00:00:00
Nan ane 1960 yo,00:00:01
00:00:02
Afrik disid te kòmanse antre nan
fè lagè pi plis toujou00:00:04
00:00:04
ak peyi ki ozalantou l yo. 00:00:06
00:00:07
Kòm rezilta, yo te fòse anpil
nan jèn frè nou yo00:00:10
00:00:10
pou yo antre nan lame.00:00:11
00:00:11
Men, piske yo pa t mele nan politik, 00:00:13
00:00:13
yo te voye frè nou yo nan prizon. 00:00:15
00:00:15
Okòmansman, lè yo te voye
frè yo nan prizon militè a, 00:00:19
00:00:19
yo te egzije yo pou yo mete
inifòm lame a sou yo. 00:00:22
00:00:22
Natirèlman, yo te refize fè sa a. 00:00:24
00:00:24
Frè yo te santi si yo te mete rad sa a, 00:00:27
00:00:27
sa t ap fè moun yo idantifye yo
tankou solda,00:00:29
00:00:29
e yo pa t vle sa. 00:00:31
00:00:31
Se sa k fè yo te abiye an ble nèt, 00:00:33
00:00:33
e yo te vin rele yo ti mesye ki abiye an ble yo. 00:00:36
00:00:36
Tout moun te konnen ti mesye
ki abiye an ble yo 00:00:39
00:00:39
se Temwen Jewova. 00:00:40
00:00:41
Lè frè yo te fèk al prizon,00:00:43
00:00:43
yo te mete yo chak nan yon selil apa 00:00:45
00:00:45
e sa te fè l difisil anpil00:00:47
00:00:47
pou yo te reyini ansanm
pou adore yo Jewova.00:00:49
00:00:50
Youn nan frè ki te la nan moman sa a,00:00:51
00:00:51
se David Caricas. 00:00:53
00:00:53
Sa pa gen twò lontan,
Dave avè m te rankontre 00:00:56
00:00:56
e nou t ap pale de eksperyans00:00:57
00:00:57
nou te fè nan prizon an. 00:00:58
00:00:58
Lè m te nan prizon an,00:01:00
00:01:00
yo pa t vle pou nou youn ap pale ak lòt. 00:01:02
00:01:03
Nou chak la te pase pifò tan nou
fèmen yon kote poukont nou. 00:01:07
00:01:07
Objektif yo se te fè nou
sispann sèvi Jewova. 00:01:11
00:01:11
Te gen 64 selil, 32 sou chak bò.00:01:14
00:01:14
Nou te konn mare twal00:01:16
00:01:16
nan ba fè anlè tèt pòt la00:01:18
00:01:18
e konsa, nou te ka jwenn
yon kote pou n chita. 00:01:21
00:01:22
Lè tout bagay te fèmen
e te gen yon ti kalmi, 00:01:24
00:01:24
lè sa a, nou te fè reyinyon yo. 00:01:26
00:01:27
Nou te konn fè tout reyinyon yo nèt.00:01:29
00:01:29
Nou te konn fè diskou piblik ak
Lekòl ministè teyokratik la. 00:01:33
00:01:33
Nou te konn fè reyinyon nou yo tou ba00:01:35
00:01:35
jis pou youn te ka tande lòt.00:01:37
00:01:37
Frè ki t al nan prizon 10 an anvan m yo,00:01:40
00:01:40
te gen yon gwo enfliyans sou mwen. 00:01:43
00:01:43
Yo te kite yon bèl egzanp pou mwen. 00:01:45
00:01:45
Lè frè sa yo te sot nan prizon an,
lafwa yo te solid anpil. 00:01:48
00:01:48
Yo te gen anpil kè kontan00:01:50
00:01:50
e sa te vrèman ankouraje
jèn frè tankou m yo 00:01:53
00:01:53
ki t ap prepare yo pou y al
nan prizon nan epòk la. 00:01:56
00:01:56
Bagay yo te yon ti jan diferan lè m te la a. 00:01:59
00:01:59
Mwen menm avè w nou te nan menm prizon. 00:02:01
00:02:01
Men, lè wikenn, yo pa t konn fèmen nou. 00:02:04
00:02:04
Nou te ka fè sa nou vle. 00:02:05
00:02:05
E se konsa, nou te konn mete
chèz yo deyò, 00:02:08
00:02:08
oubyen nou te konn met bokit yo tèt anba, 00:02:10
00:02:10
epi nou chita an gwoup. 00:02:12
00:02:12
Se konsa nou te konn fè pifò reyinyon nou yo, 00:02:15
00:02:15
sa gen ladan l nou te konn chante. 00:02:17
