00:00:01
Èske w pare?00:00:03
00:00:04
Èske se pa vre
li pi fasil 00:00:06
00:00:06
pou w prepare w
pou yon bagay 00:00:07
00:00:07
ki pral rive
lè w konnen 00:00:09
00:00:09
gen anpil posiblite
pou l rive? 00:00:11
00:00:11
Ki posiblite
ki genyen 00:00:13
00:00:13
pou nou jwenn
pèsekisyon? 00:00:15
00:00:15
Tèks nou gen pou jounen an, 00:00:17
00:00:17
2 Timote 3:12 fè n konnen: 00:00:19
00:00:19
“Tout moun ki vle demontre
atachman pou Bondye 00:00:22
00:00:22
nan lavi yo
ann inyon ak Kris Jezi 00:00:24
00:00:24
ap jwenn pèsekisyon tou.”00:00:28
00:00:28
Se pa posiblite k genyen
pou sa rive,00:00:31
00:00:31
se kach, sa ap rive.00:00:34
00:00:34
Ki pèsekisyon nou deja jwenn?00:00:36
00:00:36
Nou tout ka raple nou
jan kèk moun00:00:39
00:00:39
konn aji mal avèk nou
poutèt mesaj n ap preche a,00:00:42
00:00:42
men anmenmtan tou,
nou ka raple nou00:00:43
00:00:43
ki jan Jewova te ede nou.00:00:47
00:00:47
Men, ki jan Jewova00:00:49
00:00:49
prepare nou? 00:00:52
00:00:52
Se pa pa aza
tèks pou jounen an 00:00:54
00:00:54
atire atansyon nou tou
sou pawòl nou jwenn 00:00:57
00:00:57
nan premye lèt Pyè a. 00:00:58
00:00:58
Pyè te ekri lèt li a ozanviwon
ane 62-64 epòk nou an00:01:03
00:01:03
jis kèk mwa anvan Pòl te ekri00:01:05
00:01:05
2yèm lèt pou Timote a. 00:01:10
00:01:10
Moun Pyè t ap pale avèk yo
nan lèt li a 00:01:12
00:01:12
t ap pase anba gwo eprèv, 00:01:13
00:01:13
e sitiyasyon yo a
te gen pou vin pi mal toujou.00:01:16
00:01:16
Pafwa, moun yo te konn konfonn 00:01:19
00:01:19
frè nou yo nan premye syèk la 00:01:20
00:01:20
avèk Juif zelòt yo
ki t apral revòlte kont Wòm. 00:01:24
00:01:24
Petèt, sa k te ka fè
yo konprann li konsa, 00:01:26
00:01:26
se paske kretyen yo
pa t vle fè sakrifis 00:01:28
00:01:28
pou Anperè a,
e yo pa t vle patisipe 00:01:30
00:01:30
nan seremoni payen yo.00:01:31
00:01:31
Apre sa,
nan ane 64 epòk nou an, 00:01:34
00:01:34
yon gwo dife boule
yon ka nan vil Wòm, 00:01:37
00:01:37
e bri kouri pou fè konnen 00:01:39
00:01:39
se Seza Newon ki te responsab. 00:01:41
00:01:41
Kidonk, pou Newon te
pwoteje repitasyon l, 00:01:44
00:01:44
li lage chay la sou do kretyen yo.00:01:46
00:01:46
E sanble se sa a ki fè00:01:49
00:01:49
kretyen yo te vin fè fas
ak yon gwo pèsekisyon.00:01:53
00:01:53
E pa bliye, jis kèk mwa apre sa, 00:01:56
00:01:56
Sestiyis Galis
te antoure Jerizalèm00:01:59
00:01:59
nan ane 66 epòk nou an.00:02:02
00:02:02
Kidonk, de lèt sa yo
Bondye te enspire yo,00:02:04
00:02:04
anpalan de 1 Pyè ak 2 Timote, 00:02:07
00:02:07
te vin nan bon moman, 00:02:10
00:02:10
e yo te ede frè yo prepare yo 00:02:12
00:02:12
pou sa k t apral vini an. 00:02:13
