JW subtitle extractor

Moses Maphoto: Mwen te jwenn vrè kè kontan an

Video Other languages Share text Share link Show times

Yon jou swa, lapolis
te vin lakay nou.
Yo te ouvri pòt la avèk yon
kout pye epi yo te pete fenèt yo.
Yo te di nou y ap pran kay la,
li pa t pou nou ankò.
Apre bagay sa a ki te fin pase a,
m te vin gen yon kòlè
k ap bouyi anndan m,
m te vrèman fache
e m di te di tèt mwen:
“M ap fè tout sa m kapab
pou m jwenn jistis ak libète.”
Separasyon ras
gouvènman an te fè
ki rele apated la
te mete divizyon
nan mitan moun yo.
Pa egzanp, te gen
lekòl pou blan
e te gen lekòl pou moun nwa.
E nivo edikasyon moun nwa yo
te resevwa a
te pi ba lontan pase pa blan yo.
Lè gouvènman an te fè yon bidjè,
pifò lajan an te al nan men blan yo.
Nan lekòl nwa yo,
elèv yo te pil sou pil
alòske, li pa t konsa
nan lekòl blan yo.
Toutpandan m t ap grandi,
mwen te detèmine pou m
vin yon avoka,
konsa, mwen t ap kapab goumen
kont sistèm apated la
yon fason ki legal.
Apre yo te fin pran kay nou an,
e yo te fè n pase tout mizè sa yo,
fason m te wè bagay yo
te chanje menm moman an.
E m te vle jwenn yon solisyon
tousuit ki t ap fè n gen
lapè, libète ak jistis.
Mwen te vin antre nan
yon òganizasyon politik
e mwen te vwayaje al nan
yon peyi ki pa twò lwen
kote m ta pral resevwa
yon fòmasyon militè.
Òganizasyon politik la
te mete m kòmandan
sou plizyè sòlda ki t ap goumen
pou libète.
Antanke kòmandan
nan òganizasyon an,
mwen te gen responsablite
pou m chèche kote sekrè
pou m sere zam pou n fè lagè
e pou m bay lòt moun ki vin antre
nan òganizasyon an fòmasyon.
Nou te fòme yo pou yo te
al batay ak gouvènman an.
Nou te montre yo ki jan pou yo itilize
zam ak diferan eksplozif
nou te stoke nan zòn sekrè sa yo.
M te yon nèg ki te tchak.
M pa t respekte pèsonn.
M pa t pè anyen.
M te vrèman pa kontan,
piske nou se yon òganizasyon,
m te atann pou nou te gen tèt ansanm
paske nou te gen menm objektif.
Men, olye de sa, manm
òganizasyon an te rayi youn lòt.
Yo te gen prejije e yo t ap
goumen antre yo.
Madanm mwen te deja yon
Temwen Jewova.
Nou te dakò pou l
te chèche yon moun
ki t ap kapab vin etidye
Labib avè m.
Yon sè te vini, e l te kòmanse
pale ansanm avè m
sou bon nouvèl konsènan
Wayòm Bondye a.
Men, tout plim sou do m te kanpe
lè l te kòmanse pale de
Wayòm Bondye a
ki pral kraze tout gouvènman
ki gen nan monn nan
e sa gen ladan l òganizasyon
politik mwen an.
Mwen te fache anpil pandan
m t ap pale avè l.
Men, mwen te wè li te jis souri.
Li pa t fè bri, e li pa t menm fache.
Mwen te sezi, sa te touche kè m.
Yo te envite m nan Sal Wayòm nan.
Sa k te vrèman atire atansyon m
sèke tout kote m te gade,
tout moun nan Sal la t ap patisipe.
Timoun yo te leve men yo,
e yo te bay repons yo san ezite.
Ou te ka wè yo te byen prepare
e yo te rete nan sijè a.
Tout moun te jwenn vèsè yo
byen rapid.
Mwen menm, mwen te yon
etidyan nan inivèsite,
men m pa t kapab jwenn vèsè yo.
Mwen te di: “Bon, mwen ta renmen
vin menm jan avèk yo.“
Mwen te remake kalite edikasyon
yo resevwa nan òganizasyon Jewova a
se te yon edikasyon wo nivo
lè m konpare l ak edikasyon
nou resevwa nan sistèm apated la
ki te yon edikasyon ba nivo.
Dapre eksperyans mwen fè,
li klè, lè moun met konfyans yo
nan lòm parèy yo,
se tankou y ap kouri dèyè van.
Men lè yon moun met konfyans
li nan Jewova Dye,
sa fè l gen kè kontan.
Depi lè m te jèn, mwen te vle
jwenn libète,
mwen te vle jwenn lapè
e m te vle vin gen kè kontan.
Men, m pa t janm rive jwenn sa,
jiskaske m te vin nan
Sal Wayòm nan.
Se la a, m te jwenn vrè libète a,
m te jwenn vrè jistis la
e m te vin gen vrè kè kontan an.
E se la a, mwen te vin konnen
sa vrè lanmou an ye.
Lavi m te vin chanje nèt.
Mwen gen yon relasyon
sere sere avèk Jewova.
E relasyon sa a fè m vin yon moun
ki renmen lòt moun,
yon moun ki mete l
nan plas lòt moun,
yon moun k ap fè gwo gwo
efò pou l gen imilite,
yon moun ki viv anpè ak lòt moun.
Mwen abiye m nèt ak
nouvo pèsonalite a.