00:00:01
Selon sa n jwenn
nan Ezayi 60:17,00:00:05
00:00:05
Jewova di: “Nan plas kuiv,00:00:08
00:00:08
m ap fè vin gen lò,00:00:10
00:00:10
e nan plas fè,
m ap fè vin gen ajan.”00:00:14
00:00:14
Pawòl sa yo montre Jewova
te pwomèt, tikras pa tikras00:00:18
00:00:18
t ap gen amelyorasyon nan pati
òganizasyon l lan ki sou tè a.00:00:23
00:00:23
Pandan plizyè ane,
li te fè amelyorasyon00:00:26
00:00:26
nan fason li fè travay li a.00:00:28
00:00:28
Sa gen ladan l: travay
trèzenpòtan k ap fèt nan Betèl la.00:00:32
00:00:32
Gwo travay n ap fè
nan Betèl la00:00:35
00:00:35
gen de objektif enpòtan:00:00:37
00:00:37
Pou pèmèt manje espirityèl la
disponib pou mezi moun posib,00:00:41
00:00:42
e pou soutni travay predikasyon
k ap fèt sou tout tè a.00:00:45
00:00:45
Kèlkeswa ajisteman
Kolèj santral la pote00:00:48
00:00:48
nan travay k ap fèt nan Betèl la,00:00:50
00:00:50
se pou reyalize de objektif sa yo.00:00:53
00:00:53
Pandan plizyè ane,
nou te pote chanjman00:00:55
00:00:55
nan fason nou enprime
piblikasyon yo,00:00:57
00:00:57
fason n sèvi ak teknoloji,00:00:59
00:00:59
fason n fè konstriksyon00:01:01
00:01:01
ak fason n sipèvize00:01:02
00:01:02
travay k ap fèt nan divès
tèritwa filyal la.00:01:06
00:01:07
Fanmi Betèl toupatou sou tè a
te soutni ajisteman sa yo00:01:11
00:01:11
lè yo suiv konsèy nou jwenn
nan Kolosyen 3:23 a, li di:00:01:15
00:01:15
“Kèlkeswa sa n ap fè,00:01:18
00:01:18
fè l ak tout nanm nou,00:01:19
00:01:19
tankou se pou Jewova,00:01:21
00:01:21
e non pa pou lèzòm.”00:01:23
00:01:23
Gen nan nou k ap sèvi
Jewova fidèlman00:01:25
00:01:25
depi plizyè dizèn ane,00:01:27
00:01:27
e nou wè chanjman sa yo
ak ajisteman sa yo.00:01:30
00:01:30
Menm jan ak Jewova,00:01:32
00:01:32
Kolèj santral la bay moun
ki ofri tèt yo volontèman00:01:34
00:01:34
pou yo sèvi nan Betèl la
anpil valè.00:01:37
00:01:37
Yo gen menm atitid
ak Ezayi ki te di:00:01:41
00:01:41
“Men mwen! Voye m!”00:01:44
00:01:44
Toupatou sou tè a,00:01:46
00:01:46
vin gen plis jèn frè
ki aplike pou Betèl.00:01:49
00:01:49
Anmenmtan, nou toujou bezwen00:01:52
00:01:52
plis frè ak sè ki gen
bon fòmasyon,00:01:54
00:01:54
ki espirityèl, pou ka sèvi
nan tèritwa.00:01:57
00:01:57
Kolèj santral la te byen egzamine
bezwen ki gen pou Betèl00:02:01
00:02:01
ak pou tèritwa nan lemonnantye,00:02:03
00:02:03
e l te deside pou fè yon ajisteman00:02:04
00:02:04
nan fason pou moun yo wè
sèvis nan Betèl.00:02:07
00:02:07
Apati kounye a, sèvis nan Betèl00:02:10
00:02:10
pap yon asiyasyon yon moun
ap genyen pandan tout rès vi l.00:02:14
00:02:14
Betèl ap toujou yon kote
moun kapab vini00:02:17
00:02:17
pou travay di pou Jewova,
pou pran fòmasyon00:02:21
00:02:21
ou kapab itilize
pou òganizasyon l lan.00:02:24
00:02:24
Men, kounye a,
frè ak sè yo ka atann00:02:27
00:02:27
pou yo sèvi ak fòmasyon sa a
nan tèritwa a00:02:30
00:02:30
oswa nenpòt kote òganizasyon
Jewova a plis bezwen sa.00:02:34
00:02:34
Pou sa vin posib,
nou kontan fè nou konnen00:02:39
00:02:39
gen yon seri nouvo
ajisteman pou Betèl.00:02:42
00:02:42
Premyèman,00:02:43
00:02:43
yon bagay ki pral fèt pi souvan00:02:45
00:02:45
se moun k ap soti nan tèritwa
pou vin sèvi nan Betèl,00:02:48
00:02:48
e apre sa, k ap soti nan Betèl
pou tounen nan tèritwa.00:02:51
00:02:51
Jan nou te di sa anvan, yo pap
konsidere sèvis nan Betèl00:02:54
00:02:54
kòm yon asiyasyon
pèmanan ankò.00:02:57
00:02:57
Se vre n ap toujou bezwen
moun ki granmoun00:02:59
00:02:59
ki gen eksperyans yo00:03:01
00:03:01
