JW subtitle extractor

Fason yo pwodui Bib la sou fòma odyo

Video Other languages Share text Share link Show times

“Pawòl ki nan liv Lalwa a
dwe toujou nan bouch ou
e ou dwe li l tou ba
lajounen kou lannuit
pou w ka byen suiv
tout sa ki ekri ladan l.
Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi
e w ap aji avèk sajès.”
Nou jwenn byenfè nan mesaj
ki nan Bib la ki disponib sou plizyè fòma,
youn nan fòma sa yo se anrejistreman
odyo Tradiksyon monn nouvo a.
“Bon nouvèl la selon Matye.”
Men, ki jan yo fè l?
Ann fè yon ti koudèy.
Lè n te fèk tande Kolèj santral la
te vle nou anrejistre
edisyon revize
Tradiksyon monn nouvo a,
m panse nou tout te konnen
se t apral yon gwo travay.
Naratè a se yon
vwa e tout lòt
eeee pèsonaj yo
se vwa diferan yo ye.
Se pa yon lekti Labib
sou fòm dram,
men, lekti a dwe fèt
yon fason ki vrèman reyalis.
Pa t gen mizik, pa gen okenn lòt son,
se te vwa sèlman.
Nou te sezi wè kantite
pèsonaj ki gen nan Bib la.
Bib la se yon gwo liv toutbon wi!
Mwen pa kwè gen youn nan nou ki te reyalize
kantite travay sa t ap mande nou fè.
Se pa t yon ti pwojè non,
se te yon gwo travay!
Rechèch se yon bagay
fondamantal, se bagay de baz la.
Li vrèman enpòtan pou n
konekte detay yo youn ak lòt.
Bib la se istwa lavi moun;
se bagay ki te rive moun yo toutbon.
Nou te dwe chèche konnen
kiyès pèsonaj yo ye.
Epi n te gen pou n bay chak pèsonaj yo
yon non apa pou idantifye yo.
Si non yo pa t parèt nan Bib la...
Nou te dwe sèvi ak deskripsyon ki nan
kontèks la pou n bay yo non tankou
“twazyèm Juif” oswa
“premye moun nan foul la”.
Yo te fè nou jwenn yon chanm,
li pa t ni twò gwo ni twò piti.
Epi nou te sèvi avè l pou n fè yon lis
tout pèsonaj ki nan kat evanjil yo.
Nou te kòmanse avèk liv Matye a,
epi nou te chèche wè ki jan lòt moun
ki ekri evanjil yo rakonte istwa sa a.
Ou pral gen pou w sèvi ak menm
vwa pou menm pèsonaj la.
Si l parèt nan yon liv w ap bezwen sèvi
ak menm vwa a pou lòt liv yo tou.
Tankou sa nou jwenn
nan Matye chapit 21 an,
nou jwenn kote Matye jis di,
senpleman disip yo te di
‘pye fig frans lan seche’.
Men, kiyès ki disip sa yo?
Èske se yo tout te di l anmenmtan?
Men si w tcheke liv Mak la,
pa egzanp, Mak pi presi.
Li di Pyè di: “Pye fig frans [lan] seche.”
Depatman atistik te pran kat jewografi
ak chema nou gen nan apendis la,
epi li te agrandi yo
pou ede nou deside
kiyès ki te di ki sa, ki kote yo te ye,
ki jan pou n rele yo.
Yo te vrèman itil nou nan travay la.
Nou te mete tout enfòmasyon
sa yo nan yon baz de done.
Ki jan de moun yo te ye, ki laj yo,
Ki kote yo soti, e ki tanperaman yo
dapre fason yo pale.
Lè... lè Bib la ap pale de Jewova, ebyen,
èske se Jewova li menm ki te pale?
Bon, yon bagay nou konnen sèke nan twa
okazyon se Jewova li menm ki te pale.
Se te lè Jezi te sou tè a.
Nou konpile pifò
nan rechèch nou yo,
apre sa, nou voye yo
nan Depatman redaksyon an.
Nou gen yon gwo bibliyotèk
nan Betèl la,
ki konsantre sitou
sou sijè biblik yo,
e nou sèvi avè l anpil paske nou vle asire
nou sa n ap di yo gen bon fondman.
