JW subtitle extractor

David H. Splane: Kèk bagay nou ka aprann nan bèl kalite Pyè te genyen (Sm. 86:5)

Video Other languages Share text Share link Show times

Jan nou ka wè sa,
tèks pou jounen an
ap pale sou padon.
Li sitou ap pale
sou fason Jezi te
padone apot Pyè.
Li fasil pou n wè
rezon ki fè Jezi te chwazi
Pyè pami 12 apot li yo:
Se paske Pyè te
gen detèminasyon,
li te gen imilite,
e li te gen kè nan men.
Pyè te gen detèminasyon.
Li te konn aji vit.
Pa egzanp, lè Jezi te envite
li menm ak frè l, Andre,
pou yo vin disip li,
yo pa t pran tan ap reflechi
pou y ap di:
Bon, ou konnen n gen fanmi,
fò n reflechi ak tout bagay sa yo.
Bib la di:
“Lamenm, yo abandone
filè yo e yo suiv li.”
Annapre, lè Jezi t ap mache
sou lanmè Galile a,
Pyè pa t jis kontante l rete
bouch ouvè ap gade Jezi,
li te vle eseye mache
sou dlo tou.
Nou kapab di kèk nan nou
menm jan ak apot Pyè.
Nou renmen eseye nouvo bagay,
nou pran plezi eseye nouvo bagay.
Moto dlo?
Sa sa ye?
O! Se sa l ye?
M vle eseye!
Se konsa nou ye.
Pou anpil nan nou,
nou menm jan ak
lòt apot yo.
Nou kontante n ap gade
pandan n nan bato a.
Li fasil pou n konprann
rezon ki fè li te bon pou
Pyè gen detèminasyon
lè Jezi te ba l asiyasyon
pou l itilize dezyèm ak twazyèm
kle Wayòm nan.
Sa sa te mande pou l fè?
Sa te mande pou l fè
yon nouvo bagay.
Li t apral gen pou l konsidere
Samariten yo ak moun lòt
nasyon yo kòm frè li.
Bon, Jezi pa t ap bay
yon moun ki pa renmen
chanjman asiyasyon sa a,
yon moun ki t ap di:
“Bon, mwen menm, se
depi m fèt mwen Juif,
m pa ka fè bagay sa a.
A! Ou te mèt chwazi yon lòt moun.”
Bib la fè konnen Pyè te aksepte
asiyasyon Jezi te ba li a
san l pa plenyen.
Pyè te pare pou l aji.
Li te dispoze eseye nouvo bagay.
Jezi te chwazi moun ki te
kapab fè travay la,
yon moun ki t ap adapte l byen fasil
lè gen chanjman.
Nou wè prèv ki montre
jan Pyè te demontre l gen imilite
nan plizyè okazyon.
Pa egzanp, li pa t pè poze kesyon
lè gen yon bagay li pa t konprann.
M panse nou tout ki la a,
nou jwenn bonjan asirans
nan deklarasyon Jezi te fè a:
‘Si nou kite papa, manman,
frè, sè, kay, jaden,
n ap jwenn san fwa plis.’
Jezi te fè pwomès sa a pou l te
reponn yon kesyon Pyè te poze.
Nou vrèman kontan lefètke
Pyè te mande Jezi:
“Seyè, konbyen fwa pou yon frè m
peche kont mwen pou m padone l?
Jiska sèt fwa?”
Nou vrèman rekonesan pou
repons Jezi te bay la.
Paske Jezi te ede nou wè
nou pa dwe konte kantite fwa frè n
ak sè nou yo peche kont nou.
Ki sa k fè sa bay asirans?
Paske sa ede n wè Jezi ak Papa l
pap kontinye konte kantite fwa
nou peche kont yo.
Bon, talè! Ki repons Jezi te bay
lè Pyè te mande:
‘Konbyen fwa yon frè m ka
peche kont mwen?’
Èske Jezi te di ou dwe padone
frè w la jiska 77 fwa,
oubyen 70 fwa 7 fwa?
Gen yon gwo diferans ant 77
ak 70 fwa 7 fwa ki se 490!
Poukisa nou poze kesyon sa a?
Se paske Labib Wa Jak la
ann anglè te mete Jezi te di:
‘Ou dwe padone frè w la
swasanndis fwa sèt fwa.’
Yo ka tradui l toule de fason sa yo
nan lang orijinal grèk la.
Pa t ap gen pwoblèm pou yo mete
77 fwa, oswa 70 fwa 7 fwa.
Donk, tradiktè yo te dwe
pran yon desizyon.
Nan epòk la, nan fen ane 1940 yo,
lè yo t ap tradui Tradiksyon
monn nouvo a,
komite a te dwe fè yon chwa.
Sa yo te mete?
70 fwa 7 fwa, oswa 77?
Rezònman yo te fè a enteresan.
Yo te reflechi sou fason Pyè te
itilize mo “fwa” a nan kesyon l lan.
Pyè pa t ap eseye fè yon
