00:00:01
Nou kontan akeyi n
nan emisyon Tele JW.00:00:04
00:00:05
Jan n konn sa, pafwa, nou ka
fè fas ak sitiyasyon00:00:08
00:00:08
nou pa konn kòman
pou n jere yo.00:00:10
00:00:10
Ki jan nou ka kontwole
santiman nou00:00:13
00:00:13
lè bagay yo sanble
twòp pou nou?00:00:16
00:00:16
Nou pral aprann plis
bagay tou sou liv Jonas la00:00:20
00:00:20
e nou pral aprann yon
leson sou lanmou fidèl.00:00:22
00:00:23
Richès ak popilarite konn
bay moun gwo tantasyon,00:00:27
00:00:27
nou pral tande istwa yon sè
ki te chwazi sèvi Jewova00:00:31
00:00:31
olye l te chwazi vin popilè.00:00:33
00:00:33
E videyo mizik pou mwa sa a
pral montre nou00:00:36
00:00:36
jan frè nou yo kenbe
lafwa yo byen djanm00:00:39
00:00:39
menm lè yo nan prizon.00:00:41
00:00:42
Sa a se emisyon Tele JW.00:00:44
00:01:03
"Pa kite anyen
boulvèse kè nou."00:01:06
00:01:07
Jezi te di apot li yo
pawòl sa yo00:01:09
00:01:09
tousuit apre l te fin di yo00:01:11
00:01:11
li pa t ap rete twò
lontan avèk yo.00:01:14
00:01:14
Ta sanble sou vizaj yo,00:01:16
00:01:16
Jezi te ka wè jan yo choke,
jan yo nan lapenn.00:01:18
00:01:18
E pou l te ede yo, li te di yo pawòl
nou jwenn nan Jan 14:1 an:00:01:23
00:01:23
"Pa kite anyen boulvèse kè nou.00:01:25
00:01:25
Demontre nou gen
lafwa nan Bondye,00:01:28
00:01:28
e demontre nou gen
lafwa nan mwen tou."00:01:31
00:01:32
Souvan, Bib la dekri
moun ki mechan yo00:01:35
00:01:35
tankou se yon lanmè ki ajite.00:01:37
00:01:38
E dèfwa, nou santi
nou konsa vre, pa vre?00:01:40
00:01:40
Nou apèn fin jere yon
vag move nouvèl00:01:43
00:01:43
e gentan gen yon lòt
vag k ap vin ankò.00:01:45
00:01:45
Yon pakèt evènman nan monn
nan ak pwoblèm pèsonèl nou yo00:01:49
00:01:49
k ap sakaje nou e nou pèdi
anpil fòs nan yo00:01:52
00:01:52
e nan fen jounen an, nou konn
tande anpil nan nou di souvan:00:01:56
00:01:56
"M pa gen fòs pou m
fè anyen ankò!"00:01:58
00:01:58
Ki jan pawòl Jezi te di
apot li yo ka ede nou jodi a 00:02:03
00:02:03
pou n konsève ti fòs
nou genyen an00:02:05
00:02:05
e pou n itilize l avèk sajès?00:02:08
00:02:08
Ann gade de nan fraz
Jezi te di yo00:02:11
00:02:11
e n ap wè ki jan
yo ka ede nou jodi a.00:02:13
00:02:13
Pou kòmanse,
ann analize pawòl00:02:16
00:02:16
"pa kite anyen boulvèse
kè nou" an.00:02:19
00:02:19
Bon, lè Jezi te di pawòl
"pa kite anyen" an,00:02:22
00:02:22
se di l t ap di apot li yo,00:02:23
00:02:23
yo plizoumwen gen
kontwòl bagay yo.00:02:25
00:02:25
Donk, yo te ka swa kite
kè yo boulvèse00:02:29
00:02:29
oswa fè efò pou yo pa kite
kè yo boulvèse.00:02:33
00:02:33
Donk, nou wè emosyon nou yo00:02:36
00:02:36
souvan yo mache
ak sa n ap panse.00:02:38
00:02:38
Souvan, emosyon yo
mache avèk yon moun,00:02:41
00:02:41
ak yon bagay oswa ak yon evènman
ki fè w sonje yon bagay.00:02:45
00:02:45
Donk, pawòl Jezi yo
"pa kite anyen" an00:02:48
00:02:48
vle di nou bezwen fè efò
pou n kontwole panse nou.00:02:53
00:02:53
Pou n di l byen senp,00:02:54
00:02:54
si nou panse ak yon bagay tris,
ebyen, n ap santi nou tris.00:02:57
00:02:57
Si nou panse ak yon bagay
ki gen danje ladan l,00:03:00
00:03:00
ebyen, n ap santi n pè.00:03:02
00:03:02
Nou ka konpare panse nou avèk
yon gwo kay ki gen anpil chanm.00:03:08
00:03:08
E chak chanm tankou yon
evènman nan lavi nou.00:03:12
00:03:12
E lè nou pase yon ti tan
nan chanm sa a,00:03:14
00:03:15
nou ka santi tout emosyon00:03:17
00:03:17
ki mache ak sa k ap pase
nan chanm sa a.00:03:19
00:03:19
Bon, nan ka apot Jezi yo,00:03:21
00:03:21
yo t al nan chanm k ap fè yo
sonje Jezi pral kite yo a00:03:25
00:03:25
e konsa sa te fè yo nan
lapenn ak anpil enkyetid.00:03:28
00:03:29
Men, pawòl Jezi te di yo
te ba yo asirans00:03:31
00:03:31
yo te gen kontwòl sou emosyon yo. 00:03:34
00:03:34
Yo te ka swa chwazi depanse
tout ti enèji yo genyen an00:03:37
00:03:37
nan tristès yo genyen an00:03:39
00:03:39
oswa yo t ap konsantre yo
sou santiman00:03:41
00:03:41
k ap fè yo gen lafwa nan
Jewova ak nan Jezi.00:03:44
00:03:45
Se yon bon rapèl sa ye pou nou.00:03:48
00:03:48
Souvan, nou ka jwe
sou santiman nou yo00:03:51
00:03:51
lè n chwazi ak ki sa n ap panse.00:03:54
00:03:54
Bon, pafwa menm jan ak apot yo,00:03:56
00:03:56
nou konn al foure kò nou
nan yon chanm fè nwa00:03:58
00:03:58
ki chaje ak enkyetid ak lapenn. 00:04:00
00:04:00
Men, sonje sa, se vizite
n al vizite chanm fè nwa sa a.00:04:04
00:04:04
Se pa la nou vle viv.00:04:07
00:04:07
Yon lòt bagay nou ka fè pou n
pa kite anyen boulvèse kè nou00:04:11
00:04:11
se lè n sèvi ak ti fòs nou
genyen an avèk sajès.00:04:16
00:04:17
Ezayi 55:2 di:00:04:20
00:04:20
"Poukisa nou kontinye peye lajan
nou pou bagay ki pa manje vre?00:04:24
00:04:24
E poukisa n ap depanse
lajan nou00:04:26
00:04:26
pou bagay ki pap fè
anyen pou nou?00:04:29
00:04:29
Menm jan nou pap depanse
kòb nou pou sa ki pa manje vre,00:04:32
00:04:32
nou pa vle gaspiye tout
ti fòs nou nan bagay00:04:35
00:04:35
ki pap ban nou okenn
satisfaksyon tou.00:04:38
00:04:38
Panse ak sa pa egzanp,00:04:39
00:04:39
si w ta gen 10 dola pou w
depanse pou manje jounen an00:04:44
00:04:44
e ou depanse uit dola
nan dejene,00:04:47
00:04:47
ou pa t ap ret anpil kòb
pou dine ak soupe non, pa vre?00:04:50
00:04:50
Menm jan an tou, nou sèlman
gen yon ti kantite fòs00:04:53
00:04:54
pou n depanse pou chak jounen00:04:55
00:04:55
e n bezwen fè atansyon
ak fason n ap depanse l.00:04:59
00:05:00
Ki kote ou depanse ti fòs
ou genyen an?00:05:04
00:05:04
Mande tèt ou:00:05:05
00:05:05
"Èske m ap depanse tout enèji m00:05:07
00:05:07
nan bagay m pa
vrèman bezwen?00:05:11
00:05:11
Bon, imajine yon moun ki kwaze
machin li voup devan w.00:05:15
00:05:15
Oswa yon moun ki maltrete w.00:05:18
00:05:18
Oubyen yon moun ki desevwa w.00:05:20
00:05:20
Bon, ou ka vin fache anpil
pou bagay sa yo k rive a00:05:23
00:05:23
epi ou depanse yon pakèt
enèji nan bagay sa yo.00:05:26
00:05:26
Men, reflechi ak sa.00:05:28
00:05:28
Èske sa se yon bon fason pou w
sèvi ak kapasite pou rezone a?00:05:32
00:05:32
Èske m ap depanse yon pakèt
nan ti enèji m gen pou jounen an00:05:35
00:05:35
nan bagay ki pap ban m
okenn satisfaksyon?00:05:39
00:05:40
Èske w t ap lonje bous ou
ki chaje lajan00:05:42
00:05:42
bay yon moun epi ou di l:
"Degaje w, pran tout sa w vle!"00:05:46
00:05:46
Bon, si se yon moun ou renmen
e w konnen, ou kapab fè sa.00:05:49
00:05:49
Sinon, ou pa t ap bay
yon moun bous ou00:05:52
00:05:52
epi w di l pran tout sa l vle.00:05:53
00:05:53
Menm jan an tou,00:05:54
00:05:54
nou bezwen konsève ti fòs nou
genyen pou moun nou renmen.00:05:58
00:05:58
Byen sèvi avè l pou bagay
ki pi enpòtan yo,00:06:01
00:06:01
pou fanmi nou,
pou frè ak sè nou yo00:06:03
00:06:03
e sitou pou adorasyon ak lanmou
nou gen pou Jewova a.00:06:08
00:06:08
Rezo sosyal, politik,
pwoblèm ki nan monn nan,00:06:12
00:06:12
fim, kèlkeswa sa nou imajine a,00:06:14
00:06:14
y ap byen kontan manje tout ti fòs
nou genyen an pou afè pa yo.00:06:17
00:06:17
Donk, nou pap jis lonje bous
ti enèji nou genyen an00:06:20
00:06:20
ba yo epi n di: "A! Men li,
pran tout sa nou vle!"00:06:23
00:06:23
Paske si n fè sa,
nan fen jounen an,00:06:25
00:06:25
nou pap gen anyen k rete ankò
pou moun nou renmen yo.00:06:29
00:06:29
Lè nou depanse tout ti fòs
nou genyen an avèk sajès00:06:33
00:06:33
pou moun ak bagay ki
vrèman enpòtan,00:06:37
00:06:37
se sa ki sekrè kè kontan an.00:06:40
00:06:40
Bon, anpil moun eseye fè
tèt yo plezi00:06:43
00:06:43
lè yo fè kèlkeswa sa yo vle
pou yo jwenn plezi. 00:06:47
00:06:47
Moun ki egoyis pa ka
gen kè kontan.00:06:53
00:06:53
Jezi di "yon moun pi
kontan lè l bay".00:06:57
00:06:57
Bon, gen anpil bagay nou
ka aprann sou fason00:07:00
00:07:00
pou n depanse ti fòs
nou genyen avèk sajès00:07:02
00:07:02
nan pawòl pwofon sa yo
Jezi te di a.00:07:05
00:07:05
Nou ta ka panse ak
kè kontan fason sa a:00:07:08
00:07:08
kè kontan se rezilta nou jwenn
lè n renmen lòt moun.00:07:14
00:07:14
Ann pran yon egzanp: si ou limen
yon dife, ki rezilta w ap jwenn?00:07:18
00:07:18
Chalè ak limyè.00:07:21
00:07:21
Ou pa ka di ou bezwen chalè ak
limyè si w pa limen yon dife.00:07:26
00:07:26
Ou bezwen fè efò pou w
limen dife a anvan00:07:30
00:07:30
epi rezilta w ap jwenn nan
se chalè ak limyè.00:07:35
00:07:35
Donk, lè nou konsantre tout
efò nou nan lanmou pou lòt moun,00:07:39
00:07:39
youn nan rezilta
nou jwenn anretou00:07:41
00:07:41
se bèl lanmou nou genyen
nan mitan nou an.00:07:45
00:07:45
Wi, pawòl Jezi yo "pa kite anyen
boulvèse kè nou" an00:07:49
00:07:49
fè nou konnen nou ka chwazi
pou n genyen bon enfliyans00:07:54
00:07:54
sou santiman nou yo
lè n veye sou sa n ap panse.00:07:57
00:07:57
E nou ka konsantre tout
ti fòs nou genyen00:08:01
00:08:01
avèk sajès pou fanmi nou,
pou frè ak sè nou yo00:08:05
00:08:05
e sitou pou adorasyon nou
ak lanmou nou gen pou Jewova.00:08:08
00:08:09
Bon, kounye a, ann gade
dezyèm pati Jan 14:1 an.00:08:14
00:08:14
Jezi di:00:08:16
00:08:16
"Demontre nou gen
lafwa nan Bondye00:08:18
00:08:19
e demontre nou gen
lafwa nan mwen tou."00:08:22
00:08:22
Bon, Jezi pa t di pou nou
jis gen lafwa,00:08:26
00:08:26
kòmsi se nan yon chanm byen espesyal
lè n ale n ap jwenn lafwa.00:08:30
00:08:30
Li te makònen lafwa dirèkteman avè l00:08:34
00:08:34
e ansanm ak Jewova menm.00:08:36
00:08:36
Donk, lè w santi w boulvèse
oswa w enkyè,00:08:39
00:08:39
sonje Jewova ak Jezi toupre w.00:08:42
00:08:42
E y ap travay pou yo rezoud
pwoblèm sa yo nètale.00:08:46
00:08:46
Se kòmsi Jewova ak Jezi nan
yon lòt chanm ki toupre w.00:08:49
00:08:49
E ou ka kouri al nan chanm sa a00:08:51
00:08:51
nenpòt lè pa mwayen
lapriyè ak meditasyon.00:08:55
00:08:55
Lè w gen lafwa Jewova kapab
e li pral rezoud pwoblèm00:08:59
00:08:59
ki nan monn sa a, sa ap
ede w kalme emosyon w.00:09:03
00:09:03
Jezi te konnen lefètke
nou enpafè,00:09:06
00:09:06
nou ka gen tandans panse nou
ka korije bagay yo poukont nou.00:09:09
00:09:09
Li te di nan Diskou sou mòn nan:00:09:12
00:09:12
"Sispann bay tèt nou pwoblèm."00:09:14
00:09:14
Pou ki rezon?00:09:16
00:09:16
"Paske Papa nou ki
nan syèl la konnen00:09:18
00:09:18
nou bezwen tout bagay sa yo."00:09:20
00:09:20
Èske nou gen lafwa
Jewova wè n00:09:23
00:09:23
e li konnen sa nou bezwen?00:09:26
00:09:26
Lafwa sa a ap ede n pou n pa
kite anyen boulvèse kè nou.00:09:30
00:09:30
Nou bay tèt nou plis pwoblèm wi
lè nou eseye rezoud00:09:34
00:09:34
yon seri pwoblèm nou ta dwe
kite nan men Jewova pou l jere.00:09:38
00:09:38
Pa egzanp, èske w ka
fini ak lamizè?00:09:41
00:09:41
Èske w ka anpeche moun vyeyi,00:09:43
00:09:43
lagè, krim, latwoublay?00:09:46
00:09:47
Lè nou gade bagay yo konsa,
nou vin konprann,00:09:50
00:09:50
se vre, nou pap ka
rezoud pwoblèm sa yo.00:09:52
00:09:53
Nou konnen Jewova ak
Jezi pral rezoud yo00:09:55
00:09:55
pa mwayen Wayòm Bondye a.00:09:58
00:09:58
Wi, lè n gen lafwa nan
Jewova ak Jezi,00:10:01
00:10:01
se pi bon fason pou n
kontwole emosyon nou,00:10:04
00:10:04
sitou lè n ap fè fas ak
move nouvèl oswa eprèv.00:10:08
00:10:08
Bon, gen kèk fwa kote m
konn gen anpil enkyetid00:10:12
00:10:12
anrapò ak sa k rive frè ak
sè nou yo lòt kote nan monn nan,00:10:15
00:10:15
tankou ann Eritre ak Larisi.00:10:17
00:10:17
E petèt nou santi n
menm jan an tou.00:10:19
00:10:19
E bagay sa yo vrèman
twouble kè nou.00:10:22
00:10:22
Men, ki sa nou ka fè
pou n pa kite00:10:25
00:10:25
anyen boulvèse kè nou,
jan Jezi di sa?00:10:27
00:10:27
Bon, yon bagay ki te ede m
se lè m mande tèt mwen:00:10:30
00:10:30
"Èske kongregasyon an
te fè tout sa l kapab?00:10:33
00:10:33
Èske filyal la ak syèj mondyal la
te fè sa yo kapab?00:10:36
00:10:36
Èske m te priye pou yo?"00:10:39
00:10:39
Si repons kesyon sa yo se wi,
ebyen n ka di:00:10:41
00:10:41
"Jewova, nou te fè sa nou kapab.00:10:44
00:10:44
Kounye a, bagay yo nan men w."00:10:47
00:10:47
Sòm 112:7 byen rezime pou nou00:10:51
00:10:51
fason moun ki jis la ka fè fas
ak move nouvèl.00:10:54
00:10:54
Li di: "Li pap pè move nouvèl.00:10:58
00:10:58
Kè li fè m, li met konfyans li
nan Jewova."00:11:03
00:11:03
Donk, ki sa k ka ede n
fè fas ak move nouvèl?00:11:06
00:11:06
Se lè n fè Jewova konfyans l ap
sèvi ak lespri sen l pou l ede nou.00:11:11
00:11:11
Lè nou santi bagay yo twòp
pou nou oswa n santi n kraze,00:11:14
00:11:14
sonje Jewova pwomèt li ka ban nou00:11:18
00:11:18
pisans ki depase sa ki nòmal la.00:11:21
00:11:21
Se pou n gen konfyans l ap
kenbe pwomès sa a li fè nou an.00:11:25
00:11:25
