00:00:12
Pafwa, mwen menm ak madanm
mwen konn pale sou posiblite00:00:14
00:00:14
pou n al ede kote yo
bezwen plis pwoklamatè.00:00:17
00:00:17
Men, piske n ap viv nan vil Lima,00:00:18
00:00:18
kote li pi fasil pou moun jwenn travay,00:00:21
00:00:21
nou konn yo ti jan pè
pou n pa jwenn travay00:00:23
00:00:23
si n ta al viv yon lòt kote.00:00:25
00:00:26
Lè Jeremi te vin ak ide00:00:28
00:00:28
pou nou pran sèvis pyonye a ankò,00:00:30
00:00:30
m pa t vrèman panse sa posib.00:00:34
00:00:34
Anvan sa n te pyonye,00:00:36
00:00:36
men, gentan gen anpil ane
ki pase depi n pa pyonye.00:00:38
00:00:38
E mete sou senk
timoun yo n gen nan kay la,00:00:40
00:00:40
genyen papa Jeremi ki malad00:00:42
00:00:42
epi papa m tou gen kèk pwoblèm sante.00:00:45
00:00:46
M te antre nan sèvis pyonye a
apre m te fini lekòl.00:00:49
00:00:49
Sepandan, anviwon ennan apre,00:00:51
00:00:51
m te aprann m fè yon maladi
nan kolòn vètebral mwen00:00:54
00:00:54
ki t ap anpeche m fè aktivite
nòmal mwen te konn fè yo.00:00:58
00:00:58
Akoz de sa,
m te kanpe sèvis pyonye a.00:01:01
00:01:01
M te vrèman vle fè plis
nan travay predikasyon an, 00:01:05
00:01:05
men, sitiyasyon sa a te fè m santi00:01:07
00:01:07
kòmsi m te bloke
anndan yon tinèl ki fènwa00:01:10
00:01:10
san m pa konnen
ki lè m ap soti ladan l.00:01:13
00:01:14
Souvan, m panse ak istwa Jakòb la00:01:17
00:01:17
nan Jenèz chapit 32,
kote l t ap goumen ak zanj lan.00:01:20
00:01:20
Li pa t dispoze kanpe toutotan l
pa t jwenn yon benediksyon.00:01:24
00:01:24
Sa toujou raple m
ki jan nou bezwen fè gwo efò,00:01:26
00:01:26
nou bezwen fè gwo sakrifis
e n dwe priye anpil00:01:29
00:01:29
pou n rive jwenn yon
benediksyon nan men Jewova.00:01:32
00:01:33
Lè m panse ak Sòm 34:8 la ki di:00:01:36
00:01:36
“Goute e n a wè jan Jewova bon”, 00:01:38
00:01:38
sa ede nou paske li fè nou sonje00:01:41
00:01:41
Jewova beni moun
ki deside fè plis pou li.00:01:44
00:01:44
Yon bagay ki te ide m anpil,00:01:46
00:01:46
se lè m te pran tan
nan etid pèsonèl mwen00:01:48
00:01:48
pou m medite sou istwa
malerèz ki vèv la.00:01:52
00:01:53
Istwa sa a fè m wè Jewova
vrèman konprann efò m ap fè yo00:01:57
00:01:57
e li kontan ak nenpòt sa m kapab ba li.00:02:00
00:02:01
Finalman, lè nou te di patwon
nou yo nou t apral demisyone00:02:04
00:02:04
yo te di y ap peye nou
de fwa plis lajan.00:02:07
00:02:07
Men, nou te detèmine pou n ale
yon kote yo te bezwen plis èd00:02:11
00:02:11
e n te dispoze fè nenpòt travay la,00:02:13
00:02:13
tankou bale lari a
oswa al vann nan mache a 00:02:16
00:02:16
pou n te ka jwenn plis tan
pou nou preche.00:02:18
00:02:18
Lè n te rive nan nouvo tèritwa nou an00:02:21
00:02:21
nou wè moun yo te renmen
tande Pawòl Bondye a anpil.00:02:24
00:02:24
Donk, nou te kòmanse
plizyè etid biblik.00:02:26
00:02:26
Pou n te rive fè sa,00:02:27
00:02:27
gen kèk jou nou kòmanse
preche byen bonè nan maten,00:02:30
00:02:30
rive jis byen ta nan nuit.00:02:32
00:02:33
Nou fè yon kalandriye
kote chak moun nan fanmi an00:02:35
00:02:35
fè konnen ki sa yo ka fè pou ede.00:02:37
00:02:37
Nou òganize nou yon fason
pou youn ka soutni lòt.00:02:40
00:02:40
Nou konnen sa ka rive youn nan
nou antre ta nan kay la lannuit.00:02:43
00:02:43
Donk, nou fè yon fason pou lè l vini,00:02:45
00:02:45
li jwenn yon ti manje pou l manje
ak lòt bagay l ap bezwen.00:02:47
00:02:47
M te rive konprann m ta ka toujou
sèvi kòm misyonè nan kè m.00:02:52
00:02:52
Chak mwa, mwen gade
pwogram mwen pou m wè00:02:55
00:02:55
ki lè m ta ka preche ansanm ak frè ak sè yo00:02:57
