JW subtitle extractor

Seth Hyatt: Gade! Men gwo foul la! (Rev. 7:13, 14)

Video Other languages Share text Share link Show times

Nan Toudegad
1ye avril 1935,
yo te bay
yon envitasyon.
Se te yon envitasyon
espesyal.
Anba soutit Kongrè,
men sa l di:
“Yon lòt fwa ankò,
Toudegad raple lektè l yo
pral gen yon kongrè Temwen
Jewova ak Jewonadab yo
k ap fèt Washington DC,
l ap kòmanse 30 me
e l ap fini 3 jen 1935.
Nou espere anpil moun
ap ka la
e Jewonadab yo ap kapab
la tou nan kongrè sa a.
Jiskaprezan, pa gen anpil
Jewonadab ki gen privilèj
pou yo asiste yon kongrè,
e kongrè k ap fèt Washington nan
kapab ankouraje yo
e l ka fè yo jwenn anpil byenfè.
Bon, se yon bèl envitasyon
e li enteresan!
Li fè n ap poze kèk kesyon:
Kiyès Jewonadab yo te ye?
E nan ki sans yo t ap jwenn
ankourajman ak byenfè
lè yo asiste kongrè sa a?
E finalman, ki jan yon kongrè
ki te fèt sa gen plis pase 85 an
ede n konprann pawòl
ki nan tèks pou jounen an
nou jwenn
nan Revelasyon chapit 7 la?
Ebyen, ann gade.
An 1935, sèvitè Jewova yo
te idantifye
twa gwoup moun
ki t ap kapab sove.
Premye gwoup la
se te 144 000 moun
yo pale de yo
nan Revelasyon 7:1-8 yo.
E yo te konprann se te moun
lespri sen Bondye chwazi
e yo t apral dirije
nan syèl la avèk Kris.
Dezyèm gwoup la se te
yon seri moun ki te gen espwa
pou yo viv pou toutan sou tè a.
Sa enteresan, an 1932,
Toudegad te fè yon paralèl
ant moun ki te gen espwa
viv sou tè a
ak Jewonadab ki t ap ede Jeyi,
paske Jewonadab t ap soutni
moun Jewova chwazi a.
Donk, apati 1932,
yo te pale de gwoup sa a
antanke Jewonadab yo.
Men, se te sèlman an 1934,
ane anvan yo te fè kongrè sa a
nan Washington DC
yo te fè Jewonadab yo konnen
oswa yo te ede yo konprann,
pa mwayen Toudegad
li te apwopriye pou yo
pou yo vwe Jewova lavi yo
pèsonèlman e pou yo batize.
Bon, sa fè de gwoup:
144 000 moun yo,
ansanm ak Jewonadab yo.
E twazyèm gwoup la,
kiyès yo ye?
Ebyen, se te gwo foul la.
Wi, gwo foul moun yo pale de li
nan Revelasyon chapit 7
apati vèsè 9 la.
Bon, byen gade foto a
pandan m ap fè yon ti pale
de kèk pawòl Jan te itilize pou l
dekri l nan Revelasyon 7:9 la.
Li di: “Apre sa, [Sa vle di
apre m fin wè 144 000 moun yo]
mwen gade, mwen wè
yon gwo foul moun
okenn moun pa t ka konte.”
Kidonk, foul sa a pa menm ditou
avèk 144 000 moun yo.
Yo pa ka konte yo,
yo soti nan tout nasyon,
nan tout tribi, nan tout pèp
ak nan tout lang.
Ki kote yo ye?
Yo kanpe devan twòn nan
ak devan Ti Mouton an.
Ki jan yo abiye?
Yo abiye ak wòb blan long e yo
gen branch palmye nan men yo.
“E san rete, yo t ap di byen fò:
‘Se Bondye nou an,
li menm ki chita sou twòn nan,
ak Ti Mouton an ki sove nou.’”
Ala yon bèl imaj!
Wòb blan yo an montre yo rete
san tach parapò ak monn nan,
yo rekonèt se Jewova
ak Ti Mouton an ki sove yo.
Yo fidèl ak Jezi e lefètke
yo kenbe branch palmye
nan men yo,
sa montre yo rekonèt Jezi
antanke Wa Jewova chwazi.
Ann kontinye li istwa a
nan Revelasyon 7:13 la.
M envite nou ouvri Bib nou pou n
suiv avè m. Revelasyon 7:13,
Li di: “Lè sa a,
youn nan ansyen yo mande m:
‘Moun sa yo ki abiye ak wòb blan
long yo, ki moun yo ye?
E ki kote yo soti?’
Tousuit mwen di l: ‘Mèt mwen,
se ou menm ki konnen.’
E li di m: ‘Moun sa yo se moun
ki soti anba gwo tribilasyon an.
[E se la nou jwenn
tèks pou jounen an.]
Yo lave wòb long yo, e yo
blanchi yo nan san Ti Mouton an.
Se poutèt sa,
yo devan twòn Bondye a,
y ap ba li yon sèvis sakre
lajounen kou lannuit
nan tanp li an.
E Sila a ki chita sou twòn nan
pral ouvè tant li sou yo