Lè n priye Jewova pou n fè l
konnen jan n santi nou,00:11:28
00:11:28
li koute nou e l ka ede n fè fas
ak sitiyasyon ki devan nou an.00:11:33
00:11:33
Bon, sa pa vle di Jewova pral
retire pwoblèm nan poutèt sa,00:11:36
00:11:36
men, se sèten li ka ede n pou n
rive travèse sitiyasyon sa a.00:11:41
00:11:41
Men ki sa Women 12:11
fè konnen:00:11:45
00:11:45
"Se pou lespri a chofe nou."00:11:47
00:11:47
Bon, ide pou lespri a chofe nou00:11:49
00:11:49
fè m panse ak wòch sa a ki gen
yon konpòtman byen espesyal.00:11:53
00:11:53
Lè yo flache l ak kalite limyè
ki sot nan flach sa a, li klere.00:11:57
00:11:58
Men si w pa fè sa, l ap sanble
menm jan ak nenpòt wòch.00:12:01
00:12:01
Men, depi w flache l ak limyè
flach sa a, li klere lè sa a.00:12:06
00:12:06
Se konsa nou ye tou lè Jewova
ban nou lespri sen.00:12:10
00:12:11
Menm jan an tou, Jewova
sèvi ak lespri sen l00:12:15
00:12:15
pou l ban nou fòs chak jou,00:12:17
00:12:17
pou l ede nou briye detan
anndan nou, si n ka di sa.00:12:21
00:12:21
Se tankou yon timoun ki pè pandan
l ap dòmi nan chanm li nan nuit.00:12:25
00:12:25
Ki kote l ap kouri ale, jeneralman?00:12:27
00:12:27
Nan chanm manman l ak papa l.00:12:29
00:12:29
Y ap konnen sa pou yo fè,
y ap ede l.00:12:31
00:12:31
Donk, lapriyè se fason nou
ka kouri al nan chanm Jewova a 00:12:34
00:12:34
pou n di l sa n santi.00:12:36
00:12:36
E anretou, l ap rekonfòte nou
avèk lespri sen l,00:12:39
00:12:39
Bib la e ansanm ak frè ak sè yo.00:12:42
00:12:42
Li klere limyè l la sou nou,
si n ka di sa.00:12:45
00:12:45
E l ban nou pisans ki depase
pisans nòmal la.00:12:49
00:12:49
Wi, lè nou fè fas ak sitiyasyon
ki ka boulvèse kè nou sonje00:12:54
00:12:54
se pa sèl chanm sa ki
gen nan kay la.00:12:56
00:12:56
Lè nou priye Jewova
e nou li Bib la,00:13:00
00:13:00
imajine Jewova ki kenbe
men nou00:13:03
00:13:03
e k al pase tan ansanm avèk nou
nan lòt chanm ki nan kay la.00:13:08
00:13:08
Ou nan chanm ki fè w andèy la?00:13:10
00:13:10
Li mennen w nan chanm
rezirèksyon an.00:13:13
00:13:13
Ou malad?00:13:14
00:13:14
Li mennen w nan chanm
sante pafè a.00:13:17
00:13:17
Ou nan chanm ki fè w santi w
wont pou sa w te fè?00:13:20
00:13:20
Li mennen w nan chanm padon.00:13:23
00:13:23
Èske n ka imajine fason apot yo
te santi yo lè Jezi te resisite?00:13:29
00:13:29
Se pa ti diferans sa te fè pou yo00:13:31
00:13:31
paske yo te nan chanm kote yo
t ap di tèt yo: 'Jezi pral kite nou!'00:13:34
00:13:34
E kounye a, yo nan chanm
kote yo t ap di:00:13:35
00:13:35
'Men Jezi retounen avèk nou!'00:13:38
00:13:38
Yo te jwenn byenfè pou lafwa
yo te gen nan Jewova ak Jezi.00:13:43
00:13:43
Pou nou fini, annou repase kèk
nan leson nou te aprann00:13:47
00:13:47
nan pawòl Jezi te di
nan Jan 14:1 an.00:13:51
00:13:51
Lè Jezi te di "pa kite anyen
boulvèse kè nou" an,00:13:56
00:13:56
sa fè nou sonje nou ka chwazi00:13:58
00:13:58
pou n gen bon enfliyans
sou emosyon nou yo00:14:01
00:14:01
lè n kontwole panse nou00:14:04
00:14:04
epi, nou bezwen byen sèvi00:14:06
00:14:06
avèk ti fòs nou genyen an
avèk sajès00:14:09
00:14:09
pou fanmi nou, frè n ak sè nou yo00:14:11
00:14:11
e sitou pou adorasyon nou ak
lanmou nou gen pou Jewova.00:14:16
00:14:16
Jezi te di: "Demontre nou gen
lafwa nan Bondye,00:14:20
00:14:20
e demontre nou gen
lafwa nan mwen tou."00:14:23
00:14:23
Se pou n gen konfyans
Jewova ak Jezi00:14:26
00:14:26
ka rezoud sa nou pa ka rezoud.00:14:28
00:14:28
Pou kèlkeswa pwoblèm
emosyonèl nou ta gen jodi a,00:14:32
00:14:32
se Jewova k ap ka
rezoud li nètale.00:14:34
00:14:34
Annatandan, se pou
nou gen lafwa00:14:37
00:14:37
Jewova ka ban nou yon pisans
ki depase yon pisans nòmal00:14:41
00:14:41
pou n fè fas ak kalamite n ap
rankontre nan sistèm sa a.00:14:45
00:14:45
Donk, pwochen fwa
ou santi ou kraze nèt00:14:49
00:14:49
oswa bagay yo twòp pou ou00:14:50
00:14:50
medite sou pawòl Jezi
te di nan Jan 14:1 yo:00:14:55
00:14:55
"Pa kite anyen boulvèse kè nou.00:15:00
00:15:00
Demontre nou gen lafwa
nan Bondye,00:15:02
00:15:02
e demontre nou gen lafwa
nan mwen tou."00:15:06
00:15:07
Jonas se yon sèvitè Jewova00:15:10
00:15:10
ki te bezwen aprann
fè Jewova konfyans.00:15:13
00:15:13
E lè l te fè sa,00:15:14
00:15:15
sa te pi byen prepare l
pou l rive kontwole emosyon l.00:15:18
00:15:19
Ann wè ki lòt bagay nou ka
aprann nan egzanp li an 00:15:21
00:15:21
nan pwochen epizòd nan seri Ann fouye pou n jwenn trezò.00:15:25
00:15:30
Papa videyo Istwa Jonas: Yon leson sou kouraj ak mizèrikòd la00:15:34
00:15:34
vrèman enteresan.00:15:35
00:15:35
O wi!00:15:36
00:15:36
Videyo a se yon bon zouti.00:15:37
00:15:37
Men, Bib la ede n ale pi fon00:15:38
00:15:38
lè n poze yon senp ti kesyon.00:15:40
00:15:40
Kesyon an se: ki sa sa aprann
mwen sou Jewova?00:15:43
00:15:43
Oke! Ban m ekri sa.00:15:45
00:15:45
Èske gen yon bagay ou
te remake nan istwa a.00:15:47
00:15:47
Mwen vrèman renmen wè jan
Jewova gen padon ak pasyans.00:15:50
00:15:50
Se vre, Jewova te pran anpil
pasyans ak Jonas00:15:53
00:15:53
annatandan l te vin
gen plis matirite.00:15:55
00:15:55
Nan chapit 3, vèsè 1 an,00:15:56
00:15:56
Jewova te ba l yon lòt
okazyon pou l fè sa ki dwat.00:15:59
00:15:59
Li te pwoteje l kont
konsekans erè l te fè yo00:16:01
00:16:01
e annapre li te korije l
avèk jantiyès00:16:03
00:16:03
lè l te demontre yon move atitid.00:16:05
00:16:05
Sa a bèl pou n wè Jewova
pa t bay Jonas vag.00:16:08
00:16:08
Se vre, an reyalite se
paske Jewova gen00:16:11
00:16:11
yon lòt kalite ki se lanmou fidèl.00:16:13
00:16:13
Èske w sonje sa l vle di?00:16:15
00:16:15
Wi, m kwè sa.00:16:16
00:16:16
Men yon lòt bon teknik:00:16:18
00:16:18
chèche sans mo w pa
abitye avè yo.00:16:20
00:16:20
Ann chèche sans mo sa a
nan lis mo yo esplike yo.00:16:22
00:16:22
Tape lanmou fidèl nan espas
pou rechèch nan Bib ou.00:16:26
00:16:26
Èske w wè jan l ba ou yon lyen00:16:27
00:16:27
ki voye w nan lis mo
yo esplike yo.00:16:29
00:16:29
Ban m gade
O wi!00:16:30
00:16:30
Tanpri, ou ka li sa w jwenn nan.00:16:32
00:16:32
Pou lanmou ki fidèl la li di:00:16:34
00:16:34
“Se angajman, entegrite, fidelite00:16:37
00:16:37
ak gwo atachman ki fè
yon moun montre lanmou sa a.”00:16:40
00:16:40
Se konsa menm Jewova
te trete Jonas.00:16:43
00:16:43
Jewova kontinye ede adoratè l yo
paske l renmen yo.00:16:46
00:16:46
Men, Jonas potko konprann
sa Jewova t ap fè.00:16:48
00:16:48
Menm apre tanpèt la,
twa jou nan vant pwason an,00:16:51
00:16:51
epitou, l te wè moun
Niniv yo ki repanti,00:16:54
00:16:54
Jonas te kontinye panse ak tèt li.00:16:56
00:16:56
Apre Jewova te kite
moun Niniv yo chape,00:16:59
00:16:59
Jonas te vin an kòlè.00:17:00
00:17:00
Petèt, li te santi moun yo t apral
panse li se yon fo pwofèt.00:17:03
00:17:03
Menm apre tout sa k te pase yo,00:17:05
00:17:05
Jonas te pito
moun Niniv yo mouri00:17:08
00:17:08
pase pou se li yo ta mal wè.00:17:09
00:17:09
Jonas pa t byen aji ditou
nan moman sa a.00:17:11
00:17:11
Ki jan Jewova te jere sa?00:17:13
00:17:13
Li te fè sa pi byen pase m wi!00:17:15
00:17:15
Bon, fason Jonas te reyaji a00:17:17
00:17:17
pa vle di l te yon move
moun pou sa.00:17:19
00:17:19
Donk, Jewova te itilize yon
pye kalbas kouran00:17:21
00:17:21
pou l anseye l yon leson.00:17:23
00:17:23
Ki sa nou wè nan
chapit 4 vèsè 6 la?00:17:26
00:17:27
Li di Jewova te fè yon plant
pou bay Jonas lonbray00:17:29
00:17:29
e pou fè l santi l pi byen.00:17:31
00:17:31
Sa montre bonte Jewova
gen lakay li00:17:33
00:17:33
alòske Jonas pa t
konpòte l byen ditou.00:17:35
00:17:35
Epi vèsè a di:
“Jonas te kontan anpil.”00:17:39
00:17:39
La a, nou wè lanmou fidèl
Jewova te ede Jonas00:17:42
00:17:42
fè yon ti chanjman nan atitid li.00:17:44
00:17:44
Nan moman sa a,00:17:44
00:17:44
Jewova te ede Jonas vin
gen plis matirite.00:17:47
00:17:47
Jonas te pare pou l aprann
yon lòt leson kounye a.00:17:50
00:17:50
Jewova te voye yon ti vè
pou touye plant lan,00:17:52
00:17:52
pa yon moun non, jis yon plant.00:17:54
00:17:54
E ki jan Jonas te reyaji?00:17:56
00:17:56
Se atò Jonas te fache.00:17:58
00:17:58
E se nan moman sa a, Jewova
ede Jonas pi byen konprann.00:18:01
00:18:01
Vèsè 10 ak vèsè 11 lan
aprann nou yon bèl leson.00:18:04
00:18:04
Jewova di Jonas:00:18:05
00:18:05
‘‘Bon, si w santi sa fè w mal
pou plant sa a,00:18:07
00:18:07
èske mwen menm m pa
ta dwe gen pitye00:18:09
00:18:09
pou moun ak bèt ki nan
vil Niniv yo tou.”00:18:11
00:18:11
E istwa tou fini la.00:18:13
00:18:13
Jonas te met chapo ba
devan Jewova.00:18:14
00:18:14
E se Jewova ki te gen
dènye mo a.00:18:16
00:18:16
Jonas te pran leson an.00:18:18
00:18:18
Sa klè Jonas te vin aprann
wè moun yo jan Jewova wè yo.00:18:21
00:18:21
Wi, sa bèl pou n wè jan Jewova
te kontinye ede Jonas.00:18:24
00:18:24
Li te kontinye demontre
lanmou fidèl pou li00:18:26
00:18:26
nan nenpòt moman.00:18:27
00:18:27
Ann fouye plis.00:18:29
00:18:29
Ki lòt moun ki ka jwenn byenfè00:18:30
00:18:30
nan lanmou Jewova
grasa istwa sa a.00:18:32
00:18:32
Èske se sèl Jonas?00:18:33
00:18:33
Ann eseye konsèy nou jwenn
nan liv Annou imite lafwa yo a.00:18:36
00:18:36
Li di: “Sèvi ak imajinasyon w00:18:38
00:18:38
pou w wè sa k ap pase
nan chak istwa.00:18:40
00:18:40
Eseye mete w nan po
pèsonaj biblik yo00:18:42
00:18:42
pou w ka wè jan yo
te wè bagay yo.00:18:44
00:18:44
Panse ak fason yo te reyaji
devan yon sitiyasyon00:18:46
00:18:46
ak fason ou menm ou t ap reyaji
devan menm sitiyasyon an.”00:18:50
00:18:50
Èske w ka imajine jan Jonas
dwe te santi l00:18:52
00:18:52
lè l t wè maren sa yo
k ap rele fo dye yo00:18:54
00:18:54
alòske l te konnen yo pa
t ap jwenn okenn èd.00:18:56
00:18:56
E menm apre Jonas te
admèt li te fè erè,00:18:59
00:18:59
mesye inosan sa yo
pa t vle voye l nan lanmè a.00:19:01
00:19:01
Wi!00:19:02
00:19:02
Yo te fè tout sa yo te kapab
pou yo sove lavi Jonas.00:19:05
00:19:05
Jewova te montre Jonas00:19:07
00:19:07
bèl kalite maren sa yo
ki pa t ap sèvi l te genyen00:19:09
00:19:09
alòske yo te san sekou
e yo te pè.00:19:12
00:19:13
Èske w panse Jonas
te vin wè mesye sa yo00:19:15
00:19:15
jan Jewova te wè yo?00:19:16
00:19:16
An-an.00:19:18
00:19:18
Ann kontinye fouye.00:19:19
00:19:19
Poukisa Jewova te voye Jonas
nan yon peyi etranje00:19:22
00:19:22
pou l al preche moun nan
yon nasyon ki pa t ap sèvi l?00:19:25
00:19:25
Petèt, li te vle bay moun Niniv yo00:19:27
00:19:27
posiblite pou l rive touche kè yo.00:19:30
00:19:30
Donk, kiyès ki te benefisye
lanmou Jewova?00:19:33
00:19:33
Bon, lè n byen reflechi,00:19:34
00:19:34
m wè Jewova te demontre
lanmou fidèl pou Jonas,00:19:37
00:19:37
men, li te demontre lanmou
pou maren yo00:19:40
00:19:40
ak moun Niniv yo tou.00:19:41
00:19:41
Ou gen rezon.00:19:43
00:19:43
Epi reflechi sou sa,00:19:44
00:19:44
menm lè Jonas te fè erè,
lè l resisite,00:19:47
00:19:47
li pral aprann Jewova te sèvi
ak move moman l yo00:19:50
00:19:50
pou l te anseye kèk leson
sou Pitit Gason l lan.00:19:53
00:19:53
Ki jan w panse Jonas pral santi l00:19:55
00:19:55
lè l aprann Jezi li menm
te pale de li00:19:57
00:19:57
e l te menm konpare tèt li avè l?00:20:00
00:20:00
Waw!00:20:01
00:20:01
La a, nou wè egzanp lanmou
pafè Jewova demontre.00:20:04
00:20:04
Ki jan n ka aplike sa nan lavi nou?00:20:06
00:20:06
Ki jan n ka imite Jewova?00:20:08
00:20:08
Bon, premye bagay ki vin
nan tèt mwen00:20:10
00:20:10
se predikasyon pòt an pòt.00:20:11
00:20:11
Se pa yon bagay
m toujou renmen fè.00:20:13
00:20:13
M konn santi m yon
ti jan dekouraje00:20:15
00:20:15
lè pa gen pèsonn ki vle koute m.00:20:17
00:20:17
Men, m vin sonje santiman m yo
se pa sa k pi enpòtan.00:20:20
00:20:20
Gen yon bagay ki pi
enpòtan pase sa.00:20:22
00:20:22
Si Jewova pa bay moun yo vag,00:20:24
00:20:24
mwen menm tou, m pa ka fè sa.00:20:25
00:20:25
Sa bèl pitit gason m.00:20:27
00:20:27
Mwen fyè dèske w panse konsa.00:20:29
00:20:29
Sa montre ou vrèman konprann
sa k pi enpòtan.00:20:31
00:20:31
Sa fè m panse ak kèk fwa00:20:32
00:20:32
kote m konn santi yon
asiyasyon twòp pou mwen.00:20:35
00:20:35
Pafwa, m konn pa byen
reyaji okòmansman00:20:38
00:20:38
e m konn di bagay
mwen regrèt annapre.00:20:40
00:20:40
Epi m te regrèt sa m te di a00:20:42
00:20:42
e m te kòmanse santi m koupab.00:20:43
00:20:43
Men, sa soulaje m
lefètke m konnen00:20:45
00:20:45
Jewova pa kontinye
sonje bagay sa yo.00:20:47
00:20:47
Li wè ki kalite moun
nou ye toutbonvre00:20:49
00:20:49
e avèk pasyans li ede nou
vin gen matirite.00:20:52
00:20:52
Waw !
