JW subtitle extractor

Tele JW — Desanm 2025: Gradyasyon 158yèm klas Galaad

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan akeyi nou
nan emisyon Tele JW!
Nan dat ki te
13 septanm 2025 lan,
158yèm klas Galaad la
te fini senk mwa etid
an pwofondè yo t ap fè yo.
Jou gradyasyon an se yon jou
kote gen yon melanj
emosyon tankou:
soulajman lefètke
nou rive fini kou a,
lajwa paske n ap pataje
moman sa a
ak fanmi nou ak zanmi nou,
e petèt, petèt,
nou gen kèk enkyetid
konsènan nouvo asiyasyon nou.
Donk, ann koute diskou
ankourajan sa yo
kèk frè ki gen eksperyans
pral bay.
Nou konnen nou pral byen
pwofite trezò espirityèl
ki gen nan gradyasyon sa a.
Se ak anpil kè kontan
m ap akeyi nou tout
nan pwogram gradyasyon
ki te òganize pou 158yèm klas
Lekòl Galaad la.
Mwen ta renmen pale avèk nou,
nou tout 52 elèv
nou renmen anpil yo
ki soti nan 158yèm klas la,
sou tèm sa a: “Kontinye aji
tankou sèl pou tè a.”
Bon, annou fè yon koudèy
nan Matye 5:13,
Jezi te fè kòmantè sa a
nan vèsè 13 la
(kounye a, n ap jis li
premye pati vèsè a).
Men sa l di:
“Nou se sèl pou tè a.”
Nou jwenn pawòl sa yo
Jezi te di
nan bèl Diskou sou mòn nan.
E menm lè te gen yon gwo foul
moun ki t ap byen pwofite diskou sa a,
ak kiyès menm nan moun ki te la yo
Jezi t ap pale nan moman sa a?
Ebyen, li t ap pale ak disip li yo.
E pawòl li t ap di la a yo te
sitou konsène 12 apot li yo,
yo menm li te fèk sot chwazi,
petèt, yo te chita toupre l
nan moman sa a.
Bon, sila yo sitou te
bezwen fòmasyon
pou yo te kapab bay
kongregasyon an bon egzanp
nan atitid yo e pou yo te ka dirije l.
Se ak disip sa yo, sitou apot li yo,
pawòl Jezi ki di “nou se sèl
pou tè a” te aplike.
Se sèten, yo aplike pou nou tou,
elèv nou renmen anpil yo,
jan nou pral wè sa nan diskou sa a.
Sa enteresan pou n wè Jezi
pa t itilize yon konparezon la a.
Li pa t di: “Nou tankou sèl.”
Non! Se te yon metafò.
Li te di: “Nou se sèl.”
Li te fè konnen kiyès yo ye,
men, pa ak ki sa yo sanble.
Donk, ki sa Jezi te gen nan
lespri l lè l te itilize metafò sa a?
Ebyen, li t ap montre disip li yo
ta dwe gen efè sou moun
menm jan sèl gen efè
sou kèk bagay.
Bon, ki sa l te gen
nan lespri l menm?
Annou pale sou twa bagay
Jezi te ka gen nan lespri l
lè l te itilize metafò sa a.
E nou pral wè, nou menm
elèv nou renmen anpil yo,
nou tankou sèl nan twa
fason sa yo.
Pou kòmanse, nou prale nan
Kolosyen chapit 4,
Kolosyen chapit 4.
Sandout, Jezi te ka byen ap
panse ak kèk bagay ki gen nan sèl
e nou jwenn yo nan
Kolosyen 4:6.
Li di: “Se pou pawòl nou
toujou bèl,
se pou l sizonnen ak sèl,
yon fason pou nou konnen jan
nou dwe reponn chak moun.”
Ki sa sèl gen ladan l
y ap pale de li la a?
Li ka sizonnen manje.
Li leve gou manje.
Se sèten li ka fè manje a vin
pi atiran e li pi gou, pa vre?
Nou sèten se konsa nou pral ye
nou menm elèv nou renmen anpil yo.
Keseswa nan pawòl nou,
nan konduit nou,
sitou apre tout sa n sot aprann
nan Galaad yo,
nou pral sèvi ak bon ti pawòl
ki fè moun santi yo byen,
ki gen bon gou, kit se nan Betèl
yo voye nou sèvi yo,
kit se nan kongregasyon
yo asiyen nou an.
Nou pap sizonnen pawòl n ap
di yo ansanm ak piman.
Nou wè, vèsè a pa di sizonnen l
ak piman, pa vre?
Li pa di fè l ak pwav,
piman zwazo, piman bouk
oswa lòt kalite piman pike,
men, li di sèl.
Donk, se pa pike,
men, se bon gou.
Nou wè sa!
Se konsa nou sipoze pale.
Nou pral fè sa nan
diskou n ap bay yo,
nan kòmantè nou fè
nan reyinyon,
nan konvèsasyon nou yo.
N ap ka sizonnen fanmi Betèl
kote nou prale a
ak kongregasyon kote
yo asiyen nou yo.
Bon, ki sa n ta ka di konsènan
dezyèm bagay ki nan sèl la?
Bon, nou pap li l, men,
nan Ezekyèl 16:4 la,
yo pale de abitid moun yo
te konn gen nan tan biblik yo
pou yo pase sèl sou kò yon
tibebe ki fèk fèt, yo pase sèl sou li.
Nou konn sa, yo te konn pase
sèl sou kò yon tibebe ki fèk fèt.
Men, poukisa yo te konn fè sa?
Ebyen, youn nan rezon yo se
paske sèl kapab touye mikwòb
e l ka fè prevansyon
kont enfeksyon.
E menm jodi a,
moun ki gen gòj fè mal,
souvan, yo gagari dlo sèl
pou yo ka touye mikwòb e
pou yo redui enflamasyon.
Anpil moun abitye lave
legim yo ak dlo sale
pou ede yo dezenfekte legim
yo pral manje yo.
Nou wè sa!
Sèl ka touye oswa
li ka detwi bakteri
ak lòt jèm ki ka bay maladi.
Donk, petèt, nou menm elèv yo
nou pa t janm di tèt nou
nou se moun ki ka touye jèm
ki bay maladi
oswa nou ka konbat mikwòb.
Men, nan je Jewova, se konsa n ye.
Se konsa n ye vre!
Bon, ann pran yon egzanp
sou pwen sa a.
Nan fanmi Betèl oswa nan
kongregasyon kote w ap sèvi,
yon moun ta kòmanse ap fè
tripotay sou lòt frè ak sè yo.
Donk, sa a se yon mikwòb,
pa vre?
Bon, w ap touye mikwòb sa a.
W ap chanje sijè a.
W ap di kèk bagay pou defann frè a.
Donk, w ap fè yon fason pou w
rive touye mikwòb la.
Se sa n ap fè, pa vre?
Ann pran yo egzanp.
Petèt yon moun di:
“Ou wè, ansyen sa a,
misye toujou ap depase lè
yo bay pou patisipasyon l yo.”
E ou menm, w ap di yon pawòl tankou:
“Bon, sa w di a se vre, men,
èske w pa vrèman renmen frè sa a,
jan l gen lanmou e jan l gen bonte,
e jan li bay tout li menm pou l ka
pran swen kongregasyon an?
Èske sa sèlman pa fè w
renmen frè sa a?”
Donk ou wè, ou touye mikwòb la.
Ou fè yon fason pou w rive
konbat mikwòb la.
E n ap fè sa nan tèritwa a tou.
N ap touye mikwòb yo: mikwòb
trinite a, mikwòb dife lanfè a,
mikwòb nanm ki pa ka mouri a
ak lòt fo doktrin ankò.
N ap touye mikwòb sa yo.
Bon, ann pale sou yon twazyèm
bagay ki gen nan sèl
Jezi te ka byen gen nan lespri l.
Ann al nan Levitik
chapit 2, tanpri,
Levitik chapit 2,
e n apral li vèsè 13.
Li di: “Se pou n mete sèl nan tout
ofrann manje angren nou yo.
Nou pa dwe bliye mete sèl
k ap fè nou sonje alyans Bondye a
nan ofrann manje angren nou yo.
Se pou n mete sèl nan tout
ofrann n ap prezante yo.”
Nan Lwa Moyiz la yo te egzije
pou yo sizonnen
tout sakrifis y ap ofri Jewova
sou lotèl la avèk sèl.
Bon, pou yo te rive fè sa,
istwa Juif yo fè konnen
te gen yon gwo veso ki plen sèl
yo te mete anba ranp
pou monte sou lotèl la.
E te gen yon gwo chanm
kote yo te konn stoke sèl,
yo te rele “chanm sèl la”
ki te gen yon gwo kantite sèl
yo te stoke nan depo pou yo ka
respekte egzijans Jewova a.
Men, kesyon nou ka
poze tèt nou se:
Men, pou ki rezon Jewova
te fè egzijans sa a?
Ebyen, men ki kòmantè
Toudegad fè, li di:
“Li pa t la pou l te bay sakrifis
yo te gen pou yo fè yo pi bon gou
men, ta sanble li te la paske sèl
ka anpeche bagay yo
gate oswa enfekte.”
E sa yo di a se vre?
E sa se twazyèm bagay sèl ka fè:
li ede nou konsève bagay yo.
Li anpeche bagay yo gate,
enfekte oswa pouri.
Nou ka konsève vyann
avè l, pa egzanp,
pandan anpil anpil tan
san n pa mete l nan frijidè,
depi nou sèvi avèk sèl.
Nou ka konsève l pandan
anpil anpil tan.
Nou wè sa!
Li ede n konsève l.
Donk, menm jan an tou,
nan domèn espirityèl,
nou ede moun yo konsève lavi yo,
nan asiyasyon nou yo.
E nou sèten se konsa nou ap aji.
Pa egzanp, si n kòmanse
yon etid Labib
avèk yon moun k ap fimen,
poumon moun sa a ak
kè moun sa a deja malad,
oswa petèt, yon moun k ap
pran dwòg, sèvo l deja gate,
oswa yon moun k ap bwè,
fwa li deja andomaje,
oswa yon moun k ap
pratike imoralite seksyèl,
li an danje pou l pran
tout kalite vye maladi.
E lè w kòmanse anseye
moun sa a laverite,
avèk èd Jewova, li pral
kanpe vye abitid sa yo,
k ap gate kò moun nan.
Tout ap fini, pa vre?
E byen souvan, se pa sèlman konsève
sèl la ede nou konsève bagay yo,
men, li ede lespri moun nan
rete fre tou.
E menm kò moun nan vin pi fre,
moun nan vin pi bèl.
E byennantandi, pandan
w ap anseye moun nan laverite,
li vin bati yon relasyon
avèk Jewova,
e konsa, ou ede moun sa a
konsève lavi l pou tout letènite.
Donk, vrèmanvre, nou konsève
lavi moun yo nan tèritwa a.
E nan fanmi Betèl la tou,
si yon moun ta pran yon
direksyon ki ka lakòz danje pou li
nan domèn espirityèl, nou menm ki
gen bon relasyon avèk Jewova,
n ap eseye “redrese [moun sa a]
avèk dousè”
e nou eseye konsève lavi l,
yon lavi ki te ka pèdi.
Bon, sa yo se jis kèk egzanp
sou fason nou ka aji pou n
konsève lavi moun yo.
E jan nou sot wè sa, sèl la gen
plizyè bon bagay li kapab fè.
Nou te wè fason yo kapab
sizonnen avè l,
yo ka touye mikwòb avè l
e yo ka konsève avè l.
Egzanp nou sot wè la a
gen anpil sans, pa vre?
E si n panse ak sa, se vrèman
yon konpliman sa ye.
E se ak tout kè n,
n ap fè nou konnen sa,
nou vle fè nou konpliman sa a,
nou menm elèv yo.
