JW subtitle extractor

James Mantz: Ann konsole lòt moun toutpandan n ap andire nan "tan di" sa yo

Video Other languages Share text Share link Show times

Vèsè ki sèvi kòm tèm
pou sijè nou an
se 2 Korentyen chapit 1
vèsè 3 ak vèsè 4:
“Louwanj pou Sila a ki Bondye
Seyè nou an Jezi Kris,
e ki Papa li,
Papa ki gen kè sansib la,
Bondye tout konsolasyon an,
ki konsole nou nan tout eprèv
nou yo,
yon fason pou nou ka konsole
moun ki nan tout kalite eprèv
grasa konsolasyon nou menm
nou jwenn nan men Bondye.”
Depi lè nou fèt,
nou tout te toujou
bezwen konsolasyon.
Nou pa sonje premye
fwa nou te kriye
paske nou te grangou,
nou pa t alèz oswa n te vle
yon moun pote n nan bra l.
Men petèt, nou sonje dènye fwa
nou te bezwen konsolasyon.
E sandout, anpil nan nou bezwen
konsolasyon kounye a menm.
Nou ka konprann sa.
Sòm 90:10 dekri nan yon stil pwezi
lavi nou antanke moun
ki enpafè, lè l di:
“Kantite tan nou viv se 70 an.
Si nou gen anpil fòs,
nou ka viv 80 an.
Men, sa nou jwenn pandan
ane sa yo, se pwoblèm ak tristès.
Ane sa yo pase byen vit,
e nou vole n ale.”
Gen anpil kalite sitiyasyon
ki ka lakòz nou soufri
e n nan lapenn, desepsyon
oswa doulè.
Gen kèk nan yo se pwoblèm
tout moun jwenn
paske nou tout nou enpafè
e nou dwe fè fas ak pwoblèm sa yo:
maladi,
vyeyès,
lapenn nou genyen
lè n pèdi yon moun nou renmen.
Gen lòt bagay tou ki fè nou soufri
men se akoz sikonstans yo:
aksidan,
pwoblèm ekonomik,
yon maryaj ki kraze,
katastwòf natirèl,
lè n viktim abi lòt moun
ap fè sou nou oswa lòt krim,
latwoublay
ak lagè.
Anplis de sa, nou ka bezwen
konsolasyon tou
poutèt n ap adore Jewova.
Fanmi an ka divize
nan domèn relijyon.
Nou ka jwenn pèsekisyon
oswa yo mete n nan prizon.
Moun ka ap pase n nan rizib
nan lekòl nou
oswa yo fè sa nan travay nou.
Oswa petèt yon manm fanmi nou
oswa yon zanmi pwòch nou
sispann sèvi Jewova.
Yon moun ki repanti ka bezwen
konsolasyon tou
lè l tounen nan kongregasyon an.
Kit sa n ap fè fas avè l la
se pwoblèm tout moun jwenn
kit se akoz sikonstans yo
oswa paske n ap adore Jewova,
nou tout bezwen konsolasyon.
E se moun toupatou ki bezwen
konsolasyon.
Nan 1 Pyè 5:9 nou aprann
“se menm kalite soufrans lan
tout frè nou yo nan monn nan
ap jwenn”.
Sepandan, nou ka jwenn rekonfò
nan men Sila a yo pale de li
nan vèsè 6 ak vèsè 7 la ki di:
“Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou
anba men Bondye ki pisan,
yon fason pou l ka leve nou
met byen wo lè moman an rive,
toutpandan n ap lage tout tètchaje
nou genyen sou li,
paske li gen sousi pou nou.”
Se Jewova ki pi gwo sous
vrè rekonfò a.
Moyiz te gen konfyans
Jewova t ap soutni l
e l t ap rekonfòte l nan kèlkeswa
sitiyasyon li ta twouve l.
Avèk konfyans, li te ekri pawòl
nou jwenn nan Detewonòm 33:27 la:
“Bondye se yon refij pou nou
depi lontan,
l ap soutni nou ak bra l ki la
pou toutan.”
Lè n santi n kraze
e n ap goumen pou n kanpe,
Jewova ap pran nou ak bra l,
l ap fè n leve avèk tandrès
e l ap ede n kanpe
sou de pye nou ankò.
Gen anpil kote nan liv Sòm yo
ki montre jan Jewova gen lanmou
pou nou ak fason li konsole nou.
Pa egzanp,
moun ki te ekri Sòm 94:19 la
montre rekonesans li pou Jewova,
lè l di: “Lè enkyetid te anvayi m,
ou te konsole m, ou te soulaje m.”