N aprann anpil bagay00:20:53
00:20:53
lè n mande tèt nou:
Sa sa aprann nou sou Jewova?,00:20:55
00:20:55
lè n chèche sans mo
nou pa byen konnen yo00:20:57
00:20:57
e lè n sèvi ak imajinasyon nou.00:20:59
00:21:00
E gen anpil bagay pou n
aprann toujou.00:21:02
00:21:02
Ki sa n ka aprann lè n sèvi
ak imajinasyon nou00:21:05
00:21:05
pou n mete n nan plas Jonas00:21:06
00:21:06
lè l te poukont li
nan vant pwason an00:21:08
00:21:08
e l t ap priye Jewova pou l ede l?00:21:11
00:21:11
Ki sa n aprann lè nou wè
preche moun Niniv yo00:21:13
00:21:13
pa t difisil nan pwen
Jonas te panse a?00:21:17
00:21:17
Pa egzanp, ann gade nan...00:21:20
00:21:21
Se te yon bèl leson.00:21:24
00:21:24
Fason Jonas te reyaji a pa montre
li se yon move moun pou sa.00:21:29
00:21:29
Pa gen dout, nou pral
jwenn plis trezò toujou00:21:32
00:21:32
tank n ap li sou lanmou
Jewova te gen pou Jonas00:21:35
00:21:35
ak moun Niniv yo.00:21:36
00:21:37
Kongregasyon toupatou sou tè a
toujou ap tann yon semèn espesyal.00:21:42
00:21:43
Se semèn vizit siveyan
sikonskripsyon an00:21:45
00:21:45
ak madanm li si l marye.00:21:46
00:21:48
Ann al aprann plis bagay sou fason00:21:50
00:21:50
pwogram ankourajan sa a te kòmanse.00:21:52
00:21:55
Pou tout kongregasyon
Temwen Jewova nan monn nan,00:21:57
00:21:57
semèn vizit siveyan an
se yon semèn espesyal00:22:00
00:22:00
kote tout moun okipe
nan travay predikasyon an,00:22:02
00:22:02
yo jwenn diskou ankourajan
e yo pase bon ti moman ansanm.00:22:05
00:22:05
Men, ki jan travay siveyan
sikonskipsyon yo te kòmanse?00:22:08
00:22:08
E ki chanjman ki te fèt ladan l?00:22:09
00:22:09
Nou pral jwenn repons kesyon sa yo00:22:11
00:22:11
nan epizòd sa a nan seri Nou gen yon istwa ki vrèman rich.00:22:15
00:22:15
Travay siveyan sikonskipsyon yo00:22:17
00:22:17
te kòmanse depi
nan premye syèk la.00:22:19
00:22:19
Yo te voye yon seri mesye
tankou Pòl, Banabas ak Timote00:22:22
00:22:22
pou al ankouraje kongregasyon yo.00:22:24
00:22:24
Ann amoni ak egzanp sa a,00:22:26
00:22:26
gen yon travay menm jan an
ki te kòmanse fèt nan ane 189400:22:30
00:22:30
lè oganizasyon Temwen Jewova yo
te kòmanse voye reprezantan00:22:33
00:22:33
pou al vizite epi ankouraje
gwoup Etidyan Labib yo.00:22:36
00:22:36
Avèk letan, yo te vin rele
frè sa yo pèleren.00:22:39
00:22:39
Yo te vwayaje sot nan yon
kongregasyon al nan yon lòt,00:22:42
00:22:42
yo pase youn oswa de jou
avèk chak gwoup00:22:44
00:22:44
pou yo ba yo ankourajman espirityèl.00:22:47
00:22:47
E vwayaj sa yo pa t toujou fasil. 00:22:49
00:22:50
Imajine w se yon pèleren
nan epòk sa a00:22:52
00:22:52
tankou frè Edward Brenisen.00:22:54
00:22:54
W ap deplase pou al vizite frè yo00:22:56
00:22:56
nan yon vilaj ki andeyò
nan pati lwès Etazini.00:22:59
00:22:59
Vwayaj ou a kòmanse nan tren,00:23:00
00:23:00
apre sa, ou vwayaje lannuit
sou yon charyo cheval ap rale00:23:03
00:23:03
e finalman, ou pran yon lòt kalite
charyo ankò cheval ap rale,00:23:07
00:23:07
nan mòn fwa sa a.00:23:08
00:23:08
Yo te atann pou pèleren yo
se bon kalite anseyan.00:23:13
00:23:13
Men, yo te bezwen gen imilite tou,00:23:15
00:23:15
menm jan ak Alexander Graham.00:23:17
00:23:17
Frè Graham te yon oratè
ki gen anpil enèji.00:23:21
00:23:21
Men, gende lè, diskou l yo
te konn yon ti jan twò long.00:23:25
00:23:25
Yo te konn dire plizyè èdtan.00:23:27
00:23:27
Lè frè Russell te aprann sa,00:23:29
00:23:29
li te ekri frè Graham yon lèt00:23:30
00:23:30
kote li ba l kèk konsèy, li di l:00:23:32
00:23:32
“Frè m mwen renmen anpil la,00:23:35
00:23:35
mwen konnen jan w gen lanmou00:23:36
00:23:36
e jan w gen anpil enèji00:23:37
00:23:37
epi sa rive pafwa, ou pa wè
lè lè a pase00:23:40
00:23:40
pandan w ap pale sou ansèyman
ou renmen anpil yo.00:23:42
00:23:42
Avèk imilite, frè Graham
te aplike konsèy la00:23:45
00:23:45
e l te vin tounen yon pèleren
tout moun te byen renmen00:23:48
00:23:48
ki te fè yon pakèt bèl diskou,
men, ki pi kout.00:23:51
00:23:51
Nan moman sa a,00:23:52
00:23:52
pèlerin yo te sitou gen pou yo fè
diskou ki baze sou Bib la.00:23:55
00:23:55
Men nan ane 1920 yo,
sa te chanje.00:23:57
00:23:57
Frè sa yo ki te konn
vwayaje toupatou00:23:59
00:23:59
te vin gen pou yo pran
latèt kounye a00:24:01
00:24:01
nan travay predikasyon
kay an kay la pandan vizit yo.00:24:04
00:24:04
Donk, yo te chanje non yo.00:24:05
00:24:05
Yo te vin rele yo
direktè sèvis rejyonal.00:24:08
00:24:08
E pi devan yo te rele yo
sèvitè rejyonal.00:24:11
00:24:11
Sa ki te mete plis aksan
sou wòl yo genyen pou sèvi00:24:14
00:24:14
e pou soutni frè ak sè yo.00:24:15
00:24:15
E annapre, te vin gen yon
pi gwo chanjman toujou.00:24:18
00:24:18
Pandan kanpay predikasyon
nan ane 1930 yo,00:24:21
00:24:21
gen kèk kongregasyon Ozetazini00:24:23
00:24:23
ki te pran dispozisyon
pou yo preche ansanm00:24:24
00:24:24
pou yo te ka kenbe tèt
ak opozisyon.00:24:27
00:24:27
Bèl kolaborasyon sa a te fè frè yo00:24:29
00:24:29
vin gen tèt ansanm nan mitan yo00:24:31
00:24:31
epi pou yo te ka pi
byen òganize yo,00:24:34
00:24:34
yo te konn mete anviwon
20 kongregasyon ansanm00:24:36
00:24:36
e yo rele yo zòn.00:24:37
00:24:37
Sèvitè zòn nan te gen pou l
vizite chak kongregasyon00:24:40
00:24:40
ki nan zòn nan e detanzantan,00:24:42
00:24:42
tout kongregasyon ki nan
yon zòn te reyini ansanm00:24:44
00:24:44
pou yo fè yon asanble zòn.00:24:46
00:24:46
Se li menm jodi a nou rele
asanble sikonskripsyon.00:24:49
00:24:49
Nan ane 1940 yo,00:24:51
00:24:51
yo te bay siveyan k te konn
vwayaje yo yon lòt non.00:24:54
00:24:54
Yo te rele yo sèvitè frè yo.00:24:56
00:24:56
Youn nan frè sa yo se te
Angelo Catanzaro.00:24:58
00:24:58
Li te gen sèlman 19 an lè l
te resevwa asiyasyon l lan.00:25:02
00:25:02
Li dekri tèt li, li di li te “ yon siveyan k te toujou ap bouje”.00:25:05
00:25:06
Pandan plis pase 60 an l te fè
nan travay sa a00:25:08
00:25:08
kote l te toujou ap vwayaje,
li menm ak madanm li00:25:11
00:25:11
te vwayaje preske
toupatou Ozetazini,00:25:14
00:25:14
pandan y ap ankouraje
frè ak sè yo00:25:16
00:25:16
e y ap ede plizyè milye moun
vin sèvi Jewova.00:25:19
00:25:19
Avèk letan,00:25:20
00:25:20
yo te vin rele frè sa yo k te
toujou ap vwayaje00:25:22
00:25:22
sèvitè sikonskripsyon.00:25:24
00:25:24
E annapre, yo te vin rele yo
siveyan sikonskripsyon.00:25:27
00:25:27
Pandan ane yo t ap pase,00:25:28
00:25:28
frè sa yo ansanm ak madanm yo00:25:30
00:25:30
te byen dispoze fè anpil sakrifis
pou sèvi frè ak sè yo.00:25:34
00:25:34
Yo kite kay yo
pou yo viv pasipala00:25:37
00:25:37
e pou yo vwayaje al yon pakèt
kote byen lwen.00:25:40
00:25:41
Anpil nan yo,00:25:42
00:25:42
menm jan ak Winston Payne
ansanm ak Pam, madanm li,00:25:45
00:25:45
te nan ventèn yo lè yo te kòmanse00:25:47
00:25:47
sèvis sikonskipsyon an
nan Pasifik sid la.00:25:50
00:25:50
Yo te gen pou yo adapte
lavi yo ak lavi zile,00:25:53
00:25:53
pandan y ap fè fas ak gwo chalè,
moustik ak rate manje.00:25:56
00:25:56
Malgre sa, frè ak sè Payne
te vin renmen asiyasyon yo a00:26:00
00:26:00
e yo te santi yo vrèman
pwòch frè ak sè yo.00:26:03
00:26:03
Jodi a, gen plizyè milye frè ak sè
ki nan sèvis sikonskipsyon.00:26:08
00:26:08
Pou ede yo nan asiyasyon yo,
yo asiste yon lekòl fòmasyon00:26:11
00:26:11
ki te kòmanse fèt
nan ane 1999 la.00:26:14
00:26:14
Yo fè lekòl pou siveyan
sikonskipsyon yo ak madanm yo00:26:16
00:26:16
toupatou nan monn nan.00:26:18
00:26:18
Se vre, te gen anpil chanjman00:26:20
00:26:20
nan fason nou te konn rele
siveyan sikonskripsyon yo.00:26:22
00:26:22
Men, gen yon bagay
ki pa chanje.00:26:25
00:26:25
Menm jan sa te ye nan ka Pòl, 00:26:26
00:26:26
frè sa yo ansanm ak madanm yo00:26:28
00:26:28
pi kontan toujou “pou yo bay
tout bagay e pou yo bay tèt yo”00:26:32
00:26:32
pou yo fòme lòt moun nan
travay predikasyon an,00:26:34
00:26:34
ankouraje sila ki pi jèn yo
e fòtifye kongregasyon an.00:26:38
00:26:38
Kidonk, pwochen fwa w gen
vizit siveyan sikonskripsyon,00:26:41
00:26:41
panse ak sa ou ka fè00:26:43
00:26:43
pou w montre jan w apresye
tout sakrifis y ap fè yo.00:26:46
00:26:46
Nan yon pwochen epizòd,00:26:47
00:26:47
nou pral aprann plis bagay toujou
sou istwa pèp Jewova a00:26:50
00:26:50
nan seri Nou gen yon istwa ki vrèman rich.00:26:54
00:26:57
Nou di Jewova mèsi pou siveyan
sikonskripsyon nou yo k ap travay di00:27:01
00:27:01
ansanm ak madanm yo
k ap fè gwo sakrifis.00:27:04
00:27:05
Petèt, ou sonje bèl bagay
ou te aprann nan men yon frè00:27:07
00:27:07
oswa nan men yon siveyan
ak madanm li00:27:09
00:27:09
nan travay predikasyon.00:27:11
00:27:11
Petèt, yon siveyan te ankouraje w00:27:14
00:27:14
pou w mete w disponib
pou w fè plis pou Jewova.00:27:16
00:27:17
Bon, se pa tout moun ki ka sèvi
kòm siveyan sikonskripsyon,00:27:21
00:27:21
men, nou ka imite egzanp
lanmou yo gen pou lòt moun.00:27:24
00:27:24
Ann gade fason kèk lòt moun
te etann travay predikasyon an00:27:28
00:27:28
lè yo aprann fason
pou yo adapte yo.00:27:31
00:27:38
Yon fwa nou te remake
te gen bezwen nan zòn nan,00:27:40
00:27:40
Jewova te montre nou aklè
jis nan ki pwen nou kapab itil00:27:43
00:27:43
si nou te demenaje.00:27:44
00:27:45
Sa fè katran depi n ap sèvi nan
kongregasyon lang kechwa00:27:48
00:27:48
yo pale nan peyi Bolivi a.00:27:49
00:27:50
Mwen rele Fernando.00:27:51
00:27:51
M se Micaela.00:27:52
00:27:52
Nou nan kongregasyon
lang kechwa00:27:53
00:27:53
yo pale nan peyi Bolivi a00:27:55
00:27:55
ki nan zòn Ingeniero
Huergo ann Ajantin.00:27:58
00:27:59
Nan anpil zòn nan peyi Bolivi,00:28:00
00:28:00
li difisil anpil pou moun
jwenn mwayen pou yo viv.00:28:03
00:28:04
Se sa k fè anpil moun deplase
vin nan zòn nou ye a00:28:07
00:28:07
pou yo ka travay nan jaden.00:28:09
00:28:09
Travay sa a mande anpil efò fizik.00:28:12
00:28:14
Pafwa, moun yo konn menm travay
jiska 11 è diswa oubyen minui.00:28:18
00:28:19
Yo fè kèlkeswa sa yo
mande yo fè nan travay la.00:28:22
00:28:29
Pi bon moman pou w
jwenn yo nan jaden an00:28:31
00:28:31
se anvan yo kòmanse
travay nan apremidi.00:28:34
00:28:34
E predikasyon nan moman sa a
nan jounen an difisil,00:28:37
00:28:37
paske li konn fè 40 degre Sèlsiyis
oswa 104 degre Farennay.00:28:42
00:28:43
Souvan, nou konn oblije fè etid la
avèk yo pandan y ap travay.00:28:47
00:28:47
Kidonk, pandan y ap rekòlte
oswa y ap fè lòt travay,00:28:50
00:28:50
n ap mache bò kote yo,
n ap li paragraf00:28:53
00:28:53
oswa n ap li yon vèsè nan Bib la.00:28:54
00:28:54
Pa egzanp, nou ka montre yo
non Bondye,00:28:57
00:28:57
yon non yo pa t janm
tande pale de li anvan.00:28:59
00:28:59
Lè yo tande l oswa
lè yo aprann yon lòt bagay,00:29:02
00:29:02
sa konn atire atansyon yo epi
yo fè yon ti kanpe sou sa y ap fè a.00:29:06
00:29:06
Nou ka wè yo anvi aprann.00:29:09
00:29:10
E yo konn vrèman byen koute00:29:11
00:29:11
menmsi yo konn oblije
kontinye travay.00:29:14
00:29:14
Sa rive plizyè fwa yo mande nou
pou nou tann yo fin travay.00:29:19
00:29:20
Lè konsa, nou deside ede yo
pou yo ka fini pi vit.00:29:24
00:29:25
Okòmansman, yo konn
sezi e yo konn di:00:29:27
00:29:27
“Ki sa n vle di lè n di
n ap ede nou an?”00:29:30
00:29:30
Ansuit yo konn di:
“Men, rad sou nou an ap sal.”00:29:32
00:29:32
An reyalite, sa pa t deranje nou
ditou pou n ede yo.00:29:35
00:29:35
E sa te bay bon rezilta.00:29:37
00:29:37
Avèk letan, nou te vin zanmi.00:29:38
00:29:38
E se sa menm nou vle,
se pou n vin zanmi etidyan nou yo00:29:42
00:29:43
pou n ka ede yo pwogrese.00:29:45
00:29:45
E sa ede yo konprann
nou gen sousi pou yo toutbon.00:29:49
00:29:52
Sa m pi renmen nan
travay predikasyon an,00:29:54
00:29:54
se lè mwen wè efè li genyen
sou moun ki gen kè ki sensè yo.00:29:57
00:29:58
Mwen renmen preche.00:30:00
00:30:00
Pou mwen se pa yon
sakrifis sa ye ditou.00:30:02
00:30:02
Mwen rele Toni Marrero.00:30:04
00:30:05
Mwen se Maryluz.00:30:06
00:30:06
Nou soti nan peyi Espay,00:30:07
00:30:07
men kounye a, n ap sèvi
nan peyi Paragwe.00:30:10
00:30:10
Pandan pandemi an, nou
te rete lakay nou poukont nou.00:30:13
00:30:13
Nou kapab di tout bagay
nan lavi nou te chanje.00:30:16
00:30:17
Bon, anfèt, pale nan telefòn ansanm
avèk yon moun mwen pa ka wè00:30:22
00:30:23
se yon bagay ki strese m anpil.00:30:25
00:30:25
Mwen te itilize metòd dirèk la
pou m te ofri yon mesye etid Labib.00:30:29
00:30:29
M te etone lè m wè l te aksepte.00:30:32
00:30:32
M te mande l èske m ka voye
yon mesaj pou li nan demen00:30:35
00:30:35
avèk yon kesyon pou l
reflechi sou li,00:30:37
00:30:37
li te di m wi.00:30:39
00:30:39
Okòmansman,
m panse li pa t enterese00:30:41
00:30:41
paske li pa t reponn mwen tousuit.00:30:43
00:30:43
Men, li te fè m repons
nan menm jou a nan aswè.00:30:46
00:30:47
Lè sa a, mwen te vin aprann
li se yon moun ki vrèman okipe.00:30:51
00:30:52
Kèlkeswa lè a,
li te toujou okipe.00:30:56
00:30:56
Bon, yon fwa m te fin konprann sa,
mwen te oblije adapte m.00:31:01
00:31:02
Epi yon jou mwen te mande l00:31:04
00:31:05
èske madanm li pa ta ka vin
asiste etid la ansanm avèk nou.00:31:08
00:31:09
Li te di m wi.00:31:10
00:31:10
Sa te pran plizyè mwa
anvan sa te fèt.00:31:13
00:31:14
Wi, nou te dwe toujou
pare pou nenpòt lè l rele a.00:31:17
00:31:17
Toujou pare…00:31:19
00:31:19
paske l te ka rele a nenpòt ki lè.00:31:21
00:31:21
Se kapab a nevè, dizè
oubyen 11 è nan aswè.00:31:24
00:31:25
Annapre, li ka voye yon
mesaj pou mwen pou l di m00:31:28
00:31:28
“m ap pare nan senk minit”.00:31:29
00:31:29
Epi, nou konekte sou videyo
konferans, li di nou bonjou byen vit,00:31:32
00:31:32
epi nou wè l k ap kouri
chanje rad travay li00:31:34
00:31:34
e l chita pou n kòmanse fè etid la.00:31:36
00:31:37
Se te yon gwo sakrifis.00:31:38
00:31:39
Wi, se te yon sakrifis.00:31:41
00:31:41
Men, annapre li te vin tounen
yon bagay nou te renmen,00:31:45
00:31:45
paske, nan fen chak etid nou te...00:31:48
00:31:48
...toujou kontan...00:31:49
00:31:49
...wi, vrèman kontan.00:31:51
00:31:51
E nan fen chak etid, nou
youn konn gade lòt epi nou di00:31:54
00:31:54
‘nou pa ka kwè sa rive vre’.00:31:55
00:31:56
Egzakteman!00:31:57
00:31:57
Men, èske yo te
enterese vrèman?00:31:59
00:31:59
Wi, se te vre,
yo te enterese,00:32:02
00:32:02
wi, yo te vle etid la.00:32:03
00:32:03
Nan yon ti tan yo te kòmanse
aplike sa yo t ap aprann yo,00:32:06
00:32:06
epi, nan anviwon ennan,
yo te batize.00:32:09
00:32:09
Sa fè nou tèlman kontan.00:32:11
00:32:12
M di Jewova mèsi pou sa paske
nou pa t travay pou granmesi.00:32:16
00:32:17
Wi, chak jou,00:32:19
00:32:20
m di Jewova mèsi.00:32:22
00:32:27
Fè etid ak moun ki enterese yo00:32:29
00:32:29
nan moman ak kote
ki pi bon pou yo a00:32:32
00:32:32
ka mande pou nou fè sakrifis.00:32:34
00:32:34
Men, lè w aprann adapte w00:32:35
00:32:35
w ap jwenn yon rekonpans san parèy00:32:37
00:32:37
lè moun sa a vin zanmi Jewova.00:32:40
00:32:41
Sa gen plis pase 20 an00:32:43
00:32:43
istwa lavi Rosalía Phillips
te parèt nan yon atik Reveye n.00:32:47
00:32:48
Ki jan desizyon l te pran
pou l sèvi Jewova00:32:50
00:32:50
te pote byenfè ni pou li00:32:52
00:32:52
ni pou moun ki toutotou l
depi lè sa a?00:32:54
00:32:58
Mwen fèt nan yon fanmi ki gen
anpil chantè ak atis ki popilè.00:33:03
00:33:03
M panse moun ki te pi popilè a
se petèt papa m,00:33:07
00:33:07
Germán Valdés.00:33:08
00:33:09
Tout moun te konnen l
sou non Tin Tán.00:33:11
00:33:12
M te toujou renmen mizik.00:33:14
00:33:14
Depi m piti, m te toujou vle fè
konnen sa m panse,00:33:17
00:33:17
donk, m te pran gita m00:33:19
00:33:19
epi m kòmanse konpoze
mizik nan stil pa m. 00:33:21
00:33:25
Mwen pa t janm vle fè yon karyè
pwofesyonèl nan mizik.00:33:28
00:33:31
Se pa t sa m te vle.00:33:32
00:33:33
Men, yon ti tan apre papa m
te mouri, lè m te gen 15 an,00:33:36
00:33:36
pou m te ka ede fanmi m
nan domèn ekonomik,00:33:39
00:33:39
m te bezwen chèche yon travay.00:33:40
00:33:42
M te rantre nan
yon gwoup mizik,00:33:43
00:33:43
ki te fè m vin popilè
antanke aktè00:33:46
00:33:46
e antanke chantè.00:33:47
00:33:50
Sepandan, m te kòmanse reyalize00:33:53
00:33:53
anviwònman an ak moun yo 00:33:55
00:33:55
pa t bon pou mwen.00:33:56
00:33:56
Yo te imoral e yo pa t sensè.00:33:58
00:33:58
E konsa, m te sispann
fè moun konfyans.00:34:01
00:34:02
Lè m te aprann laverite,00:34:03
00:34:03
m te rankontre yon seri
de bon moun ki sensè00:34:06
00:34:06
e ki te vrèman renmen m.00:34:07
00:34:08
E konsa, lavi m te
kòmanse chanje.00:34:11
00:34:11
M te vin yon lòt moun.00:34:12
00:34:12
M te vin gen kè kontan00:34:14
00:34:15
e m pa t konn kote
pou m mete kò m.00:34:17
00:34:24
Antanke paran, nou te
vrèman gen sousi00:34:27
00:34:27
pou lè n retounen
