00:00:01
Si w gen lafwa
nan ranson an,00:00:03
00:00:04
w ap gen lavi
ki pap janm fini an.00:00:06
00:00:06
Nou anseye verite sa a,00:00:08
00:00:08
nou renmen l. 00:00:09
00:00:09
Èske se sèlman alavni
n ap jwenn byenfè00:00:12
00:00:12
nan ranson an,00:00:13
00:00:13
ki se yon kado
Bondye ban nou?00:00:15
00:00:16
Non.00:00:17
00:00:17
Piske nou gen lafwa
nan ranson an,00:00:20
00:00:20
nou vwe lavi nou bay Jewova,
epi nou vin zanmi l.00:00:26
00:00:27
Kòm rezilta, Jewova demontre
bonte ak lanmou fidèl pou nou.00:00:32
00:00:33
Nou jwenn benediksyon
sa yo chak jou.00:00:37
00:00:37
Kesyon an se: jis nan
ki pwen sa enpòtan pou nou?00:00:41
00:00:42
Ann ale nan Sòm 27:13,00:00:45
00:00:45
epi nou pral wè
jis nan ki pwen00:00:48
00:00:50
David te bay bonte Jewova
ak lanmou fidèl li valè.00:00:55
00:00:56
Nan Sòm 27:13, lè l fin pale
sou plizyè fason00:01:01
00:01:01
Jewova demontre bonte chak jou,00:01:04
00:01:04
men sa li di: 00:01:05
00:01:05
“Ki kote m t ap ye
si m pa t gen konfyans00:01:09
00:01:09
m ap benefisye bonte
Jewova toutotan m ap viv?”00:01:13
00:01:13
Imajine jan lavi nou t ap ye
si Jezi pa t mouri pou nou,00:01:19
00:01:19
si Jewova pa demontre
bonte anvè nou chak jou. 00:01:23
00:01:23
Ki kote n t ap ye?00:01:25
00:01:26
Nou pa t ap bon menm. 00:01:28
00:01:28
Pafwa, li bon pou n fè ti
reflechi sou sa tanzantan. 00:01:34
00:01:34
Konsa, n ap rann nou kont
nou pa vle viv san Jewova.00:01:39
00:01:39
Nou bezwen konnen
Jewova demontre 00:01:41
00:01:41
bonte anvè nou
chak jou. 00:01:43
00:01:43
Bon, ann fè yon ti reflechi
sou kèk fason byen presi00:01:48
00:01:48
Jewova demontre
bonte anvè nou 00:01:51
00:01:51
paske nou gen lafwa
nan li ak nan ranson an.00:01:53
00:01:54
Ann fè yon ti lis ansanm.00:01:55
00:01:55
Pawòl David te di nan
sòm sa a ka ede nou. 00:01:58
00:01:58
Ann ale nan
kòmansman Sòm sa a.00:02:00
00:02:01
Se premye bagay n ap
met nan lis nou an.00:02:03
00:02:04
Men sa David te di:00:02:05
00:02:05
“Jewova se limyè m,
li se sovè m.00:02:08
00:02:08
Kiyès ki ka fè m pè?00:02:09
00:02:09
Jewova se yon fòtrès
ki pwoteje lavi m. 00:02:12
00:02:12
Kiyès ki ka fè m tranble? 00:02:14
00:02:14
Lè mechan yo atake m
pou yo devore m,00:02:16
00:02:16
se yo menm ki bite
e ki tonbe, 00:02:18
00:02:18
wi, moun ki advèsè m
e ki ènmi m yo.”00:02:21
00:02:21
Ki sa k te fè David reyisi? 00:02:23
00:02:23
Èske se paske l
te yon gwo gèrye?00:02:25
00:02:26
Non.00:02:27
00:02:27
Li di se paske “Jewova
se yon fòtrès ki pwoteje lavi [l]”.00:02:32
00:02:33
Jewova te demontre
lanmou fidèl pou li,00:02:36
00:02:37
li te soutni l nan
tout pwoblèm li yo. 00:02:39
00:02:39
Se sa ki te fè David reyisi. 00:02:42
00:02:42
