JW subtitle extractor

Tele JW — Avril 2026

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou kontan akeyi nou
nan emisyon Tele JW.
Mwa sa a, nou pral aprann
fason pou n wè tèt nou
jan Jewova wè nou,
yon fason ki demontre lanmou.
Nou pral byen fouye
nan liv Miche a
pou n ka aprann yon seri leson
enpòtan sou onètete ak modesti.
E nou pral wè fason
menm kèk ti jès nou fè
pou n demontre bonte
ka gen efè k ap dire
sou lòt moun.
Sa a se emisyon Tele JW.
Frè m ak sè m yo,
èske sa deja rive
pou n santi n
menm jan ak sè sa a
ki te ekri nan yon lèt:
“Kèlkeswa jan mwen
renmen Jewova
oswa kèlkeswa efò mwen fè
pou m sèvi l,
mwen toujou santi tout efò
fè yo pa ase.”
Malerezman, pafwa, kè nou
ki enpafè, konn di nou
kèlkeswa gwo efò n fè
nou pap janm rive fè
kè Jewova kontan.
Oswa tou, malgre nou konnen
Jewova se yon Bondye
ki renmen padone,
petèt nou ka toujou santi
nou koupab pou sa nou te di
oswa sa nou te fè nan tan lontan.
Erè nou te fè oswa move bagay
nou te di oswa fè depi byen lontan
ka toujou ap repase nan lespri nou,
sa ki ka fè nou santi nou
dekouraje oswa deprime.
Byen petèt, pifò nan nou konn
santi nou konsa detanzantan.
Sa k fè n di sa?
Ebyen, ann gade
ki sa Jewova te enspire apot Jan
pou l ekri nan 1 Jan 3:19, 20.
Vèsè sa yo se baz sijè
nou an ki gen tèm:
“Bondye pi gran pase kè nou.”
1 Jan 3:19, 20 di:
“Se konsa n ap konnen
se pou laverite nou ye,
e n ap bay kè nou
asirans devan Bondye
konsènan nenpòt bagay kè
nou ta kondane nou pou li,
paske Bondye pi gran pase kè nou,
e li konn tout bagay.”
Bon, remake fason Jan sèvi
ak fòm pliryèl la lè l di “kè nou”:
“N ap bay kè nou asirans
devan Bondye”
epi, “kè nou ka kondane nou.”
Donk, wi, li posib pou
menm apot Jan
te gen santiman negatif
konsènan tèt li.
Men, Jan ban nou asirans
nou ka gen konfyans
Jewova byen wè nou lè l ap gade nou.
Jan vèsè a di a nou “konnen
se pou laverite nou ye”.
Ki jan ou te fè vin yon kretyen?
Ki jan sa te kòmanse?
Ebyen, se grasa Pawòl Bondye a
nou te tande laverite
e nou te aksepte l.
Nou te aksepte Jezi Kris ansanm
ak verite li te anseye yo.
Nou te rejte monn nan ak manti l yo.
Nou fè efò pou nou imite Kris,
pou nou renmen frè n yo
e pou n eseye fè sa ki dwat.
Donk, “se pou laverite nou ye”.
Se laverite ki fè ou menm avè m
vin sa nou ye jodi a.
Reyalite sa a deja ede nou
gen konfyans
Jewova pran plezi nan nou
antanke manm fanmi l.
Menm lè sa, pafwa, kè nou
ka kondane nou.
Poukisa sa konn rive,
e ki jan sa konn fèt?
Ebyen, sa gen rapò ak konsyans nou.
Anpil fwa, lè Pawòl Bondye a
ap pale de kè nou,
se nan sans senbolik li pale,
sa vle di moun nou ye pa anndan an,
tout pèsonalite nou.
Men sa Toudegad 1ye out 1997 te di:
“Labib makònen konsyans lan
ak kè senbolik,
kè sa a gen rapò ak santiman
nou ak emosyon nou.”
Atik la site Women 2:15,
kote Pòl esplike
ki jan konsyans lan fonksyone
menm lakay moun ki pa
anba Lwa Moyiz la.
Annou li vèsè a.
Women 2:15 di:
“Se moun sa yo menm ki montre
sa lalwa mande yo ekri nan kè yo,
tandiske konsyans yo ap rann
temwayaj ansanm avèk yo
e, nan pwòp panse yo, yo
santi konsyans yo akize yo
oswa li dakò avèk yo.”
Donk, konsyans Bondye ban nou an ka
akize nou oswa li ka dakò avèk nou.
Li ka avèti nou pou n pa
pran yon move direksyon.
Konsyans nou ka jwe wòl li tou
apre nou fin fè yon bagay ki mal.
Lè David t ap kouri pou wa Sayil,
li te koupe yon moso nan
rad ki pa anlè
rad wa Sayil te gen sou li
pandan li te nan gwòt la.
1 Samyèl 24:5 di:
“Apre sa, konsyans David
te vin ap kale l.”
Yon lòt fason nou ka tradui
mo “kè” a se “konsyans”.
Konsyans David te fè l konnen
li te manke respè pou Sayil,
wa Bondye te chwazi a.
Se poutèt sa, konsyans
nou pèmèt nou
egzamine tèt nou
epi rive jije tèt nou.
Lè konsyans nou repwoche nou,
sa ka pouse nou repanti
epi korije fason n ap aji.
Yon lòt bò,
si konsyans nou vin twò di,
santiman ki fè n santi n koupab
ka vin anvayi nou
e nou ka vin kwè Jewova
pap padone nou,
kèlkeswa jan nou repanti.
Oswa, yon konsyans
ak yon kè ki twò di
ka fè nou vin kwè nou dwe pafè
pou n fè Bondye plezi.
Jan Pòl te esplike sa
nan Women 2:15 lan,
konsyans nou aji tankou yon jij
pou wè si nou koupab oswa n inosan.
Pou n byen konprann, ann imajine
y ap jije nou devan tribinal.
Jij la, ki reprezante konsyans nou,
egzamine tout enfòmasyon ak
prèv temwen yo prezante sou nou.
E temwen yo se panse nou.
Yon bon jij ap koute temwen
ki sou toule de bò yo
pou l ka pran yon desizyon
ki jis e ki kòrèk.
Men, e si jij la deside koute
sèlman temwen ki akize w yo?
Panse k ap akize w yo mande pou
yo jije w e pou pini w byen di.
Anfèt, se kòmsi y ap di jij la:
“Li pa dwe janm bliye sa l fè a.
Li te dwe pi byen aji.
Li fèb e li gen move dezi.
Li merite pase anpil tan nan prizon.”
Donk, piske jij sa a sèlman tande
temwen ki akize w yo
e li pa tande okenn temwen
k ap pran defans ou,
men sa l deside:
“Ou koupab!
Ou dwe al nan prizon.”
Menm jan an tou,
si nou pa byen fòme konsyans nou,
li ka sanble ak jij enjis sa a ki kondane nou
nan yon prizon senbolik ki se santiman
ki fè n santi n koupab yo,
li fè n toujou santi n dekouraje
e n toujou ap panse mal de tèt nou.
