00:00:01
Toudegad kote komantè
tèks pou jounen an soti a00:00:04
00:00:04
pale de Jozèf, youn nan
pitit gason Jakòb yo.00:00:07
00:00:08
Youn nan leson00:00:10
00:00:10
nou aprann
nan istwa biblik sa a00:00:12
00:00:12
gen rapò ak repantans.00:00:15
00:00:15
Nou pral reponn kesyon sa yo:00:00:17
00:00:18
Ki sa vrè repantans lan ye,00:00:20
00:00:21
e ki jan Jewova rekonpanse
moun ki repanti toutbon yo?00:00:24
00:00:25
Vrè repantans lan
gen de etap ladan l.00:00:29
00:00:29
Yon moun dwe admèt
li te fè yon bagay ki mal00:00:32
00:00:32
e li dwe bay bonjan prèv
li sispann fè bagay sa a.00:00:36
00:00:37
Toulede etap sa yo parèt
nan istwa lavi Jozèf.00:00:40
00:00:40
Ann egzamine kèk pati
nan istwa sa a.00:00:43
00:00:44
Jakòb te renmen Jozèf,
pitit gason l lan, anpil.00:00:49
00:00:49
Men, ki jan frè Jozèf yo
te wè Jozèf? 00:00:53
00:00:53
Nan Jenèz chapit 37,00:00:56
00:00:56
an twa fwa, nou li
frè Jozèf yo te rayi Jozèf.00:01:01
00:01:01
Yon jou, Jozèf ak frè l yo
te poukont yo,00:01:05
00:01:05
yo te lwen lakay yo,
lwen papa yo.00:01:08
00:01:09
Piske frè Jozèf yo te rayi l,00:01:11
00:01:11
yo te pwofite okazyon an
pou yo mete men sou li00:01:14
00:01:14
e yo te lage l nan yon pi dlo.00:01:17
00:01:17
Annapre, Jida te ankouraje yo
vann Jozèf kòm esklav.00:01:22
00:01:22
Lè sa a, Jozèf te gen
sèlman 17 an.00:01:27
00:01:29
Jan n konn sa, nan peyi Ejip,00:01:31
00:01:31
Jozèf te vin yon esklav,
yon prizonye e yon gwo dirijan.00:01:35
00:01:35
N ap plis konsantre sou epòk
li t ap dirije a.00:01:37
00:01:38
Nan epòk sa a, Jakòb ak fanmi l
t ap viv nan peyi Kanaran,00:01:43
00:01:43
e te gen yon gwo grangou.00:01:44
00:01:44
Pou yo te jwenn manje,00:01:45
00:01:46
Jakòb te voye pitit gason l yo
al ann Ejip.00:01:49
00:01:50
Lè Jozèf te wè frè l yo,
li te rekonèt yo,00:01:53
00:01:53
men, frè Jozèf yo pa t rekonèt li.00:01:55
00:01:56
Dezyèm fwa ak twazyèm fwa
yo te rankontre,00:01:59
00:01:59
frè Jozèf yo te toujou
pa rekonèt li.00:02:02
00:02:02
Rankont sa yo te vrèman
difisil pou Jozèf.00:02:06
00:02:07
Premye fwa yo te rankontre,
ki jan Jozèf te reyaji?00:02:10
00:02:11
“Li pran kriye.”00:02:12
00:02:13
Dezyèm fwa yo te rankontre,
ki jan Jozèf te reyaji?00:02:16
00:02:17
“Li tonbe kriye.”00:02:19
00:02:20
Twazyèm fwa yo te rankontre,
ki jan Jozèf te reyaji?00:02:23
00:02:23
“Li t ap kriye.”00:02:25
00:02:26
Bon, poukisa Jozèf te met tèt li
nan sitiyasyon difisil sa yo?00:02:31
00:02:31
Li te fè sa paske li te vle wè
si frè l yo te repanti.00:02:36
00:02:37
Jan n te di sa, vrè repantans lan
gen de etap ladan l.00:02:40
00:02:41
Toudabò, moun nan
dwe admèt erè l.00:02:43
00:02:43
Èske frè Jozèf yo te admèt
yo te peche?00:02:46
00:02:46
Yo te admèt sa,00:02:47
00:02:48
e se sa nou jwenn nan Jenèz 42:21.00:02:51
00:02:51
Men sa frè Jozèf yo
te di nan vèsè 21 an:00:02:54
00:02:56
“Epi, youn di lòt:00:02:58
00:02:59
“Se sa n te fè frè nou an
[anpalan de Jozèf] n ap peye.00:03:04
00:03:05
Paske nou te wè
jan l t ap soufri00:03:09
