00:00:01
Se pa ti kontan n kontan00:00:03
00:00:03
lefètke n ka ini ansanm
avèk nou nan jou sa a00:00:05
00:00:05
ki pi enpòtan nan ane a00:00:07
00:00:07
kote nou pral selebre
Memoryal lanmò Seyè nou an,00:00:11
00:00:11
Sovè nou an, Jezi Kris!00:00:13
00:00:13
Kèlkeswa kote nou
ta ka ye nan monn nan00:00:16
00:00:16
e nan kèlkeswa sitiyasyon
nou ta twouve nou an,00:00:19
00:00:19
nou swete nou ranpli ak lajwa00:00:21
00:00:21
paske nou konnen nou fè pati
sila yo ki pa bliye00:00:25
00:00:25
de pi gwo kado ki demontre lanmou00:00:28
00:00:28
nou pral pale sou yo aswè a
pandan selebrasyon Memoryal la.00:00:33
00:00:33
Men, pou kounye a,00:00:34
00:00:34
annou egzamine tèks
nou gen pou jounen an.00:00:37
00:00:37
Frè Christopher Mavor pral li l pou nou.00:00:41
00:00:42
Dat Memoryal la, jedi 2 avril:00:00:46
00:00:46
“Nou pa bezwen pè,
nou menm ti twoupo a,00:00:48
00:00:48
paske Papa nou
twouve li bon00:00:50
00:00:50
pou li ban nou Wayòm nan.”00:00:51
00:00:52
— Lik 12:32.00:00:54
00:00:55
Tèks nou gen pou jounen an
gen sèlman kèk pawòl ladan,00:01:00
00:01:00
men, se pa ti enpòtans
pawòl sa yo genyen.00:01:03
00:01:04
Se tout “ti twoupo a”
Jezi te di pawòl sa yo.00:01:07
00:01:07
Donk, nan ti pale nou pral fè la a, 00:01:10
00:01:10
ann pran yon ti tan pou
nou egzamine senk kesyon00:01:12
00:01:12
anrapò ak “ti twoupo” a.00:01:14
00:01:15
Pou kòmanse,
kiyès ki “ti twoupo” a?00:01:19
00:01:19
Bon, Jezi li menm
te reponn kesyon sa a00:01:22
00:01:22
nan Lik 12:32 kote li te di:00:01:26
00:01:26
“Nou pa bezwen pè,
nou menm ti twoupo a,00:01:29
00:01:29
paske Papa nou twouve li bon
pou li ban nou Wayòm nan.”00:01:34
00:01:35
Donk, sa klè la a00:01:36
00:01:36
Jezi t ap pale de moun
ki pral dirije ansanm avè l00:01:41
00:01:41
nan Wayòm li an ki nan syèl la.00:01:43
00:01:44
Poukisa li rele yo yon “ti twoupo”?00:01:46
00:01:47
Nan Revelasyon chapit 5,00:01:50
00:01:50
men sa nou li konsènan moun
ki pral dirije ak Jezi yo.00:01:54
00:01:54
Annou li ansanm vèsè 9 ak vèsè 10:00:01:58
00:01:58
“Epi, y ap chante yon nouvo chante ki di:00:02:01
00:02:01
‘Ou diy pou w pran woulo a
e pou w kase sele yo,00:02:06
00:02:06
paske yo te touye w, e avèk san w,00:02:10
00:02:10
ou achte moun pou Bondye,
moun ki soti nan tout tribi,00:02:14
00:02:14
nan tout lang, nan tout pèp
ak nan tout nasyon,00:02:17
00:02:17
ou fè yo vin wa, ou fè yo vin prèt
pou Bondye nou an,00:02:22
00:02:22
e yo gen pou yo dirije tè a
antanke wa.’”00:02:26
00:02:28
Vèsè 9 la montre byen klè
pa mwayen sakrifis Jezi a,00:02:33
00:02:33
li t apral achte moun sou tè a
pou Jewova00:02:36
00:02:36
ki soti “nan tout tribi,
nan tout lang,00:02:39
00:02:39
nan tout pèp ak nan tout nasyon”.00:02:42
00:02:42
Vèsè 10 la di
yo t apral sèvi antanke “prèt”00:02:45
00:02:45
e yo gen “yo gen pou yo
dirije tè a antanke wa”.00:02:49
00:02:49
Men, sa poko reponn
kesyon nou an toujou.00:02:52
00:02:53
Poukisa Jezi rele yo “ti twoupo”?00:02:56
00:02:56
Nan Revelasyon chapit 14 la,00:02:59
00:02:59
yo pale nou konsènan
menm gwoup moun sa yo00:03:02
00:03:02
yo te achte sou tè a
pou al dirije ak Jezi.00:03:05
00:03:05
Men, Revelasyon chapit 14 la00:03:08
00:03:08
ban nou yon detay ki enpòtan anpil.00:03:11
00:03:11
Annou li ansanm
Revelasyon 14:1, 3:00:03:17
00:03:18
“Epi, mwen gade, mwen wè00:03:21
00:03:21
Ti Mouton an ki kanpe
sou Mòn Siyon.00:03:24
00:03:24
