00:00:01
Nou ozanviwon ane
45 epòk nou an,00:00:04
00:00:04
nan Antyòch ki nan Siri,00:00:07
00:00:07
twazyèm pi gwo vil nan
anpi women an.00:00:10
00:00:10
Te gen anpil moun nan vil sa a
ki te bezwen tande bon nouvèl la00:00:13
00:00:13
e petèt ki ta ka vin kretyen.00:00:16
00:00:16
Travay la te bezwen òganize.00:00:18
00:00:18
Yo te bezwen yon moun
ki ka ankouraje, konsole,00:00:23
00:00:23
e motive lòt moun,00:00:25
00:00:25
yon moun ki gen bon
enfliyans sou lòt moun.00:00:28
00:00:29
Kiyès kongregasyon an
te rekòmande00:00:31
00:00:31
e ki sa k te fè moun sa a kalifye
pou asiyasyon sa a?00:00:34
00:00:35
E ki leson nou ka aprann nan sa?00:00:37
00:00:38
Bon, ann ouvri Bib nou
nan Travay chapit 1100:00:41
00:00:41
(kongregasyon an te fèk fòme),00:00:43
00:00:44
n ap wè kiyès yo te rekòmande.00:00:46
00:00:46
Toudabò, kontèks la ede nou wè00:00:49
00:00:49
pèsekisyon an te fè disip yo
gaye rive jis Antyòch.00:00:53
00:00:54
Se te yon distans ki te anviwon
550 kilomèt ak Jerizalèm.00:00:59
00:01:00
Bon, ki sa k te pase?00:01:03
00:01:03
Te gen moun ki pale grèk ki te
kòmanse enterese nan Pawòl la.00:01:08
00:01:08
Kiyès yo t apral voye?00:01:10
00:01:11
Ann gade vèsè 22 a:00:01:13
00:01:13
“Kongregasyon ki te Jerizalèm
nan te tande pale de yo,00:01:18
00:01:18
se sa k fè yo te voye
Banabas Antyòch.”00:01:23
00:01:23
Se Banabas yo te chwazi.00:01:26
00:01:27
Banabas te gen bon enfliyans
sou lòt moun.00:01:30
00:01:30
Bon non l se te Jozèf ki vle di00:01:33
00:01:33
“Ja te ajoute”.00:01:35
00:01:35
Ala yon bèl non pou yon Levit!00:01:37
00:01:37
Men, selon apot yo,00:01:39
00:01:39
non Banabas la te pi byen mache
ak bèl pèsonalite l00:01:42
00:01:42
e ak fason l trete lòt moun.00:01:45
00:01:45
Banabas vle di “Pitit konsolasyon,”00:01:48
00:01:48
“Nonm k’ap ankouraje a”.00:01:51
00:01:51
Men, èske se sèlman pou
pèsonalite Banabas00:01:55
00:01:55
yo te chwazi l?00:01:57
00:01:57
Ann gade vèsè 24 la:00:01:59
00:02:00
“Paske, Banabas te yon bon moun,00:02:02
00:02:03
li te ranpli ak lespri sen
e li te gen anpil lafwa.”00:02:06
00:02:07
Li “te yon bon moun”,00:02:08
00:02:08
li pa t sèlman yon moun ki jis.00:02:10
00:02:11
Sa k fè l te yon bon moun?00:02:13
00:02:13
Ki sa k te fè l diferan konsa?00:02:15
00:02:16
Ann al nan ane 36 epòk nou an.00:02:19
00:02:19
Yo te toujou konn Pòl kòm Sòl
ki te konn pèsekite moun nan,00:02:23
00:02:23
e anpil nan yo te pè l.00:02:25
00:02:25
Nan Travay 9:26,00:02:27
00:02:27
Bib la fè nou konnen “yo tout te pè l”
nan kongregasyon sa a.00:02:32
00:02:33
Men, Banabas te “vin ede l”.00:02:36
00:02:36
Banabas te mennen l kot
Pyè ak Jak.00:02:40
00:02:41
Banabas te di yo ka fè l konfyans.00:02:44
00:02:44
Banabas te pale pou moun ki
pa t ka pale yo00:02:47
00:02:47