Wi, “nou se sèl pou tè a”.
Men, apre l fin fè yo konpliman an,
si n fè ton ti retounen
nan Matye chapit 5 lan,
apre Jezi te fin bay konpliman sa a,
Jezi te bay yon avètisman.
Kounye a, annou gade Matye 5:13.
Nou pral li tout vèsè a.
Jezi di: “Nou se sèl pou tè a.
Men, si sèl la pèdi gou l,
ki jan y ap fè pou yo fè l
vin sale ankò?
Li vin pa itil anyen ankò,
e yon sèl bagay yo ka fè avè l,
se jete l deyò pou moun
mache sou li.”
Donk, jan nou wè sa, sèl
kapab vin kontamine, pa vre?
Li ka vin fad, li chanje gou
e li vin pa efikas
si li vin melanje ak bagay
ki ka gate l.
Donk, se menm bagay la
pou nou tou.
Nou bezwen fè efò pou n rete tankou
bon sèl nan domèn espirityèl,
pou n toujou ret sale,
si n ka di sa.
Bon, ki jan n ka fè sa?
Ebyen, se sèten, si nou
aplike tout bèl bagay
nou sot aprann nan lekòl la
pandan senk dènye mwa sa yo,
n ap ret tankou yon bon sèl
nan domèn espirityèl.
Moman an rive kounye a
pou n byen pwofite
yon pati nan pwogram nan
nou vin renmen anpil
pandan dènye ane sa yo.
Pati sa a se “Ti koze pa nou”.
Tanpri, byen koute frè Joel Kelly,
yon lòt enstriktè Galaad
nou renmen anpil.
Se li menm k ap prezante nou
pwogram sa a,
Ti koze pa nou”.
Nou kontan akeyi nou nan yon
lòt emisyon Ti koze pa nou.
Nan Ezayi 64:8,
Jewova dekri tèt li tankou
“Atizan ki ban nou fòm nan”
e li pale de nou tankou “ajil”.
Se vre, menm jan ak ajil
nou enpafè,
men, Jewova ka ban
nou fòm kanmenm.
Toutotan nou ret byen dispoze
pou li ban nou fòm,
Jewova ka fè n tounen
kèlkeswa sa l vle nou tounen
pou l akonpli objektif li.
Annou gade ki jan li fè sa
avèk senk nan elèv ki soti
nan 158yèm klas Galaad la.
Pandan n ap tande eksperyans yo,
tanpri, remake kalite Jewova yo
ak sa li fè pandan li t ap
gide elèv sa yo nan lavi yo.
Pou kòmanse, ann akeyi Mark
ak Melissa Gratrix
ki soti nan filyal Grann Bretay.
Mèsi anpil paske nou avèk nou
nan emisyon Ti koze pa nou jodi a.
Mèsi.
Bon, jan n te di sa a, nou soti
nan filyal Grann Bretay la,
men, èske nou toude se Anglè?
Wi, m soti toupre
Manchester nan nò peyi Angletè.
Non, mwen m soti Detroit,
Michigan, Ozetazini.
Bon, nou chak nou te nan yon bò
Oseyan Atlantik la.
Kòman n te fè rankontre menm?
Mwen te ale antanke delege
nan yon kongrè entènasyonal
ki t ap fè toupre kote Melissa
abite, se te an 1998
se lè sa a nou te tou rankontre.
anviwon setan te pase anvan
nou te vin marye finalman.
Oke, di m non, nan epòk sa yo,
ki jan n ta di lavi nou te ye
nan domèn espirityèl?
Bon, m ka di m te gen bon paran
e yo te byen leve m.
Men, bò kote pa m, m te ka fè
pi byen nan domèn espirityèl.
Depi m toupiti, m te toujou vle vin
yon moun k ap fè bèl modèl rad.
Donk, se sa m t al aprann.
M t al nan inivèsite pandan katran,
m te diplome nan domèn sa a
epi, annapre se nan domèn sa a
menm mwen te travay.
E, kòm rezilta m pa t fè
anpil bagay pou Jewova,
paske m pa t devlope
okenn bèl kalite.
M te vle fè anpil lajan,
m pa t toujou pran bon desizyon
anrapò ak ki moun m ap frekante.
M pa t toujou pran bon desizyon
anrapò ak detant m ap pran.
E m pa t gen okenn
objektif espirityèl.
E ou menm Mark?
Bon, malerezman mwen
menm nonplis m pa t pi bon.
Se manman m ki te
aprann mwen laverite
e lè m te gen 13 an m te batize.
Men, byen vit m te kòmanse
ap fè move bagay an kachèt.
E, tank ane yo t ap pase,
m te vin plonje pi fon toujou.
Menmlè m te gen bon
egzanp nan fanmi m
e m te gen yon bon gwoup zanmi
ki te toujou fidèl ak
Jewova jis jounen jodi a.
Men, se sèlman Jewova
ki te konnen toutbonvre
ki jan m t ap sèvi ak tan m.
Se sèl li ki te wè
ak kiyès m t ap pase tan m
e se sèl li ki te wè
mwen pa t moun
mwen te pretann mwen te ye a.
Mèsi anpil nou toude
poutèt nou pale sou sa byen klè,
sa pa toujou fasil pou
moun pale de bagay sa yo.
Men, ki sa k te ede nou
chanje atitid nou?
Sa k enteresan an sèke, papa m,
byenke li pa t Temwen Jewova,
li te bay yon bèl egzanp avèk
fason yon moun ka yon bon papa
e yon bon mari.
Donk, lè m te renmen ak Melissa
m te vle fè tout sa m kapab
pou m te kapab vin yon bon mari.
Menmlè se a distans
nou t ap frekante,
nou te fè efò pou chak semèn
pou nou etidye Bib la
ansanm nan telefòn.
E se premye fwa nan vi m
m te fè yon bagay pou
relasyon m ak Jewova
ak bon entansyon.
E tikras pa tikras,
m te kòmanse santi m gen yon
relasyon reyèl ak Jewova.
E m te vin konprann jis nan
ki pwen m t ap fè Jewova soufri
pandan tout ane sa yo.
Wi, e se menm jan an
pou mwen tou.
Jis anvan nou te marye,
m te pran sèvis pyonye
epi annapre m te kòmanse santi
konsyans mwen ap kale m
poutèt desizyon m te pran
nan tan lontan yo.
Donk, nou toude nou te pran
desizyon pou n al pale ak ansyen yo.
Se te yon bon desizyon
paske l te ede nou
kanpe ankò sou de pye nou
nan domèn espirityèl.
Sa enteresan pou n wè ki efè
yon etid an pwofondè nan Bib la
ka gen sou konsyans nou
e sou relasyon n ak Jewova.
E ki sa k te pase annapre?
Bon, apre sa,
nou kòmanse santi nou
fason nou ta dwe santi nou an
nan sèvis Jewova a.
Donk, nou te mete tèt nou disponib
pou nou fè nenpòt sa k posib.
Nou te voye fòmilè pou Galaad,
alepòk nou te ka fè l toutpandan
nou te nan sèvis pyonye a.
Nou te voye fòmilè
pou LDC, pou Betèl,
nou te kontan mete
tèt nou disponib.
Men, yo pa t reponn nou pou
okenn nan aplikasyon sa yo.
Oke.
Donk, avèk letan, nou te gen kèk
bon zanmi nou
ki te ban nou ide pou n al sèvi
kote ki gen plis bezwen
nan peyi Nikaragwa.
E se sa nou te fè.
Ki jan sa te ye nan Nikaragwa?
M gen yon foto la.
La a, ou ka wè nou
ki nan travay predikasyon an.
Sa te vrèman bèl,
te gen anpil bon rezilta.
Moun yo vrèman amikal
e nou te gen anpil etid biblik.
Nou te renmen sa,
nou te fè yon bèl ane la.
E w ka wè nou te sitou
sèvi ak bisiklèt
pou n te fè deplasman nou yo.
Si nou te apye,
Wi, m remake sa.
nou pa te ka
pase devan kay frè ak sè yo
san yo pa envite nou
vin pran yon ti manje.
nou te aprann
anpil bagay nan men yo.
Menm lè yo pa t gen gwo mwayen,
yo te vrèman montre
yo renmen akeyi moun.
Sa vrèman frape m,
lè m jis gade foto yo
pou m wè lajwa ki sou vizaj nou.
Nou toude nou sanble byen kontan.
Sa klè, nou te pran plezi
nan sèvi kote ki gen plis bezwen.
Mèsi pou foto a.
Donk, apre Nikaragwa,
nou te ale nan Betèl
nan peyi Angletè a,
e ki kote nou te travay
lè n te rive nan Betèl la?
Nan ki depatman nou travay?
Bon, mwen menm mwen travay
nan depatman legal
e m ede frè ak sè ki nan
sèvis aplentan espesyal yo
pou aplikasyon viza yo.
M ka di se yon bèl travay
paske w gen posiblite wè
jan Jewova ede
pandan tout pwosesis la.
Dèfwa sa ka pran anpil tan,
men Jewova toujou ede nou reyisi.
M kontan tande sa.
E ou menm Mark?
Ki kote w travay?
Mwen travay pou depatman
enfòmasyon pou piblik la.
E yon bon pati nan travay mwen
se bay jounalis yo,
gouvènman yo ak
inivèsite yo bonjan enfòmasyon
anrapò ak Temwen Jewova yo.
Travay ou a sanble difisil.
Wi, m te santi m konsa vre.
M te pè anpil lè frè yo
te ban m asiyasyon sa a.
E, m sonje jis kounye a,
yon nuit m pa t ka dòmi
paske m te pè asiyasyon an
epi, m t ale nan salon an, m te li
Egzòd chapit 3 ak chapit 4.
Epi, m t ap imajine si se Moyiz
ki gen pou l al travay
nan biwo enfòmasyon
pou piblik la
li te gen pou l al devan
Farawon lè sa a.
pi gwo ofisyèl
nan gouvènman an,
men, chak fwa Moyiz te fè
konnen jan li pa kalifye,
Jewova te bay Moyiz asirans
li ka vin tounen nenpòt sa
Jewova ta vle l vin tounen.
E se menm eksperyans
sa a nou te fè
avèk yon seri frè estrawòdinè
nan depatman sa a.
Chak fwa n te santi n about
oswa nou pa gen eksperyans,
Jewova te ede n reyisi.
E sa te vrèman fòtifye lafwa nou.
e sa fòtifye lafwa n tou pou n wè
jan Jewova sèvi ak nou de a.
M jis ap panse ak fason bagay yo
te ye lè nou te fèk kòmanse
pou rive nan pwen
nou ye nan moman sa a.
Hmm …
Èske gen yon bagay nou te
aprann sou Jewova pandan tan sa a?
Wi, pou mwen menm,
m te aprann Jewova gen
anpil anpil pasyans,
paske Jewova te konnen m t ap
renmen gen yon vi ki chaje aktivite.
Li te konnen m renmen aprann
e l te kite m eseye
fè bagay yo fason pa m.
E m ka di, se vre, m te jwenn
yon ti kè kontan,
men, lè m te fè bagay yo
jan Jewova vle,
m te vin gen yon seri kalite
ki fè m vin pi pwòch avè l.
E lavi m te vin pi bèl tou.
Jewova te pèmèt mwen
devlope yon seri kapasite
m pa t ap janm
ka genyen anvan sa.
E m te vin jwenn lavi ki chaje
aktivite m te toujou vle jwenn nan.
Jewova te ban m tan pou m aprann
sèvi l se pi bon fason m ta ka viv
olye l te jis abandone m
nan monn nan
ak tout vye desizyon
m te pran yo.
E ou menm Mark,
ki sa w aprann?
Mwen menm, mwen aprann
anpil nan mizèrikòd Jewova.
