00:00:13
Nou nan vil Birmingham.00:00:15
00:00:15
Joseph Priestley, yon gwo syantifik
ki te yon minis relijye t ap viv isit la.00:00:20
00:00:20
An 1789,00:00:22
00:00:22
Priestley te met ansanm ak
yon gwoup moun ki gen anpil talan00:00:26
00:00:26
pou yo te kòmanse travay sou yon
nouvo tradiksyon Labib ann anglè.00:00:30
00:00:31
Pandan 200 an ki sot pase yo,00:00:33
00:00:33
anpil moun te panse
pwojè sa a te echwe,00:00:36
00:00:36
e tout travay yo te fè yo te pèdi.00:00:38
00:00:38
Ki sa k te diferan
nan tradiksyon sa a? 00:00:41
00:00:41
E poukisa yo pa t janm pibliye l?00:00:44
00:00:44
Nou te pale ak plizyè biblis
pou n te ka dekouvri00:00:47
00:00:47
istwa Priestley
ak pwojè tradiksyon l lan.00:00:50
00:00:50
Li trè popilè pou travay li te fè nan
domèn lasyans, elektrisite ak gaz.00:00:55
00:00:55
Sitou nan dekouvèt li te fè
konsènan oksijèn. 00:00:59
00:00:59
Joseph Priestley te
yon moun estrawòdinè.00:01:01
00:01:01
Nan epòk nou an, yo plis
sonje l kòm yon syantifik.00:01:05
00:01:05
Men, se pa konsa li t ap
renmen pou yo sonje l.00:01:07
00:01:07
Li t ap plis vle yo sonje l kòm
yon... kòm yon minis relijye, 00:01:11
00:01:10
kòm yon teyolojyen.00:01:12
00:01:12
Se sa ki te pi gwo pasyon l.00:01:14
00:01:14
Li te yon moun ki te ka aprann
nenpòt lang byen rapid.00:01:17
00:01:17
Li te gen yon bon memwa ak yon
gwo kapasite pou l travay di.00:01:22
00:01:22
Li te aprann ebre byen bonè nan lavi l, 00:01:25
00:01:25
petèt, lè l te gen anviwon 15 an.00:01:28
00:01:28
Apre sa, li te aprann grèk ak laten.00:01:31
00:01:31
Li te aprann tou pifò lòt lang
ki te pwòch lang ebre a00:01:34
00:01:34
ki te disponib nan epòk la.00:01:36
00:01:36
Sa te ede l anpil lè l te
rekòmanse egzamine tèks biblik yo 00:01:42
00:01:42
paske li te ka konpare 00:01:44
00:01:44
tradiksyon Labib Wa Jak la 00:01:47
00:01:47
ak tèks orijinal nan lang orijinal yo.00:01:52
00:01:52
Donk, te vin gen plizyè lòt
maniskri ni nan lang ebre, 00:01:57
00:01:57
ni nan lang grèk ki te vin disponib.00:01:59
00:01:59
Maniskri sa yo te montre pafwa, 00:02:01
00:02:01
sou tèks Wa Jak la te baze a,
se pa t sèl tèks ki te disponib.00:02:05
00:02:05
Mwen vrèman panse tradiksyon Wa Jak la se yon bèl tradiksyon.00:02:10
00:02:10
Men, gen kèk erè nan
tradiksyon an, gen kèk ide ki pa klè.00:02:14
00:02:14
E gen kèk fot tou nan tradiksyon an.00:02:17
00:02:17
Priestley te yon moun
ki te renmen reflechi.00:02:20
00:02:20
Li t ap chèche laverite.00:02:21
00:02:21
Gen yon verite li te konsidere
kòm verite ki pi enpòtan an: 00:02:25
00:02:25
Sèke Ekriti yo montre Bondye
Toupisan an diferan parapò ak Jezi.00:02:32
00:02:32
An 1783,
li te pibliye ti bwochi sa a, li di:00:02:37
00:02:38
“Labib anseye nou
gen sèlman yon Dye,00:02:42
00:02:42
se li menm ki kreye tout bagay
e se li menm k ap dirije yo.00:02:47
00:02:47
Se sèl Dye sa a nou dwe adore00:02:50
00:02:50
e li te voye Jezi Kris
pou anseye limanite,00:02:54
00:02:54
li te ba l pouvwa pou l fè mirak,
li te leve l sot nan lanmò 00:02:58
00:02:58
e li te ba l tout pouvwa
li te genyen anvan an 00:03:01
00:03:01
oswa pouvwa li genyen kounye a.00:03:04
00:03:04
Priestley te santi
tradiksyon Wa Jak la te flou00:03:06