pou ka ede nan fòme
jèn betelit k ap vini yo,00:03:05
00:03:05
men, anpil nan jèn ki vin
nan Betèl yo00:03:07
00:03:07
ap gen pou sèvi
pandan yon ti tan,00:03:09
00:03:09
y ap pran fòmasyon,00:03:10
00:03:10
y ap gen bonjan eksperyans,00:03:12
00:03:12
fòme lòt moun,00:03:13
00:03:13
epi sèvi ak fòmasyon
yo pran an nan tèritwa.00:03:16
00:03:17
Pandan chak betelit
ap sèvi nan Betèl la,00:03:19
00:03:19
gen yon moman presi
kote frè yo00:03:21
00:03:21
pral deside ki kote k ap pi bon00:03:23
00:03:23
pou yo sèvi ak fòmasyon
yo resevwa a.00:03:25
00:03:25
Ki byenfè ajisteman sa yo te pote
pou òganizasyon an?00:03:29
00:03:29
Nou envite nou byen konsantre
pou n suiv00:03:32
00:03:32
entèvyou ki pral pase la yo.00:03:35
00:03:35
Fòmasyon m te jwenn
nan Betèl te aprann mwen00:03:38
00:03:38
fason pou m jere
enfòmasyon konfidansyèl.00:03:40
00:03:40
Kounye a,
mwen se ansyen,00:03:42
00:03:42
mwen byen pwofite
sa m te aprann00:03:43
00:03:43
lè m t ap travay
nan Betèl la00:03:45
00:03:45
ak frè ak sè ki gen bon relasyon
ak Jewova e ki fè l konfyans.00:03:49
00:03:49
Egzanp yo te aprann mwen
pou m konte sou Jewova00:03:52
00:03:52
nan asiyasyon m gen kounye a00:03:54
00:03:54
e pou m fè tout sa m kapab
pou m sèvi frè ak sè yo,00:03:57
00:03:57
jan m te konn fè sa nan Betèl la.00:03:59
00:03:59
Lè nou te fèk jwenn
nouvo asiyasyon nou an,00:04:02
00:04:02
nou te rekòmanse li Evanjil yo
depi nan kòmansman.00:04:06
00:04:06
E se egzakteman sa
m te bezwen.00:04:08
00:04:08
Menm lè m te deja li
pawòl sa yo anvan,00:04:12
00:04:12
lè nou te jwenn nouvo
asiyasyon an,00:04:15
00:04:15
pawòl sa yo te ban nou
asirans Jewova renmen nou.00:04:19
00:04:19
E si nou suiv nouvo
enstriksyon sa yo,00:04:22
00:04:22
Jewova t ap kontinye beni nou.00:04:24
00:04:24
Nan Betèl la, ou gen okazyon
pou w an kontak ak anpil moun.00:04:28
00:04:28
Ou vin zanmi moun
w ap travay avèk yo.00:04:30
00:04:30
Ou wè anpil frè ak sè
ki vin vizite Betèl la.00:04:33
00:04:33
Epi konsa, ou vin wè gwosè
òganizasyon an00:04:36
00:04:36
lè w konpare l ak kongregasyon
ou ladan l lan.00:04:39
00:04:39
E w kòmanse vin pi apresye00:04:41
00:04:41
lefètke w gen gwo fanmi sa a,
fanmi frè ak sè yo.00:04:44
00:04:44
Kounye a, m ka rakonte frè ak sè
nan nouvo kongregasyon m nan00:04:48
00:04:48
eksperyans mwen pou m
ka ede yo konprann00:04:50
00:04:50
gen anpil bagay ki gen pou fèt
nan sèvis Jewova a00:04:53
00:04:53
e m ankouraje yo pou yo
mete tèt yo disponib.00:04:56
00:04:56
Nou gen yon gwo òganizasyon
k ap soutni nou.00:05:00
00:05:00
E sa ban nou asirans Jewova
renmen nou e l ap pran swen nou.00:05:04
00:05:04
Donk, nou ka rakonte frè
ak sè nou yo00:05:07
00:05:07
bèl eksperyans nou fè
nan òganizasyon an.00:05:10
00:05:10
Jan egzanp sa yo sot montre sa,00:05:13
00:05:13
menmsi asiyasyon nan Betèl00:05:14
00:05:14
se pa yon asiyasyon yon moun
ap gen pou tout rès vi l,00:05:17
00:05:17
men, l ap chanje tout
rès vi moun nan.00:05:20
00:05:20
Èske sa vle di tout moun
k ap sèvi nan Betèl kounye a00:05:24
00:05:24
rive yon lè y ap voye yo
nan tèritwa?00:05:26
00:05:26
Non.00:05:28
00:05:28
Betèl la ap toujou bezwen moun
ki aje yo ak moun ki jèn yo.00:05:33
00:05:33
Jan Pwovèb 20:29 di sa:00:05:36
00:05:36
“Glwa yon jèn se fòs li,00:05:40
00:05:40
e se cheve blan yo
ki fè granmoun yo bèl.”00:05:43
00:05:45
Men ki kòmantè Toudegad
15 mas 1993 fè sou vèsè sa a:00:05:51
00:05:51
“Lè jèn yo ki gen fòs
travay bò kote granmoun yo00:05:55
00:05:55
ki saj e ki gen eksperyans,00:05:57