00:02:13
Men, nou nou menm tou,
yo mal konprann nou, 00:02:15
00:02:15
e yo mal aji avèk nou, akoz
konduit nou avèk mesaj nou an.00:02:20
00:02:20
Nou menm tou,
n ap viv nan fen sistèm nan. 00:02:23
00:02:23
Kidonk, ki sa ki ka ede nou00:02:25
00:02:25
pou nou fè fas
ak gwo pèsekisyon, 00:02:27
00:02:27
menm jan ak
155 frè ak sè nou yo00:02:29
00:02:29
yo mete nan prizon nan omwen
sèt peyi nan lemonnantye?00:02:34
00:02:34
Ann reflechi sou twa bagay
yo atire atansyon nou sou li00:02:38
00:02:38
nan lèt 1 Pyè a.00:02:41
00:02:41
1 Pyè 3:14:
Pa pè sa k fè moun00:02:44
00:02:44
ki pa gen lafwa yo pè a.00:02:46
00:02:46
1 Pyè 4:14:00:02:48
00:02:48
Nou gen lespri sen Jewova
avèk nou, apiye sou li.00:02:52
00:02:52
Epi 1 Pyè 5:9-14:
Montre w gen konfyans00:02:57
00:02:57
nan adoratè fidèl Jewova yo.00:02:59
00:02:59
Sa enteresan, chif 14 la
ka ede n sonje vèsè sa yo.00:03:04
00:03:04
Gade sa ki di nan 1 Pyè 3:14:
“Men, menmsi n ap soufri00:03:10
00:03:10
pou sa ki jis, nou mèt kontan.00:03:15
00:03:15
Sepandan, pa pè sa k fè yo pè a,
e pa kite sa boulvèse nou.”00:03:22
00:03:22
Laperèz.00:03:24
00:03:24
Kòmantè tèks pou jounen an
fè konnen00:03:26
00:03:26
laperèz se yon zam pisan,
advèsè nou an, Dyab la, itilize.00:03:31
00:03:31
Li sèvi avè l pou l eseye
fè nou sispann sèvi Jewova.00:03:35
00:03:35
Men, 1 Pyè 3:14 di:
“Pa pè sa k fè yo pè a.”00:03:41
00:03:41
Toudabò, ki “yo” sa a?00:03:43
00:03:43
Se moun k ap pèsekite nou yo.00:03:44
00:03:44
Men, tou, se moun ki kite
fason yo panse yo enfliyanse yo.00:03:48
00:03:48
Ki sa yo pè menm?00:03:50
00:03:50
Dezonè, echèk, lanmò!00:03:53
00:03:53
Nou pa ka pa sonje
istwa David ak Golyat00:03:56
00:03:56
nou jwenn nan
1 Samyèl chapit 17 la.00:03:58
00:03:58
Golyat te kwè anpil nan fòs li.00:04:02
00:04:02
Li te wo anpil, li te gen lans,
epe, pwotèj pwatrin, boukliye!00:04:08
00:04:08
Menm jan an tou, Sayil
te enpresyone ak bagay sa yo.00:04:12
00:04:12
Tout lame l la ki te gen
plizyè milye moun ladan l,00:04:14
00:04:14
te kite Golyat fè yo pè
pandan plis pase yon mwa!00:04:18
00:04:18
Lè finalman, Sayil te dakò
pou l te kite David al batay,00:04:22
00:04:22
li te eseye mete
pwotèj pwatrin li an sou David,00:04:25
00:04:25
ki te sanble ak pa Golyat la.00:04:27
00:04:27
Kidonk, Sayil te mete konfyans li
nan menm bagay00:04:30
00:04:30
Golyat te mete konfyans li
ladan l lan: fòs, avantaj fizik,00:04:36
00:04:36
zam, pwotèj pwatrin,
nou kapab di, pisans ki nòmal!00:04:41
00:04:41
Li t ap nòmal pou yon gèrye
ki mezire anviwon 2.90 mèt,00:04:46
00:04:46
kraze yon sòlda
ki pa gen eksperyans,00:04:50
00:04:50
kit li gen yon ekipman konba,
kit li pa genyen!00:04:53
