00:00:05
Jan sa parèt nan Lik 6 vèsè 3800:00:09
00:00:09
Jezi te ankouraje moun k ap suiv li yo
pou yo pran abitid bay.00:00:13
00:00:14
Fason nou bay san rezèv,
kit se tan nou, enèji nou ak lajan nou00:00:18
00:00:18
deja montre jan nou pran ankourajman sa a trèzoserye.00:00:22
00:00:22
Nou pran abitid bay lè n kontinye chèche
wè fason nou ka ede youn lòt,00:00:27
00:00:27
kit se nan peyi nou oswa sou tout tè a.00:00:29
00:00:30
Kolèj santral la te mande m pou m transmèt
nou apresyasyon sensè yo gen pou nou00:00:34
00:00:34
paske nou pran abitid bay.00:00:37
00:00:37
Bonte nou ankouraje lòt moun pou yo gen
menm etadespri Jezi te dekri nan Lik 6 vèsè 38 la.00:00:43
00:00:44
“Pran abitid bay, e moun ap ban nou.00:00:47
00:00:47
Y ap byen plen mezi a vide nan rad nou,00:00:49
00:00:49
y ap foule l, y ap sekwe l, e l ap ranvèse.00:00:53
00:00:53
Paske, se ak mezi nou mezire a
y ap mezire pou nou tou.”00:00:58
00:00:59
Menmsi w santi kontribisyon w bay la piti,00:01:02
00:01:02
pa janm bliye, chak jès jenewozite w fè00:01:06
00:01:06
kontribye pou gen gwo efè sou chak grenn moun.00:01:09
00:01:09
E sa ankouraje fanmi frè ak sè nou fòme
sou tout tè a pou yo bay tou.00:01:14
00:01:14
Nan videyo ki annapre a,00:01:17
00:01:17
gade kèk egzanp sou fason yo itilize ofrann nou yo00:01:20
00:01:20
pou ede frè ak sè nou yo sa pa gen twò lontan00:01:22
00:01:22
e gade ki jan menm frè ak sè sa yo
te motive pou yo “pran abitid bay”.00:01:28
00:01:31
Mwen vrèman rekonesan pou gwo èd mwen resevwa00:01:34
00:01:34
pa mwayen videyo yo fè pou reyinyon lasemèn yo.00:01:38
00:01:38
Yo te ede m pou m fè prezantasyon m yo pi senp00:01:41
00:01:41
e anpil fwa m te jwenn egzakteman vèsè m te bezwen an00:01:44
00:01:44
pou m reponn yon kesyon byen presi.00:01:47
00:01:47
Yo te ede m tou pou m pi byen sèvi ak
videyo yo nan travay predikasyon an.00:01:52
00:01:53
Mwen kontan e m santi Jewova vrèman pran swen m,00:01:56
00:01:56
li menm ki ban nou sa n bezwen
e nan pi bon fason an.00:02:00
00:02:00
E m rekonèt tou, pou n gen tout bèl bagay sa yo,
yo bezwen lajan.00:02:05
00:02:05
Lajan pou kontinye fè videyo k ap anseye nou
e k ap ankouraje nou anpil.00:02:11
00:02:11
Se sa k fè, m detèmine pou m
kontinye planifye pou m fè ofrann00:02:15
00:02:15
yon fason pou m ka kontribye tou00:02:17
00:02:17
e pou m montre rekonesans pou
Jewova pou bèl travay y ap fè yo.00:02:22
00:02:23
M ap viv nan Betèl ak kè kontan
depi prèske 60 an,00:02:28
00:02:28
e m te viv nan diferan bilding.00:02:30
00:02:30
Yo te itilize filyal ki te la anvan an
pandan plis pase 30 an.00:02:35
00:02:35
Li te vrèman bèl
e m te yon ti jan tris lè m t ap kite l.00:02:41
00:02:41
Kounye a, nou gen yon bagay nou pa t ap janm imajine00:02:44
00:02:44
lè yo te kòmanse pale de yon nouvo filyal.00:02:48
00:02:48
Li vrèman konfòtab. Li bèl, li pratik00:02:53
00:02:53
e l onore Bondye nou reprezante a.00:02:57
00:02:57
Jodi a, m ap remèsye Jewova, Papa nou
ki nan syèl la, pou nouvo filyal sa a.00:03:04
00:03:04
E m pa bliye remèsye frè nou yo
pou ofrann yo bay ak jenewozite.00:03:10
00:03:10
Sa fè m sonje mwen menm tou,
mwen dwe fè ofrann pa m.00:03:14
00:03:14
Menm jan tout lòt manm fanmi Betèl la fè sa.00:03:18
00:03:18
M vrèman kontan e m vrèman rekonesan anvè Jewova00:03:22
00:03:22
ki pèmèt mwen pwofite bèl kote sa a.00:03:25
00:03:32
M ap travay nan ekip tradiksyon lang boulou,00:03:35