Ki kalite jij konsyans ou ye?
Sonje sa, lè konsyans nou byen fòme,
li ka fè n santi n pa koupab
lè nou gen panse negatif.
Donk, pou konsyans nou
ka jije nou kòrèkteman
nou bezwen fòme l pou l pa
sèlman konnen lwa Jewova yo,
men tou, pou l konnen Jewova,
Sila ki bay lwa yo,
e ki se pi gwo Jij la.
Toudegad 1ye septanm 1976
gen yon atik ki gen tèm
“Fòme konsyans nou pou l
ka ede nou plis toujou”.
Men sa l di :
“Lè n ap gen pou n fòme konsyans nou,
nou dwe sonje
kalite prensipal Bondye se lanmou.
E li fè nou konn sa nan Bib la
ak nan fason li boule ak sèvitè l yo.”
Sa a se sekrè a.
Bib la anseye nou Jewova
renmen jistis,
men li rezonab nan fason
li aplike lwa l yo.
Li chaje ak mizèrikòd
e li gen lanmou fidèl.
Se lanmou ki pouse l fè tout sa l fè yo.
Lè nou konnen kalite Jewova
genyen yo,
sa ka gide konsyans nou pou n
jije tèt nou yon fason ki ekilibre.
Nou pap sitirè,
nou pap jistifye move konduit,
men, anmenmtan, nou pap jije tèt nou
yon fason ki pa jis oswa ki twò di.
Ann kontinye ak egzanp lan,
si jij la se yon bon jij ki konn Jewova,
l ap koute temwen k ap pale
pou defans nou an tou.
Panse n yo ta ka di fwa sa a:
“Talè jij.
Nou pa dwe jije l sou erè l
te fè lontan yo sèlman.
Li lè pou w padone l e pou w
efase peche l yo nan dosye w.
Li deja peye pou sa l fè a.
Li fè twòp tan ap soufri
pou sa l te fè yo.
Li repanti.
Li pa ka chanje sa k te pase a,
men, gade aksyon li fè
ki montre li repanti.
Kounye a, li se yon lòt moun.”
Lè n konnen Jewova
e nou rann nou kont
li konnen nou tou,
sa bay kè nou asirans devan Bondye
konsènan “nenpòt bagay kè nou
ta kondane nou pou li,
paske Bondye pi gran pase kè nou,
e li konn tout bagay”.
Èske sa pa fè kè nou poze?
Jewova konnen kè senbolik nou,
sa vle di moun nou ye pa anndan an.
Li wè erè nou fè, men tou,
li wè sa k pouse nou aji,
santiman nou,
dezi pou nou fè sa ki dwat
ak kapasite nou.
Li wè tout sitiyasyon
ki enfliyanse fason n aji,
tankou kòd jenetik nou
ak enpèfeksyon nou eritye a.
Konsènan mizèrikòd Jewova,
men sa liv Perspicace la di,
anba tèm “Mizèrikòd” la:
“Pa gen dout, se peche ki pi gwo
enfimite lèzòm genyen
e se li ki prensipal sous pwoblèm yo,
se nan men Adan, zansèt nou, yo eritye l.
Se sa k fè, yo tout nan
yon move kondisyon
e yo vrèman bezwen moun ede yo.
Jewova Dye aji avèk mizèrikòd […]
lè l bay mwayen pou yo ka vin
libere anba gwo enfimite sa a.”
Kidonk, nan yon sans,
Jewova wè nou tankou moun
ki enfim, e sa touche kè l,
sa pouse l fè nou mizèrikòd.
Ann egzamine yon egzanp
ki montre jan Jewova pi gran
pase kè sèvitè l yo.
N ap pran egzanp Pyè.
Nan pi move nuit nan lavi l,
Pyè te nye Jezi twa fwa, se pa t yon sèl fwa.
Li te menm di li pa t rekonèt li.
Nan nuit sa a, lè Seyè a te vire gade Pyè,
je l te tonbe nan je Pyè.
Èske w panse Pyè t ap janm
bliye moman sa a.
Èske l posib tou, annapre,
pou chak fwa yon kòk chante,
Pyè te reviv moman an
nan lespri l?
Èske l t ap plede repase nan tèt li
sa l te fè nan nuit sa a,
lè l te di: ‘Mwen pa konnen l,
mwen pa konnen l’?
Byen petèt, nou pa konnen.
Men, sa nou konnen,
se jan Jezi te ede Pyè venk santiman
negatif li yo ki te twòp pou li.
Nan menm jou Jezi te resisite a,
li te parèt devan Pyè apa,
sanble pou l te bay Pyè yon
okazyon pou l montre l repanti.
Nou pa konn sa Jezi te di l,
men, èske Pyè t ap janm
bliye konvèsasyon sa a?
Annapre, dapre Jan chapit 21,
Jezi te bay Pyè okazyon pou l montre
li renmen l devan lòt disip li yo,
e Pyè te fè sa twa fwa.
E devan lòt apot yo,
Jezi te konfye Pyè yon travay enpòtan.
Donk, olye Pyè te kontinye
ap repase nan tèt li:
‘Mwen pa konnen l,
mwen pa konnen l’,
kounye a, li te gen yon lòt souvni,
yon bèl souvni li te ka
repase nan lespri l.
Jewova, grasa Pitit li a, Jezi Kris,
te montre Pyè Li pi gran
pase kè li ki enpafè.
Pou fini, ki sa nou te aprann?
Yon bon konsyans pa tolere
nenpòt bagay,
men li pa twò di nonplis.
Nou bezwen aprann wè tèt nou
jan Jewova wè nou,
epi gen konfyans li apresye
tout efò n ap fè pou n sèvi l
e li pa jije nou yon fason ki di.
Wi, se vre, “Bondye pi gran pase kè nou”.
Ann aksepte lanmou Jewova nètale,
ansanm ak bèl fason li ede nou
fè volonte l ak konfyans e nan lajwa.
Ann wè fason frè ak sè nou yo
te aprann leson sa a
epi rive jere santiman
kòmkwa yo pa gen valè.
Sa pa fasil lè w ap fè fas ak
yon pwoblèm ou pa ka rezoud
e w pa ka wè l,
men w santi l la.
Mwen menm ak mari m
t ap viv byen ansanm.
Nou te gen de timoun,
mari m te ansyen
e m t ap sèvi antanke pyonye.
Epi yon bon jou, bridsoukou konsa,
sanzatann li tonbe l mouri.
Nan kèk minit,
mwen te gentan yon vèv.
M te rayi mo sa a.
Pou mwen menm,
li te vle di feblès.
Bagay sa te fè m pa konn
kiyès mwen te ye ankò.
M te santi m pa itil
e m te debousole.
Lè m te piti,
papa m pa t leve m
jan yon papa ta dwe leve
yon pitit gason l genyen.
Tank m t ap grandi se kòmsi
te gen yon vwa dèyè tèt mwen
ki te toujou ap fè m konnen
mwen pa itil,
mwen pa konn fè anyen
e m pa konn anyen.
