JW subtitle extractor

Domenic Alessia: Twoub mantal mwen an pa t anpeche m jwenn espwa

Video Other languages Share text Share link Show times

M te resevwa yon bon edikasyon.
Paran m yo te renmen m anpil,
Men, m te toujou santi m
manke yon bagay.
M pa t santi m nan po m.
M pa t gen kè kontan.
Lè m te jèn, m te
renmen mizik anpil.
M te kòmanse chante
nan yon koral
e m te patisipe nan anpil
konkou chan.
Lè m t ap chante,
m te santi m enpòtan.
Donk, m te kòmanse di tèt mwen,
si m pa vin yon
gran chantè,
m pap janm gen
kè kontan nan vi m.
Lè m te vin pi gran,
m te konn santi m tris toutan.
M t al wè yon sikyat
e li te di m mwen fè depresyon.
Donk, lè sa a mizik te vin
sèl sa ki enpòtan pou mwen.
M te toujou ap pran kou chan
e pwofesè chan m nan
nan epòk la
te ankouraje m pou m ale nan
École des beaux arts du Victoria.
E m te kòmanse jwe nan...
nan teyat Opera.
M te wè sa te amizan.
Konsa, m te vin gen yon diplòm
nan opera.
Men, menm apre sa,
m te santi m manke yon bagay.
Nan tèt mwen,
m te toujou ap panse
ak yon sèl bagay,
sèke depi m ta vin popilè,
tout bagay ap byen mache pou mwen.
Pandan tan sa a, m t al pase
kèk tès chan tou
nan Opera Ostrali a
e yo te pran m.
Opera Ostrali se pi gran konpayi
opera peyi a genyen.
Grasa li m te rive dekouvri anpil
bagay toupatou nan monn nan,
tankou Laswis,
Lagrès
ak Ong Kong.
Pandan tan sa a, m te vin
gen yon twoub mantal.
M t ap goumen ak enkyetid
ak panse nuizib
ki te ban m anpil tèt chaje.
Tèt mwen pa t fin la nèt.
M te renmen chante,
men anmenmtan,
m te santi m manke yon bagay.
Men, m pa t ka wè ki sa l ye.
Rive yon lè,
m te bay tout bagay vag.
M te kite Opera,
m te abandone tout bagay.
M te jis ap viv lavi m.
M bwè, m manje jis pou m ret an vi.
Men, m pa t gen okenn objektif.
M pa t gen respè pou tèt mwen.
E pandan dizan,
m pa t regle anyen k serye.
Pandan ane yo t ap pase,
Temwen Jewova yo te konn
kite peryodik lakay la
e m te konn li yo.
E lè m te li yo, yo te konn ede m.
Lè m te piti, papa m
te kòmanse etidye Labib.
Lè m te aprann konnen
nou kapab viv pou toutan
e Jewova se yon Bondye
ki gen lanmou.
Se tankou se yon bagay
m te dwe konnen,
men, m pa t janm reyalize m te
bezwen konnen bagay sa a.
Epi yon jou, bridsoukou,
m santi fò m fè yon bagay.
M te chita lakay la, m t ap li
e m te di tèt mwen:
“Dom, ou dwe al nan reyinyon.”
M te konn kote Sal la te ye.
Men, m te toujou twouve l
difisil pou m al nan reyinyon.
M te pè.
M te priye Jewova m te di l:
“Pa kite twoub mantal mwen an
anpeche m vin zanmi w.”
Yon ti tan annapre,
finalman,
m te deside pou m al nan reyinyon.
E lè m t al nan reyinyon,
m te di tèt mwen:
“Ki kote m te ye?
Poukisa m te pè konsa?”
M tèlman santi m byen la.
Tank m t apral nan reyinyon
se tank m t ap vin pi byen.
M te batize an 2020
e m ka di se te pi bèl jou
nan lavi m.
M te toujou konnen m manke
yon bagay,
Kounye a, m konnen ki sa l te ye.
Se te laverite,
se te Jewova.
Kounye a, m kapab viv ak maladi m nan.
E menmsi pafwa m konn tris
e m konn yon ti jan enkyè,
menm kote a m di tèt mwen:
‘Frè ak sè nan kongregasyon an
renmen m.
Jewova renmen m.
Se sa ki pi enpòtan.’
E sa konn fè m santi m kalm.
Lè m nan travay predikasyon an,
m panse plis ak lòt moun
e sa ede m pou m pa konsantre
sou tèt mwen
ak pwoblèm mwen yo.
Se vre medikaman
ak konsèy yo ede m,
men ou konnen,
medikaman yo ede m
nan mezi sa posib.
E vrèmanvre, gen yon seri
de bagay
medikaman pap ka fè pou ou
tankou ba w espwa.
Yo pa ba w konviksyon
bagay yo ap pi bon demen.
Jis kounye a,
m ka di m pa t janm panse
m t ap rive nan pwen m ye la.
Se sèlman Jewova ki te ka fè sa.
M konn sa paske si m te ka
fè l poukont mwen, m ta fè l deja.
Se kounye a, m resi pran
plezi nan chante.