JW subtitle extractor

Paul Gillies: “Byennere moun ki renmen fè lapè” (Mat. 5:9)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nan Matye 5:9,
Jezi te bay gwo rezon
ki fè sa enpòtan
pou yon moun
renmen fè lapè.
Li te annik di
yon moun ki
renmen fè lapè
se yon moun ki
gen kè kontan.
Sa ka parèt yon
bagay ki senp,
men, li ka difisil pou yon moun
renmen fè lapè.
M pral pale sou youn nan
rezon ki fè l difisil.
Nou jwenn li nan Jak chapit 3.
Ouvri Bib nou nan Jak 3,
epi, n ap li vèsè 5 lan.
Li di:
“Menm jan an tou,
lang se yon pati ki toupiti
nan kò a,
epoutan l ap fè grandizè.
Gade ki jan yon vyepti dife ka
fè tout yon gwo forè pran dife!”
Pawòl ki nan vèsè 8 la se laverite.
Li di:
“Men, lang nan li menm,
pèsonn pa ka donte l.
Se yon bagay san kontwòl
ki bay soufrans,
li chaje ak pwazon ki bay lanmò.”
Difikilte a se donte lang nan.
Se sa ki defi moun ki renmen
fè lapè a.
Lang nan se yon pati nan kò a
ki pèmèt nou manje,
respire, epi pale.
Jak ap pale de fason nou itilize
lang nan pou nou pale.
Mo laten lè yo tradui l yo mete
lang pou li a se lingua.
Nou ka reflechi sou kèk mo
ki soti nan mo laten sa a,
tankou “lengwistik”, oswa “lang”.
E se chak jou, nou itilize
yon seri ekspresyon
ki gen mo lang nan ladan yo,
tankou “lang lou”, “lang manman”,
“lang dous”, “lang file”,
oswa “bay kout lang”.
Men, jan Jak te di sa,
“lang nan se yon dife” ki ka
lakòz gwo dega.
Wi, yon vyepti dife ka boule
tout yon gwo forè.
Donk, yon moun ki renmen fè lapè,
menmsi l enpafè,
dwe fè efò pou l kenbe lang li
menm lè yo pwovoke l.
Bon, gen kat gou prensipal
nou pran ak lang nou:
se gou dous, sale, si, ak anmè.
Se ak pwent lang nou
nou pran gou dous.
Tandiske, se sou kote lang nou,
nou pran gou sale,
e se la tou nou pran gou si.
Men, nou pran gou anmè
pa dèyè lang nou,
toupre gòj nou.
Ekriven Labib yo konpare
kapasite lang nan genyen
pou l pran gou ak pawòl.
Pa egzanp, Jòb 34:3 di:
“Zòrèy egzamine pawòl menm
jan lang pran gou manje.”
N ap sonje pawòl Pòl te di nan
Kolosyen 4:6, kote l te di:
“Se pou pawòl nou toujou bèl,
se pou l sizonnen ak sèl,
yon fason pou nou konnen jan
nou dwe reponn chak moun.”
Sa vle di, pawòl yon moun ki renmen
fè lapè dwe gen bon gou.
Bon, pawòl nou jwenn nan
Jak 3:10 yo se laverite,
li di:
“Ni benediksyon, ni malediksyon
soti nan menm bouch la.”
Donk, se nan menm bouch la
pawòl ki dous ak pawòl
ki anmè ap soti.
Nou ka di moun n ap preche ak
moun nan kongregasyon an
bèl ti pawòl,
men, nou di moun n ap viv avèk yo,
moun n ap travay avèk yo,
pawòl anmè.
Men, poukisa pafwa nou
kontinye aji konsa?
Avèk sajès, Jezi te fè konnen
sa nou di montre sa ki nan
panse nou ak santiman nou.
Nan Matye 12:34, Jezi te di:
“Paske, pawòl ki sot nan bouch
yon moun montre sa k ranpli kè l.”
Donk, menm jan se pa
dèyè lang nou
nou pran gou anmè,
ebyen, se konsa tou,
pawòl anmè nou di soti
jis nan fon kè nou,
sa ki montre sa nou panse
ak santiman ki pi pwofon
nou gen nan kè nou.
Sa vle di, fason n pale
ak moun ak sa nou di
montre jan nou wè yo.
Bon, ki sa nou wè
nan foto a la a?
Nan foto a, nou wè egzanp
ki montre si fason nou pale
montre nou gen respè
pou lòt moun,
oswa nou pa gen respè pou yo.
N ap wè yon sè k ap pale di
ak yon lòt sè.
Nou konnen, yonfwa nou fin
di yon pawòl,
nou pa ka efase l jan nou konn
fè sa sou yon ekran.
Si pawòl nou di blese lòt moun,
si nou se moun ki renmen
fè lapè,
n ap mande “padon”
ak tout kè nou,
e se sa sè nou an ap fè la a
nan foto a apre l fin reflechi
sou sa Bib la di sou sa.
Kounye a, tanpri, ouvri Bib nou
nan Pwovèb 12:18,
paske vèsè sa a ban nou bonjan
rezon ki fè nou wè enpòtans
pou nou reflechi anvan nou pale.
Pwovèb 12:18 di:
“Pawòl moun di san reflechi
tankou kout epe,
men, lang moun ki gen sajès la
geri moun.”
Nou ka konpare lang nan
ak yon epe.
