JW subtitle extractor

Pran plezi nan pwomès Bondye fè pou l bay lapè a — Yon pati nan videyo a

Video Other languages Share text Share link Show times

Èske w te toujou swete
gen pwòp kay pa w?
Jewova te pwomèt moun
ki te sot ann egzil yo
yo t apral bati kay e yo t apral
alèz lakay yo.
Menm jan an tou Jewova
ap pran swen nou,
kit nou pèdi kay nou
oswa yo fòse nou soti ladan l.
Mete sou sa, vrè adorasyon an
ban nou sekirite espirityèl
nou pa jwenn okenn lòt kote.
Kay espirityèl nou gen kounye a,
raple nou nan monn nouvo a
Jewova pral ban nou
yon kote nou ka rele lakay nou.
Y ap bati kay e y ap abite ladan yo.
Ki jan w t ap santi w
pandan w ap fè yon vwayaj ki long
kote w ta ka rankontre ak bèt sovaj
ansanm ak kriminèl sou wout la?
Jewova te bay moun
k ap sot ann egzil yo asirans
yo t ap retounen an sekirite
e yo t apral viv anpè.
Nan paradi espirityèl n ap viv jodi a,
yon seri moun ki te vyolan lontan
te aprann pou yo gen imilite,
lanmou e pou yo renmen fè lapè.
Imajine lapè ki pral genyen
nan monn nouvo Bondye a,
kote n ap ka vwayaje
toupatou sou bèl tè sa a,
n ap ka vizite chak ti kwen,
e n ap ka admire
kreyasyon vrè Dye a
san nou pa pè.
“‘Yo pap fè okenn mal
ni okenn ravaj
okenn kote sou mòn
sakre m nan.’
Se sa Jewova di.”
Jewova ban nou enstriksyon klè
ki fè nou vin pwòch avè l,
e ki fè nou rete an sante
nan domèn espirityèl.
Alòske fo ansèyman kenbe anpil
moun nan fènwa espirityèl,
Jewova ofri nou vrè libète a.
Sante espirityèl n ap jwi jodi a
fè nou sonje jan nou pral pafè
nan domèn fizik ak
nan domèn mantal
nan paradi a.
Imajine ou menm ki leve chak jou,
ou santi w pwòp,
ou an sante,
ou gen kè kontan,
ou anvi viv lavi a!
Jewova pwomèt nou:
“Pa gen yon moun
nan peyi a k ap di:
‘Mwen malad.’”
Jewova te reyalize pwomès li te fè
moun ki t ap sot ann egzil yo.
Li te retabli nasyon ki te kraze a
kòmsi l te fè l retounen vivan ankò.
An 1919, Jewova te fè
yon bagay menm jan an.
Li te libere pèp li a
nan tan modèn nan
sot nan prizon fo relijyon an
e li te ba yo enèji pou yo preche.
Menm jan Jewova te leve
pèp li a sot nan lanmò
nan yon sans senbolik,
se konsa tou li pral efase tout efè
lanmò toutbon an genyen.
Vrèmanvre, Bondye “ap anglouti
lanmò pou toutan”.
Imajine ou menm k ap viv
pi lontan pase nenpòt pyebwa
“paske lanmò pap la ankò”.