Lè David te medite sou
lanmou fidèl Jewova 00:02:45
00:02:45
ak fason Jewova te soutni l,00:02:47
00:02:47
li te vin konprann
yon bagay enpòtan. 00:02:49
00:02:49
Vèsè 3 a di:00:02:50
00:02:50
“Menmsi yon lame
ta antoure m,00:02:53
00:02:53
kè m pap sote. 00:02:55
00:02:55
Menmsi yon gè
ta eklate kont mwen, 00:02:58
00:02:58
se atò m ap gen konfyans nan li.”00:03:01
00:03:03
Bon, jis nan ki pwen
David te gen konfyans00:03:07
00:03:07
nan lanmou fidèl Jewova?00:03:08
00:03:08
Ann ale nan vèsè 10 la: 00:03:10
00:03:11
“Menmsi papa m ak
manman m ta abandone m,00:03:15
00:03:16
[yon bagay nou pa ka imajine]00:03:18
00:03:18
Jewova li menm
t ap ranmase m.”00:03:22
00:03:22
Piske nou deja wè
lanmou fidèl Jewova00:03:26
00:03:26
ak fason li ede nou,00:03:28
00:03:28
nou gen konfyans l ap
ede nou alavni00:03:32
00:03:32
lè n ap fè fas ak
gwo gwo pwoblèm. 00:03:34
00:03:36
Sa a se premye bagay
nan lis nou an.00:03:39
00:03:39
Men dezyèm bagay la.00:03:40
00:03:41
Nan vèsè 14 la, David di: 00:03:43
00:03:44
“Met espwa nou nan Jewova.00:03:48
00:03:48
Mete kouraj sou nou
e mete kran sou nou.”00:03:51
00:03:52
Piske nou gen lafwa
nan ranson an,00:03:55
00:03:56
nou gen baz solid pou n
gen espwa nan Jewova.00:03:59
00:03:59
Nou gen espwa l ap
ede nou andire chak jou.00:04:03
00:04:03
E nou gen espwa l ap reyalize
bèl pwomès li fè pou lavni yo. 00:04:08
00:04:08
E ki efè sa gen sou nou?00:04:10
00:04:10
Sa fè nou gen kouraj
e n gen kran. 00:04:13
00:04:14
Èske sa mache vre?00:04:16
00:04:16
Wi sa mache.00:04:18
00:04:18
Sa pa gen twò lontan,
m te tande00:04:20
00:04:20
yon bèl eksperyans
ki montre m sa.00:04:23
00:04:23
Gen yon jèn sè,
Eliza, ki gen sèt an.00:04:26
00:04:27
Manman l ap etidye Labib ak
yon dam ki gen yon ti pitit fi00:04:32
00:04:32
ki nan menm laj ak Eliza. 00:04:34
00:04:34
Dam ki t ap etidye a
te malad anpil,00:04:39
00:04:39
e l te oblije pase
tout yon jounen lopital.00:04:42
00:04:42
Donk, manman Eliza
te fè aranjman00:04:45
00:04:45
pou tifi a pase jounen an
ansanm ak Eliza,00:04:48
00:04:48
konsa yo te kapab jwe.00:04:49
00:04:50
Lè yo mennen tifi a
tounen lakay li,00:04:52
00:04:52
li vire epi li di:00:04:55
00:04:55
“Eliza, mèsi paske w te
ede m santi m byen.”00:04:59
00:04:59
Manman an te sezi.00:05:01
00:05:01
Li mande l: “Sa k te pase?”00:05:03
00:05:04
Eliza di l:00:05:05
00:05:06
“Li te tris anpil00:05:07
00:05:07
paske manman l te
toujou nan lopital la,00:05:09
00:05:09
e l te bezwen wè manman l,00:05:11
00:05:11
m te vle fè l santi l pi byen.00:05:13
00:05:13
Donk, m te priye ansanm avè l. 00:05:15
00:05:16
Epitou, m te panse li
bezwen konnen vèsè sa a,00:05:21
00:05:21
ou wè ki vèsè?00:05:22
00:05:22