nan peyi Meksik 00:34:29
00:34:30
pou endistri mizik la
pa t rale timoun nou yo00:34:32
00:34:32
al fè karyè nan mizik.00:34:34
00:34:35
Se pou rezon sa, mari m,
ansanm avè m00:34:37
00:34:37
te fè tout sa n kapab
pou n asire n sa pa rive.00:34:40
00:34:41
Gianna, pitit fi m nan,
te gen 17 an00:34:44
00:34:44
lè m te mande l pou l al ansanm
avè m nan yon randevou00:34:46
00:34:47
m te genyen nan vil Meksik la00:34:48
00:34:48
ak youn nan pi gwo konpayi
televizyon k te gen nan vil la. 00:34:51
00:34:51
E te gen yon mesye, yon moun
ki konn ap chèche talan,00:34:54
00:34:54
ki te wè Gianna epi l mande l:00:34:56
00:34:56
“Èske w konn chante tou?”00:34:58
00:34:58
Gianna di l: “Wi.”00:34:59
00:34:59
Gianna te chante,00:35:00
00:35:00
e mesye a te renmen fason
Gianna te chante.00:35:03
00:35:03
Li te tèlman renmen vwa Gianna00:35:05
00:35:05
opwen li envite Gianna pou l vin
nan biwo l menm kote a.00:35:08
00:35:09
M te tande l k ap di Gianna:00:35:10
00:35:10
“Gade, ou ka fè yon karyè nan
stasyon televizyon sa a.00:35:14
00:35:14
N ap fè w vin tounen yon
gwo chantè ki popilè.00:35:17
00:35:17
M vle fè yon kontra avè w.00:35:18
00:35:18
Vini lendi, pou n siyen kontra a.”00:35:20
00:35:21
Lè Gianna te sot nan biwo a,
m te pè anpil.00:35:24
00:35:25
Epi, m te mande l:00:35:25
00:35:25
“Èske w te aksepte òf la?”00:35:27
00:35:28
E Gianna di:
“Non, man!00:35:29
00:35:30
M tèlman renmen sèvis mwen
pou Jewova a.00:35:32
00:35:32
Kòman m ta ka aksepte
yon bagay konsa?00:35:34
00:35:34
M renmen sèvis pyonye m nan.”00:35:36
00:35:37
E se pa ti sezi n te sezi
yon semèn annapre, 00:35:40
00:35:40
nou te resevwa yon apèl
kote yo te envite l vin patisipe 00:35:43
00:35:43
nan yon pwojè mizik
Betèl la t ap fè.00:35:45
00:35:45
E kounye a, se pa ti
kontan l kontan00:35:47
00:35:47
sèvi ak bèl ti vwa l la
pou Jewova,00:35:48
00:35:48
e l kontinye fè sa jis kounye a.00:35:50
00:35:52
Pandan ane yo,00:35:53
00:35:53
nou te gen posibilite kite
Jewova sèvi avèk nou 00:35:56
00:35:56
nan yon seri pwojè mizik
Betèl la t ap fè.00:35:59
00:36:02
Pafwa, m te wè
kòman Satan mete00:36:05
00:36:05
tout kalite obstak
sou wout mwen.00:36:07
00:36:07
M te jwenn yon òf pou
yon pwojè yo t ap fè00:36:09
00:36:09
pou yo onore papa m,00:36:10
00:36:10
pwojè sa t ap mande m
anpil anpil tan pou m fè l.00:36:13
00:36:13
Byennantandi, sa ta pral
gen efè tou00:36:15
00:36:15
sou sèvis mwen
antanke pyonye,00:36:17
00:36:17
donk, mwen te refize òf la.00:36:19
00:36:19
Jewova te rekonpanse m
pandan ane yo t ap pase.00:36:24
00:36:24
Chak fwa m te jwenn yon òf
e m te refize òf la,00:36:27
00:36:27
Jewova te ban m
yon bagay anretou.00:36:29
00:36:30
Pa egzanp, nou te gen opòtinite
pou n ede nan diferan travay00:36:34
00:36:34
ki t ap fèt pou lekòl teyokratik yo.00:36:36
00:36:39
Tout difikilte sa yo m te rankontre00:36:41
00:36:41
te aprann mwen pou m
fè Jewova konfyans.00:36:43
00:36:43
E jan apot Pòl di sa:00:36:45
00:36:45
“San lafwa li enposib pou
yon moun fè Bondye plezi, [...]00:36:48
00:36:48
e li tounen sila ki rekonpanse
moun k ap chèche l toutbonvre [yo].”00:36:52
00:36:53
Sa fè m kontan anpil lè m ap
preche ak manman m,00:36:56
00:36:56
ki gen plis pase 90 an kounye a.00:36:59
00:36:59
Nou byen pwofite
diferan aspè00:37:01
00:37:01
ki gen nan sèvis nou
pou Jewova.00:37:03
00:37:04
Pandan ane yo t ap pase,00:37:05
00:37:06
plizyè manm fanmi m
te mande yon etid Labib,00:37:09
00:37:09
e gen kèk nan yo ki vin
Temwen Jewova.00:37:11
00:37:13
M renmen wè lè manman m,
pitit fi m nan, mwen menm,00:37:18
00:37:18
n ap pase ti tan ansanm,
n ap jwe gita, n ap chante,00:37:21
00:37:21
epi n pase bon ti moman
youn ak lòt.00:37:24
00:37:28
M pa ka tann pou jou a rive00:37:30
00:37:30
pou m wè papa m ankò
nan monn nouvo a.00:37:33
00:37:33
Se pa ti akèy piti non
m ap ba li! 00:37:35
00:37:35
M ap prezante l pitit mwen yo,00:37:37
00:37:37
e m ap mennen l
bay manman m.00:37:39
00:37:39
M ta swete se bò lanmè.00:37:41
00:37:41
Epi, sa m ta sitou vle fè00:37:43
00:37:43
se pou nou chante ansanm,
jan n te konn fè sa anvan.00:37:47
00:37:47
Mwen pran detèminasyon00:37:49
00:37:49
pou m ret fidèl ak Jewova
pou toutan.00:37:52
00:38:00
Ala yon bèl istwa!00:38:01
00:38:02
Sè Phillips te konte sou Jewova00:38:04
00:38:05
e ni li menm ni fanmi l te jwenn
anpil benediksyon poutèt sa.00:38:09
00:38:11
Jewova vle nou konte sou li00:38:13
00:38:13
sitou lè n ap fè fas ak
moman ki pi difisil yo.00:38:16
00:38:17
Nan adorasyon nan maten
nou pral suiv la,00:38:19
00:38:19
frè Stephen Lett ap esplike00:38:21
00:38:21
fason nou ka konte sou Jewova
pandan pèsekisyon.00:38:24
00:38:25
Tèm diskisyon nou pou jodi a se00:38:28
00:38:28
lespri sen ban nou
fòs nou bezwen00:38:32
00:38:32
pou nou sipòte pèsekisyon.00:38:34
00:38:35
E, kòmantè Toudegad la fè jodi a00:38:38
00:38:38
pale sou divès fòm pèsekisyon yo
te konn itilize kont pèp Bondye a.00:38:42
00:38:42
Men, tèks pou jounen an
ki se Zakari 4:600:38:46
00:38:46
ban nou asirans kèlkeswa fòm
pèsekisyon nou ta jwenn00:38:50
00:38:50
si nou gen lespri sen
n ap kapab andire.00:38:54
00:38:54
Men, nan ki objektif
Satan ap pèsekite nou.00:38:59
00:38:59
Ebyen, se pou l ka fè pèp
Jewova a dekouraje, abandone,00:39:03
00:39:03
bay vag oswa pou yo
pa fidèl ak Jewova.00:39:06
00:39:06
Bon, fè yon ti reflechi
ak yon lyon toutbon.00:39:09
00:39:09
Satan se yon lyon nan sans senbolik,00:39:12
00:39:12
l ap chèche devore yon bagay.00:39:14
00:39:14
Bon, lè yon lyon devore yon bagay
ki sa k rive ak sa l devore a?00:39:19
00:39:19
Li antre nan kò lyon an,
li vin fè yon sèl ak kò l.00:39:23
00:39:23
Se egzakteman sa Satan vle fè nou.00:39:25
00:39:25
Li vle pou moun ki pa fè pati monn nan00:39:29
00:39:29
vin fè pati monn pa l la, sistèm pa l la.00:39:32
00:39:32
An reyalite, pou nou vin fè yon sèl avè l.00:39:35
00:39:35
Men, nou detèmine pou nou pa
kite sa rive grasa èd lespri sen.00:39:41
00:39:41
Ki kèk kalite pèsekisyon yo
konn itilize kont pèp Bondye a00:39:45
00:39:45
e yo kontinye itilize jis jodi a?00:39:48
00:39:48
Ann fè yon ti pale sou
senk ladan yo.00:39:51
00:39:51
E, anvan Amagedon rive,00:39:53
00:39:53
nou pa janm konnen
kiyès ladan yo00:39:56
00:39:56
nou menm oswa moun
nou renmen ka rankontre.00:39:59
00:39:59
Donk, n ap pran detèminasyon,
si nou ta jwenn youn00:40:02
00:40:02
nan kèlkeswa fòm pèsekisyon
sa yo n ap ret fidèl ak Jewova,00:40:06
00:40:06
e n ap ede lòt moun fè menm jan.00:40:08
00:40:08
Premye fòm nan se entèdiksyon.00:40:11
00:40:11
Nan istwa travay predikasyon
Temwen Jewova yo,00:40:14
00:40:14
nou jwenn entèdiksyon
nan plis pase 100 peyi.00:40:16
00:40:16
Nou jwenn entèdiksyon sa yo
sòti Albani rive Zimbabwe,00:40:22
00:40:22
nou ta ka di sòti nan lèt A rive
nan lèt Z nan alfabè kreyòl la.00:40:27
00:40:27
Nan tan biblik yo, gouvènman yo
te konn met entèdiksyon tou.00:40:31
00:40:31
Yo te entèdi travay konstriksyon tanp lan
nan ane 522 anvan epòk nou an.00:40:36
00:40:36
Nan premye syèk la,00:40:37
00:40:38
yo te entèdi travay predikasyon
disip Jezi yo nan plizyè kote.00:40:42
00:40:42
E poutèt yo pa t obeyi
entèdiksyon sa a,00:40:45
00:40:45
yo te trennen yo devan wa
ak gouvènè.00:40:49
00:40:49
Men, ki jan lespri sen te ede yo,00:40:52
00:40:52
lè yo te trennen yo devan
wa sa yo ak gouvènè yo?00:40:55
00:40:55
E ki jan l ap ede nou
si sa rive nou?00:40:58
00:40:58
Ann ouvri Bib nou nan Matye 10,00:41:00
00:41:00
pou n ka konnen ki
jan lespri sen ap ede nou.00:41:05
00:41:05
N ap kòmanse nan vèsè 19
nan chapit 10 la,00:41:09
00:41:09
Jezi di: “Men, lè yo
mennen nou devan tribinal,00:41:14
00:41:14
pa enkyete nou pou fason
n ap gen pou nou pale,00:41:17
00:41:17
oswa sou sa n ap gen pou nou di.”00:41:20
00:41:20
Pa enkyete n pou fason n pral pale
ak sa n pral gen pou n di, poukisa?00:41:24
00:41:24
“Paske n ap konnen sa n ap
gen pou nou di a lè lè a rive.00:41:29
00:41:29
Paske se pa nou
menm sèlman k ap pale00:41:32
00:41:33
men, se lespri papa nou
k ap pale nan nou.”00:41:37
00:41:37
Se pa nou menm sèl ki pral
pale, li klè nou dwe fè pati pa nou,00:41:41
00:41:41
men, lespri sen ap ban nou fòs00:41:44
00:41:44
ak sa n ap gen pou n di
jan vèsè a montre sa a.00:41:48
00:41:48
Dezyèm fòm pèsekisyon an
se prizon.00:41:52
00:41:52
Byen souvan, yo te konn met
kretyen premye syèk yo nan prizon,00:41:56
00:41:56
jan Jezi te deja fè konn sa.00:41:58
00:41:58
Nan Lik 21:12 li te di: 00:42:01
00:42:01
“Moun ap met men sou nou
e y ap livre nou nan prizon.”00:42:07
00:42:07
E sa rive vrèmanvre!00:42:09
00:42:09
Pandan plizyè dizèn ane,00:42:12
00:42:12
byen souvan yo mete
pèp Jewova a nan prizon.00:42:15
00:42:15
Nou konnen Larisi ak alye l
yo itilize fò m pèsekisyon sa anpil.00:42:21
00:42:21
Men, gen plizyè lòt otorite
ki fè menm bagay la tou.00:42:25
00:42:25
Men, m renmen ide pou nou priye
pou frè nou yo ki nan prizon.00:42:29
00:42:29
Yo toujou ankouraje n pou n priye pou
frè nou yo ki nan prizon nan peyi Eritre,00:42:33
00:42:33
Tikmenistan, Larisi ak lòt ankò.00:42:36
00:42:36
E, mwen renmen panse
nou jwenn nan Ebre 13:3 a,00:42:40
00:42:40
li di:“Sonje moun ki nan prizon yo00:42:43
00:42:43
tankou nou te nan prizon
ansanm avèk yo.”00:42:47
00:42:47
Bon, se vre nou ka
pa nan prizon kounye a,00:42:50
00:42:50
men sa ka rive alavni.00:42:52
00:42:52
E, se pa ti kontan n ap kontan si nou
konnen frè nou yo ap priye pou nou00:42:57
00:42:57
tankou yo te nan prizon
ansanm avèk nou.00:43:00
00:43:00
Twazyèm fò m pèsekisyon an se00:43:03
00:43:03
lè yo mete timoun nou yo
deyò nan lekòl yo.00:43:06
00:43:06
Satan konnen byen
lè li atake timoun yo00:43:10
00:43:10
se tankou se gla je
paran yo li manyen00:43:13
00:43:13
e, li espere doulè sa a
ap fè yo pa fidèl ak Jewova.00:43:17
00:43:17
Sa te yon gwo pwoblèm nan
peyi Etazini nan ane 1940 yo.00:43:22
00:43:22
Sepandan,00:43:23
00:43:23
yo te kontinye mete timoun yo
deyò nan lekòl yo nan anpil peyi00:43:28
00:43:28
pandan plizyè dizèn ane.00:43:30
00:43:30
Sa fè n panse ak jèn gason
yo te mete deyò nan sinagòg la,00:43:34
00:43:34
paske l te demontre
lafwa nan Jezi.00:43:37
00:43:37
Katriyèm fòm pèsekisyon an
nou ka jwenn li00:43:41
00:43:41
lè n gade Revelasyon 13:16, 17.00:43:47
00:43:47
li pale sou bèt sovaj la ki
reprezante sistèm politik Satan an00:43:52
00:43:52
k ap mete gwo presyon
sou moun yo, egzije yo00:43:56
00:43:56
pou yo gen mak la sou men yo
oswa sou fon yo e si yo pa vle00:44:01
00:44:01
yo pap ka ni achte ni vann.00:44:03
00:44:03
Donk, ki fòm pèsekisyon sa a ye?00:44:05
00:44:05
Li met presyon ekonomik
sou frè ak sè nou yo00:44:10
00:44:10
pou fè yo mele
nan zafè politik.00:44:13
00:44:13
Donk, jan m sòt di sa a,00:44:15
00:44:15
sa se youn nan gwo metòd
Satan itilize souvan.00:44:19
00:44:19
Gen frè ki te pèdi travay yo00:44:21
00:44:21
paske yo pa t vle
mele nan zafè politik,00:44:23
00:44:23
gen moun ki te refize
achte nan biznis frè yo.00:44:26
00:44:26
Yon egzanp ki pi mal se fason yo
te trete frè nou yo nan peyi Malawi.00:44:30
00:44:30
Presyon ekonomik la te youn men,
yo te jwenn tout lòt kalite presyon tou00:44:34
00:44:34
paske yo pa t vle achte yon kat
pati politik pou 25 santim.00:44:38
00:44:38
Yo te konnen kat la pa
t ap koute yo anpil kòb,00:44:42
00:44:42
men, yo te konnen yo t ap
peye sa chè nan domèn espirityèl.00:44:46
00:44:46
Donk, yo te refize fè sa.00:44:48
00:44:48
Senkyèm fòm pèsekisyon
nou pral pale sou li a00:44:52
00:44:52
e, se dènye a, parèt
nan Matye 5:11, Jezi te di:00:44:57
00:44:57
“Nou byennere lè moun joure
nou lè yo pèsekite nou00:45:03
00:45:03
e lè yo di tout kalite move bagay ki
pa vre sou nou poutèt mwen.”00:45:11
00:45:11
Donk, ki sa l ye? Manti!00:45:14
00:45:14
Se tout tan y ap fè manti
sou nou nan nouvèl, pa vre?00:45:18
00:45:18
Jan n konn sa, yo te fè manti sou
Jezi, yo te di l te gen demon,00:45:22
00:45:22
li te yon blasfematè, yon aloufa,
yon bwasonyè.00:45:26
00:45:26
Yo te fè manti tou sou
kretyen yo nan premye syèk la.00:45:30
00:45:30
Chèf relijye juif yo te di Pòl jan sa
parèt nan Travay 28:22 a:00:45:37
00:45:37
“Vrèmanvre, pou sa ki konsène sèk sa a00:45:41
00:45:41
nou konnen se tout kote
y ap pale l mal.”00:45:48
00:45:48
Yo te vrèman fè manti sou yo.00:45:51
00:45:51
Men nou ka konbat
manti sa yo grasa èd lespri sen.00:45:56
00:45:56
Donk, nou sot wè senk
kalite fòm pèsekisyon.00:46:01
00:46:01
Nou te pale sou entèdiksyon, prizon,
timoun yo mete deyò lekòl yo,00:46:07
00:46:07
presyon ekonomik pou
fè n mele nan politik ak manti.00:46:13
00:46:13
Gen plizyè lòt nou te ka
pale sou yo00:46:16
00:46:16
men, sou kèlkeswa fòm
pèsekisyon an ta vini an,00:46:19
00:46:19
ak èd lespri sen nou
kapab rete fidèl ak Jewova.00:46:24
00:46:24
Men, kounye a,
men yon kesyon enpòtan.00:46:26
00:46:27
Ki jan nou resevwa lespri sen
epi kontinye kenbe l?00:46:31
00:46:31
Nou pral pale sou twa fason
byen rapid, nan Lik 11:13,00:46:37
00:46:37
Jezi di papa nou ki nan syèl la
ap bay moun lespri sen00:46:42
00:46:42
si yo mande l li
donk, priye pou sa.00:46:45
00:46:45
Dezyèm bagay la sèke nou fè efò
pou n travay ak lespri sen.00:46:49
00:46:49
Nou asiste reyinyon, nou al preche,00:46:51
00:46:51
nou li Labib, nou travay ak lespri sen.00:46:54
00:46:54
E twazyèm nan, nan Efezyen 4:30
li di: “Pa fè lespri Bondye lapenn.”00:47:01
00:47:01
Donk, nou fè tout sa nou kapab00:47:03
00:47:03
pou nou pa fè lespri sen
Bondye lapenn nan lavi nou.00:47:06
00:47:06
Donk, nou priye pou sa,
nou travay ann amoni avè l00:47:09
00:47:09
e, nou fè tout sa n kapab
pou n pa fè lespri Bondye lapenn.00:47:13
00:47:13
Epi fòs ki pi pisan nan linivè a,
pi gwo fòs la, ap ede nou kat fason.00:47:22
00:47:22
Ki kat fason sa yo?00:47:23
00:47:23
Jezi te pale sou twa ladan yo
nan Jan 14:26.00:47:27
00:47:27
Lespri sen ap vin tounen
yon èd pou nou,00:47:30
00:47:30
l ap anseye nou, se dezyèm fason an
e l ap fè nou sonje bagay00:47:35
00:47:35
Jezi te anseye yo.00:47:38
00:47:38
Donk, nou ka di lespri sen
se yon èd memwa,00:47:42
00:47:42
e byen sonje ekspresyon èd memwa a.00:47:44
00:47:44
Priye Jewova pou l
fè lespri sen tounen00:47:47
00:47:47
yon èd memwa pou ou
lè w anba pèsekisyon00:47:50
00:47:50
pou l fè w sonje tout sa w ap
bezwen nan moman an.00:47:54
00:47:54
Bon, yon lòt fason lespri sen
ap ban nou fòs00:47:57
00:47:57
se nan sa Jezi te di nan
Jan 16:13 la, lè l te di00:48:01
00:48:01
lespri sen ap gide nou e l ap ede
nou konprann laverite nèt.00:48:05
00:48:05
Donk, ann sonje
kat fason li ka ede n:00:48:08
00:48:08
lespri sen se yon èd, yon anseyan,
yon èd memwa, epi yon gid.00:48:12
00:48:12
Si w ta gen pou travèse yon zòn
ki gen gwo dlo k ap desann00:48:15
00:48:15
se pa ti kontan w t ap kontan pou w
gen yon gid ki konn zòn nan00:48:19
00:48:19
ki pou ede w travèse san danje.00:48:22
00:48:22
E, ki rezilta n ap jwenn finalman?00:48:25
00:48:25
Ebyen, kèlkeswa pèsekisyon nou jwenn,00:48:29
00:48:29
nou pap kite Dyab la devore nou,
ni vin fè yon sèl ak monn nan,00:48:34
00:48:34
n ap kontinye rete lwen monn nan.00:48:37
00:48:37
Lè sa n ap ka repete
pawòl Jewova yo00:48:39
00:48:39
nou jwenn nan tèks pou jounen an00:48:41
00:48:41
ki di se pa ni yon lame,
ni okenn pouvwa00:48:45
00:48:45
men, se lespri sen Jewova k ap
ede nou andire pèsekisyon.00:48:51
00:48:53
Se yon bagay ki toujou enpresyone m00:48:56
00:48:56
lè m wè fason nou ka jwenn
fòs ki pi pisan nan linivè a00:48:59
00:48:59
pou ede n chak jou ki pase.00:49:01
00:49:03
Nan videyo mizik pou mwa sa a,00:49:05
00:49:05
gade ki jan lespri sen bay
yon jèn frè fòs li bezwen00:49:09
00:49:09
pou l kenbe esperans li byen klè
pandan yon moman difisil.00:49:13
00:49:34
Jewova, Bondye’m nan,00:49:42
00:49:42
Ou menm ki bon, ki jis.00:49:48
00:49:48
Lè’w wè soufrans moun k’inosan,00:49:56
00:49:56
Sa fè ou mal, ou tris!00:50:04
00:50:04
Pafwa’m santi mwen ankòlè
Pou sa’m viv isiba.00:50:12
00:50:12
Men, se pa dwa’m pou mwen vanje,
Se ou k’ap fè sa.00:50:21
00:50:22
M’ap ret tann ou, Jewova,00:50:30
00:50:30
Menm lè sa rèd pou mwen.00:50:37
00:50:38
W’ap fè mwen jwenn jistis,00:50:46
00:50:46
E w’ap byen defann mwen.00:50:53
00:51:05
Mwen ka sibi anpil bagay,00:51:09
00:51:09
Tankou fawouch, prizon00:51:13
00:51:13
Nan men fanmi ak gouvènman,00:51:17
00:51:17
Oubyen lòt fòm presyon.00:51:21
00:51:21
Men, mwen deja prepare kè’m
Pou nenpòt sa’k rive.00:51:29
00:51:29
Mwen byen konnen w’ap ban mwen fòs,
Sa fè kè mwen poze.00:51:37
00:51:37
M’ap ret tann ou, Jewova,00:51:44
00:51:45
Menm lè sa rèd pou mwen.00:51:52
00:51:52
W’ap fè mwen jwenn jistis,00:52:00
00:52:00
E w’ap byen defann mwen.00:52:07
00:52:08
Jistis!