e l te ede moun ki bezwen èd.00:02:50
00:02:51
Donk, ki leson nou aprann?00:02:53
00:02:53
Yon bon moun pa jis
idantifye yon pwoblèm,00:02:56
00:02:56
men, li chèche ede rezoud li.00:02:59
00:02:59
Se sa k fè Banabas te
yon bon moun.00:03:01
00:03:02
Epitou, Banabas te “ranpli
ak lespri sen”.00:03:05
00:03:06
Ekspresyon “ranpli ak
lespri sen” an montre00:03:09
00:03:09
Jewova te bay Banabas
lespri sen l,00:03:12
00:03:13
e Banabas te suiv
direksyon lespri sa a.00:03:16
00:03:16
Bib la itilize ekspresyon sa a
pou de lòt moun ankò.00:03:20
00:03:21
Youn se Jezi apre batèm li00:03:25
00:03:25
lè lespri a mennen l
nan dezè a,00:03:27
00:03:27
e lòt la se Etyèn,
anvan yo te touye l.00:03:31
00:03:31
Banabas te sanble ak
de mesye sa yo.00:03:33
00:03:34
Ann gade sa vèsè a di
de lafwa.00:03:37
00:03:37
Banabas te gen lafwa.00:03:38
00:03:38
Sa vle di li te gen konfyans nan
fason Jewova fè bagay yo.00:03:41
00:03:42
E li te gen konfyans nan
direksyon Jezi bay.00:03:44
00:03:45
Toudegad te fè konnen00:03:46
00:03:46
petèt Banabas te youn
nan disip Jezi yo.00:03:49
00:03:50
Si se te sa, li te wè Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a.00:03:55
00:03:56
Li te wè fason Jezi
demontre lanmou,00:04:00
00:04:00
konpasyon, ak sousi
pou lòt moun.00:04:02
00:04:03
Sa te fè l vin gen plis
lanmou pou Jewova.00:04:06
00:04:06
Siman, sa te touche kè l e sa
te motive l pou ede lòt moun.00:04:12
00:04:12
Pa egzanp, nan ane 33
epòk nou an,00:04:15
00:04:15
sonje plizyè mil moun te batize,00:04:18
00:04:18
‘3,000 nan yon jou’
e kantite a te vin “5,000”.00:04:21
00:04:21
Apot yo t ap aprann
tout nouvo disip sa yo00:04:24
00:04:24
ki te rete toupre Jerizalèm
“Chemen an”. 00:04:27
00:04:28
Yo te bezwen kote pou yo rete,
manje ak lòt bagay ankò.00:04:32
00:04:33
Disip yo te travay ansanm pou
ede moun ki nan bezwen yo.00:04:36
00:04:37
Banabas te pami yo.00:04:38
00:04:39
N ap sonje Banabas te vann tè l la00:04:42
00:04:42
e l te bay kòb la pou ede
moun ki nan bezwen yo.00:04:45
00:04:45
Sa sa aprann nou?00:04:46
00:04:47
Nou bezwen gen lafwa pou nou
fè sakrifis pou Wayòm nan,00:04:51
00:04:51
kit se bagay materyèl, yon karyè,
oswa nenpòt lòt bagay la.00:04:54
00:04:54
Banabas pa t ezite.00:04:56
00:04:57
Ki leson nou aprann la a?00:04:59
00:04:59
Se pa paske Banabas te yon Levit,00:05:01
00:05:01
oswa li te gen bèl pèsonalite,
oswa li te konn travay byen00:05:05
00:05:05
ki te fè l te gen asiyasyon sa a
nan Antyòch.00:05:08
00:05:08
Se bèl kalite espirityèl li te
genyen yo ki te kalifye l.00:05:12
00:05:13
Nou ka site twa ladan yo:00:05:15
00:05:15
Li te “yon bon moun,00:05:16
00:05:16
li te ranpli ak lespri sen 00:05:18
00:05:18
e li te gen anpil lafwa.”00:05:20
00:05:20
Bon, ki jan sa te ede l Antyòch?00:05:23
00:05:23