Li gen 144 000 moun avè l,00:03:28
00:03:28
e yo gen non l ak non Papa l
ki ekri sou fwon yo.00:03:33
00:03:34
Yo ret devan twòn nan,
devan kat kreyati vivan yo00:03:38
00:03:38
e devan ansyen yo,00:03:40
00:03:40
y ap chante yon chante
ki sanble yon nouvo chante,00:03:44
00:03:44
e pèsonn pa t kapab
aprann chante sa a nèt,00:03:47
00:03:47
eksepte 144 000 moun yo
Bondye te achte sou tè a.”00:03:52
00:03:53
Èske ou remake detay
enpòtan ki nan vèsè a?00:03:57
00:03:57
Bib la fè konnen kantite moun
yo t ap achte sou tè a?00:04:01
00:04:01
144 000 moun.00:04:04
00:04:04
Donk, poukisa Jezi te
rele yo yon “ti twoupo”?00:04:09
00:04:09
Ebyen kounye a,
li sanble klè wi, pa vre?00:04:12
00:04:12
144 000 moun.00:04:14
00:04:14
Se yon ti ponyen moun00:04:16
00:04:16
lè w konpare l ak tout kantite
moun k ap viv sou tè a jodi a,00:04:21
00:04:21
plis pase 8 milya moun.00:04:24
00:04:24
Men, kanmenm,
poukisa li rezonab00:04:27
00:04:27
pou n panse Jewova t apral chwazi00:04:30
00:04:30
yon ti kantite moun soti sou tè a,00:04:32
00:04:32
tankou 144 000 moun yo,
pou dirije ak Pitit Gason l lan?00:04:37
00:04:38
Ebyen, ann pran egzanp senp sa a.00:04:40
00:04:40
Jodi a, gen anviwon 190 nasyon00:04:45
00:04:45
ki gen yon palman nan peyi yo00:04:47
00:04:47
avèk reprezantan
ki soti toupatou nan peyi yo.00:04:51
00:04:51
Konbyen moun
ki reprezante peyi yo00:04:55
00:04:55
nan 190 palman sa yo?00:04:58
00:04:58
Anviwon 46 000 palmantè.00:05:01
00:05:02
Èske sa pa enteresan?00:05:04
00:05:04
Se yon ti kantite nan moun yo00:05:06
00:05:06
yo chwazi pou reprezante plizyè
milya moun ki nan nasyon sa yo.00:05:11
00:05:12
Donk, li vrèman rezonab00:05:14
00:05:14
pou Bondye ta chwazi
yon ti kantite moun00:05:17
00:05:17
ki soti nan tout tribi,00:05:19
00:05:19
nan tout lang, nan tout pèp00:05:21
00:05:21
e nan tout nasyon
pou dirije ak Pitit Gason l lan.00:05:25
00:05:25
E nou ka sèten, Jewova chwazi
moun sa yo san l pa fè erè.00:05:31
00:05:31
Sa mennen nou nan
yon lòt kesyon enteresan00:05:35
00:05:35
konsènan “ti twoupo” a.00:05:37
00:05:37
Kòman yo chwazi moun
ki nan “ti twoupo”a?00:05:41
00:05:41
Èske se poutèt pouvwa, richès00:05:44
00:05:44
oswa paske yo soti nan gran fanmi?00:05:47
00:05:47
Bib la ban nou yon repons
ki byen klè pou kesyon sa a.00:05:51
00:05:51
Annou li ki sa apot Pòl te di00:05:54
00:05:54
nan 1 Korentyen 1:26-29:00:06:00
00:06:00
“Paske, frè m yo, nou ka wè sa:00:06:03
00:06:03
Nan moun Bondye te rele pami nou yo,00:06:06
00:06:06
pa gen anpil moun ki save dapre lèzòm,00:06:08
00:06:08
ni anpil moun ki gen pouvwa, ni
anpil moun ki fèt nan gran fanmi.00:06:13
00:06:13
Men, Bondye chwazi
bagay sòt nan monn nan00:06:16
00:06:16
pou l ka fè moun ki saj yo wont,00:06:18
00:06:18
e Bondye chwazi
bagay fèb nan monn nan00:06:21
00:06:21
pou l ka fè bagay ki solid yo wont.00:06:24
00:06:24
E Bondye chwazi bagay
ki pa gen valè nan monn nan00:06:27
00:06:27
ak bagay moun meprize,
bagay ki pa anyen yo,00:06:32
00:06:32
pou l ka elimine bagay
ki se yon afè yo,00:06:35
00:06:35
dekwa pou okenn moun pa fè
lwanj pou tèt li devan Bondye.”00:06:40
00:06:41
Ki sa sa aprann nou?00:06:44
00:06:44
Ebyen, yo pa chwazi moun
ki fè pati “ti twoupo” a00:06:47
00:06:47
dapre pouvwa, richès
oswa nan ki fanmi yo soti.00:06:52
00:06:52
Men, sa fèt toutbonvre selon
kalite Jewova renmen yo00:06:57
00:06:57
