JW subtitle extractor

Mark Sanderson: Kèk opòtinite nou genyen pou n glorifye Jewova nan travay predikasyon an

Video Other languages Share text Share link Show times

Sa gentan gen 140 an,
an 1884,
lè Zion Watch Tower Tract
Society te anrejistre legalman.
Bon, se vre m wè anpil nan nou
la a ki gen bab nou blanch,
men m sèten, nou youn
pa t la nan okazyon sa a.
Sa se yon bon nouvèl!
Se vrèman jan Zakari 4:10 di a,
li di se “jou
bagay yo te kòmanse toupiti a”.
Vrèman, yon tikras moun.
Men, ki sa Jewova akonpli
nan travay predikasyon an
nan dènye 140 an ki sot pase yo?
Jodi a, nou gen
prèske nèf milyon moun
k ap preche bon nouvèl
Wayòm Bondye a
nan anviwon 240 peyi.
E nou gen piblikasyon
nan plis pase 1 000 lang.
Frè m yo, èske nou pa
vrèman santi sa pouse nou
pou nou bay Jewova glwa
pou tout sa li fè?
Men, ki jan nou te fè rive
nan pwen sa a?
Ki bagay vrèman enpòtan
ki te ede òganizasyon Jewova a
jwenn gwo akwasman sa a?
E ki opòtinite ki gen nan travay
predikasyon an pou jèn yo?
Tanpri, ann gade.
Lè w ap panse ak yon misyonè,
petèt w ap panse
ak yon moun ki granmoun,
ki gen plizyè ane depi l ap preche.
Men, byennantandi, anpil nan yo
te jèn lè yo te kòmanse
Anfèt, premye ane ki te pase
apre lekòl Galaad te kòmanse,
30% misyonè ki te sot Galaad yo
te gen mwens pase 24 an.
Yo te jèn, yo te gen fòs,
yo te plen enèji.
Yo te dispoze aksepte asiyasyon
tout kote nan monn nan.
E yo te akonpli anpil bèl bagay.
Pa egzanp, an 1943, nou t ap
preche nan 54 peyi ak tèritwa.
E te toujou pa t gen
anpil pwoklamatè.
Jewova te beni
travay di yo te fè ak zèl yo.
Nan sèlman senkan,
kantite pwoklamatè ki te gen
nan monn nan te prèske double.
Rive nan ane 1953,
yo te double ankò.
E òganizasyon Jewova a te rive
preche nan 143 peyi ak tèritwa.
10 bèl ane sa yo kote
yo t ap preche te poze baz
pou òganizasyon Jewova a
grandi pou l vin sa l ye jodi a.
Plis pase 8 milyon moun gaye
nan 239 peyi ak tèritwa.
Y ap preche plizyè milya moun laverite.
Jèn misyonè sa yo
te kontribye dirèkteman
pou pawòl Jezi yo te akonpli
lè yo te preche bon nouvèl
konsènan Wayòm nan
kòm yon temwayaj pou tout nasyon.
Men, 80 ane deja pase.
Petèt, ou ka ap mande tèt ou:
“Èske yo toujou
bezwen misyonè jodi a?”
Ki sa rapò yo montre?
Nou wè gwo akwasman
ak posiblite pou plis
akwasman nan moun nan.
Sèlman pou ane sèvis
ki sot pase a, ki sa k te pase?
Mozanbik te gen yon rekò
pou asistans memoryal
ki te plis pase 400 000 asistan.
Sa plis pase kat fwa plis
pwoklamatè ki gen nan peyi sa a.
Angola, te gen yon mwayèn plis
pase 900 nouvo misyonè chak mwa.
O, padon,
nouvo pwoklamatè chak mwa.
Sa anpil, waw!
Filyal peyi Kongo a,
te gen yon mwayèn
plis pase 1 300 nouvo
pwoklamatè chak mwa.
E nan Filipin, yon mwayèn
plis pase 1 000 moun
ki te batize chak mwa.
Ebyen, frè m ak sè m yo,
nan zòn sa yo kote
ki te gen gwo akwasman sa yo,
vin gen gwo bezwen
pou n gen nouvo misyonè.
Men, gen anpil bezwen nan lòt zòn.
Gen anpil peyi ki te gen benediksyon
jwenn misyonè ki te la lontan
ki te fè bon travay.
Men, anpil nan misyonè
fidèl sa yo mouri kounye a.