00:04:53
Nou pa sezi dèske David pa t
itilize ekipman konba Sayil la.00:04:57
00:04:57
David pa t pè sa Golyat te pè a,
oswa sa Sayil te pè a.00:05:03
00:05:03
David te konnen fòs li
t ap soti nan men Bondye,00:05:06
00:05:06
kidonk, li te apiye sou pisans
ki depase sa ki nòmal la.00:05:11
00:05:11
E se sa nou dwe fè tou.00:05:13
00:05:13
Semèn sa a, sou sit jw.org la,
nou jwenn pawòl frè Vitaliy,00:05:16
00:05:16
li menm ki te di
anrapò avèk arete00:05:18
00:05:18
yo te arete l la:00:05:20
00:05:20
“Plis bagay yo
vin rèd nan lavi nou,00:05:22
00:05:22
se plis nou vin pi pwòch Jewova!00:05:24
00:05:24
Jewova se atizan ki ban nou fòm
nan, e si l kite yon difikilte rive00:05:28
00:05:28
nan lavi m, l ap ede m andire l,
e l ka sèvi avè l pou l ban m fòm!00:05:32
00:05:32
Si sa ta parèt m pa ka
andire yon eprèv,00:05:35
00:05:35
konnen se moman
pou m priye Jewova,00:05:37
00:05:37
pou m mande l pisans
ki depase yon pisans ki nòmal la.”00:05:40
00:05:40
Moun k ap pèsekite nou yo
pa ka diminye00:05:43
00:05:43
sou pouvwa Jewova genyen
pou l ede nou, pou l sonje nou,00:05:46
00:05:46
pou l rekonpanse nou.00:05:48
00:05:48
Si nou fidèl ak Jewova,00:05:50
00:05:50
l ap onore nou
yon fason ki estrawòdinè!00:05:53
00:05:53
N ap gen viktwa,
e n ap gen lavi, kidonk,00:05:57
00:05:57
nou pa pè sa moun
ki pa gen lafwa yo pè a.00:06:01
00:06:01
Ak je lafwa,
nou pap pè anyen ankò.00:06:07
00:06:07
E sa mennen nou
nan pawòl ki nan 1 Pyè 4:14.00:06:10
00:06:10
Li di: “Si yo pale nou mal
poutèt non Kris,00:06:14
00:06:14
(note sa:) nou mèt kontan,
paske lespri ki gen glwa a,00:06:20
00:06:20
wi, lespri Bondye, poze sou nou.00:06:25
00:06:25
Lefètke y ap repwoche nou
pou non Jezi,00:06:27
00:06:27
se yon prèv ki montre
nou gen lespri Bondye00:06:31
00:06:31
e nou bezwen00:06:32
00:06:32
lespri Bondye
pou n ka kontinye andire.00:06:35
00:06:35
Toudènyèman la a, men sa
frè Anton Ostapenko te ekri:00:06:39
00:06:39
“Nan prizon an, Jewova
montre m ki kalite Bondye li ye.00:06:43
00:06:43
M te renmen sa anpi!00:06:45
00:06:45
Li pa sèlman Bondye
Toupisan an, men li se yon papa00:06:48
00:06:48
ki renmen m, ki vrèman konprann
sitiyasyon m, e ki te pare00:06:51
00:06:51
pou ede m epi soutni m yon
fason mwen pa t menm imajine!00:06:55
00:06:55
E li te toujou fè sa
nan bon moman an.”00:06:59
00:06:59
Wi, piske Jewova avè n,
n ap ret djanm, n ap ret fèm!00:07:06
00:07:06
Nou konnen nan men l
n ap jwenn sipò.00:07:08
00:07:08
Epitou, nou jwenn ankourajman
nan 1 Pyè chapit 5:9-14,00:07:15
00:07:15
ki ankouraje nou pou nou
bay frè fidèl nou yo anpil valè.00:07:19
00:07:19
Pandan Anatoli te nan prizon,
