JW subtitle extractor

Hermanus van Selm: Jewova bay garanti benediksyon li pwomèt yo ap reyalize (Rev. 21:4-6)

Video Other languages Share text Share link Show times

Kòmantè tèks pou
jounen an
pale de benediksyon
Bondye pral bay
moun ki pral viv
nan Paradi
ki pral gen sou tè a.
Nou pral pale sou
kesyon sa yo:
Ki benediksyon
Jewova pwomèt?
E ki jan n ka sèten pwomès sa yo
ap reyalize?
Toudabò, ki pwomès Jewova fè?
N ap jwenn repons lan
nan yon vèsè yo site nan
fen atik Toudegad
kote kòmantè tèks pou
jounen an soti a.
Se yon vèsè nou tout
renmen anpil.
Se Revelasyon 21:4.
Men sa nou li:
“[Bondye] ap siye tout dlo
nan je yo,
pap gen lanmò ankò,
e moun pap nan lapenn ankò
akoz moun pa yo ki mouri.
Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.
Ansyen bagay yo disparèt.”
Lè nou fin li bèl pwomès sa a
pou moun nou rankontre
nan travay predikasyon an,
yo souvan di nou:
“Sa w di a vrèman bèl.
Men, ou kwè sa ap fèt vre?”
Natirèlman, lè Jewova
te pouse Jan
pou l ekri pwomès sa yo
konsènan Paradi a,
Jewova te konnen nou t ap
gen pou n itilize pawòl sa yo
nan travay predikasyon
Wayòm nan jodi a.
E Jewova te konnen tou,
li t ap difisil anpil pou anpil moun
kwè nan pwomès sa yo.
Sa mennen nou nan dezyèm
kesyon nou an:
Poukisa nou kapab sèten toutbon
pwomès sa yo ap reyalize?
Ebyen, Jewova pa sèlman
fè nou yon pwomès,
men tou, li ban nou rezon
ki fè nou ka kwè
pwomès sa a ap reyalize.
Donk, ki rezon Jewova ban nou
nou ka montre lòt moun
pou ede yo wè nou ka fè pwomès
Jewova yo konfyans?
Nou jwenn rezon yo nan
menm chapit la,
nan vèsè 5 ak nan vèsè 6 la.
Men sa nou li:
“E Sila a ki chita sou twòn nan di:
‘Gade! Kounye a, m ap fè tout
bagay vin tounèf.’
Li di tou: ‘Ekri sa, paske pawòl sa yo
fidèl e yo se laverite.’
Epi li di m: ‘Yo reyalize!
Mwen se Alfa ak Omega,
kòmansman an ak finisman an.’”
Bon, ki sa k fè vèsè sa yo
ranfòse lafwa nou gen nan
pwomès Bondye yo?
Men sa liv La Révélation: le grand
dénouement est proche! la di
konsènan vèsè sa yo:
“Se kòmsi Jewova te siyen
yon papye ak men l
bay moun ki fidèl yo pou
ba yo garanti.”
Donk, nou jwenn pwomès
Bondye a nan vèsè 4.
Epi nan vèsè... nan vèsè 5 lan,
nou wè kote Jewova siyen an.
Sa vle di, li bay garanti l ap
kenbe pwomès li fè a.
Bon, ann egzamine pawòl
ki nan vèsè 5 lan.
Vèsè sa a kòmanse
ak pawòl sa a:
“Sila a ki chita sou twòn nan di.”
Ki sa k fè pawòl sa a espesyal?
Se paske se youn nan
sèlman twa okazyon
nan tout liv Revelasyon an
Jewova li menm ap pale nan
vizyon yo te bay Jan an.
Bon, lefètke garanti sa a
nou jwenn nan
se pa yon zanj pisan ki bay li,
pa menm Jezi ki te resisite,
men, se Jewova menm ki bay li,
sa fè nou kwè pawòl sa yo
se laverite.
Poukisa nou di sa?
Reflechi ak egzanp sa a.
Lè yo bezwen bay yon anons
enpòtan nan fanmi Betèl la,
oswa nan kongregasyon an,
yo chwazi yon ansyen
manm fanmi Betèl la,
oswa kongregasyon an,
respekte anpil pou bay
anons sa a.
Poukisa?
Paske li pi fasil pou moun
k ap tande anons lan
fè anons lan konfyans
lè se yon moun yo konnen
yo ka fè konfyans
k ap bay anons sa a.
Menm jan an tou, lefètke
nou konnen
Jewova se “Bondye, ki pa ka
bay manti” a,
sa fè nou gen yon
konfyans total
nan garanti sa a nou li
nan vèsè 5 lan.
Ki premye pati nan garanti a?
Jewova di:
“Gade! Kounye a, m ap fè
tout bagay vin tounèf.”
Note pawòl sa yo: “M ap fè.”
Piske Jewova ap pale de lavni,
poukisa li pa di: ‘Mwen pral fè’?
Ebyen, Jewova tèlman sèten
pwomès sa a ap reyalize,
se sa k fè, li pale de li kòmsi l
te deja reyalize.
Se sa k fè, li di “m ap fè”,
olye l di “m pral fè”.
Ann gade pwochen pati