Annou gade dezyèm pati vèsè 24 la:00:05:26
00:05:27
“Epi, te gen yon gwo foul moun
ki te vin kwè nan Seyè a.”00:05:31
00:05:32
“Yon gwo foul moun.”00:05:33
00:05:33
Si nou gade toutotou n,00:05:34
00:05:34
n ap wè gen yon gwo foul moun
nan oditoryòm nan.00:05:37
00:05:38
Yon gwo foul moun te vin
nan laverite grasa Banabas.00:05:42
00:05:42
E Jewova te beni efò l.00:05:44
00:05:44
Se sa vle di lè yon moun
gen bon enfliyans sou lòt moun.00:05:48
00:05:48
Ann egzamine yon lòt leson
nou ka aprann00:05:50
00:05:50
nan vèsè 25 lan.00:05:52
00:05:52
“Se konsa, l ale nan vil Tas pou l
al chèche Sòl byen chèche.”00:05:56
00:05:57
Men, poukisa li te oblije
kite Antyòch00:05:59
00:05:59
alòske l te jwenn bon rezilta?00:06:01
00:06:01
Li te gen kapasite, e li te
konn travay byen.00:06:04
00:06:05
Epoutan, li te fè anviwon
400 kilomèt 00:06:08
00:06:08
ap vwayaje pou ale Antyòch
pou al chèche Sòl,00:06:10
00:06:10
paske li konnen ansanm
yo te ka fè plis pou Jewova.00:06:14
00:06:15
Nou sonje sa yon moun
ka fè byen,00:06:17
00:06:17
de moun ka fè l pi byen toujou.00:06:20
00:06:20
“De pi bon pase youn.”00:06:23
00:06:23
Sa k fè se te Sòl?00:06:25
00:06:25
Banabas te wè li gen kapasite.00:06:28
00:06:28
Pòl te ka gen enfliyans
sou lavi moun.00:06:31
00:06:32
Donk, li t ap kapab fòtifye lafwa
frè ak sè yo epi ede lòt moun.00:06:38
00:06:39
Ki sa sa aprann nou?00:06:40
00:06:40
Nou wè gen anpil akwasman jodi a.00:06:43
00:06:43
Si nou bay lòt moun fòmasyon
pou yo fè travay Wayòm nan,00:06:47
00:06:47
y ap kapab ede ak akwasman
ki genyen depi kounye a,00:06:50
00:06:50
pandan gwo tribilasyon an
e nan monn nouvo a.00:06:54
00:06:54
Nou bezwen sonje00:06:56
00:06:56
gwo foul moun nan
ap gwo anpil.00:06:59
00:07:01
Se pral yon kantite moun
okenn moun pa ka konte.00:07:05
00:07:05
Vrèmanvre, lè nou bay
lòt moun fòmasyon00:07:08
00:07:08
se yon fason nou montre
nou gen lafwa.00:07:10
00:07:10
Se sa k fè nou la a.00:07:12
00:07:12
Nou resevwa fòmasyon
pou n ka soutni akwasman sa a.00:07:15
00:07:16
Gen yon lòt bagay enteresan
ki te pase nan Antyòch.00:07:19
00:07:19
Ann al nan Travay 13:1:00:07:23
00:07:23
“Twouve, nan kongregasyon
ki te Antyòch la,00:07:25
00:07:25
te gen pwofèt ak anseyan.”00:07:27
00:07:27
Banabas te pami yo, ak Sòl tou.00:07:29
00:07:30
Ann gad sa lespri sen te di
nan vèsè 2 a:00:07:33
00:07:34
“Mete Banabas ak Sòl
apa pou mwen00:07:37
00:07:37
pou travay mwen rele yo
pou yo fè a”00:07:39
00:07:40
La a, Banabas resevwa
yon lòt asiyasyon.00:07:43
00:07:44
Sa ki te enteresan yo te kite
de gason nan Antyòch,00:07:47
00:07:47
Banabas ak Sòl.00:07:49
00:07:50
Annapre, yo te vin rele Sòl Pòl,00:07:53
00:07:53
depi lè sa a, lè y ap pale de yo00:07:55
00:07:55
yo di “Pòl ak Banabas”00:07:59
00:07:59
oswa “Pòl ansanm ak