Gen lòt ki oblije kite asiyasyon yo,
paske yo dwe al pran
swen paran yo ki aje.
Oswa poutèt yo menm yo malad.
Donk, men yon kesyon,
èske toujou gen bezwen
pou gen misyonè jodi a?
Pa gen dout nan sa,
repons lan se wi!
Gen anpil travay pou misyonè yo
fè nan monn nan jodi a.
E yo toujou ap voye jèn
ki gen anpil enèji e ki zele
pou al sèvi kòm misyonè chak ane.
Pa egzanp, pa twò lontan,
komite sèvis la te voye 36 nouvo
misyonè nan peyi Madagaska.
E yo te voye 10 Letoni.
Bon, ki jan jèn misyonè sa yo
santi yo konsènan asiyasyon yo?
Ann gade.
Pi gwo bezwen nou gen
nan travay predikasyon an
kounye a nan Madagaska,
se fòme nouvo yo.
Gen nouvo pwoklamatè
ki poko menm batize
ki gen plizyè etid biblik
k ap pwogrese.
Donk, nou te kontan anpil
pou n resevwa nouvo
misyonè yo te voye yo.
Lè komite filyal nou an te aprann
nou t apral gen kèk nouvo
misyonè nan Letoni
sa te fè nou kontan anpil.
Nou te pyonye espesyal
pandan twazan
e annapre,
nou te resevwa lèt sa a.
Mwen te di tèt mwen, ‘Letoni?
Sa w konnen sou Letoni?’
Pye m t ap tranble
men, m te di, ‘sa enteresan!’
Pou mwen, se kòmsi m
te toujou nan yon rèv.
M te mande Franzi:
‘Èske se toutbonvre?’
M te panse yo t ap voye m
kèk kote ann Afrik.
Yo te di m: ‘Non non.
Kote n prale a gen bon ti nèj.’
Nou te wè jan nouvo misyonè sa yo
te bay predikayon an jarèt.
Zèl yo te gen bon efè
sou travay predikayon an.
Anpil pwoklamatè vin pi zele
nan travay predikasyon an
e vin gen plis espri pyonye.
M te wè benediksyon
Jewova nan asiyasyon nou
sitou pa mwayen timoun yo
nan kongregasyon an.
Lè yo ba w yon akolad
se kòmsi w te lakay ou
e lang nan vin pa
yon pwoblèm ankò.
Mwen renmen asiyason m
antanke misyonè,
paske sa pèmèt mwen fè
yon seri bèl eksperyans.
Travay predikayson an
vrèman enteresan.
Lè w se yon misyonè
se yon bagay espesyal.
Men, yon lòt bò li nòmal
pou lavi yon kretyen konsantre
sou travay predikasyon an
e pou l pwofite lavi l chak jou.
Li nòmal pou w pè,
pou w gen dout.
Eseye epi konte sou Jewova.
Lefètke m se yon misyonè,
se pi bèl eksperyans nan lavi m.
Asiyasyon m nan ranfòse lafwa m
paske kounye a m vin pa pè
responsabilite ki difisil yo.
Mwen dakò.
Donk, nou bezwen anpil jèn pou
antre nan sèvis misyonè.
Bon, sa soulve yon kesyon.
Ki jan pou w vin yon misyonè?
Ebyen, premye etap la se lè w
antre nan sèvis aplentan.
Epi, apre ou fin pase dezan nan
sèvis aplentan, ki sa w bezwen fè?
Ou dwe aplike pou Lekòl pou
evanjelizatè Wayòm nan.
Lekòl sa a, se pòt k ap mennen w
nan sèvis misyonè a.
Epi, ou bezwen gen menm
etadespri ak Ezayi lè l te di:
“Men mwen voye m”.
E nou dwe dispoze ale kèlkeswa
kote òganizasyon an voye nou.
Apre w fin gradye nan lekòl sa a,
ou ka resevwa yon
asiyasyon pou al sèvi
antanke pyonye espesyal tanporè
nan peyi w,
pou w ka gen eksperyans.
E si w byen travay
nan asiyasyon sa a,
ou ka resevwa yon asiyasyon
pou w al sèvi kòm misyonè
nan yon lòt peyi.
Sèvis misyonè a
se yon opòtinite san parèy
pou nou pote bon nouvèl la bay
tout moun ki gen kè sensè nan lòt peyi.
Nou bezwen jèn ki vle “ale epi fè
disip pami moun tout nasyon”.