00:03:06
nan fè diferans ant Bondye ak Jezi.00:03:09
00:03:10
Donk, an 1787,
li te chèche èd pi bon zanmi l lan, 00:03:14
00:03:14
yon minis relijye yo te rele
Theophilus Lindsey.00:03:18
00:03:18
Lindsey te yon manm
klèje nan legliz Anglikan an, 00:03:22
00:03:22
men tikras pa tikras,00:03:23
00:03:23
li te kòmanse gen dout sou
kèk nosyon tankou Trinite.00:03:27
00:03:27
Li te... Li te kòmanse konprann
ansèyman Labib yo00:03:31
00:03:31
menm jan Priestley te konprann yo a.00:03:34
00:03:34
Men sa Priestley te ekri Lindsey: 00:03:36
00:03:36
“Mwen kontan wè jan w renmen ide00:03:38
00:03:38
pou nou gen yon
nouvo tradiksyon Labib la.00:03:41
00:03:42
Pou mwen menm, se pa yon
bagay k ap twò difisil pou nou fè. 00:03:46
00:03:46
E si w chwazi fè
Nouvo Testaman an,00:03:48
00:03:48
mwen menm m ap travay
sou Ansyen Testaman an. 00:03:50
00:03:50
E m panse nan twazan,
nou ta dwe fini pwojè sa a.”00:03:53
00:03:55
Se te yon gwo defi pou yo te fini
pwojè sa a nan sèlman twazan.00:03:59
00:03:59
Se te 47 biblis
ki te mete ansanm pandan setan00:04:03
00:04:03
pou yo te fè tradiksyon Wa Jak la.00:04:05
00:04:05
Donk, Priestley ak Lindsey
te mete ansanm ak de lòt biblis00:04:10
00:04:10
pou yo te kòmanse planifye pwojè a.00:04:13
00:04:14
Objektif yo se te amelyore
tradiksyon Wa Jak la00:04:17
00:04:17
lè yo korije kèk pasaj
ki te bezwen pi byen tradui.00:04:22
00:04:22
Ekip la te dakò
pou yo tabli yon seri règ00:04:25
00:04:25
ki t apral gide yo nan
travay tradiksyon sa a.00:04:29
00:04:29
Youn nan règ sa yo t ap fè
tradiksyon sa a diferan nèt 00:04:33
00:04:33
parapò ak tout lòt tradiksyon
Labib ki te fèt ann anglè 00:04:38
00:04:38
oswa petèt
nan nenpòt lang nan epòk sa a.00:04:41
00:04:41
Règ sa a te byen senp: 00:04:44
00:04:44
Pou yo kite non Bondye 00:04:46
00:04:46
jan li parèt ann ebre a 00:04:48
00:04:48
ki se “Jewova” 00:04:51
00:04:51
olye yo mete “SEYÈ”
ki nan Ansyen Testaman an.00:04:54
00:04:54
E yo t ap mete Jewova
nan Nouvo Testaman an 00:04:57
00:04:57
tout kote li apwopriye pou fè
distenksyon ant Bondye ak Kris.00:05:02
00:05:13
Se pa t premye fwa
yon moun te di sa.00:05:16
00:05:16
Sa se yon liv Hopton Haynes te ekri. 00:05:19
00:05:19
Anviwon 40 anvan pwojè
tradiksyon Priestley a te kòmanse, 00:05:23
00:05:23
Hopton Haynes te bay
yon ide menm jan an.00:05:27
00:05:28
Haynes te kwè nan
tradiksyon Wa Jak la, 00:05:31
00:05:31
mo “Jewova” ki te la okòmansman an 00:05:34
00:05:34
ta dwe rete san yo pa tradui l 00:05:36
00:05:36
e si yo te mete mo “Jewova” a
nan Nouvo Testaman an 00:05:39
00:05:39
kote souvan yo te mete
“Seyè” pou li a, 00:05:42
00:05:42
sa te ka ede yo fè bonjan diferans
ant Seyè a ki se Bondye nou, 00:05:47
00:05:47
ak Seyè nou an oswa
Mèt la ki se Kris. 00:05:50
00:05:50
Ekip Priestley a te dakò
avèk ide sa a tou.00:05:54
00:05:55
Yo te rann yo kont
yo t ap bezwen plis èd toujou.00:05:58
00:05:58
Yo te kòmanse
chèche èd nan men lòt biblis. 00:06:01
00:06:02
Se pa tout ki te aksepte, 00:06:04
00:06:04
e yo te gen rezon pou yo pridan.00:06:06
00:06:07
Nan 18yèm syèk la, sa te konplike
anpil pou yon moun pran inisyativ 00:06:11
00:06:11
pou l tradui yon Bib
nan peyi Angletè. 00:06:13