Lè m gade dèyè, m rive konprann
m pa t chèche èd m te bezwen
pou m te ka fòtifye lafwa m,
m te pè anpil.
M pa t toujou konprann
fason Jewova santi l
anrapò ak moun ki nan menm
sitiyasyon avè m yo.
Men, m te gen yon bon zanmi m
ki te montre m yon vèsè,
m ta renmen pataje l
avèk nou si m kapab.
Mèwi, tanpri.
Se nan Ezayi 28,
li rive jis nan vèsè 29,
men, m renmen pati
ki nan vèsè 24 la, li di:
“Èske moun k ap pike tè a ap
pase tout jounen ap fè sa
san l pa simen semans?”
Donk, la a yo bay egzanp
yon moun k ap fè jaden.
Li pa jis pike pike pike.
Men, li konsantre l
sou sa l pral jwenn
apre l fin fè tout travay
li gen pou l fè nan jaden an.
Se te menm eksperyans sa a
mwen te fè avèk Jewova.
Li pa t jis konsantre l sou
ban m disiplin ak pinisyon,
men, fason l te boule avè m
nan te fè m gen kè kontan,
m vin pwòp
e m vin ka itil li nan sèvis li a.
E nou toude nou tèlman rekonesan,
paske kounye a, nou vin wè
toutbon sa sa vle di sèvi Jewova.
Eksperyans ou a fè nou
konprann vèsè sa a pi byen.
Wi, e pou m ajoute
sou sa Mark sot di,
yon vèsè nou te aprann
nan lekòl la
nou te pale sou li nan klas la se,
Ebre 9 vèsè 14.
E la a, yo fè konnen Jewova ap
pèmèt nou
‘ba l yon sèvis sakre’
lè nou fin ‘netwaye konsyan nou.’
Donk, nou te ka vrèman wè sa
nan ka pa nou.
E anpalan de sèvis sakre,
sa vle di nou dwe kontinye
travay pou Jewova.
Donk, sa vle di nou pa kite
erè n te fè yo andikape nou.
E nou toude a se bon egzanp
nan sans sa a.
Jewova ap itilize nou pou n
fè plis pou li nan sèvis li.
Mèsi paske n pataje
eksperyans sa a avèk nou.
Bon, pwochen envite nou an soti
nan filyal Afrik delès la.
Tanpri, ann akeyi
Wanjiku Waichigo.
Bon, Wanjiku, nou konnen
ou soti nan peyi Kenya
e frè ak sè yo nan zòn nan
rele w Sheko, èske se vre?
Wi se sa.
Nou mèt rele m Sheko.
Oke, Sheko.
Donk Sheko pale nou de ou.
Bon, manman m te aprann
laverite lè l te jèn,
donk, m te grandi nan laverite.
Papa m pa Temwen,
li te plis enterese pou n al
lekòl epi al nan inivèsite.
Men, mwen menm
m te toujou vle vin yon avoka.
Avoka?
Wi.
Oke.
M te vle batay pou
moun ki defavorize yo.
M te vle batay pou jistis.
M te toujou di lè m gran,
se avoka pou m ye.
Bon, etidye dwa pran
anpil tan wi e l egzijan.
Èske sa te gen efè sou
relasyon w ak Jewova?
Wi, se sa k te rive.
Piske m te konsantre anpil sou
lekòl la, sèl sa k te nan tèt mwen
se te reyisi ak lèkòl la
epi, gen yon gwo karyè.
Donk, sa te vin lakòz relasyon m ak
Jewova t al nan dèyè kamyonèt la.
Bon, e ki sa k te ede w chanje atitid?
Bon, lè m te fini lekòl la,
m t al rete nan yon kay
e sa k enteresan an kay la
te tou kole ak Sal Wayòm nan.
E, m sonje yon jou
m t ap sot travay,
m te byen fatige aprè
yon jounen byen long,
m t ap mache pou m
antre lakay mwen
e m te wè yon gwoup frè ak sè
ki t apral nan Sal Wayòm nan.
Yo te byen prese e m te di
tèt mwen: ‘Se lavi m sa.
Se konsa m te leve.
Se la m ta dwe ale tou.’
E konsa, pwochen reyinyon an
m t al nan Sal la.
Fwa sa n resi ka di lè yon moun
suiv foul la se yon bon bagay.
Wi, se vre.
Paske sa te fè w retounen
nan Sal la.
Wi wi.
Bon, yon fwa w te retounen
nan Sal Wayòm nan,
ki jan w te santi w
nan mitan frè ak sè yo?
Kongregasyon m te ladan l lan
te gen anpil chalè,
frè ak sè yo te gen anpil lanmou.
Yo te akeyi m, yo te renmen m
e m te vin konprann se lakay mwen.
Yo te sove relasyon m ak Jewova.
M kontan tande sa.
Men, ki jan w te fè antre
nan sèvis aplentan menm?
Ki sa k te ede w vin
yon sèvitè aplentan?
Bon, m te gen yon pwogram pou m
te ka li tout Bib la pandan yon ane.
E, m te fikse tèt mwen objektif
pou m rive fè sa vre.
M te abitye al travay
byen bonè nan maten,
donk, m te telechaje
Watchtower Library.
Epi, chak maten m te li pòsyon
tèks yo bay pou jounen an
epi, yon fwa m fin li pòsyon an
m te konn fè rechèch
sou vèsè ki ladan l yo.
E m te fè sa pandan tout yon
ane e menm nan ane apre yo.
Sa sanble yon etid Labib
an pwofondè.
Wi.
Donk, se konsa w te kòmanse.
E ki lòt bagay ki te ede w
pou w vin pyonye?
Ebyen, m te konn ede kèk pyonye
nan travay predikasyon an
e te gen youn nan
zanmi m yo byen presi
m te konn al preche ansanm
avè l, li te yon pyonye
e l te toujou ap ensiste pou m ta
antre nan sèvis pyonye a yon jou
e nan moman sa a,
m t ap travay aplentan,
m pa t gen okenn posiblite
pou m ta kòmanse sèvis pyonye.
Men, li te ensiste,
li te ensiste,
li lage de gidon nan kò m.
Oke...
E donk, finalman, m te resi ka
kòmanse sèvis pyonye a.
M te fè sa e m te menm
asiste Lekòl pyonye.
Oke.
Se mwen menm ki nan foto a la.
E m wè w ki kenbe liv
pyonye w nan men w.
Ki zanmi ki avè w la?
Sa se sè ki te lage de gidon nan
kò m nan, ki te toujou ap ensiste a.
Li menm tou, li t ap asiste Lekòl
pyonye pou dezyèm fwa
e nou te nan menm klas la ansanm.
Ta sanble ankourajman an te bay rezilta.
O wi! Se te yon bèl lekòl,
se kado Jewova.
E sanble nou toujou zanmi tou.
Wi.
Trè bon.
Wi wi.
Bon, apre sa ou t al
travay nan Betèl la amitan
e annapre ou travay aplentan.
E, nan ki depatman w travay?
Mwen travay avèk depatman legal.
Bon, kounye a m ap
panse ak sitiyasyon w lan
paske, ou te fè eksperyans kote w
travay nan domèn legal
kòm aktivite pwofesyonèl ou,
kòm karyè pa w menm,
men, anmenmtan tou w fè sa pou Jewova,
ou fè sa pou òganizasyon Jewova a.
ki konparezon w ta fè
ant de eksperyans sa yo?
Bon, pa gen konparezon.
Paske, lè w ap travay pou
monn nan se lajan w ap defann,
se... se pwomosyon sou
pwomosyon w ap chèche pran.
Men, lè w ap travay pou Jewova,
w ap batay pou frè ak sè w yo.
Ou renmen yo menm
anvan ou rankontre yo.
E lè w rankontre yo
ou renmen yo pi plis toujou.
Lafwa fè w vin djanm.
E, ou pa ka konpare sa paske
sa ba w satifaksyon ak lajwa.
Pa gen pi bon pase sa.
Waw! Mèsi paske w pataje
eksperyans san parèy sa a
sou fason Jewova ap sèvi avè w.
Epi, mèsi tou pou
sakrifis w ap fè yo.
E ou menm Mark ak
Melissa nou tout nèt.
Sa ankourajan pou nou wè
fason Jewova ban nou fòm
pandan istwa lavi nou avèk li.
Mèsi paske nou pataje eksperyans
sa yo ansanm avèk nou.
Bon, pwochen envite nou an soti
nan Repiblik Dominikèn.
Tanpri, ann akeyi frè Tito Abreu.
Tito, nou kontan w avèk nou.
Mèsi!
Pale m de ou, èske w te
grandi nan laverite?
Bon, manman m Temwen
Jewova, papa m pa Temwen.
Men, menmsi sa li
vrèman soutni nou,
paske, li wè fason laverite
te chanje lavi nou.
E lefètke, manman m
vrèman renmen Jewova
e li renmen travay predikasyon
an tou, li te transmèt nou sa.
E konsa, sa te fè li vin pi fasil pou mwen
pou m fikse objektif pou m vin pyonye.
E annapre, m te ale nan Lekòl
fòmasyon ministeryèl an 2010.
Donk, ou t al nan EFM?
Wi!
E annapre,
ki kote w te ale?
Mwen te resevwa asiyasyon kòm
pyonye espesyal nan mitan zile a.
Se te yon asiyasyon ki te bèl anpil.
Men yon foto mwen ka montre w.
O waw!
Donk la a, ou ka wè
mwen avèk frè José.
E, la w pa ta di misye
nan mitan raje a.
Pou kounye a, José se
yon pyonye espesyal,
men, nan moman sa a li te
yon pwoklamatè ki poko batize.
E ou ka wè nan foto a,
nan fon an gen yon ti kay,
nan ti kay sa yo nou
te konn al preche
pou n chèche moun ki bèbè yo.
Men, nan kay sa yo tou,
paran yo pale kreyòl ayisyen.
Gen kèk nan timoun yo
ki pale espayòl.
Men, gen yon tipitit
li menm li pa pale.
Pou m te kapab pale avè l,
mwen te oblije itilize lang siy.
Donk, pou w preche nan kay sa a
ou te bezwen pale toule twa lang sa yo.
Donk, ou konnen lang siy?
Mèwi!
Mwen gen sè m ki bèbè,
donk, se pou sa tout fanmi an
nèt te oblije aprann lang siy.
Bon, kounye a m ap panse ak ou
menm ki rive nan asiyasyon w lan,
ki kote w te kòmanse?
Èske w te jis kòmanse
al frape pòt kay moun yo
ap chèche moun ki bèbè?
Nou te jwenn èd frè
ak sè ki nan zòn nan
ki te ede nou nan
travay chèche bèbè yo
e nou te kòmanse avèk
twa zòn byen presi.
Nou te ale nan pòs polis la,
nou te ale nan baz militè a
e n te ale nan biwo meri a.
Ou te kòmanse nan tèt la.
Wi!
E ki jan sa te pase?
Sa te vrèman byen pase,
paske, Temwen Jewova ki t ap
viv nan zòn nan depi anvan sa,
te gen yon bon repitasyon poutèt
bon konpòtman yo genyen.
Men, sa k te pi bèl se fason
yo te ka wè Temwen Jewova yo
te vle ede kominote
moun ki bèbè yo tou.
Donk, vizit sa a te bay bon rezilta,
paske, mwen te jwenn twa vizit
paske, dam ki majistra a te gen
twa bèbè ki t ap travay pou li.
Donk, mwen te ka fè etid ak toule twa.
Majistra a te ba w twa
premye etid ou yo, waw!
Wi!
Èske yo te pwogrese?
Wi, sitou yon mesye
ki te plase avèk yon dam,
yo t ap viv ansanm san yo pa
marye, men, yo te aprann laverite
yo te vle obeyi Jewova.
