00:00:04
Mwen fèt nan yon fanmi ki gen
anpil chantè ak atis ki popilè.00:00:08
00:00:09
M panse moun ki te pi popilè a
se petèt papa m,00:00:12
00:00:12
Germán Valdés.00:00:14
00:00:14
Tout moun te konnen l
sou non Tin Tán.00:00:16
00:00:18
M te toujou renmen mizik.00:00:19
00:00:19
Depi m piti, m te toujou vle fè
konnen sa m panse,00:00:22
00:00:22
donk, m te pran gita m00:00:24
00:00:24
epi m kòmanse konpoze
mizik nan stil pa m. 00:00:26
00:00:30
Mwen pa t janm vle fè yon karyè
pwofesyonèl nan mizik.00:00:34
00:00:36
Se pa t sa m te vle.00:00:38
00:00:38
Men, yon ti tan apre papa m
te mouri, lè m te gen 15 an,00:00:42
00:00:42
pou m te ka ede fanmi m
nan domèn ekonomik,00:00:44
00:00:44
m te bezwen chèche yon travay.00:00:46
00:00:47
M te rantre nan
yon gwoup mizik,00:00:49
00:00:49
ki te fè m vin popilè
antanke aktè00:00:51
00:00:51
e antanke chantè.00:00:52
00:00:56
Sepandan, m te kòmanse reyalize00:00:58
00:00:58
anviwònman an ak moun yo 00:01:00
00:01:00
pa t bon pou mwen.00:01:02
00:01:02
Yo te imoral e yo pa t sensè.00:01:03
00:01:03
E konsa, m te sispann
fè moun konfyans.00:01:06
00:01:07
Lè m te aprann laverite,00:01:08
00:01:09
m te rankontre yon seri
de bon moun ki sensè00:01:11
00:01:11
e ki te vrèman renmen m.00:01:13
00:01:13
E konsa, lavi m te
kòmanse chanje.00:01:16
00:01:16
M te vin yon lòt moun.00:01:18
00:01:18
M te vin gen kè kontan00:01:20
00:01:20
e m pa t konn kote
pou m mete kò m.00:01:22
00:01:30
Antanke paran, nou te
vrèman gen sousi00:01:32
00:01:33
pou lè n retounen
nan peyi Meksik 00:01:35
00:01:35
pou endistri mizik la
pa t rale timoun nou yo00:01:37
00:01:37
al fè karyè nan mizik.00:01:39
00:01:40
Se pou rezon sa, mari m,
ansanm avè m00:01:42
00:01:43
te fè tout sa n kapab
pou n asire n sa pa rive.00:01:46
00:01:47
Gianna, pitit fi m nan,
te gen 17 an00:01:49
00:01:49
lè m te mande l pou l al ansanm
avè m nan yon randevou00:01:52
00:01:52
m te genyen nan vil Meksik la00:01:53
00:01:53
ak youn nan pi gwo konpayi
televizyon k te gen nan vil la. 00:01:56
00:01:57
E te gen yon mesye, yon moun
ki konn ap chèche talan,00:01:59
00:01:59
ki te wè Gianna epi l mande l:00:02:02
00:02:02
“Èske w konn chante tou?”00:02:03
00:02:03
Gianna di l: “Wi.”00:02:04
00:02:04
Gianna te chante,00:02:06
00:02:06
e mesye a te renmen fason
Gianna te chante.00:02:09
00:02:09
Li te tèlman renmen vwa Gianna00:02:10
00:02:10
opwen li envite Gianna pou l vin
nan biwo l menm kote a.00:02:14
00:02:14
M te tande l k ap di Gianna:00:02:15
00:02:16
“Gade, ou ka fè yon karyè nan
stasyon televizyon sa a.00:02:20
00:02:20
N ap fè w vin tounen yon
gwo chantè ki popilè.00:02:22
00:02:22
M vle fè yon kontra avè w.00:02:23
00:02:23
Vini lendi, pou n siyen kontra a.”00:02:25
00:02:26
Lè Gianna te sot nan biwo a,
m te pè anpil.00:02:30
00:02:30
Epi, m te mande l:00:02:31
00:02:31
“Èske w te aksepte òf la?”00:02:33
00:02:33
E Gianna di:
“Non, man!00:02:35
00:02:35
M tèlman renmen sèvis mwen
pou Jewova a.00:02:37
00:02:37
Kòman m ta ka aksepte
yon bagay konsa?00:02:40
00:02:40
M renmen sèvis pyonye m nan.”00:02:42
00:02:42
E se pa ti sezi n te sezi
yon semèn annapre, 00:02:45
00:02:45
nou te resevwa yon apèl
