00:00:06
Obsèvatè yo twouve sa difisil
pou yon moun grenpe,00:00:09
00:00:09
menm rive toupre, kote
kabrit mawon yo rive.00:00:13
00:00:15
Ki sa ki esplike sa?00:00:17
00:00:19
Zago kabrit yo fèt ak de zòtèy
ki ka ouvri byen laj.00:00:24
00:00:37
Sa fè kabrit mawon yo
ka kouri, vole ponpe,00:00:41
00:00:41
epi manje nenpòt ti kote
nan falèz yo.00:00:44
00:00:48
Epi, sa fè pye yo pa ka glise00:00:51
00:00:51
menmlè y ap mache kote
ki vrèman apik.00:00:54
00:00:54
Moun k ap fè rechèch yo eseye
imite fason zago kabrit yo fèt00:00:58
00:00:58
pou yo fabrike soulye espesyal.00:01:00
00:01:00
Men, yo poko janm ka rive
nan nivo yo.00:01:03
00:01:17
Yon cheval ka galope
nan yon vitès00:01:19
00:01:19
ki ale jiska 50 kilomèt
nan inèdtan.00:01:22
00:01:24
Sa k pi enteresan ankò,00:01:26
00:01:27
se fason cheval yo jwenn
fòs pou yo kouri.00:01:30
00:01:30
Sekrè a chita nan janm yo.00:01:32
00:01:34
Pye cheval yo aji tankou resò.00:01:37
00:01:37
Yo pran fòs lè yo depoze
pye yo atè,00:01:40
00:01:40
epi yo degaje fòs sa a
lè pye yo kite tè a.00:01:43
00:01:45
Yo gen yon seri mis ki aji
tankou chòk absòbè.00:01:48
00:01:48
Enjenyè yo eseye imite
modèl sa a.00:01:51
00:01:51
Men, yo wè li pa fasil pou yo fè
egzakteman menm jan an.00:01:55
00:02:19
Lè yon èg ap vole,00:02:21
00:02:21
plim ki nan pwent zèl li yo
prèske kanpe dwat.00:02:25
00:02:28
Fason sa a zèl li fèt la00:02:31
00:02:31
ba l yon elan ki depase
sa longè zèl li yo ka fè.00:02:34
00:02:34
Enjenyè yo te etidye zwazo
ki plane yo, tankou èg,00:02:38
00:02:38
yon fason pou yo ka fè avyon
ki ka vole pi byen toujou.00:02:41
00:02:42
Lè yo te kòmanse fè zèl avyon
ki gen fòm sa a,00:02:45
00:02:45
sa te ogmante pèfòmans yo00:02:47
00:02:47
a anviwon 15 pousan.00:02:49
00:02:50
Kounye a, avyon yo ka
vole pi lwen00:02:53
00:02:53
e yo ka pote plis chay toutpandan
yo boule mwens gaz.00:02:56
00:02:57
Nan 10 ane ki vin apre yo fin fè
chanjman sa a nan zèl avyon yo,00:03:01
00:03:01
toupatou sou tè a, konpayi
vòl avyon yo te rive konsève00:03:05
00:03:05
7 600 milyon lit00:03:07
00:03:07
oswa 2 milya galon gaz
yo mete nan avyon.00:03:11
00:03:11
Men, fason estrawòdinè
èg yo fèt la00:03:15
00:03:15
pa itil yo lè y ap vole sèlman.00:03:17
00:03:17
Toutpandan èg yo ap plonje sou
yon bèt yo pral pran,00:03:20
00:03:20
yo kontinye ap ajiste vizyon yo00:03:23
00:03:23
yon fason pou yo ka
toujou wè l klè00:03:25
00:03:25
toutpandan y ap fonse sou li.00:03:27
00:03:31
Èske aparèy foto lòm fè yo
ka rive menm nan pye00:03:34
00:03:34
kapasite èg la genyen pou l
ajiste vizyon l byen rapid la?00:03:38
00:03:56
An jeneral, yo panse00:03:58
00:03:58
beyemòt yo mansyone nan
liv Jòb la se ipopotam.00:04:02
00:04:02
Yon ipopotam ki fin grandi
ka mezire 15 pye,00:04:06
00:04:06
oubyen 4 a 5 mèt longè,00:04:08
00:04:09
e li ka peze anviwon 8 000 liv,00:04:11
00:04:11
oswa 3 600 kilogram.00:04:14
00:04:14
Zo l yo, an patikilye, zo ki nan
kolòn vètebral li,00:04:18
00:04:18
fòme yon chapant ki djanm
e ki solid.00:04:21
00:04:21
Zo kòt li ak po l ki epè anpil00:04:24