Vèsè ki di ‘Bondye ap siye
tout dlo nan je nou00:05:25
00:05:25
e l ap retire doulè nou yo’.00:05:27
00:05:27
M te montre l vèsè a,
epi m ba l yon akolad.”00:05:31
00:05:32
Tou senp, men, efikas pa vre?00:05:36
00:05:36
Ti zanmi l lan te vin gen fòs. 00:05:39
00:05:39
Li te ka fè fas ak
sitiyasyon difisil sa a.00:05:43
00:05:43
Poukisa?00:05:43
00:05:43
Paske Eliza te aprann li,00:05:46
00:05:46
li te ka gen espwa
nan Jewova.00:05:48
00:05:49
Menm jan an tou, piske nou
gen espwa nan Jewova 00:05:53
00:05:53
li ban nou kouraj
pou n fè fas00:05:56
00:05:56
ak pwoblèm nou rankontre
pou jounen an. 00:05:58
00:06:00
Se dezyèm bagay la. 00:06:01
00:06:01
Ann ale nan twazyèm nan.00:06:03
00:06:04
Nou pral li vèsè 4 la,00:06:06
00:06:06
pou n wè yon lòt bagay
enpòtan David te jwenn,00:06:09
00:06:09
li di: 00:06:10
00:06:10
“Gen yon bagay
mwen mande Jewova,00:06:13
00:06:13
e se sa m ap chèche:00:06:14
00:06:15
Pou m rete nan kay Jewova a
pandan tout vi m,00:06:19
00:06:20
pou m kontanple tout bon
bagay Jewova gen lakay li 00:06:23
00:06:23
e pou m admire tanp li an.”00:06:25
00:06:26
David te konnen se te yon
onè pou l adore Jewova.00:06:31
00:06:31
Sa nou genyen jodi a00:06:33
00:06:33
pi bon lontan pase
sa David te genyen an.00:06:35
00:06:36
Nou gen privilèj pou n sèvi00:06:38
00:06:38
nan lakou gran tanp
espirityèl Jewova a. 00:06:41
00:06:41
Sa vle di, dispozisyon
pou nou adore Jewova00:06:45
00:06:45
sou baz sakrifis
ranson Jezi Kris la. 00:06:48
00:06:48
Ki sa nou wè pandan
n ap adore nan tanp sa a?00:06:52
00:06:52
Pawòl David yo ka
ede nou, li te di li vle00:06:56
00:06:56
“kontanple tout bon
bagay Jewova gen lakay li”.00:06:59
00:07:00
Nou aprann “bon bagay,
[bèl bagay] Jewova gen lakay li”.00:07:05
00:07:05
Nou aprann bèl kalite li
demontre anvè nou.00:07:09
00:07:09
E pandan n ap adore Jewova
ansanm ak frè ak sè nou yo, 00:07:12
00:07:12
nou wè fason Jewova
demontre bèl kalite sa yo00:07:16
00:07:16
pou nou chak pèsonèlman. 00:07:18
00:07:18
E, ki jan sa fè n santi nou? 00:07:21
00:07:21
Nou “admire tanp li an”. 00:07:24
00:07:24
Nou rekonesan paske
nou ka adore Jewova00:07:28
00:07:28
nan tanp li an. 00:07:29
00:07:29
Se vre, n ap viv nan yon monn
ki chaje ak move bagay. 00:07:34
00:07:34
Epoutan, lefètke nou gen
anpil rekonesans,00:07:37
00:07:37
sa ede n kontinye sèvi
Jewova ak kè kontan. 00:07:40
00:07:41
Se te twazyèm bagay la. 00:07:43
00:07:43
Nan ki pwen w ye
ak lis ou a?00:07:44
00:07:45
Sonje lis la montre grasa lafwa
nou gen nan ranson an00:07:50
00:07:50
Jewova vin pi pwòch ou,00:07:52
00:07:52
e li demontre lanmou fidèl
ak bonte anvè nou. 00:07:56
00:07:56
Premyèman: Piske nou gen
lafwa nan ranson an,00:07:59
