00:00:01
Gen yon sèl Geyazi
Bib la pale de li. 00:00:04
00:00:04
E se avè l w ap panse la a.00:00:06
00:00:06
Se sèvitè Elize a. 00:00:08
00:00:09
Se Elize pwofèt Bondye a ki te bay
Geyazi yon fòmasyon espesyal. 00:00:14
00:00:15
Tank moun t ap vin konnen
epi respekte Elize, 00:00:19
00:00:20
li te nòmal pou Geyazi
te vin jwenn plis respè 00:00:23
00:00:23
antanke sèvitè pèsonèl pwofèt la. 00:00:26
00:00:27
Wi, Geyazi te resevwa
onè ak respè00:00:30
00:00:30
pa poutèt moun li te ye, 00:00:32
00:00:33
men poutèt moun li te avèk li a.00:00:35
00:00:36
Premye fwa Bib la pale de Geyazi, 00:00:38
00:00:38
li pale de li kòm
yon moun ki te fidèl, 00:00:41
00:00:41
onèt e ki te konn mete l
nan plas lòt moun. 00:00:44
00:00:44
Men istwa ki parèt nan liv 2 Wa a 00:00:46
00:00:46
montre yon lòt aspè nan
pèsonalite Geyazi. 00:00:49
00:00:50
Li vin parèt tankou te gen de Geyazi.00:00:55
00:00:56
Sa sa vle di menm?00:00:57
00:00:57
Ki leson nou vle pou w
sonje nan istwa sa a? 00:01:00
00:01:01
Ann fè yon ti pale sou sa. 00:01:02
00:01:04
Premye fwa Bib la pale
de Geyazi se nan liv 2 Wa 4 00:01:08
00:01:09
lè yon dam afè bon
nan vil Chounèm 00:01:11
00:01:12
te vrèman byen akeyi Elize00:01:15
00:01:15
lè l te ba l manje ak
yon kote pou l dòmi.00:01:19
00:01:19
Ann regade istwa a, kote Elize ap montre
gwo apresiyasyon li genyen 00:01:24
00:01:25
pou tout bon bagay
dam Chounèm nan te fè pou li00:01:29
00:01:30
nan 2 Wa 4:13, li di: 00:01:34
00:01:35
“Elize di Geyazi: ‘Tanpri,
men sa pou w di dam nan 00:01:40
00:01:40
[dam Chounèm nan] pou mwen: 00:01:42
00:01:42
“Gade tout traka w bay
tèt ou pou nou00:01:45
00:01:46
[sa vle di Geyazi te ladan l tou]. 00:01:48
00:01:49
Ki sa m ka fè pou ou? 00:01:51
00:01:52
Èske w vle m pale ak wa a oubyen
ak chèf lame a pou ou?”’ 00:01:57
00:01:57
Men, dam nan di: ‘Non, m ap viv
nan mitan pèp mwen.’” 00:02:02
00:02:03
Se kòmsi l t ap di: “Mwen pa gen
okenn pwoblèm, mwen anfòm. 00:02:07
00:02:07
Mwen gen tout sa m bezwen. 00:02:09
00:02:09
Mwen gen byen, mwen gen richès,
mwen gen yon mari k ap soutni m. 00:02:13
00:02:14
Donk, mwen byen.”00:02:15
00:02:17
Men, nan vèsè 14 la, Geyazi00:02:20
00:02:21
te fè yon remak estrawòdinè. 00:02:24
00:02:25
Ki sa l te ye?00:02:26
00:02:26
Li te remake yon bagay
dam rich sa a pa t genyen. 00:02:29
00:02:30
E li te di Elize sa nan vèsè 14 la: 00:02:32
00:02:33
“Bon, li pa gen pitit.”00:02:36
00:02:38
Anfèt, ta sanble dam sa a
ansanm ak mari l00:02:42
00:02:42
pa t ka fè pitit.00:02:44
00:02:44
Sa Geyazi te wè a fè n wè li te gen
kapasite pou l byen obsève. 00:02:49
00:02:50
Sa montre li te gen sousi pou lòt
moun e li te konn wè pwoblèm yo. 00:02:54
00:02:55
Geyazi pa t ap panse ak pwòp tèt
li men li t ap panse ak lòt moun. 00:02:59