Donk, yo te pran dispozisyon
pou yo marye.
Yo te devlope bon
relasyon ak Jewova.
Yo te menm kòmanse ede
lòt bèbè nan kominote a
aprann konnen Jewova.
Sa ankourajan pou n tande sa.
Sa klè, travay predikasyon an
ap byen mache nan lang siy.
Epi, mete sou sa, nou konnen
nan Repiblik Dominikèn
gen anpil pwogrè nan
lang espayòl la
ak nan plizyè lòt lang tou.
Wi!
Bon, gen yon videyo konsènan
youn nan lòt lang sa yo.
Ann gade l.
Zile Ispanyola a gen de peyi ladan l.
Repiblik Dominikèn avèk Ayiti.
Nan toude peyi sa yo, pèp
Jewova a demontre yon gwo lafwa.
Nan Repiblik Dominikèn, travay
prediksyon an kontinye etann.
E se menm bagay la tou
pou predikasyon
nan lang kreyòl ayisyen an.
Gen anpil Ayisyen ki
kouri vin chèche estabilite
nan Repiblik Dominikèn,
paske, yo jwenn
anpil pwoblèm
nan peyi pa yo.
Byenke Ayisyen yo
kwè nan Bondye,
men, yo fè nou konnen tou
Bondye pa sou bò yo.
E, sa fè m mal lè m tande sa.
Se la a travay nou an enpòtan.
Nou ka konprann yo, nou ka
pale avèk yo e nou ka koute yo.
E, lè nou retounen vizite yo
nou ba yo espwa yo bezwen an.
Nou ede yo kwè nan Bondye e
nou montre yo nan Bib la menm
gen yon Bondye toutbonvre
ki gen sousi pou yo.
Lè nou rive lakay moun yo, yo
toujou akeyi nou avèk yon souri.
Yo toujou envite nou
antre lakay yo.
E menm lè nou ta pase de a
twazèdtan nan predikasyon,
se yon tikras tèritwa nou rive kouvri,
paske, nou fè yon pakèt tan
nan chak kay nou vizite.
Anfèt, yo di nou sou
ki sa pou n pale avèk yo.
Li vrèman fasil pou w kòmanse
yon konvèsayon natirèl,
avèk yon senp kesyon tankou:
‘Ki jan w ye?
Ki jan fanmi an ye?’
Sa sèlman ouvri pòt
pou yon bèl konvèsasyon.
Toutpandan moun yo ap
aprann sa Bib la anseye,
e, yo kòmanse fè chanjman
tikras pa tikras,
sa ban nou yon kè kontan
ak yon satisfaksyon
nou pa gen mo nou ka
jwenn pou nou esplike sa.
M sonje yon lè, nou t ap
preche kay an kay
e n te rankontre yon dam
ki te nan gwo soufrans,
paske l te pèdi sèl
tipitit li te genyen an.
Men, apre sa, lè l vin aprann
se pa Jewova ki responsab
soufrans li yo,
li te vrèman kontan konnen sa.
Epi, yon ti tan annapre,
li te fè n konnen
sèl fason li te wè
li te ka remèsye Jewova
paske, Jewova te retire l nan fènwa
espirityèl, se te pou l ta sèvi l.
Kounye a, li se sè nou
e n renmen l anpil anpil.
Lefètke lavi l gen
yon sans kounye a,
sa tèlman bèl pou wè
jan l toujou ap souri.
Se pa ti kè kontan sa bay lè w wè
yon moun ap soti anba dlo a,
apre li fin batize
paske w konnen
Jewova te ede l rive nan pwen sa a.
Lefètke nou bay
patisipasyon pa nou
nan ede yon moun chanje lavi l,
pa gen pi bon sansasyon pase sa.
Se vre, nou gen anviwon
30 pwoklamatè,
men, an mwayèn nou gen
anviwon 70 moun nan reyinyon.
E pou Memoryal, souvan nou gen
plis pase 300 moun chak ane.
E sa se 10 fwa kantite pwoklamatè yo.
Mwen rive konprann, poukisa
Jewova demontre tout pasyans sa a,
nou gen anpil travay
pou n fè toujou.
Nan tout peyi a,
moun yo gen menm atitid la.
Moun yo byen dispoze
tande Bon nouvèl la.
Jan Jezi te di sa nan Jan chapit 4,
rekòt senbolik la anpil e li ijan
e travayè yo gen kè kontan.
N ap “rejwi ansanm”,
pandan n ap patisipe
nan rekòt senbolik sa a
k ap fèt toupatou sou tè a.
Sa bèl pou n wè fason Jewova
beni pwogrè k ap fèt nan tèritwa sa a
ak fason li atire moun yo vin jwenn li
grasa travay predikasyon an.
Bon, fè yon ti pale m de
travay ou fè nan Betèl la,
ki sa w fè nan filyal la?
M ap travay nan
depatman swen medikal.
Depatman sa a ede sèvitè
espesyal aplentan yo, tankou:
Misyonè yo, pyonye espesyal yo
ak siveyan sikonskripsyon
ki nan tèritwa Repiblik Dominikèn nan.
Men, piske gen yon sitiyasyon
ki difisil nan peyi Ayiti,
nou ede frè ak sè nou sa yo
ki vin chèche swen nan
Repiblik Dominikèn.
Pandan w ap ede sèvitè
espesyal aplentan yo
ki soti Ayiti e ki vin Repiblik
Dominikèn pou resevwa swen,
ki kalite w remake
yo genyen lakay yo?
Bon, nou konnen asiyasyon yo a
konn ba yo anpil strès.
Donk, nou eseye
ede yo santi yo alèz.
E, byennantandi nou vle ede yo
jwenn swen medikal yo bezwen an tou.
Men, sa vrèman bèl pou nou
wè bèl atitid yo genyen.
Sa fè m sonje egzanp yon koup.
Malerezman, nou te dwe tradui pou yo,
rezilta yon seri analiz medikal
ki pa t pote bon nouvèl pou yo.
E apre yo te fin konprann
ki jan sitiyasyon an ye
ak tretman yo t ap bezwen,
premye kesyon yo te poze se:
“Èske n ka fè sa byen vit?”
E menm doktè a te mande: “Poukisa?”
E lè yo te esplike rezon an,
yo fè konnen:
Frè ak sè nou yo
ann Ayiti bezwen nou.
Donk, si nou ka fè sa byen vit,
nou t ap ka retounen pi rapid
pou nou ka kontinye
preche ansanm avèk yo.
Sa vrèman bèl, se ak frè
ak sè yo, yo t ap panse.
Waw! Sa se yon bèl egzanp
lanmou ki pa egoyis.
Mèsi paske w pataje sa avèk nou.
Nou ka wè w vrèman konekte ak
Ayiti nan travay w ap fè nan filyal la.
Men, se pa sèlman
pou rezon sa a non.
Anfèt, pandan senk dènye
mwa ki sot pase la yo,
èske konpayon chanm ou
pa soti Ayiti?
Mèwi!
Èske n ka fè yon ti pale avè l?
Wi, tanpri!
Kounye a, n ap akeyi
pwochen envite nou an,
se frè Francklin Aimé
ki soti nan filyal Ayiti a.
Francklin, nou kontan w
avèk nou nan Ti koze pa nou.
Mèsi, mèsi anpil.
Bon, pale n de ou.
Èske w te grandi nan laverite?
Wi, mwen te grandi nan laverite,
se manman m ki te
leve nou poukont li,
se mwen ki pi piti
nan senk timoun yo.
Pandan m t ap grandi,
lafwa manman m
ak fason l te konn travay di
te gen yon kokennchenn
efè sou mwen.
Se vre, sa te konn rive li pa t
menm konnen ki sa l t apral fè
pou l ta ka ban nou
manje nan demen.
Men, li te toujou
konte sou Jewova.
E souvan m te ka wè l
k ap priye Jewova,
li kite tout bagay
nan men Jewova.
E Jewova te toujou soutni nou.
Egzanp li te pouse m
pou m vin reyalize
Jewova se yon moun reyèl
e pou m te bati lafwa m nan li.
Trè byen, egzanp fidelite lòt moun
ka ban nou bonjan fòmasyon.
Ki lòt fòmasyon w te resevwa?
M te ale nan EFM
nan ane 2010.
2010?
Tito, se pa menm ane avè w?
Wi, menm moman an,
nan de pwent zile a.
E anfèt, nou toulede te batize
nan menm wikenn nan tou.
Nan menm wikenn nan?
Wi, an 1997.
Waw!
Ou pa ta di nou toude a t ap viv
menm vi a nan de pwent zile a.
Se sa.
Men, m sonje nan mwa janvye 2010,
gwo tranblemanntè a te frape.
Tranblemanntè sa a te fè anpil
dega e anpil moun te mouri tou,
nou sonje sa.
E ki efè sa te gen sou lekòl la?
Tranblemanntè sa a
te chanje pwogram lekòl la.
Nan maten nòmalman
tout elèv yo te nan klas,
men, yo te dedye
tout aprèmidi yo
pou ede nan travay
pote sekou a.
M gen yon foto ansanm avè m
m ka montre w li.
Oke, sa k ap pase nan foto sa la a?
Frè sa yo se elèv ki nan klas
mwen an nan youn nan aprèmidi yo.
La a, yo t ap debake yon kamyon
ki te pote èd pou frè
ak sè yo ki nan bezwen.
Sa enteresan.
Se tankou lè maten
n ap aprann egzanp Jezi,
epi, nan aprèmidi nou mete
sa n te aprann yo ann aplikasyon.
Wi.
Sa bèl.
Bon, aprè EFM,
ki kote w t ale?
Yo te asiyen m kòm pyonye
espesyal nan yon ti vil.
E m te byen renmen
asiyasyon sa a,
paske, sa te bèl pou w wè
fason Jewova ap beni
travay la nan zòn nan
e se te yon privilèj tou pou m
ede moun yo konn Jewova
e pou m ede yo sèvi Jewova.
Bon, nou ka wè pèp Ayisyen an
vrèman bezwen Bondye.
Yo gen yon bon atitid.
Men, ki efè latwoublay
ki gen nan peyi a
genyen sou travay predikasyon an?
Latwoublay yo pa vrèman
fè frè yo ralanti
nan travay predikasyon an ann Ayiti.
Menm lè an jeneral,
kantite pwoklamatè yo te bese
pandan ane ki sot pase yo,
paske, anpil nan yo te kouri kite peyi a,
men, an reyalite,
gen yon ogmantasyon
nan travay predikasyon an.
Pa egzanp, pandan ane sèvis 2024 la,
te gen yon ogmantasyon 18%
nan kantite etid biblik,
lè n konpare l ak ane 2021 an,
lè latwoublay yo te rive
nan nivo ki pi wo a.
Kantite pyonye oksilyè yo tou te
kat fwa plis pase kantite anvan an.
E, kantite batèm yo te double.
Sa vrèman montre Jewova
kontinye beni travay la
malgre difikilte sa yo.
Sa bèl pou n wè sa.
Men, ou pale de latwoublay yo
e avèk letan se pi mal
bagay yo ap vin pi mal.
Sitiyasyon an vrèman pa fasil.
Ki efè sa gen sou frè ak sè nou yo?
Anpil frè ak sè te oblije kouri
kite kay yo e menm plizyè fwa.
Gen nan yo se jis avèk valiz sekou yo
oswa avèk rad ki te
sou yo nan moman an.
Yo kouri pou y al nan yon lòt zòn
epi, kèk semèn oswa kèk mwa
apre yo oblije kouri ankò.
Men, malgre tout sitiyasyon difisil
sa yo, yo kontinye gen lapè,
yo gen kè kontan e sa vrèman
gen gwo efè sou mwen.
M ap ba w yon egzanp.