li te ekri egzanp yon seri moun00:07:23
00:07:23
nan Bib la
ki te jwenn pèsekisyon tou.00:07:27
00:07:28
Li di: “M sonje Jewova
pa t retire pwoblèm yo pou yo,00:07:33
00:07:33
men anmenmtan,
li pa t abandone yo!00:07:36
00:07:36
E sa a te ankouraje m
anpil anpil.”00:07:40
00:07:40
Lèt madanm li yo te ba l
ankourajman li bezwen tou.00:07:42
00:07:42
Li di: “Nan youn nan
premye lèt Alyona te ekri m yo,00:07:44
00:07:44
li te voye plizyè foto00:07:46
00:07:46
nou menm ak zanmi nou
ak moun nou renmen.00:07:49
00:07:49
Chak swa m te konn ap gade
foto sa yo, e m te eseye sonje00:07:52
00:07:52
yon bagay enteresan ki te rive00:07:54
00:07:54
ant mwen menm
ak moun ki parèt nan foto a.00:07:56
00:07:56
Sa te ede m santi, se kòmsi
yo te la a bò kote m nan.”00:08:00
00:08:00
Wi, li te jwenn ankourajman
nan men moun ki fidèl yo,00:08:03
00:08:03
ni nan tan lontan, ni kounye a.00:08:06
00:08:06
Nou se00:08:08
00:08:08
yon pèp00:08:09
00:08:09
ki ini!00:08:11
00:08:11
Vrèmanvre, nou tout ka atann00:08:13
00:08:13
pou n jwenn pèsekisyon.00:08:15
00:08:15
Frè Dimitri Golik te rezime sa
byen lè l te di: “Nòmalman,00:08:20
00:08:20
sa ede yon moun anpil lè l
prepare lespri l pou pèsekisyon.00:08:24
00:08:24
Men, sa k pi enpòtan an, se
prepare nan domèn espirityèl.00:08:27
00:08:27
Lè nou anba pèsekisyon,
sa k pi enpòtan,00:08:30
00:08:30
se pa eseye
fè kou entèlijan oswa eseye00:08:32
00:08:32
jwenn yon mwayen
pou n ka chape anba moun00:08:35
00:08:35
k ap pèsekite n yo,
men se rete fidèl ak Bondye.00:08:37
00:08:37
Jezi te ka fè yon jan
pou ènmi l yo pa t jwenn li,00:08:40
00:08:40
men se pa t sa l t ap chèche.00:08:42
00:08:42
Antanke disip li, objektif nou
se pa evite jwenn pwoblèm,00:08:45
00:08:45
men se fè fas ak yo
avèk kouraj.00:08:49
00:08:50
Kidonk, ki jan nou ka prepare n
pou pèsekisyon?00:08:55
00:08:55
Lè n ap li eksperyans
frè n ak sè nou yo ki te pase00:08:58
00:08:58
anba pwoblèm sa yo,
nou ka wè aklè, yo pa t sèlman00:09:02
00:09:02
kontante yo pou yo adore
Jewova paske yo abitye fè sa,00:09:06
00:09:06
men, nan adorasyon yo, yo te
fè efò pou yo vin pi pwòch avè l,00:09:10
00:09:10
pou yo medite, renmen, epi
aplike chak sa yo t ap aprann,00:09:16
00:09:16
e pou yo sèvi avèk
kèlkeswa eksperyans yo te fè00:09:19
00:09:19
pou yo ranfòse lafwa yo, konsa,00:09:22
00:09:22
yo pap pè sa k fè moun
ki pa gen lafwa yo pè a.00:09:25
00:09:25
Yo apiye sou lespri sen Jewova
nan tout bagay,00:09:28
00:09:28
e yo renmen frè ak sè yo ki fidèl,
e yo fè yo konfyans.00:09:32
00:09:32
Si nou fè menm bagay sa yo,
lè sa a, n ap pare!00:09:38
00:09:38
Wi, n ap prepare
pou eprèv k ap vini sou nou yo. 00:09:44
Èske w pare?