Mwen te toujou gen santiman sa a
jiskaske m granmoun.
E jiskounye a, mwen kontinye
ap fè fas avèk difikilte sa yo.
Lè m te gen 22 an, m te aprann
m gen yon twoub mantal
ki fè moun gen anpil enkyetid ak
panse nuizib ki bay anpil tèt chaje.
Se yon maladi ki fè moun
toujou gen dout sou tèt yo.
Li fè w gen dout sou tout bagay.
Tout lajounen, tout lannuit ou
toujou santi w fè yon bagay ki mal.
Li ka menm fè w rele polis pou tèt ou.
E se yon gwo kalamite paske ou pa
janm sispann gen dout sou tèt ou.
M te toujou ap goumen
ak panse negatif.
Se te yon defi mwen
pa t janm ka leve.
M te toujou vle ka di tout moun:
“Mwen anfòm, mwen anfòm.”
Men an reyalite,
m pa t anfòm vre.
Sa te ka kraze m.
Sa te ka kraze m nèt
si m pa t gen èd Jewova
ansanm ak pèp li a.
Mwen te gen yon zanmi m ki t ap fè fas
avèk menm pwoblèm sante avè m.
Lè m te dekouvri nou toule de
nou t ap fè fas avèk menm pwoblèm,
nou te gen menm panse, menm
enkyetid ak menm laperèz yo,
o wi,
sa te ede m!
M te santi se Jewova
ki te voye frè sa a nan lavi m.
Sa konn ede m lè m voye mesaj
bay yon zanmi pou m di l
‘m tris jodi a’ epi pou l mande m
‘ki sa w genyen?’
E pou m di l ‘m jis anvi
plenyen bay yon moun’.
E pou l reponn ‘mwen la,
m ap koute w’.
Gendelè, lè m ap prepare
yon patisipasyon m genyen,
m pa toujou santi
m se pi bon moun nan,
moun ki pi kalifye a.
E petèt, se pa mwen ki kalifye vre.
Men, m konnen Jewova
wè m ap eseye.
Jan Revelasyon 4:11 di l la,
m santi Jewova “merite”
tout sa m ka ba li,
“glwa, onè ak pisans”.
Nenpòt bagay mwen gen
pou m ba li, li merite l.
M konnen l bay sa valè.
Epi, mwen konnen li kontan
ak nenpòt moun
k ap fè tout sa yo kapab
menmsi yo santi yo pa vo anyen.
E w konnen w dwe ale nan Sal
Wayòm nan pou w adore Jewova
ansanm ak zanmi w yo,
menmsi w konnen w ka
kriye pandan reyinyon an
oswa pandan y ap
chante yon kantik.
Men pa gen pwoblèm,
se pa grav si w montre sa w
santi pandan ti tan sa a.
Sa ap ede w lè w montre
zanmi w yo jan w santi w.
E sa ap fè w vin pi pwòch
ni ak Jewova
ni ak frè ak sè li ba ou yo
nan kongregasyon an.
Se chak jou m ap fè efò pou m
wè tèt mwen jan Jewova wè m.
Lapriyè vrèman ede m.
Lefètke m konnen Jewova konnen
m ap soufri ansanm avèk maladi sa a,
sa soulaje m anpil.
Gendelè m santi m vrèman ajite,
lè m santi m konsa m priye Jewova
epi m mande l pou l
ede m kalme lespri m.
Epi sa ki vrèman ede m se fason
Jewova reponn priyè m.
An reyalite, se bagay sa a
ki plis enpresyone m.
Paske sa konn rive,
ou priye Jewova ou mande l
yon bagay,
ou pa konn ki sa w ta
bay pou w ta jwenn li
e w pa ka di pèsonn sa.
Epi, sanzatann Jewova
ba w bagay la.
Pa gen manti nan sa.
Vrèmanvre, se Jewova k ap ede m.
Nou bezwen wè Jewova
tankou yon papa,
menm jan Jezi te fè sa.
Jan 17 fè konnen,
yon ti tan anvan yo touye l,
li t ap sipliye Jewova.
Menm relasyon sere sa a, Jan 17
esplike Jezi te genyen ak Jewova a,
se menm li menm m vle
genyen ak Jewova tou.
Lekti m te fè nan Bib la sou fason
Jewova wè vèv yo te vrèman ede m.
Avèk letan, m te vin konprann
fason Jewova wè vèv yo
diferan nèt ak fason
monn nan wè yo.
Ann Izrayèl, Jewova te bay anpil lwa
ki konsène fason
pou yo trete vèv yo.
Tout sa te ede m konprann
Jewova toujou avè m.
Mo “vèv” la vin pa gen yon sans
negatif pou mwen ankò.
Kounye a m konnen,
mwen nan yon ti plas espesyal
nan men Jewova.
Jewova renmen nou plis pase jan
nou menm nou ta ka renmen tèt nou.
Li se yon sous ankourajman pou nou.
Lanmou sa a li gen pou nou an,
ka ede n rejte tout panse
negatif nou yo.
Panse Jewova yo pi wo
lontan pase panse pa nou.
Li konnen tout santiman nou,
tout sa k ap ban nou pwoblèm,
tout doulè nou e tout sa
ki fè kè n kontan.
M vle w konnen
Jewova renmen w.
Jewova ap fè n jwenn konsolasyon
pa mwayen lapriyè e pa mwayen
frè ak sè nou yo ki renmen nou.
Jan sè Wood te di sa,
nou nan yon ti plas
espesyal nan men Jewova.
N ap jwenn plis leson toujou
sou eksperyans sè Wood
nan yon entèvyou konplè k ap
parèt pi devan nan mwa sa a.
Lè moun demontre
bonte anvè nou
sa fè n anvi demontre
bonte pou lòt moun tou.
Nan pwochen epizòd Fè file fè,
nou pral wè fason n ka demontre
bonte menm jan ak Jewova.
Bonjou.
Mwen rele Jonathan.
E n ap suiv “Fè file Fè”.
Jodi a, nou pral pale
sou yon kalite
ki te atire moun ki fè peche yo,
moun ki malad yo,
timoun yo,
bò kote Jezi,
se bonte.
Menm jan ak Jewova,
Jezi te demontre bonte
ni pou moun ki bon
ni pou moun ki mechan.
Jezi pa t demontre bonte
paske lòt moun te demontre
bonte anvè l anvan
oswa paske yo te renmen l.
Okontrè, Jezi te toujou
demontre bonte
paske l te konprann
fason kalite sa a
ka gen efè sou lòt moun
ak fason sa ka bay
Jewova louwanj.
E nou menm jodi a?
Anvè ki moun nou ka
demontre bonte e ki lè?
Ey, gade, tan vizit nou an
fini kounye a,
nou dwe ale tousuit.
O! m vrèman dezole!
M panse n gen yon ti tan toujou.
Nou rete senk minit.
Sa bon, Emily.
Tori, l ap pi bon pou n ale,
n ap retounen apre.
