JW subtitle extractor

Betty Georges: Obeyisans toujou bay bon rezilta (1 Wa 2:3)

Video Other languages Share text Share link Show times

Ann egzamine kontèks
tèks pou jounen an ansanm,
konsa n ap jwenn
yon prensip ki enpòtan
pou nou tout.
Kounye a, m ap envite
nou ouvri Bib nou
nan 1 Wa chapit 1 vèsè...
Padon, se 1 Wa chapit 2
nan vèsè 1 an
n ap wè sa k te pase.
Se 1 Wa 2:1 di:
“Lè moman an te prèske rive
pou David mouri,
men sa li te di
Salomon, pitit gason l.”
N ap jwenn dènye pawòl
li te di pitit gason l lan,
nan vèsè 2 a ki se
tèks pou jounen an:
“Pran kouraj
epi met gason sou ou.”
Nan vèsè 3 a,
n ap jwenn
yon prensip enpòtan.
Men sa David te di:
“Se pou w kontinye obeyi
Jewova, Bondye w la,
se pou w mache
nan chemen l yo,
lè w obeyi lwa l yo.”
Epi li kontinye,
men nou ka kanpe la.
Kounye a, si n ta gen
pou n rezime pawòl David yo
ak yon sèl mo,
ki mo l t ap ye?
Obeyisans.
Sa vle di,
si Salomon te obeyisan,
ki rezilta li t ap jwenn?
Gad dènye pati vèsè 3 a.
David te di: “Si w fè sa
[sa se rezilta obeyisans],
w ap reyisi
nan tout sa w ap fè
e kèlkeswa kote w ale.”
Sa a se gwo koze!
Bon, men prensip enpòtan an:
Lè n obeyi, sa toujou
bay bon rezilta.
Se sa k te rive nan ka Salomon.
Toutotan l te obeyi,
li te reyisi.
Kounye a, ann wè ki jan
Dànyèl te aplike prensip sa a,
e n ap wè ki jan
prensip sa a te ede l reyisi.
Dànyèl te byen suiv
prensip sa a.
Tanpri, ouvri Bib nou
nan Dànyèl chapit 1.
Nou pral wè ki sa
Dànyèl te fè
lè l te rive Babilòn,
e nou pral wè ki jan
nou ka konpare
aksyon Dànyèl te fè nan epòk la
ak aksyon manm Komite
lyezon ospitalye yo sou tout tè a.
Se Dànyèl chapit 1,
annou gade prensip la ankò.
Nan vèsè 8 la,
n ap wè Dànyèl te byen deside
pou l obeyi Jewova.
N ap li Dànyèl 1:8:
“Men, Dànyèl te byen deside nan kè l
pou l pa kontamine tèt li
ak bon manje
wa a te konn manje.”
Poukisa li pa t vle manje
bon manje wa a
te konn manje?
Petèt, yo pa t retire tout san an
nan bèt yo te touye
pou yo manje yo
Dànyèl te vle obeyi
lwa Bondye te bay sou san an.
Se menm bagay la pou nou.
Nou pran detèminasyon
pou n obeyi lwa Jewova
bay konsènan san.
Pou Dànyèl te kapab respekte
desizyon li te pran pou li obeyi,
li te rann li kont li bezwen èd.
Ki sa l te fè?
Men sa rès vèsè a di:
“Se sa k fè li te mande
mesye ki te alatèt
moun ki nan gwo
pozisyon nan palè a
pèmisyon pou l pa kontamine
tèt li ak bagay sa yo.”
Se menm bagay la jodi a.
Pou n obeyi lòd
Jewova bay konsènan san
nou bezwen èd doktè ki kalifye
ki dispoze respekte
pozisyon nou konsènan san.
Vèsè a di Dànyèl te mande
mesye ki te alatèt la.
Èske l te fè sa yon sèl fwa?
Sa entèresan pou nou wè
yo te kapab di tou
Dànyèl te kontinye mande,
li pa t fè sa yon sèl fwa.
Se menm bagay la jodi a tou.
Grasa pakèt efò manm KLO yo fè
pou yo kontakte doktè yo
e pou yo kenbe kontak avèk yo
dispozisyon sa a bay bon rezilta.
