JW subtitle extractor

Mark Noumair: Nou ka andire menm jan ak Jòb (Wom. 15:4)

Video Other languages Share text Share link Show times

Jodi a, nou pral wè sa nou
ka aprann nan liv Jòb la.
Leson an se,
se vre Bondye kite Dyab la
ap dirije monn nan
men, liv Jòb la ede nou
vin gen plis konfyans
se Jewova ki
pi gwo otorite a.
E lè nou kwè toutbon se
li menm ki pi gwo otorite a,
sa ede nou andire.
Anfèt, se nan liv Jòb la
yo rele Jewova “Toupisan”,
pi souvan pase rès
pati ki nan Bib la,
ekspresyon sa parèt 32 fwa.
Bib la pa sèlman rakonte
istwa liv Jòb la
men, li fè nou konnen sa k
t ap pase anba anba.
Sa Jòb pa t konnen, sa k t ap
rive, sa k t ap pase nan syèl la.
Li ede n aprann anpil bagay sou
Jewova antanke pi gwo otorite a.
Annou fè yon ti gade.
Kounye a, annou ouvri
Bib nou nan Jòb chapit 1.
Jòb chapit 1, n ap
kòmanse ak vèsè 6:
“Twouve, jou a te rive pou pitit
vrè Dye a genyen yo te antre
vin devan Jewova, e Satan
te antre nan mitan yo tou.”
Bon, Satan te ka la sèlman paske
Jewova te ba l pèmisyon pou l la.
Jewova te kite Satan la
yon fason pou
yon gwo kesyon te ka
jwenn repons.
Men, li bon pou nou
sonje prezans Satan
pa t briding Jewova,
li menm ki se Souvren linivè a.
Jewova te gen kontwòl
sa k t ap pase.
Se li k t ap deside
jan sa t ap ye.
E otorite l pa t menase ditou.
Jan nou pral wè sa nan
vèsè ki apre a, vèsè 7:
“Lè sa a, Jewova mande Satan:
‘Ki kote w soti?’”
Se Jewova ki t ap mennen
konvèsasyon an.
Jewova poze kesyon.
Satan bay repons.
Jewova gen kontwòl tout bagay.
Jewova te deja konn
repons kesyon:
‘Kote w soti a?’
Men, lè l kite Satan pale,
se kite l kite Satan
fè tout moun konnen sa
Jewova te deja konnen,
Satan t ap vire won sou tè a
e se dega sèlman li t ap lakòz.
Kounye a, annou gade vèsè 8 la,
pou n wè ki sa l fè annapre.
Li toujou gen kontwòl
konvèsasyon an.
Li kòmanse met presyon
sou Satan pou l fè l pale.
Vèsè 8:
“Epi, Jewova di Satan:
‘Èske w wè Jòb, sèvitè m nan?’”
Oswa jan nòt la di sa:
“Èske w fikse kè w sou” Jòb?
Jewova fè Satan pale.
Li konnen sa Satan vle.
Men, Satan se yon lach,
li pa menm pale de koze Jòb la.
Se Jewova ki te vin
ak sijè sa a.
Li te konnen Satan
te fikse lespri l sou Jòb.
Jan nou pral wè sa,
Jewova te konnen egzakteman
sa k te nan kè Satan.
Se kòmsi l te di:
‘Di sa w panse a non.
Di sa w panse a.’
E li te pale vre.
E nan vèsè 10 la,
Satan di:
“Èske w pa fè yon lantouray
pou pwoteje ni li menm,
ni fanmi l, nou tout
sa l genyen?”
Se vre, e Satan pa ka
fè anyen kont sa.
Lefètke Satan pa t ka
retire lantouray sa a,
sa montre jan li pa gen
okenn pouvwa parapò
ak otorite Jewova genyen.
E Jewova gen tout dwa
pou l pwoteje pèp li a,
e li sèvi ak pisans li
pou l fè sa.
Nou sonje nan jaden
Edenn nan apre Adan
te fin vire do bay Jewova,
ki sa li te fè?
Li te aji menm kote a pou l te
kontwole jaden Edenn nan
ansanm ak pyebwa lavi a
lè l mete de cheriben la
pou pwoteje l.
Satan pa t ka fè
anyen kont sa.
E nan delij Noye a,
ki sa Jewova te fè?
Li te touye Nefilim yo,
ki te fè pati òganizasyon
Satan sou tè a.
Dyab la pa t ka
fè anyen kont sa.