tankou imilite, lafwa00:07:00
00:07:00
ak bon dispozisyon yo genyen
pou sèvi lòt moun.00:07:03
00:07:03
Lefètke moun ki fè pati “ti twoupo” a00:07:06
00:07:06
se moun òdinè yo dapre monn nan,00:07:08
00:07:08
sa montre sajès ak gwo pouvwa
Jewova genyen an.00:07:13
00:07:13
Li ka reyalize gwo objektif li
genyen an lè l sèvi avèk moun tou senp00:07:17
00:07:17
ki gen lafwa e ki gen imilite.00:07:21
00:07:21
Sa montre nou tou jan “Bondye
kont moun ki gen ògèy yo,00:07:26
00:07:26
men li bay moun ki gen imilite yo
favè san parèy la”.00:07:31
00:07:31
E se sèten, fason sa a
Jewova chwazi “ti twoupo” a00:07:35
00:07:35
pa kite okenn plas pou moun fè
lwanj pou tèt li devan Bondye.00:07:41
00:07:42
Ki lòt kesyon n ap reponn?00:07:44
00:07:44
Ki jan “ti twoupo” a 00:07:47
00:07:47
pral pote byenfè pou tout moun
ki pral viv sou tè a?00:07:50
00:07:50
Revelasyon chapit 21
dekri 144 000 moun yo00:07:56
00:07:56
tankou yon vil ki nan syèl la,
Nouvo Jerizalèm nan.00:08:00
00:08:00
E nan vèsè 9 la, yo rele yo
“madanm Ti Mouton an”.00:08:05
00:08:05
Vèsè 2 rive nan vèsè 4 di:00:08:07
00:08:07
“Epitou, mwen wè vil ki sen an,00:08:10
00:08:10
Nouvo Jerizalèm nan,00:08:12
00:08:12
k ap desann sot nan syèl la
bò kot Bondye.00:08:15
00:08:15
Li abiye tankou yon lamarye ki fè
l bèl pou mesye li pral marye avè l la.00:08:20
00:08:20
Lè sa a, mwen tande yon vwa ki
soti nan twòn nan ki di byen fò:00:08:23
00:08:23
‘Gade!
Tant Bondye a avèk lèzòm.00:08:26
00:08:26
Bondye pral abite avèk yo,
e yo pral vin pèp li.00:08:31
00:08:31
E Bondye li menm ap avèk yo.00:08:34
00:08:34
L ap siye tout dlo nan je yo,
pap gen lanmò ankò,00:08:39
00:08:39
e moun pap nan lapenn ankò
akoz moun pa yo ki mouri.00:08:44
00:08:44
Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.00:08:47
00:08:47
Ansyen bagay yo disparèt.’”00:08:50
00:08:51
Se pa ti bèl benediksyon sa yo bèl!00:08:54
00:08:54
Pap gen dlo k ap sot nan
je nou poutèt lapenn ankò,00:08:57
00:08:57
pap gen doulè,
menm lanmò pap la ankò.00:09:02
00:09:02
“Ti twoupo” pral gen yon kè
kontan moun pa ka dekri00:09:06
00:09:06
pandan y ap travay kòtakòt ak Jezi00:09:09
00:09:09
lè y ap vide benediksyon sakrifis
ranson an sou tout moun.00:09:14
00:09:14
Èske nou ka imajine jan sa pral bèl anpil00:09:18
00:09:18
lè n pa rive wè ata yon ti tras
peche a nan nou,00:09:22
00:09:22
ki efase nèt nan tout moun
k ap viv sou tè a?00:09:26
00:09:26
Tout limanite pral vin pafè00:09:28
00:09:28
e yo pral retounen zanmi Jewova nètale.00:09:32
00:09:33
E ki senkyèm kesyon nou pral reponn?00:09:36
00:09:37
Ki relasyon ki genyen jodi a00:09:40
00:09:40
ant moun ki nan “ti twoupo” a00:09:42
00:09:42
ansanm ak moun ki gen esperans00:09:44
00:09:44
pou yo viv pou toutan sou tè a?00:09:47
00:09:47
Nan Jan 10:16, Jezi te di:00:09:52
00:09:52
“Mwen gen lòt mouton
ki pa nan pak sa a.00:09:56
00:09:57
Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre,00:09:59
00:09:59
y ap tande vwa m,00:10:01
00:10:01
e yo tout ap vin yon sèl twoupo
ki gen yon sèl bèje.”00:10:07
00:10:07
Ki sa sa vle di?00:10:09
00:10:09
Jewova reyini sila yo ki gen
esperans pou y al nan syèl la00:10:13
00:10:13
ak sila yo ki gen esperans
pou yo viv sou tè a00:10:16
00:10:16
nan “yon sèl twoupo”
anba Bèje nou an, Jezi Kris.00:10:22
00:10:22
Donk, aswè a, pandan n ap reyini
pou n selebre Soupe Seyè a,00:10:27
00:10:28
nou pap wè de gwoup ki separe.00:10:31