Nan kòmansman ane sa a,
te gen 300 frè ak sè
ki te nan yon vil toupre kapital la,
ki te oblije al nan yon
lòt gwo vil toupre a.
Epi nan menm semèn nan,
biwo filyal la te pran dispozisyon
pou de manm komite filyal la
t ale nan zòn nan,
pou bay kèk diskou ankourajan.
E yo te òganize yon
reyinyon espesyal.
M gen yon foto la m ka montre w li.
Ki sa n ap gade la a?
Bon, la a se reyinyon
espesyal yo te fè a.
E nou ka wè frè
ak sè yo nan reyinyon an.
Yo byen abiye
e manm komite filyal yo te kontan
wè nan reyinyon espesyal sa a,
Sal Wayòm nan te ranpli
ak yon seri frè ak sè
ki fenk sot kouri kite kay yo.
Yo te gen yon bon mantalite e
yo te pare pou yo adore Jewova.
Sa enpresyone m
pou m wè frè ak sè sa yo
k ap kouri pou sove lavi yo,
poutan, yo la nan Sal Wayòm nan
pou yon reyinyon.
Sa se yon bèl egzanp.
Nou ka wè yo vrèman
jwenn fòs nan men Jewova.
Bon, sa vrèman bèl tou
pou n wè jan Jewova
sèvi ak òganizasyon l lan
ak frè k ap pran latèt yo.
Nou gen yon videyo la a,
annou gade l kounye a.
L ap pale de sitiyasyon ann Ayiti a
e n pral tande youn nan siveyan
sikonskripsyon k ap ede frè ak sè yo.
Nan pati lwès zile Ispanyola a,
n ap jwenn Ayiti.
Pèp Jewova a nan zòn sa a,
ap fè fas ak anpil difikilte.
Poutan, yo demontre kouraj,
imilite e yo met
konfyans yo nan Jewova.
Bèl egzanp lafwa yo,
vrèman ankouraje nou.
Alò, nou t ap prepare nou
pou nou asiste
premye asanble sikonskripsyon
an prezansyèl
apre pandemi COVID-19 la.
Gen kèk zòn frè nou yo te ye,
zòn sa yo te gen latwoublay,
sa vle di li t ap difisil pou frè sa yo
kite lakay yo pou yo
vini nan Sal asanble a.
sa te mande anpil kouraj
pou yo fè sa.
Kounye a, lè nou te
rive nan Sal asanble a,
nou te wè majorite
frè yo te la, yo te kontan,
yo t ap bay akolad,
sè yo t ap anbrase youn lòt,
yo t ap rakonte bèl ti istwa,
paske, yo te gen lontan
yo pa t janm ansanm.
Se te yon gwo festen espirityèl,
paske sa k t ap di
nan asanble sa a,
li te tèlman ankourajan,
nou panse sa te fòtifye n
pou n reziste ak tèt chaje
nou t apral jwenn yo.
Pandan de ane ki t ap vini apre yo,
asanble sa a, se te dènye
asanble sikonskripsyon
nou te asiste an prezansyèl
nan Sal asanble a.
M te kontan wè frè yo,
yo rete atache e yo fidèl
avèk Jewova.
Ansyen yo, yo demontre anpil imilite
lè yo suiv enstriksyon
òganizasyon an ba yo rapidman.
Lè yo resevwa yon direktiv,
yo fè anpil efò
pou yo aplike imedyatman
sa yo aprann nan direktiv sa a
konsènan frè ki an difikilte yo
akoz pwoblèm vyolans.
Alò, lè nou gade pwoklamatè yo,
nou wè gwo lanmou,
nou wè jan yo prè pou ede lòt moun,
yo ede youn lòt.
Nou te wè tou kòman
menmsi sitiyasyon yo difisil,
men, lyen yo genyen
pou Jewova a vin ranfòse.
Nou te wè yo vin gen plis
konfyans nan Jewova
epi, yo te prè pou yo
aplike enstriksyon
òganizasyon Jewova a
bay pi fasilman.
Frè sa yo, yo gen yon
andirans estrawòdinè.
Mwen menm avèk
madanm mwen,
nou tire yon gwo leson nan sa.
Nou panse pi bon bagay
nou ka fè
se kite Jewova dirije wout nou.
Nou konprann Jewova
pap janm kite n,
Jewova pap janm abandone n.
Se pou rezon sa a,
nou gen konviksyon,
kèlkeswa sitiyasyon difisil la,
nou ka konte sou Jewova.
Yon zile avèk de bèl egzanp fidelite.
Istwa frè ak sè nou yo sou
zile Ispanyola a raple nou,
Jewova kanpe avèk pèp li a,
konsa n ap rive andire
e n ap kontinye fleri,
kèlkeswa difikilte nou ta rankontre.
Videyo a vrèman bèl.
Nou ka wè frè ak
sè nou yo ann Ayiti,
yo pa jis ap pase move moman,
men, jan nou wè sa
nan Kolosyen 1:11,
yo andire nèt ak kè kontan.
E sa se yon prèv ki montre
lesprisen Jewova la.
Nou ka wè Jewova k ap
soutni frè ak sè nou yo
e ba yo fòs yo bezwen an.
Donk, mèsi nou toude
pou andirans nou,
pou egzanp fidelite nou
e pou lanmou nou demontre
pou frè ak sè nou yo
nan Repiblik Dominikèn e ann Ayiti.
Nan eksperyans nou
sot tande la yo,
se pa istwa lavi senk frè
ak sè sèlman nou sot aprann.
Men, nou sot aprann tou sou Jewova.
Nou te wè fason Jewova sèvi
ak pisans li pou l ede sèvitè l yo
fè fas ak yon seri difikilte
yo pa t ap ka jere poukont yo.
Epitou, nou te wè fason
Jewova rale moun vin jwenn li
pa mwayen travay predikasyon an.
Epi nou te wè fason Jewova
gen lanmou, jan li gen pasyans,
jan li ban nou fòm
avèk mizèrikòd pou l fè nou
tounen sa li vle nou tounen an.
Se vre, menm jan ak ajil
nou tout nou enpafè,
nou tout nou gen limit
nan yon domèn oswa yon lòt,
men, toutotan nou dispoze
kite Jewova ban nou fòm,
Jewova ka fè n tounen
nenpòt sa l vle n tounen
pou l atenn objektif li.
Donk, kesyon an se:
“Ki sa Jewova ap fè w
tounen ou menm?”
Nou pa ka tann
pou n wè nou ankò
nan yon pwochen emisyon
Ti koze pa nou.
Bon, mèsi anpil anpil Joel
ansanm ak elèv sa yo,
pou bèl patisipasyon sa a.
Nou te vrèman apresye l!
N ap kontinye ak bèl
pwogram nou an
pandan nou pral byen pwofite
diskou prensipal
pwogram nou an.
Se frè Jody Jedele, yon manm
Kolèj santral la ki pral bay li.
E tèm nan gen twa mo sèlman:
“Kontinye chèche apwobasyon.”
N ap koute w frè Jedele.
Nou menm elèv k ap
gradye jodi a,
mwen konnen kè nou
ranpli ak rekonesans
pou tout sa nou jwenn
nan Lekòl Galaad la.
Nou sot konsantre nou
ap etidye Labib.
Nou vin konnen Jewova
e nou vin renmen l
pi plis pase jan nou
te konn fè sa anvan
e mwen konnen nou
apresye sa anpil.
Nou byen kontan tande sa nou di
ki montre jan nou renmen lekòl la.
Depatman lekòl teyokratik la
ansanm ak enstriktè yo
te ban nou enstriksyon ak sipò.
Gen depatman nan Betèl la
ki te rann nou sèvis tou.
E pandan lekòl la, gen anpil frè
ak sè ki te ede nou pèsonèlman
yon fason oswa yon lòt.
Poukisa moun yo fè sa?
Poukisa yo soutni nou?
Se paske yo renmen nou.
Yo te vle nou byen pwofite
bèl eksperyans
nou t apral fè nan Galaad la.
E nan moman sa a
nou jwenn anpil bagay.
Nan ki objektif?
Se pou nou fòtifye lòt moun yo
epi ede yo rete stab.
Satan pa renmen lefètke
gen plis pase 9 000 000 moun
nan paradi espirityèl la
e gen plizyè milye moun
ki ajoute chak semèn.
Nou vle pou plis moun toujou
vin jwi paradi espirityèl la.
Lekòl Galaad la fòtifye lafwa nou
e l te ede nou vin stab.
Kounye a, nou kapab pran kou sa a,
nou kapab pran sa n aprann yo
ki gen rapò ak relasyon
nou ak Jewova
pou n al nou fòtifye lòt moun yo
e pou n ede yo vin stab tou.
Ki jan n ap fè sa?
Se lè nou kontinye fè tout sa
sèvitè Jewova yo ap fè.
N ap bat pou nou imite
Papa nou, Jewova,
nan asiyasyon nou ak
nan aktivite n ap fè chak jou.
Se sa nou t ap fè anvan
nou te vin Galaad.
E se sa nou pral fè kounye a
pi plis toujou,
lè nou fin kite Galaad.
Donk, ki jan nou kapab reyisi fè sa?
Annou gade kèk egzanp
sou fason n ka fòtifye frè yo
epi pou n ede yo vin stab.
Toudabò, ann al nan
Pwovèb chapit 13,
nou pral li premye pati
nan vèsè 15 lan.
Pwovèb 13:15:
“Moun ki gen bon konprann
toutbon jwenn favè.”
“Moun ki gen bon konprann
toutbon jwenn favè.”
Sa sa vle di?
Annou analize vèsè a.
Antanke kretyen, nou renmen jwenn
apwobasyon nan men lòt moun,
men, espesyalman n ap chèche
apwobasyon nan men Jewova,
n ap chèche favè nan
men Jewova,
n ap chèche pou l beni
sa n ap fè.
E Jewova kontan pou l
apwouve nou.
E li toujou ap chèche okazyon
pou l bay etidyan l yo
(m di etidyan, hm),
sèvitè l yo apwobasyon l.
E nou deja wè nan vi nou
jan l ban nou apwobasyon l
anvan n te vin Galaad.
Yo konnen nou kòm moun ki
gen bon relasyon ak Jewova
e ki gen favè l.
Kounye a, n ap kite Galaad,
nou ta renmen nou kontinye
montre nou gen bon konprann
pou n ka kontinye jwenn
apwobasyon Jewova.
Ki sa Bib la vle di lè l ap pale
de “bon konprann”?
Men ki jan yon ouvraj
referans esplike
mo yo mete “bon konprann”
pou li a.
Li di: “Se kapasite yon moun genyen
pou l gen bonsans,
pou l gen bon jijman ak opinyon
ki chita sou sajès.”
Gen yon lòt yon ouvraj
referans ki di:
Se “kapasite pou l wè divès
aspè nan yon sitiyasyon”,
“pou l wè pi lwen pase sa k parèt la”.
Ou itilize “entèlijans ou pou w
konnen rezon ki fè yon bagay”.
E “se kalite konesans ki pèmèt yon
moun aji ak sajès pou l ka reyisi”.
Donk, tout referans sa yo fè sans.
Tout moun ap dakò nou
bezwen gen bon jijman
e nou bezwen wè pi lwen
pase sa je nou ban nou.
Donk, bon konprann se pa
yon bagay ki konplike.
Poukisa liv Pwovèb la
fè nou rapèl sa a?
Paske nan vrè vi a, montre bon
konprann pa toujou fasil.
Nan asiyasyon nou,
n ap boule ak diferan moun
ki pa nan menm
sikonstans avèk nou.
Mete sou sa, nou se moun ki enpafè,
ki pa gen menm opinyon,
ki pa soti menm kote
e ki pa gen menm kilti.
Epi nan asiyasyon nou,
n ap travay ak lòt depatman
ki pa gen menm priyorite
avèk nou.