Lefètke sè n nan te deside
ale san bri san kont
ansanm ak gwoup la
menm lè l te konnen
ret kèk minit toujou,
sa montre li te gen matirite.
Èske l te ka fè plis toujou?
Sa mennen nou nan premye etap
pou n demontre bonte ki se:
mete w nan plas lòt moun.
Mande tèt ou:
“Ki pwoblèm petèt
moun nan ap travèse
oswa ki sa l bezwen?”
Apre sa, montre w gen
sousi pou li
lè w pran san w pou w koute l.
Medam nou mèt, ale.
M ap jis annik di l yon ti mèsi...
Bonjou.
Bonjou.
Mwen te jis vle di w mèsi
poutèt w ap byen pran swen
zanmi m nan.
Pa gen pwoblèm.
Eskize m paske m
te dirèk konsa talè a.
Se jis... nou okipe anpil e pa gen
ase moun pou fè travay la.
Sa vrèman estrawòdinè pou n
wè sa yon senp “mèsi” ka fè!
Sandout, se sa enfimyè a
te bezwen.
Lè yon moun di nou sa l santi,
nou bezwen pale avè l ak tout
kè nou e avèk respè.
Sa se dezyèm konsèy la.
Lè n demontre bonjan sousi
pou lòt moun,
sa parèt klè nan fason nou pale.
Nou bezwen byen chwazi mo
n ap itilize ak fason n ap pale
epi evite di nenpòt bagay ki ta ka
blese moun nan.
Se jis... nou okipe anpil paske
pa gen ase moun pou fè travay la.
Ou pa bezwen eskize w pou sa.
Mwen sèten travay antanke
enfimyè bay anpil satisfaksyon,
men pafwa, sa ka difisil tou.
Jodi a, se youn nan moman sa yo.
Bon, omwen ou gen
yon bon ti gode te.
M te genyen, men, li te tonbe.
M poko gen tan pou
m al chèche yon lòt.
Ebyen, ou te vrèman
gen yon jounen difisil.
Mwen rele Mandy.
Mwen se Mary.
Mwen kontan rankontre w.
Ban m kite w travay.
Se te yon bèl egzanp!
Sè nou an te fè yon moun
santi l pi byen.
Piske l vin konn sa enfimyè a
santi, petèt li ta ka ede l.
Sa a se twazyèm etap la.
Bonte mande plis pase
refleksyon ak pawòl,
sa mande pou n aji.
Donk, nou vle chèche okazyon
pou n ede moun yo.
Èske sa pa mande tan,
enèji ak sakrifis?
Petèt.
Men, sa ap bay bon rezilta.
Men sa m pot pou ou.
Ou merite l.
O-o!
Ou pa t oblije fè sa!
Mwen konnen, men,
mwen te vle fè sa.
Mèsi anpil.
Èske m ka poze w yon kesyon?
Mm-hm.
Dam sa a nou vin wè a,
kiyès li ye?
M remake gen anpil moun
ki vin wè l.
Li se yon bon bon zanmi.
M ta ka di nou se yon fanmi.
Nou se Temwen Jewova.
A-a-a!
Moun nan relijyon sa a
toujou janti.
Mèsi.
Tori se bon bon zanmi m.
Nou dwe toujou sensè
lè n ap demontre bonte.
Sa ka rive nou demontre bonte,
men, nou pa rive pale
ak moun nan sou Bib la.
Sepandan, moun yo ap
pi dispoze koute mesaj nou an
lè yo wè nou gen sousi
pou yo toutbon.
Donk, ann rezime twa etap
pou n demontre bonte yo:
1) Mete w nan plas moun nan.
Panse ak sa l bezwen
ak sa k ap trakase l.
Lè l ap di w sa l santi,
koute l.
2) Pale ak tout kè nou
e avèk respè.
Moun yo ka wè lè n demontre
bonjan konpasyon
nan fason n pale ak mo n itilize.
3) Bay yon èd pratik.
Lè n chèche fason pou n
ede moun yo,
sa ka bay okazyon pou n
pale sou Bib la.
Men, sonje sa, bagay ki
pi enpòtan nou ka fè se:
imite Jezi lè n demontre
lanmou pou moun yo.
Paske, jan Bib la di sa:
“Lanmou gen [...] byenveyans.”
Lè n byen fouye e n aplike
sa ki nan Bib la,
l ap pi fasil pou n demontre
sousi pou lòt moun.
Ann wè fason n ka jwenn tout
detay nan yon vèsè biblik
e fason n ka reflechi
sou chak ti detay sa yo
pandan n ap fouye pou n
jwenn trezò nan liv Miche a.
Di m non,
sa w panse de liv Miche a menm?
Bon, m konnen Miche 6:8
se vèsè manmi pi renmen,
apa sa, m pa wè ki rapò
liv sa a genyen ak rès Bib la.
Wi, m dakò.
Men, ki sa ki te fè w
al ladan l menm?
Bon, premyèman, m te chèche
aprann ki sa k t ap pase
nan epòk Miche te ekri liv sa a.
Mhh, sa se yon bon teknik.
Kontèks la enpòtan.
Ki jan w te fè jwenn teknik sa a?
Bon, m te kòmanse chèche
referans yo te bay yo.
Sa te mennen m nan 2 Kwonik 27-29.
E sa mennen m dirèkteman
nan epòk kote Miche te pwofèt la.
Te gen twa wa ki te pase
pandan Miche te pwofèt la:
Jotam, Ahaz ak Ezekyas.
E Ahaz pa t ede pèp la sèvi Jewova ditou.
Oooh, se te yon move wa,
misye pa t bon menm.
Li te menm sakrifye pwòp pitit li.
Bon, pèp la pa t pi bon nonplis.
Bib la fè n konnen,
menm lè yon bon wa tankou Jotam t ap dirije
“pèp la te kontinye mal aji.”
Wi, e travay Miche se te pou l fè yo
konnen bagay mal yo t ap fè yo.
Li te dwe fè yo konnen Samari
ak Jida t apral detwi.
Men ak Jewova, toujou gen espwa.
Oooh, wi!
Jewova vrèman pasyan.
Men ou konnen!
Pasyans Jewova gen limit.
Mm hmm!
Piske Jewova jis,
e li vle pwoteje moun ki inosan yo
li te dwe pran dispozisyon
pou l korije pèp Izrayèl la.
Men malgre sa,
li pa t janm sispann ede yo.
Jewova montre li te vle gen
bon relasyon ak pèp la.
Li te fè Miche di yo
y ap retounen nan peyi yo.
Ala sa bèl!
Bon, Miche te fè konnen Jewova
pral fè yon seri gwo bagay.
E se menm mesaj sa a Ezayi te bay tou.
Pa egzanp,
mwen te remake Miche 4:1-3
se prèske mo pou mo
ak sa ki nan Ezayi 2:2-4 la.
Ou pa wè jan sa bèl?
M renmen sa.
E m renmen jan w montre diferans
ak resanblans ki genyen nan de istwa yo.
M bezwen fè sa ak lòt liv nan Bib la tou.