00:03:00
Li te montre li renmen bay
e li vle ede.00:03:03
00:03:03
E sa te yon bon bagay.00:03:06
00:03:06
Geyazi dwe te gen
yon lafwa estrawòdinè tou, 00:03:10
00:03:10
paske se sèten li te kwè Elize te
ka fè yon bagay pou dam sa a. 00:03:15
00:03:15
Elize te suiv bon
konsèy sa a Geyazi te ba li a 00:03:19
00:03:19
e l te di dam nan nan vèsè 16 la: 00:03:22
00:03:22
“Nan ane k ap vini an,
nan apeprè menm dat sa a, 00:03:25
00:03:25
w ap kenbe yon pitit
gason nan bra w.” 00:03:27
00:03:28
Se yon bagay dam sa a
pa t janm panse ki te ka fèt. 00:03:32
00:03:33
Epoutan, nan ane apre a, Jewova te
beni koup sa a ak yon pitit gason.00:03:38
00:03:39
Ki leson n aprann?00:03:40
00:03:41
Men leson an: 00:03:42
00:03:42
Jewova ka sèvi avèk nou menmsi
se pa nou ki siveyan nan yon sèvis. 00:03:48
00:03:48
Nan yon moman ki apwopriye,
ou ka bay yon bon sijesyon. 00:03:52
00:03:52
E si yo sèvi ak sijesyon w lan e se
siveyan w lan yo bay tout lwaj lan? 00:03:56
00:03:57
Sa ka rive.00:03:58
00:04:00
Ou mèt kontante w ak sa. 00:04:01
00:04:02
Se pou w kontan lefètke w
konnen Jewova te beni ide w la. 00:04:06
00:04:06
Mande tèt ou:00:04:08
00:04:08
‘Èske m ap itilize
fòmasyon m te jwenn nan00:04:10
00:04:10
ak bon konprann m genyen
pou m sèvi lòt moun 00:04:13
00:04:13
oswa m jis vle atire
atansyon sou tèt mwen?’00:04:17
00:04:19
Lè n retounen nan istwa dam
Chounèm nan nan Bib la, 00:04:23
00:04:23
apre kèk ane tigason an mouri. 00:04:27
00:04:28
Nan moman difisil sa a nan lavi l, 00:04:30
00:04:31
dam Chounèm nan chèche konn
kot Elize ye e l al jwenn li. 00:04:36
00:04:36
Kè l ap rache, li dezespere. 00:04:39
00:04:39
Rive yon pwen,
li lage kò l nan pye Elize. 00:04:42
00:04:43
E se nan moman sa a
nou kòmanse wè00:04:47
00:04:47
yon lòt aspè nan Geyazi.00:04:52
00:04:53
Nan vèsè 27 la, chapit 4 la,00:04:56
00:04:57
pandan l bese nan pye Elize,
kè l ap fann, li tris anpil,00:05:01
00:05:01
“Geyazi avanse bò kote l
[pou l konsole l?],00:05:05
00:05:05
[pou l konsole l?]
Non! Li avanse pou l pouse l.”00:05:09
00:05:10
“Pou l pouse l”? 00:05:11
00:05:11
Geyazi, dam nan pa jis yon
etranje, se yon bon zanmi. 00:05:17
00:05:17
Pandan plizyè ane,00:05:19
00:05:19
li te montre bonjan bonte anvè nou
e l te konn byen akeyi nou00:05:22
00:05:22
e kounye a li bezwen èd,
li nan gwo lapenn, 00:05:25
00:05:25
li tonbe nan pye Elize
epi w ap pouse l?00:05:29
00:05:29
Èske Geyazi te panse
Elize te twò enpòtan 00:05:32
00:05:32
pou dam nan ta vin
kote l fason sa a? 00:05:34
00:05:35
Alòske Elize li menm
pa t janm santi l konsa. 00:05:38
00:05:40
Anfèt, nan vèsè 26 la
lè l wè dam nan ap vini 00:05:43
00:05:43
li di Geyazi pou l al
mande dam nan: 00:05:46
00:05:46
Èske tout bagay anfòm?