00:02:17
Gen kèk frè ki te menm konn fè pwòp
enstriman mizik pa yo. 00:02:20
00:02:20
Donk, gad yo te vin abitye ak chante nou yo00:02:23
00:02:24
e sa pa t deranje yo. 00:02:25
00:02:26
“Jewova Dye se Bèje mwen,00:02:32
00:02:33
Pouki pou’m pè, pou’m tranble” 00:02:38
00:02:38
Epitou, si n te veyatif
pandan wikenn yo, 00:02:41
00:02:41
nou t ap ka jwenn sa n bezwen pou n fè 00:02:43
00:02:43
asanble sikonskripsyon yo
ak kongrè distri yo. 00:02:45
00:02:46
Waw! 00:02:46
00:02:46
E konsa, nou t ap ka fè pwòp kongrè pa nou. 00:02:49
00:02:49
Youn nan foto sa yo00:02:50
00:02:50
montre frè nou yo ki abiye
ak abiman dram sou yo.00:02:54
00:02:54
Yo te konn pote yo pou nou
a sizè nan maten, 00:02:57
00:02:57
konsa sa te vin fè l pi difisil
pou gad yo ta wè nou. 00:03:00
00:03:00
E frè yo te renmen sa,
paske sa te ede yo imajine sèn biblik yo. 00:03:04
00:03:05
Sitou, nou pa t vle pou
gad yo wè nou ap jwe dram. 00:03:07
00:03:09
Sa estrawòdinè pou n wè,
malgre n te nan prizon,00:03:12
00:03:12
Jewova te fè n jwenn yon kantite
manje nan domèn espirityèl. 00:03:15
00:03:15
Wi, se vre. 00:03:16
00:03:17
Kit otorite yo te dakò, kit yo pa t dakò, 00:03:19
00:03:20
nou pa t ka pa fè reyinyon yo,
paske yo enpòtan anpil. 00:03:24
00:03:24
Wi, se konsa sa a te ye. 00:03:26
00:03:26
Sa k te ede n andire se
enfòmasyon ki baze sou Bib la 00:03:29
00:03:29
e lanmou nou te gen youn pou lòt
ak ankourajman nou te jwenn. 00:03:32
00:03:32
Se sa k fè, frè yo te fè tout sa yo kapab00:03:35
00:03:35
pou yo òganize reyinyon yo. 00:03:37
00:03:37
E yon bèl egzanp nou genyen
se Memoryal la. 00:03:39
00:03:40
Lè m te nan prizon an,
nou te mande otorite yo: 00:03:43
00:03:43
“Tanpri, kite n fè Memoryal la.” 00:03:45
00:03:45
E repons yo te bay la se te non. 00:03:47
00:03:47
Donk, nou te prepare nou pou n fè Memoryal la00:03:49
00:03:49
menmsi yo pa ban nou pèmisyon, 00:03:51
00:03:51
men, nou te di n ap kontinye mande yo. 00:03:53
00:03:53
Finalman, jou Memoryal la,
se te yon madi apremidi. 00:03:57
00:03:57
Sanzatann, yo te ouvri selil nou yo,
epi yo te di nou al benyen. 00:04:01
00:04:01
Nòmalman, se pa t nan lè sa a
nou te konn al benyen. 00:04:04
00:04:04
E, yo te di nou:00:04:05
00:04:05
“Al abiye nou pou reyinyon nou an aswè a.” 00:04:07
00:04:07
Vrèman!00:04:08
00:04:08
Bò setè nan aswè, nou te fè Memoryal la00:04:11
00:04:11
nan yon ti chapèl ki te gen nan prizon an. 00:04:13
00:04:13
Nou te anviwon 125 frè00:04:16
00:04:17
lè n te kòmanse chante
ak tout fòs nou nan ti chapèl la. 00:04:20
00:04:20
E prèske nou tout te ak dlo nan je. 00:04:24
00:04:24
Apre Memoryal la nou te sot deyò, 00:04:26
00:04:26
e m toujou sonje plèn lin
ki te parèt nan direksyon lès00:04:30
00:04:31
sou tèt baz militè Afrik disid la. 00:04:34
00:04:34
Se te tankou yon viktwa. 00:04:35
00:04:35
Piske se te volonte Jewova
pou n te fè Memoryal la, 00:04:38
00:04:38
pèsonn pa t ka kanpe l. 00:04:39
00:04:39
E se yon Memoryal m pap janm
ka bliye nan lavi m. 00:04:43
00:04:43
Sa dwe te bèl! 00:04:44
00:04:45
Reyinyon nou te fè ansanm nan prizon an, 00:04:47
00:04:47
