00:00:00
Prezans li te enpresyonan
e absans li te enpòtan tou. 00:00:05
00:00:05
Ki leson nou ka aprann nan lavi Jan
ki konn Batize moun nan? 00:00:10
00:00:10
Ann gade!00:00:11
00:00:11
Ann kòmanse nan Jan chapit 3, 00:00:14
00:00:15
nou pral li vèsè 27 ak 28. 00:00:18
00:00:20
Jan 3:27, 28 li di: 00:00:23
00:00:25
“Jan reponn, li di:00:00:27
00:00:27
‘Yon moun pa ka resevwa anyen 00:00:30
00:00:30
si se pa Bondye nan
syèl la ki ba li l. 00:00:33
00:00:34
Nou menm, nou temwen mwen te
di: “Se pa mwen menm ki Kris la,00:00:38
00:00:38
men se voye yo
te voye m devan l.”’”00:00:42
00:00:43
La a, Jan ap pale ak disip li yo. 00:00:45
00:00:45
E li te fè yon bagay parèt byen klè. 00:00:48
00:00:48
Li te fè yo konprann byen klè
jan l te di sa anvan an00:00:51
00:00:51
nan Lik 3:16 la li gen
yon wòl pou l jwe. 00:00:54
00:00:55
La a, li di:00:00:56
00:00:57
“[Li] pa ka resevwa anyen.”00:00:59
00:00:59
Ki sa l te vle di menm? 00:01:00
00:01:00
Li di: “Se voye yo te
voye m devan.” 00:01:03
00:01:04
Donk, li t ap jwe yon wòl
nan yon bagay ki pi enpòtan.00:01:09
00:01:09
E ki wòl sa a li t ap jwe a? 00:01:11
00:01:12
Ebyen, yo te fè paran Jan yo
konn sa depi avan l te fèt. 00:01:17
00:01:17
Yo te fè papa l konn sa. 00:01:19
00:01:19
Li klè se li menm Ezayi te di
ki ‘moun k ap di byen fò’ a.00:01:24
00:01:24
Se li menm Malachi te di
ki t ap “pwofèt Eli” a.00:01:30
00:01:31
Bon, yon moun ki gen
yon gwo misyon konsa, 00:01:33
00:01:33
ki kote li t apral jwe
wòl gwo pwofèt sa a? 00:01:36
00:01:37
Lojikman ou te ka panse
Jerizalèm se yon bon kote. 00:01:40
00:01:41
Men non, kote Jan t ap gen pou l
jwe wòl li a se te nan dezè a. 00:01:47
00:01:47
Li te yon ‘vwa k ap rele
byen fò nan dezè a’.00:01:50
00:01:52
Jan, yon Nazireyen te dwe reziste
devan divès kalite tantasyon 00:01:57
00:01:57
pou l te konsantre
sou wòl yo te ba li a. 00:02:01
00:02:02
Li pa t ka pwofite kèk bagay
lòt moun t ap byen pwofite 00:02:05
00:02:05
yon fason pou l te ka jwe wòl li a. 00:02:09
00:02:09
Bon, ki travay Jan te fè? 00:02:12
00:02:13
Jan te yon pwofèt ki
pa t konn akonpli okenn siy, 00:02:16
00:02:16
ni fè okenn mirak. 00:02:18
00:02:18
Men li te konn fè yon bagay
ki te pi enpòtan. 00:02:21
00:02:21
Yo te anonse Jan ‘t ap fè kè [papa
yo ak kè pitit yo] vin menm jan’. 00:02:27
00:02:28
Lalwa se te “gid k ap
mennen nou bay Kris”. 00:02:31
00:02:31
Donk, wòl Jan se te pou l fè nasyon an
vin tounen vin jwenn Jewova 00:02:34
00:02:34
epi pou l aksepte Mesi a.00:02:37
00:02:37
Ki leson nou tout nou
aprann nan men Jan? 00:02:40
00:02:41
Aksepte asiyasyon w lan
ak tout kè w, 00:02:45
00:02:45
rete nan plas ou
e fè tout sa w kapab ladan l.00:02:49
00:02:51
Ann gade yon tikras
pi lwen nan Jan 3 a. 00:02:53
00:02:53
N ap gade vèsè 29 ak vèsè 30. 00:02:56
00:02:56
La a, se disip li yo ki al jwenn li
nan vèsè 26 la ki di l: 00:02:59
00:02:59
“Tout moun pral jwenn li
[sa vle di Jezi].” 00:03:02
00:03:02
Disip Jan yo pa t dakò
