilasyon an, li chire!
Men, ann fè yon ti panse sou sa.
Nou wè sa?
Èske pou yon moun
jwenn lavi etènèl
sa depann de ki lè
moun sa a mouri?
Oswa, èske vrèmanvre,
sa pa depann de kondisyon
kè moun nan?
Bon, nou wè sa?
Jij tout tè a ki gen mizèrikòd,
konnen kondisyon kè moun yo.
E, vrèmanvre, ak ki sa n ap panse
lè n poze kesyon sa a?
Èske nou imajine Jewova
k ap di Jezi:
‘Gade, ou wè moun sa a?
Gade!
Se pa yon moun nou ta dwe
janm resisite.
Bon, gade! Men l jwenn mwayen l
mouri avan gwo tribilasyon an wi.
Ayayay!
Kounye a fò n resisite l wi!’
O o, mezanmi!
Jewova se yon Jij ki gen
mizèrikòd e ki dwat.
Li konnen kè moun yo.
Ou pa ka twonpe l, ni pase sou li.
Donk, sa se te premye kesyon an
e m sèten nou twouve l
enteresan, pa vre?
Yonfwa gwo tribilasyon an kòmanse,
èske pòt opòtinite a ap fèmen?
Bon, repons lan se: N ap bezwen
tann pou n wè.
Men, dapre sa nou jwenn
nan Bib la,
li posib pou kèk moun
ka pran pozisyon pou laverite
nan moman sa a.
Men dezyèm kesyon an:
Ki lè travay predikasyon
Bon nouvèl Wayòm nan ap fini?
Se yon bèl kesyon.
Pou kòmanse, nou dwe sonje
Bon nouvèl la,
li sèlman yon bon nouvèl pou nou
e pou moun ki aksepte l.
E dayè, jan Sòm 2 a fè konn sa
pou tout rès monn nan, li pa t janm
yon bon nouvèl. Pa vre?
Bon, ki sa Matye 24:14
fè nou konnen?
Enben,li fè nou konnen,
yo pral preche Bon nouvèl la
e apre sa lafen an ap vini.
Bon, annou fè yon ti gade
tablo a ankò.
Ki sa lafen an vle di la a?
Ebyen, li vle di
dènye peryòd nan gwo
tribilasyon an.
Donk, sa vle di pandan
gwo tribilasyon an,
nou pral kontinye preche
Bon nouvèl la.
Men, se sèlman pou nou
l ap yon bon nouvèl.
Li pap yon bon nouvèl
pou tout rès monn nan.
Bon nouvèl sa a n ap preche a
pral vin pi dirèk toujou
toutpandan tan ap pase.
Sa k pral pouse moun yo pran
desizyon yon fason oswa yon lòt
pou konnen si wi non
y ap aksepte Wayòm nan.
Donk, èske se pa yon lòt rezon
ki fè nou pa ta dwe sezi
si kèk moun ta vin
pran pozisyon pou laverite
menm pandan gwo
tribilasyon an?
Men twazyèm kesyon an:
Tout moun ki mouri pandan
gwo tribilasyon an,
Èske yo pral mouri pou toutan
e yo pap janm resisite?
Bon, pou kòmanse nou ka di
kabrit yo pap resisite,
pa vre?
Paske yo pral mouri pou toutan
dapre sa Jezi te di.
E nan 2 Tesalonisyen chapit 1
li fè konnen
yo pral resevwa kòm santans,
yon destriksyon etènèl.
Men, de ki moman menm
n ap pale la a?
Ebyen, ann fè yon ti gad
tablo a ankò.
Nou wè?
Sa gen rapò ak
moman kote Jezi ap vini
ansanm ak moun ki sen yo.
Donk, lè n gad tablo a
ki sa l montre nou?
Ebyen, se egzakteman
nan fen gwo tribilasyon an.
Lè yo fè moun yo konnen
yo se kabrit,
e nan lè sa menm, yo te deja
resevwa jijman yo.
Men, gen kèk kesyon
nou ka poze toujou.
Men, nou wè moun yo jije kòm kabrit yo,
sa vle di moun k ap jwenn
destriksyon etènèl yo,
sa vle di, yo te jwenn posiblite
oswa yo te jwenn tout posiblite
pou yo te aksepte
oswa rejte Wayòm nan.
Men, ki sa n ka di pou sila yo
k ap viv jis anvan dènye jijman an?
