JW subtitle extractor

Peter Price: Èske w pare pou w bay bèt yo bwè dlo? — Gradyasyon 158yèm klas Galaad

Video Other languages Share text Share link Show times

Nan mwa k sot pase yo,
nou te resevwa fòmasyon
ki te ede nou
pou nou vin pi pwòch ak Jewova
e pou n gen plis apresyasyon
pou bèl kalite l yo.
Fòmasyon sa a pa t sèlman
fòtifye lafwa nou,
men, li te ban nou kapasite
pou n byen sèvi lòt moun
avèk lanmou.
Gen yon moman nan lavi Moyiz
ki montre sa byen klè.
Se pa lè l t ap travèse Lanmè Wouj,
nitou, se pa t lè l te resevwa Lalwa
Bondye a sou Mòn Sinayi.
Men, se lè l te bò yon pi
nan Madyan,
apre l te fin pèdi tout sa l te genyen,
e l te pran gwo desizyon pou l
sèvi lòt moun.
Tanpri, ann ouvri Bib nou
nan Egzòd chapit 2,
e ann eseye fè kòmsi
nou te la lè sa a.
Egzòd chapit 2.
Bon, lè sa a, Moyiz te gen pwoblèm.
Li te fèk sot touye yon Ejipsyen
pou l te ka defann yon
Izrayelit parèy li.
Konsa li te montre li pa t wè tèt li
kòm yon Ejipsyen,
men, pito kòm yon sèvitè Jewova.
Nan demen, lè l t ap eseye
separe de Izrayelit
ki te nan diskisyon youn ak lòt,
youn ladan yo te fache kont li.
Ann wè sa nan vèsè 14 la.
Se Egzòd 2:14.
Mesye a di:
“Ki moun ki mete w chèf e ki
mete w jij sou nou?
Ou bezwen touye m menm
jan w te touye Ejipsyen an?”
Sa te chanje tout bagay.
Rès istwa a montre sa te fè
“[Moyiz] vin pè”
paske li te vin rann li kont sa l te
fè a pa yon sekrè ankò.
Bagay yo te vin pi mal.
Ann gade vèsè 15 lan:
“Annapre, Farawon vin konn sa,
e li te vle touye Moyiz.
Men, Moyiz chape poul li
poutèt Farawon
e l al abite nan peyi Madyan.
Lè l rive, li chita arebò yon pi.”
Imajine sa!
Farawon, yon moun ki te
leve Moyiz nan fanmi l
tande l te touye yon moun.
Men, olye l te pwoteje l,
li te vle touye l.
Moyiz chape poul li.
Eseye imajine sèn nan:
Moyiz kouvri ak pousyè, li fatige,
li dekouraje apre l fin pase plizyè jou
ap vwayaje sou move wout.
Li pa gen okenn tit,
okenn pozisyon,
jis yon mesye bò yon pi
k ap reflechi poukont li.
Petèt, li t ap panse ak
sa k te lage l nan sa.
“Strese”!
Nou kapab di se pa strese sèlman
li te strese nan moman an.
Men, sitiyasyon an pa t
ret konsa nèt.
Gade vèsè 16 ak vèsè 17 la.
“Prèt Madyan an te gen sèt pitit fi,
e yo te vin nan pi a pou yo pran dlo
e pou yo plen ganmèl yo ak dlo
pou yo bay bèt papa yo
te genyen yo bwè.
Men, jan bèje yo te gen
abitid fè sa,
yo vini epi yo fè yo ale.
Lè Moyiz wè sa, li leve,
li ede medam yo epi li bay
bèt yo bwè dlo.”
Nou wè vèsè a di “te gen
abitid fè sa”.
Pawòl sa yo montre se pa t
yon bagay ki nouvo.
Men, medam yo te atann bèje yo
t apral mal boule avèk yo.
Men, fwa sa a, Moyiz te wè sa
e l te fè yon bagay.
Bon, Moyiz pa t di tèt li:
‘Sa se pa pwoblèm pa m,
oswa li pa t reflechi ak sa ki
fèk sot rive l la, e l te di:
‘Sa fè m panse ak sa k te rive
ann Ejip la.
Fwa sa a, mwen pap mele
nan sa.’