mesye ki te avè l yo.”00:08:02
00:08:02
Te vin gen yon chanjman.00:08:04
00:08:04
Moun ki te fèk vin kretyen an
te vin pran latèt.00:08:07
00:08:08
Sa k fè Banabas te ka
adapte l ak chanjman sa a00:08:12
00:08:12
san l pa dekouraje?00:08:13
00:08:14
Banabas te yon “bon moun”,00:08:15
00:08:15
li te “ranpli ak lespri sen”
e li te gen “lafwa”.00:08:18
00:08:18
Li te met enterè lòt moun
anvan enterè pa l.00:08:21
00:08:21
Li te bay Wayòm nan premye plas.00:08:23
00:08:24
Li te kite lespri sen dirije l00:08:26
00:08:26
e li te konte sou direksyon
Jewova bay.00:08:29
00:08:30
Banabas te gen bon enfliyans
sou lavi moun, ni Pòl tou.00:08:35
00:08:35
Se sa k fè yo de a
te travay byen ansanm.00:08:38
00:08:39
Sa klè, bon egzanp Banabas te bay
te ankouraje Pòl.00:08:43
00:08:43
Plis pase dizan annapre,00:08:44
00:08:45
Pòl te ekri Kretyen Efèz yo
konsènan “gason kòm kado”.00:08:49
00:08:49
Li te pale de “apot,” “pwofèt,”
“moun k ap evanjelize,”00:08:52
00:08:52
“bèje,” “anseyan”00:08:54
00:08:54
pou “konstriksyon”
kongregasyon an.00:08:56
00:08:57
Petèt, Pòl t ap panse ak Banabas
lè l t ap ekri pawòl sa yo.00:09:01
00:09:02
Jan nou wè sa, Banabas te gen bon
enfliyans sou lavi moun.00:09:06
00:09:06
E nou menm?00:09:07
00:09:08
Èske n ap gen bon enfliyans
sou lavi moun?00:09:10
00:09:11
Chak jou ban nou posiblite
pou nou fè byen,00:09:15
00:09:15
pou nou suiv direksyon lespri sen,00:09:18
00:09:18
e pou n demontre gwo lafwa.00:09:20
00:09:21
Mande tèt ou:00:09:22
00:09:22
Èske gen yon konpayon travay mwen00:09:24
00:09:24
mwen ka ankouraje jodi a?00:09:26
00:09:27
Kiyès li ye?00:09:28
00:09:28
Ki sa m ka di l pou m felisite l
e pou m remèsye l?00:09:32
00:09:32
Si yon moun bezwen konsolasyon,
ki jan m ka ede l?00:09:36
00:09:36
Voye yon mesaj pou li,00:09:38
00:09:38
rele l oswa pase wè l?00:09:40
00:09:41
Èske m ka chwazi yon moun
pou m bay fòmasyon00:09:44
00:09:44
epi ede l wè li gen kapasite?00:09:46
00:09:46
Ki lè m ap kòmanse ba l fòmasyon?00:09:48
00:09:49
Lè gen chanjman,00:09:50
00:09:50
ki jan m ka montre
mwen gen lafwa00:09:52
00:09:52
e mwen suiv direksyon
lespri sen bay?00:09:55
00:09:55
Nou menm elèv 158yèm
klas Galaad,00:09:58
00:09:58
gen asirans Jewova wè nou,00:10:01
00:10:01
Jewova renmen nou,00:10:03
00:10:03
e Jewova ban nou valè.00:10:05
00:10:06
Toutpandan Jewova ap ede nou
grandi pou n vin gen plis matirite,00:10:09
00:10:09
nou gen konfyans nou chak la00:10:12
00:10:12
ap gen bon enfliyans sou lòt moun.00:10:14
Michael E. Banks: Èske w ap gen bon enfliyans sou lòt moun? — Gradyasyon 158yèm klas Galaad
-
Michael E. Banks: Èske w ap gen bon enfliyans sou lòt moun? — Gradyasyon 158yèm klas Galaad
Nou ozanviwon ane
45 epòk nou an,
nan Antyòch ki nan Siri,
twazyèm pi gwo vil nan
anpi women an.