00:05:57
yo ka fè anpil travay ansanm.”00:06:00
00:06:00
Nou wè aklè sa ki di la yo
nan Betèl la.00:06:04
00:06:04
Gwo lafwa moun ki aje yo
ak plizyè dizèn ane eksperyans 00:06:07
00:06:07
yo genyen enpòtan anpil
pou Betèl la.00:06:10
00:06:10
Men, ou kapab di tèt ou:00:06:12
00:06:12
Si gen tout ale vini sa yo
k ap fèt nan Betèl,00:06:15
00:06:15
ki jan frè yo ap rive fè tout travay
yo gen pou yo fè yo?00:06:19
00:06:19
Sa mennen nou
nan dezyèm ajisteman an.00:06:23
00:06:23
Nou pral plis konsantre
sou bay fòmasyon byen vit.00:06:28
00:06:28
Nou vle ede frè ak sè yo00:06:30
00:06:30
pou yo gen konpetans
y ap bezwen00:06:33
00:06:33
pou yo sèvi nan divès
asiyasyon pi vit.00:06:36
00:06:36
Fòmasyon sa a gen ladan l,00:06:38
00:06:38
bay jèn frè yo plis
responsablite pi bonè.00:06:42
00:06:43
Frè ki pi aje yo ap ede jèn frè yo,00:06:46
00:06:46
epi y ap fòme yo00:06:47
00:06:47
pou yo ka pran plis responsablite00:06:50
00:06:50
epi pou yo vin siveyan
nan Betèl.00:06:52
00:06:53
Fòmasyon sa a ap fè
yo vin pi itil nan Betèl.00:06:56
00:06:56
E sa ap prepare yo
pou yo fè kèlkeswa00:06:58
00:06:58
sa òganizasyon an
bezwen alavni.00:07:01
00:07:01
E sa ap menm ede yo devlope
kalite ak konpetans00:07:04
00:07:04
k ap itil nan monn nouvo a.00:07:07
00:07:08
Ki byenfè kèk filyal gentan jwenn00:07:11
00:07:11
lefètke yo aplike
enstriksyon sa a?00:07:13
00:07:13
Tanpri, ann byen koute sa
kèk nan yo di sou sa.00:07:18
00:07:18
Kalite fòmasyon yo ak fason
yo dewoule kontinye amelyore.00:07:23
00:07:23
Olye n fè yon fòmasyon
jeneral pou tout moun,00:07:26
00:07:26
nou jwenn ankourajman
pou nou reflechi00:07:28
00:07:28
sou pèsonalite chak frè,
sou kapasite yo,00:07:32
00:07:32
sou konpetans yo ak nan ki
domèn yo chak yo bezwen èd.00:07:37
00:07:37
Nou pa jis swete tout bagay
ap anfòm,00:07:39
00:07:39
nou bay yon fòmasyon ki adapte.00:07:41
00:07:41
Konsa, nou poze baz
pou n jwenn bon rezilta.00:07:44
00:07:44
Mwen panse, lè m te jèn,00:07:45
00:07:45
mwen pa t resevwa
anpil fòmasyon.00:07:47
00:07:47
Yo te jis ban m yon asiyasyon,00:07:49
00:07:49
men, m pa t jwenn
anpil fòmasyon.00:07:51
00:07:51
Òganizasyon an ap grandi,
donk, fòmasyon vrèman enpòtan.00:07:54
00:07:54
E sa enteresan pou w wè00:07:56
00:07:56
jan y ap bay plis fòmasyon
byen vit pou travay la ka fèt.00:08:00
00:08:00
Lè òganizasyon an bay
jèn frè yo fòmasyon00:08:04
00:08:04
ak plis responsablite,
se pa ti byenfè sa pote.00:08:07
00:08:07
Jèn frè yo, yo menm,
pot enèji ak nouvo ide00:08:11
00:08:11
alòske frè ki pi aje yo pote
sajès ak eksperyans.00:08:16
00:08:16
Lè n met tout sa ansanm,00:08:18
00:08:18
sa ede òganizasyon an
kontinye grandi00:08:21
00:08:21
e l adapte l ak nouvo difikilte.00:08:25
00:08:25
Twazyèm gwo ajisteman an00:08:27
00:08:27
ap gen rapò ak fason
nou òganize pakèt volontè00:08:31
00:08:31
ki aplike pou yo fè plis
nan sèvis yo pou Jewova.00:08:36
00:08:37
Nou pral konsantre plis
sou fason pou n byen sèvi00:08:39
00:08:39
ak betelit ki pa abite nan Betèl,
e ki pa travay aplentan yo,00:08:43
00:08:43
ansanm ak volontè a distans,
ak volontè tanporè yo.00:08:47
00:08:47
Sa vle di nou pral deside kantite
moun ki bezwen travay nan Betèl00:08:51
00:08:51
yon fason pou mezi moun posib
ka konsakre enèji yo00:08:54
00:08:54
nan travay ki pi enpòtan an
ki se travay predikasyon an.00:08:58
00:08:58
Metòd sa a bay bon rezilta.00:09:01
00:09:01
Ann suiv eksperyans
ki vin annapre yo.00:09:04
00:09:04
Nou vin konprann
sèvis nan Betèl00:09:06