E Ezayi te bay pwofesi l la anvan.
Donk, toule de mesye sa yo te
suiv sa Jewova te di yo a fidèlman
menmsi yon moun ta ka di
youn ap repete apre lòt.
Donk, èske w pa panse petèt
moun yo t ap di tèt yo
‘Miche, èske Ezayi
pa t di nou sa deja?’
Wi, e petèt Miche li menm tou
t ap di tèt li:
“Jewova dwe vrèman
renmen moun sa yo
e li vle yo byen
konprann mesaj la.”
Donk, menm jan ak Miche, m ap
konsantre m sou mesaj m ap bay la,
menmsi pafwa li ta sanble se
repete m ap repete menm bagay la.
Ok, e ou menm?
Ki sa w te renmen?
Yon vèsè ki te atire atansyon m se...
m panse l ap pi bon si nou li l.
Miche 3:5, li di:
“Pwofèt k ap di: ‘Gen lapè’ lè yo
gen yon bagay pou yo met anba dan yo,
men, ki fè moun ki pa ba yo anyen pou yo met
nan bouch yo pè lè yo di yo pral gen lagè.”
Anh, o o! E sa a w renmen an?
Li parèt dwòl pa vre?
Wi!
Machè, mwen renmen vèsè ki
konplike yo lè m ap li Labib
paske yo fòse m al dousman
epi reflechi ak sa m ap li a.
Lè vèsè yo pa gen anpil referans
oswa mwen pa fin konprann yo nèt
mwen eseye pran yo moso pa moso
epi m mande tèt mwen
‘Ki sa sa vle di menm?’
Waw! Mwen renmen sa,
ban m ekri l:
“Li dousman
epi pran l moso pa moso.”
OK, ann pran premye moso a:
Jewova te kondane
fo pwofèt ki t ap di “gen lapè
lè yo gen yon bagay
pou yo met anba dan yo.”
Lè w byen gade, yon moun ta
ka di pwofèt sa yo te ipokrit
paske y ap di gen lapè
epi apre y ap fè moun pè.
Men, nòt la di “yon bagay
pou yo moulen”,
donk, sa vle di “lè yo gen yon
bagay pou yo manje”.
Oke, m renmen jan w
pran l bout pa bout la.
Donk, lè pèp la te bay pwofèt yo manje
yo te fè konnen pral gen lapè.
Wi!
Lè moun te ba yo bon bagay
tankou bagay pou yo manje,
pwofèt sa yo te ba yo bon nouvèl.
Men, depi pèp la pa ba yo anyen
menm pwofèt sa yo
te fè konnen pral gen lagè.
Wi, fo pwofèt sa yo te egoyis,
menm jan ak moun yo jodi a ki
renmen di “sa m ap jwenn nan sa?”
Vèsè sa a montre m entansyon m gen
nan kè m ak fason m trete lòt moun
gen anpil enpòtans pou Jewova.
Li ka wè tout bagay,
e sa fè m mande tèt mwen:
‘Èske m ede lòt moun
paske m vrèman gen sousi pou yo
oswa paske m ap tann
yon bagay anretou?
E nan travay prediksyon an,
èske m montre m egoyis
oswa m dispoze bay tan m
ak enèji m pou m fè lòt bagay
tankou aprann yon nouvo lang
oswa preche nan yon moman kote
m ap plis ka jwenn moun yo?’
Fo pwofèt sa yo pa t ap fè sa ditou!
Yo pa t apresye privilèj yo genyen ak
responsablite yo genyen pou yo sèvi Jewova,
e Jewova te kondane yo pou sa.
Sa soulaje m, men l fè m reflechi tou.
Sa montre m gwo lanmou Jewova
genyen pou pèp li a
ak jan li gen yon jistis ki san fay.
Wi, e sa ede m pi byen konprann
vèsè manmi pi renmen an.
Miche 6:8, li di:
“Ou menm lòm, Jewova fè w konnen sa ki bon.
E ki sa li mande w pou w fè?
Èske se pa pou w fè sa ki dwat,
pou w renmen fidelite,
epi pou w mache avèk Bondye w
la toutpandan w rekonèt limit ou?
Mwen renmen vèsè sa a!
Se tankou Jewova t ap di m:
‘Pa kraze kò w tande,
se konsa lavi w ap gen yon sans.’
Wi, e m vrèman renmen sa.
Li gen rapò ak tout sa n
sot pale la yo.
Jewova te voye Miche
vin devwale koripsyon
ak tandans egoyis pèp la te genyen
paske yo pa t ap pratike sa ki jis.
Miche te fidèl ak Jewova paske
sa te gen anpil enpòtans pou li.
Miche pa t chèche fè wè.
Li te mache ak Bondye l la
toutpandan l te rekonèt limit li.
Waw!
Gade tout bèl leson nou jwenn nan liv
Miche a jis paske nou fè yon ti rechèch.
Wi!
E vre wi.
E nou te rive fè sa
paske nou te analize kontèks la,
nou te konpare istwa yo
youn ak lòt
e nou te ale dousman lè nou te
analize vèsè yo moso pa moso.
M te vrèman renmen sa.
Èske w gen ti tan toujou pou n
ta fouye nan kèk lòt vèsè?
Pa gen pwoblèm!
Ann kontinye fouye pou n
jwenn trezò nan liv Miche a.
Lè n medite sou sa nou li nan Bib la,
n ap jwenn leson pratik nou ka aplike.
Ki trezò ou te jwenn
nan liv Miche a?
Nan adorasyon nan maten
nou pral suiv la a,
frè Malenfant pral pale sou
fason nou ka jwenn byenfè
lè n medite sou lanmou Jewova.
Memoryal lanmò Jezi a
se yon kokennchenn
evènman
ki raple nou
lanmou Jewova
ak Jezi demontre
pou nou.
E nou menm nou chak
bò kote pa nou,
nou dwe fè yon bagay pou
nou montre nou rekonesan
poutèt lanmou Jewova ak
Jezi demontre pou nou an.
Paske, nou ta renmen montre nou
apresye dispozisyon Jewova te pran
pou l bay sakrifis ranson an.
E pawòl nou jwenn nan
2 Korentyen 5:14 la
enteresan e l ap ede nou anpil.
Tanpri, gade avè m, nan telefòn
nou oswa nan tablèt nou,
2 Korentyen 5:14, 15.
E men ki sa vèsè yo di:
“Anfèt, lanmou Kris la genyen an
oblije nou fè sa,
paske men sa nou rive konprann:
Yon sèl moun te mouri pou tout moun.
Kidonk, tout moun te mouri.
Li te mouri pou tout moun,
yon fason pou moun k ap viv yo
pa viv pou tèt yo ankò,
men pou yo viv pou sila a
ki te mouri pou yo a
e ki te leve a.”
Èske sa pa enteresan pou n wè
fason yo mete premye pati vèsè a?
Li di ’lanmou Kris la
genyen an oblije nou
pou n pa jis viv pou
pwòp tèt nou ankò’.