00:10:31
Se vre, se sèlman Sila yo
ki fè pati “ti twoupo” a00:10:35
00:10:35
ki pral manje pen an
e ki pral bwè diven an.00:10:38
00:10:38
Men, pi bèl bagay
nou pral ka wè jodi a00:10:41
00:10:41
se fason Jewova
fè pèp li a gen tèt ansanm.00:10:45
00:10:45
Moun ki soti nan tout ras,
nasyonalite ak lang00:10:49
00:10:49
pral reyini ansanm tankou
yon sèl twoupo ki gen tèt ansanm00:10:54
00:10:54
poutèt gwo rekonesans
nou genyen00:10:57
00:10:57
pou sa Bondye estrawòdinè a,
Jewova,00:11:01
00:11:01
ak Pitit li renmen anpil la,
Jezi Kris, fè pou nou.00:11:06
00:11:07
Frè Mavor, tanpri li kòmantè a pou nou.00:11:10
00:11:12
“Pandan Soupe Seyè a,00:11:14
00:11:14
Jezi te bay apot li yo
pen ki pa t gen ledven00:11:16
00:11:16
e l te di yo
pen sa a reprezante kò l.00:11:19
00:11:20
Apre sa, li te ba yo diven an00:11:22
00:11:22
e li te di diven an
reprezante ‘san alyans lan’.00:11:24
00:11:25
Li rele l ‘nouvo alyans’,00:11:26
00:11:26
e se sèlman moun ki pral dirije
ansanm avè l ‘nan Wayòm Bondye a’00:11:30
00:11:30
ki nan alyans sa a.00:11:32
00:11:32
Pandan Soupe Seyè a, Jezi te
konsantre sou ‘ti twoupo’ a.00:11:37
00:11:37
Apot fidèl li yo,
ki te ansanm avè l lè sa a,00:11:40
00:11:40
se te premye moun
ki fè pati ti gwoup sa a.00:11:43
00:11:44
Se yo menm ki pral resevwa
yon plas nan syèl la00:11:46
00:11:46
pou yo ansanm ak Jezi.”00:11:48
00:11:50
Mèsi, Chris.00:11:52
00:11:52
Kounye a, tanpri byen suiv
lekti Labib pou Memoryal la.00:11:56
00:11:56
Yo te chwazi plizyè vèsè00:11:58
00:11:58
ki pale sou istwa n ap jwenn
nan toule kat Evanjil yo.00:12:02
00:12:06
Nan premye jou fèt Pen san ledven an,00:12:08
00:12:08
disip yo vin jwenn Jezi, yo di:00:12:11
00:12:11
“Ki kote w vle nou fè preparasyon
pou w ka manje manje Pak la?”00:12:15
00:12:15
Li di: “Ale nan vil la kot entèl,
epi di l:00:12:20
00:12:20
‘Anseyan an di: “Tan ki te fikse
pou mwen an prèske rive.00:12:25
00:12:25
Se lakay ou m ap fete fèt
Pak la avèk disip mwen yo.”’”00:12:29
00:12:29
Vrèmanvre, disip yo
fè sa Jezi te di yo a,00:12:33
00:12:33
epi yo fè preparasyon pou fèt Pak la.00:12:36
00:12:43
Twouve, premye jou fèt
Pen san ledven an,00:12:46
00:12:46
jou yo te konn ofri sakrifis
pou fèt Pak la, disip li yo di l:00:12:50
00:12:50
“Ki kote w vle n al fè preparasyon
pou w manje manje Pak la?”00:12:55
00:12:56
Lè sa a, li voye de nan disip li yo,
li di yo:00:13:00
00:13:00
“Ale nan vil la, gen yon mesye
k ap pote yon krich dlo00:13:03
00:13:03
k ap vin rankontre ak nou.00:13:05
00:13:05
Suiv li, e kote l antre a,
di mèt kay la:00:13:10
00:13:10
‘Anseyan an mande:00:13:11
00:13:11
“Ki kote pyès kay pou m manje manje
Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’00:13:16
00:13:16
Epi, l ap montre nou yon gwo
pyès kay aletaj ki tou pare.00:13:21
00:13:21
Se la pou nou fè
preparasyon an pou nou.”00:13:24
00:13:24
Vrèmanvre, disip yo ale,
yo antre nan vil la,00:13:29
00:13:29
e yo jwenn tout bagay
jan l te di yo a.00:13:33
00:13:33
Epi, yo fè preparasyon
pou fèt Pak la.00:13:36
00:13:44
Kounye a, jou fèt
Pen san ledven an rive.00:13:49
00:13:49
Se jou sa a yo dwe touye bèt y ap
bay kòm sakrifis pou fèt Pak la. 00:13:54
00:13:54
Donk, Jezi voye Pyè ak Jan,
li di yo:00:13:58
00:13:58
“Al prepare manje Pak la
pou nou pou n manje.” 00:14:01
00:14:01
Yo di l: “Ki kote w vle
nou prepare l?”00:14:05
00:14:05
Li di yo: “Gade!