00:04:24
pwoteje l lè l ap deplase
yon seri kote00:04:27
00:04:27
tankou anba rivyè
ki chaje ak wòch.00:04:29
00:04:31
Ou pa bezwen gen zo
menm jan ak ipopotam00:04:33
00:04:33
pou w apresye fòs
zo yo genyen.00:04:35
00:04:38
Zo se yon pati enpòtan00:04:40
00:04:40
lakay yon kantite òganis vivan
nou pa ka kontwole.00:04:44
00:04:56
Moun k ap fè rechèch yo00:04:57
00:04:57
di zo yo fèt egzakteman
menm jan ak beton ame.00:05:01
00:05:01
Fè yo mete nan beton ame a00:05:03
00:05:03
fè l gen anpil rezistans anba
presyon lateral k ap fèt sou li,00:05:07
00:05:07
tandiske siman, sab ak
wòch ki ladan l yo00:05:11
00:05:11
pèmèt li reziste anba presyon
vètikal l ap sibi.00:05:15
00:05:18
Sepandan, fòs zo a genyen ki fè l
reziste anba presyon an 00:05:22
00:05:22
pi fò lontan pase beton ame
ki pi solid ki te ka genyen an.00:05:26
00:05:27
Zo yo pi bon lontan pase beton
ame nan anpil lòt domèn ankò.00:05:32
00:05:32
Gen yon seri òmón ki aji sou yo
ki fè yo byen devlope.00:05:36
00:05:36
Mete sou sa, yo ka repare
pwòp tèt yo.00:05:40
00:05:41
Menm jan ak yon mis,00:05:43
00:05:43
zo a vin pi fò toujou00:05:45
00:05:45
toutotan chay li pote a
vin pi plis.00:05:48
00:06:02
Sanble se kwokodil ki levyatan.00:06:05
00:06:05
Li ka mòde di anpil anpil.00:06:08
00:06:09
Gen ladan yo ki mòde
twa fwa pi di pase lyon.00:06:13
00:06:17
Machwa kwokodil la pi sansib
lontan pase pwent dwèt nou.00:06:21
00:06:22
Li kouvri ak plizyè milye
ògàn sans00:06:25
00:06:25
ki soti nan yon seri twou
li gen nan kràn li.00:06:28
00:06:29
Fason machwa a fèt la00:06:31
00:06:31
pèmèt yon manman kwokodil
ranmase pitit li00:06:34
00:06:34
epi transpòte yo nan bouch li
tou dousman, san pwoblèm.00:06:38
00:06:55
Pa gen dout nan sa,00:06:57
00:06:57
“kalite Bondye yo ki envizib
parèt klè nan bagay li fè yo”.00:07:02
00:07:07
Nou ka aprann anpil
lòt bagay toujou00:07:10
00:07:10
pa mwayen lòt bèt ki gen nan
kreyasyon an Jòb te pale de yo,00:07:13
00:07:13
tankou towo bèf sovaj,00:07:16
00:07:17
sigòy00:07:18
00:07:20
ak otrich.00:07:22
00:07:30
Poukisa n pa fè pwojè pou n
etidye bèt sa yo00:07:33
00:07:33
pandan adorasyon an fanmi nou?00:07:35
00:07:36
Konsa, n ap wè lòt bagay
nou ka aprann toujou00:07:38
00:07:38
sou kalite Jewova yo.00:07:40
Kèk leson nou ka aprann sou fidelite nan liv Jòb la — Sa bèt yo ki nan kreyasyon an aprann nou
-
Kèk leson nou ka aprann sou fidelite nan liv Jòb la — Sa bèt yo ki nan kreyasyon an aprann nou
Obsèvatè yo twouve sa difisil
pou yon moun grenpe,
menm rive toupre, kote
kabrit mawon yo rive.
Ki sa ki esplike sa?
Zago kabrit yo fèt ak de zòtèy
ki ka ouvri byen laj.
Sa fè kabrit mawon yo
ka kouri, vole ponpe,
epi manje nenpòt ti kote
nan falèz yo.
Epi, sa fè pye yo pa ka glise
menmlè y ap mache kote
ki vrèman apik.
Moun k ap fè rechèch yo eseye
imite fason zago kabrit yo fèt
pou yo fabrike soulye espesyal.
Men, yo poko janm ka rive
nan nivo yo.
Yon cheval ka galope
nan yon vitès
ki ale jiska 50 kilomèt
nan inèdtan.
Sa k pi enteresan ankò,
se fason cheval yo jwenn
fòs pou yo kouri.