00:09:06
pa depann de ki kote w ye,00:09:08
00:09:08
men, se yon fòm sèvis sakre.00:09:09
00:09:09
Ou ka fè l kèlkeswa
kote w ye sou tè a.00:09:13
00:09:13
Mwen te vin nan Betèl
lè m te jèn,00:09:15
00:09:15
m te gen 19 an e m te pase
kèk ane nan Betèl,00:09:17
00:09:17
apre sa m te kite, m te marye,
m te vin gen timoun00:09:20
00:09:20
e plizyè ane annapre,00:09:22
00:09:22
mwen rekòmanse
travay nan Betèl.00:09:25
00:09:25
Mwen travay a distans
e se a mitan.00:09:29
00:09:29
Men, m kontinye wè byenfè
travay sa a pote pou mwen.00:09:32
00:09:32
Li fè m santi m byen.00:09:34
00:09:34
Mwen kontinye jwenn fòmasyon.00:09:36
00:09:36
Konsa, mwen kapab wè00:09:38
00:09:38
fason Jewova ap dirije
òganizasyon l lan.00:09:41
00:09:41
Bon, sa mande pou n fleksib.00:09:43
00:09:43
Kèlkeswa kote moun nan ap viv00:09:46
00:09:46
kèlkeswa orè moun nan,00:09:48
00:09:48
nou dwe pran tout
dispozisyon ki nesesè00:09:51
00:09:51
pou volontè a distans lan
kapab travay avèk nou00:09:54
00:09:54
kèlkeswa kote l ye.00:09:56
00:09:56
Ou ka ap viv nan yon zòn
ki pa gen menm lè ak lòt zòn yo,00:09:59
00:10:00
men, ou rive patisipe
nan echanj yo.00:10:02
00:10:02
Ou santi yo fè w konfyans.00:10:04
00:10:04
Ou santi ou fè pati gwoup la.00:10:06
00:10:06
Byen souvan se pa
nou menm ki chwazi00:10:08
00:10:08
moun k ap travay avèk nou.00:10:10
00:10:10
Epoutan, Jewova ban nou
yon seri bon frè ak sè00:10:14
00:10:14
ki gen konpetans,
ki pou ede nou fè travay la.00:10:17
00:10:17
Si nou dispoze aksepte nouvo
ide sou fason pou travay la fèt,00:10:21
00:10:22
ka gen mwens moun
ki travay nan Betèl la,00:10:24
00:10:24
epoutan, sèvis nou ladan l lan
kontinye fè bon kalite travay.00:10:29
00:10:29
Si w travay pou Betèl la a mitan,00:10:32
00:10:32
sa ap vrèman enteresan
pou kongregasyon w lan00:10:34
00:10:34
konprann ki jan sa
afekte pwogram ou.00:10:37
00:10:37
Nou te kòmanse travay
ak kèk Betèl nan lemonnantye00:10:40
00:10:40
kote yo te fè ajisteman sa yo
tikras pa tikras.00:10:44
00:10:44
E nou deja wè bon rezilta sa bay.00:10:48
00:10:48
Manm Komite filyal yo te wè
vin gen plis posiblite00:10:52
00:10:52
pou frè ak sè yo resevwa
fòmasyon nan Betèl la.00:10:56
00:10:56
Kòm rezilta, sa te vin fè
gen plis jèn toujou00:11:00
00:11:00
ki vin chofe pou yo fè plis00:11:03
00:11:03
nan sèvis yo pou Jewova.00:11:06
00:11:06
Mete sou sa,00:11:07
00:11:07
Komite filyal yo fè
Kolèj santral la konnen00:11:10
00:11:10
betelit yo te voye nan tèritwa yo00:11:12
00:11:12
te fè yon bon travay00:11:14
00:11:14
nan travay predikasyon an
toupatou sou tè a.00:11:18
00:11:18
Anpil ladan yo
te met tèt yo disponib00:11:20
00:11:20
pou fè yon seri travay
ki nesesè tankou:00:11:24
00:11:24
aktivite ki gen rapò ak plan
ak konstriksyon lokal,00:11:28
00:11:28
Komite lyezon ospitalye00:11:31
00:11:31
ak temwayaj piblik nan gwo vil.00:11:34
00:11:34
Gen kèk ki te deplase
al nan zòn00:11:37
00:11:37
ki te bezwen plis
pwoklamatè Wayòm nan,00:11:39
00:11:39
ki asiste Lekòl pou
evanjelizatè Wayòm nan00:11:42
00:11:42
e ki fè plis ankò.00:11:44
00:11:44
Toule twa ajisteman sa yo00:11:46
00:11:46
pral pèmèt gen plis frè ak sè
ki pran fòmasyon ak eksperyans00:11:50
00:11:50
lè yo vin travay nan Betèl.00:11:52
00:11:52
Kòm rezilta,00:11:54
00:11:54
y ap ka sèvi ak fòmasyon sa a
pou yo sèvi Jewova divès fason.00:11:58
00:11:58
Efezyen 4:16 esplike00:12:00
00:12:01
fason kò Kris la00:12:02
00:12:02
"byen kole ansanm"00:12:05
00:12:05
e fè travay li byen paske chak