Te gen anpil moun nan vil sa a
ki te bezwen tande bon nouvèl la
e petèt ki ta ka vin kretyen.
Travay la te bezwen òganize.
Yo te bezwen yon moun
ki ka ankouraje, konsole,
e motive lòt moun,
yon moun ki gen bon
enfliyans sou lòt moun.
Kiyès kongregasyon an
te rekòmande
e ki sa k te fè moun sa a kalifye
pou asiyasyon sa a?
E ki leson nou ka aprann nan sa?
Bon, ann ouvri Bib nou
nan Travay chapit 11
(kongregasyon an te fèk fòme),
n ap wè kiyès yo te rekòmande.
Toudabò, kontèks la ede nou wè
pèsekisyon an te fè disip yo
gaye rive jis Antyòch.
Se te yon distans ki te anviwon
550 kilomèt ak Jerizalèm.
Bon, ki sa k te pase?
Te gen moun ki pale grèk ki te
kòmanse enterese nan Pawòl la.
Kiyès yo t apral voye?
Ann gade vèsè 22 a:
“Kongregasyon ki te Jerizalèm
nan te tande pale de yo,
se sa k fè yo te voye
Banabas Antyòch.”
Se Banabas yo te chwazi.
Banabas te gen bon enfliyans
sou lòt moun.
Bon non l se te Jozèf ki vle di
“Ja te ajoute”.
Ala yon bèl non pou yon Levit!
Men, selon apot yo,
non Banabas la te pi byen mache
ak bèl pèsonalite l
e ak fason l trete lòt moun.
Banabas vle di “Pitit konsolasyon,”
“Nonm k’ap ankouraje a”.
Men, èske se sèlman pou
pèsonalite Banabas
yo te chwazi l?
Ann gade vèsè 24 la:
“Paske, Banabas te yon bon moun,
li te ranpli ak lespri sen
e li te gen anpil lafwa.”
Li “te yon bon moun”,
li pa t sèlman yon moun ki jis.
Sa k fè l te yon bon moun?
Ki sa k te fè l diferan konsa?
Ann al nan ane 36 epòk nou an.
Yo te toujou konn Pòl kòm Sòl
ki te konn pèsekite moun nan,
e anpil nan yo te pè l.
Nan Travay 9:26,
Bib la fè nou konnen “yo tout te pè l”
nan kongregasyon sa a.
Men, Banabas te “vin ede l”.
Banabas te mennen l kot
Pyè ak Jak.
Banabas te di yo ka fè l konfyans.
Banabas te pale pou moun ki
pa t ka pale yo
e l te ede moun ki bezwen èd.
Donk, ki leson nou aprann?
Yon bon moun pa jis
idantifye yon pwoblèm,
men, li chèche ede rezoud li.
Se sa k fè Banabas te
yon bon moun.
Epitou, Banabas te “ranpli
ak lespri sen”.