E mete sou tout bagay sa yo,
swa ou menm
oubyen yon lòt moun w ap travay
avè l te pase yon move nuit.
Bon, ou konnen, li ka difisil
pou w gen bon konprann.
Annou pran egzanp Moyiz.
Moyiz se te yon moun ki te fidèl,
ki te gen bon relasyon
ak Jewova.
An jeneral, li te gen apwobasyon
Jewova nan lavi l.
Èske l te gen
apwobasyon Jewova
nan fason l te jere Izrayelit yo
ki te bezwen dlo nan
Meriba toupre Kadès?
Li te nan yon sitiyasyon difisil.
Li te anba presyon. E lè l frape
wòch la, li jwenn dlo.
Malerezman, Moyiz pa t
montre bon konprann jou sa a.
Li pa t bay Jewova glwa.
Li pa t boule ak moun yo
kòrèkteman.
Li pa t fòtifye pèp la,
li pa t ede yo vin stab.
Pasaj sa a montre menm lè,
an jeneral,
nou kapab gen
apwobasyon Jewova
oubyen benediksyon l
nan lavi nou,
sa ka rive kote nou pa
gen apwobasyon l
lè n ap jere yon sitiyasyon
byen presi.
Bon, Moyiz pa t pèdi asiyasyon l.
Li te toujou ap gide pèp la.
Men, Jewova te disipline l.
Li pa t jwenn yon lòt asiyasyon
paske l pa t montre l gen
bon konprann jou sa a.
Se sa k fè n bezwen montre
n gen bon konprann
sitou lè l difisil pou nou fè sa.
Ki premye bagay nou ka fè
pou nou montre nou gen
bon konprann.
Annou ale nan Sòm,
nan 32yèm Sòm nan,
n ap gade vèsè 8, Sòm 32:8.
Se Jewova k ap pale la a:
“Ou di m: ‘M ap fè w gen
bon konprann
e m ap fè w konnen
ki chemen pou w pran.
M ap ba w konsèy toutpandan
m ap fikse je m sou ou.’”
Toudabò, nou rekonèt se nan
Jewova bon konprann soti,
se li ki enstwi nou.
Li sèvi ak Pawòl li, Labib,
ak lespri sen l, ak òganizasyon lan
e ansanm ak sèvitè
Jewova parèy nou.
E avèk sa, nou fè opinyon nou
ede nou mache ansanm ak jan
Jewova jere sitiyasyon yo
e apre sa, nou jere
sitiyasyon n ap jere a.
Nou imite kalite Jewova yo
ak fason li aji.
Se sa nou te deja ap fè.
Nou deja wè jan Jewova ban nou
apwobasyon l nan lavi nou.
Kontinye nan menm sans lan.
Kontinye montre bon konprann.
Lè sa a, n ap fòtifye frè yo
e n ap ede yo rete stab.
Kounye a, annou gade
kèk egzanp
pou n wè ki kalite oubyen
ki aksyon nou ka fè
ki pou ede nou montre
nou gen bon konprann
e k ap ede nou kontinye
gen favè Jewova.
Se ede nou pral ede frè
nan kongregasyon yo, pa vre?
Nou vle ede frè yo rete stab.
Nou menm frè yo ki ansyen,
ann di nou remake gen yon sè
ki pa vin nan reyinyon regilyèman.
E nòmalman, nou vle ede l.
Donk, ou menm avèk yon frè
al ba l yon vizit pastoral.
Nan vizit sa a, nou fè l konnen
jan frè ak sè l yo sonje l anpil.
Nou li kèk vèsè avè l
sou enpòtans
pou l asiste reyinyon
regilyèman, nou priye avè l.
Bon, li te bon dèske n te fè vizit la.
Nou te gen bonjan enfòmasyon.
Men, èske n te montre
nou gen bon konprann?
Annou di li pa t fin sa nèt.
Ou te gen bon entansyon,
men, sa k fè w pa t montre w
gen bon konprann?
Se paske w pa t pran tan pou w te
chèche konnen mari l ki opoze
pa vle l itilize machin nan
pou l al nan reyinyon.
Se yon woulib li te
bezwen sèlman.
Pou l al nan Sal la, sa ap
pran 20 minit nan machin,
kòm li pa t vle vin yon chay pou
frè ak sè yo, li pa t vle mande.
Kounye a, èske w sonje jan yo
defini “bon konprann”?
Sa mande pou nou chèche
“konnen rezon an”
epi apre sa pou nou “aji”.
Se pa t plis konsèy li te bezwen
sou asiste reyinyon,
li te bezwen plis ankourajman pou l
pa wè tèt li kòm yon chay lou.
Li te bezwen konprann se pa yon
pwoblèm pou l mande woulib
e frè yo t ap byen kontan
pou yo pase chèche l.
Lè n kite sè a, nou te ka panse
nou ba l konsèy nan Bib la ki klè,
alòske sè a li menm te toujou
bezwen yon woulib.
Anplis de sa, li vin dekouraje.
Èske n te ede l rete stab?
Nou bezwen gen bon konprann.
Men, ki sa k ap ede nou fè sa?
Ki sa ki ka ede nou konnen
vrè koz pwoblèm nan?
Nou enterese nan sè a,
petèt, pou nou tande l plis.
Nou bezwen pran tan
pou nou tande,
pou nou chèche konnen
ki sa vrè pwoblèm nan ye.
Lè sa a, n ap montre
nou gen bon konprann.
Èske se frè yo sèlman ki
dwe gen bon konprann
epi ede kongregasyon an
rete stab?
Non, se pa sa.
Sè yo jwe yon gwo wòl
pou fòtifye kongregasyon an
e pou ede kongregasyon an
rete stab.
An jeneral, pou piti, mwatye
nan pwoklamatè yo se sè.
Se yon bon valè moun nou gen
pou n ede vin stab.
Donk, nou menm sè, gende lè
nou ka fè plis pase frè yo.
Annou ale nan liv Tit,
Tit chapit 2,
ann li premye pati nan vèsè 3 a:
“Menm jan an tou, se pou
granmoun fi yo [...] montre yo
gen respè pou Bondye.”
Ann fè yon ti kanpe la.
Nou tout sè yo,
nou se sè ki gen matirite,
ki respekte Jewova
ak òganizasyon l lan.
M pa vle di okenn nan sè
nou yo la a granmoun,
hm, paske m konnen nan kilti nou,
nou pa pale de laj medam yo.
Men, lè nou rive nan asiyasyon nou,
nan kongregasyon nou,
nou pral jwenn sè ki pi
jèn pase nou.
Ki jan nou ka ede yo?
Vèsè 4:
“Yon fason pou yo bay
jèn medam yo konsèy.”
Èske nou wè wòl nou?
Antanke sè ki gen matirite,
nou ka ede sè ki jèn yo
nan kongregasyon an,
pou nou fòtifye yo
epi ede yo vin stab.
Ann pran yon egzanp.
Gen yon jèn sè ki t ap viv
lakay paran l ki pa nan laverite.
Se te yon bon sè,
men, detanzantan,
menm lè li pa t konn mete
rad ki te chokan,
rad li te konn mete yo
te ka pi apwopriye.
Nou sonje definisyon an?
Bon konprann mande pou n wè
“pi lwen pase sa ki parèt devan je nou”.
Gen sè ki te gen sousi pou li
e ki te rann yo kont
se kòb li pa t genyen.
E kòm paran l pa t nan laverite,
yo pa t apral achte rad pou l
al nan reyinyon e pou l al preche.
Èske se konsèy sè nou an
te bezwen?
Gen sè ki te rasanble kòb
e ki te mennen l al achte.
Nou pa vle di al achte se siy ki
montre yon moun gen bon konprann.
Men, nan ka sa a,
se sa ki te nesesè.
Men, èske nou remake
nan toule de egzanp yo,
premye ide ki te ka vin
nan tèt yon moun
se bay konsèy sou asiste
reyinyon ak sou abiye.
Men, lè n chèche konprann
sitiyasyon an,
n al chèche rezon an,
sa ede nou gen bon konprann
e pou nou byen jere sitiyasyon an.
Kite m fè n konnen,
sè sa a, yo te fè yon pakèt ane
ap mennen l nan reyinyon.
E apre mari l vin soutni l
e l vin montre li enterese
nan laverite.
E nan ka jèn sè a, fanmi l
vin nan laverite.
Ki sa nou aprann nan sa?
Lè n montre nou gen
bon konprann
e nou montre nou enterese
nan frè ak sè nou yo,
Jewova ap fè nou favè
tank n ap ankouraje
frè ak sè n yo.
Annou gade yon lòt domèn
kote li ka difisil
pou nou gen bon konprann.
Sa gen rapò ak fason
nou travay pèsonèlman.
Gende lè nou tèlman
konsantre sou travay nou,
nou konn pa remake ki efè
sa fè sou lòt moun.
Nou tout pèsonèlman
e nan depatman nou,
nou travay di pou nou fè
travay yo ban nou,
sa fè pati adorasyon nou.
Nou pran l oserye
e se yon bon bagay.
Men, pafwa nou bezwen fè
yon ti kanpe sou travay nou an
pou nou wè jan travay
nou an gen rapò
ak sa òganizasyon Jewova a
vle akonpli.
Reflechi sou definisyon nou te
bay pou “bon konprann” nan.
Montre nou gen bon
konprann vle di
nou reflechi “sou yon seri
panse ki konplike”
pou nou ka konn ki jan pou nou aji
avèk sajès e pou n ka reyisi.
Sa ka parèt difisil pou nou,
pou n ap reflechi “sou yon
seri panse ki konplike”.
Men sonje: “Yon moun yo bay
anpil, y ap egzije l anpil.”
Pou nou reyisi, se pa tou
senpleman fin fè travay nou.
Wi, nou toujou bezwen fè
travay yo ban nou fè a.
Men, pou nou reyisi, n ap bezwen
ede yon lòt moun fè travay li,
yon lòt depatman fè travay li.
Sa ap fòtifye lòt moun yo e l ap
ede yo pou yo rete stab.
Donk, nou reflechi sou yon
sitiyasyon ki difisil
e nou montre n
gen bon konprann.
E lè n travay ansanm
nou kolabore ak lòt moun,
n ap rive fè travay la.
Bon, ki sa k ka ede nou pou nou
gen bon konprann
e pou n travay ak frè ak sè n yo?
M ap envite nou gade avè m
Filipyen chapit 2,
n ap li vèsè 3 ak 4 la.
Filipyen 2:3, 4:
“Pa fè anyen nan polemik, ni paske
nou vle bay tèt nou twòp enpòtans,
men, avèk imilite, konsidere
lòt moun yo siperyè nou
lè nou pa chèche enterè
pa nou sèlman,
men lè nou chèche enterè
pa lòt moun tou.”
Vèsè sa a ap pale de sa k ka
ede yon moun sèvi Jewova.
Kounye a, se ki sa ki ka ede nou
chèche sa ki nan enterè
lòt moun?
Imilite.
Travay lòt moun dwe
enterese nou.
La a, Jewova di nou nou dwe
konsidere travay lòt depatman yo
pi siperyè, pi enpòtan pase
travay depatman nou.
Sa ki bon an, y ap fè menm
bagay la pou nou tou.
Donk, lè nou byen fè travay nou,
reflechi sou sa:
nou byen fè travay nou, men,
gen yon lòt depatman ki peye sa.
Èske Jewova ap
ban nou apwobasyon l?
Se travay Seyè a nou tout ap fè.
Si nou bloke travay yon moun,
an reyalite, kiyès nou bloke?
Reflechi! Sonje sa k te rive
Moyiz nan Meriba?
Li te jwenn rezilta, men, Jewova
pa t ba l apwobasyon l.