Kòman pitit la ye? 00:05:48
00:05:49
Men, èske sa pa enteresan00:05:51
00:05:52
pou n wè lè dam nan di Geyazi:
“Tout bagay anfòm” nan00:05:57
00:05:57
sa ta ka montre l te
deja santi Geyazi ap chanje.00:06:02
00:06:03
Ki sa k te pase?00:06:04
00:06:05
Bon, ki sa k te pase menm ki fè
Geyazi te vin san konpasyon konsa a? 00:06:10
00:06:10
Èske l te kòmanse pèdi lafwa
oswa l te santi li pa vo anyen? 00:06:14
00:06:16
Èske l te santi l bouke pou l ap
plede fè menm travay yo toutan? 00:06:20
00:06:22
Èske fason Elize te konn aji
ak enpèfeksyon l te gen lakay li 00:06:26
00:06:27
te konn nui Geyazi?00:06:30
00:06:30
Petèt! 00:06:32
00:06:32
Èske l te vle vin gen plis responsablite
olye l te jis ap sèvi Elize?00:06:37
00:06:38
Bon, pou kèlkeswa rezon an, 00:06:42
00:06:42
Geyazi te kòmanse chanje.00:06:45
00:06:46
Sèvitè sa a ki t ap sèvi Elize
avèk fidelite depi plizyè ane00:06:51
00:06:52
te kòmanse chanje.00:06:55
00:06:56
Men leson an!
Yon gwo leson. 00:06:58
00:06:59
Lè w bay pozisyon w genyen
plis enpòtans pase sèvis ou, 00:07:02
00:07:02
kè w deja kòmanse pran
yon move direksyon. 00:07:05
00:07:06
Privilèj ou genyen, pozisyon w
genyen pa vle di anyen00:07:10
00:07:10
si w pa gen konpasyon. 00:07:12
00:07:13
Lè yon moun bezwen èd mwen, 00:07:15
00:07:15
‘èske m wè l tankou
yon moun k ap nui m 00:07:17
00:07:17
oswa kòm yon sèvitè
Jewova ki gen anpil valè?’00:07:21
00:07:24
Si chapit 4 la te kòmanse fè n
gen gwo dout sou Geyazi, 00:07:28
00:07:28
ebyen chapit 5 lan00:07:30
00:07:30
se dènye kou ki
pou touye koukou a. 00:07:33
00:07:36
Se te dènye kou a. 00:07:38
00:07:40
Nan vèsè 20 nan chapit 5 lan, 00:07:43
00:07:43
Geyazi te pale de Naaman
kòm “moun Siri a”. 00:07:46
00:07:47
“Moun Siri a”?00:07:48
00:07:48
Li te santi l pi wo pase mesye sa a
ki te soti nan yon lòt ras 00:07:52
00:07:53
e selon Geyazi yo ta dwe
dechèpiye mesye sa a. 00:07:56
00:07:56
Annapre li te twonpe Naaman
pou l fè Naaman ba l kado 00:08:00
00:08:00
Elize pa t vle pran yo.00:08:02
00:08:02
Nou soti nan yon Geyazi
ki te renmen bay,00:08:05
00:08:05
pou n tonbe nan
yon Geyazi dechèpiyè.00:08:07
00:08:08
Sa tris! Men sa poko fini.00:08:10
00:08:12
Nan vèsè 25 lan,
li bay Elize manti. 00:08:16
00:08:16
Lè Elize te mande l: “Kote w soti
Geyazi?” ki sa l te reponn?00:08:20
00:08:20
“Sèvitè w la pa t al okenn kote.” 00:08:22
00:08:23
Bon Geyazi, èske tèt ou dwat? 00:08:26
00:08:27
Ou ta dwe pè anpil pou w ap bay
pwofèt Bondye a manti konsa. 00:08:31
00:08:31
Ou konnen Jewova pèmèt li wè
bagay lòt moun pa ka wè. 00:08:36
00:08:36
Li t ap fè anpil mirak,
li gen lespri Bondye sou li, 00:08:39
00:08:39
li se yon pwofèt Bondye.00:08:41
00:08:43
Epi w ap ba l manti? 00:08:44
00:08:45
Malgre tout sa, Geyazi panse
magouy li a t ap reyisi. 00:08:49
00:08:50
Nou sot nan Geyazi ki te fidèl
men kounye a l ap bay manti. 00:08:55
00:08:55
Li te konn bay kounye a l ap pran.00:08:57