Sekrè a chita nan janm yo.
Pye cheval yo aji tankou resò.
Yo pran fòs lè yo depoze
pye yo atè,
epi yo degaje fòs sa a
lè pye yo kite tè a.
Yo gen yon seri mis ki aji
tankou chòk absòbè.
Enjenyè yo eseye imite
modèl sa a.
Men, yo wè li pa fasil pou yo fè
egzakteman menm jan an.
Lè yon èg ap vole,
plim ki nan pwent zèl li yo
prèske kanpe dwat.
Fason sa a zèl li fèt la
ba l yon elan ki depase
sa longè zèl li yo ka fè.
Enjenyè yo te etidye zwazo
ki plane yo, tankou èg,
yon fason pou yo ka fè avyon
ki ka vole pi byen toujou.
Lè yo te kòmanse fè zèl avyon
ki gen fòm sa a,
sa te ogmante pèfòmans yo
a anviwon 15 pousan.
Kounye a, avyon yo ka
vole pi lwen
e yo ka pote plis chay toutpandan
yo boule mwens gaz.
Nan 10 ane ki vin apre yo fin fè
chanjman sa a nan zèl avyon yo,
toupatou sou tè a, konpayi
vòl avyon yo te rive konsève
7 600 milyon lit
oswa 2 milya galon gaz
yo mete nan avyon.
Men, fason estrawòdinè
èg yo fèt la
pa itil yo lè y ap vole sèlman.
Toutpandan èg yo ap plonje sou
yon bèt yo pral pran,
yo kontinye ap ajiste vizyon yo
yon fason pou yo ka
toujou wè l klè
toutpandan y ap fonse sou li.
Èske aparèy foto lòm fè yo
ka rive menm nan pye
kapasite èg la genyen pou l
ajiste vizyon l byen rapid la?
An jeneral, yo panse
beyemòt yo mansyone nan
liv Jòb la se ipopotam.
Yon ipopotam ki fin grandi
ka mezire 15 pye,
oubyen 4 a 5 mèt longè,
e li ka peze anviwon 8 000 liv,
oswa 3 600 kilogram.
Zo l yo, an patikilye, zo ki nan
kolòn vètebral li,
fòme yon chapant ki djanm
e ki solid.
Zo kòt li ak po l ki epè anpil
pwoteje l lè l ap deplase
yon seri kote
tankou anba rivyè
ki chaje ak wòch.
Ou pa bezwen gen zo
menm jan ak ipopotam
pou w apresye fòs
zo yo genyen.
Zo se yon pati enpòtan
lakay yon kantite òganis vivan
nou pa ka kontwole.
Moun k ap fè rechèch yo
di zo yo fèt egzakteman
menm jan ak beton ame.
Fè yo mete nan beton ame a
fè l gen anpil rezistans anba
presyon lateral k ap fèt sou li,
tandiske siman, sab ak
wòch ki ladan l yo
pèmèt li reziste anba presyon
vètikal l ap sibi.
Sepandan, fòs zo a genyen ki fè l
reziste anba presyon an
pi fò lontan pase beton ame
ki pi solid ki te ka genyen an.
Zo yo pi bon lontan pase beton
ame nan anpil lòt domèn ankò.
Gen yon seri òmón ki aji sou yo
ki fè yo byen devlope.
Mete sou sa, yo ka repare
pwòp tèt yo.
Menm jan ak yon mis,
zo a vin pi fò toujou
toutotan chay li pote a
vin pi plis.
Sanble se kwokodil ki levyatan.
Li ka mòde di anpil anpil.
Gen ladan yo ki mòde
twa fwa pi di pase lyon.
Machwa kwokodil la pi sansib
lontan pase pwent dwèt nou.
Li kouvri ak plizyè milye
ògàn sans
ki soti nan yon seri twou
li gen nan kràn li.
Fason machwa a fèt la
pèmèt yon manman kwokodil
ranmase pitit li
epi transpòte yo nan bouch li
tou dousman, san pwoblèm.
Pa gen dout nan sa,
“kalite Bondye yo ki envizib
parèt klè nan bagay li fè yo”.
Nou ka aprann anpil
lòt bagay toujou
pa mwayen lòt bèt ki gen nan
kreyasyon an Jòb te pale de yo,
tankou towo bèf sovaj,
sigòy
ak otrich.
Poukisa n pa fè pwojè pou n
etidye bèt sa yo
pandan adorasyon an fanmi nou?
Konsa, n ap wè lòt bagay
nou ka aprann toujou
sou kalite Jewova yo.
-