deklarasyon an kounye a:
“Fè tout bagay vin tounèf.”
Nan Revelasyon 21 an, fraz
“fè tout bagay vin tounèf” la
fè referans ak de bagay
Jewova fè.
Nou ta ka di l ap ranplase
e l ap repare.
Men sa nou li anrapò ak
ranplase nan vèsè 1 an:
“Ansyen syèl la ak ansyen
tè a ap disparèt.”
La a, nou rive konprann Jewova
ap elimine yo nèt.
L ap retire syèl ak tè
ki la kounye a,
e l ap met “yon syèl tounèf ak
yon tè tounèf” nan plas yo,
sa vle di, yon nouvo gouvènman
pral dirije moun ki jis yo.
Epitou, anpalan de Paradi a,
nan vèsè 5 lan,
Jewova pa pale de ranplase,
men pito, li pale de repare.
Men sa yon referans biblik
fè konnen: “Bondye pa t di:
‘M ap fè lòt bagay nèf’,
men, Bondye te di:
‘M ap fè tout bagay vin tounèf.’”
Donk, Jewova pral fè tout bagay
ki egziste deja yo vin tounèf
lè l repare yo pou l fè yo
vin pafè ankò.
Ki lòt bagay ki nan garanti
Bondye bay la?
Annou gade fen vèsè 5 lan.
Li di:
“Ekri sa, paske pawòl sa yo
fidèl e yo se laverite.”
Nou ka rezime lòd Bondye bay
Jan an ak yon sèl mo: Ekri.
Epitou, Jewova te bay rezon ki fè
Jan te dwe ekri pawòl sa yo:
“Pawòl [Bondye] yo fidèl
e yo se laverite.”
Vrèmanvre, nou ka fè pawòl
Bondye yo konfyans
paske yo egzak e yo fyab.
Jodi a, nou rekonesan lefètke
Jan te obeyi lòd Bondye te bay
pou l ekri a.
Se sa k fè, nou ka li, epi etidye
liv Revelasyon an.
Ki sa k gen nan garanti Bondye
bay la ankò?
Gade vèsè 6 la. Li di:
“Yo reyalize!”
Sa ki vle di yo vin reyalite.
Jewova te pale avèk Jan
kòmsi tout sa l te di nan vèsè 4 yo
te deja reyalize.
E l te gen rezon pou l di sa
paske pa gen anyen ki ka anpeche
Jewova reyalize objektif li.
N ap jwenn menm asirans sa a
nan pwochen pati garanti
Bondye bay la:
“Mwen se Alfa ak Omega.”
Jan n te di sa anvan, nan liv
Revelasyon an,
Jewova pale twa fwa nan
vizyon yo te bay Jan an.
N ap jwenn twa okazyon sa yo
nan Revelasyon 1:8, 21:5,
ak 22:13.
Yon bagay ki enpòtan sèke
nan toule twa okasyon sa yo,
Jewova fè menm deklarasyon an:
“Mwen se Alfa ak Omega.”
Alfa se premye lèt nan
alfabè grèk la,
e Omega se dènye lèt la.
Poukisa Jewova itilize
tit sa a pou tèt li?
Ebyen, Alfa kòmanse alfabè a,
e Omega fini alfabè a.
Se menm bagay la tou
pou Jewova.
Lè l kòmanse yon bagay,
l ap fini l kanmenm.
Pa egzanp, okòmansman,
nan jaden Edenn nan,
Jewova pa t annik di
objektif li se te pou gen
moun pafè sou tè a.
Men, li te di se pou tè a ranpli
ak desandan Adan ak Èv
ki pafè
ki t apral fè tè a tounen
yon paradi.
Nan moman sa a, se kòmsi
Jewova te di: “Alfa”.
Sepandan, jan sa parèt
nan Jenèz 2:3,
nan fen jou repo Bondye a,
prensipal objektif li te gen pou tè a
ak pou lèzòm pral reyalize.
Nan fen rèy mil an,
desandan Adan ak Èv yo ki pafè
pral abite sou tè a k ap
tounen yon paradi,
jan Jewova te di sa a.
Nan moman sa a, se kòmsi
Jewova pral di: “Omega”.
Donk, pou fini, ki asirans nou ka
bay moun ki pa fin kwè
pwomès konsènan Paradi a
ap reyalize?
Bon, nou ka di twa bagay ki fè
pati garanti Jewova bay la.
Premyèman, se Jewova menm
ki fè pwomès la.
Li gen sajès e li vle reyalize
pwomès sa a.
Dezyèmman, reyalizasyon
pwomès sa a tèlman sèten,
pou Jewova se kòmsi li te
deja reyalize.
E twazyèmman, lè Jewova
kòmanse yon bagay,
l ap fini l kanmenm.
Epi sonje, chak fwa n ap
pale ak moun yo
nan travay predikasyon an sou
twa bagay ki fè pati garanti sa a,
se ranfòse n ap ranfòse konfyans
nou nan pwomès Jewova yo.
Donk, pwochen fwa n ap li
Revelasyon 21:4,
epi yon moun di:
“Sa w di a vrèman bèl.
Men, ou kwè sa ap fèt vre?”
Ki sa n ka fè?
Li vèsè 5 ak 6 la avè l,
epi, montre l garanti Jewova
bay pou pwomès sa a,
lè l mete anba l pwòp siyati l.