Ekspresyon sa a, “oblije nou” an,
pa vle di se yon bagay
yo fòse nou fè,
pou n pa viv pou pwòp tèt nou ankò.
Oswa se Jewova ki fè nou
egzijans pou nou fè volonte l.
Pawòl sa a ka ale pi lwen pase sa.
Gen yon diksyonè ki montre
pami diferan sans mo
oblije a ka genyen,
li konn vle di, fè yon moun
gen yon gwo anvi,
oswa fè l fè yon gwo aksyon.
Vrèmanvre, èske se pa konsa nou t ap di
sakrifis Jezi a fè nou santi nou?
Nou gen yon gwo anvi pou n montre
Jewova nou apresye sa l te fè a.
E pou rezon sa,
nou montre Jewova
nou vle viv tout rès vi nou
pou nou fè volonte Bondye.
Se konsa nou aji devan bèl
dispozisyon Jewova pran an.
Se konsa apot Pòl te santi l
konsènan sijè sa a.
E li pa kache sa l te santi.
Gwo santiman l te genyen
konsènan sakrifis Jezi te fè a
e efè sakrifis Jezi te fè a
te gen sou li.
Ouvri Bib nou ansanm
avè m tanpri nan
Galat chapit 2.
Galat chapit 2 e n ap li vèsè 20.
Nan vèsè nou pral li la a
se konsa Pòl fè konnen sa l santi
konsènan sa Jezi te fè pou li a.
Li di: “Kounye a, yo kloure m
ansanm ak Kris sou poto a.
Se pa mwen menm ankò k ap viv,
men se Kris k ap viv ann inyon avè m.
Wi, lavi m ap viv kounye a,
m ap viv li grasa lafwa mwen genyen
nan Pitit Bondye a ki renmen m
e ki livre tèt li pou mwen.”
Èske sa pa bèl fason Pòl te santi l?
Li te konsidere sakrifis Jezi a
kòm yon bagay pèsonèl pou li.
E se konsa sa ye pou chak grenn nan nou.
Donk, Jezi te mouri pou
chak grenn moun k ap viv.
Konsa nou pa oblije mouri tou
pou peche pa nou.
Yon lòt pwen nou bezwen sonje tou,
sèke sakrifis Jezi a
se pi gwo prèv
ki montre jan Jewova
renmen bay.
Sa se yon lòt bèl bagay
nou kapab pale sou li.
Donk, n ap viv grasa lafwa
nou gen nan Pitit Bondye a
e nou konnen Jewova se moun
ki plis renmen bay nan linivè a.
Se li ki te ban nou pi gwo
kado nou te ka resevwa.
E gen yon bèl fason
yo dekri sa pou nou,
bèl kado san parèy sa a
nou jwenn nan.
Se nan 2 Korentyen 9:15.
Li di:
“N ap di Bondye mèsi
pou kado l bay la,
yon kado moun pa jwenn mo
pou yo esplike l.”
Se yon trè bèl deklarasyon.
Yon kado moun pa jwenn mo
pou yo esplike l.
Donk, ranson an
tèlman estrawòdinè,
nou pa menm ka byen dekri sa l ye.
Ni nonplis nou pa ka dekri
tout byenfè ki soti ladan l yo
ak tout bagay li ban nou yo.
Men ki jan Toudegad nimewo 2, 2017,
vèsyon piblik la, nan paj 6 la,
pale de ranson an.
E m twouve sa l di a
vrèman bèl. Men sa l di:
“Sakrifis Jezi a pa gen parèy
paske moun ki bay li a
se moun ki nan pi gwo
pozisyon an
e lanmou l demontre a
pa gen parèy.
Pa gen okenn moun ki te janm fè
sakrifis konsa pou nou,
nan pwen Jewova Dye fè sa.
Epi, pa gen yon sakrifis ki
satisfè yon gwo bezwen
pase sakrifis sa a ki libere nou
anba peche ak lanmò.
Wi, pa gen okenn kado nou
ka konpare ak ranson an
ki gen yon valè ki san parèy.”
Se pa ti bèl pawòl nou
sot tande la a bèl!
Ranson an pa jis pèmèt nou sove,
men tou, gen plizyè lòt
benediksyon ki makònen
ak sakrifis ranson Jezi te bay la.
Pa egzanp, gerizon pou maladi nou yo,
planèt nou an ki pral transfòme
pou vin tounen yon bèl paradi.
Tout sa fè pati ranson an.
Epi byennantandi, pi bèl espwa
nou genyen an,
rezirèksyon moun ki mouri yo.
Vrèmanvre, sa Jezi te fè a se
yon kado moun pa ka esplike.
Bon, kounye a, annou wè
ki jan apot Pyè
te pale sou fason nou dwe
reyaji devan kado gratis sa a.
Yon seri bagay nou ta dwe fè paske
nou renmen sa e nou aksepte li.
Tanpri, pran Bib nou nan 1 Pyè,
1 Pyè chapit 1,
e n ap li vèsè 8 ak vèsè 9.
Nan pòsyon vèsè nou pral li la a,
Pyè ap montre yon bèl fason
li esplike sa k ap pase a.
Li di: “Byenke nou pa janm wè l,
[anpalan de Jezi] nou renmen l.
Byenke nou pa wè l kounye a,
nou demontre nou gen lafwa nan li,
e nou rejwi anpil ak yon jwa moun
pa ka esplike e ki estrawòdinè,
piske nou jwenn rezilta
lafwa nou: delivrans nou.”
Bon, se vre, se yon jwa nou
pa ka esplike nou genyen
lè nou fè yon ti kanpe jis pou
yon ti moman, nou reflechi,
nou medite sou tout sa
Jewova te fè pou nou,
ak pwomès li fè nou
konsènan lavni yo,
ak fason lavi a pral ye, ak bèl bagay
nou genyen menm kounye a
avèk pouvwa lespri sen l
k ap ede nou sèvi l,
pou nou onore l e pou n byen pwofite
ti sa nou genyen nan lavi a.
Se pa ti bèl sa bèl!
Epitou, byen souvan, nou ka wè
gwo kè kontan ki gen nan kè nou
poutèt lapè lespri nou genyen
lè n pran yon ti tan e nou jis medite,
nou reflechi sou bon bagay
Jewova te fè pou nou yo,
ak sa li pral gen pou l fè pou l fè yo.
Lespri Jewova ranpli nou avèk
kè kontan nou pa ka esplike,
rekonesans ak konfyans
nan gran Dye nou an,
jan nou jwenn sa nan Women 15:13.
Women 15:13:
“Mwen swete pou Bondye ki
bay esperans lan ranpli nou
ak yon jwa ak yon lapè total
poutèt nou kwè nan li,
dekwa pou nou ka gen
esperans ann abondans
avèk pisans lespri sen an.”
Se pa ti bèl benediksyon!
Donk, tout bèl bagay Jewova ak
Jezi te fè pou nou yo pouse n aji.
E yo fè n vle fè kèlkeswa sa nou kapab
pou n onore, e pou n glorifye
gran non Jewova a
e pou nou viv pou nou fè volonte l.