00:03:09
lè l t ap kriye nan pye nou00:03:11
00:03:11
pou n gen pitye pou li,
men nou pa t koute l.00:03:15
00:03:15
Se sa k fè malè sa a rive nou.”00:03:18
00:03:21
Pawòl sa yo montre
yo te gen remò.00:03:23
00:03:24
Frè Jozèf yo te fè premye etap
ki montre yo te repanti.00:03:28
00:03:28
Yo te admèt yo te peche.00:03:30
00:03:30
Men, èske frè Jozèf yo
te fè dezyèm etap la?00:03:34
00:03:34
Èske yo te chanje
konpòtman yo?00:03:37
00:03:37
Ki jan Jozèf t ap fè wè
si frè l yo te chanje toutbon?00:03:43
00:03:43
Ebyen, Jozèf te byen prepare
pwochen pati plan l lan.00:03:48
00:03:49
Se vre, Jozèf pa t ka tounen
nan sa k te pase 22 an anvan sa,00:03:54
00:03:54
men l te ka kreye
sikonstans ki vrèman sanble00:03:58
00:03:58
ak sa k te pase plis
pase 20 an anvan sa.00:04:01
00:04:02
Bon, ki sa Jozèf te fè?00:04:05
00:04:06
Li te monte yon plan ki t ap lage
frè l yo nan gwo gwo pwoblèm,00:04:11
00:04:12
e sèl solisyon yo t ap gen devan yo00:04:14
00:04:15
se te pou youn nan pitit gason
Jakòb yo rete ann Ejip00:04:18
00:04:18
kòm esklav.00:04:20
00:04:20
E pou sitiyasyon sa a te ka
sanble ak sa k te rive00:04:24
00:04:25
20 an anvan sa,00:04:26
00:04:26
pitit gason sa a te dwe
pitit Jakòb pi renmen an.00:04:30
00:04:31
Donk, plan Jozèf
se te fòse 10 frè l yo00:04:35
00:04:35
vin ann Ejip ak Benjamen.00:04:37
00:04:38
Poukisa se Benjamen?00:04:39
00:04:40
Jakòb te renmen Benjamen,
pitit gason l anpil anpil,00:04:44
00:04:44
menm jan li te renmen Jozèf,
pitit gason l lan anpil anpil.00:04:48
00:04:48
Nan plan sa a
Jozèf te byen monte a,00:04:51
00:04:51
an reyalite, Benjamen
te vin ranplase Jozèf.00:04:56
00:04:57
Fason 10 frè Jozèf yo
t apral boule ak Benjamen00:05:02
00:05:02
t apral montre Jozèf
si frè l yo te repanti toutbon00:05:06
00:05:06
pou fason yo te aji
avè l anvan sa.00:05:08
00:05:08
Donk, Jozèf te kontinye
ak dènye pati plan l lan.00:05:12
00:05:14
Anvan pitit gason Jakòb yo
te retounen Kanaran,00:05:17
00:05:17
Jozèf te fè yo mete yon koup
ann ajan nan sak Benjamen an.00:05:21
00:05:21
Pandan mesye yo nan wout
pou y al lakay yo,00:05:23
00:05:23
Jozèf te voye mesye
ki te responsab kay li a00:05:26
00:05:26
al fouye sak frè l yo.00:05:29
00:05:29
Nou ka imajine jan
frè Jozèf yo te pè00:05:32
00:05:32
lè yo te jwenn koup ann ajan an
nan sak Benjamen an.00:05:35
00:05:36
Kounye a, yo te oblije
retounen kot dirijan Ejipsyen an,00:05:39
00:05:39
Bon, ki sa yo t apral di l?00:05:42
00:05:44
Nan pwen sa a, nan istwa a,00:05:46
00:05:46
n ap sonje 20 an anvan sa,00:05:49
00:05:49
se Jida ki te pwopoze
pou yo vann Jozèj kòm esklav.00:05:55
00:05:56
E se te Jida tou
ki te konvenk Jakòb00:06:00
00:06:00
pou l voye Benjamen ann Ejip.00:06:03
00:06:04
Ki sa Jida t apral fè kounye a?00:06:07
00:06:08
Jida te fè yon bon bagay,00:06:10
00:06:10
li te pran responsablite pou l te
pale ak Jozèf nan non frè l yo.00:06:13
00:06:14
Ann li pawòl Jida te di
Jozèf yo nan Jenèz 44:16:00:06:19
00:06:21
“Ki sa nou ka di w, mèt mwen?00:06:23
00:06:24