egzèsis miltiplikasyon.
Lè Pyè te mande Jezi
‘konbyen fwa mwen ta dwe
padone frè m nan?’,
li te vle di “nan konbyen okazyon
li kapab padone yon frè l?”
Selon rezònman komite a,
nan repons Jezi a,
siman, li te itilize mo “fwa” a
jan apot Pyè te itilize l la.
Donk, Jezi te reponn 77 fwa,
se pa 70 multipliye pa 7.
Wi, sa fè nou gen plis konfyans
nan Tradiksyon monn nouvo a.
Pyè te montre li gen imilite nan
fason l te reyaji lè l te fè erè.
Lè Jezi te reprimande Pyè
devan lòt apot yo,
Pyè pa t vin fache, li pa t di:
“M pa dakò ak fason
ou ban m konsèy la!”
Li pa t sispann asiste reyinyon.
Li te aksepte konsèy la,
li te kontinye avanse.
Si w deja santi w jennen
pou fason w te reyaji
lè yo te ba w konsèy,
w ap dakò avèk mwen pou
yon moun aksepte konsèy,
sa mande pou l gen kouraj
ak imilite.
Poukisa Jezi te reprimande Pyè
devan lòt apot yo,
olye l te pran l apa pou l fè sa?
Piblikasyon nou yo bay yon
rezon petèt ki te fè sa.
Yo di, selon Bib la, pandan Jezi
t ap reprimande Pyè a,
li te vire gade lòt apot yo.
Piblikasyon yo di li posib
pou apot yo te panse
menm jan ak apot Pyè.
Se sa k fè Jezi te vire gade yo.
Lè apot Pòl te reprimande Pyè
nan Antyòch
pou fason l te trete kretyen
ki moun lòt nasyon yo,
Pyè pa t sèvi ak pozisyon l pou l di:
“Mwen se youn nan Douz apot yo.
Se siveyan w mwen ye Pòl.
Ki dwa w pou w ban m konsèy?”
Kèlkeswa responsablite nou,
nou tout bezwen konsèy.
Pafwa, moun ki travay
ansanm avèk nou
remake kèk feblès nou genyen,
e yo bezwen atire atansyon n
sou sa avèk respè.
Lè Jezi te di disip li yo li gen
pou l soufri e pou l mouri,
siman, sa te choke Pyè.
‘Sa pa posib!’
Ou se Mesi a!
Ou pral gen pou w chita sou
twòn David, papa w la,
e Wayòm ou an ap la
pou toutan.
Ou pa ka mouri!’
Bon, ki sa Pyè te fè la a?
Li te reprimande Jezi.
Bon, ki sa istwa sa a
aprann nou sou Jezi?
Li te vrèman abòdab.
Moun te santi yo alèz bò kote l.
Sa te fè fè l fasil pou Pyè te di l
bagay li pa t dwe di l.
Pyè te bliye li t ap pale ak
Pitit Gason Bondye a.
Èske sa pa janm rive w
ou tèlman alèz ak yon moun
ou respekte,
ou di yon bagay ou pa t dwe di?
Petèt, ou poze yon kesyon
ki yon ti jan deplase,
ki pèsonèl, ou pa t dwe poze.
Epi, apre sa, ou di tèt ou:
‘Mezanmi, sa m fè la a?’
Sa konn rive.
Sa klè, sanble Pyè te bliye l t ap
pale ak Pitit Gason Bondye a
ki te gen yon misyon enpòtan
pou l akonpli.
Pyè te reprimande Jezi paske l
te renmen l, epi l pa t vle l soufri.
Petèt, li pa t byen konprann
ki sa Mesi a t ap gen pou l fè.
Men, li pa t bon pou Pyè
te eseye konvenk Jezi
pou l pa t fè sa l te dwe fè a.
Pyè te gen kè nan men.
Lè Pòl te fèk konvèti e l t al
Jerizalèm, n ap sonje se
sèlman Pyè ki te akeyi l,
e lòt kretyen yo pa t vle
pran pa avè l.
Pyè te gen kè nan men.
Pafwa, nou pale sou erè
Pyè te fè yo.
Nou te pale sou kèk jodi a.
Men, kòmantè nou an plis met
aksan sou padon Kris la.
Wi, ala yon bèl bagay se lè
moun renmen padone!
Nou pa vle rezime lavi Pyè
sou baz erè li te fè yo,
menm jan nou pa ta renmen
yo rezime lavi nou sou baz
erè nou fè.
Pou nou menm, Pyè te chofe
nan sèvis Jewova a,
li te renmen fè sakrifis e l te rete
fidèl jiskaske l mouri.
Li se youn nan siveyan
nou yo jodi a.
Si w se yon siveyan,
ki jan w t ap renmen moun
k ap travay avè w yo
wè ou menm ak sèvis
w ap bay la?
Franchman, nan istwa lavi Pyè,
nou jwenn plis bagay ki bon,
plis bagay nou ka aprann.