JW subtitle extractor

Anthony Griffin: Èske se pou Jewova ou fè jèn vre? (Zak. 7:5)

Video Other languages Share text Share link Show times

Tèks pou jounen an pa pale
sou enpòtans
pou moun gen
bon konduit.
E nan asistans lan,
chaje ak frè ak sè
ki gen bon konduit,
e nou vle felisite
nou tout pou sa.
Maten an,
m ta renmen pran yon ti tan
pou m fè yon ti pale
sou sa ki pouse nou aji,
oubyen fè sa nou fè yo.
Poukisa nou fè sa nou fè yo?
Mwen ta renmen sèvi ak yon
kesyon Jewova te poze pèp li a,
apre yo te sot ann egzil,
kòm tèm sijè m nan.
N ap jwenn kesyon sa a
nan Zakari 7:5.
Se pwofèt Zakari Jewova
te pouse ekri pawòl sa yo.
Men sa li di:
“Di tout pèp la ki nan peyi a
ansanm ak prèt yo:
‘Lè nou te fè jèn e nou te pase
70 an ap kriye
nan senkyèm mwa yo ak nan
setyèm mwa yo
[men kesyon an],
èske se pou mwen nou te
fè jèn vre?”
Jewova pa t pran plezi
nan bagay sa yo,
paske Juif yo te konn fè jèn
e yo te konn kriye
akoz jijman Jewova lage sou yo.
Yo te dwe ap fè jèn paske yo kontan
poutèt yo te retounen nan peyi yo.
Olye de sa, yo t ap fè jèn akoz
malè ki te tonbe sou yo,
akoz peche yo te fè.
Yo t ap fè jèn pou move rezon yo.
Se sa k fè Jewova te mande yo:
‘Èske se pou mwen n te fè jèn vre?’
Menm jan Jewova te poze
Izrayelit yo kesyon sa a,
Nan yon sans, li poze nou
menm kesyon an jodi a.
Èske mwen menm, ou menm,
se pou Jewova nou fè jèn vre?
‘Ki sa ki pouse m fè sa m ap fè yo?
Ki sa ki motive m pou m travay
chak jou nan asiyasyon m?’
Pifò nan nou ki nan asistans lan,
nou nan yon fòm sèvis aplentan.
Se yon bon bagay.
Sa vrèman montre nou gen
bon konduit.
Franchman, pafwa, nou konn
tèlman okipe
nan travay n ap fè, oswa
nan sèvis nou,
n ap kouri pasipala, sot nan
yon travay al nan yon lòt,
petèt, nou pa janm pran yon ti tan
pou nou mande tèt nou:
‘Poukisa? Men, poukisa?
Poukisa m ap fè tout sa?
Poukisa m ap sèvi Jewova?’
‘Poukisa m ap sèvi nan Betèl la?’
‘Poukisa m ap preche bon nouvèl la
chak jou?’
‘Poukisa m ap vizite kongregasyon yo
chak semèn?’
‘Poukisa m ap konstwi e m ap
pran swen lokal òganizasyon an?’
‘Poukisa m ap anseye nan Lekòl
pou evanjelizatè Wayòm nan?’
‘Poukisa m ap anseye nan Lekòl
pou siveyan yo,
oswa pou ansyen yo?’
Se pa sèlman kantite a, oswa sa
n ap fè a ki fè sèvis nou gen valè.
Sa k pi enpòtan pou Jewova
se rezon ki fè n fè l la.
Dayè, Jewova egzamine kè a.
Nou ka wè sa nan pawòl Jewova
te di pwofèt Sàmyèl,
lè Samyèl t apral chèche yon
nouvo wa pou pèp Izrayèl la.
Tanpri, ann al nan 1 Samyèl 16:7,
se yon vèsè nou byen konnen.
1 Samyèl 16:7 di:
“Jewova di Samyèl:
‘Pa gade sou aparans li [la a,
li t ap pale de Elyab] ak wotè l,
mwen pa chwazi l.’”
Bon, poukisa Jewova pa t
chwazi Elyab?
Èske se paske l te twò wo?
Non.
Jewova pa t jis ap gade wotè l,
li te wè kè l.
Jewova te wè yon gèrye,
men, li pa t wè yon wa.
Sa k fè sa?
Elyab te manke de kalite enpòtan
yon wa ta dwe genyen:
Li te manke kouraj,
li te manke bonsans.
Sa k fè n di sa?
N ap sonje 1 Samyèl 17:11 montre
Elyab te pami moun ki te vin
panike devan Golyat,
jeyan Filisten an.
Li te manke kouraj.
Pi ba, nan chapit 17 la,
n ap wè David pran pozisyon
pou Jewova,
e avèk kouraj, li mande:
Kiyès Filisten sa a ye k ap vin
bay Bondye vivan an defi a’?
Vèsè 28 la montre Elyab te
mal jije David, li te di
David renmen pran dwa ki pa pou li
e li gen move lide.
Elyab te manke bonsans.
Eliab potko pare.
Li t ap patisipe nan yon gè,
men, li te bliye pou kiyès
l ap goumen.
Se sa k fè, annapre,
nan 1 Samyèl 16:7 la,
Jewova te di Samyèl:
“Paske fason lòm wè bagay yo
se pa konsa Bondye wè yo.
Lòm wè sa je l ba li,
men Jewova li menm,
li wè sa k nan kè yon moun.”