Lè nou antre nan vil la,00:14:10
00:14:10
gen yon mesye k ap pote yon
krich dlo k ap vin rankontre ak nou.00:14:13
00:14:13
Suiv li al nan kay kote l antre a.00:14:16
00:14:16
E di mèt kay la:
‘Anseyan an voye mande w:00:14:19
00:14:19
“Kote pyès pou m manje manje
Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’00:14:23
00:14:23
Epi, l ap montre nou yon gwo
pyès aletaj ki tou pare.00:14:27
00:14:27
Prepare manje Pak la la.”00:14:30
00:14:30
Konsa, yo ale e yo jwenn tout
bagay jan l te di yo a,00:14:34
00:14:34
e yo fè preparasyon pou fèt Pak la.00:14:37
00:14:45
Depi anvan fèt Pak la,00:14:47
00:14:47
Jezi te konnen lè l rive pou l kite
monn sa a pou l al jwenn Papa a.00:14:52
00:14:52
E piske li te renmen moun pa l yo
ki t ap viv nan monn nan,00:14:56
00:14:56
li te kontinye renmen yo
jiska lafen.00:15:00
00:15:01
Nan moman soupe a, Dyab la te
deja met nan kè Jida Iskaryòt,00:15:05
00:15:05
pitit Simon an, lide pou l livre l.00:15:09
00:15:09
Jezi li menm te konnen
Papa a remèt li tout bagay,00:15:13
00:15:13
e li te konnen se Bondye ki voye l
e se Bondye li pral jwenn.00:15:17
00:15:18
Sa l fè, li leve bò tab la00:15:21
00:15:21
e li depoze rad li te met pa anlè
rad ki sou li a sou kote.00:15:25
00:15:25
Li pran yon sèvyèt,
li mare l nan senti l.00:15:29
00:15:29
Apre sa, li met dlo nan yon kivèt,00:15:32
00:15:32
li kòmanse lave pye disip yo00:15:34
00:15:34
e li siye pye yo avèk sèvyèt
li te mare nan senti l la.00:15:39
00:15:51
“Pa kite anyen boulvèse kè nou.00:15:54
00:15:54
Demontre nou gen lafwa nan Bondye,00:15:56
00:15:56
e demontre nou gen lafwa nan
mwen tou.00:15:59
00:16:00
Lakay Papa m gen anpil plas.00:16:03
00:16:03
Si pa t genyen,
mwen t ap di nou sa.00:16:06
00:16:06
Mwen prale pou m prepare
yon plas pou nou.00:16:09
00:16:10
Epitou, lè m ale e mwen
prepare yon plas pou nou,00:16:14
00:16:14
m ap retounen e m ap resevwa
nou lakay mwen,00:16:17
00:16:17
dekwa pou kote m ye
se la nou ye tou.00:16:20
00:16:35
Donk, pou nou tout k ap
gade videyo sa a jodi a,00:16:39
00:16:39
tanpri fè tout sa nou kapab00:16:42
00:16:42
pou nou ka asiste selebrasyon
Memoryal lanmò Kris la00:16:46
00:16:46
nan zòn bò lakay nou an.00:16:49
00:16:49
Menmsi pou kounye a
ou se yon moun ki inaktif,00:16:52
00:16:52
menmsi w se yon moun
yo retire nan kongregasyon an,00:16:57
00:16:57
fè efò pou w vini
e pou w montre rekonesans ou00:17:02
00:17:02
pou sa Jewova
ak Jezi Kris fè pou ou.00:17:06
00:17:06
Nou swete benediksyon Jewova00:17:09
00:17:09
ansanm ak nou tout
k ap suiv pwogram sa a.00:17:12
00:17:12
E tanpri, sonje sa,
nou renmen nou anpil anpil.00:17:17
Adorasyon nan maten pou Memoryal 2025 lan — Mark Sanderson: "Ti twoupo" a ak "lòt mouton" yo ini nan lanmou.
-
Adorasyon nan maten pou Memoryal 2025 lan — Mark Sanderson: "Ti twoupo" a ak "lòt mouton" yo ini nan lanmou.
Se pa ti kontan n kontan
lefètke n ka ini ansanm
avèk nou nan jou sa a
ki pi enpòtan nan ane a
kote nou pral selebre
Memoryal lanmò Seyè nou an,
Sovè nou an, Jezi Kris!
Kèlkeswa kote nou
ta ka ye nan monn nan
e nan kèlkeswa sitiyasyon
nou ta twouve nou an,
nou swete nou ranpli ak lajwa
paske nou konnen nou fè pati
sila yo ki pa bliye
de pi gwo kado ki demontre lanmou
nou pral pale sou yo aswè a
pandan selebrasyon Memoryal la.
Men, pou kounye a,
annou egzamine tèks
nou gen pou jounen an.
Frè Christopher Mavor pral li l pou nou.
Dat Memoryal la, jedi 2 avril:
“Nou pa bezwen pè,
nou menm ti twoupo a,
paske Papa nou
twouve li bon
pou li ban nou Wayòm nan.”
— Lik 12:32.
Tèks nou gen pou jounen an
gen sèlman kèk pawòl ladan,
men, se pa ti enpòtans
pawòl sa yo genyen.