manm fonksyone nòmalman.00:12:09
00:12:10
Nou swete pou ajisteman sa yo
ede nou tout00:12:14
00:12:14
pou nou kontinye travay
nan tèt ansanm,00:12:17
00:12:17
epi byen suiv enstriksyon Kris,
chèf nou an, ban nou.00:12:22
00:12:22
Jèn frè ak sè nou yo,
nou ankouraje nou pou n priye00:12:26
00:12:26
e pou n reflechi pou n wè
si kounye a00:12:28
00:12:28
se pa pi bon moman
pou n aplike pou sèvis nan Betèl.00:12:32
00:12:32
Pandan frè Frederick Franz,
yon ansyen manm Kolèj santral la,00:12:35
00:12:35
t ap fè yon diskou pou dedye00:12:37
00:12:37
nouvo bilding Betèl Bwouklin nan
bay Jewova an 1960,00:12:42
00:12:42
li te dekri Betèl kòm “pi gwo
sant ansèyman ki gen sou tout tè a”.00:12:46
00:12:46
Plis pase 65 an annapre,00:12:49
00:12:49
nou toujou dakò ak pawòl sa yo
a san pousan.00:12:52
00:12:52
Lè n sèvi nan Betèl se yon
okazyon san parèy nou genyen00:12:55
00:12:55
pou nou resevwa fòmasyon
ki gen anpil valè,00:12:58
00:12:58
se fòmasyon k ap itil
ni nou menm00:13:01
00:13:01
ni òganizasyon an alavni00:13:04
00:13:04
e k ap itil menm
nan monn nouvo a.00:13:06
00:13:06
Nou menm paran,00:13:08
00:13:08
ede pitit nou fikse objektif
pou y al sèvi nan Betèl.00:13:11
00:13:11
Konsa, y ap ka resevwa
fòmasyon sa a ki gen anpil valè.00:13:15
00:13:15
Se yon fason n ap ka ede yo
‘travay di pou Jewova00:13:19
00:13:19
nan kèlkeswa sa y ap fè’.00:13:22
00:13:23
Pou sila yo ki deja kite Betèl
e ki al nan yon lòt asiyasyon,00:13:26
00:13:26
nou vle di nou nou renmen nou00:13:29
00:13:29
e nou gen anpil valè pou nou.00:13:31
00:13:31
Sèvis nan Betèl se yon kado.00:13:33
00:13:33
Se pou n montre nou donan
lè n pataje kado sa a ak lòt moun.00:13:37
00:13:37
Se pou n ankouraje frè ak sè yo
sèvi Jewova ak tout nanm yo00:13:41
00:13:41
nan ‘kèlkeswa sa y ap fè’00:13:42
00:13:43
pou yo menm tou yo ka pwofite
benediksyon nou jwenn yo.00:13:47
00:13:48
Bèl egzanp nou bay pral
gen gwo efè sou lòt moun.00:13:51
00:13:51
Sila yo nou bay
ankourajman kounye a00:13:53
00:13:53
pap janm bliye
lanmou nou demontre.00:13:56
00:13:57
Ann amoni ak Ezayi 60:1700:14:01
00:14:01
nou gen konviksyon00:14:03
00:14:03
Jewova ap kontinye veye pou
fason travay la fèt nan Betèl la00:14:06
00:14:06
koresponn ak bezwen
òganizasyon l lan genyen.00:14:09
00:14:09
Epitou, nou gen konviksyon,00:14:11
00:14:11
lanmou nou ak atachman nou pou
Jewova e pou òganizasyon l lan00:14:15
00:14:15
ap pouse nou tout
pou nou sèvi Jewova00:14:18
00:14:18
ak tout nanm nou
nan kèlkeswa sa n ap fè00:14:20
00:14:20
ni kounye a ni alavni.00:14:23
Sèvis Betèl: Yon pati enpòtan nan "kèlkeswa sa n ap fè"
-
Sèvis Betèl: Yon pati enpòtan nan "kèlkeswa sa n ap fè"
Selon sa n jwenn
nan Ezayi 60:17,
Jewova di: “Nan plas kuiv,
m ap fè vin gen lò,
e nan plas fè,
m ap fè vin gen ajan.”
Pawòl sa yo montre Jewova
te pwomèt, tikras pa tikras
t ap gen amelyorasyon nan pati
òganizasyon l lan ki sou tè a.
Pandan plizyè ane,
li te fè amelyorasyon
nan fason li fè travay li a.
Sa gen ladan l: travay
trèzenpòtan k ap fèt nan Betèl la.
Gwo travay n ap fè
nan Betèl la
gen de objektif enpòtan:
Pou pèmèt manje espirityèl la
disponib pou mezi moun posib,
e pou soutni travay predikasyon
k ap fèt sou tout tè a.
Kèlkeswa ajisteman
Kolèj santral la pote
nan travay k ap fèt nan Betèl la,
se pou reyalize de objektif sa yo.
Pandan plizyè ane,
nou te pote chanjman
nan fason nou enprime
piblikasyon yo,
fason n sèvi ak teknoloji,
fason n fè konstriksyon
ak fason n sipèvize
travay k ap fèt nan divès
tèritwa filyal la.