Nou se pèp Jewova e toutbonvre,
kèlkeswa sa nou di li chita sou Bib la.
Nou pa vle li yon fason k ap fè moun
mal konprann istwa ki nan Bib la
e nou pa vle lè n ap li l
pou nou ba l move sans lan.
Lefètke nou t ap bezwen anpil
vwa pou n reyalize pwojè sa a,
nou te vin konprann nou pa t ap ka sèvi
sèlman ak lektè ki nan Patèsonn yo
kote stidyo anrejistreman nou ye a
Donk nou vrèman pa t gen yon bon
kote pou nou fè l nan Bwouklin ankò.
Men nou te vle jwenn yon zòn
ki t ap toupre Kolèj santral la.
Wi, e lavil Nouyòk se yon
kote ki gen anpil bri.
Donk nou te chèche
toupatou nan bilding yo.
E finalman nou te jwenn
yon espas ki trankil
nan sousòl bilding ki nan 25,
Columbia Heights la,
e se la nou ye kounye a
nan yon chanm anba tè.
Nou te kòmanse ak betelit yo.
Tès nou fè yo stoke nan yon baz de done
nan Depatman odyovideyo a.
Nou te fè plizyè santèn tès.
Nou te fè yon tès sou Entènèt
ak yon frè ki ann Afrik.
Li te chita la, l ap li nan mikwo a
e mwen, m t ap gade l.
Avan nou te rive fin fè tès
pou tout pèsonaj ki nan Bib la nèt,
nou te wè nou te gen
anviwon yon milye pèsonaj.
Donk nou te gen pou n
jwenn yon milye vwa.
Yo te fè yon seminè sou lekti
kote yo te anseye nou
tout aspè anrapò ak lekti.
Sa te vrèman efikas paske
li te raple nou yon pakèt bagay,
sa pou n fè ak sa n pa dwe fè
pou n fè yon lekti ki kòrèk.
Li te vrèman ban m asirans
e l te ede m konprann m ka fè sa.
Gen kèk nan wòl yo ki te vrèman senp.
Ti bout pasaj tou kout sa yo,
fraz ki pran yon liy konsa,
kote w t ap bezwen rele
yon moun ki pou fè l,
se yo ki te pi difisil pou anrejistre.
Okòmansman, lè yo te mande m
pou m patisipe nan lekti Labib la,
mwen te vrèman kontan.
Epi m te wè se yon liy, m di tèt mwen:
‘Bon, sa pap difisil, l ap byen fasil.’
Epi m te tande seminè yo
fè sou lekti Labib la,
e sa te ede m pou m pran
sa plis oserye toujou.
Nou konn menm mande lektè yo
pou yo etidye tout istwa a.
Ou sèlman gen yon fraz, men etidye
tout sa ki konsène pèsonaj la.
M te li chapit la,
m te li liv Pèspikas la,
epi m te vin reyalize sa te
mande plis pase jis li yon liy.
Nou te wè se te yon bon ide
pou nou te bay lektè a
yon skrip nou te prepare alavans.
Lè w gen mo yo ki ekri ak lèt fonetik yo
sa te ede w pi byen pwononse yo.
M t ap plede di Salomon
yon fason ki dwòl,
donk, yo te ede m pou m
byen pwononse mo Salomon an.
E yo te fè anpil atansyon pou yo
asire yo pwononsyasyon yo te egzak
e pou yo kenbe
menm pwononsyasyon an
pou l toujou presi pandan tout lekti a
depi nan kòmansman jiska lafen.
Chak maten nou te prepare
stidyo anrejistreman an.
Nou limen limyè yo,
nou limen materyèl yo.
E nou asire nou gen dlo tyèd
ak dlo fre pou lektè a.
Youn nan bagay m te aprann nan seminè a
se enpòtans pou n toujou bwè dlo.
Pafwa nou konn sèvi
ak vinèg oswa myèl.
Ak yon ti ji sitwon.
Donk lè pèsonaj yo antre nou eseye
ede yo pou yo panse ak kontèks la,
byennantandi yo te deja fè sa
nan rechèch yo ak pratik yo te fè,
men tou nou ede yo petèt
konnen motivasyon pèsonaj la,
kòman yo te santi yo nan sikonstans sa a
e kijan yo menm yo t ap di pawòl sa yo.