pou yo wè mèt yo00:03:06
00:03:06
t ap vin nan dezyèm pozisyon. 00:03:08
00:03:08
Men gade ki repons Jan ki konn
batize moun nan te ba yo, 00:03:12
00:03:12
nan vèsè 29 la
li bay yon egzanp li di: 00:03:14
00:03:14
“Moun ki gen lamarye a
se lemarye. 00:03:17
00:03:17
Men, lè zanmi lemarye a
kanpe bò kote l 00:03:19
00:03:19
e li tande l k ap pale,
li kontan anpil,00:03:22
00:03:22
paske l tande vwa lemarye a. 00:03:24
00:03:25
Se sa k fè kè m kontan nèt.” 00:03:28
00:03:29
Jan te gen kè kontan,00:03:31
00:03:31
kè kontan l te genyen an
te makonnen ak wòl li t ap jwe.00:03:35
00:03:36
Sa montre gwo imilite Jan te genyen. 00:03:38
00:03:38
Li pa t nan konpetisyon ak Jezi. 00:03:40
00:03:42
Gwo asiyasyon Jezi te genyen an
pa t retire nan asiyasyon Jan an. 00:03:46
00:03:48
Jan te satisfè ak asisyasyon l lan. 00:03:51
00:03:51
Satifaksyon grandi nan tè imilite. 00:03:55
00:03:55
E li nouri ak rekonesans. 00:03:57
00:03:58
Aprann gen kèk ak lòt moun
e gen kè kontan pou lòt moun.00:04:03
00:04:04
Gade ki sa l te di nan vèsè 30 lan: 00:04:06
00:04:07
“Aktivite Kris dwe
kontinye ogmante, 00:04:09
00:04:09
men, aktivite pa m
dwe kontinye diminye.” 00:04:12
00:04:13
“Diminye”! 00:04:14
00:04:15
Jan te konnen asiyasyon l
lan t ap gen pou fini00:04:18
00:04:19
tikras pa tikras. 00:04:21
00:04:21
Asiyasyon espesyal sa a
te gen yon kòmansman, 00:04:24
00:04:24
men l t ap gen pou l fini. 00:04:26
00:04:27
Pafwa, lè nou aksepte
tout bagay ka fini yon lè, 00:04:31
00:04:31
e n kontante n pou n
jwe yon wòl segondè 00:04:33
00:04:33
sa ka diminye anpil
tansyon nan lavi nou.00:04:36
00:04:37
Donk, Jan te konnen asiyasyon l
lan t ap gen pou l fini. 00:04:40
00:04:40
Men petèt, li pa t konnen
li t apral fini talè konsa. 00:04:42
00:04:43
Asiyasyon Jan ak travay li t ap
kontinye rive jis nan batèm Jezi, 00:04:48
00:04:48
e sa te dire anviwon sis mwa. 00:04:50
00:04:50
Sis mwa annapre,
Ewòd Antipas te mete l nan prizon. 00:04:54
00:04:55
E sa te fini la.00:04:56
00:04:57
Men, èske se te vre?00:04:59
00:04:59
Ann al avè m nan Mak 6,00:05:01
00:05:03
Mak 6 e n ap li vèsè 20 an. 00:05:05
00:05:07
Men sa yo te di sou Jan
lè l te nan prizon an. 00:05:10
00:05:10
Vèsè 20 an di: 00:05:11
00:05:11
“Paske, Ewòd te pè fè Jan mal00:05:14
00:05:14
paske li te konnen
li se yon moun ki jis e ki sen,00:05:17
00:05:17
se sa k fè li te pwoteje l. 00:05:19
00:05:20
Lè l fin tande Jan,
li pa konn sa pou l fè avè l, 00:05:23
00:05:23
men li te kontinye
pran plezi tande l.”00:05:27
00:05:28
Nan yon sans, Ewòd sanble
te gen senpati pou Jan, 00:05:31
00:05:31
e li te pran plezi tande l k ap pale. 00:05:33
00:05:34
Ewòd te rekonèt
Jan pa t yon moun òdinè. 00:05:37
00:05:37
Donk, li te konn pran plezi tande l,
men, ki sa Jan t ap di00:05:41
00:05:42
Ewòd Antipas? 00:05:43
00:05:44
Jan pa t janm rate
yon okazyon pou l pale laverite. 00:05:49
00:05:49
Jan pa t ap flate Ewòd kòmkwa
pou Ewòd ta fè yon bagay pou li, 00:05:53