Mwen swaf jwenn jistis.00:52:15
00:52:16
Men, se ou sèl k’ap bay li.00:52:23
00:52:24
Jistis!
Fè nou jwenn jistis.00:52:31
00:52:32
Konsa soufrans, doulè,
Tout ap kapab fini.00:52:42
00:52:42
M’ap ret tann ou, Jewova,00:52:49
00:52:50
Menm lè sa rèd pou mwen.00:52:57
00:52:57
W’ap fè mwen jwenn jistis,00:53:05
00:53:05
E w’ap byen defann mwen.00:53:18
00:53:21
Menm prizon pa t ka fè jèn
frè nou an pèdi esperans li.00:53:25
00:53:25
Avèk je lafwa, li te chwazi kite
chanm k ap fè l gen rankin00:53:29
00:53:29
pou l al nan yon seri lòt
chanm k ap fòtifye l yo00:53:33
00:53:33
tankou travay predikasyon an,00:53:35
00:53:35
Sal Wayòm, lakay frè ak sè nou yo.00:53:38
00:53:38
Èske w te aprann yon bagay
nan emisyon sa a00:53:40
00:53:40
ki ka fè w vin pi djanm nan jou
oswa nan semèn k ap vini la yo?00:53:44
00:53:45
Nou te wè jan sa vrèman enpòtan00:53:47
00:53:47
pou n byen sèvi ak ti fòs
nou genyen an avèk sajès00:53:50
00:53:50
e youn nan pi bon
fason nou ka fè sa00:53:53
00:53:53
se lè nou ede lòt moun.00:53:55
00:53:55
Nou te wè ki jan kèk frè ak sè00:53:57
00:53:57
jwenn kè kontan nan
travay predikasyon an00:53:59
00:53:59
lè yo adapte orè yo pou yo etidye
ak moun ki enterese yo.00:54:03
00:54:04
E nou te wè plizyè
leson nou ka aprann00:54:06
00:54:06
lè n fouye pi plis toujou
nan liv Jonas la.00:54:09
00:54:10
Salitasyon nou pou mwa sa a
soti nan peyi Montenegwo.00:54:14
00:54:14
Nan lang italyen yo pale
nan zòn Veniz la,00:54:16
00:54:16
mo Montenegwo a vle di
mòn ki tou nwa.00:54:19
00:54:19
E ta sanble yo te bay non sa a00:54:21
00:54:21
poutèt gwo forè pwès ki te
kouvri mòn Montenegwo.00:54:25
00:54:25
Menm lè li gen non sa a, Montenegwo
se yon peyi ki chaje ak koulè00:54:29
00:54:29
e ki tankou yon ti bijou ki nan
zòn lanmè Adriyatik la.00:54:33
00:54:33
Rivyè Tara a se youn nan rivyè
ki gen falèz ki pi fon00:54:37
00:54:37
nan kontinan Ewòp la.00:54:38
00:54:39
Lak Skodè a se youn nan pi gwo lak
ki nan zòn Balkan an00:54:42
00:54:42
e ki gen yon bann zwazo
ki nan zòn nan,00:54:45
00:54:45
prèske 280 espès.00:54:48
00:54:48
Anpil moun vizite ansyen vil Kotò
pou yo wè bèl peyizaj ki ladan l00:54:53
00:54:53
e pou yo mache nan bèl ti wout li yo00:54:55
00:54:55
oswa pou yo mache nan
wout ki fè S ki genyen yo.00:54:58
00:54:58
Istwa Montenegwo nan epòk nou an00:55:00
00:55:01
makònen ak anpil gè ak soufrans.00:55:03
00:55:03
Wayòm moun peyi Sèbi,
Kwowasi ak Sloveni00:55:07
00:55:07
te anvayi Montenegwo an 1918.00:55:10
00:55:10
Nan ane 1929, yo te vin rele l
wayòm Yougoslavi a00:55:14
00:55:14
ki te gen ladan l peyi nou konnen
sou non Bosni-Ezegovin,00:55:18
00:55:18
Kwowasi, Kosovo,00:55:20
00:55:20
Masedwàn dinò,00:55:21
00:55:21
Montenegwo, Sèbi ak Sloveni.00:55:24
00:55:24
Apre Dezyèm Gè mondyal la,00:55:25
00:55:25
yo te refòme l ankò sou non
Yougoslavi Sosyalis,00:55:29
00:55:29
e annapre, li te vin sispann
egziste nan fen 20yèm syèk la.00:55:32
00:55:33
Nan ane 2006 la, Montenegwo
te pran endepandans li00:55:36
00:55:36
nan men Sèbi.00:55:37
00:55:37
Tout mizè moun Montenegwo
yo te pase a00:55:40
00:55:40
te fè yo vin gen yon kilti00:55:42
00:55:42
kote moun yo bay yon
seri kalite anpil valè00:55:44
00:55:44
tankou entegrite, imilite,00:55:47
00:55:47
yo renmen fè sakrifis
e yo respekte lòt moun.00:55:50
00:55:52
An 1922, Franz Brand, yon
jennòm ki sòti nan peyi Sèbi00:55:56
00:55:56
te tande bon nouvèl la pou
premye fwa ann Otrich00:55:59
00:55:59
pandan yon diskou yo t ap bay
kèk opozan te vin kanpe.00:56:02
00:56:02
Piske li te renmen sa l te aprann yo,00:56:04
00:56:04
Franz te deside li dwe preche
laverite ki nan Bib la.00:56:08
00:56:08
Li te retounen nan peyi l,00:56:09
00:56:09
e l te kòmanse etidye Labib
ak yon ti gwoup nan zòn nan.00:56:12
00:56:12
E annapre, li demenaje al nan
vil Maribò ki nan Sloveni.00:56:16
00:56:16
E se la l te jwenn travay antanke kwafè,00:56:19
00:56:19
e li preche kliyan l yo ki te
rete byen trankil ap koute l00:56:22
00:56:22
pandan l t ap fè cheve yo.00:56:23
00:56:24
Yon lòt bò nan peyi a,
Alfred Tuček,00:56:27
00:56:27
ki te mayestwo nan
òkès gad wayal yo00:56:29
00:56:30
te gen yon kòlèg li ki te ba l yon
piblikasyon ki baze sou Bib la.00:56:33
00:56:33
Li te kite djòb byen peye l te genyen00:56:36
00:56:36
kòm mayestwo òkès militè a00:56:38
00:56:38
e l te vin tounen youn
nan premye pyonye00:56:41
00:56:41
nan ansyen Yougoslavi a.00:56:42
00:56:42
Nan kòmansman ane 1930 yo,
li te vwayaje ansanm ak kèk lòt frè00:56:46
00:56:46
pou y al montre moun yo
fotodram kreyasyon an.00:56:49
00:56:50
Li menm ak Frida, madanm li,00:56:51
00:56:51
te preche nan yon seri zòn
nou konnen jodi a00:56:54
00:56:54
ki nan peyi Kwowasi,00:56:56
00:56:56
Masedwàn,00:56:56
00:56:56
Montenegwo, Sèbi,00:56:58
00:56:58
sou bisiklèt e sou motosiklèt.00:57:01
00:57:01
Jodi a, gen 432 pwoklamatè
nan peyi Montenegwo.00:57:05
00:57:05
Se yon akwasman 4 pousan,
konpare ak ane 2024 la,00:57:10
00:57:10
e yo kontinye chofe nan travay la.00:57:12
00:57:12
Prèske yon tyè nan pwoklamatè
yo se pyonye yo ye.00:57:15
00:57:15
Menm jan peyizaj la diferan
sot nan nò pou rive nan sid,00:57:18
00:57:18
se konsa travay predikasyon an ye tou.00:57:21
00:57:21
Nan Podgorica, ki se kapital
Montenegwo,00:57:24
00:57:24
kongregasyon Podgorica nò
gen yon gwo tèritwa.00:57:28
00:57:28
Gen kèk nan pwoklamatè yo00:57:30
00:57:30
k ap viv nan yon distans
100 km konsa00:57:32
00:57:32
parapò ak Sal Wayòm nan.00:57:34
00:57:34
E yo gen pou yo vwayaje
prèske dezèdtan00:57:36
00:57:36
pou yo vin nan reyinyon.00:57:38
00:57:38
Youn oswa de fwa pa mwa,00:57:40
00:57:40
pwoklamatè nan Podgorica fè vwayaj00:57:42
00:57:42
pou yo ale nan yon vilaj ki pi lwen yo00:57:45
00:57:45
pou yo preche ansanm
ak frè ak sè ki nan zòn nan00:57:47
00:57:47
e pou yo rive jwenn
mezi moun yo kapab.00:57:50
00:57:50
Yo konn kòmanse jounen an
ak yon reyinyon predikasyon00:57:52
00:57:52
yo fè sou yon plas piblik.00:57:54
00:57:54
Apre yo fin pase yon jounen
nan travay predikasyon an,00:57:56
00:57:56
yo asiste reyinyon pa mwayen
videyo konferans,00:57:59
00:57:59
epi yo pase nuit lan
lakay frè ak sè yo00:58:02
00:58:02
epi yo retounen nan demen.00:58:03
00:58:04
Pati sid peyi a gen anpil bèl plaj.00:58:07
00:58:07
E gen kèk moman nan ane a,00:58:09
00:58:09
touris yo konn 2 fwa pi plis
pase moun k ap viv nan zòn nan.00:58:13
00:58:13
Donk, kongregasyon yo konsantre 00:58:15
00:58:15
sou predikasyon piblik la kote
ki gen touris yo pandan mwa sa yo00:58:19
00:58:19
epi yo konsantre yo sou
travay predikasyon kay an kay00:58:23
00:58:23
ak predikasyon nan biznis yo
lè pa gen anpil aktivite.00:58:26
00:58:26
Zèl yo genyen an bay bon rezilta.00:58:29
00:58:29
An 2024, te gen 769 moun00:58:31
00:58:31
ki te asiste Memoryal lanmò Kris la.00:58:34
00:58:34
37 pwoklamatè ki nan
kongregasyon Herceg Novi00:58:38
00:58:38
voye lanmou yo
ak salitasyon yo00:58:41
00:58:41
pou tout frè ak sè
ki nan monn nan.00:58:44
00:58:45
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo, se te Tele JW.00:58:51
Tele JW — Mas 2026
-
Tele JW — Mas 2026
Nou kontan akeyi n
nan emisyon Tele JW.
Jan n konn sa, pafwa, nou ka
fè fas ak sitiyasyon
nou pa konn kòman
pou n jere yo.
Ki jan nou ka kontwole
santiman nou
lè bagay yo sanble
twòp pou nou?
Nou pral aprann plis
bagay tou sou liv Jonas la
e nou pral aprann yon
leson sou lanmou fidèl.
Richès ak popilarite konn
bay moun gwo tantasyon,
nou pral tande istwa yon sè
ki te chwazi sèvi Jewova
olye l te chwazi vin popilè.
E videyo mizik pou mwa sa a
pral montre nou
jan frè nou yo kenbe
lafwa yo byen djanm
menm lè yo nan prizon.
Sa a se emisyon Tele JW.
"Pa kite anyen
boulvèse kè nou."
Jezi te di apot li yo
pawòl sa yo
tousuit apre l te fin di yo
li pa t ap rete twò
lontan avèk yo.
Ta sanble sou vizaj yo,
Jezi te ka wè jan yo choke,
jan yo nan lapenn.
E pou l te ede yo, li te di yo pawòl
nou jwenn nan Jan 14:1 an:
"Pa kite anyen boulvèse kè nou.
Demontre nou gen
lafwa nan Bondye,
e demontre nou gen
lafwa nan mwen tou."
Souvan, Bib la dekri
moun ki mechan yo
tankou se yon lanmè ki ajite.
E dèfwa, nou santi
nou konsa vre, pa vre?
Nou apèn fin jere yon
vag move nouvèl
e gentan gen yon lòt
vag k ap vin ankò.
Yon pakèt evènman nan monn
nan ak pwoblèm pèsonèl nou yo
k ap sakaje nou e nou pèdi
anpil fòs nan yo
e nan fen jounen an, nou konn
tande anpil nan nou di souvan:
"M pa gen fòs pou m
fè anyen ankò!"
Ki jan pawòl Jezi te di
apot li yo ka ede nou jodi a
pou n konsève ti fòs
nou genyen an
e pou n itilize l avèk sajès?
Ann gade de nan fraz
Jezi te di yo
e n ap wè ki jan
yo ka ede nou jodi a.
Pou kòmanse,
ann analize pawòl
"pa kite anyen boulvèse
kè nou" an.
Bon, lè Jezi te di pawòl
"pa kite anyen" an,
se di l t ap di apot li yo,
yo plizoumwen gen
kontwòl bagay yo.
Donk, yo te ka swa kite
kè yo boulvèse
oswa fè efò pou yo pa kite
kè yo boulvèse.
Donk, nou wè emosyon nou yo
souvan yo mache
ak sa n ap panse.
Souvan, emosyon yo
mache avèk yon moun,
ak yon bagay oswa ak yon evènman
ki fè w sonje yon bagay.
Donk, pawòl Jezi yo
"pa kite anyen" an
vle di nou bezwen fè efò
pou n kontwole panse nou.
Pou n di l byen senp,
si nou panse ak yon bagay tris,
ebyen, n ap santi nou tris.
Si nou panse ak yon bagay
ki gen danje ladan l,
ebyen, n ap santi n pè.
Nou ka konpare panse nou avèk
yon gwo kay ki gen anpil chanm.
E chak chanm tankou yon
evènman nan lavi nou.
E lè nou pase yon ti tan
nan chanm sa a,
nou ka santi tout emosyon
ki mache ak sa k ap pase
nan chanm sa a.
Bon, nan ka apot Jezi yo,
yo t al nan chanm k ap fè yo
sonje Jezi pral kite yo a
e konsa sa te fè yo nan
lapenn ak anpil enkyetid.
Men, pawòl Jezi te di yo
te ba yo asirans
yo te gen kontwòl sou emosyon yo.
Yo te ka swa chwazi depanse
tout ti enèji yo genyen an
nan tristès yo genyen an
oswa yo t ap konsantre yo
sou santiman
k ap fè yo gen lafwa nan
Jewova ak nan Jezi.
Se yon bon rapèl sa ye pou nou.
Souvan, nou ka jwe
sou santiman nou yo
lè n chwazi ak ki sa n ap panse.
Bon, pafwa menm jan ak apot yo,
nou konn al foure kò nou
nan yon chanm fè nwa
ki chaje ak enkyetid ak lapenn.
Men, sonje sa, se vizite
n al vizite chanm fè nwa sa a.
Se pa la nou vle viv.
Yon lòt bagay nou ka fè pou n
pa kite anyen boulvèse kè nou
se lè n sèvi ak ti fòs nou
genyen an avèk sajès.
Ezayi 55:2 di:
"Poukisa nou kontinye peye lajan
nou pou bagay ki pa manje vre?
E poukisa n ap depanse
lajan nou
pou bagay ki pap fè
anyen pou nou?