Ekspresyon “ranpli ak
lespri sen” an montre
Jewova te bay Banabas
lespri sen l,
e Banabas te suiv
direksyon lespri sa a.
Bib la itilize ekspresyon sa a
pou de lòt moun ankò.
Youn se Jezi apre batèm li
lè lespri a mennen l
nan dezè a,
e lòt la se Etyèn,
anvan yo te touye l.
Banabas te sanble ak
de mesye sa yo.
Ann gade sa vèsè a di
de lafwa.
Banabas te gen lafwa.
Sa vle di li te gen konfyans nan
fason Jewova fè bagay yo.
E li te gen konfyans nan
direksyon Jezi bay.
<i>Toudegad </i>te fè konnen
petèt Banabas te youn
nan disip Jezi yo.
Si se te sa, li te wè <i>Lavi Jezi ak</i>
<i>travay predikasyon l sou tè a</i><i>.</i>
Li te wè fason Jezi
demontre lanmou,
konpasyon, ak sousi
pou lòt moun.
Sa te fè l vin gen plis
lanmou pou Jewova.
Siman, sa te touche kè l e sa
te motive l pou ede lòt moun.
Pa egzanp, nan ane 33
epòk nou an,
sonje plizyè mil moun te batize,
‘3,000 nan yon jou’
e kantite a te vin “5,000”.
Apot yo t ap aprann
tout nouvo disip sa yo
ki te rete toupre Jerizalèm
“Chemen an”.
Yo te bezwen kote pou yo rete,
manje ak lòt bagay ankò.
Disip yo te travay ansanm pou
ede moun ki nan bezwen yo.
Banabas te pami yo.
N ap sonje Banabas te vann tè l la
e l te bay kòb la pou ede
moun ki nan bezwen yo.
Sa sa aprann nou?
Nou bezwen gen lafwa pou nou
fè sakrifis pou Wayòm nan,
kit se bagay materyèl, yon karyè,
oswa nenpòt lòt bagay la.
Banabas pa t ezite.
Ki leson nou aprann la a?
Se pa paske Banabas te yon Levit,
oswa li te gen bèl pèsonalite,
oswa li te konn travay byen
ki te fè l te gen asiyasyon sa a
nan Antyòch.
Se bèl kalite espirityèl li te
genyen yo ki te kalifye l.
Nou ka site twa ladan yo:
Li te “yon bon moun,
li te ranpli ak lespri sen
e li te gen anpil lafwa.”
Bon, ki jan sa te ede l Antyòch?
Annou gade dezyèm pati vèsè 24 la:
“Epi, te gen yon gwo foul moun
ki te vin kwè nan Seyè a.”
“Yon gwo foul moun.”
Si nou gade toutotou n,
n ap wè gen yon gwo foul moun
nan oditoryòm nan.
Yon gwo foul moun te vin
nan laverite grasa Banabas.
E Jewova te beni efò l.
Se sa vle di lè yon moun
gen bon enfliyans sou lòt moun.
Ann egzamine yon lòt leson
nou ka aprann
nan vèsè 25 lan.
“Se konsa, l ale nan vil Tas pou l
al chèche Sòl byen chèche.”
Men, poukisa li te oblije
kite Antyòch
alòske l te jwenn bon rezilta?
Li te gen kapasite, e li te
konn travay byen.
Epoutan, li te fè anviwon
400 kilomèt
ap vwayaje pou ale Antyòch
pou al chèche Sòl,
paske li konnen ansanm
yo te ka fè plis pou Jewova.
Nou sonje sa yon moun
ka fè byen,
de moun ka fè l pi byen toujou.
“De pi bon pase youn.”
Sa k fè se te Sòl?
Banabas te wè li gen kapasite.
Pòl te ka gen enfliyans
sou lavi moun.
Donk, li t ap kapab fòtifye lafwa
frè ak sè yo epi ede lòt moun.
Ki sa sa aprann nou?