Donk, gwo tribilasyon an
kòmanse,
e nou pa konnen
konbyen tan l ap dire,
men, chak jou ki pase e
vrèmanvre ap gen moun k ap mouri.
Pa egzanp, èske n reyalize
toupatou nan monn nan,
anviwon 150 000 moun
mouri chak jou,
swa akoz lanmò natirèl, oswa
akoz gè, maladi oswa lòt bagay.
Bon, sa n ap di konsènan
moun sa yo?
Se pa yon santans Jewova te tou
bay moun sa yo epi li touye yo.
Nan ka sa a, ki sa
nou bezwen sonje?
Jij ki gen mizèrikòd la
konnen kiyès ki ta dwe resisite
ak kiyès ki pa ta dwe resisite.
Se sa k fè, nou pap kategorik
anrapò ak moun sa yo
ki ka mouri nan moman sa a.
Nou konnen Jewova ak Jezi
ap fè sa ki jis la.
Bon, men yon dènye
kesyon enteresan.
Èske tout moun k ap viv
pandan gwo tribilasyon an
ap jwenn tout posiblite
yo bezwen
pou yo deside si y ap
soutni Wayòm nan
oswa si y ap opoze avè l?
Ki jan w t ap reponn?
Pa kouri al reponn fò non.
Enben repons senp lan se:
Nou pa konnen.
E nou pa bezwen konnen!
Paske, se pa nou ki jij yo.
Se pa biznis pa nou.
Men, ou ka wè w gen yon ti vwa
anndan w k ap di:
‘Men, kòman n fè pa konnen an?
Mwen m te toujou kwè mwen menm
depi se nan epòk sa yon moun
al mouri ou chire.
Se fini pou ou!’
Men, nou wè sa?
Chak jou, jan n te di sa a,
gen anviwon 150 000 moun
ki mouri.
Men, gen 350 000 ti bebe
ki fèt chak jou tou.
Donk, menmsi gwo tribilasyon an
ta dire sèlman kèk jou,
chak jou ou t ap gen
plis ti bebe tou ki fèt.
Bon, sa n ta di konsènan zòn
kote nou poko fin preche
bon nouvèl la vrèman afon,
petèt nan kèk peyi kote
yo entèdi travay nou an.
Nou ka ap mande tèt nou:
Bon, èske n ap gentan preche
chak grenn moun?
Matye 10 vèsè 23, si nou ka gade l
annapre sanble fè nou konprann
petèt nou pap gen tan.
Donk, la men yon kesyon
enteresan.
Èske sa t ap rezonab
pou nou ta di Jewova ak Jezi
ap fè konnen plizyè milyon moun
se kabrit yo ye san reflechi
alòske yo pa t janm jwenn
tout posiblite
menm jan ak tout lòt moun
pou yo preche yo?
Se yon kesyon enteresan.
Si yo pat jwenn tout posiblite
pou yo ede yo
epi yo mouri nan moman sa a,
èske sa posib pou yo ta resisite
antanke moun ki enjis?
Ki repons lan?
Nou jis pa konnen.
Nou pa dwe kategorik
e nou pa ta dwe kategorik
paske nou pa konnen.
Men, olye de sa nou ka jwenn
rekonfò nan sa nou konnen.
E ki sa nou konnen?
Nou konnen Jewova ak Jezi
gen mizèrikòd
e y ap toujou fè sa ki jis la.
Epitou, nan Ezekyèl 33:11,
ki sa nou aprann?
Jewova pa pran plezi nan lanmò
moun ki mechan.
Se chanje li vle yo chanje pito.
E nou konnen Jewova ak Jezi
ap jije chak grenn moun
avèk ekilib, avèk jistis
e avèk mizèrikòd.
Bon, nan pwen n rive la a
petèt w ap di:
‘Waw, gen anpil koze papa.’
Petèt, men w yon ti jan fè w mal
tèlman w pran nòt.
Men, pa enkyete w.
Gen yon Toudegad
ki gen pou vini
kote yo pral esplike sijè sa a
an detay pou nou.
Donk, ret branche.
Men, annatandan ki sa nou dwe
kontinye ap fè?
Nou dwe kontinye preche mesaj
la pou mezi moun nou kapab.
Nou pa janm konnen
ki rezilta sa ka pote.
E pandan n ap kontinye
preche, sonje
kite Jewova ak Jezi jije
y ap toujou fè sa ki byen an
avèk mizèrikòd e avèk jistis.
Nou ka gen asirans
se konsa sa ap fèt vre.