Menm jan nou pap depanse
kòb nou pou sa ki pa manje vre,
nou pa vle gaspiye tout
ti fòs nou nan bagay
ki pap ban nou okenn
satisfaksyon tou.
Panse ak sa pa egzanp,
si w ta gen 10 dola pou w
depanse pou manje jounen an
e ou depanse uit dola
nan dejene,
ou pa t ap ret anpil kòb
pou dine ak soupe non, pa vre?
Menm jan an tou, nou sèlman
gen yon ti kantite fòs
pou n depanse pou chak jounen
e n bezwen fè atansyon
ak fason n ap depanse l.
Ki kote ou depanse ti fòs
ou genyen an?
Mande tèt ou:
"Èske m ap depanse tout enèji m
nan bagay m pa
vrèman bezwen?
Bon, imajine yon moun ki kwaze
machin li voup devan w.
Oswa yon moun ki maltrete w.
Oubyen yon moun ki desevwa w.
Bon, ou ka vin fache anpil
pou bagay sa yo k rive a
epi ou depanse yon pakèt
enèji nan bagay sa yo.
Men, reflechi ak sa.
Èske sa se yon bon fason pou w
sèvi ak kapasite pou rezone a?
Èske m ap depanse yon pakèt
nan ti enèji m gen pou jounen an
nan bagay ki pap ban m
okenn satisfaksyon?
Èske w t ap lonje bous ou
ki chaje lajan
bay yon moun epi ou di l:
"Degaje w, pran tout sa w vle!"
Bon, si se yon moun ou renmen
e w konnen, ou kapab fè sa.
Sinon, ou pa t ap bay
yon moun bous ou
epi w di l pran tout sa l vle.
Menm jan an tou,
nou bezwen konsève ti fòs nou
genyen pou moun nou renmen.
Byen sèvi avè l pou bagay
ki pi enpòtan yo,
pou fanmi nou,
pou frè ak sè nou yo
e sitou pou adorasyon ak lanmou
nou gen pou Jewova a.
Rezo sosyal, politik,
pwoblèm ki nan monn nan,
fim, kèlkeswa sa nou imajine a,
y ap byen kontan manje tout ti fòs
nou genyen an pou afè pa yo.
Donk, nou pap jis lonje bous
ti enèji nou genyen an
ba yo epi n di: "A! Men li,
pran tout sa nou vle!"
Paske si n fè sa,
nan fen jounen an,
nou pap gen anyen k rete ankò
pou moun nou renmen yo.
Lè nou depanse tout ti fòs
nou genyen an avèk sajès
pou moun ak bagay ki
vrèman enpòtan,
se sa ki sekrè kè kontan an.
Bon, anpil moun eseye fè
tèt yo plezi
lè yo fè kèlkeswa sa yo vle
pou yo jwenn plezi.
Moun ki egoyis pa ka
gen kè kontan.
Jezi di "yon moun pi
kontan lè l bay".
Bon, gen anpil bagay nou
ka aprann sou fason
pou n depanse ti fòs
nou genyen avèk sajès
nan pawòl pwofon sa yo
Jezi te di a.
Nou ta ka panse ak
kè kontan fason sa a:
kè kontan se rezilta nou jwenn
lè n renmen lòt moun.
Ann pran yon egzanp: si ou limen
yon dife, ki rezilta w ap jwenn?
Chalè ak limyè.
Ou pa ka di ou bezwen chalè ak
limyè si w pa limen yon dife.
Ou bezwen fè efò pou w
limen dife a anvan
epi rezilta w ap jwenn nan
se chalè ak limyè.
Donk, lè nou konsantre tout
efò nou nan lanmou pou lòt moun,
youn nan rezilta
nou jwenn anretou
se bèl lanmou nou genyen
nan mitan nou an.
Wi, pawòl Jezi yo "pa kite anyen
boulvèse kè nou" an
fè nou konnen nou ka chwazi
pou n genyen bon enfliyans
sou santiman nou yo
lè n veye sou sa n ap panse.
E nou ka konsantre tout
ti fòs nou genyen
avèk sajès pou fanmi nou,
pou frè ak sè nou yo
e sitou pou adorasyon nou
ak lanmou nou gen pou Jewova.
Bon, kounye a, ann gade
dezyèm pati Jan 14:1 an.
Jezi di:
"Demontre nou gen
lafwa nan Bondye
e demontre nou gen
lafwa nan mwen tou."
Bon, Jezi pa t di pou nou
jis gen lafwa,
kòmsi se nan yon chanm byen espesyal
lè n ale n ap jwenn lafwa.
Li te makònen lafwa dirèkteman avè l
e ansanm ak Jewova menm.
Donk, lè w santi w boulvèse
oswa w enkyè,
sonje Jewova ak Jezi toupre w.
E y ap travay pou yo rezoud
pwoblèm sa yo nètale.
Se kòmsi Jewova ak Jezi nan
yon lòt chanm ki toupre w.
E ou ka kouri al nan chanm sa a
nenpòt lè pa mwayen
lapriyè ak meditasyon.
Lè w gen lafwa Jewova kapab
e li pral rezoud pwoblèm
ki nan monn sa a, sa ap
ede w kalme emosyon w.
Jezi te konnen lefètke
nou enpafè,
nou ka gen tandans panse nou
ka korije bagay yo poukont nou.
Li te di nan Diskou sou mòn nan:
"Sispann bay tèt nou pwoblèm."
Pou ki rezon?
"Paske Papa nou ki
nan syèl la konnen
nou bezwen tout bagay sa yo."
Èske nou gen lafwa
Jewova wè n
e li konnen sa nou bezwen?
Lafwa sa a ap ede n pou n pa
kite anyen boulvèse kè nou.
Nou bay tèt nou plis pwoblèm wi
lè nou eseye rezoud
yon seri pwoblèm nou ta dwe
kite nan men Jewova pou l jere.
Pa egzanp, èske w ka
fini ak lamizè?
Èske w ka anpeche moun vyeyi,
lagè, krim, latwoublay?
Lè nou gade bagay yo konsa,
nou vin konprann,
se vre, nou pap ka
rezoud pwoblèm sa yo.
Nou konnen Jewova ak
Jezi pral rezoud yo
pa mwayen Wayòm Bondye a.
Wi, lè n gen lafwa nan
Jewova ak Jezi,
se pi bon fason pou n
kontwole emosyon nou,
sitou lè n ap fè fas ak
move nouvèl oswa eprèv.
Bon, gen kèk fwa kote m
konn gen anpil enkyetid
anrapò ak sa k rive frè ak
sè nou yo lòt kote nan monn nan,
tankou ann Eritre ak Larisi.
E petèt nou santi n
menm jan an tou.
E bagay sa yo vrèman
twouble kè nou.
Men, ki sa nou ka fè
pou n pa kite
anyen boulvèse kè nou,
jan Jezi di sa?
Bon, yon bagay ki te ede m
se lè m mande tèt mwen:
"Èske kongregasyon an
te fè tout sa l kapab?
Èske filyal la ak syèj mondyal la
te fè sa yo kapab?
Èske m te priye pou yo?"
Si repons kesyon sa yo se wi,
ebyen n ka di:
"Jewova, nou te fè sa nou kapab.
Kounye a, bagay yo nan men w."
Sòm 112:7 byen rezime pou nou
fason moun ki jis la ka fè fas
ak move nouvèl.
Li di: "Li pap pè move nouvèl.
Kè li fè m, li met konfyans li
nan Jewova."
Donk, ki sa k ka ede n
fè fas ak move nouvèl?
Se lè n fè Jewova konfyans l ap
sèvi ak lespri sen l pou l ede nou.
Lè nou santi bagay yo twòp
pou nou oswa n santi n kraze,
sonje Jewova pwomèt li ka ban nou
pisans ki depase sa ki nòmal la.
Se pou n gen konfyans l ap
kenbe pwomès sa a li fè nou an.
Lè n priye Jewova pou n fè l
konnen jan n santi nou,
li koute nou e l ka ede n fè fas
ak sitiyasyon ki devan nou an.
Bon, sa pa vle di Jewova pral
retire pwoblèm nan poutèt sa,
men, se sèten li ka ede n pou n
rive travèse sitiyasyon sa a.
Men ki sa Women 12:11
fè konnen:
"Se pou lespri a chofe nou."
Bon, ide pou lespri a chofe nou
fè m panse ak wòch sa a ki gen
yon konpòtman byen espesyal.
Lè yo flache l ak kalite limyè
ki sot nan flach sa a, li klere.
Men si w pa fè sa, l ap sanble
menm jan ak nenpòt wòch.
Men, depi w flache l ak limyè
flach sa a, li klere lè sa a.
Se konsa nou ye tou lè Jewova
ban nou lespri sen.
Menm jan an tou, Jewova
sèvi ak lespri sen l
pou l ban nou fòs chak jou,
pou l ede nou briye detan
anndan nou, si n ka di sa.
Se tankou yon timoun ki pè pandan
l ap dòmi nan chanm li nan nuit.
Ki kote l ap kouri ale, jeneralman?
Nan chanm manman l ak papa l.
Y ap konnen sa pou yo fè,
y ap ede l.
Donk, lapriyè se fason nou
ka kouri al nan chanm Jewova a
pou n di l sa n santi.
E anretou, l ap rekonfòte nou
avèk lespri sen l,
Bib la e ansanm ak frè ak sè yo.
Li klere limyè l la sou nou,
si n ka di sa.
E l ban nou pisans ki depase
pisans nòmal la.
Wi, lè nou fè fas ak sitiyasyon
ki ka boulvèse kè nou sonje
se pa sèl chanm sa ki
gen nan kay la.
Lè nou priye Jewova
e nou li Bib la,
imajine Jewova ki kenbe
men nou
e k al pase tan ansanm avèk nou
nan lòt chanm ki nan kay la.
Ou nan chanm ki fè w andèy la?
Li mennen w nan chanm
rezirèksyon an.
Ou malad?
Li mennen w nan chanm
sante pafè a.
Ou nan chanm ki fè w santi w
wont pou sa w te fè?
Li mennen w nan chanm padon.
Èske n ka imajine fason apot yo
te santi yo lè Jezi te resisite?
Se pa ti diferans sa te fè pou yo
paske yo te nan chanm kote yo
t ap di tèt yo: 'Jezi pral kite nou!'
E kounye a, yo nan chanm
kote yo t ap di:
'Men Jezi retounen avèk nou!'
Yo te jwenn byenfè pou lafwa
yo te gen nan Jewova ak Jezi.
Pou nou fini, annou repase kèk
nan leson nou te aprann
nan pawòl Jezi te di
nan Jan 14:1 an.
Lè Jezi te di "pa kite anyen
boulvèse kè nou" an,
sa fè nou sonje nou ka chwazi
pou n gen bon enfliyans
sou emosyon nou yo
lè n kontwole panse nou
epi, nou bezwen byen sèvi
avèk ti fòs nou genyen an
avèk sajès
pou fanmi nou, frè n ak sè nou yo
e sitou pou adorasyon nou ak
lanmou nou gen pou Jewova.
Jezi te di: "Demontre nou gen
lafwa nan Bondye,
e demontre nou gen
lafwa nan mwen tou."
Se pou n gen konfyans
Jewova ak Jezi
ka rezoud sa nou pa ka rezoud.
Pou kèlkeswa pwoblèm
emosyonèl nou ta gen jodi a,
se Jewova k ap ka
rezoud li nètale.
Annatandan, se pou
nou gen lafwa
Jewova ka ban nou yon pisans
ki depase yon pisans nòmal
pou n fè fas ak kalamite n ap
rankontre nan sistèm sa a.
Donk, pwochen fwa
ou santi ou kraze nèt
oswa bagay yo twòp pou ou
medite sou pawòl Jezi
te di nan Jan 14:1 yo:
"Pa kite anyen boulvèse kè nou.
Demontre nou gen lafwa
nan Bondye,
e demontre nou gen lafwa
nan mwen tou."
Jonas se yon sèvitè Jewova
ki te bezwen aprann
fè Jewova konfyans.
E lè l te fè sa,
sa te pi byen prepare l
pou l rive kontwole emosyon l.
Ann wè ki lòt bagay nou ka
aprann nan egzanp li an
nan pwochen epizòd nan seri
<i>Ann fouye pou n jwenn trezò</i>.
Papa videyo <i>Istwa Jonas: Yon</i>
<i>leson sou kouraj ak mizèrikòd</i> la
vrèman enteresan.
O wi!
Videyo a se yon bon zouti.
Men, Bib la ede n ale pi fon
lè n poze yon senp ti kesyon.
Kesyon an se: ki sa sa aprann
mwen sou Jewova?
Oke! Ban m ekri sa.
Èske gen yon bagay ou
te remake nan istwa a.
Mwen vrèman renmen wè jan
Jewova gen padon ak pasyans.
Se vre, Jewova te pran anpil
pasyans ak Jonas
annatandan l te vin
gen plis matirite.
Nan chapit 3, vèsè 1 an,
Jewova te ba l yon lòt
okazyon pou l fè sa ki dwat.
Li te pwoteje l kont
konsekans erè l te fè yo
e annapre li te korije l
avèk jantiyès
lè l te demontre yon move atitid.
Sa a bèl pou n wè Jewova
pa t bay Jonas vag.
Se vre, an reyalite se
paske Jewova gen
yon lòt kalite ki se lanmou fidèl.
Èske w sonje sa l vle di?
Wi, m kwè sa.
Men yon lòt bon teknik:
chèche sans mo w pa
abitye avè yo.
Ann chèche sans mo sa a
nan lis mo yo esplike yo.
Tape lanmou fidèl nan espas
pou rechèch nan Bib ou.
Èske w wè jan l ba ou yon lyen
ki voye w nan lis mo
yo esplike yo.
Ban m gade
O wi!
Tanpri, ou ka li sa w jwenn nan.
Pou lanmou ki fidèl la li di:
“Se angajman, entegrite, fidelite
ak gwo atachman ki fè
yon moun montre lanmou sa a.”
Se konsa menm Jewova
te trete Jonas.
Jewova kontinye ede adoratè l yo
paske l renmen yo.
Men, Jonas potko konprann
sa Jewova t ap fè.
Menm apre tanpèt la,
twa jou nan vant pwason an,
epitou, l te wè moun
Niniv yo ki repanti,
Jonas te kontinye panse ak tèt li.
Apre Jewova te kite
moun Niniv yo chape,
Jonas te vin an kòlè.
Petèt, li te santi moun yo t apral
panse li se yon fo pwofèt.
Menm apre tout sa k te pase yo,
Jonas te pito
moun Niniv yo mouri
pase pou se li yo ta mal wè.
Jonas pa t byen aji ditou
nan moman sa a.
Ki jan Jewova te jere sa?
Li te fè sa pi byen pase m wi!
Bon, fason Jonas te reyaji a
pa vle di l te yon move
moun pou sa.
Donk, Jewova te itilize yon
pye kalbas kouran
pou l anseye l yon leson.
Ki sa nou wè nan
chapit 4 vèsè 6 la?
Li di Jewova te fè yon plant
pou bay Jonas lonbray
e pou fè l santi l pi byen.
Sa montre bonte Jewova
gen lakay li
alòske Jonas pa t
konpòte l byen ditou.
Epi vèsè a di:
“Jonas te kontan anpil.”
La a, nou wè lanmou fidèl
Jewova te ede Jonas
fè yon ti chanjman nan atitid li.
Nan moman sa a,
Jewova te ede Jonas vin
gen plis matirite.
Jonas te pare pou l aprann
yon lòt leson kounye a.
Jewova te voye yon ti vè
pou touye plant lan,
pa yon moun non, jis yon plant.
E ki jan Jonas te reyaji?
Se atò Jonas te fache.
E se nan moman sa a, Jewova
ede Jonas pi byen konprann.
Vèsè 10 ak vèsè 11 lan
aprann nou yon bèl leson.
Jewova di Jonas:
‘‘Bon, si w santi sa fè w mal
pou plant sa a,
èske mwen menm m pa
ta dwe gen pitye
pou moun ak bèt ki nan
vil Niniv yo tou.”
E istwa tou fini la.
Jonas te met chapo ba
devan Jewova.
E se Jewova ki te gen
dènye mo a.
Jonas te pran leson an.
Sa klè Jonas te vin aprann
wè moun yo jan Jewova wè yo.
Wi, sa bèl pou n wè jan Jewova
te kontinye ede Jonas.
Li te kontinye demontre
lanmou fidèl pou li
nan nenpòt moman.
Ann fouye plis.
Ki lòt moun ki ka jwenn byenfè
nan lanmou Jewova
grasa istwa sa a.
Èske se sèl Jonas?
Ann eseye konsèy nou jwenn
nan liv <i>Annou imite lafwa yo</i> a.
Li di: “Sèvi ak imajinasyon w
pou w wè sa k ap pase
nan chak istwa.
Eseye mete w nan po
pèsonaj biblik yo
pou w ka wè jan yo
te wè bagay yo.
Panse ak fason yo te reyaji
devan yon sitiyasyon
ak fason ou menm ou t ap reyaji
devan menm sitiyasyon an.”
Èske w ka imajine jan Jonas
dwe te santi l
lè l t wè maren sa yo
k ap rele fo dye yo
alòske l te konnen yo pa
t ap jwenn okenn èd.
E menm apre Jonas te
admèt li te fè erè,
mesye inosan sa yo
pa t vle voye l nan lanmè a.
Wi!
Yo te fè tout sa yo te kapab
pou yo sove lavi Jonas.
Jewova te montre Jonas
bèl kalite maren sa yo
ki pa t ap sèvi l te genyen
alòske yo te san sekou
e yo te pè.
Èske w panse Jonas
te vin wè mesye sa yo
jan Jewova te wè yo?
An-an.
Ann kontinye fouye.
Poukisa Jewova te voye Jonas
nan yon peyi etranje
pou l al preche moun nan
yon nasyon ki pa t ap sèvi l?
Petèt, li te vle bay moun Niniv yo
posiblite pou l rive touche kè yo.
Donk, kiyès ki te benefisye
lanmou Jewova?
Bon, lè n byen reflechi,
m wè Jewova te demontre
lanmou fidèl pou Jonas,
men, li te demontre lanmou
pou maren yo
ak moun Niniv yo tou.
Ou gen rezon.
Epi reflechi sou sa,
menm lè Jonas te fè erè,
lè l resisite,
li pral aprann Jewova te sèvi
ak move moman l yo
pou l te anseye kèk leson
sou Pitit Gason l lan.
Ki jan w panse Jonas pral santi l
lè l aprann Jezi li menm
te pale de li
e l te menm konpare tèt li avè l?
Waw!
La a, nou wè egzanp lanmou
pafè Jewova demontre.
Ki jan n ka aplike sa nan lavi nou?
Ki jan n ka imite Jewova?
Bon, premye bagay ki vin
nan tèt mwen
se predikasyon pòt an pòt.
Se pa yon bagay
m toujou renmen fè.
M konn santi m yon
ti jan dekouraje
lè pa gen pèsonn ki vle koute m.
Men, m vin sonje santiman m yo
se pa sa k pi enpòtan.
Gen yon bagay ki pi
enpòtan pase sa.
Si Jewova pa bay moun yo vag,
mwen menm tou, m pa ka fè sa.
Sa bèl pitit gason m.
Mwen fyè dèske w panse konsa.
Sa montre ou vrèman konprann
sa k pi enpòtan.
Sa fè m panse ak kèk fwa
kote m konn santi yon
asiyasyon twòp pou mwen.
Pafwa, m konn pa byen
reyaji okòmansman
e m konn di bagay
mwen regrèt annapre.
Epi m te regrèt sa m te di a
e m te kòmanse santi m koupab.
Men, sa soulaje m
lefètke m konnen
Jewova pa kontinye
sonje bagay sa yo.