Jan Women 15:4 di sa:
“Tout bagay ki te ekri nan tan lontan,
yo te ekri yo pou enstriksyon nou,
yon fason pou nou ka gen esperans
grasa andirans nou
e grasa konsolasyon nou jwenn
nan Ekriti yo.”
Kèlkeswa bagay ki lakòz
nou soufri a,
nou ka jwenn vèsè k ap fè
nou jwenn konsolasyon.
Liv Vèsè pou ede nou viv
antanke kretyen an
gen yon seksyon ki gen tit
“Konsolasyon; Rekonfò”
ki pale sou plizyè bagay
ki ka lakòz dekourajman.
Nonsèlman li fè nou jwenn vèsè
ki montre nou fason Jewova
pran swen nou avèk lanmou
men tou l ap ban nou egzanp
yon seri moun nan Bib la
ki te pase move moman
ak fason Jewova te ede yo.
Youn nan pi bon fason nou ka jwenn
konsolasyon nan men Jewova
se lè nou mande l sa.
Nan pawòl nou jwenn nan
Sòm 145 lan,
wa David te fè louwanj pou fason
Jewova te reponn priyè l yo.
Annou li vèsè 18 ak vèsè 19.
David te ekri: “Jewova toupre
tout moun ki rele l,
li toupre tout moun ki rele l
avèk senserite.
Li bay moun ki gen lakrentif
pou li yo sa yo vle,
li tande lè y ap rele l
pou yo mande l èd e li sove yo.”
Menm jan yon paran ki gen lanmou
pran ka pitit li k ap kriye
avèk pasyans,
Jewova panche zòrèy li
avèk konpasyon pou l ede nou
lè gen yon bagay ki fè nou kriye.
Jan nou ka li sa nan 1 Samyèl
chapit 1 ak chapit 2,
Ana ki te yon dam Izrayelit
te tèlman dekouraje
e l te “tris anpil”,
lefètke li pa t ka gen timoun
sa te fè l pa t menm ka manje.
Lè l te pwoche bò kote Jewova
nan tabènak la,
“li te pran priye […]
e li t ap kriye san rete”.
Jewova te koute l e l te aji an favè
dam sa a ki t ap priye l avèk imilite.
Annapre, Ana “ale lakay li, li manje,
epi figi l pa t tris ankò”.
Menm jan an tou, Jewova
ap konsole nou
lè n vide kè nou ba li nan lapriyè
pou n di l sa k ap trakase nou.
Lè nou wè sa Bib la di anrapò
avèk kesyon konsolasyon an,
nou pa sezi lè nou li pawòl
nou jwenn nan 2 Korentyen 1:3, 4 la.
Tanpri ouvri Bib nou nan vèsè
ki sèvi kòm tèm pou diskou sa a.
Pandan n ap li vèsè sa yo ankò,
panse ak fason pawòl sa yo
ka ede nou konsole lòt moun
toutpandan nou menm tou
n ap fè fas ak sitiyasyon ki ban nou
strès nan tan difisil sa yo.
2 Korentyen 1:3, 4 di:
“Louwanj pou Sila a ki Bondye
Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li,
Papa ki gen kè sansib la,
Bondye tout konsolasyon an,
ki konsole nou nan tout eprèv nou yo,
yon fason pou nou ka konsole moun
ki nan tout kalite eprèv
grasa konsolasyon nou menm
nou jwenn nan men Bondye.”
Ekspresyon “gen kè sansib la”
soti nan yon mo yo itilize
pou montre lapenn yon moun santi
lè lòt moun ap soufri.
Li dekri fason sa fè Jewova lapenn
lè l ap gade sèvitè l yo
ki nan difikilte.
Epitou, Pòl fè konnen Jewova
se “Bondye tout konsolasyon an”.
Donk, tout konsolasyon
soti nan Jewova.
Vèsè 4 la fè nou wè yon fason
espesyal Jewova bay konsolasyon.
Se pa mwayen frè ak sè nou yo.
Annou li l ankò.
Li di: Jewova “konsole nou
nan tout eprèv nou yo,
yon fason pou nou ka konsole moun
ki nan tout kalite eprèv
grasa konsolasyon nou menm
nou jwenn nan men [l]”.
Èske n te remake ki jan toude
bagay sa yo makònen,
bay konsolasyon
e resevwa konsolasyon.
Jewova konsole nou e antanke
moun ki fèt pòtre ak Bondye,
lespri sen Jewova pouse nou
pou n bay lòt moun konsolasyon.
Kidonk, kretyen yo pa divize
an de gwoup moun:
gwoup k ap bay konsolasyon
ak gwoup k ap resevwa
konsolasyon.
Non!
Nou tout nèt gen obligasyon
pou nou bay konsolasyon
toutpandan nou menm tou
nou bezwen konsolasyon.