00:08:57
Li te fidèl kounye a l mantè. 00:08:59
00:09:00
Ki jan sa te fini pou
lòt Geyazi sa a? 00:09:03
00:09:05
Nan vèsè 27 la,
Elize di l: 00:09:09
00:09:10
“Poutèt sa, lèp Naaman an
ap tonbe sou ou 00:09:13
00:09:13
ak desandan w yo pou toutan.” 00:09:15
00:09:17
Se tankou Jewova t ap di l:
‘Ou vle lajan l lan? 00:09:20
00:09:21
Ebyen pran maladi l la tou.’ 00:09:22
00:09:24
Ala sa tris!00:09:25
00:09:26
Ala sa tris pou n soti nan
yon Geyazi ki te renmen ede 00:09:29
00:09:29
men kounye a se lèp li genyen!00:09:31
00:09:32
Men, poukisa?00:09:33
00:09:33
Poukisa n ap pale nou de Geyazi 00:09:35
00:09:35
alòske nou se sèvitè Jewova ki
gen matirite, ki renmen l e ki fidèl? 00:09:38
00:09:39
Mwen vle nou klè sou sa. 00:09:41
00:09:41
Nou pa wè okenn tras move
atitid Geyazi a nan nou. 00:09:46
00:09:48
Okontrè, ki sa nou wè? 00:09:50
00:09:50
Nou wè yon seri etidyan
Pawòl Bondye a ki serye, 00:09:53
00:09:53
yon seri etidyan ki fidèl,00:09:55
00:09:55
ki vin nan klas chak jou
ak kou yo byen prepare. 00:09:58
00:09:58
Sa estrawòdinè pou n
wè jan n te montre bonte, 00:10:02
00:10:02
lanmou ak fidelite anvè
Jewova ak òganizasyon l lan.00:10:06
00:10:07
Men n vle fè n konnen,00:10:08
00:10:09
nou pataje istwa sa a
avè n paske n renmen n 00:10:12
00:10:13
e n pa ta swete sa k te rive
Geyazi a rive okenn nan nou. 00:10:17
00:10:18
Se te objektif diskou sa a. 00:10:20
00:10:22
Egzanp Geyazi a montre
ki sa k ka rive nou tout00:10:26
00:10:27
menmsi nou chaje ak bagay
pou n fè nan sèvis Jewova a. 00:10:32
00:10:33
Toujou veye! Toujou veye pou00:10:34
00:10:34
sa k te rive dezyèm Geyazi a
pa janm rive nou,00:10:37
00:10:37
li menm ki te kite
lespri l vin kòwonpi00:10:40
00:10:40
alòske l t ap fè gwo travay
nan sèvis Jewova a. 00:10:43
00:10:44
Li te nan kè aktivite
teyokratik yo, epoutan,00:10:47
00:10:48
nan fon kè l
li pa t bay sa okenn valè.00:10:51
00:10:52
Men leson an:00:10:54
00:10:54
Pi gwo erè yon moun ka
fè lè l gen yon privilèj 00:10:57
00:10:57
se lè l bliye si l genyen l.00:10:59
00:11:02
Toujou bat pou n menm jan
ak Geyazi anvan l te chanje a.00:11:07
00:11:07
Nan asiyasyon w,
pafwa travay ou ka sanble nuizib, 00:11:11
00:11:11
li pa sanble enpòtan oswa w
plede ap fè menm travay la, 00:11:14
00:11:14
se pa grav,
sa bon konsa, poukisa? 00:11:17
00:11:17
Paske se nan aksyon moun pa
wè yo nou montre nou fidèl. 00:11:21
00:11:22
E nou fidèl toutbon
lè pèsonn pap aplodi nou. 00:11:25
00:11:27
Pa chèche briye nan je moun. 00:11:30
00:11:30
Men, briye nan je Jewova00:11:32
00:11:32
kèlkeswa kote
asiyasyon w mennen w. 00:11:34
00:11:35
E Jewova ap kanpe avè w. 00:11:36
00:11:36
L ap byen antoure w
ak lanmou fidèl li a 00:11:39
00:11:39
e ak benediksyon l si00:11:41
00:11:41
nou toujou sonje
toude Geyazi yo.00:11:46
De Geyazi yo — Gradyasyon 158yèm klas Galaad
-
De Geyazi yo — Gradyasyon 158yèm klas Galaad
Gen yon sèl Geyazi
Bib la pale de li.