00:06:14
Sa te mache ak anpil danje.00:06:16
00:06:21
Kèlkeswa tradiksyon Labib yon
moun ta eseye fè nan epòk sa a00:06:25
00:06:25
te ka ba l gwo pwoblèm.00:06:27
00:06:27
Gen kèk gwoup moun ki te deja
eseye kòmanse fè tradiksyon, 00:06:31
00:06:31
men, byen souvan,
yo pa t janm fini.00:06:33
00:06:33
Se sou tradiksyon Wa Jak la Legliz
Angletè a te fonde doktrin li.00:06:38
00:06:38
Se tradiksyon sa a
Legliz la te vle moun yo itilize.00:06:41
00:06:41
Se nan vèsyon sa a
ansèyman Legliz la te soti.00:06:46
00:06:45
Donk, se kòmsi ou t ap opoze 00:06:49
00:06:49
ak Legliz la si w ta fè konprann
tradiksyon sa a pa fin twò bon.00:06:54
00:06:54
E si w ta vini
ak yon nouvo tradiksyon, 00:06:57
00:06:57
se kòmsi w t ap vini
ak yon nouvo doktrin.00:06:59
00:06:59
Sa ki t ap mete w dozado
ak Legliz Angletè a.00:07:03
00:07:07
Apèn anviwon twa mwa
planifikasyon pwojè a, 00:07:11
00:07:11
gen lòt biblis ki te panse
menm jan avèk yo ki te ofri èd yo.00:07:15
00:07:15
Sa gen ladan l
yon mesye ki gen anpil talan:00:07:17
00:07:17
Robert Edward Garnham. 00:07:20
00:07:20
Kounye a, nou nan Cambridge,00:07:22
00:07:22
kote nou pral mande doktè
Nicolas Bell ak Doktè Chris Reid 00:07:25
00:07:25
pou yo pale nou plis
sou Garnham ak travay li.00:07:29
00:07:33
Robert Garnham te vin nan kolèj
Trinity a lè l te gen 16 an, an 1769. 00:07:38
00:07:38
Ennan annapre, yo te ba l
yon bous nan lekòl la menm. 00:07:41
00:07:41
E annapre, li te vin yon
manm administrasyon kolèj la.00:07:45
00:07:45
Byen petèt, se isit la menm,
nan bibliyotèk lekòl la00:07:47
00:07:47
li te fè anpil nan travay li yo.00:07:50
00:07:50
Nan epòk Garnham nan, petèt
bibliyotèk la pa t gentan gen ase liv, 00:07:55
00:07:54
men pifò liv ki te genyen yo se te
petèt lòt Bib ak lòt kòmantè sou Bib la 00:08:00
00:08:00
moun ki t ap etidye Bib yo te fè. 00:08:02
00:08:02
Donk, se te yon gwo avantaj pou li,00:08:05
00:08:05
pou l te gen tout liv li te bezwen
pou l fè etid sou Bib la00:08:08
00:08:08
nan yon sèl bilding nan. 00:08:10
00:08:10
Priestley ak Lindsey te apresye èd
Garnham te ba yo a anpil anpil, 00:08:16
00:08:16
paske li te vrèman entèlijan. 00:08:18
00:08:18
Men, mete sou sa, li te
yon moun ki te travay di anpil.00:08:21
00:08:21
M panse sa vrèman enteresan
pou w wè yon moun tankou Garnham00:08:25
00:08:25
k ap etidye Bib la, 00:08:27
00:08:27
k ap fouye nan yon liv konsa,
e k ap chèche konprann li.00:08:30
00:08:30
Se pa ti bèl sa bèl,
pou yon moun wè yon bagay konsa!00:08:34
00:08:34
Garnham te travay san fè bri,
men li te travay vit tou.00:08:38
00:08:38
Li te fini ak travay li te gen pou l fè a 00:08:40
00:08:40
ki se tradui liv
ki nan Nouvo Testaman an, 00:08:44
00:08:44
e apre sa,
li te kontinye tradui plis toujou.00:08:47
00:08:47
Men ki sa Priestley te di
nan yon lèt li te voye pou Lindsey, 00:08:51
00:08:51
nan dat 25 novanm 1789: 00:08:54
00:08:55
“Mesye Garnham se yon moun
nan ekip la ki itil nou anpil.” 00:08:58
00:08:58
Annapre, Lindsey te fè yon lòt
manm nan ekip la konnen: 00:09:01
00:09:01
“Pa gen pèsonn ki travay plis
pase mesye Garnham.”00:09:05
00:09:05
Finalman, koreksyon Priestley ak
ekip li a t ap fè nan tradiksyon Bib la00:09:10