Li wè ki kalite moun
nou ye toutbonvre
e avèk pasyans li ede nou
vin gen matirite.
Waw !
N aprann anpil bagay
lè n mande tèt nou:
Sa sa aprann nou sou Jewova?,
lè n chèche sans mo
nou pa byen konnen yo
e lè n sèvi ak imajinasyon nou.
E gen anpil bagay pou n
aprann toujou.
Ki sa n ka aprann lè n sèvi
ak imajinasyon nou
pou n mete n nan plas Jonas
lè l te poukont li
nan vant pwason an
e l t ap priye Jewova pou l ede l?
Ki sa n aprann lè nou wè
preche moun Niniv yo
pa t difisil nan pwen
Jonas te panse a?
Pa egzanp, ann gade nan...
Se te yon bèl leson.
Fason Jonas te reyaji a pa montre
li se yon move moun pou sa.
Pa gen dout, nou pral
jwenn plis trezò toujou
tank n ap li sou lanmou
Jewova te gen pou Jonas
ak moun Niniv yo.
Kongregasyon toupatou sou tè a
toujou ap tann yon semèn espesyal.
Se semèn vizit siveyan
sikonskripsyon an
ak madanm li si l marye.
Ann al aprann plis bagay sou fason
pwogram ankourajan sa a te kòmanse.
Pou tout kongregasyon
Temwen Jewova nan monn nan,
semèn vizit siveyan an
se yon semèn espesyal
kote tout moun okipe
nan travay predikasyon an,
yo jwenn diskou ankourajan
e yo pase bon ti moman ansanm.
Men, ki jan travay siveyan
sikonskipsyon yo te kòmanse?
E ki chanjman ki te fèt ladan l?
Nou pral jwenn repons kesyon sa yo
nan epizòd sa a nan seri
<i>Nou gen yon istwa ki vrèman rich</i>.
Travay siveyan sikonskipsyon yo
te kòmanse depi
nan premye syèk la.
Yo te voye yon seri mesye
tankou Pòl, Banabas ak Timote
pou al ankouraje kongregasyon yo.
Ann amoni ak egzanp sa a,
gen yon travay menm jan an
ki te kòmanse fèt nan ane 1894
lè oganizasyon Temwen Jewova yo
te kòmanse voye reprezantan
pou al vizite epi ankouraje
gwoup Etidyan Labib yo.
Avèk letan, yo te vin rele
frè sa yo pèleren.
Yo te vwayaje sot nan yon
kongregasyon al nan yon lòt,
yo pase youn oswa de jou
avèk chak gwoup
pou yo ba yo ankourajman espirityèl.
E vwayaj sa yo pa t toujou fasil.
Imajine w se yon pèleren
nan epòk sa a
tankou frè Edward Brenisen.
W ap deplase pou al vizite frè yo
nan yon vilaj ki andeyò
nan pati lwès Etazini.
Vwayaj ou a kòmanse nan tren,
apre sa, ou vwayaje lannuit
sou yon charyo cheval ap rale
e finalman, ou pran yon lòt kalite
charyo ankò cheval ap rale,
nan mòn fwa sa a.
Yo te atann pou pèleren yo
se bon kalite anseyan.
Men, yo te bezwen gen imilite tou,
menm jan ak Alexander Graham.
Frè Graham te yon oratè
ki gen anpil enèji.
Men, gende lè, diskou l yo
te konn yon ti jan twò long.
Yo te konn dire plizyè èdtan.
Lè frè Russell te aprann sa,
li te ekri frè Graham yon lèt
kote li ba l kèk konsèy, li di l:
“Frè m mwen renmen anpil la,
mwen konnen jan w gen lanmou
e jan w gen anpil enèji
epi sa rive pafwa, ou pa wè
lè lè a pase
pandan w ap pale sou ansèyman
ou renmen anpil yo.
Avèk imilite, frè Graham
te aplike konsèy la
e l te vin tounen yon pèleren
tout moun te byen renmen
ki te fè yon pakèt bèl diskou,
men, ki pi kout.
Nan moman sa a,
pèlerin yo te sitou gen pou yo fè
diskou ki baze sou Bib la.
Men nan ane 1920 yo,
sa te chanje.
Frè sa yo ki te konn
vwayaje toupatou
te vin gen pou yo pran
latèt kounye a
nan travay predikasyon
kay an kay la pandan vizit yo.
Donk, yo te chanje non yo.
Yo te vin rele yo
direktè sèvis rejyonal.
E pi devan yo te rele yo
sèvitè rejyonal.
Sa ki te mete plis aksan
sou wòl yo genyen pou sèvi
e pou soutni frè ak sè yo.
E annapre, te vin gen yon
pi gwo chanjman toujou.
Pandan kanpay predikasyon
nan ane 1930 yo,
gen kèk kongregasyon Ozetazini
ki te pran dispozisyon
pou yo preche ansanm
pou yo te ka kenbe tèt
ak opozisyon.
Bèl kolaborasyon sa a te fè frè yo
vin gen tèt ansanm nan mitan yo
epi pou yo te ka pi
byen òganize yo,
yo te konn mete anviwon
20 kongregasyon ansanm
e yo rele yo zòn.
Sèvitè zòn nan te gen pou l
vizite chak kongregasyon
ki nan zòn nan e detanzantan,
tout kongregasyon ki nan
yon zòn te reyini ansanm
pou yo fè yon asanble zòn.
Se li menm jodi a nou rele
asanble sikonskripsyon.
Nan ane 1940 yo,
yo te bay siveyan k te konn
vwayaje yo yon lòt non.
Yo te rele yo sèvitè frè yo.
Youn nan frè sa yo se te
Angelo Catanzaro.
Li te gen sèlman 19 an lè l
te resevwa asiyasyon l lan.
Li dekri tèt li, li di li te “ yon siveyan k te toujou ap bouje”.
Pandan plis pase 60 an l te fè
nan travay sa a
kote l te toujou ap vwayaje,
li menm ak madanm li
te vwayaje preske
toupatou Ozetazini,
pandan y ap ankouraje
frè ak sè yo
e y ap ede plizyè milye moun
vin sèvi Jewova.
Avèk letan,
yo te vin rele frè sa yo k te
toujou ap vwayaje
sèvitè sikonskripsyon.
E annapre, yo te vin rele yo
siveyan sikonskripsyon.
Pandan ane yo t ap pase,
frè sa yo ansanm ak madanm yo
te byen dispoze fè anpil sakrifis
pou sèvi frè ak sè yo.
Yo kite kay yo
pou yo viv pasipala
e pou yo vwayaje al yon pakèt
kote byen lwen.
Anpil nan yo,
menm jan ak Winston Payne
ansanm ak Pam, madanm li,
te nan ventèn yo lè yo te kòmanse
sèvis sikonskipsyon an
nan Pasifik sid la.
Yo te gen pou yo adapte
lavi yo ak lavi zile,
pandan y ap fè fas ak gwo chalè,
moustik ak rate manje.
Malgre sa, frè ak sè Payne
te vin renmen asiyasyon yo a
e yo te santi yo vrèman
pwòch frè ak sè yo.
Jodi a, gen plizyè milye frè ak sè
ki nan sèvis sikonskipsyon.
Pou ede yo nan asiyasyon yo,
yo asiste yon lekòl fòmasyon
ki te kòmanse fèt
nan ane 1999 la.
Yo fè lekòl pou siveyan
sikonskipsyon yo ak madanm yo
toupatou nan monn nan.
Se vre, te gen anpil chanjman
nan fason nou te konn rele
siveyan sikonskripsyon yo.
Men, gen yon bagay
ki pa chanje.
Menm jan sa te ye nan ka Pòl,
frè sa yo ansanm ak madanm yo
pi kontan toujou “pou yo bay
tout bagay e pou yo bay tèt yo”
pou yo fòme lòt moun nan
travay predikasyon an,
ankouraje sila ki pi jèn yo
e fòtifye kongregasyon an.
Kidonk, pwochen fwa w gen
vizit siveyan sikonskripsyon,
panse ak sa ou ka fè
pou w montre jan w apresye
tout sakrifis y ap fè yo.
Nan yon pwochen epizòd,
nou pral aprann plis bagay toujou
sou istwa pèp Jewova a
nan seri <i>Nou gen yon istwa</i>
<i>ki vrèman rich.</i>
Nou di Jewova mèsi pou siveyan
sikonskripsyon nou yo k ap travay di
ansanm ak madanm yo
k ap fè gwo sakrifis.
Petèt, ou sonje bèl bagay
ou te aprann nan men yon frè
oswa nan men yon siveyan
ak madanm li
nan travay predikasyon.
Petèt, yon siveyan te ankouraje w
pou w mete w disponib
pou w fè plis pou Jewova.
Bon, se pa tout moun ki ka sèvi
kòm siveyan sikonskripsyon,
men, nou ka imite egzanp
lanmou yo gen pou lòt moun.
Ann gade fason kèk lòt moun
te etann travay predikasyon an
lè yo aprann fason
pou yo adapte yo.
Yon fwa nou te remake
te gen bezwen nan zòn nan,
Jewova te montre nou aklè
jis nan ki pwen nou kapab itil
si nou te demenaje.
Sa fè katran depi n ap sèvi nan
kongregasyon lang kechwa
yo pale nan peyi Bolivi a.
Mwen rele Fernando.
M se Micaela.
Nou nan kongregasyon
lang kechwa
yo pale nan peyi Bolivi a
ki nan zòn Ingeniero
Huergo ann Ajantin.
Nan anpil zòn nan peyi Bolivi,
li difisil anpil pou moun
jwenn mwayen pou yo viv.
Se sa k fè anpil moun deplase
vin nan zòn nou ye a
pou yo ka travay nan jaden.
Travay sa a mande anpil efò fizik.
Pafwa, moun yo konn menm travay
jiska 11 è diswa oubyen minui.
Yo fè kèlkeswa sa yo
mande yo fè nan travay la.
Pi bon moman pou w
jwenn yo nan jaden an
se anvan yo kòmanse
travay nan apremidi.
E predikasyon nan moman sa a
nan jounen an difisil,
paske li konn fè 40 degre Sèlsiyis
oswa 104 degre Farennay.
Souvan, nou konn oblije fè etid la
avèk yo pandan y ap travay.
Kidonk, pandan y ap rekòlte
oswa y ap fè lòt travay,
n ap mache bò kote yo,
n ap li paragraf
oswa n ap li yon vèsè nan Bib la.
Pa egzanp, nou ka montre yo
non Bondye,
yon non yo pa t janm
tande pale de li anvan.
Lè yo tande l oswa
lè yo aprann yon lòt bagay,
sa konn atire atansyon yo epi
yo fè yon ti kanpe sou sa y ap fè a.
Nou ka wè yo anvi aprann.
E yo konn vrèman byen koute
menmsi yo konn oblije
kontinye travay.
Sa rive plizyè fwa yo mande nou
pou nou tann yo fin travay.
Lè konsa, nou deside ede yo
pou yo ka fini pi vit.
Okòmansman, yo konn
sezi e yo konn di:
“Ki sa n vle di lè n di
n ap ede nou an?”
Ansuit yo konn di:
“Men, rad sou nou an ap sal.”
An reyalite, sa pa t deranje nou
ditou pou n ede yo.
E sa te bay bon rezilta.
Avèk letan, nou te vin zanmi.
E se sa menm nou vle,
se pou n vin zanmi etidyan nou yo
pou n ka ede yo pwogrese.
E sa ede yo konprann
nou gen sousi pou yo toutbon.
Sa m pi renmen nan
travay predikasyon an,
se lè mwen wè efè li genyen
sou moun ki gen kè ki sensè yo.
Mwen renmen preche.
Pou mwen se pa yon
sakrifis sa ye ditou.
Mwen rele Toni Marrero.
Mwen se Maryluz.
Nou soti nan peyi Espay,
men kounye a, n ap sèvi
nan peyi Paragwe.
Pandan pandemi an, nou
te rete lakay nou poukont nou.
Nou kapab di tout bagay
nan lavi nou te chanje.
Bon, anfèt, pale nan telefòn ansanm
avèk yon moun mwen pa ka wè
se yon bagay ki strese m anpil.
Mwen te itilize metòd dirèk la
pou m te ofri yon mesye etid Labib.
M te etone lè m wè l te aksepte.
M te mande l èske m ka voye
yon mesaj pou li nan demen
avèk yon kesyon pou l
reflechi sou li,
li te di m wi.
Okòmansman,
m panse li pa t enterese
paske li pa t reponn mwen tousuit.
Men, li te fè m repons
nan menm jou a nan aswè.
Lè sa a, mwen te vin aprann
li se yon moun ki vrèman okipe.
Kèlkeswa lè a,
li te toujou okipe.
Bon, yon fwa m te fin konprann sa,
mwen te oblije adapte m.
Epi yon jou mwen te mande l
èske madanm li pa ta ka vin
asiste etid la ansanm avèk nou.
Li te di m wi.
Sa te pran plizyè mwa
anvan sa te fèt.
Wi, nou te dwe toujou
pare pou nenpòt lè l rele a.
Toujou pare…
paske l te ka rele a nenpòt ki lè.
Se kapab a nevè, dizè
oubyen 11 è nan aswè.
Annapre, li ka voye yon
mesaj pou mwen pou l di m
“m ap pare nan senk minit”.
Epi, nou konekte sou videyo
konferans, li di nou bonjou byen vit,
epi nou wè l k ap kouri
chanje rad travay li
e l chita pou n kòmanse fè etid la.
Se te yon gwo sakrifis.
Wi, se te yon sakrifis.
Men, annapre li te vin tounen
yon bagay nou te renmen,
paske, nan fen chak etid nou te...
...toujou kontan...
...wi, vrèman kontan.
E nan fen chak etid, nou
youn konn gade lòt epi nou di
‘nou pa ka kwè sa rive vre’.
Egzakteman!
Men, èske yo te
enterese vrèman?
Wi, se te vre,
yo te enterese,
wi, yo te vle etid la.
Nan yon ti tan yo te kòmanse
aplike sa yo t ap aprann yo,
epi, nan anviwon ennan,
yo te batize.
Sa fè nou tèlman kontan.
M di Jewova mèsi pou sa paske
nou pa t travay pou granmesi.
Wi, chak jou,
m di Jewova mèsi.
Fè etid ak moun ki enterese yo
nan moman ak kote
ki pi bon pou yo a
ka mande pou nou fè sakrifis.
Men, lè w aprann adapte w
w ap jwenn yon rekonpans san parèy
lè moun sa a vin zanmi Jewova.
Sa gen plis pase 20 an
istwa lavi Rosalía Phillips
te parèt nan yon atik <i>Reveye n</i>.
Ki jan desizyon l te pran
pou l sèvi Jewova
te pote byenfè ni pou li
ni pou moun ki toutotou l
depi lè sa a?
Mwen fèt nan yon fanmi ki gen
anpil chantè ak atis ki popilè.
M panse moun ki te pi popilè a
se petèt papa m,
Germán Valdés.
Tout moun te konnen l
sou non Tin Tán.
M te toujou renmen mizik.
Depi m piti, m te toujou vle fè
konnen sa m panse,
donk, m te pran gita m
epi m kòmanse konpoze
mizik nan stil pa m.
Mwen pa t janm vle fè yon karyè
pwofesyonèl nan mizik.
Se pa t sa m te vle.
Men, yon ti tan apre papa m
te mouri, lè m te gen 15 an,
pou m te ka ede fanmi m
nan domèn ekonomik,
m te bezwen chèche yon travay.
M te rantre nan
yon gwoup mizik,
ki te fè m vin popilè
antanke aktè
e antanke chantè.
Sepandan, m te kòmanse reyalize
anviwònman an ak moun yo
pa t bon pou mwen.
Yo te imoral e yo pa t sensè.
E konsa, m te sispann
fè moun konfyans.
Lè m te aprann laverite,
m te rankontre yon seri
de bon moun ki sensè
e ki te vrèman renmen m.
E konsa, lavi m te
kòmanse chanje.
M te vin yon lòt moun.
M te vin gen kè kontan
e m pa t konn kote
pou m mete kò m.
Antanke paran, nou te
vrèman gen sousi
pou lè n retounen
nan peyi Meksik
pou endistri mizik la
pa t rale timoun nou yo
al fè karyè nan mizik.
Se pou rezon sa, mari m,
ansanm avè m
te fè tout sa n kapab
pou n asire n sa pa rive.
Gianna, pitit fi m nan,
te gen 17 an
lè m te mande l pou l al ansanm
avè m nan yon randevou
m te genyen nan vil Meksik la
ak youn nan pi gwo konpayi
televizyon k te gen nan vil la.
E te gen yon mesye, yon moun
ki konn ap chèche talan,
ki te wè Gianna epi l mande l:
“Èske w konn chante tou?”
Gianna di l: “Wi.”
Gianna te chante,
e mesye a te renmen fason
Gianna te chante.
Li te tèlman renmen vwa Gianna
opwen li envite Gianna pou l vin
nan biwo l menm kote a.
M te tande l k ap di Gianna:
“Gade, ou ka fè yon karyè nan
stasyon televizyon sa a.
N ap fè w vin tounen yon
gwo chantè ki popilè.
M vle fè yon kontra avè w.
Vini lendi, pou n siyen kontra a.”
Lè Gianna te sot nan biwo a,
m te pè anpil.
Epi, m te mande l:
“Èske w te aksepte òf la?”
E Gianna di:
“Non, man!
M tèlman renmen sèvis mwen
pou Jewova a.
Kòman m ta ka aksepte
yon bagay konsa?
M renmen sèvis pyonye m nan.”
E se pa ti sezi n te sezi
yon semèn annapre,
nou te resevwa yon apèl
kote yo te envite l vin patisipe
nan yon pwojè mizik
Betèl la t ap fè.
E kounye a, se pa ti
kontan l kontan
sèvi ak bèl ti vwa l la
pou Jewova,
e l kontinye fè sa jis kounye a.
Pandan ane yo,
nou te gen posibilite kite
Jewova sèvi avèk nou
nan yon seri pwojè mizik
Betèl la t ap fè.
Pafwa, m te wè
kòman Satan mete
tout kalite obstak
sou wout mwen.
M te jwenn yon òf pou
yon pwojè yo t ap fè
pou yo onore papa m,
pwojè sa t ap mande m
anpil anpil tan pou m fè l.
Byennantandi, sa ta pral
gen efè tou
sou sèvis mwen
antanke pyonye,
donk, mwen te refize òf la.
Jewova te rekonpanse m
pandan ane yo t ap pase.
Chak fwa m te jwenn yon òf
e m te refize òf la,
Jewova te ban m
yon bagay anretou.
Pa egzanp, nou te gen opòtinite
pou n ede nan diferan travay
ki t ap fèt pou lekòl teyokratik yo.
Tout difikilte sa yo m te rankontre
te aprann mwen pou m
fè Jewova konfyans.
E jan apot Pòl di sa:
“San lafwa li enposib pou
yon moun fè Bondye plezi, [...]
e li tounen sila ki rekonpanse
moun k ap chèche l toutbonvre [yo].”
Sa fè m kontan anpil lè m ap
preche ak manman m,
ki gen plis pase 90 an kounye a.
Nou byen pwofite
diferan aspè
ki gen nan sèvis nou
pou Jewova.
Pandan ane yo t ap pase,
plizyè manm fanmi m
te mande yon etid Labib,
e gen kèk nan yo ki vin
Temwen Jewova.
M renmen wè lè manman m,
pitit fi m nan, mwen menm,
n ap pase ti tan ansanm,
n ap jwe gita, n ap chante,
epi n pase bon ti moman
youn ak lòt.
M pa ka tann pou jou a rive
pou m wè papa m ankò
nan monn nouvo a.
Se pa ti akèy piti non
m ap ba li!