E se avè l w ap panse la a.
Se sèvitè Elize a.
Se Elize pwofèt Bondye a ki te bay
Geyazi yon fòmasyon espesyal.
Tank moun t ap vin konnen
epi respekte Elize,
li te nòmal pou Geyazi
te vin jwenn plis respè
antanke sèvitè pèsonèl pwofèt la.
Wi, Geyazi te resevwa
onè ak respè
pa poutèt moun li te ye,
men poutèt moun li te avèk li a.
Premye fwa Bib la pale de Geyazi,
li pale de li kòm
yon moun ki te fidèl,
onèt e ki te konn mete l
nan plas lòt moun.
Men istwa ki parèt nan liv 2 Wa a
montre yon lòt aspè nan
pèsonalite Geyazi.
Li vin parèt tankou te gen de Geyazi.
Sa sa vle di menm?
Ki leson nou vle pou w
sonje nan istwa sa a?
Ann fè yon ti pale sou sa.
Premye fwa Bib la pale
de Geyazi se nan liv 2 Wa 4
lè yon dam afè bon
nan vil Chounèm
te vrèman byen akeyi Elize
lè l te ba l manje ak
yon kote pou l dòmi.
Ann regade istwa a, kote Elize ap montre
gwo apresiyasyon li genyen
pou tout bon bagay
dam Chounèm nan te fè pou li
nan 2 Wa 4:13, li di:
“Elize di Geyazi: ‘Tanpri,
men sa pou w di dam nan
[dam Chounèm nan] pou mwen:
“Gade tout traka w bay
tèt ou pou nou
[sa vle di Geyazi te ladan l tou].
Ki sa m ka fè pou ou?
Èske w vle m pale ak wa a oubyen
ak chèf lame a pou ou?”’
Men, dam nan di: ‘Non, m ap viv
nan mitan pèp mwen.’”
Se kòmsi l t ap di: “Mwen pa gen
okenn pwoblèm, mwen anfòm.
Mwen gen tout sa m bezwen.
Mwen gen byen, mwen gen richès,
mwen gen yon mari k ap soutni m.
Donk, mwen byen.”
Men, nan vèsè 14 la, Geyazi
te fè yon remak estrawòdinè.
Ki sa l te ye?
Li te remake yon bagay
dam rich sa a pa t genyen.
E li te di Elize sa nan vèsè 14 la:
“Bon, li pa gen pitit.”
Anfèt, ta sanble dam sa a
ansanm ak mari l
pa t ka fè pitit.
Sa Geyazi te wè a fè n wè li te gen
kapasite pou l byen obsève.
Sa montre li te gen sousi pou lòt
moun e li te konn wè pwoblèm yo.
Geyazi pa t ap panse ak pwòp tèt
li men li t ap panse ak lòt moun.
Li te montre li renmen bay
e li vle ede.
E sa te yon bon bagay.
Geyazi dwe te gen
yon lafwa estrawòdinè tou,
paske se sèten li te kwè Elize te
ka fè yon bagay pou dam sa a.
Elize te suiv bon
konsèy sa a Geyazi te ba li a
e l te di dam nan nan vèsè 16 la:
“Nan ane k ap vini an,
nan apeprè menm dat sa a,
w ap kenbe yon pitit
gason nan bra w.”