Ki jan nou ka fè sa?
Ann pran egzanp apot Pòl.
Pandan l te nan prizon
nan Wòm premye fwa a,
Pòl te montre rekonesans li
pou anpil frè
ki te vin tounen
“yon gwo rekonfò” pou li.
Nan Kolosyen chapit 4, li site non
kèk nan moun sa yo:
Aristak,
Tichik
ak Mak.
Nou pral pale plis de twa
mesye sa yo
pi devan nan emisyon an.
Pòl te kontan anpil pou efò
frè sa yo te fè pou yo vizite l
e pou yo konsole l pa mwayen
pawòl yo ak èd pratik yo te ba li.
Men pou Pòl, se pa t jis
resevwa konsolasyon.
Li te sèvi ak tan l nan prizon an
pou l fòtifye sila yo ki te vin vizite l
e pou l ekri kongregasyon yo
yon seri lèt ankourajman.
Gen yon sè nan Afrik disid
ki rele Clodean
ki te imite egzanp Pòl apre l
te fin fè yon gwo operasyon.
Akoz pandemi COVID-19 la,
li pa t ka resevwa vizitè.
Men, Clodean te detèmine
pou l pa t ret ap plenyen sò l.
Se sa k fè li te mande Bondye
pou l ba l fòs pou l
ankouraje lòt moun.
Li te kontakte yon dam
ki te konn etidye Labib
ak Temwen Jewova yo lontan.
Dam nan te rekòmanse etid la
e li te asiste reyinyon yo
pa mwayen videyo konferans.
Annapre, Clodean te kòmanse
etidye Labib avèk ti sè dam nan.
Li te bay Clodean non kat lòt dam
ki te vle fè etid Labib tou.
Lefètke Clodean te detèmine
pou l konsole lòt moun
toutpandan li menm li te malad,
li te rive kòmanse etid Labib
ansanm ak 16 fi antou.
Pafwa, moun ki dekouraje
oswa ki bezwen konsolasyon
ka yon ti jan renka
pou yo aksepte moun ede yo.
Pa egzanp, apre Moyiz te fin fè
Izrayelit yo konnen
pwomès Bondye fè pou l retire yo
anba jouk ejipsyen yo,
okòmansman, Izrayelit yo “pa t kwè
[Moyiz] paske yo te dekouraje”.
Men annapre, yo te koute Moyiz.
Nawomi, dam non l vle di
“Plezi m” nan,
t ap viv nan yon peyi etranje
paske te gen yon grangou
nan peyi Izrayèl.
Li te yon vèv e li te nan lapenn
akoz lanmò de pitit gason l yo.
Lè l te vin ka retounen
nan peyi Izrayèl,
medam Betleyèm yo te akeyi l,
yo di: “Se pa Nawomi?”
Piske l te santi se Jewova
ki responsab kalamite l yo,
ak anpil lapenn, li reponn yo li di:
“Pa rele m Nawomi.
Rele m Mara pito,
paske Toupisan an fè lavi a
vin anmè anpil pou mwen.”
Sepandan, annapre, Nawomi
te vin pi pwòch pèp Bondye a
e l te aksepte èd yo ba l
avèk lanmou.
Lapenn li an te vin tounen
kè kontan.
Si w ap soufri,
fè efò pou w reziste kont
tandans natirèl nou genyen
pou n izole tèt nou
konsa pou n evite kontak
ak lòt moun.
Sa ka pa fasil pou w fè.
Men eksperyans yo montre
lè n fè efò pou n pase tan
ak lòt moun
sa bay posiblite pou n jwenn
konsolasyon Jewova ban nou
pa mwayen pawòl ak aksyon
frè ak sè nou yo
ki gen konpasyon pou nou.
Konsolasyon Jewova ban nou
lè n ap andire tribilasyon
ka fòme nou pou n vin pi sansib
devan sa lòt moun bezwen.
E sa a, se premye etap
k ap ede n bay konsolasyon.
Se pou n veyatif
e obsève pou n idantifye kiyès
ki bezwen konsolasyon.
Nan anpil ka, bezwen an
ka byen klè.
Frè nou an ka fè yon aksidan,
oswa li pèdi travay li
oubyen yon zanmi pwòch
oswa yon manm fanmi l mouri.
Men pou kèk, nou ka pa toujou
ka wè sa yo bezwen.
Nou ka remake gen yon chanjman
nan konpòtman yo
oswa vizaj yo ka di nou gen yon
bagay ki pap mache twò byen.
Nou pa vle antre nan vi prive yo.
Men avèk jantiyès,
nou ka pwoche yo
epi kite yo di sa yo santi.