E fason nou santi nou an
parèt nan liv Sòm nan.
Gade avè m tanpri, nan Sòm 116:12, 14.
Sòm 116:12, 14.
Men sa nou li.
Sòm 116:12 di:
“Ki sa m ka bay Jewova
pou tout byen li fè pou mwen yo?”
E si n desann nan vèsè 14 la
men pati pa nou an, wòl pa nou an:
“M ap respekte pwomès mwen te
fè Jewova devan tout pèp li a.”
Donk, nou vwe lavi nou
bay Bondye. Pa vre?
Donk, pou kesyon “ki sa m ka bay Jewova” a?
Ebyen nou bay repons lan.
Pa gen pi bon repons nou ka bay
pase viv pou n onore Kris
e fè volonte Bondye.
Paske, se sa menm Bondye vle pou nou fè.
E se sa menm nou vle fè bò kote
pa nou pou n ka onore Bondye.
Claude ak Sandra Sauvageau
te toujou ap mande tèt yo:
“Ki sa m ka bay Jewova?”
Gade ki jan anvi yo te genyen
pou yo bay Jewova yon bagay
te fè yo jwenn anpil
benediksyon nan lavi yo.
Paran m yo te jwe yon gwo wòl nan
fè m renmen travay predikasyon an.
Lè papa m vin sot travay
li rantre lakay, li chanje l
epi pandan youn oswa
de fwa nan semèn nan
li mennen m preche avè l.
M te aprann laverite
paske manman m ki rele
Rita te nan laverite.
Li te chaje liv nan kay la.
M te kòmanse li yo
epi m te di ‘waw!
Lavi sa a liv sa yo
pale de li a enteresan.
M ta renmen viv yon vi konsa.’
Nou te apèn marye,
nou pa t gen okenn dèt.
Nou te vle fè plis
nan sèvis Jewova a,
pa t gen anyen ki te ka
anpeche nou.
E anvi sa a nou te genyen an
te pouse nou ranpli yon fòmilè
pou nou t al asiste Lekòl Galaad.
Epi, yo te voye nou al sèvi
nan Repiblik Santrafrikèn
e lè nou te rive nou te aprann
yon nouvo lang.
nan zòn sa a te gen plis
moun ki te vle etidye Labib
pase kantite etid nou te ka kondui.
Sa te tou senpleman
estrawòdinè!
Men, m te vin malad
e pa t gen solisyon.
Donk, doktè te di m,
m te oblije retounen lakay.
Li te difisil pou n kite asiyasyon n te
genyen an e sa te dekouraje nou.
Paske, nou pa t ka sèvi
antanke misyonè ankò
e n pa t konn ki sa pou n fè.
Lè m te retounen youn nan
premye asanble m te asiste
se te yon asanble sikonskripsyon.
E te gen yon siveyan sikonskripsyon
ki te bay yon diskou.
Li te konnen m depi m te toupiti.
Je l te tonbe
sou mwen epi...
M panse l te wè m dekouraje.
Li pwoche bò kote m epi li di m:
“Ou te resevwa yon fòmasyon.
Sèvi ak fòmasyon w lan.
Wi, kontinye sèvi avè l.
Epi, pa rete konsantre
sou sa w pa ka fè ankò.
Jis gade devan,
epi wè ki sa w ka fè.”
Sa te chanje lavi m nèt.
Tikras pa tikras pandan
sante m t ap amelyore,
nou te vin ka fè plis epi n te
rekòmanse sèvi antanke pyonye.
Epi, annapre
akoz travay mwen
nou te oblije demenaje
pou nou vin viv Ozetazini.
Lè nou rive nou te gen twa chwa.
Nou te gen posiblite ale
nan kongregasyon anglè,
fransè oswa espayòl.
Kongregasyon espayòl la te gen
sèlman kèk mwa depi l te fòme.
Konsa, Sandra ansanm avè m
nou te chita epi nou te di:
“Poukisa nou pa rekòmanse fè
sa yo te fòme nou pou nou fè a?”
Sandra gen yon don
pou l aprann nouvo lang.
Li te aprann lang lan
nan sèlman kèk mwa.
Men, pou mwen menm,
sa pran anpil anpil tan pou m
aprann yon nouvo lang.
M te oblije pase anpil tan ap aprann
anvan m te reyisi pale lang nan.
Men, kounye a, nou nan
kongregasyon an depi 25 an
e nou vrèman kontan
paske nou rive pale espayòl.
Oubyen, ann di nou eseye
e nou jwenn bon rezilta.
Tank yon moun ap rantre nan
laj li vin gen nouvo pwoblèm.
E petèt, sa ka lakòz li
vin gen plis enkyetid.
Men, Jewova te toujou
ede nou anvan sa.
Li pa atann plis pase sa nou kapab,
men, li aksepte sa nou ka ba li.
Apre sa, Jewova te vin
ouvri yon lòt pòt pou nou
e nou menm nou te antre ladan l.
nou te nan senkantèn nou.
E nou t ap travay nan konstriksyon
avèk komite konstriksyon rejyonal la
e n te gen opòtinite
al travay Wòwik tou.
Nou te konnen anpil frè ak sè
ki te travay nan pwojè a.
E lè yo te retounen lakay,
yo te vrèman kontan.
Men, yo te di nou tou
te gen anpil travay.
Se sa k fè m te di tèt mwen
‘m dwe vin pi djanm’.
Gen yon detay Sandra
pa ban nou.
Li te mete echèl la nan salon an,
se la l te konn fè antrènman
pou travay Wòwik la.
Pandan 15 minit,
li t ap monte desann, monte
desann, monte desann.
Poukisa l t ap fè tout
monte desann sa yo?
Pou l te ka prepare l pou Wòwik.
Sa te tèlman komik lè w ap
gade l k ap fè tout bagay sa yo.
Men, bon sa te ede l pou l
prepare l e se te yon bon ide.
Ototal mwen menm ak mari m
nou pase plis pase 100 an
nan sèvis Jewova a.
Nou travay nan konstriksyon
ak LDC,
nou bay temwayaj nan prizon,
temwayaj nan pò.
Donk, vrèmanvre,
mwen wè jis nan ki pwen,
menm lè nou bay
Jewova yon tikras,
li toujou ban nou plis
pase sa nou ba li.
Li ban nou yon lavi
nou pap janm regrèt.
Nou zele, nou chofe,
nou vle fòme jèn yo pou
yo fè menm bagay la.
E sa vrèman bèl.
Nou menm nou pa pran retrèt.
Nou kontinye sèvi Jewova.
Paske sèvis Jewova a,
se pi bèl bagay yon moun
te ka fè nan lavi l.
Donk, poukisa pou w ta sispann?
Jis kontinye fè l.
Frè ak sè Sauvageau pa t
janm pèdi anvi yo genyen
pou yo bay Jewova
yon bagay anretou.
Nan menm sans lan, nan
videyo mizik pou mwa sa a,
n ap remèsye Jewova ak tout
kè nou paske l renmen bay.