Ki sa nou aprann?
Pafwa nou panse travay nou
pi enpòtan,
pi konplike, pi ijan
e travay yon lòt moun pi senp.
Yo jis dwe fè sa nou mande yo fè.
Men, nou montre imilite,
lè nou kolabore
e lè nou kowopere ak lòt moun.
Chèche solisyon ansanm.
“Bon konprann” gen ladan l
fason pou w sèvi ak bonsans ou.
Jan nou wè sa jodi a:
“Anpil moun pa gen bonsans.”
Sèvitè Jewova yo fè efò pou sa.
Si nou gen bonsans,
n ap rann nou kont li pi fasil
pou youn konprann lòt
lè nou byen kominike.
Ann di ou bezwen yon estenktè.
Men, moun ou di sa a pa konnen
si w bezwen ranplase yon lòt
ki pa fonksyone ankò
oubyen si se yon dife ki pran.
Bonsans mande pou nou
di moun nan gen yon dife
e lè sa a, w ap jwenn li pi vit.
Sa enpòtan pou n bay detay.
Bon konprann mande
pou nou byen kominike.
Lè, avèk imilite, nou rekonèt
travay lòt moun pi enpòtan,
nou konsidere yo kòm
siperyè nou, sa fè nou reyisi.
E si n konbine leson sa a
ak sa n te wè anvan an,
nou montre nou enterese
nan lòt moun,
sa ap fè li pi fasil pou nou
kowopere e pou n travay ansanm.
Olye pou n annik ap
pran desizyon
e pou n espere moun
ap adapte yo,
n ap planifye ansanm pito.
E sa ap fè nou ret ini.
Tèt ansanm se yon fòs k ap
ede nou ret stab.
Jewova bay moun k ap travay
ansanm apwobasyon l.
Sonje sa Sòm 133:1 di:
“Ala bon sa bon e ala sa bay kè
kontan lè […] gen tèt ansanm.”
Yon lòt domèn kote nou
bezwen rete stab
se lè n adapte n ak chanjman yo:
chanjman nan kote n rete,
nan kote n ap sèvi,
chanjman nan asiyasyon nou,
nan fason n travay,
chanjman nan zouti ak teknoloji.
Bon, chanjman ka ban nou
anpil strès.
E se nòmal.
Nou chak ki la ka gen kèk chanjman
n ap adapte nou avèk yo.
Ki jan nou kapab ede lòt moun yo
rete stab lè vin gen chanjman?
Ann fè yon ti pale ak frè yo
pou yon ti moman.
Pafwa, gende chanjman
nou pral fè
e chanjman sa yo pral gen
efè sou lòt moun.
Pa pran yon responsablite
konsa alalejè.
Nou vle pou nou jwenn
apwobasyon Jewova
nan desizyon n ap pran yo.
Bon konprann ap ede n fè frè yo
rete stab lè gen chanjman.
Ki jan?
Ebyen, mwen envite nou li
Ezayi chapit 60.
Ezayi chapit 60,
n ap li vèsè 17.
Li di:
“Nan plas kuiv, m ap fè vin gen lò,
e nan plas fè, m ap fè vin gen ajan.
Nan plas bwa, m ap fè vin gen kuiv,
e nan plas wòch, m ap fè vin gen fè.
[Tande!] Se lapè m ap mete
kòm siveyan nou,
e se jistis m ap met kòm moun
k ap ban nou travay.”
Nou konnen sa vèsè sa a vle di.
Jewova di l ap fè chanjman.
Èske nou pa wè sa jodi a?
Se kòmsi chak semèn
nou gen yon chanjman.
Se Jewova ki fè chanjman sa yo.
N ap dakò kuiv se yon
bèl metal, men, lò pi bon.
Nou renmen lè Jewova
fè chanjman sa yo.
Men pafwa, gen kèk chanjman
ki ka fè nou santi nou enkyete.
Pa gen pwoblèm, sa ap pase.
Fè yon ti reflechi ak chanjman
ki ka vin genyen.
Si gen yon nouvo enprimant
ki ka enprime plis piblikasyon
ak mwens moun,
sa klè pral gen chanjman
nan asiyasyon yo.
Ki jan nou ka fè fas ak
chanjman sa yo?
Èske nou wè sa vèsè a di
de siveyan yo?
Se ‘lapè ak jistis l ap mete
kòm siveyan
e kòm moun k ap
ban nou travay’.
Sa vle di nou menm frè yo,
nou ka ede lòt moun
lè gen chanjman.
Jistis!
Ki sa nou konnen sou jistis,
sou fason Jewova wè sèvitè l yo
ak fason li pran swen yo?
Ann al nan Ebre 6:10.
Ebre 6:10 di:
“Paske, Bondye pa enjis
pou l ta bliye travay nou fè
ak lanmou nou demontre pou
non l lè nou ede moun ki sen yo
e nou kontinye ap ede yo.”
Sa vrèman enteresan.
Jewova t ap montre li enjis
si l ta bliye travay di yon moun fè.
‘N ap fè chanjman nan travay di
yon moun te fè.’
Nou toujou fè efò pou nou
pa janm bliye moun yo
lè n ap fè chanjman.
Piske nou renmen sa ki dwat,
lè n ap fè chanjman, kit nou soti
nan kuiv pou n al nan lò,
nou sonje moun ki
te travay avèk nou.
Nou sonje sa yo te fè.
Nou demontre konpasyon
lè n ap fè chanjman sa yo.
Antanke siveyan, nou pa
ka fè kòmsi nou pa wè
lè n ap fè chanjman sa yo.
Pou n ede frè yo rete stab,
nou bezwen konnen yo.
Antanke siveyan, mande tèt ou:
‘Èske m konn kite biwo m
pou m pale ak frè ak sè yo?
Èske m konn mande yo
pou fanmi yo,
ki difikilte yo jwenn, opinyon yo
ak sijesyon yo?’
W ap wè gen nan yo ki
ka renmen yon chanjman
gen lòt ki pap renmen l.
Èske w konn nan ki gwoup
chak moun ye
e ki jan w ka ede yo
ak chanjman sa a?
Sa pa vle di nou pap
fè chanjman.
Jewova di pral gen amelyorasyon.
Men, piske Jewova pa janm bliye
lanmou sèvitè l yo demontre
ak travay yo fè,
nou menm tou, nou pa janm bliye
lanmou ak travay sèvitè sa yo.
Nou ede moun lè gen chanjman.
Konsa, n ap gen favè Jewova.
Sè yo kapab bay èd tou
lè gen chanjman.
Petèt, yon chanjman ka gen
efè sou ou pèsonèlman,
men, lè w rete pozitif
e w kolabore,
sa ap ede lòt moun yo rete stab.
Lè yo vin aprann gen yon chanjman
e w wè efò frè y ap fè
pou yo fè chanjman,
ou kapab bay kèk sijesyon sou fason
pou yo fè sa epi kolabore avèk yo.
Sa se sèlman kèk domèn
kote bon konprann ka pèmèt
nou gen favè Jewova.
N ap vin yon pilye k ap ede
lòt moun yo vin stab.
Montre w enterese nan moun
e pran tan pou w koute yo.
Avèk imilite, bay travay lòt moun
plis enpòtans pase travay pa w.
Sa ap kreye yon anbyans
ki gen bonjan kolaborasyon
e n ap travay nan tèt ansanm.
Epi pran tan pou w soutni
frè ak sè yo lè gen chanjman.
Bon konprann ede n reyisi nan
sèvis n ap bay Jewova a.
E nou ta renmen nou tout
reyisi nan asiyasyon nou.
Jewova fè yon pakèt gwo bagay
nan dènye jou sa yo.
E nou tout gen privilèj pou n sèvi
Bondye nou an ki estrawòdinè
nan yon bèl paradi espirityèl
Nou vle pou tout moun
rete nan paradi sa a.
E nou vle envite pi plis moun
vin ladan l.
Nou menm elèv ki nan
158yèm klas Galaad la,
nou te resevwa anpil
fòmasyon pandan lekòl la.
Tanpri, byen pwofite posiblite
nou gen devan nou
pou ede epi  pran swen
frè ak sè nou yo.
Nou renmen nou.
Nou gen konfyans nan nou.
Se pou n kontinye montre
nou gen bon konprann,
konsa, n ap kontinye
gen favè Jewova.
Kounye a, nou rive nan
yon pati nan pwogram nan
ki vrèman ankourajan
e ki enteresan anpil.
Nou ka remake tab la
gen anvlòp sou li.
Men byennantandi,
se pa anvlòp òdinè.
Yo gen ladan yo diplòm
ki gen anpil valè
pou elèv yo nou renmen anpil.
Kou yo fin resevwa diplòm sa a,
nou pa pral rele yo elèv ankò.
Nou pral rele yo diplome,
diplome nan Lekòl Galaad.
Yo chak ap pase devan an
pou yo vin resevwa diplòm yo.
Tanpri David, ou mèt kòmanse.
Nou gen frè Abreu k ap retounen
nan filyal Repiblik dominikèn.
Apre sa, nou gen frè Aimé
k ap retounen nan filyal Ayiti.
Epi frè Alatorre pral sèvi
nan filyal Etazini.
Frè ak sè Arencibia ap retounen
nan filyal Etazini.
E frè Arulappa pral sèvi
nan filyal Sri Lanka.
Frè ak sè Barrett ap retounen
nan filyal Mikwonezi.
Frè Bundavica ap retounen
nan filyal Kwowasi.
Frè ak sè Carrillo ap retounen
nan filyal Pewou.
Frè ak sè Connell ap retounen
nan filyal Kongo Kinchasa.
Frè Dallmann ap retounen
nan filyal Ewòp santral.
E frè François pral sèvi
nan filyal Mozanbik.
Frè Gołąb ap retounen
nan filyal Polòy.
Frè ak sè Gratrix
pral sèvi nan filyal Japon.
Frè ak sè Hadad ap retounen
nan filyal Paragwe.
Frè ak sè Iewago ap retounen
nan filyal Papwazi Nouvèl Gine.
Frè Katsantonis ap retounen
nan filyal Lagrès.
Frè ak sè Koch ap retounen
nan filyal Chili.
Frè Mattusch ap retounen
nan filyal Ewòp santral.
Frè ak sè Momo ap retounen
nan filyal Kameroun.
Frè Musona ap retounen
nan filyal Zimbabwe.
Frè Muthami ap retounen
nan filyal Afrik delès.
Frè Ndayisaba ap retounen
nan filyal Rwanda.
Frè Njewa ap retounen
nan filyal Malawi.
Frè Ortega ap retounen
nan filyal Espay.
Frè ak sè Pavlov ap retounen
nan filyal Bilgari.
Frè ak sè Peinado ap retounen
nan filyal Venezyela.
Frè ak sè Pijalović ap retounen
nan filyal Kwowasi.
Frè ak sè Raymond ap retounen
nan filyal Trinidad ak Tobago.
Sè Şiriner ap retounen
nan filyal Tiki.
Frè Székely ap retounen
nan filyal Ongri.
Frè ak sè Uriarte ap retounen
nan filyal Myanma.
Frè van der Veen pral sèvi
nan filyal Kongo Kinchasa.
Sè Waichigo ap retounen
nan filyal Afrik delès.
Frè ak sè Youquoi ap retounen
nan filyal Liberya.
Bon, sa te vrèman enteresan.
M te gen pati ki pi fasil la.
M panse dènye fwa m
te gen privilèj
pou m jwe wòl prezidan
yon gradyasyon Galaad,
sa gen senkan.
Se te pou 148yèm klas la
e se te jis anvan pandemi an.
E si n sonje sa, nou pa t ka
bay lanmen.
Selon prekosyon n te dwe pran,
nou te dwe jis frape koud.