00:07:59
Jewova demontre lanmou
fidèl pou nou e l ede nou. 00:08:03
00:08:04
Konsa, nou ka fè fas ak eprèv
ak opozisyon avèk konfyans. 00:08:10
00:08:10
Dezyèmman: Piske nou
gen lafwa nan ranson an,00:08:14
00:08:14
nou gen yon espwa pou lavni.00:08:16
00:08:16
Nou gen espwa nan Jewova,00:08:18
00:08:18
donk, Jewova ban nou
kouraj pou n fè fas 00:08:21
00:08:21
ak pwoblèm nou jwenn
pou jounen an.00:08:23
00:08:24
Twazyèmman: Piske nou gen
lafwa nan ranson an00:08:27
00:08:27
nou gen privilèj pou n adore
Jewova bon fason an.00:08:31
00:08:31
Pandan n ap fè sa nou wè
bèl kalite Jewova yo,00:08:35
00:08:35
e sa fè nou santi nou rekonesan00:08:37
00:08:37
e nou pi kontan toujou. 00:08:39
00:08:40
Èske se sèlman byenfè
sa yo ranson an00:08:43
00:08:43
ede nou jwenn chak jou? 00:08:44
00:08:44
Pa ditou.00:08:45
00:08:46
Nou te pale sou byenfè sa yo
sèlman pou maten an.00:08:49
00:08:49
Sa w panse, si w ta fè sa tounen
yon pwojè rechèch pou fè00:08:52
00:08:52
nan etid pèsonèl ou oswa
nan adorasyon an fanmi an?00:08:55
00:08:55
Sèvi ak pwen sa yo pou w
kòmanse epi ajoute pwen pa w. 00:08:59
00:08:59
Lè w pran tan pou w medite
sou fason Jewova00:09:05
00:09:05
demontre lanmou fidèl
chak jou pou ou00:09:08
00:09:08
e ou medite sou ranson an,
sa ap ede w fè de bagay. 00:09:13
00:09:13
Pou kòmanse, nou pral
vle di Jewova mèsi00:09:17
00:09:17
ak tout kè nou
pou bèl kado sa a.00:09:20
00:09:20
Epi, n ap anvi pale ak lòt moun
paske nou vle plis moun posib00:09:26
00:09:26
jwenn tout benediksyon ranson an,00:09:29
00:09:29
ki se yon kado estrawòdinè
Jewova ban nou. 00:09:32
Clive Martin: Nou jwenn byenfè grasa ranson an, kado Bondye bay la (Sm. 27:13)
-
Clive Martin: Nou jwenn byenfè grasa ranson an, kado Bondye bay la (Sm. 27:13)
Si w gen lafwa
nan ranson an,
w ap gen lavi
ki pap janm fini an.
Nou anseye verite sa a,
nou renmen l.
Èske se sèlman alavni
n ap jwenn byenfè
nan ranson an,
ki se yon kado
Bondye ban nou?
Non.
Piske nou gen lafwa
nan ranson an,
nou vwe lavi nou bay Jewova,
epi nou vin zanmi l.
Kòm rezilta, Jewova demontre
bonte ak lanmou fidèl pou nou.
Nou jwenn benediksyon
sa yo chak jou.
Kesyon an se: jis nan
ki pwen sa enpòtan pou nou?
Ann ale nan Sòm 27:13,
epi nou pral wè
jis nan ki pwen
David te bay bonte Jewova
ak lanmou fidèl li valè.
Nan Sòm 27:13, lè l fin pale
sou plizyè fason
Jewova demontre bonte chak jou,
men sa li di:
“Ki kote m t ap ye
si m pa t gen konfyans
m ap benefisye bonte
Jewova toutotan m ap viv?”
Imajine jan lavi nou t ap ye
si Jezi pa t mouri pou nou,
si Jewova pa demontre
bonte anvè nou chak jou.
Ki kote n t ap ye?
Nou pa t ap bon menm.
Pafwa, li bon pou n fè ti
reflechi sou sa tanzantan.
