00:00:08
Gen yon bagay
mwen pap janm bliye.00:00:11
00:00:13
Se imaj manman m.00:00:15
00:00:16
K ap pran san l,00:00:18
00:00:18
pou l fè pen pou Memoryal
lanmò Kris la.00:00:21
00:00:28
Li te pran sa vrèman oserye00:00:31
00:00:31
akoz enpòtans evènman an genyen.00:00:34
00:00:36
Nan nuit anvan Jezi mouri a,00:00:38
00:00:39
li te di disip li yo:
“Sa a reprezante kò m.”00:00:43
00:00:46
Apre tout moun te fin pran
nan pen an ak nan diven an,00:00:50
00:00:50
li te di yo:00:00:52
00:00:52
“Kontinye fè sa
pou nou montre nou sonje m.”00:00:56
00:00:56
E nou kontinye fè sa jis jodi a.00:01:00
00:01:02
Chari, pran farin pou mwen tanpri.00:01:05
00:01:09
Mèsi chou.00:01:10
00:01:17
Anfèt, se yon bagay byen senp.00:01:20
00:01:23
Ou sonje ki sa pou m mete kounye a?00:01:25
00:01:25
Dlo? Se sa.00:01:28
00:01:38
Ou vrèman pa ka mete
anyen ladan l ankò?00:01:41
00:01:41
Non, li vrèman enpòtan pou pen an fèt00:01:44
00:01:44
menm jan ak pen
yo te konn fè nan epòk Jezi a,00:01:48
00:01:48
Sa vle di sèlman dlo ak farin, se tout.00:01:51
00:01:53
Men, talè manmi,
e si yon moun pa gen farin ble?00:01:56
00:01:56
Ebyen, li ka toujou fè pen an
ak farin diri,00:02:00
00:02:00
farin lòj, farin mayi
oswa menm stil sereyal yo.00:02:04
00:02:04
Men yo pa dwe mete lòt bagay ladan l
apa farin ak dlo.00:02:07
00:02:07
Li pa dwe gen ledven.00:02:09
00:02:09
Menm pa yon ti sèl?00:02:11
00:02:11
Menm pa sèl.00:02:13
00:02:13
Ou sonje sa Jezi te di
nou jwenn nan Lik 16 vèsè 10 la?00:02:17
00:02:17
“Moun ki fidèl nan bagay ki piti 00:02:19
00:02:20
ap fidèl tou nan00:02:21
00:02:22
bagay ki gwo”.00:02:23
00:02:23
Wi, se sa e nou vle fidèl
ak Jewova nan tout bagay, pa vre?00:02:29
00:02:31
Lè l fin fè melanj lan, li petri pat la00:02:34
00:02:34
e lè konsa farin gaye toupatou.00:02:37
00:02:37
Apre sa, li kite m ede l
pase woulo sou pat la.00:02:41
00:02:41
Lè l fini, li grese yon kaswòl
epi l met pat la ladan l pou l kuit.00:02:46
00:02:50
Lè l fin kuit li pa sanble ak pen
mwen menm avè w abitye wè yo.00:02:54
00:02:54
Li plat e li sèk, tankou yon bisuit sèk.00:02:58
00:02:58
Li fasil pou kase.00:03:00
00:03:00
Li te fèt jan l te dwe ye a.00:03:03
00:03:04
E apre sa, nou te kontan pote l
nan sal Wayòm nan pou Memoryal la.00:03:09
00:03:16
Bèl moman sa yo vin nan tèt mwen00:03:19
00:03:19
pandan m ap prepare pen
pou Memoryal la ane sa a.00:03:22
00:03:25
Men, sa ki pi enpòtan an,00:03:28
00:03:28
lè m panse ak sa Jezi te fè pou chak,00:03:32
00:03:33
se yon bèl privilèj sa ye
pou nou bay kout men pa nou,00:03:37
00:03:38
piti kou l ye nan preparasyon
evènman ki pi enpòtan nan ane a.00:03:43
Fason pou n fè pen pou Memoryal
-
Fason pou n fè pen pou Memoryal
Gen yon bagay
mwen pap janm bliye.
Se imaj manman m.
K ap pran san l,
pou l fè pen pou Memoryal
lanmò Kris la.
Li te pran sa vrèman oserye
akoz enpòtans evènman an genyen.
Nan nuit anvan Jezi mouri a,
li te di disip li yo:
“Sa a reprezante kò m.”
Apre tout moun te fin pran
nan pen an ak nan diven an,
li te di yo:
“Kontinye fè sa
pou nou montre nou sonje m.”
E nou kontinye fè sa jis jodi a.
Chari, pran farin pou mwen tanpri.
Mèsi chou.
Anfèt, se yon bagay byen senp.
Ou sonje ki sa pou m mete kounye a?
Dlo? Se sa.
Ou vrèman pa ka mete
anyen ladan l ankò?
Non, li vrèman enpòtan pou pen an fèt
menm jan ak pen
yo te konn fè nan epòk Jezi a,
Sa vle di sèlman dlo ak farin, se tout.
Men, talè manmi,
e si yon moun pa gen farin ble?
Ebyen, li ka toujou fè pen an
ak farin diri,
farin lòj, farin mayi
oswa menm stil sereyal yo.
Men yo pa dwe mete lòt bagay ladan l
apa farin ak dlo.
Li pa dwe gen ledven.
Menm pa yon ti sèl?
Menm pa sèl.
Ou sonje sa Jezi te di
nou jwenn nan Lik 16 vèsè 10 la?
“Moun ki fidèl nan bagay ki piti
ap fidèl tou nan
bagay ki gwo”.
Wi, se sa e nou vle fidèl
ak Jewova nan tout bagay, pa vre?
Lè l fin fè melanj lan, li petri pat la
e lè konsa farin gaye toupatou.
Apre sa, li kite m ede l
pase woulo sou pat la.
Lè l fini, li grese yon kaswòl
epi l met pat la ladan l pou l kuit.
Lè l fin kuit li pa sanble ak pen
mwen menm avè w abitye wè yo.
Li plat e li sèk, tankou yon bisuit sèk.
Li fasil pou kase.
Li te fèt jan l te dwe ye a.
E apre sa, nou te kontan pote l
nan sal Wayòm nan pou Memoryal la.
Bèl moman sa yo vin nan tèt mwen
pandan m ap prepare pen
pou Memoryal la ane sa a.
Men, sa ki pi enpòtan an,
lè m panse ak sa Jezi te fè pou chak,
se yon bèl privilèj sa ye
pou nou bay kout men pa nou,
piti kou l ye nan preparasyon
evènman ki pi enpòtan nan ane a.
-