Nou pa ka anpeche nou vin pi pwòch
yon Bondye ki renmen bay konsa.
Li ban nou pawòl li a Labib
ki gen anpil bèl leson ladan l.
Li ban nou opòtinite pou nou ede
lòt moun avèk konpasyon e avèk bonte.
E li fè n sonje nou gen anpil valè pou li.
Kounye a, nou chofe pou nou pataje yon
bagay espesyal ansanm avèk nou tout,
se envitasyon pou kongrè
rejyonal 2026 la ki gen tit:
“Kè kontan pou toutan”.
Kè kontan!
Anpil moun kwè
y ap gen kè kontan
si se bon bagay sèlman
ki rive nan lavi yo.
Men, èske n ka gen kè kontan
lè bagay yo difisil
e yo pa rive jan nou te espere a?
Èske l posib pou n gen kè kontan
kèlkeswa sa k rive nan lavi nou?
Sa gen anviwon 2 000 an
depi Jezi te fè konnen
n ap gen vrè kè kontan an
si n gen yon relasyon
sere ak Kreyatè nou an.
“Byennere
moun ki pran konsyans
yo bezwen Bondye [...].
Byennere moun ki gen
tanperaman dou [...].
Byennere moun ki gen
mizèrikòd [...].
Byennere moun kè yo pwòp [...].
Byennere moun ki renmen
fè lapè.”
Pawòl sa yo Jezi te di toujou
gen anpil valè pou nou jodi a.
Vin asiste avèk nou kongrè
Temwen Jewova yo pou ane 2026 la
ki gen tit “Kè kontan pou toutan”
pou nou wè ki jan sa posib.
Nou pral pwofite diskou
ki baze sou Bib la,
entèvyou ak videyo k ap montre
fason ansèyman Jezi yo
ede moun jwenn vrè
kè kontan an jodi a.
Y ap fè kongrè yo toupatou
nan monn nan e antre a gratis.
Ou ka jwenn kote y ap fè
yon kongrè toupre lakay ou
lè w al sou sit jw.org a.
N ap vrèman kontan akeyi w.
Pataje envitasyon
pou bèl kongrè sa a
ansanm ak vwazen nou
epi ak fanmi nou.
Nou kontan fè nou konnen tou
mizik pou kongrè rejyonal
2026 la gentan pare.
Tit li se:
“Nou byennere paske nou wè.”
Mizik la ak pawòl yo deja
disponib pou telechaje
sou JW Library ak sou jw.org.
Nou ankouraje nou
aprann chante a lakay nou
yon fason pou nou ka chante ak
tout kè nou nan kongrè rejyonal la.
Epitou, si pawòl yo deja
disponib nan lang nou an,
n ap chante mizik
Nou byennere paske nou wèa
nan reyinyon n ap genyen nan
semèn 20 avril 2026 la.
Salitasyon nou pou mwa sa a
soti nan youn nan peyi moun
plis vizite nan Karayib la,
Repiblik dominikèn.
Se la n ap jwenn mòn
ki pi wo nan Karayib la
ak yon bagay ki koute chè ki
tankou dyaman ki gen koulè ble,
jan n ka wè sa nan foto a.
Lè n ap mache nan mòn li yo
oswa nan sodo li yo,
nou ka wè yon seri bèt
nou pa twò jwenn lòt kote tankou:
yon kalite leza yo rele
igwàn rinosewòs,
agouti
ak zwazo palmis, yon zwazo ki fè anpil bri.
Yo rekonèt Dominiken yo
kòm moun ki renmen moun,
ki renmen fè zanmi
e ki renmen akeyi moun.
Lè gen anpil moun ki reyini ansanm,
yo ka prepare sancocho,
yon soup ki solid anpil moun renmen.
Se nan Repiblik dominikèn Merenge soti,
yon stil mizik ak dans ki enpòtan
anpil nan lavi Dominiken yo.
Drapo Repiblik dominikèn nan
se sèl drapo ki gen imaj yon Bib sou li.
Bib la ouvri nan pawòl
ki nan Jan 8:32 yo ki di:
“Laverite ap libere w.”
Pawòl sa yo reyalize an Repiblik dominikèn
paske anpil moun aprann
konn verite ki nan Bib la
e konsa yo vin libere
anba pratik nasyonalis
ak manti relijyon bay.
Travay predikasyon an te
kòmanse ann avril 1945
lè Lennart ak Virginia Johnson
te vin sèvi kòm misyonè.
Yo te kòmanse preche
e yo te kòmanse
kondui etid biblik
nan menm jou yo te rive a.
Annapre, yo te vin voye plis misyonè
e anpil moun te kòmanse asiste
reyinyon lakay misyonè yo.
Nan sèlman twazan annapre,
te gen anviwon 110 pwoklamatè
k ap preche bon nouvèl la.
Opozan yo te wè bèl akwasman sa a.
Sou gouvènman Rafael Trujillo,
ki te yon diktatè,
frè nou yo te sibi
gwo pèsekisyon.
Vatikan te ede Trujillo
ranfòse pouvwa l.
Trujillo te mande pou yo make
sou tout legliz ki nan peyi a:
“Bondye nan syèl la,Trujillo sou tè a.”
Men, frè ak sè nou yo
pa t fè konpwomi.
Gouvènman an te entèdi
travay nou yo an 1950
epi annapre, an 1957.
Pandan moman sa a, frè ak sè nou yo
te kontinye sèvi Jewova.
Yo te preche an sekrè,
yo te enprime piblikasyon an sekrè,
jan yo repwodui sa
nan videyo n ap gade la a.
Malgre entèdiksyon an,
pèp Jewova a, nan Repiblik
dominikèn, te kontinye ogmante.
Dezyèm entèdiksyon an te kanpe an 1960.
Jodi a, gen plis pase 38 000 pwoklamatè
k ap kondui plis pase 45 000
etid biblik chak mwa.
Anplis reyinyon ki fèt
nan lang espayòl,
gen reyinyon ki fèt nan lang kreyòl ayisyen,
nan lang siy ameriken,
nan lang anglè,
nan lang mandaren ak nan lang ris.
Nan yon distans anviwon 150 km
ak kapital Repiblik dominikèn,
n ap jwenn yon ti vil nan
mòn yo ki rele Constanza.
N ap kanpe vizit nou an nan
kongregasyon Los Laureles.
Li gen 134 pwoklamatè
e 36 ladan yo se pyonye pèmanan.
Chak mwa, frè ak sè sa yo kondui
plis pase 170 etid biblik, an mwayèn.
Sa bay anpil kè kontan lè
y ap preche nan tèritwa a,
nonsèlman pou bèl peyizaj
ki gen nan mòn nan,
men tou, paske gen anpil
moun ki gen kè sensè
ki vle aprann konnen Jewova.
Frè ak sè nan kongregasyon
Los Laureles Constanza
voye yon gwo lanmou
ak salitasyon pou nou.
Depi syèj mondyal
Temwen Jewova yo
se te Tele JW.