pou l pwoteje yo.’”
Yon kesyon:
Kiyès ki fè pati gwo foul la,
oswa gwo foul moun sa a?
Se te yon kesyon
sèvitè Jewova yo
t ap plede poze tèt yo
pandan plizyè ane.
Etidyan Labib yo te panse
te gen yon dezyèm gwoup moun
ki pral nan syèl. Sa k fè sa?
Se paske moun sa yo te kanpe
devan twòn Bondye a
ak twòn Ti Mouton an.
Men, se kanpe yo te kanpe, se
pa chita yo te chita sou twòn yo.
Kidonk, Etidyan Labib yo
te konprann
gwo foul la pa t vrèman fidèl,
yo pa t obeyi Jewova
jan yo ta dwe
pandan yo te sou tè a.
Èske fason yo te konprann li an
te egzak?
Bon, repons lan te vini
vandredi aprèmidi,
31 me 1935 nan kongrè
ki te fèt Washington DC a.
Lè sa a, frè Rutherford
te bay diskou sa a ki gen tit:
“Gwo foul la.”
Bon, ki sa li te di
nan diskou sa a?
Ebyen, li te idantifye
moun ki t apral fòme gwo foul la.
Li fè konnen, dezyèm gwoup
ki pral nan syèl
y ap plede pale de li a
pa t menm egziste.
An reyalite, nan epòk pa nou an,
gwo foul la se te Jewonadab yo.
Se te yon gwo nouvèl!
Epi, moun sa yo ta dwe
toujou fè efò pou yo obeyisan,
wi, pou yo kenbe
fidelite yo devan Bondye
menm jan ak moun
ki pral nan syèl yo.
Yon moman espesyal se te lè frè
Rutherford te di moun ki te la yo:
“Tout moun ki gen esperans
pou yo viv pou toutan sou tè a,
fè yon ti kanpe silvouplè.”
Gen yon moun ki te la
lè sa a, li di:
“Te gen plis pase
di mil moun ki te leve kanpe.
Se te estrawòdinè!”
Apresa frè Rutherford te di:
“Gade!
Men gwo foul la!”
Gen yon sè ki te di:
“Okòmansman,
moun yo te yon ti jan frèt.
Apresa, yo pouse yon gwo kri,
e yo te rele byen fò ak kè kontan
pandan anpil tan.”
Menmsi kongrè sa a fini,
nou jwenn byenfè ladan l
jis kounye a.
Nan ki sans?
Apre kongrè sa a,
Temwen Jewova yo te kòmanse
preche plis pase anvan.
Gen yon sè ki di: “Tout moun te
chofe pou yo retounen lakay yo,
pou yo preche e pou yo chèche
moun ki ta kapab vin fè pati
gwo foul la, moun ki vle
aprann plis sou Jewova.
Yon lòt rezilta kongrè sa a te bay,
gen moun ki te konn pran
nan pen an ak nan diven an
nan epòk Memoryal la
ki te vin sispann fè sa.
Poukisa?
Se paske yo vin rann yo kont yo
gen espwa pou yo viv sou tè a.
E yo vin renmen
esperans sa a Jewova ba yo a.
E finalman, yon lòt rezilta kongrè
sa a te bay sèke anvan sa,
piblikasyon nou yo te fèt sitou
pou moun ki gen esperans
pou y al nan syèl yo.
Men apati 1935,
Toudegad ak lòt piblikasyon yo
te bay manje espirityèl
ki t apral bon
ni pou moun ki pral nan syèl yo
ni pou gwo foul la.
Kòm rezilta,
nou tout ap viv nan inite.
N ap viv pwomès
Jezi te fè nan Jan 10:16 la.
La a li di: “Mwen gen lòt mouton
ki pa nan pak sa a.
[Yo pa gen pou y al nan syèl.]
Yo menm tou, fòk mwen fè yo
antre, y ap tande vwa m,
e yo tout ap vin yon sèl twoupo
ki gen yon sèl bèje.”
Ala yon privilèj sa ye
pou n fè pati twoupo Jewova a
e pou nou koute vwa Bon Bèje a
ak “Esklav fidèl ki prevwayan”
li nome a!
Frè Robert Simon te la
nan kongrè ki te fèt an 1935 lan
e li te kapab wè tèt li
nan foto sa a.
Li fè konnen
kè kontan li te genyen
lè l te aprann
li fè pati gwo foul la.
Li di jan l te santi l, li di: “Pandan
m ap retounen nan otèl la,
mwen...mwen pale ak chak moun
mwen rankontre,
mwen di yo
‘Mwen fè pati gwo foul la!’”
Li te gen bonjan rezon
pou l gen kè kontan.
E nou menm tou, nou gen rezon
pou n gen kè kontan
lè nou panse ak lavni
Jewova pwomèt nou an.
Pandan n ap prepare lespri nou
ak kè nou pou Memoryal la,
nou tout gen kè kontan,
kit nou se moun ki pral nan syèl,
kit nou fè pati gwo foul la
ki soti anba gwo tribilasyon an.