Yon lòt fwa ankò, sa montre se
Jewova ki pi gwo otorite a.
Kounye a, nan Jòb 1:11 lan
Satan di Jewova:
“Men, kounye a, fè yon
chanjman, lonje men w,
detwi tout sa l genyen.”
Satan vle pou Jewova lonje
men l pou l detwi Jòb?
Non.
Jewova pa t ap janm fè sa.
Jewova toujou gen
kontwòl tout sitiyasyon an
e li pa bezwen nan fè
deba ak Satan.
Li pa nan pran lòd nan
men Dyab la,
ni tou pou l fè
pèp li a soufri.
Men, li kite Satan teste Jòb,
men gen yon limit.
Gade sa nan vèsè 12 la.
Gade ankò jan Jewova montre se
li menm ki pi gwo otorite a.
Nan vèsè 12 la, li kite Satan
teste Jòb men, li ba l yon limit.
Men sa li di, gade
pou n wè, nou wè:
“Pinga w touche l!”
E sa montre li mete
limit nan sa Satan ka fè.
Li oblije fè sa Jewova di l.
Sa ki montre tout moun Satan pa
ka gen kontwòl sou tout bagay.
Jewova montre Satan pa
gen otorite pou l fè e defè.
Satan pa anyen konpare
avèk Jewova.
Men, pi gwo bagay Satan vle a,
se yon bagay li pap janm genyen
paske, ap toujou gen moun sou
tè a k ap adore Jewova fidèlman.
Nan chapit 1 an nou ka
wè aklè jan Satan piti
e nou ka wè aklè jan se
Jewova ki gen tout otorite a.
Annapre nan chapit 2 a,
nou li konsènan yon lòt
reyinyon ki te fèt nan syèl la.
E la Satan te parèt ankò jan
nou wè sa nan vèsè 1 an,
gade vèsè 6 la,
kote yon lòt fwa ankò li vle fè
konprann Jòb pap rete fidèl.
E nan vèsè 6 la Jewova di:
“Gade!
Li nan men w [...]
pinga w retire lavi l.”
Ou wè, nou wè yon
lòt fwa ankò,
Satan rekonèt li pa gen menm
pouvwa ak Jewova.
Jewova ba l yon pinga,
se kòmsi l di l, sèlman hm...
Li oblije fè sa Jewova di l.
Bon, yon lòt fwa ankò sa montre
se Jewova ki Toupisan an.
E se sa nou vle nou sonje.
Lefètke nou konnen Jewova gen
plis pouvwa pase nenpòt moun
sa fè n gen konfyans nan li
e ede nou andire.
Nan Jòb 42:10 la, Jewova
montre otorite l genyen.
Bon, Jòb gentan gen plizyè
mwa depi l ap soufri,
petèt mwens pase yon ane
e kounye a se fini.
Men gade sa k rive
nan vèsè 10 la:
“Apre Jòb fin priye
pou zanmi l yo,
Jewova te retire Jòb nan
soufrans li te ye a.”
Oswa jan nòt la di sa, li te fè Jòb
“sot nan esklavaj li te ye a”.
Kou Jòb fè Satan fèmen bouch li
paske l ret fidèl anba soufrans.
Se kòmsi Jewova di se fini,
epi li fè Jòb sispann soufri.
E Souvren linivè a aji
menm kote a
pou l fè Jòb sispann nan
esklavaj li te ye a.
Nou wè, se kòmsi li te toujou
kenbe Satan nan kòd.
E poukisa sa enpòtan?
Se paske, lè nou konprann
se Jewova ki gen tout otorite
sa ban nou plis konfyans nan li.
Li pap janm kite sistèm sa a
kontinye rete kantite tan
pase sa ki nesesè a.
Donk, ann rezime tout sa n
sot di yo ak Women 15:4.
Se bagay sa yo k ap ban nou
fòs pou nou andire,
epi fè n sonje nou pap jwenn
eprèv ki depase sa nou ka sipòte.
Se bagay sa yo ki konvenk nou
Jewova gen kontwòl sitiyasyon an
e kèlkeswa sa li pèmèt rive,
sa ann amoni ak objektif li
e Satan gen limit nan
otorite li genyen.
Se bagay sa yo ki pwouve nou
Papa nou ki nan syèl la,
li chofe pou l fè nou soti nan
sitiyasyon difisil nou ye a.
Wi, se bagay sa yo
“yo te ekri yo pou
enstriksyon nou”.