M ap prezante l pitit mwen yo,
e m ap mennen l
bay manman m.
M ta swete se bò lanmè.
Epi, sa m ta sitou vle fè
se pou nou chante ansanm,
jan n te konn fè sa anvan.
Mwen pran detèminasyon
pou m ret fidèl ak Jewova
pou toutan.
Ala yon bèl istwa!
Sè Phillips te konte sou Jewova
e ni li menm ni fanmi l te jwenn
anpil benediksyon poutèt sa.
Jewova vle nou konte sou li
sitou lè n ap fè fas ak
moman ki pi difisil yo.
Nan adorasyon nan maten
nou pral suiv la,
frè Stephen Lett ap esplike
fason nou ka konte sou Jewova
pandan pèsekisyon.
Tèm diskisyon nou pou jodi a se
lespri sen ban nou
fòs nou bezwen
pou nou sipòte pèsekisyon.
E, kòmantè Toudegad la fè jodi a
pale sou divès fòm pèsekisyon yo
te konn itilize kont pèp Bondye a.
Men, tèks pou jounen an
ki se Zakari 4:6
ban nou asirans kèlkeswa fòm
pèsekisyon nou ta jwenn
si nou gen lespri sen
n ap kapab andire.
Men, nan ki objektif
Satan ap pèsekite nou.
Ebyen, se pou l ka fè pèp
Jewova a dekouraje, abandone,
bay vag oswa pou yo
pa fidèl ak Jewova.
Bon, fè yon ti reflechi
ak yon lyon toutbon.
Satan se yon lyon nan sans senbolik,
l ap chèche devore yon bagay.
Bon, lè yon lyon devore yon bagay
ki sa k rive ak sa l devore a?
Li antre nan kò lyon an,
li vin fè yon sèl ak kò l.
Se egzakteman sa Satan vle fè nou.
Li vle pou moun ki pa fè pati monn nan
vin fè pati monn pa l la, sistèm pa l la.
An reyalite, pou nou vin fè yon sèl avè l.
Men, nou detèmine pou nou pa
kite sa rive grasa èd lespri sen.
Ki kèk kalite pèsekisyon yo
konn itilize kont pèp Bondye a
e yo kontinye itilize jis jodi a?
Ann fè yon ti pale sou
senk ladan yo.
E, anvan Amagedon rive,
nou pa janm konnen
kiyès ladan yo
nou menm oswa moun
nou renmen ka rankontre.
Donk, n ap pran detèminasyon,
si nou ta jwenn youn
nan kèlkeswa fòm pèsekisyon
sa yo n ap ret fidèl ak Jewova,
e n ap ede lòt moun fè menm jan.
Premye fòm nan se entèdiksyon.
Nan istwa travay predikasyon
Temwen Jewova yo,
nou jwenn entèdiksyon
nan plis pase 100 peyi.
Nou jwenn entèdiksyon sa yo
sòti Albani rive Zimbabwe,
nou ta ka di sòti nan lèt <i>A </i>rive
nan lèt <i>Z </i>nan alfabè kreyòl la.
Nan tan biblik yo, gouvènman yo
te konn met entèdiksyon tou.
Yo te entèdi travay konstriksyon tanp lan
nan ane 522 anvan epòk nou an.
Nan premye syèk la,
yo te entèdi travay predikasyon
disip Jezi yo nan plizyè kote.
E poutèt yo pa t obeyi
entèdiksyon sa a,
yo te trennen yo devan wa
ak gouvènè.
Men, ki jan lespri sen te ede yo,
lè yo te trennen yo devan
wa sa yo ak gouvènè yo?
E ki jan l ap ede nou
si sa rive nou?
Ann ouvri Bib nou nan Matye 10,
pou n ka konnen ki
jan lespri sen ap ede nou.
N ap kòmanse nan vèsè 19
nan chapit 10 la,
Jezi di: “Men, lè yo
mennen nou devan tribinal,
pa enkyete nou pou fason
n ap gen pou nou pale,
oswa sou sa n ap gen pou nou di.”
Pa enkyete n pou fason n pral pale
ak sa n pral gen pou n di, poukisa?
“Paske n ap konnen sa n ap
gen pou nou di a lè lè a rive.
Paske se pa nou
menm sèlman k ap pale
men, se lespri papa nou
k ap pale nan nou.”
Se pa nou menm sèl ki pral
pale, li klè nou dwe fè pati pa nou,
men, lespri sen ap ban nou fòs
ak sa n ap gen pou n di
jan vèsè a montre sa a.
Dezyèm fòm pèsekisyon an
se prizon.
Byen souvan, yo te konn met
kretyen premye syèk yo nan prizon,
jan Jezi te deja fè konn sa.
Nan Lik 21:12 li te di:
“Moun ap met men sou nou
e y ap livre nou nan prizon.”
E sa rive vrèmanvre!
Pandan plizyè dizèn ane,
byen souvan yo mete
pèp Jewova a nan prizon.
Nou konnen Larisi ak alye l
yo itilize fò m pèsekisyon sa anpil.
Men, gen plizyè lòt otorite
ki fè menm bagay la tou.
Men, m renmen ide pou nou priye
pou frè nou yo ki nan prizon.
Yo toujou ankouraje n pou n priye pou
frè nou yo ki nan prizon nan peyi Eritre,
Tikmenistan, Larisi ak lòt ankò.
E, mwen renmen panse
nou jwenn nan Ebre 13:3 a,
li di:“Sonje moun ki nan prizon yo
tankou nou te nan prizon
ansanm avèk yo.”
Bon, se vre nou ka
pa nan prizon kounye a,
men sa ka rive alavni.
E, se pa ti kontan n ap kontan si nou
konnen frè nou yo ap priye pou nou
tankou yo te nan prizon
ansanm avèk nou.
Twazyèm fò m pèsekisyon an se
lè yo mete timoun nou yo
deyò nan lekòl yo.
Satan konnen byen
lè li atake timoun yo
se tankou se gla je
paran yo li manyen
e, li espere doulè sa a
ap fè yo pa fidèl ak Jewova.
Sa te yon gwo pwoblèm nan
peyi Etazini nan ane 1940 yo.
Sepandan,
yo te kontinye mete timoun yo
deyò nan lekòl yo nan anpil peyi
pandan plizyè dizèn ane.
Sa fè n panse ak jèn gason
yo te mete deyò nan sinagòg la,
paske l te demontre
lafwa nan Jezi.
Katriyèm fòm pèsekisyon an
nou ka jwenn li
lè n gade Revelasyon 13:16, 17.
li pale sou bèt sovaj la ki
reprezante sistèm politik Satan an
k ap mete gwo presyon
sou moun yo, egzije yo
pou yo gen mak la sou men yo
oswa sou fon yo e si yo pa vle
yo pap ka ni achte ni vann.
Donk, ki fòm pèsekisyon sa a ye?
Li met presyon ekonomik
sou frè ak sè nou yo
pou fè yo mele
nan zafè politik.
Donk, jan m sòt di sa a,
sa se youn nan gwo metòd
Satan itilize souvan.
Gen frè ki te pèdi travay yo
paske yo pa t vle
mele nan zafè politik,
gen moun ki te refize
achte nan biznis frè yo.
Yon egzanp ki pi mal se fason yo
te trete frè nou yo nan peyi Malawi.
Presyon ekonomik la te youn men,
yo te jwenn tout lòt kalite presyon tou
paske yo pa t vle achte yon kat
pati politik pou 25 santim.
Yo te konnen kat la pa
t ap koute yo anpil kòb,
men, yo te konnen yo t ap
peye sa chè nan domèn espirityèl.
Donk, yo te refize fè sa.
Senkyèm fòm pèsekisyon
nou pral pale sou li a
e, se dènye a, parèt
nan Matye 5:11, Jezi te di:
“Nou byennere lè moun joure
nou lè yo pèsekite nou
e lè yo di tout kalite move bagay ki
pa vre sou nou poutèt mwen.”
Donk, ki sa l ye? Manti!
Se tout tan y ap fè manti
sou nou nan nouvèl, pa vre?
Jan n konn sa, yo te fè manti sou
Jezi, yo te di l te gen demon,
li te yon blasfematè, yon aloufa,
yon bwasonyè.
Yo te fè manti tou sou
kretyen yo nan premye syèk la.
Chèf relijye juif yo te di Pòl jan sa
parèt nan Travay 28:22 a:
“Vrèmanvre, pou sa ki konsène sèk sa a
nou konnen se tout kote
y ap pale l mal.”
Yo te vrèman fè manti sou yo.
Men nou ka konbat
manti sa yo grasa èd lespri sen.
Donk, nou sot wè senk
kalite fòm pèsekisyon.
Nou te pale sou entèdiksyon, prizon,
timoun yo mete deyò lekòl yo,
presyon ekonomik pou
fè n mele nan politik ak manti.
Gen plizyè lòt nou te ka
pale sou yo
men, sou kèlkeswa fòm
pèsekisyon an ta vini an,
ak èd lespri sen nou
kapab rete fidèl ak Jewova.
Men, kounye a,
men yon kesyon enpòtan.
Ki jan nou resevwa lespri sen
epi kontinye kenbe l?
Nou pral pale sou twa fason
byen rapid, nan Lik 11:13,
Jezi di papa nou ki nan syèl la
ap bay moun lespri sen
si yo mande l li
donk, priye pou sa.
Dezyèm bagay la sèke nou fè efò
pou n travay ak lespri sen.
Nou asiste reyinyon, nou al preche,
nou li Labib, nou travay ak lespri sen.
E twazyèm nan, nan Efezyen 4:30
li di: “Pa fè lespri Bondye lapenn.”
Donk, nou fè tout sa nou kapab
pou nou pa fè lespri sen
Bondye lapenn nan lavi nou.
Donk, nou priye pou sa,
nou travay ann amoni avè l
e, nou fè tout sa n kapab
pou n pa fè lespri Bondye lapenn.
Epi fòs ki pi pisan nan linivè a,
pi gwo fòs la, ap ede nou kat fason.
Ki kat fason sa yo?
Jezi te pale sou twa ladan yo
nan Jan 14:26.
Lespri sen ap vin tounen
yon èd pou nou,
l ap anseye nou, se dezyèm fason an
e l ap fè nou sonje bagay
Jezi te anseye yo.
Donk, nou ka di lespri sen
se yon èd memwa,
e byen sonje ekspresyon èd memwa a.
Priye Jewova pou l
fè lespri sen tounen
yon èd memwa pou ou
lè w anba pèsekisyon
pou l fè w sonje tout sa w ap
bezwen nan moman an.
Bon, yon lòt fason lespri sen
ap ban nou fòs
se nan sa Jezi te di nan
Jan 16:13 la, lè l te di
lespri sen ap gide nou e l ap ede
nou konprann laverite nèt.
Donk, ann sonje
kat fason li ka ede n:
lespri sen se yon èd, yon anseyan,
yon èd memwa, epi yon gid.
Si w ta gen pou travèse yon zòn
ki gen gwo dlo k ap desann
se pa ti kontan w t ap kontan pou w
gen yon gid ki konn zòn nan
ki pou ede w travèse san danje.
E, ki rezilta n ap jwenn finalman?
Ebyen, kèlkeswa pèsekisyon nou jwenn,
nou pap kite Dyab la devore nou,
ni vin fè yon sèl ak monn nan,
n ap kontinye rete lwen monn nan.
Lè sa n ap ka repete
pawòl Jewova yo
nou jwenn nan tèks pou jounen an
ki di se pa ni yon lame,
ni okenn pouvwa
men, se lespri sen Jewova k ap
ede nou andire pèsekisyon.
Se yon bagay ki toujou enpresyone m
lè m wè fason nou ka jwenn
fòs ki pi pisan nan linivè a
pou ede n chak jou ki pase.
Nan videyo mizik pou mwa sa a,
gade ki jan lespri sen bay
yon jèn frè fòs li bezwen
pou l kenbe esperans li byen klè
pandan yon moman difisil.
Jewova, Bondye’m nan,
Ou menm ki bon, ki jis.
Lè’w wè soufrans moun k’inosan,
Sa fè ou mal, ou tris!
Pafwa’m santi mwen ankòlè
Pou sa’m viv isiba.
Men, se pa dwa’m pou mwen vanje,
Se ou k’ap fè sa.
M’ap ret tann ou, Jewova,
Menm lè sa rèd pou mwen.
W’ap fè mwen jwenn jistis,
E w’ap byen defann mwen.
Mwen ka sibi anpil bagay,
Tankou fawouch, prizon
Nan men fanmi ak gouvènman,
Oubyen lòt fòm presyon.
Men, mwen deja prepare kè’m
Pou nenpòt sa’k rive.
Mwen byen konnen w’ap ban mwen fòs,
Sa fè kè mwen poze.
M’ap ret tann ou, Jewova,
Menm lè sa rèd pou mwen.
W’ap fè mwen jwenn jistis,
E w’ap byen defann mwen.
Jistis!
Mwen swaf jwenn jistis.
Men, se ou sèl k’ap bay li.
Jistis!
Fè nou jwenn jistis.
Konsa soufrans, doulè,
Tout ap kapab fini.
M’ap ret tann ou, Jewova,
Menm lè sa rèd pou mwen.
W’ap fè mwen jwenn jistis,
E w’ap byen defann mwen.
Menm prizon pa t ka fè jèn
frè nou an pèdi esperans li.
Avèk je lafwa, li te chwazi kite
chanm k ap fè l gen rankin
pou l al nan yon seri lòt
chanm k ap fòtifye l yo
tankou travay predikasyon an,
Sal Wayòm, lakay frè ak sè nou yo.
Èske w te aprann yon bagay
nan emisyon sa a
ki ka fè w vin pi djanm nan jou
oswa nan semèn k ap vini la yo?
Nou te wè jan sa vrèman enpòtan
pou n byen sèvi ak ti fòs
nou genyen an avèk sajès
e youn nan pi bon
fason nou ka fè sa
se lè nou ede lòt moun.
Nou te wè ki jan kèk frè ak sè
jwenn kè kontan nan
travay predikasyon an
lè yo adapte orè yo pou yo etidye
ak moun ki enterese yo.
E nou te wè plizyè
leson nou ka aprann
lè n fouye pi plis toujou
nan liv Jonas la.
Salitasyon nou pou mwa sa a
soti nan peyi Montenegwo.
Nan lang italyen yo pale
nan zòn Veniz la,
mo Montenegwo a vle di
mòn ki tou nwa.
E ta sanble yo te bay non sa a
poutèt gwo forè pwès ki te
kouvri mòn Montenegwo.
Menm lè li gen non sa a, Montenegwo
se yon peyi ki chaje ak koulè
e ki tankou yon ti bijou ki nan
zòn lanmè Adriyatik la.
Rivyè Tara a se youn nan rivyè
ki gen falèz ki pi fon
nan kontinan Ewòp la.
Lak Skodè a se youn nan pi gwo lak
ki nan zòn Balkan an
e ki gen yon bann zwazo
ki nan zòn nan,
prèske 280 espès.
Anpil moun vizite ansyen vil Kotò
pou yo wè bèl peyizaj ki ladan l
e pou yo mache nan bèl ti wout li yo
oswa pou yo mache nan
wout ki fè S ki genyen yo.
Istwa Montenegwo nan epòk nou an
makònen ak anpil gè ak soufrans.
Wayòm moun peyi Sèbi,
Kwowasi ak Sloveni
te anvayi Montenegwo an 1918.
Nan ane 1929, yo te vin rele l
wayòm Yougoslavi a
ki te gen ladan l peyi nou konnen
sou non Bosni-Ezegovin,
Kwowasi, Kosovo,
Masedwàn dinò,
Montenegwo, Sèbi ak Sloveni.
Apre Dezyèm Gè mondyal la,
yo te refòme l ankò sou non
Yougoslavi Sosyalis,
e annapre, li te vin sispann
egziste nan fen 20yèm syèk la.
Nan ane 2006 la, Montenegwo
te pran endepandans li
nan men Sèbi.
Tout mizè moun Montenegwo
yo te pase a
te fè yo vin gen yon kilti
kote moun yo bay yon
seri kalite anpil valè
tankou entegrite, imilite,
yo renmen fè sakrifis
e yo respekte lòt moun.
An 1922, Franz Brand, yon
jennòm ki sòti nan peyi Sèbi
te tande bon nouvèl la pou
premye fwa ann Otrich
pandan yon diskou yo t ap bay
kèk opozan te vin kanpe.
Piske li te renmen sa l te aprann yo,
Franz te deside li dwe preche
laverite ki nan Bib la.
Li te retounen nan peyi l,
e l te kòmanse etidye Labib
ak yon ti gwoup nan zòn nan.
E annapre, li demenaje al nan
vil Maribò ki nan Sloveni.
E se la l te jwenn travay antanke kwafè,
e li preche kliyan l yo ki te
rete byen trankil ap koute l
pandan l t ap fè cheve yo.
Yon lòt bò nan peyi a,
Alfred Tuček,
ki te mayestwo nan
òkès gad wayal yo
te gen yon kòlèg li ki te ba l yon
piblikasyon ki baze sou Bib la.
Li te kite djòb byen peye l te genyen
kòm mayestwo òkès militè a
e l te vin tounen youn
nan premye pyonye
nan ansyen Yougoslavi a.
Nan kòmansman ane 1930 yo,
li te vwayaje ansanm ak kèk lòt frè
pou y al montre moun yo
fotodram kreyasyon an.
Li menm ak Frida, madanm li,
te preche nan yon seri zòn
nou konnen jodi a
ki nan peyi Kwowasi,
Masedwàn,
Montenegwo, Sèbi,
sou bisiklèt e sou motosiklèt.
Jodi a, gen 432 pwoklamatè
nan peyi Montenegwo.
Se yon akwasman 4 pousan,
konpare ak ane 2024 la,
e yo kontinye chofe nan travay la.
Prèske yon tyè nan pwoklamatè
yo se pyonye yo ye.
Menm jan peyizaj la diferan
sot nan nò pou rive nan sid,
se konsa travay predikasyon an ye tou.
Nan Podgorica, ki se kapital
Montenegwo,
kongregasyon Podgorica nò
gen yon gwo tèritwa.
Gen kèk nan pwoklamatè yo
k ap viv nan yon distans
100 km konsa
parapò ak Sal Wayòm nan.
E yo gen pou yo vwayaje
prèske dezèdtan
pou yo vin nan reyinyon.
Youn oswa de fwa pa mwa,
pwoklamatè nan Podgorica fè vwayaj
pou yo ale nan yon vilaj ki pi lwen yo
pou yo preche ansanm
ak frè ak sè ki nan zòn nan
e pou yo rive jwenn
mezi moun yo kapab.
Yo konn kòmanse jounen an
ak yon reyinyon predikasyon
yo fè sou yon plas piblik.
Apre yo fin pase yon jounen
nan travay predikasyon an,
yo asiste reyinyon pa mwayen
videyo konferans,
epi yo pase nuit lan
lakay frè ak sè yo
epi yo retounen nan demen.
Pati sid peyi a gen anpil bèl plaj.
E gen kèk moman nan ane a,
touris yo konn 2 fwa pi plis
pase moun k ap viv nan zòn nan.
Donk, kongregasyon yo konsantre
sou predikasyon piblik la kote
ki gen touris yo pandan mwa sa yo
epi yo konsantre yo sou
travay predikasyon kay an kay
ak predikasyon nan biznis yo
lè pa gen anpil aktivite.
Zèl yo genyen an bay bon rezilta.
An 2024, te gen 769 moun
ki te asiste Memoryal lanmò Kris la.
37 pwoklamatè ki nan
kongregasyon Herceg Novi
voye lanmou yo
ak salitasyon yo
pou tout frè ak sè
ki nan monn nan.
Depi syèj mondyal Temwen
Jewova yo, se te Tele JW.
-