Ki esplikasyon nou ka ba ou?00:06:25
00:06:26
Ki jan nou ka montre
nou se moun ki jis?00:06:28
00:06:29
Vrè Dye a devwale
peche esklav ou yo.00:06:33
00:06:33
Kounye a, nou se esklav ou,
mèt mwen,00:06:37
00:06:37
nou menm ansanm ak moun
yo jwenn koup la nan men l lan!”00:06:41
00:06:42
Ak pawòl sa yo,
Jida te ofri00:06:45
00:06:45
pou yo toule 11 frè yo
te vin tounen esklav.00:06:49
00:06:49
Men, se pa plan sa a
Jozèf te genyen.00:06:52
00:06:52
Se sa k fè, nan Jenèz 44:17,00:06:55
00:06:56
men sa Jozèf te di Jida:00:06:57
00:06:57
“Mwen pa t ap janm fè
yon bagay konsa!00:07:00
00:07:00
Moun yo jwenn koup la
nan men l lan,00:07:03
00:07:04
se li menm k ap vin
esklav mwen.00:07:07
00:07:08
Men, lòt moun yo mèt tounen
lakay papa yo ak kè poze.”00:07:12
00:07:12
Se konsa, Jozèf te bay
Jida ak nèf lòt frè l yo00:07:17
00:07:17
posiblite pou yo retounen lakay yo00:07:20
00:07:20
si yo te deside kite
Benjamen, frè yo a, kòm esklav.00:07:25
00:07:26
Se nan moman sa a,
Jida te met kouraj sou li00:07:30
00:07:30
pou l kontredi
chèf Ejipsyen an,00:07:32
00:07:32
e li te di l yon pakèt pawòl.00:07:34
00:07:34
An reyalite, pawòl Jida yo00:07:36
00:07:36
se pawòl ki pi long
nou jwenn nan tout liv Jenèz la.00:07:39
00:07:40
Men dènye pawòl Jida te di
Jozèf nan Jenèz chapit 44,00:07:44
00:07:45
n ap kòmanse li apati vèsè 33:00:07:48
00:07:49
“Se sa k fè, kounye a,
mèt mwen,00:07:52
00:07:52
ou mèt pran m kòm esklav ou
nan plas tigason an00:07:56
00:07:56
pou l ka retounen lakay li
ansanm ak frè l yo,00:08:00
00:08:01
ki jan m ap fè retounen
lakay papa m00:08:04
00:08:04
san tigason an?00:08:06
00:08:06
Mwen pap ka wè
lè malè ap rive papa m!”00:08:10
00:08:12
Ak pawòl sa yo,
Jida te ofri tèt li00:08:16
00:08:16
pou l te vin esklav
nan plas Benjamen.00:08:19
00:08:20
Jida te montre li pa menm
Jida li te ye 22 an anvan sa.00:08:25
00:08:26
Li te chanje.00:08:27
00:08:27
Li te montre vrè repantans lan.00:08:30
00:08:31
Nan moman sa a,
Jozèf te fin teste yo,00:08:34
00:08:34
e li te fè yo konnen kiyès li ye.00:08:37
00:08:38
Ki sa nou aprann
nan istwa touchan sa a?00:08:42
00:08:43
Èske Jewova rekonpanse
moun ki repanti toutbon yo?00:08:51
00:08:51
Wi.00:08:52
00:08:52
Jewova te fè bagay yo yon jan 00:08:55
00:08:55
pou Jida vin tounen
zansèt Mesi ki t apral vini an.00:09:00
00:09:00
Ala yon bèl rekonpans li te jwenn00:09:02
00:09:02
lefètke l te repanti toutbon!00:09:04
00:09:06
Bon, e nou menm?00:09:08
00:09:08
Nou tout, nou fè erè.00:09:10
00:09:10
Nou tout bezwen mizèrikòd Jewova.00:09:13
00:09:13
Sa vrèman konsole nou00:09:15
00:09:15
lè nou konnen Jewova
ap padone nou san grate tèt00:09:18
00:09:19
si nou repanti toutbon00:09:21
00:09:21
lè nou rekonèt peche nou yo00:09:23
00:09:24
e lè nou sispann fè yo!00:09:28
Hermanus van Selm: Ki sa vrè repantans lan ye? (Jen. 44:16)
-
Hermanus van Selm: Ki sa vrè repantans lan ye? (Jen. 44:16)
<i>Toudegad</i> kote komantè
tèks pou jounen an soti a
pale de Jozèf, youn nan
pitit gason Jakòb yo.