00:09:10
te rive nan bout li.00:09:11
00:09:11
Epi...00:09:14
00:09:14
Se an 1791 ki te gen dezòd ki pi
vyolan ki te fèt nan Birmingham 00:09:18
00:09:18
nan 18yèm syèk la nan Grann Bretay.00:09:21
00:09:21
Mete sou pwennvi diferan yo te
genyen nan domèn politik, 00:09:24
00:09:24
Priestley ak yon seri mesye ki
kont Legliz la te fè konnen byen klè00:09:27
00:09:27
yo pa dakò ak ansèyman Legliz la.00:09:29
00:09:29
Legliz Anglikan an
te wè sa kòm yon menas,00:09:31
00:09:31
e l te soti pou l bloke yo.00:09:33
00:09:33
Apre kat jou vyolans,
te gen plizyè manifestan ki te mouri,00:09:37
00:09:37
e yo te kraze anpil kay.00:09:39
00:09:39
Pami yo, kay Priestley a.00:09:41
00:09:41
Kay li a ki te nan
Fairhill te boule rapyetè.00:09:45
00:09:45
Erezman l te rive chape!00:09:47
00:09:47
E yo te voye tout papye
ki gen rechèch li yo jete.00:09:50
00:09:50
Donk, ta sanble tout nòt
li te pran alamen yo, liv li yo,00:09:54
00:09:54
tout tradiksyon l te gentan fè yo,
te detwi lè sa a.00:09:57
00:09:57
Priestley te kite Angletè
an 1794 e l ale Ozetazini.00:10:03
00:10:03
Li te lwen lakay li, li te lwen
moun pa l yo ansanm ak kilti l, 00:10:08
00:10:08
bagay yo te vrèman difisil pou li.00:10:11
00:10:11
Li pèdi bibliyotèk li a
e li pa gen moun pou soutni l.00:10:15
00:10:15
Priestley pa t ka
kontinye ak pwojè tradiksyon l lan.00:10:19
00:10:19
Li pa t janm rekòmanse l ankò.00:10:22
00:10:22
Men, e Garnham li menm
ak travay tradiksyon l lan?00:10:26
00:10:26
N ap jwenn repons
kesyon sa yo nan vil Lonn.00:10:31
00:10:32
Garnham te vrèman pridan,00:10:34
00:10:34
e l te pibliye pifò nan travay li yo
san l pa t met non l. 00:10:37
00:10:37
Donk, apre manifestan yo
te fin kraze kay Priestley00:10:40
00:10:40
e l te abandone pwojè a,00:10:41
00:10:41
Garnham pa t fin
pibliye rès travay li a.00:10:45
00:10:45
Kèk ane annapre, atitid Garnham
te chanje nèt anrapò ak Bib la 00:10:50
00:10:50
e lafwa l te vin febli anpil anpil.00:10:53
00:10:53
Li te mouri an 1802,
li te gen 49 an.00:10:57
00:10:58
Men, e travay tradiksyon pa l la?00:11:01
00:11:01
Èske gen nan sa li
te ekri yo ki te chape?00:11:04
00:11:05
Pandan plis pase 200 an, 00:11:08
00:11:08
nou t ap di repons lan se non.00:11:10
00:11:11
Men, nan kòmansman ane 2017, 00:11:13
00:11:13
gen kèk chèchè ki te dekouvri
yon bagay ki t apral fè yo sezi 00:11:17
00:11:17
nan bibliyotèk
doktè William nan mitan vil Lonn.00:11:20
00:11:20
Ki sa yo te jwenn egzakteman?00:11:23
00:11:27
De pake dokiman ki te
ekri alamen ki te byen konsève, 00:11:30
00:11:30
e lè yo mete yo ansanm ki t ap
prèske bay Nouvo Testaman an.00:11:35
00:11:35
Youn te yon bouyon,
e lòt la te yon vèsyon rafine.00:11:39
00:11:39
E youn ladan yo te gen
twa senbòl sa yo byen klè sou li: 00:11:43
00:11:43
R.E.G, Robert Edward Garnham. 00:11:49
00:11:49
Pandan moun ki konn fè rechèch
yo t ap egzamine nouvo maniskri sa yo, 00:11:52
00:11:52
yo te rann yo kont yo te jwenn yon
bagay ki vrèman estrawòdinè:00:11:57
00:11:57
Sèl grenn maniskri ki
soti nan pwojè Priestley a00:12:00
00:12:01
pèsonn potko janm wè.00:12:02
00:12:02
Mwen panse se pa
yon bagay ki fasil00:12:05
00:12:05
pou yon moun jwenn
yon maniskri konsa. 00:12:07