Sa ede n konprann ki sa Jewova ap
chèche nan nou menm k ap sèvi l.
Li bay sa nou fè valè.
Se vre, n ap patisipe nan gè a,
men, li plis enterese nan rezon
ki fè nou fè sa nou fè yo,
pou kiyès n ap goumen.
Men sa nou li nan Jeremi 17:10:
“Jewova [...] egzamine kè a,
[Li] egzamine panse ki pi pwofon yo,
pou [l] bay chak moun sa yo merite
selon aksyon yo, selon fason yo aji.”
Men sa yon lòt tradiksyon Labib di:
“Bondye di: ‘Mwen konnen tout
lide ki nan tèt yo,
mwen sonde santiman ki nan kè yo.
M’ap bay chak moun sa yo merite
dapre jan yo mennen bak yo.’”
Nan menm sans sa a,
Toudegad 15 jen 1995 te fè yon
kòmantè ki vrèman enteresan
nan atik ki gen tit: Qu’est-ce qui
nous pousse à servir Jéhovah?”
Li di:
“Moun ki enpafè gen tandans jije
lòt moun selon sa yo fè,
pa selon moun yo ye.”
Atik la ajoute:
“Pafwa, nou ka menm jije
tèt nou konsa.
Nou ka vin konsantre twòp
sou sa n ap fè
[jis paske n ap patisipe nan gè a],
kòmsi se sa k ap ede n wè si n gen
bon relasyon ak Bondye.
Nou ka vin bliye enpòtans pou n
egzamine entansyon nou”,
pou kiyès n ap goumen.
Lè m li pawòl sa yo,
mwen di tèt mwen:
‘Pafwa, se konsa m ye tou.’
Mwen ka, oubyen nou ka, tèlman
okipe nan travay n ap fè,
nou bliye mande tèt nou:
‘Poukisa? Ki sa k nan kè m?
Poukisa m ap fè sa?
Poukisa m ap fè sa m ap fè yo?
Pou kiyès m ap goumen?
Ki entansyon mwen?’
Men sa yon sè te di:
“M al nan predikasyon, nan reyinyon,
mwen etidye, mwen priye,
men, mwen fè tout bagay sa yo
pa woutin,
mwen pa janm santi anyen.”
Bon, ki sa k ta dwe motive n
nan sèvis nou pou Jewova?
Èske n ap sèvi Jewova pou n
jwenn plis privilèj?
Pou n fè siveyan nou plezi?
Èske se pou n ka gen lavi
ki pap janm fini an?
Lè nou pran yon ti tan
pou n reflechi
sou sa nou fè ak rezon
ki fè nou fè yo,
ebyen, rezon prensipal la
se lanmou pou Jewova.
Jezi esplike jis nan ki pwen
nou ta dwe renmen Jewova
nan Mak 12:30.
Tanpri, annou li Mak 12:30.
Li di:
“Nou dwe renmen Jewova,
Bondye nou an,
ak tout kè nou,
ak tout nanm nou,
ak tout lespri nou
e ak tout fòs nou.”
Gen yon nòt sou vèsè sa a
nan Bib etid fransè a
ki byen esplike fòs lanmou sa a.
Men sa nòt la di:
“Kat mo yo itilize nan vèsè sa a
kè,
nanm,
lespri,
fòs
pa separe youn ak lòt.
Okontrè, youn konekte ak lòt.
Sa ki anseye nou
lanmou nou pou Bondye
dwe yon lanmou ki konplè
e lanmou sa a dwe parèt
nan tout sa n ap fè.”
Sa nou wè sou ekran an
ta dwe fòs lanmou
ki motive nou
nan sèvis nou pou Jewova.
Yon lanmou konplè.
Yon lanmou total.
Jewova atann pou nou
chak la renmen l
ak tout kè nou, lespri nou,
nanm nou ak fòs nou.
Epoutan, sa vrèman touche kè nou
pou nou wè
Jewova sonje “se pousyè nou ye”!
Sèl sa li mande nou se fè
tout sa n kapab.
Kapasite nou, enèji nou,
sitiyasyon nou,
ka chanje ane apre ane,
e pafwa, detanzantan.
Sonje pawòl ki nan
Pwovèb 21:2 yo ki di
“se Jewova ki egzamine
sa k nan kè” moun,
se pa kantite sa yo fè.
Li konnen tout limit, oswa
pwoblèm nou genyen
nou pa menm gen kontwòl sou yo,
kit se pwoblèm lajan,
pwoblèm sante,
kit se pwoblèm afektif,
oswa lòt kalite.
Se vre, Jewova pafè, men,
li pa atann pou n pafè.
Li pa aji yon fason ki montre
li pa rezonab, oswa li pa reyalis
nan sa l ap atann de nou.
Si se gwo lanmou pou Jewova
ki pouse nou aji,
ebyen, n ap rive fè tout sa
sitiyasyon nou pèmèt nou fè
nan sèvis n ap bay Jewova a.
Donk, detanzantan, fè yon ti poz.
Mande tèt ou:
‘Poukisa?
Poukisa m ap fè sa m ap fè yo?
Ki sa ki pouse m sèvi Jewova?’
E lè Jewova mande nou:
“Èske se pou mwen nou te
fè jèn vre?”
n ap reponn avèk asirans: “Wi!”
E nou te fè sa ak yon kè ki chaje
ak lanmou pou Jewova
e ak rekonesans pou asiyasyon
li ban nou.