Se yon bagay dam sa a
pa t janm panse ki te ka fèt.
Epoutan, nan ane apre a, Jewova te
beni koup sa a ak yon pitit gason.
Ki leson n aprann?
Men leson an:
Jewova ka sèvi avèk nou menmsi
se pa nou ki siveyan nan yon sèvis.
Nan yon moman ki apwopriye,
ou ka bay yon bon sijesyon.
E si yo sèvi ak sijesyon w lan e se
siveyan w lan yo bay tout lwaj lan?
Sa ka rive.
Ou mèt kontante w ak sa.
Se pou w kontan lefètke w
konnen Jewova te beni ide w la.
Mande tèt ou:
‘Èske m ap itilize
fòmasyon m te jwenn nan
ak bon konprann m genyen
pou m sèvi lòt moun
oswa m jis vle atire
atansyon sou tèt mwen?’
Lè n retounen nan istwa dam
Chounèm nan nan Bib la,
apre kèk ane tigason an mouri.
Nan moman difisil sa a nan lavi l,
dam Chounèm nan chèche konn
kot Elize ye e l al jwenn li.
Kè l ap rache, li dezespere.
Rive yon pwen,
li lage kò l nan pye Elize.
E se nan moman sa a
nou kòmanse wè
yon lòt aspè nan Geyazi.
Nan vèsè 27 la, chapit 4 la,
pandan l bese nan pye Elize,
kè l ap fann, li tris anpil,
“Geyazi avanse bò kote l
[pou l konsole l?],
[pou l konsole l?]
Non! Li avanse pou l pouse l.”
“Pou l pouse l”?
Geyazi, dam nan pa jis yon
etranje, se yon bon zanmi.
Pandan plizyè ane,
li te montre bonjan bonte anvè nou
e l te konn byen akeyi nou
e kounye a li bezwen èd,
li nan gwo lapenn,
li tonbe nan pye Elize
epi w ap pouse l?
Èske Geyazi te panse
Elize te twò enpòtan
pou dam nan ta vin
kote l fason sa a?
Alòske Elize li menm
pa t janm santi l konsa.
Anfèt, nan vèsè 26 la
lè l wè dam nan ap vini
li di Geyazi pou l al
mande dam nan:
Èske tout bagay anfòm?
Kòman pitit la ye?
Men, èske sa pa enteresan
pou n wè lè dam nan di Geyazi:
“Tout bagay anfòm” nan
sa ta ka montre l te
deja santi Geyazi ap chanje.
Ki sa k te pase?
Bon, ki sa k te pase menm ki fè
Geyazi te vin san konpasyon konsa a?
Èske l te kòmanse pèdi lafwa
oswa l te santi li pa vo anyen?
Èske l te santi l bouke pou l ap
plede fè menm travay yo toutan?
Èske fason Elize te konn aji
ak enpèfeksyon l te gen lakay li
te konn nui Geyazi?
Petèt!
Èske l te vle vin gen plis responsablite
olye l te jis ap sèvi Elize?
Bon, pou kèlkeswa rezon an,
Geyazi te kòmanse chanje.
Sèvitè sa a ki t ap sèvi Elize
avèk fidelite depi plizyè ane
te kòmanse chanje.
Men leson an!
Yon gwo leson.
Lè w bay pozisyon w genyen
plis enpòtans pase sèvis ou,
kè w deja kòmanse pran
yon move direksyon.
Privilèj ou genyen, pozisyon w
genyen pa vle di anyen
si w pa gen konpasyon.
Lè yon moun bezwen èd mwen,
‘èske m wè l tankou
yon moun k ap nui m
oswa kòm yon sèvitè
Jewova ki gen anpil valè?’
Si chapit 4 la te kòmanse fè n
gen gwo dout sou Geyazi,
ebyen chapit 5 lan
se dènye kou ki
pou touye koukou a.
Se te dènye kou a.
Nan vèsè 20 nan chapit 5 lan,
Geyazi te pale de Naaman
kòm “moun Siri a”.