Epitou nou asire nou frè
ak sè yo vrèman konfòtab,
e souvan sa konn pran yon
bon ti tan pou ede yo rilaks.
Nan stidyo a, gen moun
ki jwe twa wòl epi gen lektè a.
Moun ki responsab pou suiv tèks la
asire l tout sa k nan tèks la li kòrèkteman
pou pa gen okenn mo ki manke.
Pandan anrejistreman an,
enjenyè a ap tande yon fason pou pa gen
okenn bri ki distrè moun ki pral koute yo
bri kò moun nan, rad ki sou li
oswa si frè a gen bretèl.
Kotch la responsab kalite ansèyman an.
M renmen wè lè kotch la
ap fè lektè a bay bon emosyon an,
konsa, ou ka fin li yon fraz epi l di
èske w ka fè l ankò pandan w ap souri?
e sa bèl paske li vin parèt pi amizan.
e yonfwa ou jwenn bon emosyon an,
l ap vini tou natirèlman.
Ou pa pral eseye kopye
sa kotch la di w fè a.
An jeneral, sa n mande moun yo fè
se kòmanse ak yon emosyon,
pa egzanp tristès,
epi nou ajoute lòt yo
tikras pa tikras,
e konsa alafen ou vin gen
yon fraz ki vrèman rich.
Tèlman gen fason
pou w li jis yon fraz,
ou pa menn reyalize
ki kantite yo ye.
ou ka panse w konnen
fason yon pèsonaj te pale,
epi apre sa kotch la
vin ba w yon sijesyon.
Se vre, Bib la chaje ak
tout kalite pèsonalite.
E Bib la gen anpil move
moun ladan l tou.
Lè yo te banm asiyasyon mwen an
epi m al tonbe sou sa m pral li a
Bagay serye, m te fè yon
kanpe, paske nan Betèl la
e ak kèlkeswa lòt moun
nou dwe moun ki ankourajan.
Epi, men mesye sa a k ap manke
Jewova respè nan fason l pale.
Bon, m te dwe pran
yon ti tan pou m reflechi.
Frè sa yo se frè ki gen
matirite antanke kretyen.
Pandan tout ane yo, yo te travay
pou yo vin gen nouvo pèsonalite sa a.
Pou yon moun di pawòl sa yo
menm jan move moun sa yo t ap di l la
ou te dwe reflechi
pou w mete tout ou menm ladan l
e pafwa, lè m on ti jan ale twò fò,
frè yo konn di m:
“tann tann tann, se pa egzakteman
konsa nou ta renmen w fè l.”
Kidonk m te eseye
jwe wòl bandi a
lè sa nesesè.
Donk nou kòmanse fè editing nan
depi nan anrejistreman an.
Lè nou fini avèk anrejistreman an
pa egzanp yon chapit,
nou te konn pran
pi bon pati nan vèsè yo
paske lektè a ak kotch la la, konsa yo ta
ka wè si yo renmen jan yo tande l la.
Nou sèvi ak lojisyèl pwofesyonèl
pou n fè editing nan
konsa n ka met espas kote n bezwen
e mete vwa tout pèsonaj yo.
Lefètke nou anrejistre chak vwa apa
se pa yon yon gwoup moun nou mete
toutotou mikwo a pou fè konvèsasyon an,
sa pèmèt nou anrejistre
chak moun grenn pa grenn.
E si gen plizyè vwa nan yon chapit,
apre sa, nou mete tout ansanm.
Yonfwa nou kòmanse edite
chapit yo ansanm, li vin bèl.
ou gen yon bèl imaj ki ede w
konprann tout kontèks chapit la.
E pou nou, nou ka santi l
e, e li motive nou antanke moun
k ap li Pawòl Bondye a
e moun k ap tande Pawòl Bondye a.
Jan nou konn abitye tande sa sèke
mm, li fè Bib la vin vivan nan
lespri m ak nan kè m.
E li ankouraje nou pou n medite
an pwofondè sou Pawòl Bondye a.
Lefètke nou gen diferan
pèsonaj pou fè chak vwa yo
Sa fè li tèlman
rekonfòtan pou nou tout.
M panse sa pral fè lekti
Labib nou vrèman enteresan.
Donk kounye a, Bib la vin vivan
e sa fè yon gwo diferans.
M panse yo pral renmen l.