00:03:35
nan Ebolova, ki nan sid peyi Kamewoun.00:03:38
00:03:38
Ofrann volontè nou yo ede tradiktè
yo jwenn bagay de baz yo bezwen00:03:42
00:03:42
tankou manje, biwo, kote pou yo rete ak transpò.00:03:46
00:03:46
Epitou, grasa ofrann sa yo,00:03:49
00:03:49
nou te kontan resevwa liv Viv ak kè kontan pou toutan an! nan lang boulou.00:03:53
00:03:53
Kounye a, pwoklamatè yo pa bezwen
tradui piblikasyon pou etidyan yo ankò.00:03:58
00:03:58
Avèk liv la ki nan lang boulou,00:04:00
00:04:00
yo ka ale dwat nan pwen yo,
sa ki fè etid la pi enteresan.00:04:04
00:04:04
Lefètke m konnen ofrann mwen yo ede
pou reyalize kalite pwojè sa yo,00:04:08
00:04:08
pa sèlman pou lang boulou,00:04:09
00:04:09
men tou pou tout lòt lang òganizasyon
Jewova a tradui ladan yo,00:04:13
00:04:13
se yon gwo privilèj.00:04:15
00:04:23
Lè vòlkan Taal la te eklate00:04:25
00:04:25
sa te gen gwo efè sou mwen pèsonèlman.00:04:28
00:04:30
Antanke yon madanm
e yon manman ki gen twa pitit,00:04:33
00:04:34
li te vrèman difisil pou mwen
pou m fè fas ak sa.00:04:38
00:04:41
Jewova te ban nou sa nou bezwen
pa mwayen frè nou yo.00:04:45
00:04:46
Sa te vrèman fè nou gen lajwa ak kè kontan.00:04:49
00:04:50
Se sa k fè, nou pa t janm santi nou manke anyen.00:04:53
00:04:53
Sa te ankouraje nou tou pou nou ede frè nou yo,00:04:56
00:04:56
lè nou bay tan nou ak enèji nou,
espesyalman pou moun ki nan bezwen.00:05:02
00:05:04
Kit se gwo, oswa toupiti,00:05:07
00:05:07
lè Jewova wè se ak tout kè nou nou bay,
se sèten, li bay sa valè.00:05:12
00:05:13
Sa touche kè nou pou nou wè se nou tout
nan òganizasyon Jewova a ki pran abitid bay.00:05:20
00:05:20
Kontribisyon nou kontinye fè,00:05:22
00:05:22
kèlkeswa kantite oswa metòd la,00:05:25
00:05:25
kontribye pou gen akwasman
ak inite pami frè nou yo.00:05:29
00:05:29
Abitid nou genyen pou n bay la fè pati adorasyon nou00:05:32
00:05:32
e l onore Papa nou ki nan syèl la.00:05:35
00:05:35
Malgre sitiyasyon difisil00:05:37
00:05:37
tankou COVID-19 la, katastwòf natirèl
e menm pwoblèm ekonomik,00:05:43
00:05:43
nou te montre nou vrèman renmen bay.00:05:45
00:05:46
Se sèten Jewova wè jan nou renmen bay,
e nou menm nou wè sa tou. 00:05:51
00:05:51
N ap priye pou Jewova kontinye beni
nou paske n pran abitid bay.00:05:55
00:05:55
“Y ap byen plen mezi a, y ap foule l,
y ap sekwe l, e l ap ranvèse.”00:06:01
00:06:01
Mèsi pou tout sa n te fè
e sa n ap kontinye fè.00:06:07
Nou rekonesan paske nou pran abitid bay
-
Nou rekonesan paske nou pran abitid bay
Jan sa parèt nan Lik 6 vèsè 38
Jezi te ankouraje moun k ap suiv li yo
pou yo pran abitid bay.
Fason nou bay san rezèv,
kit se tan nou, enèji nou ak lajan nou
deja montre jan nou pran ankourajman sa a trèzoserye.
Nou pran abitid bay lè n kontinye chèche
wè fason nou ka ede youn lòt,
kit se nan peyi nou oswa sou tout tè a.
Kolèj santral la te mande m pou m transmèt
nou apresyasyon sensè yo gen pou nou
paske nou pran abitid bay.
Bonte nou ankouraje lòt moun pou yo gen
menm etadespri Jezi te dekri nan Lik 6 vèsè 38 la.
“Pran abitid bay, e moun ap ban nou.
Y ap byen plen mezi a vide nan rad nou,
y ap foule l, y ap sekwe l, e l ap ranvèse.
Paske, se ak mezi nou mezire a
y ap mezire pou nou tou.”
Menmsi w santi kontribisyon w bay la piti,
pa janm bliye, chak jès jenewozite w fè
kontribye pou gen gwo efè sou chak grenn moun.
E sa ankouraje fanmi frè ak sè nou fòme
sou tout tè a pou yo bay tou.
