JW subtitle extractor

Fason yo te rive ekri Pawòl Bondye a

Video Other languages Share text Share link Show times

Bondye te enspire anviwon
40 gason pou ekri Bib la.
Men, èske w te
janm mande tèt ou
sou ki sa yo te
ekri pawòl sa yo?
Bon, pòsyon ki la
pi lontan nan Bib la,
yo te ekri l sa gen
plis pase 1 000 an,
anvan menm yo te envante
papye n ap itilize jodi a.
Yo te ekri premye maniskri
nou gen nan Bib la
sou yon materyo ki rele papiris.
Papiris se yon plant
ki grandi nan ti ma dlo,
ki gen branch li ki ka rive
anviwon 4,6 mèt wotè
oswa 15 pye.
Sa gen plis pase 4 000 an,
Ejipsyen yo te envante yon
metòd pou yo transfòme papiris la
fè l tounen yon materyo ki fen,
ki rezistan pou yo ka ekri sou li,
menm jan ak papye.
Menm avèk zouti modèn jodi a,
li toujou bezwen anpil
travay pou transfòme l.
Yo te oblije fè branch lan
fè plizyè ti moso byen fen,
yo tranpe yo, yo plati yo,
yo ranje yo sou plizyè liy.
Apre sa, yo bat yo, yo prese yo
pou yo ka kole ansanm.
Lè yo fin seche, yo te poli yo
avèk yon moso ivwa,
yon kokiy ki swa,
oswa menm avèk yon wòch.
E finalman, yo te jwenn
yon sifas ki plizoumwen swa
yo te ka ekri sou li.
Pou yo te fè yon woulo,
yo te kole plizyè moso papiris
nan pwent yo ansanm,
konsa yo te ka fè yon woulo
ki rive jiska sis mèt longè
oswa 20 pye lè yo dewoule l.
Men, ozanviwon
dezyèm syèk epòk nou an,
moun ki t ap kopye tèks
nan tan lontan yo
te kòmanse renmen
yon nouvo teknoloji
ki te fè l pi fasil
pou sèvi avèk papiris.
Yo te rele l kodèks.
Nan kodèks la, yo te mete
plizyè paj papiris ansanm,
yo te koud yo epi yo kole yo ansanm
pou l vin fòme yon bagay
ki sanble ak liv nou gen jodi a.
Panse ak tout kantite
èdtan sa te mande
pou yo te fè materyo sa yo
pou yo te ka ekri sou yo.
Men, nen yon epòk kote
pa t gen plim ak kreyon,
ak ki sa moun lontan yo te konn ekri?
Plim yo te konn itilize yo, souvan,
yo te fè yo ak yon ti moso banbou.
Yo te pran san yo pou yo koupe l
pou yo fè yon pwent ki byen fen.
Nan epòk yo t ap ekri Bib la,
youn nan lank yo te konn itilize
souvan pou yo sèvi ak plim sa yo,
se yon lank yo te fè
avèk yon seri sann ki nwa,
yo melanje avèk dlo
ansanm ak yon likid ki gonmen,
pou pèmèt ekriti a kole sou paj la.
Kit se te sou fòm woulo,
oswa sou fòm kodèks,
pwoblèm papiris la te genyen,
sèke li dekonpoze byen fasil.
Sepandan, sa k enteresan, sèke
gen anpil fragman maniskri
Bib la ki te ekri sou papiris
ki la jis jounen jodi a.
Sa w ap gad la a,
se repwodiksyon kèk fragman
ki la depi plis pase 2 000 an.
Avèk letan, yo te kòmanse
ekri maniskri Bib la
sou lòt materyo ki pi dirab.
ozanviwon katriyèm syèk la,
youn nan materyo yo te plis
itilize, se te pachemen.
An jeneral, yo te fè l avèk
po mouton, bèf oswa kabrit.
Pou yo te fè l, yo te
tranpe po a nan dlo
ansanm ak pwodui chimik,
epi yo retire plim
avèk vyann ki te nan po a.
Apre sa, yo te detire po a
sou yon platfòm
epi yo grate l avèk yon kouto
pou yo retire kèlkeswa grès
ki ta ret sou li toujou.
Pwochen etap la
se seche l epi detire l,
konsa l t ap vin solid e l t ap plat.
Pou fini, yo simen lacho sou li
epi yo sable avèk yon wòch,
konsa yo fè tout po bèt la vin swa.
Jan nou ka wè sa,
pou w jis yon fèy pachemen,
sa te mande yon pakèt travay.
Men, jodi a, gen anpil maniskri
Bib la yo te ekri sou pachemen,
tankou de orijinal sa yo n ap gad la a.
Yon lòt maniskri moun byen konnen,
se kodèks Amiatinus ki nan peyi
Itali, ki la depi plis pase 1 300 ane.
Anfèt, se sèl Bib laten konplè
ki nan yon sèl volim
moun konnen ki egziste jodi a.
Gen kèk istoryen ki panse
sa te mande
pou yo touye anviwon 400 bèt
pou yo te fè Bib sa a.
Kopi sa a vrèman gwo,
men, orijinal la pi gwo toujou.
Li peze 34 kilo,
oswa anviwon 75 liv.
Panse ak tout travay yo te
bezwen fè pou fè jis yon Bib.
Bon, tout materyo sa yo
pa t dire lontan
e avèk letan yo t ap depafini.
Men, pou Jewova
te konsève Pawòl li a,
li te fè moun pran san yo
pou yo kopye
epi rekopye Pawòl li a
pandan plizyè syèk.
Konsa, jodi a nou pa
jis gen kèk maniskri,
men, plizyè milye maniskri
ki soti nan plizyè pati nan Bib la.
Donk, pwochen fwa w ap
gade yon vèsè nan Bib la
oswa w tape sou lyen,
panse ak tout efò ki te fèt
pou yo te ekri Pawòl sa yo.
E ala sa enteresan
pou Pawòl Jewova a
yo te ekri sou yon seri
ansyen materyo ki frajil,
toujou la avèk nou jodi a!