00:00:04
M te grandi nan yon ti bouk
e m te yon timoun ki kontan.00:00:08
00:00:09
Depi m toupiti, paran m yo
te anseye m pou m renmen Bondye00:00:14
00:00:15
e pou m respekte Labib.00:00:17
00:00:17
Nou te toujou al legliz.00:00:19
00:00:19
Mwen te nan yon lekòl prive e yo te
fè kou Labib pou mwen chak jou.00:00:24
00:00:25
Mwen te santi m manke yon bagay.00:00:28
00:00:30
Lè m te gen 15 an,
lavi m te chanje bridsoukou.00:00:35
00:00:35
M t ap jwe byen wo sou yon pyebwa
lè branch lan te kase00:00:41
00:00:41
e m sot tonbe atè e m vin paralize.00:00:44
00:00:44
Lè sa a, mwen te vin pa t ka kouri ankò,00:00:47
00:00:48
paske m te paralize
soti nan kou rive nan pye.00:00:52
00:00:52
M pa t ka santi anyen.00:00:54
00:00:55
Lè m te gen 18 an, m te vin gen
ase fòs nan bra m.00:00:59
00:01:00
M pa t depann de moun ankò.00:01:02
00:01:03
M t al nan inèvisite e m t ap viv
nan kanmpous la.00:01:08
00:01:10
Lavi m te vin chanje nèt ankò.00:01:12
00:01:13
Mwen te pami moun k ap pran dwòg,
bwè alkòl, fè imoralite,00:01:20
00:01:20
E m te imite yo.00:01:21
00:01:22
Men chak swa, m te toujou li Labib.00:01:26
00:01:26
M te toujou kwè toutbon nan Bondye.00:01:28
00:01:30
Men, lè m te priye leswa
anvan m al dòmi,00:01:34
00:01:34
m te kwè m pral nan lanfè
jan yo te montre m sa depi m toupiti.00:01:40
00:01:43
Nan epòk sa a, m te kwaze ak Julie
e nou te marye yon ti tan apre.00:01:50
00:01:50
Li te yon Ipi menm jan avè m00:01:53
00:01:53
e nou te konnen pou maryaj nou pa kraze
nou te dwe ret lwen tout move enfliyans.00:01:59
00:02:00
Nou t ap chèche Bondye, nou te bezwen l nan lavi nou.00:02:04
00:02:05
Yon jou m te bò yon lak poukò m.00:02:08
00:02:08
Sèn nan te bèl,
te gen yon mòn dèyè lak la,00:02:13
00:02:13
e nan moman sa a m te priye Bondye,
m te di l nou vle sèvi l.00:02:19
00:02:20
Men, nou pa konn ki jan.00:02:22
00:02:24
Prèske 10 minit apre,
yon mesye te parèt,00:02:28
00:02:29
e l te vin pale m de yon paradi sou tè a.00:02:32
00:02:33
Tout sa l te di yo te gen sans.
M te li sou sa deja.00:02:38
00:02:38
Sa k te vrèman touche m
se sa l te di m sou lanfè dife00:02:42
00:02:42
Se te tèlman klè, sa te lojik.
Sa te vrèman gen sans.00:02:47
00:02:47
Li te envite n nan Sal Wayòm
pou demen e nou te ale.00:02:51
00:02:52
Nou pap janm bliye premye
reyinyon sa a, sa gen 37 an.00:02:56
00:02:57
Cheve m te long e djin mwen te gen twou.00:03:01
00:03:01
M pa panse m te menm met soulye lè sa a.00:03:04
00:03:05
Pandan n chita nan Sal la, m te panse
frè aje ki sou estrad la t ap wè nou dwòl anpil.00:03:13
00:03:15
Men nou te sezi wè kou reyinyon an fini,
li vin kote nou, li salye nou,00:03:22
00:03:22
e l te envite n pase yon ti moman ak fanmi l.00:03:25
00:03:25
Nou pa sonje sa k te di nan reyinyon an,00:03:28
00:03:28
men nou pap janm bliye
jan yo te salye nou.00:03:31
00:03:31
Lapoula, nou te vin ap asiste
tout reyinyon yo nan Sal Wayòm nan.00:03:36
00:03:36
E frè ki te pale avè m bò lak la
te kòmanse fè etid nou.00:03:41
00:03:41
Nou pa t fè chanjman byen rapid,
men frè yo te renmen n anpil.00:03:46
00:03:45
E yo te pran pasyans avè nou.