E se sa ki te rive nan ka Dànyèl,
gad ki sa vèsè 9 la di, li di:
“Epi, vrè Dye a
te fè mesye ki te alatèt
moun ki nan gwo pozisyon
nan palè a fè Dànyèl favè
[nòt la di: “Aji byen ak Dànyèl”]
e li te fè l gen pitye pou li.”
Dànyèl te reyisi.
E se konsa tou,
grasa travay di KLO yo fè toupatou
sou tè a pandan plizyè ane,
kounye a nou gen plis pase
100 000 doktè toupatou sou tè a
ki dispoze pran swen
Temwen Jewova yo
san yo pa ba yo san.
Ann al nan vèsè 10 la,
n ap wè gen yon chanjman la a.
Vèsè 10 la di:
“Men, mesye ki te alatèt moun
ki nan gwo pozisyon nan palè a
te di Dànyèl:
‘Mwen pè wa a, mèt mwen an.’”
Nou wè, li chanje lide,
li chanje fason l panse.
E sa rive nou tou jodi a,
pafwa doktè yo ka renka
pou yo pran swen
yon pasyan ki Temwen.
Sa k ka fè sa?
Yo ka manke eksperyans.
Yo ka manke ekipman.
E pafwa yo ka jis vle obeyi
enstriksyon lopital y ap travay
ladan l lan ba yo.
Se sa k te rive mesye
ki te alatèt nan palè a:
“Mwen pa vle dezobeyi wa a.”
Èske Dànyèl te bay vag?
Jewova m fè tout sa m kapab
pou m obeyi w,
men, m pa ka fè anyen ankò.
Non, li pa t bay vag.
Tanpri, gad ki sa vèsè 11 lan di:
‘Men, mesye ki te alatèt moun
ki nan gwo pozisyon nan palè a
te met yon moun veye sou Dànyèl,
e Dànyèl te di moun nan.’
Nou wè, Dànyèl t al pale ak lòt moun.
Menm jan tou jodi a,
manm KLO yo pa sèlman pale
ak kèk doktè ki dispoze ede nou,
yo kontinye frape lòt pòt.
Yo kontinye chèche
doktè k ap dispoze
pran swen nou ann amoni
ak lwa Jewova yo.
Ki rezilta sa te bay?
Nan vèsè 12 la,
gad ki sa Dànyèl te di
mesye yo te met veye yo a:
“Tanpri, fè yon tès sou nou menm,
sèvitè w yo, pandan dis jou.”
La a, Dànyèl t ap fè
yon prezantasyon
pou moun ki t ap veye yo a.
Tanpri, nou ka fè yon lòt bagay.
Èske nou ka eseye yon lòt metòd?
Se menm bagay la KLO yo fè.
Èske n ka eseye yon lòt tretman
ki pa gen san ladan l?
Èske n ka eseye yon lòt metòd,
eseye yon lòt apwòch?
Ki rezilta sa te bay?
Vèsè 14 la di:
“Vrèmanvre, [moun ki t ap veye yo a]
te aksepte sa yo di l la
e li te fè yon tès sou yo
pandan dis jou.”
Menm jan tou jodi a,
manm KLO yo fè
anpil prezantasyon.
Anfèt, nan ane k sot pase yo,
òganizasyon an te bay KLO yo
yon nouvo prezantasyon
PowerPoint
pou yo fè ak doktè yo.
N ap montre nou twa premye paj
nan prezantasyon sa a.
Premye paj la se tankou
yon envitasyon n ap fè doktè yo.
Nou vle kolabore avèk yo.
Nou pa vle nan kont avèk yo.
Nou vle kowopere avèk yo.
Jan n ka wè sa nan
dezyèm paj prezantasyon an,
pafwa, pozisyon pasyan
ki Temwen yo
konn diferan ak pozisyon doktè yo.
Objektif prezantasyon an
se fè yon pon
ant pasyan ki Temwen yo
ak doktè yo
pou yo kapab kolabore ansanm.
Nou kontan fè n konnen
prezantasyon sa yo bay
KLO yo bonjan rezilta.