00:05:53
men Jan t ap eseye
ede l lè l te di l laverite. 00:05:56
00:05:56
Jan te toujou ‘vwa ki nan dezè a’.00:05:58
00:05:58
Ki sa l t ap fè? 00:05:59
00:06:00
Li t ap pale ak Ewòd Antipas
pou ede l repanti, 00:06:03
00:06:03
pou l chèche jwenn favè Bondye,00:06:05
00:06:05
pou l aksepte Kris e pou l viv. 00:06:08
00:06:08
Jan te toujou ‘vwa k ap
rele byen fò nan dezè a’.00:06:12
00:06:12
Donk, sikonstans yo ka
chanje nan lavi nou. 00:06:15
00:06:15
Men, pa janm
sispann pale laverite, 00:06:18
00:06:18
e pa janm sispann ret
fidèl nan asiyasyon nou. 00:06:22
00:06:23
Lè nou li nan Ekriti yo, nou wè Jezi
te pale plis konsènan Jan 00:06:28
00:06:29
apre Jan te fin mouri
pase lè Jan te ansanm avè l.00:06:34
00:06:35
Men anviwon ennan apre
yo te fin met Jan nan prizon, 00:06:37
00:06:37
gade ki sa Jezi te di sou Jan. 00:06:40
00:06:40
Se nan Matye 11.00:06:42
00:06:44
Matye 11:7, li di: 00:06:47
00:06:49
“Pandan yo prale, Jezi kòmanse
pale foul moun yo de Jan, li di yo:00:06:54
00:06:54
‘Ki sa nou te soti al
gade nan dezè a? 00:06:57
00:06:57
Yon wozo van ap souke?’” 00:07:00
00:07:01
Yon wozo!00:07:02
00:07:02
Se bagay moun te wè
pi souvan bò rivyè Jouden an.00:07:05
00:07:05
Ki sa Jezi te vle di?00:07:07
00:07:07
Jan pa t yon moun òdinè. 00:07:09
00:07:10
Moun sa yo te soti al gade a
te yon moun estrawòdinè. 00:07:14
00:07:14
Moun pa janm vwayaje
jis pou yo al wè yon moun òdinè. 00:07:17
00:07:17
Yon gwo foul moun
te rasanble nan dezè a 00:07:20
00:07:20
pou yo te ka wè Jan
ki konn batize moun nan. 00:07:23
00:07:23
Se nan pwen sa a
li te estrawòdinè.00:07:25
00:07:27
Èske li te yon wozo
“van ap souke”? Non!00:07:29
00:07:29
Jan te fèm, li te dwat, li te stab.00:07:32
00:07:33
Men gen plis pase sa. 00:07:34
00:07:34
Gade sa l di nan vèsè 11 lan:00:07:36
00:07:38
“Anverite m ap di nou sa: 00:07:40
00:07:40
Pami moun ki sot nan vant fi, 00:07:41
00:07:41
pa gen youn nan moun yo
te voye yo ki gen plis enpòtans 00:07:44
00:07:44
pase Jan ki konn
batize moun nan.”00:07:46
00:07:48
Travay Jan an te fini.00:07:49
00:07:50
Kontrèman ak Eli
e kontrèman ak Moyiz,00:07:53
00:07:53
travay Jan an pa t fini
yon fason ki estrawòdinè. 00:07:56
00:07:57
Yo te touye l nan menm ane
Jezi te di pawòl sa yo. 00:08:00
00:08:01
E sa fè nou sonje
yon verite enpòtan. 00:08:05
00:08:05
Yon asiyasyon nou renmen ka fini,00:08:08
00:08:09
e gendwa se yon asiyasyon nou renmen
e nou te fè anpil sakrifis ladan l. 00:08:13
00:08:13
Anpil moun ka sonje nou e
yo ka di anpil bon bagay sou nou, 00:08:17
00:08:17
e n ka pa janm konn sa. 00:08:18
00:08:19
Pa gen pwoblèm,
se pa pou sa n te fè sa. 00:08:22
00:08:24
Men bon egzanp ou ap kontinye
gen bon enfliyans sou lòt moun.00:08:27
00:08:28
Annou gade yon dènye vèsè. 00:08:30
00:08:30
Se pawòl Jezi te di nan Jan 10 la. 00:08:33
00:08:33
Jan 10.00:08:35
00:08:36
Vèsè 39, li te fenk deplase00:08:39
00:08:39
paske yo t ap chèche touye l 00:08:41
