JW subtitle extractor

Nou gen yon istwa ki vrèman rich — Nou anseye pa mwayen fim ak videyo

Video Other languages Share text Share link Show times

Jodi a nou itilize videyo
nan prèske tout aspè
nan adorasyon n ap bay Jewova a
ak nan travay predikasyon an.
Men, èske w te konnen
pèp Jewova a te kòmanse
itilize fim ak videyo pou
preche e pou anseye
sa gen plis pase 100 an?
Ann gade kòman e poukisa
nan pwochen epizòd seri videyo:
Nou gen yon istwa ki vrèman rich.
Lè premye Etidyan Labib yo
te kòmanse preche
nan fen ane 1800 yo, kesyon
fè fim nan te fèk ap parèt.
Menm lè sa a, C.T. Russell
ak asosye l yo
te wè pisans nouvo metòd sa
genyen pou ede yo gaye mesaj la.
Yo te ka sèvi ak fim yo nonsèlman
pou yo rive preche plis moun,
men tou, pou yo te touche kè
moun yo ak verite ki nan Bib la.
Nan yon kongrè ki te fèt
nan mwa jen 1913,
Etidyan Labib yo te pran
yon gwo rezolisyon.
Yo te deside sèvi ak imaj
k ap bouje sou ekran
e ak videyo kòm yon
nouvo zouti pou yo preche
e pou yo anseye.
Mwens pase ennan annapre,
nan mwa janvye 1914,
frè yo te kòmanse ak
“Fotodram kreyasyon an.”
Se yon videyo ki dire
uitèdtan ki gen ladan l
kèk imaj an koulè ansanm
ak kèk videyo k ap pase.
Frè Russell te achte pifò nan
enstalasyon sa yo nan yon lòt konpayi.
Imajine sa! Ou chita nan
yon sal ki plen ak moun
e w ap gade petèt pou premye fwa,
yon seri imaj k ap bouje
ki dekri evènman
ki te pase nan Bib la.
E te gen yon lòt bagay nan
“Fotodram kreyasyon an”
ki te bay moun ki t ap
gade yo yon gwo sezisman.
Moun yo te tande son ki mache
ak sa yo t ap gade sou ekran an.
Yo te pase “fotodram” nan nan teyat
ak nan oditoryòm
toupatou nan monn nan.
Men, e si yo te ka itilize fim yo
pou anseye laverite pa
sèlman nan gwo teyat yo
men, lakay yon moun menm.
Se ide sa frè yo te genyen
lè yo te soti yon seri ti
bout fim nan ane 1920 yo.
Fim sa yo ki pa t
gen pawòl ladan yo,
e ki montre vwayaj frè Rutherford
te fè nan peyi Bib la pale de yo yo,
te fèt pou pase lakay moun yo.
Frè yo te fè aranjman
pou yon konpayi Kinemo a
kreye yon projektè yo te ka deplase avè l e ki pa twò chè
jis pou yo te ka pase fim sa a.
Moun ki te enterese yo
e ki te wè fim sa yo,
te ka wè ak ki sa peyi
Bib la pale de yo sanble
e yo te ka aprann anpil pwofesi.
Pandan 20 tan
ki te vin annapre yo,
òganizasyon an te itilize radyo
ak fonograf olye yo te itilize fim
pou yo te ka preche plis
moun mesaj Wayòm nan.
Men, nan ane 1950 yo,
Kolèj santral la te vin rann li kont,
moun ki enterese yo
t ap bezwen wè ak je yo
òganizasyon an se yon
òganizasyon entènasyonal.
Donk, yo te rekòmanse
fè fim e yo te soti fim:
La société du monde
nouveau en action.
Fim sa a ki dire inèdtan 20 minit
te fè moun ki t ap gade yo
wè lokal Betèl nou yo
ak kongrè entènasyonal nou yo.
Li te ede yo imajine ki jan
travay predikasyon an ap fèt
nan pati ki pi lwen sou tè a.
Lòt fim yo te vin soti
nan ane annapre yo
te bay plis detay sou
travay pèp Bondye a ap fè
ak sou akonplisman
pwofesi ki nan Bib la.
Epi, nan ane 1966 yo
yo te soti fim ki rele Eritaj.
Fim sa a ki te dire
28 minit te montre byen klè
sitiyasyon jèn yo t ap fè
fas avèk yo nan epòk la.
Nan pwochen 60 segonn yo,
yon lòt fanmi yon kote nan peyi
Etazini pral prèske kraze.
Sa sa ye la?
Èske se jis yon
diskisyon an fanmi?
Non, sa pi grav pase sa.
Ki efè sa ka gen sou fanmi an?
Lè fanmi yo suiv
prensip ki nan Bib la,
y ap vin djanm e y ap gen tèt ansanm.
Yo te pase fim Eritaj la
nan asanble sikonskripsyon yo
ak nan lòt gwo rasanbleman yo.
Epitou, yo te pase l nan plis pase
150 estasyon televizyon
nan peyi Etazini.
Apre 1966, òganizasyon an
te sispann fè fim
e yo te kòmanse prezante
dram sou epòk nou an
ak sou epòk biblik yo
nan kongrè yo.
Dram sa yo te konn fè
istwa ki nan Bib la
vin vivan pou jèn
kou granmoun.
E se te youn nan pati
ki te pi enpòtan
nan kongrè yo
pandan plizyè ane.
Men, anvan menm yo
rive nan ane 90 yo,
nouvo teknoloji ki te vin
parèt yo te pouse frè yo
pou yo sèvi ak imaj
e avèk fim ankò.
E plis moun te vin kòmanse
sèvi ak kasèt videyo lakay yo.
Kòm rezilta,
nan ane 1990 yo,
nou te soti premye fim nou
sou kasèt videyo ki rele
‘Les Témoins de Jéhovah
un nom, une organisation’.
Videyo sa te montre
travay ki konn fèt nan Betèl la
e l te ede yo konprann fason
nou pwodui piblikasyon nou yo
e n te itilize yo nan travay
predikasyon an sou tè a.
Esklav fidèl ki prevwayan an sèvi
ak videyo plis toujou depi lè sa a.
Teknoloji kote yo sèvi
ak imaj ak videyo a
chanje anpil pandan
100 dènye ane yo.
Men, rezon ki fè òganizasyon
Jewova a itilize l la pa chanje.
Objektif la se:
Touche kè moun yo
ak verite ki nan Bib la
toupatou sou tè a.