Mèsi pou foto yo!
Epitou, sèlman nan tèritwa
filyal peyi Etazini an,
nan ane k sot pase a,
yo te fè plis pase 3 600
prezantasyon pou doktè yo
pou montre yo lòt
metòd yo ka itilize
lè y ap pran swen
pasyan ki Temwen yo.
Jan n deja wè sa,
nou wè jan prensip sa a
te ede Dànyèl.
Li te obeyisan e Jewova
te beni obeyisans li.
Se menm bagay la
pou nou jodi a.
Jewova beni nou
paske nou obeyi
kòmandman pou n evite san.
Grasa efò Komite
lyezon ospitalye yo,
bonjan travay yo kontinye fè,
nou jwenn bon rezilta.
Nou gen doktè ki dispoze
pran swen nou san pwoblèm.
Kounye a, men yon kesyon
pou ou menm avè m.
Ki jan nou ka soutni
bèl dispozisyon sa a,
yon dispozisyon ki demontre
lanmou e ki efikas,
Jewova pran pou nou?
Nou ka fè de bagay.
Premyèman, nou vle
obeyi enstriksyon
Kolèj santral la te bay
sa gen plis pase dezan.
Siman, nou sonje anons
Kolèj santral la te bay
nan mwa janvye 2023 a,
kote yo te ankouraje nou
pou n kontakte
Komite lyezon ospitalye a
pi bonè posib
lè nou nan sitiyasyon
ki mande pou n al ka doktè
menmsi nou ta panse
yo pap mande n pran san,
paske pi bonè pi bon.
Nou kontan wè
toupatou sou tè a
frè ak sè nou yo ap suiv
enstriksyon sa a.
Kòm rezilta,
kantite ka ijan yo vin diminye.
Sa vrèman touche kè nou!
N ap sove lavi nou,
n ap sove lavi moun.
Sa sitou enpòtan
nan ka sè ki ansent yo
paske lè yon fi ansent
se pa sèlman
yon vi ki an danje,
men, se de.
Donk, lè yo kontakte
KLO yo byen bonè,
sa bay bon rezilta.
Gen yon ka konsa
ki te pase ann Afrik.
Yon sè ansent te kontakte
KLO ansanm ak mari l.
Yo te mete yo
an kontak ak yon doktè
ki dispoze kolabore ak KLO.
Nòmalman, tout bagay
te byen pase
nan premye ak dezyèm
trimès gwosès la.
Nan twazyèm trimès gwosès la,
sè nou an te kòmanse
santi kèk malèz.
Yo te kontakte doktè a,
men, doktè a te an vakans.
Doktè a te dispoze
kite vakans lan
pou l vin pran swen sè nou an.
Annapre, doktè a te di:
“Li bon dèske w te kontakte m
paske lavi w ak lavi
tibebe a te an danje.”
Sa vrèman touche kè nou
pou nou wè jan sa bay bon rezilta
lè nou obeyi enstriksyon
òganizasyon Jewova a bay.
Ki sa nou kapab fè?
Premyèman,
annou fè efò pou nou
kontakte KLO pi bonè posib,
e ann ankouraje frè ak sè n yo
pou yo fè menm bagay la.
Dezyèmman, ann priye
pou frè KLO yo ak fanmi yo.
Fè yon ti reflechi, konbyen w
t ap peye yon moun
ki disponib pou l
ede w 24 sou 24?
Konbyen w t ap peye l?
Se sa frè k ap travay
nan KLO yo ap fè.
N ap di Jewova yon gwo mèsi
pou frè sa yo ak fanmi yo
ki fè anpil sakrifis
pou yo ede n obeyi lwa
Bondye bay konsènan san,
sa ki bay bon rezilta!
Prensip nou sot
egzamine a te ede Dànyèl.
Li te obeyi
e l te jwenn benediksyon.
Lè nou obeyi jodi a tou,
nou suiv enstriksyon Jewova bay,
nou obeyi lwa l yo,
nou jwenn anpil benediksyon.
Toujou sonje prensip sa a:
Lè n obeyi, sa toujou
bay bon rezilta.