Se tout “ti twoupo a”
Jezi te di pawòl sa yo.
Donk, nan ti pale nou pral fè la a,
ann pran yon ti tan pou
nou egzamine senk kesyon
anrapò ak “ti twoupo” a.
Pou kòmanse,
kiyès ki “ti twoupo” a?
Bon, Jezi li menm
te reponn kesyon sa a
nan Lik 12:32 kote li te di:
“Nou pa bezwen pè,
nou menm ti twoupo a,
paske Papa nou twouve li bon
pou li ban nou Wayòm nan.”
Donk, sa klè la a
Jezi t ap pale de moun
ki pral dirije ansanm avè l
nan Wayòm li an ki nan syèl la.
Poukisa li rele yo yon “ti twoupo”?
Nan Revelasyon chapit 5,
men sa nou li konsènan moun
ki pral dirije ak Jezi yo.
Annou li ansanm vèsè 9 ak vèsè 10:
“Epi, y ap chante yon nouvo chante ki di:
‘Ou diy pou w pran woulo a
e pou w kase sele yo,
paske yo te touye w, e avèk san w,
ou achte moun pou Bondye,
moun ki soti nan tout tribi,
nan tout lang, nan tout pèp
ak nan tout nasyon,
ou fè yo vin wa, ou fè yo vin prèt
pou Bondye nou an,
e yo gen pou yo dirije tè a
antanke wa.’”
Vèsè 9 la montre byen klè
pa mwayen sakrifis Jezi a,
li t apral achte moun sou tè a
pou Jewova
ki soti “nan tout tribi,
nan tout lang,
nan tout pèp ak nan tout nasyon”.
Vèsè 10 la di
yo t apral sèvi antanke “prèt”
e yo gen “yo gen pou yo
dirije tè a antanke wa”.
Men, sa poko reponn
kesyon nou an toujou.
Poukisa Jezi rele yo “ti twoupo”?
Nan Revelasyon chapit 14 la,
yo pale nou konsènan
menm gwoup moun sa yo
yo te achte sou tè a
pou al dirije ak Jezi.
Men, Revelasyon chapit 14 la
ban nou yon detay ki enpòtan anpil.
Annou li ansanm
Revelasyon 14:1, 3:
“Epi, mwen gade, mwen wè
Ti Mouton an ki kanpe
sou Mòn Siyon.
Li gen 144 000 moun avè l,
e yo gen non l ak non Papa l
ki ekri sou fwon yo.
Yo ret devan twòn nan,
devan kat kreyati vivan yo
e devan ansyen yo,
y ap chante yon chante
ki sanble yon nouvo chante,
e pèsonn pa t kapab
aprann chante sa a nèt,
eksepte 144 000 moun yo
Bondye te achte sou tè a.”
Èske ou remake detay
enpòtan ki nan vèsè a?
Bib la fè konnen kantite moun
yo t ap achte sou tè a?
144 000 moun.
Donk, poukisa Jezi te
rele yo yon “ti twoupo”?
Ebyen kounye a,
li sanble klè wi, pa vre?
144 000 moun.
Se yon ti ponyen moun
lè w konpare l ak tout kantite
moun k ap viv sou tè a jodi a,
plis pase 8 milya moun.
Men, kanmenm,
poukisa li rezonab
pou n panse Jewova t apral chwazi
yon ti kantite moun soti sou tè a,
tankou 144 000 moun yo,
pou dirije ak Pitit Gason l lan?
Ebyen, ann pran egzanp senp sa a.
Jodi a, gen anviwon 190 nasyon
ki gen yon palman nan peyi yo
avèk reprezantan
ki soti toupatou nan peyi yo.
Konbyen moun
ki reprezante peyi yo
nan 190 palman sa yo?
Anviwon 46 000 palmantè.
Èske sa pa enteresan?
Se yon ti kantite nan moun yo
yo chwazi pou reprezante plizyè
milya moun ki nan nasyon sa yo.
Donk, li vrèman rezonab
pou Bondye ta chwazi
yon ti kantite moun
ki soti nan tout tribi,
nan tout lang, nan tout pèp
e nan tout nasyon
pou dirije ak Pitit Gason l lan.
E nou ka sèten, Jewova chwazi
moun sa yo san l pa fè erè.
Sa mennen nou nan
yon lòt kesyon enteresan
konsènan “ti twoupo” a.
Kòman yo chwazi moun
ki nan “ti twoupo”a?
Èske se poutèt pouvwa, richès
oswa paske yo soti nan gran fanmi?
Bib la ban nou yon repons
ki byen klè pou kesyon sa a.
Annou li ki sa apot Pòl te di
nan 1 Korentyen 1:26-29:
“Paske, frè m yo, nou ka wè sa:
Nan moun Bondye te rele pami nou yo,
pa gen anpil moun ki save dapre lèzòm,
ni anpil moun ki gen pouvwa, ni
anpil moun ki fèt nan gran fanmi.
Men, Bondye chwazi
bagay sòt nan monn nan
pou l ka fè moun ki saj yo wont,
e Bondye chwazi
bagay fèb nan monn nan
pou l ka fè bagay ki solid yo wont.