Youn nan leson
nou aprann
nan istwa biblik sa a
gen rapò ak repantans.
Nou pral reponn kesyon sa yo:
Ki sa vrè repantans lan ye,
e ki jan Jewova rekonpanse
moun ki repanti toutbon yo?
Vrè repantans lan
gen de etap ladan l.
Yon moun dwe admèt
li te fè yon bagay ki mal
e li dwe bay bonjan prèv
li sispann fè bagay sa a.
Toulede etap sa yo parèt
nan istwa lavi Jozèf.
Ann egzamine kèk pati
nan istwa sa a.
Jakòb te renmen Jozèf,
pitit gason l lan, anpil.
Men, ki jan frè Jozèf yo
te wè Jozèf?
Nan Jenèz chapit 37,
an twa fwa, nou li
frè Jozèf yo te rayi Jozèf.
Yon jou, Jozèf ak frè l yo
te poukont yo,
yo te lwen lakay yo,
lwen papa yo.
Piske frè Jozèf yo te rayi l,
yo te pwofite okazyon an
pou yo mete men sou li
e yo te lage l nan yon pi dlo.
Annapre, Jida te ankouraje yo
vann Jozèf kòm esklav.
Lè sa a, Jozèf te gen
sèlman 17 an.
Jan n konn sa, nan peyi Ejip,
Jozèf te vin yon esklav,
yon prizonye e yon gwo dirijan.
N ap plis konsantre sou epòk
li t ap dirije a.
Nan epòk sa a, Jakòb ak fanmi l
t ap viv nan peyi Kanaran,
e te gen yon gwo grangou.
Pou yo te jwenn manje,
Jakòb te voye pitit gason l yo
al ann Ejip.
Lè Jozèf te wè frè l yo,
li te rekonèt yo,
men, frè Jozèf yo pa t rekonèt li.
Dezyèm fwa ak twazyèm fwa
yo te rankontre,
frè Jozèf yo te toujou
pa rekonèt li.
Rankont sa yo te vrèman
difisil pou Jozèf.
Premye fwa yo te rankontre,
ki jan Jozèf te reyaji?
“Li pran kriye.”
Dezyèm fwa yo te rankontre,
ki jan Jozèf te reyaji?
“Li tonbe kriye.”
Twazyèm fwa yo te rankontre,
ki jan Jozèf te reyaji?
“Li t ap kriye.”
Bon, poukisa Jozèf te met tèt li
nan sitiyasyon difisil sa yo?
Li te fè sa paske li te vle wè
si frè l yo te repanti.
Jan n te di sa, vrè repantans lan
gen de etap ladan l.
Toudabò, moun nan
dwe admèt erè l.
Èske frè Jozèf yo te admèt
yo te peche?
Yo te admèt sa,
e se sa nou jwenn nan Jenèz 42:21.
Men sa frè Jozèf yo
te di nan vèsè 21 an:
“Epi, youn di lòt:
“Se sa n te fè frè nou an
[anpalan de Jozèf] n ap peye.
Paske nou te wè
jan l t ap soufri
lè l t ap kriye nan pye nou
pou n gen pitye pou li,
men nou pa t koute l.
Se sa k fè malè sa a rive nou.”
Pawòl sa yo montre
yo te gen remò.
Frè Jozèf yo te fè premye etap
ki montre yo te repanti.
Yo te admèt yo te peche.
Men, èske frè Jozèf yo
te fè dezyèm etap la?
Èske yo te chanje
konpòtman yo?
Ki jan Jozèf t ap fè wè
si frè l yo te chanje toutbon?
Ebyen, Jozèf te byen prepare
pwochen pati plan l lan.
Se vre, Jozèf pa t ka tounen
nan sa k te pase 22 an anvan sa,
men l te ka kreye
sikonstans ki vrèman sanble
ak sa k te pase plis
pase 20 an anvan sa.
Bon, ki sa Jozèf te fè?
Li te monte yon plan ki t ap lage
frè l yo nan gwo gwo pwoblèm,
e sèl solisyon yo t ap gen devan yo
se te pou youn nan pitit gason
Jakòb yo rete ann Ejip
kòm esklav.
E pou sitiyasyon sa a te ka
sanble ak sa k te rive
20 an anvan sa,
pitit gason sa a te dwe
pitit Jakòb pi renmen an.
Donk, plan Jozèf
se te fòse 10 frè l yo
vin ann Ejip ak Benjamen.