00:12:07
Paske se pa anpil
ladan yo ki te chape.00:12:10
00:12:10
Se sa k fè mwen panse
dekouvèt sa a vrèman bèl. 00:12:13
00:12:13
Gen plizyè bagay ki te fè
tradiksyon Garnham nan espesyal: 00:12:17
00:12:17
Li te alamòd00:12:18
00:12:18
e l te itilize ekspresyon
moun yo te konn sèvi nan epòk la.00:12:21
00:12:22
Nan vèsè nan tradiksyon Wa Jak la ki di: 00:12:25
00:12:25
“Tout monn nan nèt
anba pouvwa mechanste”, 00:12:28
00:12:28
tradiksyon Garnham nan
li menm li di: 00:12:31
00:12:31
“Tout monn nan nèt
anba pouvwa advèsè a”. 00:12:36
00:12:38
Olye l itilize mo “lanfè” a, 00:12:41
00:12:41
Garnham tradui mo grèk “Hades”,
ki vle di “Tonm”.00:12:47
00:12:47
Bagay ki pi enpòtan nou ka note, 00:12:49
00:12:49
se lefètke
Garnham te itilize non Jewova.00:12:54
00:12:55
Kote vèsyon Wa Jak la di: 00:12:59
00:12:59
“Ou dwe renmen Seyè
ki Bondye w la ak tout kè w,”00:13:03
00:13:03
Garnham mete:00:13:06
00:13:06
“Ou dwe renmen Jewova
Bondye w la ak tout kè w.” 00:13:11
00:13:12
Alòske w ka konte sou dwèt ou00:13:14
00:13:14
konbyen fwa lòt tradiksyon yo
itilize non Bondye,00:13:17
00:13:17
Garnham li menm te suiv règ
ekip tradiksyon an te etabli a 00:13:22
00:13:22
e l te itilize non Jewova
anviwon 200 fwa 00:13:25
00:13:25
nan tout Nouvo Testaman an.00:13:28
00:13:28
Nou te toujou panse
tradiksyon sa a te pèdi.00:13:31
00:13:31
Donk, lefètke nou te jwenn00:13:33
00:13:33
tradiksyon Nouvo
Testaman Garnham nan00:13:36
00:13:36
nan mitan papye sa yo 00:13:37
00:13:37
pami dokiman nou yo, 00:13:38
00:13:38
se te yon gwo koze,
se te yon gwo sipriz.00:13:41
00:13:41
Maniskri nou te jwenn nan
bibliyotèk doktè William yo00:13:44
00:13:44
te vrèman enteresan.00:13:46
00:13:46
Se te yon seri gwo biblis
ki te byen konn ebre yo ak grèk yo00:13:50
00:13:50
ki te fè travay sa a.00:13:51
00:13:51
Se vrèman yon bèl bagay! 00:13:53
00:13:53
E se yon bagay plis moun
toujou ta dwe konnen.00:13:56
00:13:56
Travay Garnham te fè yo00:13:58
00:13:58
te pote limyè sou yon bèl
chapit nan istwa Bib la:00:14:02
00:14:02
Yon tradiksyon Nouvo Testaman an ki
te fèt ann anglè nan 18yèm syèk la, 00:14:07
00:14:07
si yo te pibliye l, ki pa t ap
kamarad okenn lòt tradiksyon.00:14:13
Yo jwenn yon tradiksyon Labib ki te pèdi
-
Yo jwenn yon tradiksyon Labib ki te pèdi
Nou nan vil Birmingham.
Joseph Priestley, yon gwo syantifik
ki te yon minis relijye t ap viv isit la.
An 1789,
Priestley te met ansanm ak
yon gwoup moun ki gen anpil talan
pou yo te kòmanse travay sou yon
nouvo tradiksyon Labib ann anglè.
Pandan 200 an ki sot pase yo,
anpil moun te panse
pwojè sa a te echwe,
e tout travay yo te fè yo te pèdi.
Ki sa k te diferan
nan tradiksyon sa a?
E poukisa yo pa t janm pibliye l?
Nou te pale ak plizyè biblis
pou n te ka dekouvri
istwa Priestley
ak pwojè tradiksyon l lan.
Li trè popilè pou travay li te fè nan
domèn lasyans, elektrisite ak gaz.
Sitou nan dekouvèt li te fè
konsènan oksijèn.
Joseph Priestley te
yon moun estrawòdinè.
Nan epòk nou an, yo plis
sonje l kòm yon syantifik.
Men, se pa konsa li t ap
renmen pou yo sonje l.
Li t ap plis vle yo sonje l kòm
yon... kòm yon minis relijye,
kòm yon teyolojyen.
Se sa ki te pi gwo pasyon l.