Lavi nou te vin gen yon sans.00:03:51
00:03:51
Vid mwen te santi nan lavi m
pandan lontan an te disparèt.00:03:55
00:03:55
Nou te sispann viv pou tèt nou sèlman.00:03:58
00:03:58
Nou te gen Jewova, frè ak sè nou yo
ak travay predikasyon an.00:04:04
00:04:05
Nou te vwe lavi nou bay Jewova
e n te batize.00:04:09
Nou pap janm bliye fason yo te salye nou
-
Nou pap janm bliye fason yo te salye nou
M te grandi nan yon ti bouk
e m te yon timoun ki kontan.
Depi m toupiti, paran m yo
te anseye m pou m renmen Bondye
e pou m respekte Labib.
Nou te toujou al legliz.
Mwen te nan yon lekòl prive e yo te
fè kou Labib pou mwen chak jou.
Mwen te santi m manke yon bagay.
Lè m te gen 15 an,
lavi m te chanje bridsoukou.
M t ap jwe byen wo sou yon pyebwa
lè branch lan te kase
e m sot tonbe atè e m vin paralize.
Lè sa a, mwen te vin pa t ka kouri ankò,
paske m te paralize
soti nan kou rive nan pye.
M pa t ka santi anyen.
Lè m te gen 18 an, m te vin gen
ase fòs nan bra m.
M pa t depann de moun ankò.
M t al nan inèvisite e m t ap viv
nan kanmpous la.
Lavi m te vin chanje nèt ankò.
Mwen te pami moun k ap pran dwòg,
bwè alkòl, fè imoralite,
E m te imite yo.
Men chak swa, m te toujou li Labib.
M te toujou kwè toutbon nan Bondye.
Men, lè m te priye leswa
anvan m al dòmi,
m te kwè m pral nan lanfè
jan yo te montre m sa depi m toupiti.
Nan epòk sa a, m te kwaze ak Julie
e nou te marye yon ti tan apre.
Li te yon Ipi menm jan avè m
e nou te konnen pou maryaj nou pa kraze
nou te dwe ret lwen tout move enfliyans.
Nou t ap chèche Bondye, nou te bezwen l nan lavi nou.
Yon jou m te bò yon lak poukò m.
Sèn nan te bèl,
te gen yon mòn dèyè lak la,
e nan moman sa a m te priye Bondye,
m te di l nou vle sèvi l.
Men, nou pa konn ki jan.
Prèske 10 minit apre,
yon mesye te parèt,
e l te vin pale m de yon paradi sou tè a.
Tout sa l te di yo te gen sans.
M te li sou sa deja.
Sa k te vrèman touche m
se sa l te di m sou lanfè dife
Se te tèlman klè, sa te lojik.
Sa te vrèman gen sans.
Li te envite n nan Sal Wayòm
pou demen e nou te ale.
Nou pap janm bliye premye
reyinyon sa a, sa gen 37 an.
Cheve m te long e djin mwen te gen twou.
M pa panse m te menm met soulye lè sa a.
Pandan n chita nan Sal la, m te panse
frè aje ki sou estrad la t ap wè nou dwòl anpil.
Men nou te sezi wè kou reyinyon an fini,
li vin kote nou, li salye nou,
e l te envite n pase yon ti moman ak fanmi l.
Nou pa sonje sa k te di nan reyinyon an,
men nou pap janm bliye
jan yo te salye nou.
Lapoula, nou te vin ap asiste
tout reyinyon yo nan Sal Wayòm nan.
E frè ki te pale avè m bò lak la
te kòmanse fè etid nou.
Nou pa t fè chanjman byen rapid,
men frè yo te renmen n anpil.
E yo te pran pasyans avè nou.
Lavi nou te vin gen yon sans.
Vid mwen te santi nan lavi m
pandan lontan an te disparèt.
Nou te sispann viv pou tèt nou sèlman.
Nou te gen Jewova, frè ak sè nou yo
ak travay predikasyon an.
Nou te vwe lavi nou bay Jewova
e n te batize.
-