Konsa, n ap rann nou kont
nou pa vle viv san Jewova.
Nou bezwen konnen
Jewova demontre
bonte anvè nou
chak jou.
Bon, ann fè yon ti reflechi
sou kèk fason byen presi
Jewova demontre
bonte anvè nou
paske nou gen lafwa
nan li ak nan ranson an.
Ann fè yon ti lis ansanm.
Pawòl David te di nan
sòm sa a ka ede nou.
Ann ale nan
kòmansman Sòm sa a.
Se premye bagay n ap
met nan lis nou an.
Men sa David te di:
“Jewova se limyè m,
li se sovè m.
Kiyès ki ka fè m pè?
Jewova se yon fòtrès
ki pwoteje lavi m.
Kiyès ki ka fè m tranble?
Lè mechan yo atake m
pou yo devore m,
se yo menm ki bite
e ki tonbe,
wi, moun ki advèsè m
e ki ènmi m yo.”
Ki sa k te fè David reyisi?
Èske se paske l
te yon gwo gèrye?
Non.
Li di se paske “Jewova
se yon fòtrès ki pwoteje lavi [l]”.
Jewova te demontre
lanmou fidèl pou li,
li te soutni l nan
tout pwoblèm li yo.
Se sa ki te fè David reyisi.
Lè David te medite sou
lanmou fidèl Jewova
ak fason Jewova te soutni l,
li te vin konprann
yon bagay enpòtan.
Vèsè 3 a di:
“Menmsi yon lame
ta antoure m,
kè m pap sote.
Menmsi yon gè
ta eklate kont mwen,
se atò m ap gen konfyans nan li.”
Bon, jis nan ki pwen
David te gen konfyans
nan lanmou fidèl Jewova?
Ann ale nan vèsè 10 la:
“Menmsi papa m ak
manman m ta abandone m,
[yon bagay nou pa ka imajine]
Jewova li menm
t ap ranmase m.”
Piske nou deja wè
lanmou fidèl Jewova
ak fason li ede nou,
nou gen konfyans l ap
ede nou alavni
lè n ap fè fas ak
gwo gwo pwoblèm.
Sa a se premye bagay
nan lis nou an.
Men dezyèm bagay la.
Nan vèsè 14 la, David di:
“Met espwa nou nan Jewova.
Mete kouraj sou nou
e mete kran sou nou.”
Piske nou gen lafwa
nan ranson an,
nou gen baz solid pou n
gen espwa nan Jewova.
Nou gen espwa l ap
ede nou andire chak jou.
E nou gen espwa l ap reyalize
bèl pwomès li fè pou lavni yo.
E ki efè sa gen sou nou?
Sa fè nou gen kouraj
e n gen kran.
Èske sa mache vre?
Wi sa mache.
Sa pa gen twò lontan,
m te tande
yon bèl eksperyans
ki montre m sa.
Gen yon jèn sè,
Eliza, ki gen sèt an.
Manman l ap etidye Labib ak
yon dam ki gen yon ti pitit fi
ki nan menm laj ak Eliza.
Dam ki t ap etidye a
te malad anpil,
e l te oblije pase
tout yon jounen lopital.
Donk, manman Eliza
te fè aranjman
pou tifi a pase jounen an
ansanm ak Eliza,
konsa yo te kapab jwe.
Lè yo mennen tifi a
tounen lakay li,
li vire epi li di:
“Eliza, mèsi paske w te
ede m santi m byen.”
Manman an te sezi.
Li mande l: “Sa k te pase?”
Eliza di l:
“Li te tris anpil
paske manman l te
toujou nan lopital la,
e l te bezwen wè manman l,
m te vle fè l santi l pi byen.
Donk, m te priye ansanm avè l.
Epitou, m te panse li
bezwen konnen vèsè sa a,
ou wè ki vèsè?
Vèsè ki di ‘Bondye ap siye
tout dlo nan je nou
e l ap retire doulè nou yo’.
M te montre l vèsè a,
epi m ba l yon akolad.”
Tou senp, men, efikas pa vre?