Li te yon moun ki te ka aprann
nenpòt lang byen rapid.
Li te gen yon bon memwa ak yon
gwo kapasite pou l travay di.
Li te aprann ebre byen bonè nan lavi l,
petèt, lè l te gen anviwon 15 an.
Apre sa, li te aprann grèk ak laten.
Li te aprann tou pifò lòt lang
ki te pwòch lang ebre a
ki te disponib nan epòk la.
Sa te ede l anpil lè l te
rekòmanse egzamine tèks biblik yo
paske li te ka konpare
tradiksyon Labib <i>Wa Jak</i> la
ak tèks orijinal nan lang orijinal yo.
Donk, te vin gen plizyè lòt
maniskri ni nan lang ebre,
ni nan lang grèk ki te vin disponib.
Maniskri sa yo te montre pafwa,
sou tèks <i>Wa Jak</i> la te baze a,
se pa t sèl tèks ki te disponib.
Mwen vrèman panse tradiksyon
<i>Wa Jak</i> la se yon bèl tradiksyon.
Men, gen kèk erè nan
tradiksyon an, gen kèk ide ki pa klè.
E gen kèk fot tou nan tradiksyon an.
Priestley te yon moun
ki te renmen reflechi.
Li t ap chèche laverite.
Gen yon verite li te konsidere
kòm verite ki pi enpòtan an:
Sèke Ekriti yo montre Bondye
Toupisan an diferan parapò ak Jezi.
An 1783,
li te pibliye ti bwochi sa a, li di:
“Labib anseye nou
gen sèlman yon Dye,
se li menm ki kreye tout bagay
e se li menm k ap dirije yo.
Se sèl Dye sa a nou dwe adore
e li te voye Jezi Kris
pou anseye limanite,
li te ba l pouvwa pou l fè mirak,
li te leve l sot nan lanmò
e li te ba l tout pouvwa
li te genyen anvan an
oswa pouvwa li genyen kounye a.
Priestley te santi
tradiksyon <i>Wa Jak</i> la te flou
nan fè diferans ant Bondye ak Jezi.
Donk, an 1787,
li te chèche èd pi bon zanmi l lan,
yon minis relijye yo te rele
Theophilus Lindsey.
Lindsey te yon manm
klèje nan legliz Anglikan an,
men tikras pa tikras,
li te kòmanse gen dout sou
kèk nosyon tankou Trinite.
Li te... Li te kòmanse konprann
ansèyman Labib yo
menm jan Priestley te konprann yo a.
Men sa Priestley te ekri Lindsey:
“Mwen kontan wè jan w renmen ide
pou nou gen yon
nouvo tradiksyon Labib la.
Pou mwen menm, se pa yon
bagay k ap twò difisil pou nou fè.
E si w chwazi fè
Nouvo Testaman an,
mwen menm m ap travay
sou Ansyen Testaman an.
E m panse nan twazan,
nou ta dwe fini pwojè sa a.”
Se te yon gwo defi pou yo te fini
pwojè sa a nan sèlman twazan.
Se te 47 biblis
ki te mete ansanm pandan setan
pou yo te fè tradiksyon <i>Wa Jak</i> la.
Donk, Priestley ak Lindsey
te mete ansanm ak de lòt biblis
pou yo te kòmanse planifye pwojè a.
Objektif yo se te amelyore
tradiksyon <i>Wa Jak</i> la
lè yo korije kèk pasaj
ki te bezwen pi byen tradui.
Ekip la te dakò
pou yo tabli yon seri règ
ki t apral gide yo nan
travay tradiksyon sa a.
Youn nan règ sa yo t ap fè
tradiksyon sa a diferan nèt
parapò ak tout lòt tradiksyon
Labib ki te fèt ann anglè
oswa petèt
nan nenpòt lang nan epòk sa a.
Règ sa a te byen senp:
Pou yo kite non Bondye
jan li parèt ann ebre a
ki se “Jewova”
olye yo mete “SEYÈ”
ki nan Ansyen Testaman an.
E yo t ap mete Jewova
nan Nouvo Testaman an
tout kote li apwopriye pou fè
distenksyon ant Bondye ak Kris.
Se pa t premye fwa
yon moun te di sa.
Sa se yon liv Hopton Haynes te ekri.
Anviwon 40 anvan pwojè
tradiksyon Priestley a te kòmanse,
Hopton Haynes te bay
yon ide menm jan an.
Haynes te kwè nan
tradiksyon <i>Wa Jak</i> la,
mo “Jewova” ki te la okòmansman an
ta dwe rete san yo pa tradui l
e si yo te mete mo “Jewova” a
nan Nouvo Testaman an
kote souvan yo te mete
“Seyè” pou li a,
sa te ka ede yo fè bonjan diferans
ant Seyè a ki se Bondye nou,
ak Seyè nou an oswa
Mèt la ki se Kris.