Bon, ki laj ou dwe genyen,
pou w ka aplike
pou Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan?
Hmmm.
Ebyen, nou kontan anonse nou jodi a,
Kolèj santral la deside
jèn frè ak jèn sè
ki gen 21 nan pou pi piti
ka aplike pou yo asiste lekòl sa a.
Èske nouvèl sa a pa fè nou kontan?
Men, anpil nan nou menm ki jèn jodi a
n ap sèvi kote ki gen plis bezwen,
petèt menm nan yon lòt peyi.
Sa vrèman bèl!
Men, nou ankouraje nou kounye a
pou nou aplike pou Lekòl
pou evanjelizatè Wayòm nan.
Nou wè sa? Sa ap pèmet
òganizasyon an wè
ki kote nou ka plis itil
toupatou sou tè a.
Jèn frè ak jèn sè, tanpri,
pwofite bèl opòtinite sa a.
Men, ki sa n ta ka di pou nou
menm ki yon tikras pi gran?
Ki sa nou ka fè pou nou
ede sila yo ki pi jèn yo?
Ebyen, ann bay tout nou menm
pou n fòme yo e pou n pataje
eksperyans nou avèk yo.
Ann ede yo grandi, epi, ankouraje yo
pou yo rive, pwofite bèl opòtinite
sa yo pou yo glorifye Jewova.
M sonje m te gen sèlman 19 an,
lè yon frè te envite m
pou m asiste reyinyon ànyèl
premye fwa nan vi m.
Se te yon reyinyon espesyal.
Se te santyèm anivèsè
Watchtower Bible and Tract Society
ki t ap fèt Pittsburgh
nan Pensylvanie.
M te tèlman kontan.
M panse m te mouri
e m t al nan syèl lè sa a!
M pa t ka kwè,
frè sa a t ap envite m pou m
asiste, alòske m te tou jèn.
Men, m toujou sonje
jan eksperyans sa a te ankouraje m
jis nan moman m ap pale la a.
Frè m, sè m, ki sa ou pral fè?
Ki sa ou pral fè pou w ankouraje
yon jèn pou l glorifye Jewova.
Se sèten, Jewova ap beni w si w
chèche fason pou w fè sa.
Bon, travay predikasyon an vin
pi ijan toujou pase anvan.
Èske n vle li ansanm avè m
Women chapit 10, tanpri?
Women 10, vèsè 13.
Li di: “Paske tout moun ki met
konfyans yo nan non Jewova ap sove.
Men, ki jan y ap fè gen konfyans nan li,
si yo pa mete lafwa yo nan li?
Ki jan y ap fè mete lafwa yo nan li,
si yo pa tande pale de li?
Ki jan y ap fè tande pale de li,
si pa gen yon moun k ap preche?
Epi, ki jan y ap fè al preche,
si se pa voye yo voye yo?
Tankou sa ekri, ala bèl,
pye moun k ap anonse
bon nouvèl yo bèl.”
Nou bezwen jèn yo,
jan vèsè 15 lan di sa
pou n “voye yo” preche bon nouvèl la.
Nou bezwen jèn yo
pou sèvi kòm pyonye,
kòm pyonye espesyal epi misyonè.
Nou bezwen yo pou yo aplike pou
Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan.
Donk, Jewova te fè yon
pakèt bèl travay,
pandan 140 ane ki sot pase la yo.
Li te beni “jou bagay yo
te kòmanse toupiti a”.
Men, frè m ak sè m yo,
travay predikasyon an poko fini,
nou pa dakò?
Sa yo, se yon seri bèl opòtinite
nou gen pou jèn nou renmen anpil yo.
Donk, ou menm ki jèn,
ki sa w pral fè,
kounye a ou ka aplike pou al nan
betèl, oswa pou al nan konstriksyon,
depi w gen 18 an sèlman.
Ou ka aplike pou al nan Lekòl
pou evanjelizatè Wayòm nan depi a 21 an.
Met tèt ou nan men, Jewova.
Mete w disponib,
ou pap janm regrèt sa!
E nou swete
nou menm ki pi granmoun yo,
nou fè tout sa nou kapab,
pou n ankouraje e pou n
bay jèn sa yo fòmasyon.
Wi, jan frè Lösh te di sa a,
annou kontinye “poli glas sa yo”.
Ann kontinye chèche fason pou n
fè plis nan travay predikasyon an,
e pou n glorifye Bondye nou an,
yon Bondye estrawòdinè,
Jewova!