fè m reyalize00:04:48
00:04:48
privilèj nou genyen pou n reyini ansanm nan 00:04:51
00:04:51
se yon kado Jewova ban nou00:04:53
00:04:53
olye se nou menm ki fè l kado sa a 00:04:55
00:04:55
Wi, se vre. 00:04:56
00:04:56
E se pi bon fason pou n
santi nou pwòch youn ak lòt. 00:04:59
00:05:00
Li fè sa vre. 00:05:01
00:05:01
Nou vrèman bezwen reyinyon yo. 00:05:03
00:05:03
Yo fòtifye lafwa nou. 00:05:04
00:05:04
Bon, sitou apre eksperyans
ou fin rakonte m la a, 00:05:07
00:05:07
sa fè m wè reyinyon yo yon lòt fason. 00:05:09
00:05:09
Yo se yon kado ki gen anpil valè. 00:05:11
00:05:11
Pèp Jewova pa fasil rate reyinyon00:05:13
00:05:13
e yo la an pèsòn depi yo kapab. 00:05:15
00:05:15
Sa ankourajan lè w tande frè yo
k ap pale sou lafwa yo00:05:19
00:05:19
e w gen posibilite pale sou lafwa pa w tou. 00:05:22
00:05:22
Sa gen anpil enpòtans. 00:05:24
00:05:25
Nou pa jis yon gwoup moun
ki aprann menm bagay. 00:05:28
00:05:28
Nou se yon fanmi espirityèl. 00:05:30
00:05:30
E Jewova konnen sa nou bezwen00:05:32
00:05:32
pou n rete pwòch e ankouraje youn lòt,00:05:34
00:05:34
sitou jan Pòl di sa ‘vin jwenn se
pwoche jou a ap pwoche’. 00:05:39
Ti mesye ki abiye an ble yo te bay reyinyon kretyen yo anpil valè
-
Ti mesye ki abiye an ble yo te bay reyinyon kretyen yo anpil valè
Nan ane 1960 yo,
Afrik disid te kòmanse antre nan
fè lagè pi plis toujou
ak peyi ki ozalantou l yo.
Kòm rezilta, yo te fòse anpil
nan jèn frè nou yo
pou yo antre nan lame.
Men, piske yo pa t mele nan politik,
yo te voye frè nou yo nan prizon.
Okòmansman, lè yo te voye
frè yo nan prizon militè a,
yo te egzije yo pou yo mete
inifòm lame a sou yo.
Natirèlman, yo te refize fè sa a.
Frè yo te santi si yo te mete rad sa a,
sa t ap fè moun yo idantifye yo
tankou solda,
e yo pa t vle sa.
Se sa k fè yo te abiye an ble nèt,
e yo te vin rele yo ti mesye ki abiye an ble yo.
Tout moun te konnen ti mesye
ki abiye an ble yo
se Temwen Jewova.
Lè frè yo te fèk al prizon,
yo te mete yo chak nan yon selil apa
e sa te fè l difisil anpil
pou yo te reyini ansanm
pou adore yo Jewova.
Youn nan frè ki te la nan moman sa a,
se David Caricas.
Sa pa gen twò lontan,
Dave avè m te rankontre
e nou t ap pale de eksperyans
nou te fè nan prizon an.
Lè m te nan prizon an,
yo pa t vle pou nou youn ap pale ak lòt.
Nou chak la te pase pifò tan nou
fèmen yon kote poukont nou.
Objektif yo se te fè nou
sispann sèvi Jewova.
Te gen 64 selil, 32 sou chak bò.
Nou te konn mare twal
nan ba fè anlè tèt pòt la
e konsa, nou te ka jwenn
yon kote pou n chita.
Lè tout bagay te fèmen
e te gen yon ti kalmi,
lè sa a, nou te fè reyinyon yo.
Nou te konn fè tout reyinyon yo nèt.
Nou te konn fè diskou piblik ak
Lekòl ministè teyokratik la.
Nou te konn fè reyinyon nou yo tou ba
jis pou youn te ka tande lòt.
Frè ki t al nan prizon 10 an anvan m yo,
te gen yon gwo enfliyans sou mwen.
Yo te kite yon bèl egzanp pou mwen.
Lè frè sa yo te sot nan prizon an,
lafwa yo te solid anpil.
Yo te gen anpil kè kontan
e sa te vrèman ankouraje
jèn frè tankou m yo
ki t ap prepare yo pou y al
nan prizon nan epòk la.
Bagay yo te yon ti jan diferan lè m te la a.