00:02:57
pa mwayen videyo konferans.00:02:59
00:03:01
Detanzantan,
m eseye mete kèk vèsè biblik tou00:03:04
00:03:04
nan mesaj mwen voye
bay kouzin mwen an.00:03:07
00:03:08
E lè m santi m pi byen,00:03:10
00:03:10
m konn renmen soti nan
predikasyon kay an kay la tou.00:03:13
00:03:13
Apre n te fin pase ennan nan zòn nan,00:03:15
00:03:15
tout kòb nou te fini00:03:17
00:03:17
e m sonje yon maten nou te priye
Jewova, nou te mande l00:03:19
00:03:19
pou l ede n kontinye mete
Wayòm nan an premye.00:03:22
00:03:22
Epi apre, nou soti n al preche. 00:03:24
00:03:24
E nan dènye kay
nou t ap fè nan zòn nan,00:03:26
00:03:26
gen yon dam ki ban nou
yon sachè chaje legim 00:03:29
00:03:29
e pandan n ap kite kay dam sa a00:03:31
00:03:31
gen yon lòt vwazin ki ban nou
yon pànye ki chaje ak manje.00:03:34
00:03:34
E ou sonje ki sa ou te di m lè sa a?00:03:36
00:03:36
Waw! Apa Jewova
t al fè mache pou nou! 00:03:39
00:03:39
Se sèl vyann wi ki manke nou la a!00:03:41
00:03:41
Epi lè nou te rive lakay nou,00:03:43
00:03:43
gen pitit fi yon sè ki te ban nou
yon sachè plen ak vyann.00:03:46
00:03:46
Nou te kriye tèlman nou te kontan.00:03:49
00:03:49
E lè n byen gade,00:03:50
00:03:50
nou wè pawòl ki nan
Sòm 34:8 yo se laverite.00:03:54
00:03:54
Nou te gen posiblite ‘goute e pou
nou wè jan Jewova bon’ toutbon.00:03:58
00:03:58
Nou gen posiblite sèvi kòm pyonye00:04:00
00:04:00
avèk twa pi gran timoun nou yo.00:04:02
00:04:02
E de pi piti yo gen objektif pou yo00:04:04
00:04:04
pran sèvis pyonye lè yo fini lekòl yo.00:04:07
00:04:07
Tout fanmi an nèt ap
sèvi Jewova nan tèt ansanm.00:04:11
00:04:11
E sensèman, se pi gwo
benediksyon fanmi an ta ka jwenn.00:04:15
00:04:15
Lefètke m chèche fè plis
nan predikasyon00:04:17
00:04:17
nan fason mwen kapab,00:04:19
00:04:19
m santi sa ede m pou m pa
konsantre twòp00:04:21
00:04:21
sou pwoblèm mwen yo.00:04:23
00:04:23
Pou kounye a, m byen kontan
kondui yon etid Labib.00:04:26
00:04:26
An jeneral, nou fè etid la
pa mwayen videyo konferans,00:04:29
00:04:29
men yon fwa pa mwa,
li vin lakay la00:04:31
00:04:31
e nou byen pwofite
fè leson an ansanm.00:04:33
00:04:34
Li kòmanse fè kòmantè
nan reyinyon kounye a.00:04:36
00:04:37
Se pa ti sezi m sezi
wè tout pwogrè l ap fè00:04:40
00:04:40
e souvan nan kèk domèn
m pa t menm remake!00:04:43
00:04:43
Gen kèk moman nan lavi nou
kote li konn sanble twò difisil00:04:47
00:04:47
pou n fè plis nan sèvis Jewova a.00:04:49
00:04:49
Men, anpil lòt fwa, se nou menm
ki kreye obstak la nan lespri nou.00:04:53
00:04:53
Si n annik fè plis, Jewova
ap ban nou fòs pou nou reyisi.00:04:57
Renmen travay predikasyon an — Fason n ka fè plis nan travay predikasyon an
-
Renmen travay predikasyon an — Fason n ka fè plis nan travay predikasyon an
Pafwa, mwen menm ak madanm
mwen konn pale sou posiblite
pou n al ede kote yo
bezwen plis pwoklamatè.
Men, piske n ap viv nan vil Lima,
kote li pi fasil pou moun jwenn travay,
nou konn yo ti jan pè
pou n pa jwenn travay
si n ta al viv yon lòt kote.
Lè Jeremi te vin ak ide
pou nou pran sèvis pyonye a ankò,
m pa t vrèman panse sa posib.
Anvan sa n te pyonye,
men, gentan gen anpil ane
ki pase depi n pa pyonye.
E mete sou senk
timoun yo n gen nan kay la,
genyen papa Jeremi ki malad
epi papa m tou gen kèk pwoblèm sante.
M te antre nan sèvis pyonye a
apre m te fini lekòl.
Sepandan, anviwon ennan apre,
m te aprann m fè yon maladi
nan kolòn vètebral mwen
ki t ap anpeche m fè aktivite
nòmal mwen te konn fè yo.
Akoz de sa,
m te kanpe sèvis pyonye a.