Yo ka bezwen tan anvan
yo rive santi yo alèz
pou yo fè sa san pwoblèm.
Donk, nou bezwen pran pasyans.
Dezyèm etap pou n
bay konsolasyon se priye
pou n rive konnen sa nou ka fè.
Petèt, nou ka pa gen
anpil bagay nou ka fè
pou n elimine koz
soufrans moun yo.
Pa egzanp, gen yon misyonè
ki gen lontan nan sèvis la
ki pèdi madanm li, ki di:
“M pa vle sispann tris
pou madanm mwen,
m jis vle aprann andire
sitiyasyon an.”
Sa ki enpòtan pou nou se aplike
pawòl ki nan Pwovèb 3:27 la:
“Pa refize fè byen pou moun
ki bezwen w fè sa pou yo,
depi w kapab fè sa.”
Nou ka santi n yon ti jan dwòl
paske n pa konn sa pou n di
oswa sa pou n fè.
Si se sa, panse ak sans mo grèk
yo mete “konsolasyon”
pou li a nan Bib la.
Mo pou mo li vle di
“yon envitasyon pou w al
bò kote yon moun”.
Donk, fè twazyèm etap la:
mete tèt ou disponib.
Pa santi w oblije fè yon diskou.
Frè nou an oswa sè nou an
bezwen konnen gen yon moun
ki gen sousi pou li.
E jis lefètke nou la sèlman
sa kapab ba l konsolasyon.
Sa ka rive li jis bezwen
yon moun pou l pale avè l.
Si se sa, bat pou w byen koute.
Si w li kèk vèsè nan Bib la
ansanm avè l,
mete aksan sou mo ki montre fason
Jewova santi l anrapò ak soufrans li a.
Se pa sa nou pral di
ak sa n ap fè ki pi enpòtan.
Sa k gen valè se lè nou rekonèt
moun nan ap soufri
e nou montre bonjan konpasyon.
Pa egzanp, gen yon sè k ap travay
nan syèj mondyal la
ki te pèdi manman l ansanm
ak papa l pandan pandemi an.
Apre l te fin pase tout yon jounen
ansanm ak manman l nan lopital la,
jis anvan manman an mouri,
lè l tounen lakay li,
li jwenn yon gwo pànye plen fwi
kèk lòt Betelit te pote lakay li pou li.
Men sa l di:
“Se pa t jis fwi yo paske m te konn
manje fwi sa yo plizyè fwa anvan sa
oswa fason yo te
byen dekore pànye a.
Men, se jan yo te montre
yo t ap panse avè m
ak lanmou ki te dèyè aksyon sa a
ki te plis touche kè m
nan moman ki te pi difisil
nan lavi m nan.”
Lè yon tranblemanntè
ak yon sounami
te ravaje pati lès peyi Japon
nan mwa mas 2011,
frè nan peyi Japon ansanm
ak lòt peyi yo te reyaji tousuit.
Dezan edmi annapre,
madanm mwen avè m
te gen posiblite vizite
plizyè kongregasyon nan zòn sa a.
Frè nan Nepal yo te voye
mesaj konsolasyon
pou yon kongregasyon.
Gen frè nan yon lòt kongregasyon
ki te montre n yon tablo
ki gen plizyè nòt menm jan an
ki ekri nan lang filipin.
Frè yo te di: “Nou pa ka li nòt yo
men nou konnen sa yo di nan nòt yo.”
Ala yon gwo konsolasyon ti mesaj
tou kout sa yo te pote
pou frè k ap viv nan peyi Japon yo.
Pandan nou te nan zòn nan,
gwo siklòn Haiyan nan
t ap ravaje zile Filipin yo.
Anpalan de siklòn nan,
frè peyi Japon yo te di:
“Kounye a se tou pa nou pou n
konsole frè nou yo nan peyi Filipin.”
Plis n ap antre pi fon
nan dènye jou difisil sa yo
se plis n ap bezwen konsolasyon.
Ala nou rekonesan lefètke Jewova
se “Papa ki gen kè sansib la”
e li se “Bondye tout konsolasyon an”!
Li montre li donan lè l
ban n lapriyè kòm kado.
Li ban nou yon pakèt pawòl
konsolasyon nan Bib la
ak yon fanmi frè ak sè
ki gen konpasyon pou nou
toupatou nan monn nan.
Pandan n ap jwenn byenfè
nan dispozisyon sa yo
ki montre lanmou,
nou swete n vin veyatif
pou n idantifye moun
ki bezwen konsolasyon yo,
pou n rive wè ki èd pratik
nou ka ba yo
e n pran inisyativ pou n
konsole lòt moun
toutpandan nou menm n ap fè fas
ak moman difisil sa yo.