JW subtitle extractor

Preparasyon pou maryaj — 1ye pati: Èske m pare pou m gen yon mennaj? — Yon pati nan videyo a

Video Other languages Share text Share link Show times

Hmm, ba ou li?
Wi, mèsi.
Ou rele Lili , pa vre?
Ya! E ou menm, se John?
Ya! M te wè w wi.
Ou jwe baskèt byen!
Mèsi, ou menm tou.
Di m non, nou ka soti yon lè?
Mèwi.
Mwen rele Lili.
e m te gen yon ti pwoblèm.
Gen yon jènjan ki rele John
ki te fèk vin nan lekòl mwen.
M te konnen m pa sipoze
renmen yon moun ki pa Temwen.
Pwoblèm nan sèke
li se yon Temwen.
John ak fanmi l te fèk vin
nan kongregasyon an,
e plis nou te wè se plis
m te renmen l.
Mwen pa gen fòs ankò
tèlman m plenn,
Si m te annik konn ki kote
m ap jwenn Bondye,
m t apral kote l rete a,
m t apral...
Jan m te di sa deja,
m te gen yon pwoblèm.
Chak jou, nan lekòl mwen,
m wè jèn nan laj mwen
ki gen mennaj,
e sanble yo gen kè kontan,
Franchman, m te vle gen
kè kontan sa a tou.
Paran m tou te remake
m gen yon pwoblèm,
e yo te pale de sa
nan menm sware a.
Anvan lontan, m pa t santi m
poukont mwen ankò.
Nan demen, manman m te
envite m al fè yon ti flannen avè l.
Apre sa, nou t al nan
yon ti restoran.
Li te mande m ki jan sa ye.
Okòmansman, m pa t vle di l.
Men, li te vrèman mete m alèz.
Donk, m te di l ki santiman
m gen pou John,
e m te atann mwen aske
li panse mal de mwen.
Men, li pa t fè sa.
Lili, tout sa w santi yo
se bagay ki nòmal.
M sonje m te menm jan an
lè m te gen laj ou.
Se vre?
Wi.
Se Jewova ki kreye nou
konsa cheri.
E piske se li ki kreye nou,
li konnen ki pi bon fason
pou nou gen kè kontan.
E se sa l vle pou nou.
E se sa ni mwen, ni papa w,
nou vle pou ou tou.
Li pa t joure m, li pa t
fè m santi m jennen.
E sa k pi enpòtan an, li pa t
sanble yon moun ki prese.
Se pa manman m
sèlman k te ede m,
papa m tou t ap prepare l
pou l ede m
ak pwoblèm mwen an.
Nan jou swa sa a,
nou te gen adorasyon an fanmi.
E yon lòt fwa ankò,
yo te kite m pale.
Yo te di mwen pa dwe pè pale.
Donk, m te pale.
M jis pa konn sa pou fè.
Lili, mèsi dèske w di nou
sa w santi.
Ban m mande w yon bagay:
Poukisa Jewova kreye nou
ak santiman natirèl sa yo
nou genyen
pou moun ki pa menm
sèks avèk nou?
Se yon fason pou yon jèn gason
ak yon fi ka marye.
Se sa.
An reyalite, yon bon maryaj
se tankou de moun
k ap fè patinaj sou glas.
Ou gen enpresyon yo pa
fè okenn efò
pou bèl mouvman y ap fè yo.
Men, èske se vre?
Non.
Pa gen pèsonn ki t ap pran chans
fè sa san l pa antrene,
san l pa gen yon bon patnè,
oubyen, san l pa gen
bonjan direksyon.
Pa vre?
Ya!
Ebyen cheri, se menm bagay
la tou pou yon maryaj reyisi.
Sa pa annik rive konsa.
Sa mande tou pou w
gen yon bon patnè,
bonjan antrènman,
men sitou, konsèy saj
Jewova bay.
Tanpri,
Ann gade ansanm Sòm 32:8.
Ou mèt li l pou nou.
Oke.
Li di:
“M ap fè w gen bon konprann
e m ap fè w konnen
ki chemen pou w pran.
M ap ba w konsèy toutpandan
m ap fikse je m sou ou.”
Lili, Jewova renmen nou anpil.
E si nou koute l,
n ap pran bon desizyon
nan lavi nou,
e nou pa gen dwa
janm regrèt anyen.
Nou te fè yon ti pale ankò.
E apre sa, m te resevwa
yon asiyasyon.
Papa m te ban mwen kèk atik
li te enprime pou m te ka li yo.
M te li yo.
E pandan m ap li yo,
e pandan m kòmanse
medite sou yo,
m reyalize yon bagay.
Si m fè yon ti tann anvan m
gen yon menaj,
m pap pèdi anyen.
Se prepare m ap
prepare tèt mwen.
M ka itilize tan m genyen
kounye a
pou m konsantre m sou yon
bagay ki pi enpòtan lontan:
Relasyon m avèk Jewova.
Mete sou sa,
m kapab vin genyen
kalite ak eksperyans
yon kretyen dwe genyen,
e sa ap ede m demen
si jamè m ta vin marye.