Poukisa se Benjamen?
Jakòb te renmen Benjamen,
pitit gason l anpil anpil,
menm jan li te renmen Jozèf,
pitit gason l lan anpil anpil.
Nan plan sa a
Jozèf te byen monte a,
an reyalite, Benjamen
te vin ranplase Jozèf.
Fason 10 frè Jozèf yo
t apral boule ak Benjamen
t apral montre Jozèf
si frè l yo te repanti toutbon
pou fason yo te aji
avè l anvan sa.
Donk, Jozèf te kontinye
ak dènye pati plan l lan.
Anvan pitit gason Jakòb yo
te retounen Kanaran,
Jozèf te fè yo mete yon koup
ann ajan nan sak Benjamen an.
Pandan mesye yo nan wout
pou y al lakay yo,
Jozèf te voye mesye
ki te responsab kay li a
al fouye sak frè l yo.
Nou ka imajine jan
frè Jozèf yo te pè
lè yo te jwenn koup ann ajan an
nan sak Benjamen an.
Kounye a, yo te oblije
retounen kot dirijan Ejipsyen an,
Bon, ki sa yo t apral di l?
Nan pwen sa a, nan istwa a,
n ap sonje 20 an anvan sa,
se Jida ki te pwopoze
pou yo vann Jozèj kòm esklav.
E se te Jida tou
ki te konvenk Jakòb
pou l voye Benjamen ann Ejip.
Ki sa Jida t apral fè kounye a?
Jida te fè yon bon bagay,
li te pran responsablite pou l te
pale ak Jozèf nan non frè l yo.
Ann li pawòl Jida te di
Jozèf yo nan Jenèz 44:16:
“Ki sa nou ka di w, mèt mwen?
Ki esplikasyon nou ka ba ou?
Ki jan nou ka montre
nou se moun ki jis?
Vrè Dye a devwale
peche esklav ou yo.
Kounye a, nou se esklav ou,
mèt mwen,
nou menm ansanm ak moun
yo jwenn koup la nan men l lan!”
Ak pawòl sa yo,
Jida te ofri
pou yo toule 11 frè yo
te vin tounen esklav.
Men, se pa plan sa a
Jozèf te genyen.
Se sa k fè, nan Jenèz 44:17,
men sa Jozèf te di Jida:
“Mwen pa t ap janm fè
yon bagay konsa!
Moun yo jwenn koup la
nan men l lan,
se li menm k ap vin
esklav mwen.
Men, lòt moun yo mèt tounen
lakay papa yo ak kè poze.”
Se konsa, Jozèf te bay
Jida ak nèf lòt frè l yo
posiblite pou yo retounen lakay yo
si yo te deside kite
Benjamen, frè yo a, kòm esklav.
Se nan moman sa a,
Jida te met kouraj sou li
pou l kontredi
chèf Ejipsyen an,
e li te di l yon pakèt pawòl.
An reyalite, pawòl Jida yo
se pawòl ki pi long
nou jwenn nan tout liv Jenèz la.
Men dènye pawòl Jida te di
Jozèf nan Jenèz chapit 44,
n ap kòmanse li apati vèsè 33:
“Se sa k fè, kounye a,
mèt mwen,
ou mèt pran m kòm esklav ou
nan plas tigason an
pou l ka retounen lakay li
ansanm ak frè l yo,
ki jan m ap fè retounen
lakay papa m
san tigason an?
Mwen pap ka wè
lè malè ap rive papa m!”
Ak pawòl sa yo,
Jida te ofri tèt li
pou l te vin esklav
nan plas Benjamen.
Jida te montre li pa menm
Jida li te ye 22 an anvan sa.
Li te chanje.
Li te montre vrè repantans lan.
Nan moman sa a,
Jozèf te fin teste yo,
e li te fè yo konnen kiyès li ye.
Ki sa nou aprann
nan istwa touchan sa a?
Èske Jewova rekonpanse
moun ki repanti toutbon yo?
Wi.
Jewova te fè bagay yo yon jan
pou Jida vin tounen
zansèt Mesi ki t apral vini an.
Ala yon bèl rekonpans li te jwenn
lefètke l te repanti toutbon!
Bon, e nou menm?
Nou tout, nou fè erè.
Nou tout bezwen mizèrikòd Jewova.
Sa vrèman konsole nou
lè nou konnen Jewova
ap padone nou san grate tèt
si nou repanti toutbon
lè nou rekonèt peche nou yo
e lè nou sispann fè yo!
-