“Moun Siri a”?
Li te santi l pi wo pase mesye sa a
ki te soti nan yon lòt ras
e selon Geyazi yo ta dwe
dechèpiye mesye sa a.
Annapre li te twonpe Naaman
pou l fè Naaman ba l kado
Elize pa t vle pran yo.
Nou soti nan yon Geyazi
ki te renmen bay,
pou n tonbe nan
yon Geyazi dechèpiyè.
Sa tris! Men sa poko fini.
Nan vèsè 25 lan,
li bay Elize manti.
Lè Elize te mande l: “Kote w soti
Geyazi?” ki sa l te reponn?
“Sèvitè w la pa t al okenn kote.”
Bon Geyazi, èske tèt ou dwat?
Ou ta dwe pè anpil pou w ap bay
pwofèt Bondye a manti konsa.
Ou konnen Jewova pèmèt li wè
bagay lòt moun pa ka wè.
Li t ap fè anpil mirak,
li gen lespri Bondye sou li,
li se yon pwofèt Bondye.
Epi w ap ba l manti?
Malgre tout sa, Geyazi panse
magouy li a t ap reyisi.
Nou sot nan Geyazi ki te fidèl
men kounye a l ap bay manti.
Li te konn bay kounye a l ap pran.
Li te fidèl kounye a l mantè.
Ki jan sa te fini pou
lòt Geyazi sa a?
Nan vèsè 27 la,
Elize di l:
“Poutèt sa, lèp Naaman an
ap tonbe sou ou
ak desandan w yo pou toutan.”
Se tankou Jewova t ap di l:
‘Ou vle lajan l lan?
Ebyen pran maladi l la tou.’
Ala sa tris!
Ala sa tris pou n soti nan
yon Geyazi ki te renmen ede
men kounye a se lèp li genyen!
Men, poukisa?
Poukisa n ap pale nou de Geyazi
alòske nou se sèvitè Jewova ki
gen matirite, ki renmen l e ki fidèl?
Mwen vle nou klè sou sa.
Nou pa wè okenn tras move
atitid Geyazi a nan nou.
Okontrè, ki sa nou wè?
Nou wè yon seri etidyan
Pawòl Bondye a ki serye,
yon seri etidyan ki fidèl,
ki vin nan klas chak jou
ak kou yo byen prepare.
Sa estrawòdinè pou n
wè jan n te montre bonte,
lanmou ak fidelite anvè
Jewova ak òganizasyon l lan.
Men n vle fè n konnen,
nou pataje istwa sa a
avè n paske n renmen n
e n pa ta swete sa k te rive
Geyazi a rive okenn nan nou.
Se te objektif diskou sa a.
Egzanp Geyazi a montre
ki sa k ka rive nou tout
menmsi nou chaje ak bagay
pou n fè nan sèvis Jewova a.
Toujou veye! Toujou veye pou
sa k te rive dezyèm Geyazi a
pa janm rive nou,
li menm ki te kite
lespri l vin kòwonpi
alòske l t ap fè gwo travay
nan sèvis Jewova a.
Li te nan kè aktivite
teyokratik yo, epoutan,
nan fon kè l
li pa t bay sa okenn valè.
Men leson an:
Pi gwo erè yon moun ka
fè lè l gen yon privilèj
se lè l bliye si l genyen l.
Toujou bat pou n menm jan
ak Geyazi anvan l te chanje a.
Nan asiyasyon w,
pafwa travay ou ka sanble nuizib,
li pa sanble enpòtan oswa w
plede ap fè menm travay la,
se pa grav,
sa bon konsa, poukisa?
Paske se nan aksyon moun pa
wè yo nou montre nou fidèl.
E nou fidèl toutbon
lè pèsonn pap aplodi nou.
Pa chèche briye nan je moun.
Men, briye nan je Jewova
kèlkeswa kote
asiyasyon w mennen w.
E Jewova ap kanpe avè w.
L ap byen antoure w
ak lanmou fidèl li a
e ak benediksyon l si
nou toujou sonje
toude Geyazi yo.
-