M te vrèman vle fè plis
nan travay predikasyon an,
men, sitiyasyon sa a te fè m santi
kòmsi m te bloke
anndan yon tinèl ki fènwa
san m pa konnen
ki lè m ap soti ladan l.
Souvan, m panse ak istwa Jakòb la
nan Jenèz chapit 32,
kote l t ap goumen ak zanj lan.
Li pa t dispoze kanpe toutotan l
pa t jwenn yon benediksyon.
Sa toujou raple m
ki jan nou bezwen fè gwo efò,
nou bezwen fè gwo sakrifis
e n dwe priye anpil
pou n rive jwenn yon
benediksyon nan men Jewova.
Lè m panse ak Sòm 34:8 la ki di:
“Goute e n a wè jan Jewova bon”,
sa ede nou paske li fè nou sonje
Jewova beni moun
ki deside fè plis pou li.
Yon bagay ki te ide m anpil,
se lè m te pran tan
nan etid pèsonèl mwen
pou m medite sou istwa
malerèz ki vèv la.
Istwa sa a fè m wè Jewova
vrèman konprann efò m ap fè yo
e li kontan ak nenpòt sa m kapab ba li.
Finalman, lè nou te di patwon
nou yo nou t apral demisyone
yo te di y ap peye nou
de fwa plis lajan.
Men, nou te detèmine pou n ale
yon kote yo te bezwen plis èd
e n te dispoze fè nenpòt travay la,
tankou bale lari a
oswa al vann nan mache a
pou n te ka jwenn plis tan
pou nou preche.
Lè n te rive nan nouvo tèritwa nou an
nou wè moun yo te renmen
tande Pawòl Bondye a anpil.
Donk, nou te kòmanse
plizyè etid biblik.
Pou n te rive fè sa,
gen kèk jou nou kòmanse
preche byen bonè nan maten,
rive jis byen ta nan nuit.
Nou fè yon kalandriye
kote chak moun nan fanmi an
fè konnen ki sa yo ka fè pou ede.
Nou òganize nou yon fason
pou youn ka soutni lòt.
Nou konnen sa ka rive youn nan
nou antre ta nan kay la lannuit.
Donk, nou fè yon fason pou lè l vini,
li jwenn yon ti manje pou l manje
ak lòt bagay l ap bezwen.
M te rive konprann m ta ka toujou
sèvi kòm misyonè nan kè m.
Chak mwa, mwen gade
pwogram mwen pou m wè
ki lè m ta ka preche ansanm ak frè ak sè yo
pa mwayen videyo konferans.
Detanzantan,
m eseye mete kèk vèsè biblik tou
nan mesaj mwen voye
bay kouzin mwen an.
E lè m santi m pi byen,
m konn renmen soti nan
predikasyon kay an kay la tou.
Apre n te fin pase ennan nan zòn nan,
tout kòb nou te fini
e m sonje yon maten nou te priye
Jewova, nou te mande l
pou l ede n kontinye mete
Wayòm nan an premye.
Epi apre, nou soti n al preche.
E nan dènye kay
nou t ap fè nan zòn nan,
gen yon dam ki ban nou
yon sachè chaje legim
e pandan n ap kite kay dam sa a
gen yon lòt vwazin ki ban nou
yon pànye ki chaje ak manje.
E ou sonje ki sa ou te di m lè sa a?
Waw! Apa Jewova
t al fè mache pou nou!
Se sèl vyann wi ki manke nou la a!
Epi lè nou te rive lakay nou,
gen pitit fi yon sè ki te ban nou
yon sachè plen ak vyann.
Nou te kriye tèlman nou te kontan.
E lè n byen gade,
nou wè pawòl ki nan
Sòm 34:8 yo se laverite.
Nou te gen posiblite ‘goute e pou
nou wè jan Jewova bon’ toutbon.
Nou gen posiblite sèvi kòm pyonye
avèk twa pi gran timoun nou yo.
E de pi piti yo gen objektif pou yo
pran sèvis pyonye lè yo fini lekòl yo.
Tout fanmi an nèt ap
sèvi Jewova nan tèt ansanm.
E sensèman, se pi gwo
benediksyon fanmi an ta ka jwenn.
Lefètke m chèche fè plis
nan predikasyon
nan fason mwen kapab,
m santi sa ede m pou m pa
konsantre twòp
sou pwoblèm mwen yo.
Pou kounye a, m byen kontan
kondui yon etid Labib.
An jeneral, nou fè etid la
pa mwayen videyo konferans,
men yon fwa pa mwa,
li vin lakay la
e nou byen pwofite
fè leson an ansanm.
Li kòmanse fè kòmantè
nan reyinyon kounye a.
Se pa ti sezi m sezi
wè tout pwogrè l ap fè
e souvan nan kèk domèn
m pa t menm remake!
Gen kèk moman nan lavi nou
kote li konn sanble twò difisil
pou n fè plis nan sèvis Jewova a.
Men, anpil lòt fwa, se nou menm
ki kreye obstak la nan lespri nou.
Si n annik fè plis, Jewova
ap ban nou fòs pou nou reyisi.
-