E Bondye chwazi bagay
ki pa gen valè nan monn nan
ak bagay moun meprize,
bagay ki pa anyen yo,
pou l ka elimine bagay
ki se yon afè yo,
dekwa pou okenn moun pa fè
lwanj pou tèt li devan Bondye.”
Ki sa sa aprann nou?
Ebyen, yo pa chwazi moun
ki fè pati “ti twoupo” a
dapre pouvwa, richès
oswa nan ki fanmi yo soti.
Men, sa fèt toutbonvre selon
kalite Jewova renmen yo
tankou imilite, lafwa
ak bon dispozisyon yo genyen
pou sèvi lòt moun.
Lefètke moun ki fè pati “ti twoupo” a
se moun òdinè yo dapre monn nan,
sa montre sajès ak gwo pouvwa
Jewova genyen an.
Li ka reyalize gwo objektif li
genyen an lè l sèvi avèk moun tou senp
ki gen lafwa e ki gen imilite.
Sa montre nou tou jan “Bondye
kont moun ki gen ògèy yo,
men li bay moun ki gen imilite yo
favè san parèy la”.
E se sèten, fason sa a
Jewova chwazi “ti twoupo” a
pa kite okenn plas pou moun fè
lwanj pou tèt li devan Bondye.
Ki lòt kesyon n ap reponn?
Ki jan “ti twoupo” a
pral pote byenfè pou tout moun
ki pral viv sou tè a?
Revelasyon chapit 21
dekri 144 000 moun yo
tankou yon vil ki nan syèl la,
Nouvo Jerizalèm nan.
E nan vèsè 9 la, yo rele yo
“madanm Ti Mouton an”.
Vèsè 2 rive nan vèsè 4 di:
“Epitou, mwen wè vil ki sen an,
Nouvo Jerizalèm nan,
k ap desann sot nan syèl la
bò kot Bondye.
Li abiye tankou yon lamarye ki fè
l bèl pou mesye li pral marye avè l la.
Lè sa a, mwen tande yon vwa ki
soti nan twòn nan ki di byen fò:
‘Gade!
Tant Bondye a avèk lèzòm.
Bondye pral abite avèk yo,
e yo pral vin pèp li.
E Bondye li menm ap avèk yo.
L ap siye tout dlo nan je yo,
pap gen lanmò ankò,
e moun pap nan lapenn ankò
akoz moun pa yo ki mouri.
Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.
Ansyen bagay yo disparèt.’”
Se pa ti bèl benediksyon sa yo bèl!
Pap gen dlo k ap sot nan
je nou poutèt lapenn ankò,
pap gen doulè,
menm lanmò pap la ankò.
“Ti twoupo” pral gen yon kè
kontan moun pa ka dekri
pandan y ap travay kòtakòt ak Jezi
lè y ap vide benediksyon sakrifis
ranson an sou tout moun.
Èske nou ka imajine jan sa pral bèl anpil
lè n pa rive wè ata yon ti tras
peche a nan nou,
ki efase nèt nan tout moun
k ap viv sou tè a?
Tout limanite pral vin pafè
e yo pral retounen zanmi Jewova nètale.
E ki senkyèm kesyon nou pral reponn?
Ki relasyon ki genyen jodi a
ant moun ki nan “ti twoupo” a
ansanm ak moun ki gen esperans
pou yo viv pou toutan sou tè a?
Nan Jan 10:16, Jezi te di:
“Mwen gen lòt mouton
ki pa nan pak sa a.
Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre,
y ap tande vwa m,
e yo tout ap vin yon sèl twoupo
ki gen yon sèl bèje.”
Ki sa sa vle di?
Jewova reyini sila yo ki gen
esperans pou y al nan syèl la
ak sila yo ki gen esperans
pou yo viv sou tè a
nan “yon sèl twoupo”
anba Bèje nou an, Jezi Kris.
Donk, aswè a, pandan n ap reyini
pou n selebre Soupe Seyè a,
nou pap wè de gwoup ki separe.
Se vre, se sèlman Sila yo
ki fè pati “ti twoupo” a
ki pral manje pen an
e ki pral bwè diven an.
Men, pi bèl bagay
nou pral ka wè jodi a
se fason Jewova
fè pèp li a gen tèt ansanm.
Moun ki soti nan tout ras,
nasyonalite ak lang
pral reyini ansanm tankou
yon sèl twoupo ki gen tèt ansanm
poutèt gwo rekonesans
nou genyen
pou sa Bondye estrawòdinè a,
Jewova,
ak Pitit li renmen anpil la,
Jezi Kris, fè pou nou.
Frè Mavor, tanpri li kòmantè a pou nou.
“Pandan Soupe Seyè a,
Jezi te bay apot li yo
pen ki pa t gen ledven
e l te di yo
pen sa a reprezante kò l.
Apre sa, li te ba yo diven an
e li te di diven an
reprezante ‘san alyans lan’.