00:08:41
e li te ale nan yon lòt zòn,
nan vèsè 40 lan li di: 00:08:44
00:08:44
‘L al pa lòtbò Rivyè Jouden an
kote Jan t ap batize moun nan.’ 00:08:47
00:08:47
Nou te pale sou
vèsè sa a nan lekòl la, 00:08:50
00:08:50
se te yon kote espesyal00:08:51
00:08:51
ki te fè Jezi sonje
Jan ak travay li te konn fè. 00:08:55
00:08:56
Li te fè l sonje zanmi l lan.00:08:58
00:08:58
Men gade vèsè 41 ak 42: 00:09:01
00:09:01
“Epi gen anpil moun ki vin kote l,
yo t ap di: 00:09:04
00:09:05
‘An reyalite,
menm yon mirak Jan pa t fè, 00:09:07
00:09:07
men tout sa l te di konsènan
mesye sa a se laverite.’00:09:12
00:09:12
E anpil moun […]
te mete lafwa nan li.”00:09:14
00:09:16
‘Vwa ki t ap rele byen fò nan dezè
a’ se bèl egzanp Jan kite pou nou. 00:09:21
00:09:22
Se grasa bèl travay Jan te fè00:09:25
00:09:25
ki fè anpil moun te mete
lafwa nan Kris la. 00:09:28
00:09:29
Soti nan wòl li te jwe00:09:30
00:09:30
rive nan kè kontan li te genyen
e menm nan lanmò l, 00:09:34
00:09:34
lavi estrawòdinè Jan
ki konn batize moun nan00:09:37
00:09:37
anseye nou fason pou
nou sèvi Bondye fidèlman 00:09:40
00:09:40
e ak kè kontan nan
kèlkeswa asiyasyon an, 00:09:43
00:09:43
kèlkeswa kantite tan
asiyasyon sa a ta dire.00:09:47
00:09:47
Li se yon bèl egzanp pou
nou etidye, apresye epi imite. 00:09:53
00:09:54
Jezi te rele Jan “yon lanp
ki limen e k ap klere”. 00:09:57
00:09:58
Grasa lespri sen li te klere,00:10:01
00:10:01
li te gide moun yo
vin jwenn Kris la, 00:10:04
00:10:05
pou glwa Bondye. 00:10:07
00:10:07
Se sa nou ka aprann00:10:09
00:10:09
nan egzanp pi gwo moun
enpafè ki te pase sou tè a.00:10:13
Trent Lippold: Moun enpafè ki pi enpòtan ki pase sou tè a — Gradyasyon 158yèm klas Galaad
-
Trent Lippold: Moun enpafè ki pi enpòtan ki pase sou tè a — Gradyasyon 158yèm klas Galaad
Prezans li te enpresyonan
e absans li te enpòtan tou.
Ki leson nou ka aprann nan lavi Jan
ki konn Batize moun nan?
Ann gade!
Ann kòmanse nan Jan chapit 3,
nou pral li vèsè 27 ak 28.
Jan 3:27, 28 li di:
“Jan reponn, li di:
‘Yon moun pa ka resevwa anyen
si se pa Bondye nan
syèl la ki ba li l.
Nou menm, nou temwen mwen te
di: “Se pa mwen menm ki Kris la,
men se voye yo
te voye m devan l.”’”
La a, Jan ap pale ak disip li yo.
E li te fè yon bagay parèt byen klè.
Li te fè yo konprann byen klè
jan l te di sa anvan an
nan Lik 3:16 la li gen
yon wòl pou l jwe.
La a, li di:
“[Li] pa ka resevwa anyen.”
Ki sa l te vle di menm?
Li di: “Se voye yo te
voye m devan.”
Donk, li t ap jwe yon wòl
nan yon bagay ki pi enpòtan.
E ki wòl sa a li t ap jwe a?
Ebyen, yo te fè paran Jan yo
konn sa depi avan l te fèt.
Yo te fè papa l konn sa.
Li klè se li menm Ezayi te di
ki ‘moun k ap di byen fò’ a.
Se li menm Malachi te di
ki t ap “pwofèt Eli” a.
Bon, yon moun ki gen
yon gwo misyon konsa,
ki kote li t apral jwe
wòl gwo pwofèt sa a?
Lojikman ou te ka panse
Jerizalèm se yon bon kote.
Men non, kote Jan t ap gen pou l
jwe wòl li a se te nan dezè a.