Mwen menm avè w nou te nan menm prizon.
Men, lè wikenn, yo pa t konn fèmen nou.
Nou te ka fè sa nou vle.
E se konsa, nou te konn mete
chèz yo deyò,
oubyen nou te konn met bokit yo tèt anba,
epi nou chita an gwoup.
Se konsa nou te konn fè pifò reyinyon nou yo,
sa gen ladan l nou te konn chante.
Gen kèk frè ki te menm konn fè pwòp
enstriman mizik pa yo.
Donk, gad yo te vin abitye ak chante nou yo
e sa pa t deranje yo.
“Jewova Dye se Bèje mwen,
Pouki pou’m pè, pou’m tranble”
Epitou, si n te veyatif
pandan wikenn yo,
nou t ap ka jwenn sa n bezwen pou n fè
asanble sikonskripsyon yo
ak kongrè distri yo.
Waw!
E konsa, nou t ap ka fè pwòp kongrè pa nou.
Youn nan foto sa yo
montre frè nou yo ki abiye
ak abiman dram sou yo.
Yo te konn pote yo pou nou
a sizè nan maten,
konsa sa te vin fè l pi difisil
pou gad yo ta wè nou.
E frè yo te renmen sa,
paske sa te ede yo imajine sèn biblik yo.
Sitou, nou pa t vle pou
gad yo wè nou ap jwe dram.
Sa estrawòdinè pou n wè,
malgre n te nan prizon,
Jewova te fè n jwenn yon kantite
manje nan domèn espirityèl.
Wi, se vre.
Kit otorite yo te dakò, kit yo pa t dakò,
nou pa t ka pa fè reyinyon yo,
paske yo enpòtan anpil.
Wi, se konsa sa a te ye.
Sa k te ede n andire se
enfòmasyon ki baze sou Bib la
e lanmou nou te gen youn pou lòt
ak ankourajman nou te jwenn.
Se sa k fè, frè yo te fè tout sa yo kapab
pou yo òganize reyinyon yo.
E yon bèl egzanp nou genyen
se Memoryal la.
Lè m te nan prizon an,
nou te mande otorite yo:
“Tanpri, kite n fè Memoryal la.”
E repons yo te bay la se te non.
Donk, nou te prepare nou pou n fè Memoryal la
menmsi yo pa ban nou pèmisyon,
men, nou te di n ap kontinye mande yo.
Finalman, jou Memoryal la,
se te yon madi apremidi.
Sanzatann, yo te ouvri selil nou yo,
epi yo te di nou al benyen.
Nòmalman, se pa t nan lè sa a
nou te konn al benyen.
E, yo te di nou:
“Al abiye nou pou reyinyon nou an aswè a.”
Vrèman!
Bò setè nan aswè, nou te fè Memoryal la
nan yon ti chapèl ki te gen nan prizon an.
Nou te anviwon 125 frè
lè n te kòmanse chante
ak tout fòs nou nan ti chapèl la.
E prèske nou tout te ak dlo nan je.
Apre Memoryal la nou te sot deyò,
e m toujou sonje plèn lin
ki te parèt nan direksyon lès
sou tèt baz militè Afrik disid la.
Se te tankou yon viktwa.
Piske se te volonte Jewova
pou n te fè Memoryal la,
pèsonn pa t ka kanpe l.
E se yon Memoryal m pap janm
ka bliye nan lavi m.
Sa dwe te bèl!
Reyinyon nou te fè ansanm nan prizon an,
fè m reyalize
privilèj nou genyen pou n reyini ansanm nan
se yon kado Jewova ban nou
olye se nou menm ki fè l kado sa a
Wi, se vre.
E se pi bon fason pou n
santi nou pwòch youn ak lòt.
Li fè sa vre.
Nou vrèman bezwen reyinyon yo.
Yo fòtifye lafwa nou.
Bon, sitou apre eksperyans
ou fin rakonte m la a,
sa fè m wè reyinyon yo yon lòt fason.
Yo se yon kado ki gen anpil valè.
Pèp Jewova pa fasil rate reyinyon
e yo la an pèsòn depi yo kapab.
Sa ankourajan lè w tande frè yo
k ap pale sou lafwa yo
e w gen posibilite pale sou lafwa pa w tou.
Sa gen anpil enpòtans.
Nou pa jis yon gwoup moun
ki aprann menm bagay.
Nou se yon fanmi espirityèl.
E Jewova konnen sa nou bezwen
pou n rete pwòch e ankouraje youn lòt,
sitou jan Pòl di sa ‘vin jwenn se
pwoche jou a ap pwoche’.
-