Sa te enteresan anpil
lefètke n te ka bay
frè ak sè nou renmen anpil yo
lanmen e n te ka felisite yo
pou bèl objektif sa a
yo rive atenn.
Kounye a, n ap prezante nou
tout klas la.
Bon, sa klè tout moun
fyè de nou anpil
e yo fyè tou de sa nou reyalize.
E nou konnen nou pral fè
bon travay alavni.
Kounye a, m panse nou gen
avèk nou frè Senad Pijalović.
M espere m te byen pwononse l.
Nou konprann sa k fè m gen frè
Schafer avèk mwen pou di non yo.
Men, Senad Pijalović pral li lèt
klas la te ekri a pou nou.
“Frè nou yo nan Kolèj santral la,
nou renmen nou anpil
e nou gen anpil rekonesans
pou bèl privilèj nou genyen
pou n asiste Lekòl Galaad la.
Bèl akèy nou te ban nou ak
lanmou fidèl nou te demontre
te touche nou chak pèsonèlman.
Pandan n t ap prepare n
pou lekòl la,
piske n konnen se Jewova
ki t apral anseye nou,
sa t ap yon bèl eksperyans.
Men, jan Efezyen 3:20 di sa:
‘Li ka vrèman fè pi plis lontan
pase tout sa n te ka imajine.’
Pandan n t ap etidye Bib la,
nou te vin konnen Jewova
ak Jezi pi byen.
Kè nou te vin touche
pi plis toujou
lè nou te wè jis nan ki pwen
yo gen sousi pou lèzòm.
Nou pa ta dwe janm gen dout
sou lanmou yo gen pou nou,
e nou pran detèminasyon
pou n demontre menm
lanmou sa a pou lòt moun.
Fòmasyon sa a nou sot
resevwa nan men Jewova a
se yon kado estrawòdinè!
Menm jan ak yon papa
ki plen lanmou,
enstriktè nou yo te sèvi ak Pawòl
Jewova a pou yo prepare nou
pou asiyasyon k ap
tann nou pi devan.
Nou te vrèman aprann anpil
bagay lè nou menm,
frè nou ki nan Kolèj santral la,
te vin ban nou fòmasyon.
Nou di nou mèsi pou sousi
nou demontre pou nou
e pou travay di n ap fè yo.
Anplis de sa, nou te byen
pwofite diskou ak vizit
frè k ap ede nan Kolèj santral la
ak lòt enstriktè vizitè yo.
E n ka di pa mwayen tout
kalite frè sa yo,
Jewova te fè yon bèl mizik
nan yon sans senbolik
pou touche kè nou e n ap sonje l
pandan tout lavi nou.
Byenke se pa t sou fòm
diskou nan klas,
nou te aprann anpil
leson enpòtan
nan men fanmi Betèl Etazini an
ki demontre lanmou, ki renmen
bay e ki renmen akeyi moun.
Nou tout nan fanmi Betèl Etazini an
te imite kalite Jewova yo
nan fason nou te trete
nou menm elèv yo.
Sa motive nou tout pou n fè pèp
Jewova a santi yo akeyi yo
e yo renmen, jan nou menm
fanmi Betèl la te fè sa.
Lè n reflechi sou tout gwo
benediksyon sa yo,
nou poze tèt nou menm
kesyon nou jwenn
nan Sòm 116:12 la ki di:
‘Ki sa nou ka bay Jewova
pou tout byen li fè nou?’
Jan kesyon an montre sa,
nou pap janm ka remèt Jewova
menm yon tikras
nan sa l fè pou nou.
Sepandan, nou pran
detèminasyon
pou n reponn menm jan
ak Rebeka
lè nou di: Nou pare pou n ale.
Sa fè nou tris pou n ale
paske youn renmen lòt
tankou yon fanmi.
Malgre sa, nou pare pou n
fè volonte Jewova,
pou n al aplike tout sa
nou sot aprann yo
e pou n pa trayi
konfyans nou fè nou,
nou menm ki sot gradye la a.
Avèk anpil rekonesans
ak lanmou,
frè ak sè nou yo,
158yèm klas Galaad.”
Bon, se yon lèt ki te bèl anpil.
E li te byen eksprime
fason klas la santi l.
Nou di nou te kontan avèk nou
pandan senk mwa,
nou menm tou,
nou te byen kontan.
E konsa, ‘youn te ka
ankouraje lòt’ toutbonvre.
Bon kounye a,
jis pou yon ti moman,
m ta renmen nou retounen
nan vèsè sa a ankò,
Matye 5:13, kote Jezi te di:
“Nou se sèl pou tè a.”
E nou te aplike vèsè sa a
pou nou menm.
Nou te wè yon seri bon bagay
ki gen nan sèl.
Pa egzanp, nou te wè li ka
leve gou manje.
Nou te wè fason li ka touye
mikwòb, li ka detwi yo.
E nou te pale sou fason
li ka konsève bagay.
Men kounye a, m ta renmen
nou jis pale
sou yon lòt bon bagay
nou jwenn nan sèl,
se enpòtans li.
Li gen anpil valè.
Anfèt, nan liv Perspicace la yo di:
“Li pa t toujou fasil pou
moun yo te rive jwenn sèl.
Te gen gè ak revolisyon
ki fèt poutèt sèl.
Lontan nan peyi Lachin, sèl te vin
an dezyèm pozisyon apre lò.
Nan tan lontan, yo te konn vann
medam yo ak timoun yo
pou yo achte sèl.
Yo te konn bay sòlda Seza yo
kòb pou yo achte sèl
e kantite lajan sa a,
yo te rele l salaryòm.
E se nan mo sa a
mo kreyòl “salè” a soti.
Bon, menmsi moun yo
te ka jwenn sèl
toupatou nan epòk Jezi a,
petèt, li te konnen istwa sa a.
Li te konnen tout valè, tout istwa
ki mache avèk sèl.
E menm nan epòk Jezi a,
menm lè tout moun te ka jwenn
sèl toupatou nan min sèl
yo te genyen
toupre Lanmè Mòt la,
oswa sèl moun yo te ka jwenn
apre dlo a te fin seche
nan zòn Lanmè Mòt la,
li posib pou Jezi te konn
istwa sa a,
epitou li te konn tout valè
sèl genyen,
menmsi moun yo te ka
jwenn li toupatou.
Li te konnen yo te ka itilize sèl
nan anpil bagay moun te konn fè.
Li te gen anpil valè,
menm jan sa ye pou nou jodi a.
E yon lòt pwen, se posib pou
Jezi te sonje tou
sèke nan kò nou, an jeneral,
gen anviwon demi liv sèl
ki nesesè pou kò nou fonksyone.
E kòm “yon moun ki
konn travay byen”,
ki te patisipe nan fè
tout bagay yo,
sa gen ladan l nou menm lèzòm,
se posib pou l te konnen sa.
Li te konnen san demi liv sèl sa a
nan kò nou, nou ta ka mouri.
Anfèt, si n pa gen ase sèl
nan kò nou,
si kantite sèl la pa ase
oswa li dezekilibre,
li ka fè n anvi vomi,
nou gen tèt vire,
nou gen kranp, nou gen kriz,
nou gen tèt fè mal,
nou ka endispoze
e gende lè menm, li ka
lakòz lanmò.
Donk, pa gen dout nan sa,
Jezi dwe te konnen sa.
Li se “moun ki konn travay
byen” an, bò kote Jewova,
lè Jewova t ap kreye tout bagay,
sa gen ladan l lèzòm tou.
Donk, jan n ka wè sa,
se yon konpliman:
“Nou gen anpil valè.”
E nou di menm bagay la
pou nou tou.
Nou renmen nou.
Nou enpòtan pou nou.
Nou gen anpil valè.
Nou tèlman renmen nou
pou tout sa nou fè deja.
E nou konnen nou pral
gen pou n fè
anpil anpil bèl
bagay toujou alavni.
Donk, pou nou fini, n ap di nou
pawòl nou jwenn nan priyè
ki nan chapit 6 nan liv Nonb lan:
“Se pou Jewova beni nou
e se pou l pwoteje nou!
Se pou Jewova fè limyè
ki sot nan figi l klere nou
e se pou l fè nou favè!
Se pou Jewova voye je gade nou
e se pou l ban nou lapè!”
Se priyè sa a nou fè
pou chak grenn nan nou,
52 elèv ki gradye jodi a
nan 158yèm klas la.
Nou gen konfyans
nou menm diplome yo,
nou pral yon benediksyon
nan asiyasyon nou.
Nan yon ti tan ki pa twò lwen,
plis diskou yo te bay
nan gradyasyon an
ap disponib sou jw.org ak
sou aplikasyon JW Library a.
Anvan nou ale,
ann al vizite frè nou yo
nan peyi Zimbabwe.
Peyi sa a ki pa gen lanmè ditou
gen twa klima diferan:
li gen yon plato santral
ki tanpere,
gen yon vale ki rele Zambezi
ki cho e ki sèk
epi gen yon zòn ki
gen mòn ki nan lès
ki fè frèt e ki toujou gen lapli.
Epitou, peyi a gen
plizyè lang ofisyèl.
Antou, gen 16 lang.
Moun yo plante mayi
toupatou nan peyi Zimbabwe.
E Zimbabweyen yo
byen sèvi avè l.
Yo bouyi l,
yo boukannen l
e yo menm fèmante l pou yo fè
yon bwason ki rele mahewu.
Gen yon manje trè popilè
yo fè ki rele sadza.
Yo pran mayi blan an, yo pile l
jis li tounen farin
epi yo kuit li sou ti dife jiskaske
li tounen yon pat ki gonmen.
An jeneral, yo manje
sadza ak men yo.
E souvan, yo manje l ak
plizyè lòt kalite manje tankou:
pye bèf, vyann bèf,
ak legim yo kouvri ak sòs pistach.
Istwa Bon nouvèl la
nan peyi Zimbabwe
kòmanse ozanviwon
ane 1900 yo.
Piblikasyon yo te kòmanse
rive nan peyi a
pa mwayen yon seri moun k ap
vwayaje sot Malawi ak Afrik disid.
Yon ti tan apre, yo te
fòme kèk gwoup
pou yo etidye Labib ansanm.
Epi, Nason Mukaronda ki te youn
nan premye pwoklamatè yo
te batize an 1924.
Kèk tan apre, gouvènman an
te vire kont mesaj nou an
paske l te fache poutèt moun
nan diferan ras te reyini
pou adore ansanm.
Distans pou rive 1940, yo te
entèdi tout piblikasyon nou yo.
Malgre anpil arestasyon
ak jijman nan tribinal,
frè ak sè nou yo te pèsevere
e sizan annapre, yo te leve
entèdiksyon an.
Mesaj Wayòm nan
te kontinye fleri
jis rive lè gè te pete
nan ane 1970.
Yo te mete frè nou yo ki pa t vle
mele nan politik nan prizon.
Bib sa a n ap gade la a,
te pase de men an men
pami frè yo ki te nan prizon yo.
Erezman, pandan ane
ki te vin apre yo,
kongregasyon yo te vin jwenn
yon ti peryòd lapè.
Kounye a,
gen 50 000 pwoklamatè
k ap kondui plis pase
103 000 etid biblik!
Gen youn nan gwoup
frè ak sè zele sa yo
nou jwenn nan kapital peyi a
ki se Harare,
nan kongregasyon Waterfalls.
Yo reyini la a nan premye
Sal Wayòm
ki te konstwi nan peyi a.
Kongregasyon sa a ap kondui
anviwon 200 etid biblik.
Frè ak sè nou yo gen yon mesaj
espesyal pou nou tout la.
Nan lang Shona
sa yo di la a vle di:
“Ki jan nou ye?
Nou renmen nou tout.”
E nou menm tou, nou voye
lanmou nou pou nou tout nèt.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo,
se te Tele JW.