JW subtitle extractor

Wayòm Bondye a te kòmanse dirije an 1914

Video Other languages Share text Share link Show times

Depi lè premye moun yo te rejte
Jewova antanke dirijan,
monn nan te vin chaje 
ak soufrans ak mechanste.
Men, Jezi ban nou espwa.
Li fè konnen antanke Wa 
nan Wayòm Bondye a,
li pral fè gen lapè 
ak jistis sou tè a ankò. 
Men, ki lè Wayòm nan
t ap kòmanse dirije?
Dapre Bib la, li deja ap dirije!
Ki jan nou fè konn sa?
Annou wè sa k te pase 
sa gen plis pase 2 600 ane. 
Bondye te fè Nebikadneza, 
yon wa nan Babilòn nan tan lontan an,
fè yon rèv ki se yon pwofesi.
Nan rèv la, Nebikadneza
te wè yon gwo pyebwa,
tèt li rive jis nan syèl la.
Yo te koupe pyebwa a,
men yo te kite rasin nan nan tè.
Apre yon peryòd sèt tan, 
pyebwa a te pouse ankò. 
Bib la ede n konprann pwofesi sa a
t ap gen de akonplisman.
Premye a te gen rapò
ak wa Nebikadneza.
Li te vin gran anpil,
menm jan ak pyebwa
ki te rive jis nan syèl la.
Men, yo te koupe l pou sèt tan. 
Sa te rive lè Nebikadneza
te pèdi tèt li pandan setan.
Pandan tan sa a,
li pa t ka dirije kòm wa.
Nan fen sèt tan yo,
li te retounen nan nòmal li
e l te rekòmanse dirije.
Se te premye akonplisman an. 
E dezyèm akonplisman an?
Li te gen rapò
ak dominasyon Bondye a.
Bib la di, nan Izrayèl
tan lontan an,
wa yo te chita
sou twòn Jewova a.
Sa vle di, yo te reprezante Bondye
ak dominasyon Bondye a.
Men, pifò wa sa yo
te vin dezobeyi Jewova
e pifò moun yo t ap dirije yo
te fè menm jan an. 
Poutèt sa, Bondye te kite
Babilónyen yo detwi Jerizalèm.
Sa te fèt nan ane
607 anvan epòk nou an.
Depi lè sa a,
pa t gen okenn wa ankò
ki te reprezante
Jewova nan Jerizalèm. 
Se sa k fè,
607 anvan epòk nou an
se kòmansman sèt tan yo,
oswa peryòd kote
dominasyon Bondye a te kanpe.
Peryòd sa a t ap dire
rive jis lè Jewova
t ap mete yon nouvo
wa pou reprezante l,
men fwa sa a,
se nan syèl la li t ap mete l. 
Men, ki lè 
sa t ap gen pou fèt?
Nan dezyèm
akonplisman pwofesi a,
sèt tan yo pa kapab
setan literal.
Kòman nou fè konnen?
Premyèman,
pa t gen anyen enpòtan
ki gen rapò
ak dominasyon Bondye a
ki te rive setan
apre yo te fin detwi Jerizalèm.
E plizyè syèk annapre,
Jezi te fè konnen
sèt tan yo potko fini. 
Nan yon pwofesi Jezi te bay
konsènan dènye jou yo,
li te di yo t apral
pilonnen Jerizalèm,
oswa dominasyon Bondye a,
anba pye jiskaske tan ki fikse
pou nasyon yo fini.
Tan ki fikse pou nasyon yo
ak sèt tan yo se menm bagay.
Ki lè tan sa yo t ap fini? 
Liv Revelasyon an di
twa tan edmi
egal 1 260 jou.
Donk, sèt tan se
de fwa kantite tan sa a,
sa vle di 2 520 jou.
Nan pwofesi yo nan Bib la, 
yon jou kapab reprezante yon ane.
Se konsa sa ye pou pwofesi sa a 
konsènan sèt tan yo.
Yo reprezante 2 520 ane. 
Lè n konte 2 520 ane apati ane
607 anvan epòk nou an
sa mennen nou nan ane 1914,
ane kote sèt tan yo te fini
e Jezi te kòmanse dirije
antanke Wa
nan Wayòm Bondye a
nan syèl la.
Se lè sa a tou peryòd Bib la rele
“dènye jou yo” te kòmanse. 
Talè konsa, Jezi pral fè
rès moun ki pral dirije avèk li yo
vin jwenn li nan syèl la.
Apre sa, Wayòm Bondye a
pral rezoud
tout pwoblèm nou menm
ak fanmi nou genyen.
Imajine ou menm k ap viv
anba dominasyon yon wa
ki gen sousi pou ou!