Li te yon ‘vwa k ap rele
byen fò nan dezè a’.
Jan, yon Nazireyen te dwe reziste
devan divès kalite tantasyon
pou l te konsantre
sou wòl yo te ba li a.
Li pa t ka pwofite kèk bagay
lòt moun t ap byen pwofite
yon fason pou l te ka jwe wòl li a.
Bon, ki travay Jan te fè?
Jan te yon pwofèt ki
pa t konn akonpli okenn siy,
ni fè okenn mirak.
Men li te konn fè yon bagay
ki te pi enpòtan.
Yo te anonse Jan ‘t ap fè kè [papa
yo ak kè pitit yo] vin menm jan’.
Lalwa se te “gid k ap
mennen nou bay Kris”.
Donk, wòl Jan se te pou l fè nasyon an
vin tounen vin jwenn Jewova
epi pou l aksepte Mesi a.
Ki leson nou tout nou
aprann nan men Jan?
Aksepte asiyasyon w lan
ak tout kè w,
rete nan plas ou
e fè tout sa w kapab ladan l.
Ann gade yon tikras
pi lwen nan Jan 3 a.
N ap gade vèsè 29 ak vèsè 30.
La a, se disip li yo ki al jwenn li
nan vèsè 26 la ki di l:
“Tout moun pral jwenn li
[sa vle di Jezi].”
Disip Jan yo pa t dakò
pou yo wè mèt yo
t ap vin nan dezyèm pozisyon.
Men gade ki repons Jan ki konn
batize moun nan te ba yo,
nan vèsè 29 la
li bay yon egzanp li di:
“Moun ki gen lamarye a
se lemarye.
Men, lè zanmi lemarye a
kanpe bò kote l
e li tande l k ap pale,
li kontan anpil,
paske l tande vwa lemarye a.
Se sa k fè kè m kontan nèt.”
Jan te gen kè kontan,
kè kontan l te genyen an
te makonnen ak wòl li t ap jwe.
Sa montre gwo imilite Jan te genyen.
Li pa t nan konpetisyon ak Jezi.
Gwo asiyasyon Jezi te genyen an
pa t retire nan asiyasyon Jan an.
Jan te satisfè ak asisyasyon l lan.
Satifaksyon grandi nan tè imilite.
E li nouri ak rekonesans.
Aprann gen kèk ak lòt moun
e gen kè kontan pou lòt moun.
Gade ki sa l te di nan vèsè 30 lan:
“Aktivite Kris dwe
kontinye ogmante,
men, aktivite pa m
dwe kontinye diminye.”
“Diminye”!
Jan te konnen asiyasyon l
lan t ap gen pou fini
tikras pa tikras.
Asiyasyon espesyal sa a
te gen yon kòmansman,
men l t ap gen pou l fini.
Pafwa, lè nou aksepte
tout bagay ka fini yon lè,
e n kontante n pou n
jwe yon wòl segondè
sa ka diminye anpil
tansyon nan lavi nou.
Donk, Jan te konnen asiyasyon l
lan t ap gen pou l fini.
Men petèt, li pa t konnen
li t apral fini talè konsa.
Asiyasyon Jan ak travay li t ap
kontinye rive jis nan batèm Jezi,
e sa te dire anviwon sis mwa.
Sis mwa annapre,
Ewòd Antipas te mete l nan prizon.
E sa te fini la.
Men, èske se te vre?
Ann al avè m nan Mak 6,
Mak 6 e n ap li vèsè 20 an.
Men sa yo te di sou Jan
lè l te nan prizon an.
Vèsè 20 an di:
“Paske, Ewòd te pè fè Jan mal
paske li te konnen
li se yon moun ki jis e ki sen,
se sa k fè li te pwoteje l.
Lè l fin tande Jan,
li pa konn sa pou l fè avè l,
men li te kontinye
pran plezi tande l.”
Nan yon sans, Ewòd sanble
te gen senpati pou Jan,
e li te pran plezi tande l k ap pale.
Ewòd te rekonèt
Jan pa t yon moun òdinè.
Donk, li te konn pran plezi tande l,
men, ki sa Jan t ap di
Ewòd Antipas?
Jan pa t janm rate
yon okazyon pou l pale laverite.
Jan pa t ap flate Ewòd kòmkwa
pou Ewòd ta fè yon bagay pou li,
men Jan t ap eseye
ede l lè l te di l laverite.
Jan te toujou ‘vwa ki nan dezè a’.