-
Èske w pare?
Èske w pare?
Èske se pa vre
li pi fasil
pou w prepare w
pou yon bagay
ki pral rive
lè w konnen
gen anpil posiblite
pou l rive?
Ki posiblite
ki genyen
pou nou jwenn
pèsekisyon?
Tèks nou gen pou jounen an,
2 Timote 3:12 fè n konnen:
“Tout moun ki vle demontre
atachman pou Bondye
nan lavi yo
ann inyon ak Kris Jezi
ap jwenn pèsekisyon tou.”
Se pa posiblite k genyen
pou sa rive,
se kach, sa ap rive.
Ki pèsekisyon nou deja jwenn?
Nou tout ka raple nou
jan kèk moun
konn aji mal avèk nou
poutèt mesaj n ap preche a,
men anmenmtan tou,
nou ka raple nou
ki jan Jewova te ede nou.
Men, ki jan Jewova
prepare nou?
Se pa pa aza
tèks pou jounen an
atire atansyon nou tou
sou pawòl nou jwenn
nan premye lèt Pyè a.
Pyè te ekri lèt li a ozanviwon
ane 62-64 epòk nou an
jis kèk mwa anvan Pòl te ekri
2yèm lèt pou Timote a.
Moun Pyè t ap pale avèk yo
nan lèt li a
t ap pase anba gwo eprèv,
e sitiyasyon yo a
te gen pou vin pi mal toujou.
Pafwa, moun yo te konn konfonn
frè nou yo nan premye syèk la
avèk Juif zelòt yo
ki t apral revòlte kont Wòm.
Petèt, sa k te ka fè
yo konprann li konsa,
se paske kretyen yo
pa t vle fè sakrifis
pou Anperè a,
e yo pa t vle patisipe
nan seremoni payen yo.
Apre sa,
nan ane 64 epòk nou an,
yon gwo dife boule
yon ka nan vil Wòm,
e bri kouri pou fè konnen
se Seza Newon ki te responsab.
Kidonk, pou Newon te
pwoteje repitasyon l,
li lage chay la sou do kretyen yo.
E sanble se sa a ki fè
kretyen yo te vin fè fas
ak yon gwo pèsekisyon.
E pa bliye, jis kèk mwa apre sa,
Sestiyis Galis
te antoure Jerizalèm
nan ane 66 epòk nou an.
Kidonk, de lèt sa yo
Bondye te enspire yo,
anpalan de 1 Pyè ak 2 Timote,
te vin nan bon moman,
e yo te ede frè yo prepare yo
pou sa k t apral vini an.
Men, nou nou menm tou,
yo mal konprann nou,
e yo mal aji avèk nou, akoz
konduit nou avèk mesaj nou an.
Nou menm tou,
n ap viv nan fen sistèm nan.
Kidonk, ki sa ki ka ede nou
pou nou fè fas
ak gwo pèsekisyon,
menm jan ak
155 frè ak sè nou yo
yo mete nan prizon nan omwen
sèt peyi nan lemonnantye?
Ann reflechi sou twa bagay
yo atire atansyon nou sou li
nan lèt 1 Pyè a.
1 Pyè 3:14:
Pa pè sa k fè moun
ki pa gen lafwa yo pè a.