Li rele l ‘nouvo alyans’,
e se sèlman moun ki pral dirije
ansanm avè l ‘nan Wayòm Bondye a’
ki nan alyans sa a.
Pandan Soupe Seyè a, Jezi te
konsantre sou ‘ti twoupo’ a.
Apot fidèl li yo,
ki te ansanm avè l lè sa a,
se te premye moun
ki fè pati ti gwoup sa a.
Se yo menm ki pral resevwa
yon plas nan syèl la
pou yo ansanm ak Jezi.”
Mèsi, Chris.
Kounye a, tanpri byen suiv
lekti Labib pou Memoryal la.
Yo te chwazi plizyè vèsè
ki pale sou istwa n ap jwenn
nan toule kat Evanjil yo.
Nan premye jou fèt Pen san ledven an,
disip yo vin jwenn Jezi, yo di:
“Ki kote w vle nou fè preparasyon
pou w ka manje manje Pak la?”
Li di: “Ale nan vil la kot entèl,
epi di l:
‘Anseyan an di: “Tan ki te fikse
pou mwen an prèske rive.
Se lakay ou m ap fete fèt
Pak la avèk disip mwen yo.”’”
Vrèmanvre, disip yo
fè sa Jezi te di yo a,
epi yo fè preparasyon pou fèt Pak la.
Twouve, premye jou fèt
Pen san ledven an,
jou yo te konn ofri sakrifis
pou fèt Pak la, disip li yo di l:
“Ki kote w vle n al fè preparasyon
pou w manje manje Pak la?”
Lè sa a, li voye de nan disip li yo,
li di yo:
“Ale nan vil la, gen yon mesye
k ap pote yon krich dlo
k ap vin rankontre ak nou.
Suiv li, e kote l antre a,
di mèt kay la:
‘Anseyan an mande:
“Ki kote pyès kay pou m manje manje
Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’
Epi, l ap montre nou yon gwo
pyès kay aletaj ki tou pare.
Se la pou nou fè
preparasyon an pou nou.”
Vrèmanvre, disip yo ale,
yo antre nan vil la,
e yo jwenn tout bagay
jan l te di yo a.
Epi, yo fè preparasyon
pou fèt Pak la.
Kounye a, jou fèt
Pen san ledven an rive.
Se jou sa a yo dwe touye bèt y ap
bay kòm sakrifis pou fèt Pak la.
Donk, Jezi voye Pyè ak Jan,
li di yo:
“Al prepare manje Pak la
pou nou pou n manje.”
Yo di l: “Ki kote w vle
nou prepare l?”
Li di yo: “Gade!
Lè nou antre nan vil la,
gen yon mesye k ap pote yon
krich dlo k ap vin rankontre ak nou.
Suiv li al nan kay kote l antre a.
E di mèt kay la:
‘Anseyan an voye mande w:
“Kote pyès pou m manje manje
Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’
Epi, l ap montre nou yon gwo
pyès aletaj ki tou pare.
Prepare manje Pak la la.”
Konsa, yo ale e yo jwenn tout
bagay jan l te di yo a,
e yo fè preparasyon pou fèt Pak la.
Depi anvan fèt Pak la,
Jezi te konnen lè l rive pou l kite
monn sa a pou l al jwenn Papa a.
E piske li te renmen moun pa l yo
ki t ap viv nan monn nan,
li te kontinye renmen yo
jiska lafen.
Nan moman soupe a, Dyab la te
deja met nan kè Jida Iskaryòt,
pitit Simon an, lide pou l livre l.
Jezi li menm te konnen
Papa a remèt li tout bagay,
e li te konnen se Bondye ki voye l
e se Bondye li pral jwenn.
Sa l fè, li leve bò tab la
e li depoze rad li te met pa anlè
rad ki sou li a sou kote.
Li pran yon sèvyèt,
li mare l nan senti l.
Apre sa, li met dlo nan yon kivèt,
li kòmanse lave pye disip yo
e li siye pye yo avèk sèvyèt
li te mare nan senti l la.
“Pa kite anyen boulvèse kè nou.
Demontre nou gen lafwa nan Bondye,
e demontre nou gen lafwa nan
mwen tou.
Lakay Papa m gen anpil plas.
Si pa t genyen,
mwen t ap di nou sa.
Mwen prale pou m prepare
yon plas pou nou.
Epitou, lè m ale e mwen
prepare yon plas pou nou,
m ap retounen e m ap resevwa
nou lakay mwen,
dekwa pou kote m ye
se la nou ye tou.
Donk, pou nou tout k ap
gade videyo sa a jodi a,
tanpri fè tout sa nou kapab
pou nou ka asiste selebrasyon
Memoryal lanmò Kris la
nan zòn bò lakay nou an.
Menmsi pou kounye a
ou se yon moun ki inaktif,
menmsi w se yon moun
yo retire nan kongregasyon an,
fè efò pou w vini
e pou w montre rekonesans ou
pou sa Jewova
ak Jezi Kris fè pou ou.
Nou swete benediksyon Jewova
ansanm ak nou tout
k ap suiv pwogram sa a.
E tanpri, sonje sa,
nou renmen nou anpil anpil.
-