Nou wè gen anpil akwasman jodi a.
Si nou bay lòt moun fòmasyon
pou yo fè travay Wayòm nan,
y ap kapab ede ak akwasman
ki genyen depi kounye a,
pandan gwo tribilasyon an
e nan monn nouvo a.
Nou bezwen sonje
gwo foul moun nan
ap gwo anpil.
Se pral yon kantite moun
okenn moun pa ka konte.
Vrèmanvre, lè nou bay
lòt moun fòmasyon
se yon fason nou montre
nou gen lafwa.
Se sa k fè nou la a.
Nou resevwa fòmasyon
pou n ka soutni akwasman sa a.
Gen yon lòt bagay enteresan
ki te pase nan Antyòch.
Ann al nan Travay 13:1:
“Twouve, nan kongregasyon
ki te Antyòch la,
te gen pwofèt ak anseyan.”
Banabas te pami yo, ak Sòl tou.
Ann gad sa lespri sen te di
nan vèsè 2 a:
“Mete Banabas ak Sòl
apa pou mwen
pou travay mwen rele yo
pou yo fè a”
La a, Banabas resevwa
yon lòt asiyasyon.
Sa ki te enteresan yo te kite
de gason nan Antyòch,
Banabas ak Sòl.
Annapre, yo te vin rele Sòl Pòl,
depi lè sa a, lè y ap pale de yo
yo di “Pòl ak Banabas”
oswa “Pòl ansanm ak
mesye ki te avè l yo.”
Te vin gen yon chanjman.
Moun ki te fèk vin kretyen an
te vin pran latèt.
Sa k fè Banabas te ka
adapte l ak chanjman sa a
san l pa dekouraje?
Banabas te yon “bon moun”,
li te “ranpli ak lespri sen”
e li te gen “lafwa”.
Li te met enterè lòt moun
anvan enterè pa l.
Li te bay Wayòm nan premye plas.
Li te kite lespri sen dirije l
e li te konte sou direksyon
Jewova bay.
Banabas te gen bon enfliyans
sou lavi moun, ni Pòl tou.
Se sa k fè yo de a
te travay byen ansanm.
Sa klè, bon egzanp Banabas te bay
te ankouraje Pòl.
Plis pase dizan annapre,
Pòl te ekri Kretyen Efèz yo
konsènan “gason kòm kado”.
Li te pale de “apot,” “pwofèt,”
“moun k ap evanjelize,”
“bèje,” “anseyan”
pou “konstriksyon”
kongregasyon an.
Petèt, Pòl t ap panse ak Banabas
lè l t ap ekri pawòl sa yo.
Jan nou wè sa, Banabas te gen bon
enfliyans sou lavi moun.
E nou menm?
Èske n ap gen bon enfliyans
sou lavi moun?
Chak jou ban nou posiblite
pou nou fè byen,
pou nou suiv direksyon lespri sen,
e pou n demontre gwo lafwa.
Mande tèt ou:
Èske gen yon konpayon travay mwen
mwen ka ankouraje jodi a?
Kiyès li ye?
Ki sa m ka di l pou m felisite l
e pou m remèsye l?
Si yon moun bezwen konsolasyon,
ki jan m ka ede l?
Voye yon mesaj pou li,
rele l oswa pase wè l?
Èske m ka chwazi yon moun
pou m bay fòmasyon
epi ede l wè li gen kapasite?
Ki lè m ap kòmanse ba l fòmasyon?
Lè gen chanjman,
ki jan m ka montre
mwen gen lafwa
e mwen suiv direksyon
lespri sen bay?
Nou menm elèv 158yèm
klas Galaad,
gen asirans Jewova wè nou,
Jewova renmen nou,
e Jewova ban nou valè.
Toutpandan Jewova ap ede nou
grandi pou n vin gen plis matirite,
nou gen konfyans nou chak la
ap gen bon enfliyans sou lòt moun.
-