1 Pyè 4:14:
Nou gen lespri sen Jewova
avèk nou, apiye sou li.
Epi 1 Pyè 5:9-14:
Montre w gen konfyans
nan adoratè fidèl Jewova yo.
Sa enteresan, chif 14 la
ka ede n sonje vèsè sa yo.
Gade sa ki di nan 1 Pyè 3:14:
“Men, menmsi n ap soufri
pou sa ki jis, nou mèt kontan.
Sepandan, pa pè sa k fè yo pè a,
e pa kite sa boulvèse nou.”
Laperèz.
Kòmantè tèks pou jounen an
fè konnen
laperèz se yon zam pisan,
advèsè nou an, Dyab la, itilize.
Li sèvi avè l pou l eseye
fè nou sispann sèvi Jewova.
Men, 1 Pyè 3:14 di:
“Pa pè sa k fè yo pè a.”
Toudabò, ki “yo” sa a?
Se moun k ap pèsekite nou yo.
Men, tou, se moun ki kite
fason yo panse yo enfliyanse yo.
Ki sa yo pè menm?
Dezonè, echèk, lanmò!
Nou pa ka pa sonje
istwa David ak Golyat
nou jwenn nan
1 Samyèl chapit 17 la.
Golyat te kwè anpil nan fòs li.
Li te wo anpil, li te gen lans,
epe, pwotèj pwatrin, boukliye!
Menm jan an tou, Sayil
te enpresyone ak bagay sa yo.
Tout lame l la ki te gen
plizyè milye moun ladan l,
te kite Golyat fè yo pè
pandan plis pase yon mwa!
Lè finalman, Sayil te dakò
pou l te kite David al batay,
li te eseye mete
pwotèj pwatrin li an sou David,
ki te sanble ak pa Golyat la.
Kidonk, Sayil te mete konfyans li
nan menm bagay
Golyat te mete konfyans li
ladan l lan: fòs, avantaj fizik,
zam, pwotèj pwatrin,
nou kapab di, pisans ki nòmal!
Li t ap nòmal pou yon gèrye
ki mezire anviwon 2.90 mèt,
kraze yon sòlda
ki pa gen eksperyans,
kit li gen yon ekipman konba,
kit li pa genyen!
Nou pa sezi dèske David pa t
itilize ekipman konba Sayil la.
David pa t pè sa Golyat te pè a,
oswa sa Sayil te pè a.
David te konnen fòs li
t ap soti nan men Bondye,
kidonk, li te apiye sou pisans
ki depase sa ki nòmal la.
E se sa nou dwe fè tou.
Semèn sa a, sou sit jw.org la,
nou jwenn pawòl frè Vitaliy,
li menm ki te di
anrapò avèk arete
yo te arete l la:
“Plis bagay yo
vin rèd nan lavi nou,
se plis nou vin pi pwòch Jewova!
Jewova se atizan ki ban nou fòm
nan, e si l kite yon difikilte rive
nan lavi m, l ap ede m andire l,
e l ka sèvi avè l pou l ban m fòm!
Si sa ta parèt m pa ka
andire yon eprèv,
konnen se moman
pou m priye Jewova,
pou m mande l pisans
ki depase yon pisans ki nòmal la.”
Moun k ap pèsekite nou yo
pa ka diminye
sou pouvwa Jewova genyen
pou l ede nou, pou l sonje nou,
pou l rekonpanse nou.
Si nou fidèl ak Jewova,
l ap onore nou
yon fason ki estrawòdinè!
N ap gen viktwa,
e n ap gen lavi, kidonk,
nou pa pè sa moun
ki pa gen lafwa yo pè a.
Ak je lafwa,
nou pap pè anyen ankò.
E sa mennen nou
nan pawòl ki nan 1 Pyè 4:14.
Li di: “Si yo pale nou mal
poutèt non Kris,
(note sa:) nou mèt kontan,
paske lespri ki gen glwa a,
wi, lespri Bondye, poze sou nou.