Li te leve, li defann yo
e l bay bèt yo dlo.
Istwa a pa fè konnen si Moyiz
te menm prezante tèt li,
oswa fè konnen kiyès li ye.
Medam yo te jis konnen
se yon mesye k ap pase.
Gade ki jan medam yo te dekri
Moyiz nan vèsè 18-20.
“Lè medam yo retounen lakay yo
al jwenn papa yo, Rewouyèl, li di yo:
‘Kòman nou fè retounen vit
konsa jodi a?’
Yo reponn li:
‘Gen yon Ejipsyen ki te sove nou
anba men bèje yo.
Li te menm tire dlo nan pi a pou nou
e li te bay bèt yo bwè.’
Lè sa a, li di pitit fi l yo:
‘Kote li? Poukisa nou pa t vin avè l?
Al rele l non pou l ka manje
avèk nou.’”
Medam yo pa t menm konn non l,
yo te di: “Yon Ejipsyen”.
Epoutan, jan nou li sa
nan vèsè 21 an,
bèl aksyon sa a te pèmèt Moyiz
jwenn yon kay pou l rete,
yon fanmi e yon nouvo vi.
Nou wè Jewova pa t
abandone Moyiz.
Li te wè li gen bon kè,
li gen konpasyon e li dispoze
sèvi lòt moun
menm lè pèsonn pa t ap gade.
Kalite sa yo te fè Moyiz vin tounen
yon moun k ap gide Pèp Bondye a
avèk kouraj avèk lafwa.
Ki leson nou aprann nan
istwa sa a k ap itil
nan asiyasyon nou?
Ann pale sou twa ladan yo.
Premye a: Se pou w yon sous
ankourajman pou lòt moun.
Moyiz te wè yon bezwen,
li te fè yon bagay.
Nou jwenn fòmasyon pou n
gen bon konprann.
Pa egzanp, nou remake
yon konpayon travay nou
pa pale, oswa strese,
yon moun twouve l difisil
pou l preche.
Yo ban nou bonjan zouti
pou n ede yo:
Nou ka li yon vèsè pou yo,
pran ti tan pou n koute yo,
oswa fè yon ti priyè
an silans pou yo.
Konsa, menm jan ak Moyiz,
se kòmsi n ap “bay bèt yo
bwè dlo.”
Sonje sa.
Ou pap jis retounen nan yon
asiyasyon oswa nan yon peyi.
Men, w ap retounen nan yon
fanmi frè ak sè.
Egzanp ou bay kapab fòtifye yo.
Men yon dezyèm leson:
Kite imilite pouse w sèvi lòt moun.
Moyiz pa t sèlman defann
medam yo,
li te bay bèt yo dlo.
Li te ale pi lwen pase sa
yo t ap atann de li.
Li te sèvi lòt moun san l
pa wè tèt li.
Kòm rezilta, medam yo
te fè l konfyans.
Anpil nan nou menm sè nou yo
ki nan klas sa a fè menm bagay la.
Se pa kounye a sèlman,
men, depi plizyè ane.
Nou demontre kouraj ak imilite
menm jan ak Moyiz.
Kèk nan nou t al sèvi kote
ki gen plis bezwen,
nou te aprann lang ki difisil,
oubyen nou t al sèvi nan Betèl,
nou te travay kèk jou pa semèn
antanke volontè
pou n ede nan travay k ap fèt nan
filyal la oubyen nan biwo tradiksyon.
E byen souvan, nou fè sa malgre
nou pa gen gwo mwayen,
san nou pa antann pou n
jwenn anyen anretou.
Nou pa t ap sèvi pou pozisyon,
pou lwanj,
ak espwa n ap jwenn lòt privilèj
tankou Galaad.
Nou te fè sa, paske
nou renmen Jewova
e nou renmen frè ak sè nou yo.
Nou kapab di lòt moun wè sèvis
nou bay avèk imilite.
Grasa egzanp nou, nou ankouraje
lòt moun san nou pa di anyen,
frè ak sè nou yo tou, pou yo
sèvi lòt moun, avèk imilite.
Ni Jewova, ni frè ak sè nou yo,
bay kalite sèvis sa a anpil valè.