Fanmi Betèl toupatou sou tè a
te soutni ajisteman sa yo
lè yo suiv konsèy nou jwenn
nan Kolosyen 3:23 a, li di:
“Kèlkeswa sa n ap fè,
fè l ak tout nanm nou,
tankou se pou Jewova,
e non pa pou lèzòm.”
Gen nan nou k ap sèvi
Jewova fidèlman
depi plizyè dizèn ane,
e nou wè chanjman sa yo
ak ajisteman sa yo.
Menm jan ak Jewova,
Kolèj santral la bay moun
ki ofri tèt yo volontèman
pou yo sèvi nan Betèl la
anpil valè.
Yo gen menm atitid
ak Ezayi ki te di:
“Men mwen! Voye m!”
Toupatou sou tè a,
vin gen plis jèn frè
ki aplike pou Betèl.
Anmenmtan, nou toujou bezwen
plis frè ak sè ki gen
bon fòmasyon,
ki espirityèl, pou ka sèvi
nan tèritwa.
Kolèj santral la te byen egzamine
bezwen ki gen pou Betèl
ak pou tèritwa nan lemonnantye,
e l te deside pou fè yon ajisteman
nan fason pou moun yo wè
sèvis nan Betèl.
Apati kounye a, sèvis nan Betèl
pap yon asiyasyon yon moun
ap genyen pandan tout rès vi l.
Betèl ap toujou yon kote
moun kapab vini
pou travay di pou Jewova,
pou pran fòmasyon
ou kapab itilize
pou òganizasyon l lan.
Men, kounye a,
frè ak sè yo ka atann
pou yo sèvi ak fòmasyon sa a
nan tèritwa a
oswa nenpòt kote òganizasyon
Jewova a plis bezwen sa.
Pou sa vin posib,
nou kontan fè nou konnen
gen yon seri nouvo
ajisteman pou Betèl.
Premyèman,
yon bagay ki pral fèt pi souvan
se moun k ap soti nan tèritwa
pou vin sèvi nan Betèl,
e apre sa, k ap soti nan Betèl
pou tounen nan tèritwa.
Jan nou te di sa anvan, yo pap
konsidere sèvis nan Betèl
kòm yon asiyasyon
pèmanan ankò.
Se vre n ap toujou bezwen
moun ki granmoun
ki gen eksperyans yo
pou ka ede nan fòme
jèn betelit k ap vini yo,
men, anpil nan jèn ki vin
nan Betèl yo
ap gen pou sèvi
pandan yon ti tan,
y ap pran fòmasyon,
y ap gen bonjan eksperyans,
fòme lòt moun,
epi sèvi ak fòmasyon
yo pran an nan tèritwa.
Pandan chak betelit
ap sèvi nan Betèl la,
gen yon moman presi
kote frè yo
pral deside ki kote k ap pi bon
pou yo sèvi ak fòmasyon
yo resevwa a.
Ki byenfè ajisteman sa yo te pote
pou òganizasyon an?
Nou envite nou byen konsantre
pou n suiv
entèvyou ki pral pase la yo.
Fòmasyon m te jwenn
nan Betèl te aprann mwen
fason pou m jere
enfòmasyon konfidansyèl.
Kounye a,
mwen se ansyen,
mwen byen pwofite
sa m te aprann
lè m t ap travay
nan Betèl la
ak frè ak sè ki gen bon relasyon
ak Jewova e ki fè l konfyans.
Egzanp yo te aprann mwen
pou m konte sou Jewova
nan asiyasyon m gen kounye a
e pou m fè tout sa m kapab
pou m sèvi frè ak sè yo,
jan m te konn fè sa nan Betèl la.
Lè nou te fèk jwenn
nouvo asiyasyon nou an,
nou te rekòmanse li Evanjil yo
depi nan kòmansman.
E se egzakteman sa
m te bezwen.
Menm lè m te deja li
pawòl sa yo anvan,
lè nou te jwenn nouvo
asiyasyon an,
pawòl sa yo te ban nou
asirans Jewova renmen nou.
E si nou suiv nouvo
enstriksyon sa yo,
Jewova t ap kontinye beni nou.
Nan Betèl la, ou gen okazyon
pou w an kontak ak anpil moun.
Ou vin zanmi moun
w ap travay avèk yo.
Ou wè anpil frè ak sè
ki vin vizite Betèl la.
Epi konsa, ou vin wè gwosè
òganizasyon an
lè w konpare l ak kongregasyon
ou ladan l lan.
E w kòmanse vin pi apresye
lefètke w gen gwo fanmi sa a,
fanmi frè ak sè yo.
Kounye a, m ka rakonte frè ak sè
nan nouvo kongregasyon m nan
eksperyans mwen pou m
ka ede yo konprann
gen anpil bagay ki gen pou fèt
nan sèvis Jewova a
e m ankouraje yo pou yo
mete tèt yo disponib.
Nou gen yon gwo òganizasyon
k ap soutni nou.
E sa ban nou asirans Jewova
renmen nou e l ap pran swen nou.
Donk, nou ka rakonte frè
ak sè nou yo
bèl eksperyans nou fè
nan òganizasyon an.