Ki sa l t ap fè?
Li t ap pale ak Ewòd Antipas
pou ede l repanti,
pou l chèche jwenn favè Bondye,
pou l aksepte Kris e pou l viv.
Jan te toujou ‘vwa k ap
rele byen fò nan dezè a’.
Donk, sikonstans yo ka
chanje nan lavi nou.
Men, pa janm
sispann pale laverite,
e pa janm sispann ret
fidèl nan asiyasyon nou.
Lè nou li nan Ekriti yo, nou wè Jezi
te pale plis konsènan Jan
apre Jan te fin mouri
pase lè Jan te ansanm avè l.
Men anviwon ennan apre
yo te fin met Jan nan prizon,
gade ki sa Jezi te di sou Jan.
Se nan Matye 11.
Matye 11:7, li di:
“Pandan yo prale, Jezi kòmanse
pale foul moun yo de Jan, li di yo:
‘Ki sa nou te soti al
gade nan dezè a?
Yon wozo van ap souke?’”
Yon wozo!
Se bagay moun te wè
pi souvan bò rivyè Jouden an.
Ki sa Jezi te vle di?
Jan pa t yon moun òdinè.
Moun sa yo te soti al gade a
te yon moun estrawòdinè.
Moun pa janm vwayaje
jis pou yo al wè yon moun òdinè.
Yon gwo foul moun
te rasanble nan dezè a
pou yo te ka wè Jan
ki konn batize moun nan.
Se nan pwen sa a
li te estrawòdinè.
Èske li te yon wozo
“van ap souke”? Non!
Jan te fèm, li te dwat, li te stab.
Men gen plis pase sa.
Gade sa l di nan vèsè 11 lan:
“Anverite m ap di nou sa:
Pami moun ki sot nan vant fi,
pa gen youn nan moun yo
te voye yo ki gen plis enpòtans
pase Jan ki konn
batize moun nan.”
Travay Jan an te fini.
Kontrèman ak Eli
e kontrèman ak Moyiz,
travay Jan an pa t fini
yon fason ki estrawòdinè.
Yo te touye l nan menm ane
Jezi te di pawòl sa yo.
E sa fè nou sonje
yon verite enpòtan.
Yon asiyasyon nou renmen ka fini,
e gendwa se yon asiyasyon nou renmen
e nou te fè anpil sakrifis ladan l.
Anpil moun ka sonje nou e
yo ka di anpil bon bagay sou nou,
e n ka pa janm konn sa.
Pa gen pwoblèm,
se pa pou sa n te fè sa.
Men bon egzanp ou ap kontinye
gen bon enfliyans sou lòt moun.
Annou gade yon dènye vèsè.
Se pawòl Jezi te di nan Jan 10 la.
Jan 10.
Vèsè 39, li te fenk deplase
paske yo t ap chèche touye l
e li te ale nan yon lòt zòn,
nan vèsè 40 lan li di:
‘L al pa lòtbò Rivyè Jouden an
kote Jan t ap batize moun nan.’
Nou te pale sou
vèsè sa a nan lekòl la,
se te yon kote espesyal
ki te fè Jezi sonje
Jan ak travay li te konn fè.
Li te fè l sonje zanmi l lan.
Men gade vèsè 41 ak 42:
“Epi gen anpil moun ki vin kote l,
yo t ap di:
‘An reyalite,
menm yon mirak Jan pa t fè,
men tout sa l te di konsènan
mesye sa a se laverite.’
E anpil moun […]
te mete lafwa nan li.”
‘Vwa ki t ap rele byen fò nan dezè
a’ se bèl egzanp Jan kite pou nou.
Se grasa bèl travay Jan te fè
ki fè anpil moun te mete
lafwa nan Kris la.
Soti nan wòl li te jwe
rive nan kè kontan li te genyen
e menm nan lanmò l,
lavi estrawòdinè Jan
ki konn batize moun nan
anseye nou fason pou
nou sèvi Bondye fidèlman
e ak kè kontan nan
kèlkeswa asiyasyon an,
kèlkeswa kantite tan
asiyasyon sa a ta dire.
Li se yon bèl egzanp pou
nou etidye, apresye epi imite.
Jezi te rele Jan “yon lanp
ki limen e k ap klere”.
Grasa lespri sen li te klere,
li te gide moun yo
vin jwenn Kris la,
pou glwa Bondye.
Se sa nou ka aprann
nan egzanp pi gwo moun
enpafè ki te pase sou tè a.
-