kote yo te envite l vin patisipe 00:02:48
00:02:48
nan yon pwojè mizik
Betèl la t ap fè.00:02:50
00:02:50
E kounye a, se pa ti
kontan l kontan00:02:52
00:02:52
sèvi ak bèl ti vwa l la
pou Jewova,00:02:54
00:02:54
e l kontinye fè sa jis kounye a.00:02:56
00:02:57
Pandan ane yo,00:02:58
00:02:58
nou te gen posibilite kite
Jewova sèvi avèk nou 00:03:01
00:03:01
nan yon seri pwojè mizik
Betèl la t ap fè.00:03:04
00:03:08
Pafwa, m te wè
kòman Satan mete00:03:10
00:03:10
tout kalite obstak
sou wout mwen.00:03:12
00:03:12
M te jwenn yon òf pou
yon pwojè yo t ap fè00:03:14
00:03:14
pou yo onore papa m,00:03:16
00:03:16
pwojè sa t ap mande m
anpil anpil tan pou m fè l.00:03:18
00:03:18
Byennantandi, sa ta pral
gen efè tou00:03:20
00:03:20
sou sèvis mwen
antanke pyonye,00:03:22
00:03:22
donk, mwen te refize òf la.00:03:24
00:03:25
Jewova te rekonpanse m
pandan ane yo t ap pase.00:03:29
00:03:29
Chak fwa m te jwenn yon òf
e m te refize òf la,00:03:32
00:03:32
Jewova te ban m
yon bagay anretou.00:03:34
00:03:35
Pa egzanp, nou te gen opòtinite
pou n ede nan diferan travay00:03:39
00:03:39
ki t ap fèt pou lekòl teyokratik yo.00:03:42
00:03:44
Tout difikilte sa yo m te rankontre00:03:46
00:03:46
te aprann mwen pou m
fè Jewova konfyans.00:03:48
00:03:48
E jan apot Pòl di sa:00:03:50
00:03:50
“San lafwa li enposib pou
yon moun fè Bondye plezi, [...]00:03:53
00:03:53
e li tounen sila ki rekonpanse
moun k ap chèche l toutbonvre [yo].”00:03:57
00:03:59
Sa fè m kontan anpil lè m ap
preche ak manman m,00:04:02
00:04:02
ki gen plis pase 90 an kounye a.00:04:05
00:04:05
Nou byen pwofite
diferan aspè00:04:07
00:04:07
ki gen nan sèvis nou
pou Jewova.00:04:09
00:04:09
Pandan ane yo t ap pase,00:04:11
00:04:11
plizyè manm fanmi m
te mande yon etid Labib,00:04:14
00:04:14
e gen kèk nan yo ki vin
Temwen Jewova.00:04:17
00:04:19
M renmen wè lè manman m,
pitit fi m nan, mwen menm,00:04:23
00:04:23
n ap pase ti tan ansanm,
n ap jwe gita, n ap chante,00:04:26
00:04:26
epi n pase bon ti moman
youn ak lòt.00:04:29
00:04:33
M pa ka tann pou jou a rive00:04:36
00:04:36
pou m wè papa m ankò
nan monn nouvo a.00:04:38
00:04:38
Se pa ti akèy piti non
m ap ba li! 00:04:41
00:04:41
M ap prezante l pitit mwen yo,00:04:42
00:04:42
e m ap mennen l
bay manman m.00:04:44
00:04:44
M ta swete se bò lanmè.00:04:46
00:04:46
Epi, sa m ta sitou vle fè00:04:48
00:04:48
se pou nou chante ansanm,
jan n te konn fè sa anvan.00:04:52
00:04:52
Mwen pran detèminasyon00:04:54
00:04:55
pou m ret fidèl ak Jewova
pou toutan.00:04:57
Ki kote yo ye kounye a? Rosalía Phillips: Sa ekri, m ap rewè l ankò
-
Ki kote yo ye kounye a? Rosalía Phillips: Sa ekri, m ap rewè l ankò
Mwen fèt nan yon fanmi ki gen
anpil chantè ak atis ki popilè.
M panse moun ki te pi popilè a
se petèt papa m,
Germán Valdés.
Tout moun te konnen l
sou non Tin Tán.
M te toujou renmen mizik.
Depi m piti, m te toujou vle fè
konnen sa m panse,
donk, m te pran gita m
epi m kòmanse konpoze
mizik nan stil pa m.
Mwen pa t janm vle fè yon karyè
pwofesyonèl nan mizik.
Se pa t sa m te vle.
Men, yon ti tan apre papa m
te mouri, lè m te gen 15 an,
pou m te ka ede fanmi m
nan domèn ekonomik,
m te bezwen chèche yon travay.