Jan egzanp sa yo sot montre sa,
menmsi asiyasyon nan Betèl
se pa yon asiyasyon yon moun
ap gen pou tout rès vi l,
men, l ap chanje tout
rès vi moun nan.
Èske sa vle di tout moun
k ap sèvi nan Betèl kounye a
rive yon lè y ap voye yo
nan tèritwa?
Non.
Betèl la ap toujou bezwen moun
ki aje yo ak moun ki jèn yo.
Jan Pwovèb 20:29 di sa:
“Glwa yon jèn se fòs li,
e se cheve blan yo
ki fè granmoun yo bèl.”
Men ki kòmantè <i>Toudegad</i>
15 mas 1993 fè sou vèsè sa a:
“Lè jèn yo ki gen fòs
travay bò kote granmoun yo
ki saj e ki gen eksperyans,
yo ka fè anpil travay ansanm.”
Nou wè aklè sa ki di la yo
nan Betèl la.
Gwo lafwa moun ki aje yo
ak plizyè dizèn ane eksperyans
yo genyen enpòtan anpil
pou Betèl la.
Men, ou kapab di tèt ou:
Si gen tout ale vini sa yo
k ap fèt nan Betèl,
ki jan frè yo ap rive fè tout travay
yo gen pou yo fè yo?
Sa mennen nou
nan dezyèm ajisteman an.
Nou pral plis konsantre
sou bay fòmasyon byen vit.
Nou vle ede frè ak sè yo
pou yo gen konpetans
y ap bezwen
pou yo sèvi nan divès
asiyasyon pi vit.
Fòmasyon sa a gen ladan l,
bay jèn frè yo plis
responsablite pi bonè.
Frè ki pi aje yo ap ede jèn frè yo,
epi y ap fòme yo
pou yo ka pran plis responsablite
epi pou yo vin siveyan
nan Betèl.
Fòmasyon sa a ap fè
yo vin pi itil nan Betèl.
E sa ap prepare yo
pou yo fè kèlkeswa
sa òganizasyon an
bezwen alavni.
E sa ap menm ede yo devlope
kalite ak konpetans
k ap itil nan monn nouvo a.
Ki byenfè kèk filyal gentan jwenn
lefètke yo aplike
enstriksyon sa a?
Tanpri, ann byen koute sa
kèk nan yo di sou sa.
Kalite fòmasyon yo ak fason
yo dewoule kontinye amelyore.
Olye n fè yon fòmasyon
jeneral pou tout moun,
nou jwenn ankourajman
pou nou reflechi
sou pèsonalite chak frè,
sou kapasite yo,
sou konpetans yo ak nan ki
domèn yo chak yo bezwen èd.
Nou pa jis swete tout bagay
ap anfòm,
nou bay yon fòmasyon ki adapte.
Konsa, nou poze baz
pou n jwenn bon rezilta.
Mwen panse, lè m te jèn,
mwen pa t resevwa
anpil fòmasyon.
Yo te jis ban m yon asiyasyon,
men, m pa t jwenn
anpil fòmasyon.
Òganizasyon an ap grandi,
donk, fòmasyon vrèman enpòtan.
E sa enteresan pou w wè
jan y ap bay plis fòmasyon
byen vit pou travay la ka fèt.
Lè òganizasyon an bay
jèn frè yo fòmasyon
ak plis responsablite,
se pa ti byenfè sa pote.
Jèn frè yo, yo menm,
pot enèji ak nouvo ide
alòske frè ki pi aje yo pote
sajès ak eksperyans.
Lè n met tout sa ansanm,
sa ede òganizasyon an
kontinye grandi
e l adapte l ak nouvo difikilte.
Twazyèm gwo ajisteman an
ap gen rapò ak fason
nou òganize pakèt volontè
ki aplike pou yo fè plis
nan sèvis yo pou Jewova.
Nou pral konsantre plis
sou fason pou n byen sèvi
ak betelit ki pa abite nan Betèl,
e ki pa travay aplentan yo,
ansanm ak volontè a distans,
ak volontè tanporè yo.
Sa vle di nou pral deside kantite
moun ki bezwen travay nan Betèl
yon fason pou mezi moun posib
ka konsakre enèji yo
nan travay ki pi enpòtan an
ki se travay predikasyon an.
Metòd sa a bay bon rezilta.
Ann suiv eksperyans
ki vin annapre yo.
Nou vin konprann
sèvis nan Betèl
pa depann de ki kote w ye,
men, se yon fòm sèvis sakre.
Ou ka fè l kèlkeswa
kote w ye sou tè a.
Mwen te vin nan Betèl
lè m te jèn,
m te gen 19 an e m te pase
kèk ane nan Betèl,
apre sa m te kite, m te marye,
m te vin gen timoun
e plizyè ane annapre,
mwen rekòmanse
travay nan Betèl.
Mwen travay a distans
e se a mitan.
Men, m kontinye wè byenfè
travay sa a pote pou mwen.
Li fè m santi m byen.
Mwen kontinye jwenn fòmasyon.
Konsa, mwen kapab wè
fason Jewova ap dirije
òganizasyon l lan.
Bon, sa mande pou n fleksib.