Ekip Priestley a te dakò
avèk ide sa a tou.
Yo te rann yo kont
yo t ap bezwen plis èd toujou.
Yo te kòmanse
chèche èd nan men lòt biblis.
Se pa tout ki te aksepte,
e yo te gen rezon pou yo pridan.
Nan 18yèm syèk la, sa te konplike
anpil pou yon moun pran inisyativ
pou l tradui yon Bib
nan peyi Angletè.
Sa te mache ak anpil danje.
Kèlkeswa tradiksyon Labib yon
moun ta eseye fè nan epòk sa a
te ka ba l gwo pwoblèm.
Gen kèk gwoup moun ki te deja
eseye kòmanse fè tradiksyon,
men, byen souvan,
yo pa t janm fini.
Se sou tradiksyon <i>Wa Jak</i> la Legliz
Angletè a te fonde doktrin li.
Se tradiksyon sa a
Legliz la te vle moun yo itilize.
Se nan vèsyon sa a
ansèyman Legliz la te soti.
Donk, se kòmsi ou t ap opoze
ak Legliz la si w ta fè konprann
tradiksyon sa a pa fin twò bon.
E si w ta vini
ak yon nouvo tradiksyon,
se kòmsi w t ap vini
ak yon nouvo doktrin.
Sa ki t ap mete w dozado
ak Legliz Angletè a.
Apèn anviwon twa mwa
planifikasyon pwojè a,
gen lòt biblis ki te panse
menm jan avèk yo ki te ofri èd yo.
Sa gen ladan l
yon mesye ki gen anpil talan:
Robert Edward Garnham.
Kounye a, nou nan Cambridge,
kote nou pral mande doktè
Nicolas Bell ak Doktè Chris Reid
pou yo pale nou plis
sou Garnham ak travay li.
Robert Garnham te vin nan kolèj
Trinity a lè l te gen 16 an, an 1769.
Ennan annapre, yo te ba l
yon bous nan lekòl la menm.
E annapre, li te vin yon
manm administrasyon kolèj la.
Byen petèt, se isit la menm,
nan bibliyotèk lekòl la
li te fè anpil nan travay li yo.
Nan epòk Garnham nan, petèt
bibliyotèk la pa t gentan gen ase liv,
men pifò liv ki te genyen yo se te
petèt lòt Bib ak lòt kòmantè sou Bib la
moun ki t ap etidye Bib yo te fè.
Donk, se te yon gwo avantaj pou li,
pou l te gen tout liv li te bezwen
pou l fè etid sou Bib la
nan yon sèl bilding nan.
Priestley ak Lindsey te apresye èd
Garnham te ba yo a anpil anpil,
paske li te vrèman entèlijan.
Men, mete sou sa, li te
yon moun ki te travay di anpil.
M panse sa vrèman enteresan
pou w wè yon moun tankou Garnham
k ap etidye Bib la,
k ap fouye nan yon liv konsa,
e k ap chèche konprann li.
Se pa ti bèl sa bèl,
pou yon moun wè yon bagay konsa!
Garnham te travay san fè bri,
men li te travay vit tou.
Li te fini ak travay li te gen pou l fè a
ki se tradui liv
ki nan Nouvo Testaman an,
e apre sa,
li te kontinye tradui plis toujou.
Men ki sa Priestley te di
nan yon lèt li te voye pou Lindsey,
nan dat 25 novanm 1789:
“Mesye Garnham se yon moun
nan ekip la ki itil nou anpil.”
Annapre, Lindsey te fè yon lòt
manm nan ekip la konnen:
“Pa gen pèsonn ki travay plis
pase mesye Garnham.”
Finalman, koreksyon Priestley ak
ekip li a t ap fè nan tradiksyon Bib la
te rive nan bout li.
Epi...
Se an 1791 ki te gen dezòd ki pi
vyolan ki te fèt nan Birmingham
nan 18yèm syèk la nan Grann Bretay.
Mete sou pwennvi diferan yo te
genyen nan domèn politik,
Priestley ak yon seri mesye ki
kont Legliz la te fè konnen byen klè
yo pa dakò ak ansèyman Legliz la.
Legliz Anglikan an
te wè sa kòm yon menas,
e l te soti pou l bloke yo.
Apre kat jou vyolans,
te gen plizyè manifestan ki te mouri,
e yo te kraze anpil kay.
Pami yo, kay Priestley a.
Kay li a ki te nan
Fairhill te boule rapyetè.
Erezman l te rive chape!