M te rantre nan
yon gwoup mizik,
ki te fè m vin popilè
antanke aktè
e antanke chantè.
Sepandan, m te kòmanse reyalize
anviwònman an ak moun yo
pa t bon pou mwen.
Yo te imoral e yo pa t sensè.
E konsa, m te sispann
fè moun konfyans.
Lè m te aprann laverite,
m te rankontre yon seri
de bon moun ki sensè
e ki te vrèman renmen m.
E konsa, lavi m te
kòmanse chanje.
M te vin yon lòt moun.
M te vin gen kè kontan
e m pa t konn kote
pou m mete kò m.
Antanke paran, nou te
vrèman gen sousi
pou lè n retounen
nan peyi Meksik
pou endistri mizik la
pa t rale timoun nou yo
al fè karyè nan mizik.
Se pou rezon sa, mari m,
ansanm avè m
te fè tout sa n kapab
pou n asire n sa pa rive.
Gianna, pitit fi m nan,
te gen 17 an
lè m te mande l pou l al ansanm
avè m nan yon randevou
m te genyen nan vil Meksik la
ak youn nan pi gwo konpayi
televizyon k te gen nan vil la.
E te gen yon mesye, yon moun
ki konn ap chèche talan,
ki te wè Gianna epi l mande l:
“Èske w konn chante tou?”
Gianna di l: “Wi.”
Gianna te chante,
e mesye a te renmen fason
Gianna te chante.
Li te tèlman renmen vwa Gianna
opwen li envite Gianna pou l vin
nan biwo l menm kote a.
M te tande l k ap di Gianna:
“Gade, ou ka fè yon karyè nan
stasyon televizyon sa a.
N ap fè w vin tounen yon
gwo chantè ki popilè.
M vle fè yon kontra avè w.
Vini lendi, pou n siyen kontra a.”
Lè Gianna te sot nan biwo a,
m te pè anpil.
Epi, m te mande l:
“Èske w te aksepte òf la?”
E Gianna di:
“Non, man!
M tèlman renmen sèvis mwen
pou Jewova a.
Kòman m ta ka aksepte
yon bagay konsa?
M renmen sèvis pyonye m nan.”
E se pa ti sezi n te sezi
yon semèn annapre,
nou te resevwa yon apèl
kote yo te envite l vin patisipe
nan yon pwojè mizik
Betèl la t ap fè.
E kounye a, se pa ti
kontan l kontan
sèvi ak bèl ti vwa l la
pou Jewova,
e l kontinye fè sa jis kounye a.
Pandan ane yo,
nou te gen posibilite kite
Jewova sèvi avèk nou
nan yon seri pwojè mizik
Betèl la t ap fè.
Pafwa, m te wè
kòman Satan mete
tout kalite obstak
sou wout mwen.
M te jwenn yon òf pou
yon pwojè yo t ap fè
pou yo onore papa m,
pwojè sa t ap mande m
anpil anpil tan pou m fè l.
Byennantandi, sa ta pral
gen efè tou
sou sèvis mwen
antanke pyonye,
donk, mwen te refize òf la.
Jewova te rekonpanse m
pandan ane yo t ap pase.
Chak fwa m te jwenn yon òf
e m te refize òf la,
Jewova te ban m
yon bagay anretou.
Pa egzanp, nou te gen opòtinite
pou n ede nan diferan travay
ki t ap fèt pou lekòl teyokratik yo.
Tout difikilte sa yo m te rankontre
te aprann mwen pou m
fè Jewova konfyans.
E jan apot Pòl di sa:
“San lafwa li enposib pou
yon moun fè Bondye plezi, [...]
e li tounen sila ki rekonpanse
moun k ap chèche l toutbonvre [yo].”
Sa fè m kontan anpil lè m ap
preche ak manman m,
ki gen plis pase 90 an kounye a.
Nou byen pwofite
diferan aspè
ki gen nan sèvis nou
pou Jewova.
Pandan ane yo t ap pase,
plizyè manm fanmi m
te mande yon etid Labib,
e gen kèk nan yo ki vin
Temwen Jewova.
M renmen wè lè manman m,
pitit fi m nan, mwen menm,
n ap pase ti tan ansanm,
n ap jwe gita, n ap chante,
epi n pase bon ti moman
youn ak lòt.
M pa ka tann pou jou a rive
pou m wè papa m ankò
nan monn nouvo a.
Se pa ti akèy piti non
m ap ba li!
M ap prezante l pitit mwen yo,
e m ap mennen l
bay manman m.
M ta swete se bò lanmè.
Epi, sa m ta sitou vle fè
se pou nou chante ansanm,
jan n te konn fè sa anvan.
Mwen pran detèminasyon
pou m ret fidèl ak Jewova
pou toutan.
-