00:00:16
Waw!00:00:17
00:00:18
Mwen renmen istwa Eli a. 00:00:20
00:00:26
Eli se te yon zanmi Jewova. 00:00:29
00:00:29
Men, yon lè li te santi se li menm
sèlman ki t ap fè bon bagay.00:00:33
00:00:34
Èske w konn santi w konsa?00:00:35
00:00:37
Ann ale, ann wè ki sa n ka
aprann nan men Eli!00:00:40
00:00:42
Eli se yon pwofèt ki te gen kran. 00:00:45
00:00:50
Jewova te sèvi ak Eli
pou l montre tout moun00:00:53
00:00:54
se li menm sèlman
ki Bondye toutbon. 00:00:56
00:00:57
Men gen moun ki
pa t dakò ak sa. 00:00:59
00:00:59
Wa Ahab ak rèn Jezabèl
te mechan00:01:03
00:01:04
e yo te vle Izrayelit yo
adore fo dye.00:01:07
00:01:07
Jezabèl te vle touye Eli
pou sa Eli te fè a.00:01:10
00:01:13
Eli te vin pè e l te kouri
pou yo pa touye l. 00:01:16
00:01:17
Nonsèlman li te pè,00:01:19
00:01:20
men tou, li te santi se kòmsi
pa t gen lòt moun00:01:22
00:01:22
ki te vle adore Jewova. 00:01:24
00:01:24
Li te santi l poukont li. 00:01:26
00:01:27
Se sa k fè, Jewova te pale avè l.00:01:29
00:01:31
Eli te di Jewova tout
sa k nan kè l .00:01:33
00:01:34
Li di Jewova:00:01:35
00:01:35
“Mwen te chofe anpil
pou m defann ou,00:01:37
00:01:37
men yo touye pwofèt ou yo e
se mwen menm sèl ki rete.”00:01:41
00:01:42
Jewova te koute Eli, e L te di l
pou l kanpe devan L.00:01:46
00:01:46
Menm kote a, gen yon gwo van
ki vante sou tout peyi a. 00:01:51
00:01:51
Gen yon gwo tranblemanntè
ki souke tè a.00:01:54
00:01:54
Apre sa, te gen yon gwo dife
ki klere syèl la.00:01:58
00:01:59
Epi, Eli vin tande yon vwa kalm,
ki konsole l. 00:02:03
00:02:04
Jewova te montre Eli Li se zanmi
ki gen plis fòs00:02:07
00:02:07
yon moun ka genyen. 00:02:09
00:02:12
Li te fè Eli konnen tou
gen anpil lot moun,00:02:14
00:02:14
menm jan avè l,
ki t ap adore l toujou. 00:02:17
00:02:19
Sa te ankouraje Eli.00:02:20
00:02:21
Annapre, li te bay Eli
yon lòt zanmi pou ede l. 00:02:24
00:02:24
Li ba l Elize. 00:02:25
00:02:25
Zanmi Jewova yo
pa janm poukont yo.00:02:28
00:02:31
Waw! 00:02:32
00:02:34
Ki sa k te rive Eli ak Elize?00:02:36
00:02:36
Ki sa k te rive Ahab ak Jezabèl? 00:02:39
00:02:39
Li istwa yo, epi imajine w te la. 00:02:43
00:02:44
Pran tan chak jou pou w aprann
nan men zanmi Jewova yo.00:02:48
00:02:50
Ki sa w panse?00:02:51
00:02:52
Ki sa Eli te fè lè l te pè
e l te santi l poukont li?00:02:55
00:02:56
Èske w konn santi w
menm jan ak Eli?00:02:58
00:02:59
Ak kiyès ou ka pale
lè w santi w konsa?00:03:02
Ann aprann nan men zanmi Jewova yo — Eli
-
Ann aprann nan men zanmi Jewova yo — Eli
Waw!
Mwen renmen istwa Eli a.
Eli se te yon zanmi Jewova.
Men, yon lè li te santi se li menm
sèlman ki t ap fè bon bagay.
Èske w konn santi w konsa?
Ann ale, ann wè ki sa n ka
aprann nan men Eli!
Eli se yon pwofèt ki te gen kran.
Jewova te sèvi ak Eli
pou l montre tout moun
se li menm sèlman
ki Bondye toutbon.
Men gen moun ki
pa t dakò ak sa.
Wa Ahab ak rèn Jezabèl
te mechan
e yo te vle Izrayelit yo
adore fo dye.
Jezabèl te vle touye Eli
pou sa Eli te fè a.
Eli te vin pè e l te kouri
pou yo pa touye l.
Nonsèlman li te pè,
men tou, li te santi se kòmsi
pa t gen lòt moun
ki te vle adore Jewova.
Li te santi l poukont li.
Se sa k fè, Jewova te pale avè l.
Eli te di Jewova tout
sa k nan kè l .
Li di Jewova:
“Mwen te chofe anpil
pou m defann ou,
men yo touye pwofèt ou yo e
se mwen menm sèl ki rete.”
Jewova te koute Eli, e L te di l
pou l kanpe devan L.
Menm kote a, gen yon gwo van
ki vante sou tout peyi a.
Gen yon gwo tranblemanntè
ki souke tè a.
Apre sa, te gen yon gwo dife
ki klere syèl la.
Epi, Eli vin tande yon vwa kalm,
ki konsole l.
Jewova te montre Eli Li se zanmi
ki gen plis fòs
yon moun ka genyen.
Li te fè Eli konnen tou
gen anpil lot moun,
menm jan avè l,
ki t ap adore l toujou.
Sa te ankouraje Eli.
Annapre, li te bay Eli
yon lòt zanmi pou ede l.
Li ba l Elize.
Zanmi Jewova yo
pa janm poukont yo.
Waw!
Ki sa k te rive Eli ak Elize?
Ki sa k te rive Ahab ak Jezabèl?
Li istwa yo, epi imajine w te la.
Pran tan chak jou pou w aprann
nan men zanmi Jewova yo.
Ki sa w panse?
Ki sa Eli te fè lè l te pè
e l te santi l poukont li?
Èske w konn santi w
menm jan ak Eli?
Ak kiyès ou ka pale
lè w santi w konsa?
-