Nan videyo ki annapre a,
gade kèk egzanp sou fason yo itilize ofrann nou yo
pou ede frè ak sè nou yo sa pa gen twò lontan
e gade ki jan menm frè ak sè sa yo
te motive pou yo “pran abitid bay”.
Mwen vrèman rekonesan pou gwo èd mwen resevwa
pa mwayen videyo yo fè pou reyinyon lasemèn yo.
Yo te ede m pou m fè prezantasyon m yo pi senp
e anpil fwa m te jwenn egzakteman vèsè m te bezwen an
pou m reponn yon kesyon byen presi.
Yo te ede m tou pou m pi byen sèvi ak
videyo yo nan travay predikasyon an.
Mwen kontan e m santi Jewova vrèman pran swen m,
li menm ki ban nou sa n bezwen
e nan pi bon fason an.
E m rekonèt tou, pou n gen tout bèl bagay sa yo,
yo bezwen lajan.
Lajan pou kontinye fè videyo k ap anseye nou
e k ap ankouraje nou anpil.
Se sa k fè, m detèmine pou m
kontinye planifye pou m fè ofrann
yon fason pou m ka kontribye tou
e pou m montre rekonesans pou
Jewova pou bèl travay y ap fè yo.
M ap viv nan Betèl ak kè kontan
depi prèske 60 an,
e m te viv nan diferan bilding.
Yo te itilize filyal ki te la anvan an
pandan plis pase 30 an.
Li te vrèman bèl
e m te yon ti jan tris lè m t ap kite l.
Kounye a, nou gen yon bagay nou pa t ap janm imajine
lè yo te kòmanse pale de yon nouvo filyal.
Li vrèman konfòtab. Li bèl, li pratik
e l onore Bondye nou reprezante a.
Jodi a, m ap remèsye Jewova, Papa nou
ki nan syèl la, pou nouvo filyal sa a.
E m pa bliye remèsye frè nou yo
pou ofrann yo bay ak jenewozite.
Sa fè m sonje mwen menm tou,
mwen dwe fè ofrann pa m.
Menm jan tout lòt manm fanmi Betèl la fè sa.
M vrèman kontan e m vrèman rekonesan anvè Jewova
ki pèmèt mwen pwofite bèl kote sa a.
M ap travay nan ekip tradiksyon lang boulou,
nan Ebolova, ki nan sid peyi Kamewoun.
Ofrann volontè nou yo ede tradiktè
yo jwenn bagay de baz yo bezwen
tankou manje, biwo, kote pou yo rete ak transpò.
Epitou, grasa ofrann sa yo,
nou te kontan resevwa liv <i>Viv ak kè </i>
<i>kontan pou toutan an! </i>nan lang boulou.
Kounye a, pwoklamatè yo pa bezwen
tradui piblikasyon pou etidyan yo ankò.
Avèk liv la ki nan lang boulou,
yo ka ale dwat nan pwen yo,
sa ki fè etid la pi enteresan.
Lefètke m konnen ofrann mwen yo ede
pou reyalize kalite pwojè sa yo,
pa sèlman pou lang boulou,
men tou pou tout lòt lang òganizasyon
Jewova a tradui ladan yo,
se yon gwo privilèj.
Lè vòlkan Taal la te eklate
sa te gen gwo efè sou mwen pèsonèlman.
Antanke yon madanm
e yon manman ki gen twa pitit,
li te vrèman difisil pou mwen
pou m fè fas ak sa.
Jewova te ban nou sa nou bezwen
pa mwayen frè nou yo.
Sa te vrèman fè nou gen lajwa ak kè kontan.
Se sa k fè, nou pa t janm santi nou manke anyen.
Sa te ankouraje nou tou pou nou ede frè nou yo,
lè nou bay tan nou ak enèji nou,
espesyalman pou moun ki nan bezwen.
Kit se gwo, oswa toupiti,
lè Jewova wè se ak tout kè nou nou bay,
se sèten, li bay sa valè.
Sa touche kè nou pou nou wè se nou tout
nan òganizasyon Jewova a ki pran abitid bay.
Kontribisyon nou kontinye fè,
kèlkeswa kantite oswa metòd la,
kontribye pou gen akwasman
ak inite pami frè nou yo.
Abitid nou genyen pou n bay la fè pati adorasyon nou
e l onore Papa nou ki nan syèl la.
Malgre sitiyasyon difisil
tankou COVID-19 la, katastwòf natirèl
e menm pwoblèm ekonomik,
nou te montre nou vrèman renmen bay.
Se sèten Jewova wè jan nou renmen bay,
e nou menm nou wè sa tou.
N ap priye pou Jewova kontinye beni
nou paske n pran abitid bay.
“Y ap byen plen mezi a, y ap foule l,
y ap sekwe l, e l ap ranvèse.”
Mèsi pou tout sa n te fè
e sa n ap kontinye fè.
-