E yo te voye tout papye
ki gen rechèch li yo jete.
Donk, ta sanble tout nòt
li te pran alamen yo, liv li yo,
tout tradiksyon l te gentan fè yo,
te detwi lè sa a.
Priestley te kite Angletè
an 1794 e l ale Ozetazini.
Li te lwen lakay li, li te lwen
moun pa l yo ansanm ak kilti l,
bagay yo te vrèman difisil pou li.
Li pèdi bibliyotèk li a
e li pa gen moun pou soutni l.
Priestley pa t ka
kontinye ak pwojè tradiksyon l lan.
Li pa t janm rekòmanse l ankò.
Men, e Garnham li menm
ak travay tradiksyon l lan?
N ap jwenn repons
kesyon sa yo nan vil Lonn.
Garnham te vrèman pridan,
e l te pibliye pifò nan travay li yo
san l pa t met non l.
Donk, apre manifestan yo
te fin kraze kay Priestley
e l te abandone pwojè a,
Garnham pa t fin
pibliye rès travay li a.
Kèk ane annapre, atitid Garnham
te chanje nèt anrapò ak Bib la
e lafwa l te vin febli anpil anpil.
Li te mouri an 1802,
li te gen 49 an.
Men, e travay tradiksyon pa l la?
Èske gen nan sa li
te ekri yo ki te chape?
Pandan plis pase 200 an,
nou t ap di repons lan se non.
Men, nan kòmansman ane 2017,
gen kèk chèchè ki te dekouvri
yon bagay ki t apral fè yo sezi
nan bibliyotèk
doktè William nan mitan vil Lonn.
Ki sa yo te jwenn egzakteman?
De pake dokiman ki te
ekri alamen ki te byen konsève,
e lè yo mete yo ansanm ki t ap
prèske bay Nouvo Testaman an.
Youn te yon bouyon,
e lòt la te yon vèsyon rafine.
E youn ladan yo te gen
twa senbòl sa yo byen klè sou li:
R.E.G, Robert Edward Garnham.
Pandan moun ki konn fè rechèch
yo t ap egzamine nouvo maniskri sa yo,
yo te rann yo kont yo te jwenn yon
bagay ki vrèman estrawòdinè:
Sèl grenn maniskri ki
soti nan pwojè Priestley a
pèsonn potko janm wè.
Mwen panse se pa
yon bagay ki fasil
pou yon moun jwenn
yon maniskri konsa.
Paske se pa anpil
ladan yo ki te chape.
Se sa k fè mwen panse
dekouvèt sa a vrèman bèl.
Gen plizyè bagay ki te fè
tradiksyon Garnham nan espesyal:
Li te alamòd
e l te itilize ekspresyon
moun yo te konn sèvi nan epòk la.
Nan vèsè nan tradiksyon
<i>Wa Jak</i> la ki di:
“Tout monn nan nèt
anba pouvwa mechanste”,
tradiksyon Garnham nan
li menm li di:
“Tout monn nan nèt
anba pouvwa advèsè a”.
Olye l itilize mo “lanfè” a,
Garnham tradui mo grèk “Hades”,
ki vle di “Tonm”.
Bagay ki pi enpòtan nou ka note,
se lefètke
Garnham te itilize non Jewova.
Kote vèsyon Wa Jak la di:
“Ou dwe renmen Seyè
ki Bondye w la ak tout kè w,”
Garnham mete:
“Ou dwe renmen Jewova
Bondye w la ak tout kè w.”
Alòske w ka konte sou dwèt ou
konbyen fwa lòt tradiksyon yo
itilize non Bondye,
Garnham li menm te suiv règ
ekip tradiksyon an te etabli a
e l te itilize non Jewova
anviwon 200 fwa
nan tout Nouvo Testaman an.
Nou te toujou panse
tradiksyon sa a te pèdi.
Donk, lefètke nou te jwenn
tradiksyon Nouvo
Testaman Garnham nan
nan mitan papye sa yo
pami dokiman nou yo,
se te yon gwo koze,
se te yon gwo sipriz.
Maniskri nou te jwenn nan
bibliyotèk doktè William yo
te vrèman enteresan.
Se te yon seri gwo biblis
ki te byen konn ebre yo ak grèk yo
ki te fè travay sa a.
Se vrèman yon bèl bagay!
E se yon bagay plis moun
toujou ta dwe konnen.
Travay Garnham te fè yo
te pote limyè sou yon bèl
chapit nan istwa Bib la:
Yon tradiksyon Nouvo Testaman an ki
te fèt ann anglè nan 18yèm syèk la,
si yo te pibliye l, ki pa t ap
kamarad okenn lòt tradiksyon.
-