Ti zanmi l lan te vin gen fòs.
Li te ka fè fas ak
sitiyasyon difisil sa a.
Poukisa?
Paske Eliza te aprann li,
li te ka gen espwa
nan Jewova.
Menm jan an tou, piske nou
gen espwa nan Jewova
li ban nou kouraj
pou n fè fas
ak pwoblèm nou rankontre
pou jounen an.
Se dezyèm bagay la.
Ann ale nan twazyèm nan.
Nou pral li vèsè 4 la,
pou n wè yon lòt bagay
enpòtan David te jwenn,
li di:
“Gen yon bagay
mwen mande Jewova,
e se sa m ap chèche:
Pou m rete nan kay Jewova a
pandan tout vi m,
pou m kontanple tout bon
bagay Jewova gen lakay li
e pou m admire tanp li an.”
David te konnen se te yon
onè pou l adore Jewova.
Sa nou genyen jodi a
pi bon lontan pase
sa David te genyen an.
Nou gen privilèj pou n sèvi
nan lakou gran tanp
espirityèl Jewova a.
Sa vle di, dispozisyon
pou nou adore Jewova
sou baz sakrifis
ranson Jezi Kris la.
Ki sa nou wè pandan
n ap adore nan tanp sa a?
Pawòl David yo ka
ede nou, li te di li vle
“kontanple tout bon
bagay Jewova gen lakay li”.
Nou aprann “bon bagay,
[bèl bagay] Jewova gen lakay li”.
Nou aprann bèl kalite li
demontre anvè nou.
E pandan n ap adore Jewova
ansanm ak frè ak sè nou yo,
nou wè fason Jewova
demontre bèl kalite sa yo
pou nou chak pèsonèlman.
E, ki jan sa fè n santi nou?
Nou “admire tanp li an”.
Nou rekonesan paske
nou ka adore Jewova
nan tanp li an.
Se vre, n ap viv nan yon monn
ki chaje ak move bagay.
Epoutan, lefètke nou gen
anpil rekonesans,
sa ede n kontinye sèvi
Jewova ak kè kontan.
Se te twazyèm bagay la.
Nan ki pwen w ye
ak lis ou a?
Sonje lis la montre grasa lafwa
nou gen nan ranson an
Jewova vin pi pwòch ou,
e li demontre lanmou fidèl
ak bonte anvè nou.
Premyèman: Piske nou gen
lafwa nan ranson an,
Jewova demontre lanmou
fidèl pou nou e l ede nou.
Konsa, nou ka fè fas ak eprèv
ak opozisyon avèk konfyans.
Dezyèmman: Piske nou
gen lafwa nan ranson an,
nou gen yon espwa pou lavni.
Nou gen espwa nan Jewova,
donk, Jewova ban nou
kouraj pou n fè fas
ak pwoblèm nou jwenn
pou jounen an.
Twazyèmman: Piske nou gen
lafwa nan ranson an
nou gen privilèj pou n adore
Jewova bon fason an.
Pandan n ap fè sa nou wè
bèl kalite Jewova yo,
e sa fè nou santi nou rekonesan
e nou pi kontan toujou.
Èske se sèlman byenfè
sa yo ranson an
ede nou jwenn chak jou?
Pa ditou.
Nou te pale sou byenfè sa yo
sèlman pou maten an.
Sa w panse, si w ta fè sa tounen
yon pwojè rechèch pou fè
nan etid pèsonèl ou oswa
nan adorasyon an fanmi an?
Sèvi ak pwen sa yo pou w
kòmanse epi ajoute pwen pa w.
Lè w pran tan pou w medite
sou fason Jewova
demontre lanmou fidèl
chak jou pou ou
e ou medite sou ranson an,
sa ap ede w fè de bagay.
Pou kòmanse, nou pral
vle di Jewova mèsi
ak tout kè nou
pou bèl kado sa a.
Epi, n ap anvi pale ak lòt moun
paske nou vle plis moun posib
jwenn tout benediksyon ranson an,
ki se yon kado estrawòdinè
Jewova ban nou.
-