Kidonk, kontinye sèvi lòt moun
ak menm kalite imilite sa a,
ak anpil lanmou, ak gwo lafwa.
Men yon twazyèm leson:
Sèvi lòt moun menm lè
nou santi nou fèb.
Bagay yo pa t fasil pou Moyiz
lè l te ede medam yo bò pi a.
Li t ap kouri pou l sove lavi l.
Li pa t konn kote l prale,
pa t gen pèsonn pou ede l
e l pa konn ki sa k t apral
rive l annapre.
Nan moman difisil sa a nan lavi l,
li te chwazi sèvi lòt moun.
Li te leve e li bay bèt yo dlo.
Se yon gwo leson pou nou,
paske pral gen moman
nan asiyasyon nou,
koute li pap fasil pou n ede lòt
moun, pou n bay bèt yo dlo.
Se kapab lè n ap adapte nou ak
yon nouvo kilti, yon nouvo lang,
oswa yon nouvo depatman.
Se kapab lè nou santi
nou pa ka fè tout sa nou te konn
fè nan sèvis Jewova a,
oubyen, lòt moun pa apresye
travay nou fè.
Se kapab lè n santi yo
pa konprann nou,
oubyen, kwayan parèy nou
ban nou konsèy,
li ka menm laj avèk nou,
oswa pi jèn,
sa ki teste imilite nou.
Nou ka santi nou about,
nou anvi wè fanmi n,
oubyen n ap goumen ak
yon pwoblèm sante.
Nan moman sa yo, nou ka santi
nou pa anvi ede moun.
Egzanp Moyiz raple nou
nou kapab ede lòt moun
menm lè nou santi nou fèb.
Jewova pa atann pou nou pafè,
men, li bay sèvis nou bay
ak tout kè nou anpil valè,
sitou lè n fè sa malgre nou fèb.
Lè nou santi asiyasyon nou
twòp pou nou,
nou santi se pa bon moman an,
oubyen, yo pa apresye
travay nou fè,
sonje 2 Korentyen 12:10:
“Lè m fèb, se atò m gen pisans”.
Menm jan ak Moyiz bò pi a,
efò nou fè pou nou sèvi lòt moun
avèk imilite gen plis valè
lè se fòs Jewova, Papa nou,
ban nou ki pouse nou fè sa.
Ki sa nou ka aprann
nan eksperyans Moyiz te fè
bò pi dlo a ki ka ede nou
nan nouvo asiyasyon
nou prale a?
Bon, Moyiz pa t ap gide yon nasyon,
li pa t ap fè mirak.
Se te jis yon moun ki gen pwoblèm
ki te chwazi ede lòt moun.
E l te fè yon bon chwa.
Pandan w pral nan asiyasyon w,
se pou w toujou yon sous
ankourajman pou lòt moun.
Gwo lafwa w kapab ankouraje
moun ki bò kote w.
Sèvi lòt moun avèk imilite.
Aksyon w fè ki demontre lanmou
moun pa wè gen anpil valè.
Dispoze sèvi lòt moun
menm lè w santi w fèb,
paske sèvis ou bay nan moman
difisil gen anpil valè.
Gen yon rapèl nan Pawòl Bondye a
ki montre sa byen klè.
Se Galat 6:10.
Galat 6:10.
Li di:
“Kidonk, toutotan nou gen
okazyon pou sa,
annou fè byen ak tout moun,
men sitou ak moun ki fanmi nou
nan lafwa.”
Franchman, nou kapab di
nou deja ap fè sa,
nou deja ap fè byen pou lòt moun,
sitou pou fanmi frè ak sè nou yo.
Kounye a, apre nou fin resevwa
bèl fòmasyon sa a,
nou plis motive toujou pou n
kontinye fè sa.
Donk, lè moman an rive
kote n jwenn sitiyasyon
nou pa t atann,
yo pa wè travay nou, oubyen
nou santi nou fèb,
èske w ap pare pou w
“bay bèt yo dlo”?
W ap pare, paske w pap
poukont ou.
Jewova wè w, li bay efò w valè,
e l ap ba ou fòs ou bezwen
pou w kontinye ede lòt moun
lè w plis bezwen sa.