JW subtitle extractor

Renmen travay predikasyon an — Lè nou santi nou pa kalifye

Video Other languages Share text Share link Show times

Mwen pa t leve
nan laverite.
Mwen te jwenn
gwo opozisyon
ni nan men fanmi m,
ni nan men manm
nan relijyon
kote m te mache a.
Pafwa, yo te konn
menm di m vye mo.
E sa te fè m
kòmanse pè
patisipe nan travay
predikasyon an.
Depi lè m piti,
se nan jaden
m te konn travay.
M te konn
santi m tris
lè m wè lòt timoun yo
pral lekòl.
M te konn di:
m ta renmen aprann li tou.
Men, nan moman sa a,
m pa t janm gen opòtinite
pou m aprann konn li.
M sonje m te
konn santi m pè
lè pou m al preche.
M te konn
di tèt mwen:
Èske y ap koute m?
Èske y ap ouvri
pòt yo?
Paran m yo te leve m
nan laverite.
Men, depi lè m piti,
m te yon moun
ki toujou timid.
Kòm rezilta, li te difisil
pou m di sa m panse
ak sa m santi.
E lè m ap eseye esplike
sa m te vle di,
pafwa, se yon bagay
diferan nèt mwen di.
Epi, pandan pandemi an,
m te vin timid plis toujou
paske m te gen santiman
ki fè m panike
tèlman m strese.
Lè m al nan travay
predikasyon an ak yon lòt frè
lefètke m pa gen konfyans
nan tèt mwen,
m te konn di l:
“Frè m, ou mèt fè pòt yo.
Mwen menm,
m ap jis akonpaye w.”
Depi lè mwen kòmanse gen
pwoblèm mwen an,
m te vin ap enkyete m
anrapò ak sa m ap di lòt moun.
M te panse m ta ka
di yo yon bagay ki mal
oswa petèt yo ka pa renmen
sa m ap di yo.
Lefètke m te santi m konsa
sa te fè tout bagay
vin pi difisil pou mwen.
M sonje m te rankontre
yon dam, li te di m:
“Bon, ou pa menm
konn li menm,
ki jan w pral fè
preche?”
Sa te fè m mal anpil
jou sa a.
Lapriyè te ede m anpil.
Chak lè m te soti
al preche
epi m kòmanse
santi m pè,
m te fè yon priyè
tou kout.
E sa te fè m santi m
pi byen.
E tousuit,
m te rann mwen kont
m pa twò pè ankò.
M te santi tou
Jewova kenbe men m
e l ap ede m
kontinye preche.
Menmsi m pa konn li,
mwen ka di
mwen pap pè,
paske m konnen
Bondye ap kenbe men m.
Chak lè m santi m
strese,
m toujou
priye Bondye.
Gen yon sè m te konn
preche avè l
ki gen eksperyans
ki te ede m anpil.
Li te di m
se Jewova ki fè moun
kalifye pou yon asiyasyon,
se pa grasa pwòp
kapasite moun nan.
Frè ak sè m te konn preche
avèk yo te ede m anpil tou.
Lè yo te pataje eksperyans yo
ansanm avèk mwen
e lè yo te di m fason Jewova
te ede yo gen kouraj,
sa te ban m fòs
paske si yo te ka rive preche
grasa èd Jewova
m ka rive fè sa tou.
Souvan, lè m al preche
moun yo,
m te rann mwen kont se
sa m panse m te konn di yo.
Men, lè Jezi te konn al preche,
li te sèvi ak Bib la.
Lefètke m te suiv
egzanp sa a,
sa te ede m evite di
twòp bagay lè m al preche.
Lè m al preche,
m pa konplike bagay yo.
M ka di yon bagay tankou:
“O, w ap fè yon bale la a.”
Oswa: “Jaden w lan bèl wi!
M renmen flè woz ou yo,
yo bèl.”
Epi m di l:
“Lè n etidye Bib la
sa ka ede n apresye
bèl bagay Bondye fè yo.
Pawòl ki nan Matye 28:20 an
te konsole m anpil.
Li di: “Mwen avèk nou toulejou.”
Pawòl sa yo te
ankouraje m anpil
lè m nan travay
predikasyon an
paske m rann mwen kont
m pa poukò m.
Jezi ansanm avè m.
M ta renmen moun ki
pa konn li yo pa pè
paske kounye a,
nou gen bagay nou ka koute.
Sa bèl anpil lefètke
nou ka koute.
Donk, pa dekouraje!
Menmsi m pa t konn li, men
m te vin konn non Jewova.
E grasa pèp li a,
m te vin gen posiblite
pou m aprann li.
M santi m kontan anpil
lefètke m vin konn
Jewova ak non l,
yon bagay mwen pa t konnen
anvan sa.
E non sa a bèl anpil!
Jewova fè m wè
sa non l vle di a se laverite.
Li fè nou vin tounen
sa li vle nou vin tounen,
paske yon moun tankou m
ki timid
ka gen kouraj kounye a
lè m ap preche.
Mwen gen anpil rekonesans
lefètke m fè pati pèp Jewova a.
M te aprann anpil bagay
konsènan Jewova.
Mwen gen manje ann abondans
nan domèn espirityèl
pou m pataje avèk lòt moun
e sa ban m anpil kè kontan.
Kounye a,
mwen gen gwo anvi
pou m al preche
moun yo.
Paske m konnen
Jewova ap ede m.
E se Jewova menm
ki fè m kalifye
pou m montre lòt moun
jan l gen lanmou.