Lè yon moun di yon pawòl
ki pa janti,
sa ka kite gwo sikatris menm
apre yon pakèt tan.
Epitou, lè n dekouraje, li pi fasil
pou n sonje pawòl sa yo.
Èske sa pa janm rive w?
Ou santi w dekouraje,
epi w vin ap panse ak yon move
pawòl yon moun te di w,
petèt sa gen plizyè ane.
Yon lòt bò, pawòl ki sou
“lang moun ki gen sajès la”
geri moun e li bay lapè.
Bon, kounye a, annou pran yon
egzanp nan Bib la ki montre sa.
Nòmalman, nou abitye reflechi
ak soufrans fizik Jòb yo,
men, sanble yo te di l
yon pawòl ki di ki te fè l mal
menm jan an.
Bon, kounye a, ann ale
nan Jòb 19:2,
n ap wè yon egzanp ki montre sa
jan nou ka wè sa nan foto a.
Men sa Jòb te di pou l montre efè
pawòl di Bildad yo te genyen:
“Pandan konbyen tan n ap
kontinye fè m fache
e n ap kontinye dekouraje m
ak pawòl nou yo?”
Jòb te di:
‘Pandan konbyen tan n ap
dekouraje m ak pawòl nou yo?’
Li pa t di fè m fè kòlè,
oswa annuiye m,
men pito, dekouraje m.
Pawòl “fo konsolatè” Jòb yo
te di yo te tankou kout epe.
Pawòl sa yo fè anviwon
9 chapit nan Bib la,
e siman, sa dwe te
fè Jòb mal anpil
paske “fo konsolatè” sa yo pa t
menm site non l yon fwa.
Nou konprann sa k fè Jòb dekouraje!
Si n te nan plas Jòb, nou t ap santi n
menm jan an, pa vre?
Pawòl mesye yo te di yo
te ka met Jòb nan pozisyon pou l
reyaji de fason diferan.
Li te ka ap reflechi,
epi li di nan kè l:
‘Depi m soti nan sitiyasyon sa a,
m ap fè nou toule twa peye
pou sa nou fè m nan.’
Men, olye de sa, li te aji antanke
moun ki renmen lapè.
Ann ale nan Jòb 42:8 ki montre
sèn n ap gade nan foto a.
Nan dezyèm pati vèsè 8 la,
men sa Jewova te di
pou Jòb te fè:
“Epi, Jòb, sèvitè m nan,
ap priye pou nou.”
Sa enteresan pou n wè
Jewova te di Jòb:
‘Pou w ka fè lapè ak
konpayon w yo
e pou w retire tout rankin
nan kè w,
se pou w priye pou yo.’
Sa a se yon pwen ki
vrèman enpòtan
paske lè yon moun ki
renmen fè lapè
priye pou yon moun ki blese l,
se pi gwo bagay li kapab fè.
N ap remake vèsè 10 la
fè nou konnen
se sèlman apre Jòb te fin priye
pou konpayon l yo,
“Jewova te retire Jòb nan soufrans
li te ye a e li te fè l vin rich ankò”.
Aksyon sa yo Jòb te fè a ede l
pou l pa kenbe rankin,
e sa te ede l pou l kontinye
viv lavi l.
Jan n konn sa,
Jòb te viv ak kè kontan pandan
tout rès 140 an li te viv yo.
Men sa k pi enpòtan an,
li te kontan paske aksyon li te fè yo
te fè l anpè ak Jewova.
Yon moun ki renmen
fè lapè kontan
lè l chwazi rekonsilye
ak lòt moun
olye l chwazi vanje tèt li.
Pou fini, ann wè yon lòt fason
nou ka montre nou se
moun ki renmen fè lapè.
Ki sa nou kapab fè lè nou wè
yon zanmi nou
ap twouble lapè lòt moun?
Èske n pap di anyen,
oswa, èske n ap montre n se
moun ki renmen fè lapè?
Annou wè sa David te di
nan Sòm 141:5.
N ap sèlman li premye
pati vèsè a.
Sòm 141:5. Li di:
“Si moun ki jis la ta frape m,
li t ap montre li gen yon lanmou
[…] pou mwen .”
Frape yon zanmi ka pa sanble
ak aksyon yon moun ki
renmen fè lapè.
Byen souvan, zanmi konn renka
pou yo korije zanmi yo
paske yo pè pou zanmi an
pa mal reyaji
e pou zanmitay la pa kraze.
Sa enteresan pou n wè,
moun k ap di oswa k ap fè
bagay pou fè moun fache,
an jeneral, se yo menm ki konn
mal reyaji lè yo korije yo.
Epoutan, si w se yon bon zanmi,
ou pap renka pou w
korije zanmi w.
Men, bèl ti pawòl ou di ki pral
geri moun nan pi devan
ka fè l mal menm jan lè n ap
mete remèd sou yon maleng.
Men, benediksyon an se,
si zanmi w lan aplike konsèy la,
relasyon nou ap vin pi sere,
e w ap kontan w te fè sa
paske w te aji antanke
moun ki renmen fè lapè.
Si w vle vin yon bon zanmi
pou lòt moun,
ou bezwen veye ak pawòl w ap di.
Jodi a, nou pral gen anpil
konvèsasyon ak lòt moun.
Men, sonje sa:
Si nou vle vin yon moun ki renmen
fè lapè e ki gen kè kontan,
se pou pawòl nou toujou
“sizonnen ak sèl”.