Kèlkeswa kote moun nan ap viv
kèlkeswa orè moun nan,
nou dwe pran tout
dispozisyon ki nesesè
pou volontè a distans lan
kapab travay avèk nou
kèlkeswa kote l ye.
Ou ka ap viv nan yon zòn
ki pa gen menm lè ak lòt zòn yo,
men, ou rive patisipe
nan echanj yo.
Ou santi yo fè w konfyans.
Ou santi ou fè pati gwoup la.
Byen souvan se pa
nou menm ki chwazi
moun k ap travay avèk nou.
Epoutan, Jewova ban nou
yon seri bon frè ak sè
ki gen konpetans,
ki pou ede nou fè travay la.
Si nou dispoze aksepte nouvo
ide sou fason pou travay la fèt,
ka gen mwens moun
ki travay nan Betèl la,
epoutan, sèvis nou ladan l lan
kontinye fè bon kalite travay.
Si w travay pou Betèl la a mitan,
sa ap vrèman enteresan
pou kongregasyon w lan
konprann ki jan sa
afekte pwogram ou.
Nou te kòmanse travay
ak kèk Betèl nan lemonnantye
kote yo te fè ajisteman sa yo
tikras pa tikras.
E nou deja wè bon rezilta sa bay.
Manm Komite filyal yo te wè
vin gen plis posiblite
pou frè ak sè yo resevwa
fòmasyon nan Betèl la.
Kòm rezilta, sa te vin fè
gen plis jèn toujou
ki vin chofe pou yo fè plis
nan sèvis yo pou Jewova.
Mete sou sa,
Komite filyal yo fè
Kolèj santral la konnen
betelit yo te voye nan tèritwa yo
te fè yon bon travay
nan travay predikasyon an
toupatou sou tè a.
Anpil ladan yo
te met tèt yo disponib
pou fè yon seri travay
ki nesesè tankou:
aktivite ki gen rapò ak plan
ak konstriksyon lokal,
Komite lyezon ospitalye
ak temwayaj piblik nan gwo vil.
Gen kèk ki te deplase
al nan zòn
ki te bezwen plis
pwoklamatè Wayòm nan,
ki asiste Lekòl pou
evanjelizatè Wayòm nan
e ki fè plis ankò.
Toule twa ajisteman sa yo
pral pèmèt gen plis frè ak sè
ki pran fòmasyon ak eksperyans
lè yo vin travay nan Betèl.
Kòm rezilta,
y ap ka sèvi ak fòmasyon sa a
pou yo sèvi Jewova divès fason.
Efezyen 4:16 esplike
fason kò Kris la
"byen kole ansanm"
e fè travay li byen paske chak
manm fonksyone nòmalman.
Nou swete pou ajisteman sa yo
ede nou tout
pou nou kontinye travay
nan tèt ansanm,
epi byen suiv enstriksyon Kris,
chèf nou an, ban nou.
Jèn frè ak sè nou yo,
nou ankouraje nou pou n priye
e pou n reflechi pou n wè
si kounye a
se pa pi bon moman
pou n aplike pou sèvis nan Betèl.
Pandan frè Frederick Franz,
yon ansyen manm Kolèj santral la,
t ap fè yon diskou pou dedye
nouvo bilding Betèl Bwouklin nan
bay Jewova an 1960,
li te dekri Betèl kòm “pi gwo
sant ansèyman ki gen sou tout tè a”.
Plis pase 65 an annapre,
nou toujou dakò ak pawòl sa yo
a san pousan.
Lè n sèvi nan Betèl se yon
okazyon san parèy nou genyen
pou nou resevwa fòmasyon
ki gen anpil valè,
se fòmasyon k ap itil
ni nou menm
ni òganizasyon an alavni
e k ap itil menm
nan monn nouvo a.
Nou menm paran,
ede pitit nou fikse objektif
pou y al sèvi nan Betèl.
Konsa, y ap ka resevwa
fòmasyon sa a ki gen anpil valè.
Se yon fason n ap ka ede yo
‘travay di pou Jewova
nan kèlkeswa sa y ap fè’.
Pou sila yo ki deja kite Betèl
e ki al nan yon lòt asiyasyon,
nou vle di nou nou renmen nou
e nou gen anpil valè pou nou.
Sèvis nan Betèl se yon kado.
Se pou n montre nou donan
lè n pataje kado sa a ak lòt moun.
Se pou n ankouraje frè ak sè yo
sèvi Jewova ak tout nanm yo
nan ‘kèlkeswa sa y ap fè’
pou yo menm tou yo ka pwofite
benediksyon nou jwenn yo.
Bèl egzanp nou bay pral
gen gwo efè sou lòt moun.
Sila yo nou bay
ankourajman kounye a
pap janm bliye
lanmou nou demontre.
Ann amoni ak Ezayi 60:17
nou gen konviksyon
Jewova ap kontinye veye pou
fason travay la fèt nan Betèl la
koresponn ak bezwen
òganizasyon l lan genyen.
Epitou, nou gen konviksyon,
lanmou nou ak atachman nou pou
Jewova e pou òganizasyon l lan
ap pouse nou tout
pou nou sèvi Jewova
ak tout nanm nou
nan kèlkeswa sa n ap fè
ni kounye a ni alavni.
-