Lefètke y ap repwoche nou
pou non Jezi,
se yon prèv ki montre
nou gen lespri Bondye
e nou bezwen
lespri Bondye
pou n ka kontinye andire.
Toudènyèman la a, men sa
frè Anton Ostapenko te ekri:
“Nan prizon an, Jewova
montre m ki kalite Bondye li ye.
M te renmen sa anpi!
Li pa sèlman Bondye
Toupisan an, men li se yon papa
ki renmen m, ki vrèman konprann
sitiyasyon m, e ki te pare
pou ede m epi soutni m yon
fason mwen pa t menm imajine!
E li te toujou fè sa
nan bon moman an.”
Wi, piske Jewova avè n,
n ap ret djanm, n ap ret fèm!
Nou konnen nan men l
n ap jwenn sipò.
Epitou, nou jwenn ankourajman
nan 1 Pyè chapit 5:9-14,
ki ankouraje nou pou nou
bay frè fidèl nou yo anpil valè.
Pandan Anatoli te nan prizon,
li te ekri egzanp yon seri moun
nan Bib la
ki te jwenn pèsekisyon tou.
Li di: “M sonje Jewova
pa t retire pwoblèm yo pou yo,
men anmenmtan,
li pa t abandone yo!
E sa a te ankouraje m
anpil anpil.”
Lèt madanm li yo te ba l
ankourajman li bezwen tou.
Li di: “Nan youn nan
premye lèt Alyona te ekri m yo,
li te voye plizyè foto
nou menm ak zanmi nou
ak moun nou renmen.
Chak swa m te konn ap gade
foto sa yo, e m te eseye sonje
yon bagay enteresan ki te rive
ant mwen menm
ak moun ki parèt nan foto a.
Sa te ede m santi, se kòmsi
yo te la a bò kote m nan.”
Wi, li te jwenn ankourajman
nan men moun ki fidèl yo,
ni nan tan lontan, ni kounye a.
Nou se
yon pèp
ki ini!
Vrèmanvre, nou tout ka atann
pou n jwenn pèsekisyon.
Frè Dimitri Golik te rezime sa
byen lè l te di: “Nòmalman,
sa ede yon moun anpil lè l
prepare lespri l pou pèsekisyon.
Men, sa k pi enpòtan an, se
prepare nan domèn espirityèl.
Lè nou anba pèsekisyon,
sa k pi enpòtan,
se pa eseye
fè kou entèlijan oswa eseye
jwenn yon mwayen
pou n ka chape anba moun
k ap pèsekite n yo,
men se rete fidèl ak Bondye.
Jezi te ka fè yon jan
pou ènmi l yo pa t jwenn li,
men se pa t sa l t ap chèche.
Antanke disip li, objektif nou
se pa evite jwenn pwoblèm,
men se fè fas ak yo
avèk kouraj.
Kidonk, ki jan nou ka prepare n
pou pèsekisyon?
Lè n ap li eksperyans
frè n ak sè nou yo ki te pase
anba pwoblèm sa yo,
nou ka wè aklè, yo pa t sèlman
kontante yo pou yo adore
Jewova paske yo abitye fè sa,
men, nan adorasyon yo, yo te
fè efò pou yo vin pi pwòch avè l,
pou yo medite, renmen, epi
aplike chak sa yo t ap aprann,
e pou yo sèvi avèk
kèlkeswa eksperyans yo te fè
pou yo ranfòse lafwa yo, konsa,
yo pap pè sa k fè moun
ki pa gen lafwa yo pè a.
Yo apiye sou lespri sen Jewova
nan tout bagay,
e yo renmen frè ak sè yo ki fidèl,
e yo fè yo konfyans.
Si nou fè menm bagay sa yo,
lè sa a, n ap pare!
Wi, n ap prepare
pou eprèv k ap vini sou nou yo.
-