JW subtitle extractor

Dale ak Nadja Bode: Jewova te ede n leve nèf pitit nan Alaska

Video Other languages Share text Share link Show times

Nou t ap sèvi nan yon ti vil nan Alberta,
o Kanada, e n te kòmanse gen timoun.
Lè n t al viv Krèg, nou te gen kat timoun.
Men, pandan nou isit la, nou vin gen nèf.
Jewova ban nou yon gwo responsiblite.
Antanke paran, nou dwe chèche Wayòm nan an premye,
nou dwe bay pitit nou bon egzanp,
nou dwe asiste reyinyon yo,
e nou dwe preche regilyèman.
Nou te wè enpòtans pou nou menm
nou renmen Jewova,
pou n te ka yon bon egzanp pou pitit nou.
Yo te ede n wè se lè n sèvi Jewova
n ap kontan toutbon.
Se plis nan egzanp paran nou, nou te wè jan
pou n bay Wayòm nan priyorite.
Lè w gen nèf timoun, sa pa toujou fasil.
Ou ka toujou jwenn pretèks pou w pa fè
sa w dwe fè.
Lè w gen nèf timoun,
bagay yo pa fasil ditou pou ou.
Pafwa, manman m te konn chita nan dodin li,
epi l di nou: M vrèman fatige.
M sonje yon fwa nou te gen pou n al nan reyinyon,
men m te fatige anpil.
Mwen te sonje Ezayi 40, kote Jewova di:
“Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs.”
Mwen te di tèt mwen, piske Jewova vle m
al nan reyinyon, l ap ban m fòs pou m ale.
Mwen te priye, mwen prepare m, epi m ale.
Nou toujou ap kouri.
Nan liv Ebre a, nou jwenn ankourajman pou n
“pa abandone reyinyon nou.”
Papi te toujou ap di nou sa.
Gendelè, nan sezon fredi,
nou konn oblije fè prèske dezèdtan ap vwayaje
pou n al nan reyinyon.
Nou te konn retounen byen ta lakay.
Ou konnen, tout timoun yo te fatige.
E nou menm tou, nou te fatige.
Lè m te wè jan manmi ak papi
te toujou bay reyinyon yo anpil enpòtans,
mwen te vin wè reyinyon yo gen anpil valè.
Epi, yo te toujou ankouraje n pou n preche regilyèman,
menm jan nou ale nan reyinyon regilyèman.
Nou pa t gen okenn pwoblèm pou n
konnen sa pou n fè nan samdi maten.
Nou te jis leve, nou prepare n, epi n al preche.
Nou pa t ka annik ale nan predikasyon
san nou pa di anyen.
Nou te konnen nou dwe bay yon temwayaj.
Depi nou toupiti, nou te fè efò pou n renmen moun
menm jan ak manmi ak papi.
Se sa k fè nou renmen travay predikasyon an.
M te santi m ap fè yon gwo travay.
M te dwe fè nouvèl vizit,
byen prepare sijè predikasyon yo,
epi byen planifye m.
Lè n te nan predikasyon ak timoun yo,
souvan nou te konn pran poz akoz timoun yo,
e sa te konn bon pou nou.
Nou te wè enpòtans pou n fè timoun yo
renmen travay predikasyon an,
olye n te twò di avèk yo, twò strik,
bagay konsa.
Sa fè m panse ak pawòl Pwovèb 22:6 yo,
nan tradiksyon bib Byington nan, ki di:
“Bay tigason an sa l bezwen pou l reyisi lavi l”.
Paran n yo tè fè sa.
Paske yo te bay relasyon yo ak Jewova
priyorite sou bagay materyèl.
Jewova te ede n vin pi bon paran.
Pafwa nou fè erè, men nou konnen
se Jewova ki pi bon Papa a.
Nou te ede timoun yo renmen Jewova,
e Jewova te fè rès la.
Nou reyisi antanke fanmi,
paske n gen Jewova nan lavi nou.
Tout pitit nou yo ap sèvi Jewova fidèlman.
Sa fè nou kontan anpil,
e m konnen Jewova kontan tou.